André Lafontant Joseph
APRANN KONPRANN
Arete 26 janvye 2017 pou amelyorasyon administrasyon Fon Jesyon ak devlopman Kolektivite Teritoryal yo
Jen 2017
RIDE
GROUPE DE RECHERCHE ET D’INTERVENTIONS EN D ÉVELOPPEMENT ET EN É DUCATION
ISBN : 978-99970-4-669-7 Dépôt légal : 17-06-431 Bibliothèque nationale d’Haïti Achevé d’imprimer en juin 2017 Mise en page et PAO : Editorial Bukante editorial@bukante.net © Tous droits de reproduction strictement réservés et sujets au consentement de l’auteur © Texte : André Lafontant Joseph © Photographies : André Lafontant Joseph, Jean-Pierre Emmanuel, FENAMH © Graphisme : Mireia Porta Arnau
Tabdèmatyè
Pawòl
alapapòt. .
. . . . . . . . . . .
Prefas . . . . . . . . . . . . . . . .
v
vii
Entwodiksyon . . . . . . . . . . . . . 1 Kote Arete sa a soti ? . . . . . . . . . . 1 Objektif arete 26 janvye 2017 la . . . . . 4 Chapant arete a . . . . . . . . . . . . . 5 I- Dispozisyon jeneral . . . . . . . . . 6 Separasyon lajan an ant ògàn kolektivite yo . . . . . . . . . . . . . . 6 Klasifikasyon meri yo . . . . . . . . . . 8 Klasifikasyon kazèk yo . . . . . . . . . . 9 Konklizyon . . . . . . . . . . . . . . . 10 II- Salè ak lòt frè fonksyonman. . . . 11 Vizyon ki degaje nan lwa sou Fon jesyon an . . . . . . . . . . . . . . . 11 Kondisyon salè nan meri yo . . . . . . 12 Chanjman Arete a pote nan salè meri yo 13 Ki montan transfè pa mwa meri yo ta dwe resevwa pou yo ka peye salè debaz yo ? 14 Ki chanjman arete a pote nan salè kazèk yo ? . . . . . . . . . . . . . . . 18
iv | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
III- Lajan
pou lòt depans fonksyonman
kolektivite yo.
. . . . . . . . . . . . 20 Lòt depans fonksyonman meri yo . . . . 20 Lòt depans fonksyonman kazèk yo . . . 22 IV- Finansman V- Chapant
pwojè ak aktivite sosyal .
bidjè kolektivite yo .
VI- Dispozisyon
pou yon ti tan. .
. . .
23 25
. . . 31
VII- Dispozisyon final . . . . . . . . 33 1) Dispozisyon pou ogmante resous Fon an . . . . . . . . . . . . . . 33 2) Dispozisyon pou diminye posiblite detounen lajan Fon an . . . . . . . 33 3) Dispozisyon pou pwomilge bidjè kolektivite teritoryal yo . . . . . . . 34 4) Dispozisyon pou fè respekte salè minimòm debaz la . . . . . . . . . 34 5) Dispozisyon pou evite defisi ak aryere salè . . . . . . . . . . . 34 Dokiman anèks . . . . . . . . . . . . 35 Rezolisyon 28 jen 2016 . . . . . . . . 35
Pawòl alapapòt |
v
Pawòl
alapapòt
T
i liv sa a soti nan kad yon pledwaye ki kòmanse depi nan mwa fevriye 2016, nan objektif pou fè kolektivite teritoryal yo benefisye plis lajan pou yo fonksyone mye e pou yo kapab bay popilasyon an bon jan sèvis. Mouvman sa a fèt nan tèt ansanm ant plizyè òganizasyon, pami yo : Gwoup rechèch ak entèvansyon nan devlopman ak Edikasyon (GRIDE), Regwoupman pou pwomosyon aksyon devlopman dirab (REPADS), Sant rechèch ak aksyon nan syans sosyal (CERESS), Regwoupman Edikasyon pou tout Moun (REPT), Sant Rechèch ak aksyon pou devlopman (CRAD), Intell Consult, Sant fòmasyon sitwayen ak apwi pou devlopman (CEFCAD).1 Gen kèk pèsonalite tou ki bay patisipasyon yo nan mouvman sa a tankou Mèt Guy Lochard, agwonòm Joël Ducasse, enjenyè Jean Claude Darang, sendikalis Jean Auguste Mezieu, elatriye. Mouvman an rele tèt li Platfòm pledwaye pou finansman kolektivite teritoryal yo. Platfòm sa a soti ti liv sa a nan yon moman kote gen yon arete prezidan Jocelerme Privert pran nan mwa janvye 2017 la ki ranmase yon pakèt mezi ki kapab pote yon gwo amelyorasyon nan ogmante kapasite kolektivite teritoryal yo pou yo jwe wòl yo nan devlopman peyi d Ayiti. Men, gwo pwoblèm ki prezante a,
1 Men non òganizasyon sa yo an franse : Groupe de recherche et d’interventions en développement et en éducation (GRIDE), Regroupement pour la Promotion des Actions en Développement soutenable (REPADS), Centre de recherches et d’actions en Sciences sociales (CERESS), Regroupement Éducation pour toutes et pour tous (REPT), Centre de recherches et d’actions pour le développement (CRAD) et Centre de formation citoyenne et d’appui au développement (CEFCAD).
vi | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
pi fò nan moun ki konsène yo, poko janm tande pale de arete sa a. Kèk lòt kapab gen dokiman an devan yo san yo pa fin byen konprann sa ki ladan l, paske se yon dokiman an franse chaje ak mo difisil avèk yon pakèt tablo chaje ak chif tribò babò. Jan l ye a, se yon dokiman ki reyini tout kondisyon pou li rete nan tiwa. Se pandan nou t ap reflechi sou pwoblèm sa a, yon ONG pwogresis ki rele OXFAM America ofri nou èd li pou pèmèt nou prepare epi pibliye yon premye lo mil (1 000) kopi liv nou mete deyò la a. OXFAM America, se yon branch nan OXFAM Entènasyonal, yon enstitisyon k ap soutni jefò devlopman nan plizyè peyi sou latè. Nan non tout moun ki pral benefisye travay sa a, nou mete chapo ba pou nou remèsye OXFAM. Nou swete chèche plis mwayen pou nou simaye ti liv sa a nan tout seksyon kominal yo dekwa pou tout sitwayen konsekan konnen kijan lalwa prevwa pou responsab pouvwa santral yo ak eli kolektivite teritoryal yo sèvi ak lajan ki ale nan Fon jesyon ak devlopman kolektivite teritoryal yo.
André Lafontant Joseph Jen 2017
Prefas |
vii
Prefas đ&#x;‘Žđ&#x;‘Ž Lè se nan goumen n ap fè eleksyon, yon bann ak yon pakèt eleksyon ; đ&#x;‘Žđ&#x;‘Ž lè nou pa ka bay tèt nou manje, lè nou pito achte manje ki sot deyò, đ&#x;‘Žđ&#x;‘Ž đ&#x;‘Žđ&#x;‘Ž đ&#x;‘Žđ&#x;‘Ž đ&#x;‘Žđ&#x;‘Ž đ&#x;‘Žđ&#x;‘Ž đ&#x;‘Žđ&#x;‘Ž đ&#x;‘Žđ&#x;‘Ž đ&#x;‘Žđ&#x;‘Ž
alòske nou gen resous pou nou pwodwi yo ; lè pifò sitwayen yo pa ka travay ; lè yo pa jwenn bon jan dlo pou yo bwè, lè y ap fè bezwen yo tankou bèt ; lè yo paka deplase tankou moun ni lavil (4 kretyen vivan ak machandiz sou yon moto), ni nan mòn (sou tèt kamyon k ap trese nan move wout, makònen tankou kabrit) ; Lè peyizan paka mennen ti sa yo pwodui yo nan mache ki pèmèt yo jwenn bon pri ; lè pitit pèp la yo pa ka ale lekòl, alòske paran yo pa konn ni li ni ekri ; lè pou ti krik krak maladi touye nou tankou mouch, kolera pou pòv yo, kriz kadyak pou moun ki swadizan gen mwayen yo ; lè de ti gout lapli ki tonbe charye bon tè nan mòn, bwote fatra simaye nan kapital la, kraze jaden, kraze kay, touye moun nan plenn ak pwason nan lanmè ; lè nou fin pèdi tout sans moun nou, tout imanite nou nan rayi, nan vanjans, nan touye ak lang, ak maji ak zam.
Nou chak ak nou tout ki santi nou konsène, nou bezwen pasyans, sajès, lanmou, solidarite, imilite ak entèlijans pou nou chache solisyon ansanm, pou nou soti nan lawont kolektif nou ye la a, ki pa kite plas pou gwo kòlèt, gran chire ak frape lestomak. Chimen solisyon nou se  Gouvènans ki chita sou bezwen ak enterè sitwayen, enterè sitwayen yo ak enterè peyi a . Poutèt sa nou blije byen itilize resous nou yo: resous natirèl nou yo, resous moun nou yo, resous finansye nou yo.
viii | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Arete 26 janvye 2017 pou amelyorasyon administrasyon Fon jesyon an rantre drèt nan lojik sa a. Li ka mete bout nan pratik detounman resous Fon jesyon an, sitou lè detounman sa yo milite pou demoli epi touye tout gwo jefò ki fèt pou fè vanse pwosesis desantralizasyon an. Rèl sektè nan sosyete sivil la ak sipò yo bay FENAMH nan batay pou amelyore finans kolektivite yo, se yon bon lekzanp, se yon apèl pou tout lòt fòs nan bitasyon yo, nan bouk yo, nan vil yo, pou patisipe nan konstwi yon lòt sosyete. Men nou gen obligasyon moral tou pou nou raple tout moun, gany sa yo p ap dire si eli yo ak pèsonèl kolektivite teritoryal yo pa kontinye òganize yo, ranmase ak federe fòs pou pwoteje gany sa yo, pandan yo menm tou yo sispann sèvi entèmedyè pou konwonpi k ap detounen resous Fon jesyon an sou pretèks finansman pwojè bidon. Arete pou amelyorasyon Fon jesyon an reprezante youn nan pi bon aksyon dènye gouvènman tranzisyon an poze akote manda espesyal li te genyen pou reyalize eleksyon yo. Sitou arete sa a pran nan menm dinamik kote ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo devlope pou premye fwa 2 pwogram kad : Youn sou modènizasyon administrasyon kominal la epi lòt la sou amelyorasyon finans minisipal yo.
Jude Saint-Natus ex direktè jeneral ministè Enteyè ak Kolektivite teritoryal
Entwodiksyon | 1
Entwodiksyon
Kote Arete
N
sa a soti ?
an dat 11 mas 2016, yon gwoup òganizasyon ak sitwayen angaje te pibliye nan jounal Le Nouvelliste yon deklarasyon kote yo te anonse nasyon an yo mete tèt ansanm pou travay pou amelyore sitiyasyon finansye kolektivite teritoryal yo, kolektivite sa yo k ap viv nan kondisyon difisil depi Konstitisyon 1987 la te akouche yo.
Men moun ki te siyen deklarasyon sa a : André Lafontant Joseph (ibanis, dirijan GRIDE) c Dany Luc (ansyen majistra Jeremi) c Edouard Paultre (pastè pwotestan) c Frantz Lalanne (doktè) c Gabriel Fortuné (ansyen senatè, kandida pou majistra nan moman an) c Garry Denis (dirijan Initiative citoyenne, IC) c Jason Muscadin Jean Yves (ansyen majistra Pòtoprens) c Jean Delavoix Manguira (ansyen majistra Limonad), Joël Ducasse (agronòm) c Marie Ange Noël (dirijan Fanm deside Jacmel) c Mona Jean (avoka, militan dwa moun ak dwa fanm) c Venan Gilot (ibanis) c Wilbens Jeudy (avoka), Woldson Bertrand (avoka). Yon ti tan apre deklarasyon an, nan mwa davril 2016, gen yon petisyon ki pote dat 16 mas 2016 ki te gentan al jwenn Madan Nelta Féthière, prezidan Lakousiperyèdèkont la, nan moman an. Petisyon an te fè konseye Lakousiperyèdèkont yo sonje lwa 20 dawout 1996 la nan atik 4 presize klèman fòk lajan ki
2 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
nan Fon jesyon ak devlopman kolektivite teritoryal yo sèvi pou peye depans fonksyonman kolektivite yo epi, an patikilye, peye salè eli lokal yo ak fonksyonè kolektivite yo, apre sa balans ki rete a dwe sèvi pou depans sosyal tankou pwojè kreye lekòl ak louvri sant sante, bay popilasyon an dlo potab, fè lapwòptay (asenisman). Petisyon sa a lonje dwèt sou yon seri siy ki montre depi Fon sa a kreye an 1998, swadizan pou bay kolektivite teritoryal yo jarèt, pi fò nan lajan ki ranmase nan non kolektivite yo pase kwochi. Petisyon an te mande Lakousiperyèdèkont pou pran aksyon ki nesesè pou pèmèt kolektivite yo rantre enpe nan lajan ki detounen yo, lè li va ede idantifye moun ki koupab move zak sa yo. Nan petisyon sa a, sitwayen ki siyen yo te mande Lakousiperyèdèkont pou pran tout dispozisyon pou mennen
yon odit serye sou Fon jesyon an, pou enfòme popilasyon an sou rezilta odit sa a, epi pou Lakousiperyèdèkont pini koupab yo lè li va pwononse arèdebè kont yo (fè yo konnen yo fè wout kwochi ak lajan Leta) dekwa pou kolektivite yo kapab rantre lajan pou ofri popilasyon an bon jan sèvis. Le 17 me 2016, Lakousiperyèdèkont te reponn pou li di l ap fè odit la e l ap voye rapò a bay Palman an malgre jouk jounen jodi a sa poko fèt. Pandan kanpay sa a t ap rapouswiv, majistra ki te fèk pase nan eleksyon ki te sot fèt yo potko menm enstale yo te deja vin rejwenn lit la. Nan dat 29 mas 2016, gen yon premye atelye refleksyon ki te fèt Okay avèk reprezantan majistra ki te soti nan 7 depatman sou 10 nan peyi a. Apre sa, nan dat 27 jen 2016, Platfòm nan ak soutyen Koperasyon Swis te òganize premye fowòm nasyonal majistra kominal yo sou finansman kolektivite yo.
Entwodiksyon | 3
Lè plizyè mwa pase Lakousiperyèdèkont pa fè ankenn siy, yon gwoup sitwayen nan platfòm nan siyifye yon rekèt fòmel, nan dat 16 septanm 2016, pou reklame odit Fon jesyon an, yon fason pou yo ka konstitye tèt yo pati sivil nan pwosè ki sipoze fèt la. Nan rekèt sa a, sitwayen sa yo mande pou odit la fèt sou 5 dènye lane ki te sot pase yo, pou Lakousiperyèdèkont pèmèt Leta rantre lajan ki pase kwochi yo epi transfere lajan sa yo bay kolektivite teritoryal yo.
Sitin FENAMH òganize devan Lakousiperyèdèkont. Sous : paj Facebook FENAHM
Tankou tout demach sa yo pat vle di anyen, an oktòb 2016, pou egzekite yon desizyon ki pran nan Konsèy minis, ministè Enteryè a fè yon tantativ pou detounen 350 milyon goud nan Fon jesyon an, swadizan pou ede fanmi nan kad rantre lekòl. Platfòm nan mete avèk FENAMH òganize yon gwo sitin (plante pikèt) devan biwo Lakousiperyèdèkont la pou denonse tantativ sa a. Pouvwa santral la blije fè bak. Epizòd sa a sanble te afekte prezidan pwovizwa ki te la a, mesye Jocelerme Privert, tout moun toujou wè kòm yon patizan desantralizasyon.
4 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Nan dat 24 novanm 2016, nou te ekri prezidan Privert yon lèt tou louvri kote nou te mande l èske l ap kite palè nasyonal san li pa fè yon aksyon ki kapital pou avansman desantralizasyon nan peyi a. Li pat pran tan pou li te rele youn nan militan platfòm nan, André Lafontant Joseph, pou li gade avèk li kisa ki ta ka fèt nan ti tan ki te rete l la. Pa menm 2 mwa. Se konsa desizyon te pran pou monte yon komisyon prezidansyèl ad hoc (san lajan) ki te dwe prepare yon dokiman ki ta ka klarifye oryantasyon ki deja defini nan 2 lwa ki te pran sou Fon jesyon an, an 1998 yo. Men non moun ki te nan Komisyon sa a :
jj Alix Fils-Aimé (Boulon Fizeme), ansyen Depite Petyonvil ; jj André Lafontant Joseph, Ibanis, militan desantralizasyon ; jj Marcel Poinsard Mondésir, agwonòm konseye Prezidan Privert ; jj Paul Harry Voltaire, sekretè deta Kolektivite Teritoryal nan ministè Enteryè ; jj Ruthlande Anglade, direktè Kolektivite Teritoryal nan ministè Enteryè.
Se pwosesis sa a ki te rive nan piblikasyon Arete 26 janvye 2017 la.
Objektif
arete
26 janvye 2017
la
Dapre premye atik arete 26 janvye 2017 la, rezon ki fè Prezidan Privert adopte tèks jiridik sa a, se pou pèmèt Fon jesyon
Entwodiksyon | 5
an pote plis benefis pou kolektivite teritoryal yo ak popilasyon an. Pou sa fèt arete a di fò Fon an administre jan Konstitisyon an ak Lalwa ki kreye l yo prevwa sa. Fòk tout lajan Fon an desann nan kolektivite teritoryal yo et fò yo depanse jan lalwa prevwa.
Chapant
arete a
Arete a divize an 7 pati yo rele Tit. Men non Tit yo ak kisa Tit sa yo trete :
1 2 3
4
Dispozisyon jeneral
Salè ak lòt frè
5
Lajan pou lòt depans fonksyonman kolektivite yo
6
7
Finansman pwojè sosyal yo
Chapant bidjè kolektivite yo
Dispozisyon pou yon ti tan
Dènye dispozisyon
Nou pral prezante epi esplike chak pati sa yo youn apre lòt nan paj k ap vini yo.
6 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
I- Dispozisyon jeneral
D
ispozisyon jeneral yo fikse objektif arete a jan nou deja defini l nan entwodiksyon an. Yo fè sonje kijan pou lajan Fon an separe ant divès ògàn ki anndan kolektivite teritoryal yo, soti nan kazèk, azèk, rive nan Konsèy entèdepatmantal. Epi tou, yo fikse kijan pou klase komin yo ak seksyon kominal yo, lè y ap separe pòsyon ki vin pou yo a. Paregzanp, Lwa dawout 1996 la prevwa yon dispozisyon espesyal pou komin ki pi nan nesesite yo, sa vle di li pi bon lè arete a di kiyès yo ye.
Separasyon lajan an ant ògàn kolektivite yo Gen yon repatisyon lajan Fon jesyon an ki te fèt an 1998 sou premye gouvènman Preval la. Byenke repatisyon sa a pa janm mete an aplikasyon, se menm nan arete a reprann. Men ki sa ki prevwa :
Meri yo dwe soti ak 50 % nan lajan Fon jessyon an Kazèk yo dwe soti ak 30 % Azèk yo soti ak 4 % Asanble minisipal yo soti ak 4 % Asanble depatmantal yo soti ak 3 % Konsèy depatmantal yo soti ak 6 % Konsèy entèdepatmantal la soti ak 3 %
30 %
ASANBLE DEPATMANTAL 3%
6% KONSÈY DEPATMANTAL
50%
KAZÈK
AZÈK
MERI
4%
4%
KONSEY ENTÈPATMANTAL 3% ASANBLE MINISIPAL
jj jj jj jj jj jj jj
Dispozisyon jeneral | 7
Kisa nou ka obsève nan separasyon sa a ? Meri yo ak kazèk yo soti ak 80 % nan lajan Fon jesyon an.
Kijan nou ka eseye esplike sa ? Meri yo ak kazèk yo se yo ki ògàn egzekitif ki aktif nan kolektivite yo. Se yo ki gouvènman e se yo ki gen pou egzekite pwojè, pou fè administrasyon yo fonksyone epi reyalize tout gwo aksyon ki gen pou fèt sou teritwa yo a. Konsèy depatmantal yo nan menm kategori egzekitif la tou, men yo prevwa yon ti monnen pou yo : 6 %. Nou ka esplike sa de fason. Nou ka sipoze moun ki te alabaz desizyon sa yo te konnen Konsèy depatmantal yo p ap monte, konsa yo pat kite lajan an ap dòmi. Nou ka sipoze tou dapre konsepsyon moun sa yo, yo deside Konsèy depatmantal yo, menm si se ògàn egzekitif menm jan ak konsèy kominal ak kazèk yo, pa ta dwe gen twòp lajan y ap depanse. Yon dènye ipotèz se ta Konsèy depatmantal yo ta dwe jwenn lajan pa yo nan yon lòt sous. Jan nou esplike rezon ki fè meri ak kazèk sòti ak pi fò nan lajan Fon an valab pou lòt ògàn yo ki pa ta sipoze gen anpil depans sou responsablite yo. Yo pa la pou egzekite pwojè ni pou charye yon gwo administrasyon, byenke li pa fè sans pou asanble yo pa gen administrasyon ditou, sa ki se reyalite azèk yo. Yo pa menm gen yon biwo ki pou fè swivi desizyon yo pran nan reyinyon asanble yo. Èske gen mwayen pou bay chak azèk yon biwo ak anplwaye ladan l menm jan ak Palman an ? Èske sa vrèman nesesè lè n ap gade sa k ap pase nan Palman an ? Èske fòk nou pa tou eseye senplifye wòl asanble sa yo pou nou pa kwoke makout nou twò wo ? Nou ka reflechi sou tout pwen sa yo.
8 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Dayè plizyè moun fè remake asanble yo kapab reyini nan biwo konsèy ki nan nivo yo a, jan sa fèt kèk kote ant azèk ak kazèk. Pa egzanp, Asanble minisipal ka reyini nan meri yo. Pwopozisyon pou amande Lwa kad sou desantralizasyon an (k ap dòmi nan Palman an) ale pi lwen toujou. Li prevwa sekretarya egzekitif asanble yo gen syèj yo nan menm lokal ak konsèy nivo yo a. Oryantasyon sa yo bon pou kenbe paske nou pata renmen kreye yon seri ògàn
K lasifikasyon
ki pral koute popilasyon an yon pakèt lajan, lajan ki ta pi itil pou bay sèvis nan kominote yo. Kòm nou di li deja, se pa Arete a ki vini ak repatisyon sa a. Li te la depi an 1998. Arete a jis fè sonje l. Bò pa nou, nou kwè desizyon sa a saj paske zafè separe lajan pa janm senp. Sa ka kreye yon pakèt divizyon nan mitan moun ki pou ta dwe mete tèt ansanm pou goumen pou kòz ki fondamantal.
meri yo
Klasifikasyon ki nan Arete a di li chita sou konsiderasyon potansyèl sosyal ak ekonomik komin yo. Tout moun konnen rejyon kapital la se li ki rale prèske tout resous sosyal ak ekonomik peyi a. Se sa k fè premye kategori meri ki swa gen plis lajan swa gen plis posiblite pou yo gen lajan, premye kategori sa a gen ladan li tout komin ki nan rejyon kapital la.
Dezyèm kategori meri a, se sa ki pa nan rejyon Pòtoprens la men ki se sant aktivite ekonomik ak sosyal tout yon depatman oswa yon pati nan yon depatman. Menm lè meri sa yo pa gen resous lajan yo gen potansyalite pou yo vini nan menm nivo oswa prèske nan menm nivo ak premye yo. N ap bay 2 egzanp. Avan 2011, Kafou te konsidere kòm
Dispozisyon jeneral | 9
yon komin dezyèm klas oswa kòm yon komin twazyèm klas paske kès li te vid. Depi li reyalize pwojè mobilizasyon fiskal li a an 2011, kote resèt yo pase de 9 a 82 milyon goud, li vin nan menm ran ak Pòtoprens ki pat gen anpil resous pase l nan moman an. An nou pran Jakmel ki nan nivo 5 milyon goud alòske sitiyasyon jeografik li ak potansyèl fonsye li (anpil kay) fè li ka pase rapidman nan 150 al 200 milyon goud. Egal li ka vin nan menm ran ak Pòtoprens, Taba, Petyonvil. Men lè meri sa yo pa gen lajan (lajan), li pi bon pou ankouraje yo esplwate potansyalite yo olye pou y ap ret tann sibvansyon k ap plis ede komin ki pa gen anyen yo oswa prèske pa gen anyen yo.
Men meri 1e klas yo
Men meri 2èm klas yo
Kafou, Pòtoprens, Petyonvil, Kenskòf, Delma, Site Solèy, Taba, Kwadèboukè, Okap (9).
Jeremi, Okay, Jakmel, Se toulezòt yo Miragwàn, Tigwav, (120-122 meri) Sen-Mak, Mibalè, Ench, Gonayiv, Pòdpè, Fòlibète, Wanament ak Beladè (13).
K lasifikasyon
Meri 3èm klas yo
kazèk yo
Konsènan kazèk yo, jiska prezan pouvwa santral la konsidere tout sou menm pyedegalite. Li bay tout menm valè lajan. Kit seksyon an gen 3 km2, kit li gen 50 km2, kit li gen 2 mil moun k ap viv ladan l, kit li gen 20 mil moun, se menm tretman an. Arete a mande pou ministè Enteryè chita travay avèk kèk lòt enstitisyon espesyalize sou klasifikasyon sa a. Annatandan, Arete a pale de 2 klas : premye ak dezyèm. Sa pa ta dwe twò difisil pou fèt.
10 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Konklizyon Pafwa moun pa li jeneralite yo, alòske se yo ki di, ki presize oryantasyon politik ak prensip filozofik ki chita anndan lwa a. Jeneralite yo mete aksan sou twa wòch dife :
jj Lajan Fon jesyon an fèt pou li depanse yon fason pou li pote plis benefis posib pou kolektivite yo ak popilasyon an jj Se meri ak kazèk ki se ògàn egzekitif komin yo ak seksyon kominal yo ki dwe jwenn pifò nan lajan Fon jesyon an jj Komisyon k ap administre Fon jesyon an dwe konsidere sitiyasyon sosyal ak ekonomik meri yo ak seksyon kominal yo nan fason l ap separe lajan Fon jesyon an. Gen lajan ki dwe ale pou komin ki pi pòv yo e Arete a bay lis la.
Komite direktè FENAMH nan 1e Asanble Jeneral Òdinè sòti 27 pou rive 29 mas 1998. Manm komite a tankou Frantz Guilitte, majistra Kay, sekretè jeneral FENAMH, Claire Lydie Parent, merès Petyonvil, komin kote AJ tap fèt ak nan fon, Jean Vilard, premye prezidan FENAMH k ap chita nan premye ranje a. ©André Lafontant Joseph
Salè ak lòt frè fonksyonman | 11
II- Salè ak lòt frè fonksyonman Vizyon
F
ki degaje nan lwa sou
Fon
jesyon an
on jesyon an kreye espesyalman pou finanse salè eli kolektivite yo ak salè fonksyonè k ap travay nan administrasyon kolektivite teritoryal yo. Pou meri a kapab byen envesti oswa bay pi bon sèvis, fòk li gen kad ki touche plizoumwen byen e ki gen konpetans. Kad ki gen kapasite sa yo, pifò nan kolektivite yo p ap jwenn yo pou ti monnen yo ka ofri yo kounye a. Lide a sèke fòk kòmanse gen yon minimòm administrasyon avèk dirijan ki rive touche yon salè ki pèmèt yo viv nan diyite epi ki gen bò kote yo moun ki gen yon nivo e ki ka ede yo reyalize vizyon yo pou kominote yo. Pale de desantralizasyon ak pi bon sèvis nan yon sitiyasyon kote kit se eli kit se fonksyonè, tout nan sitiyasyon ekonomik difisil, se kòm si nou t ap tire kont gran jounen.
Kòm Lwa 20 dawout 1996 la di se pou lajan Fon an peye salè yo anvan tout bagay, Arete 26 janvye 2017 la fikse yon pousantaj 60 % nan 50 % ki pou meri yo, ki dwe konsakre sèlman pou peye salè majistra ak lòt fonksyonè yo. Si w pran 50 % montan 2,7 milya goud Fon jesyon an nan bidjè 2016-2017 la, mwatye bay 1,35 milya goud. Pòsyon lajan nan bidjè 2016-2017 la ki ta dwe konsakre pou salè nan meri yo se 60 % montan total 1 milya 350 milyon goud la. Sa bay 810 milyon goud. Nan sa ki konsène kazèk yo, nan 30 % lajan Fon jesyon an ki al jwenn yo a, Arete a di 70 % dwe ale nan salè 3 kowòdonatè yo ak lòt moun yo k ap travay nan biwo Kazèk la. Si nou konsidere montan 2,7 milya goud ki deklare pou Fon jesyon an, total ki pou kazèk yo se 681 milyon goud (30 %). Lajan salè kowòdonatè kazèk ak lòt anplwaye se 70 % nan 681 milyon sa a, kidonk 476,7 milyon goud.
12 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Arete 26 janvye 2017 la di salè majistra yo, kazèk yo anplwaye meri yo ak anplwaye seksyon kominal yo gen 2 pati ladan yo. Yon pòsyon ki finanse 100 % apati Fon jesyon an. Pati sa a rele salè debaz (salè ki pa dwe pi SALÈ = ba). Lòt pòsyon an se yon diplis SALÈ DEBAZ ki soti nan lajan resèt meri yo + oswa resèt kazèk yo. Pati sa a KONPLEMAN rele konpleman salè (salè an SALÈ diplis). Pou rete nan lespri Lwa 1996 yo, arete a bay garanti pou omwen tout eli ak tout fonksyonè kolektivite yo touche salè debaz sa a ki se yon salè minimòm.
Kondisyon
salè nan meri yo
Nan egzèsis fiskal 2015-2016 la, nou te jwenn kèk majistra ki pa menm rive touche 17 000 goud pa mwa. Pou Kazèk yo menm, kowòdonatè prensipal yo te konn touche 6 000 goud kòm salè brit (salè lè yo poko retire taks ladan l). Anplwaye meri menm rive touche mwens pase 5 000 goud pa mwa. Se sitiyasyon malouk sa a Arete 26 janvye a vin korije. Arete sa a fikse tout yon seri pousantaj ki pèmèt nenpòt moun ki plizoumwen maton nan matematik kapab kalkile salè debaz majistra yo ak salè debaz fonksyonè ki fòme chapant administrasyon kolektivite yo. Se konsa lè nou konsidere bidjè 2016-2017 la kote yo te mete 2,7 milya goud pou depans Fon jesyon an, nou kalkile salè debaz minimòm majistra komin 3èm klas yo se 46 000 goud pa mwa. Pou majistra komin 2èm klas yo, li 51 750 goud e pou premye klas yo se 57 500. N ap raple dapre Arete a, salè debaz la se pa salè brit total la, se pati ki soti nan Fon jesyon an. Li ka konplete ak yon diplis ki soti nan resèt kolektivite a.
Salè ak lòt frè fonksyonman | 13
Chanjman Arete
a pote nan salè meri yo
Nou te kalkile salè minimòm debaz pou diferan kategori anplwaye ak gwo fonksyonè ki nan meri yo.
Tablo 1 | Salè debaz fonksyonè meri yo
Direktè jeneral Direktè Chèf sèvis Asistan chèf sèvis Fonksyonè nivo 2 Fonksyonè nivo 1 Pèsonèl soutyen
Meri 1e klas
Meri 2èm klas Meri 3èm klas
HTG 34 500,00
HTG 28 750,00
HTG 23 000,00
HTG 20 700,00
HTG 19 550,00
HTG 17 250,00
HTG 18 400,00
HTG 16 100,00
HTG 14 950,00
HTG 17 250,00
HTG 16 100,00
HTG 13 800,00
HTG 16 100,00
HTG 14 950,00
HTG 12 650,00
HTG 14 950,00
HTG 13 800,00
HTG 11 500,00
HTG 11 520,00
HTG 10 560,00
HTG 9 600,00
Kategori fonksyonè sa yo reponn ak bezwen pou chak meri rekrite, daprè jan lalwa prevwa li, fanm ak gason ki gen konesans ak/oubyen eksperyans nan domèn lalwa mete sou responsablite meri a pou l travay e dapre ajanda politik Konsèy la ki koresponn ak pwomès elektoral li te fè. Arete sa a pran nan moman kote ministè Enteryè a ap fè pwomosyon yon pwogram pou modènize administrasyon minisipal yo. Nòmalman ministè sa a ta dwe sote sou chans sa a pou li jwenn mwayen pou li aplike sa ki nan pwogram sa a. Men pou jouk moman n ap ekri la a, nou pa santi gen anyen k ap fèt vrèman.
14 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Sou kesyon salè an diplis la Arete a prevwa salè minimòm debaz la kapab gen yon diplis mete sou li ki soti nan resèt entèn meri yo oswa kazèk yo. Plis yon meri ranmase resèt, se plis kòb l ap kapab konsakre pou salè an diplis sa a. Arete a fikse nan ki limit sa dwe fèt. Premyèman tout lajan resèt yo pa ka ale nan fonksyonman. Se 40 % sèlman ki ka ale nan fonksyonman. Yon lòt pa, non sèlman Arete a mete yon limit majistra chak kategori meri yo pa ka depase nan peye tèt yo salè anplis sa a, li mare salè majistra yo ak pa anplwaye yo. Dapre Arete a, nan ankenn kondisyon, yon majistra pa ka touche 40 fwa salè fonksyonè ki touche pi piti nan meri a. Si pou li ogmante salè li, fòk li ogmante salè fonksyonè yo tou.
Tablo 2 | Pousantaj lajan resèt entèn ki ka depanse nan zafè salè an diplis la Kategori meri
Pousantaj resèt kominal ki ka peye salè an diplis
Meri 1
e
25 %
Meri 2
èm
klas
30 %
Meri 3
èm
klas
35 %
klas
Ki
montan transfè pa mwa meri yo ta dwe resevwa pou yo ka peye salè debaz yo ?
Arete a prevwa yon kantite minimòm fonksyonè pou chak kategori meri genyen epi li peye pou nwayo sa a. Si meri a gen revni li ka toujou ogmante l, double l menm, men tout meri sipoze gen yon minimòm. Nou prezante w kantite minimòm fonksyonè sa yo pa kategori meri nan tablo ki pi ba a.
Salè ak lòt frè fonksyonman | 15
Tablo 3 | Kantite minimòm fonksyonè selon kategori meri a Kategori fonksyonè Direktè Chèf sèvis Asistan chèf sèvis Fonksyonè nivo 2 Fonksyonè nivo 1
Meri 3èm klas Meri 2èm klas Meri 1e klas 1
2
3
2
3
6
2
3
0
4
6
7
4
6
7
N ap note ti pèsonèl ak kontraktyèl vwari pa nan tablo sa a. Arete a prevwa yon lajan apa pou ede meri 3èm klas yo peye ti pèsonèl epi li mete 1,65 milyon goud pou envestisman ak sèvis. Vwari konsidere kòm yon sèvis piblik, sa vle di nan 1,65 milyon sa a, meri a ap jwenn pou peye vwari, mete sou lajan resèt entèn ki dwe konsakre ak yon sèvis konsa. Apati chif sa yo ak konsiderasyon nou sot fè la yo, chak kategori meri ta sipoze resevwa pou salè administrasyon an sèlman montan lajan ki nan tablo ki pi ba a. Si meri premye klas yo ta renonse ak montan pa yo a lòt kategori yo ap jwenn pi plis toujou.
Tablo 4 | Montan transfè pa mwa meri yo ta sipoze resevwa soti nan Fon jesyon an Kategori meri Transfè pou salè
Meri 3èm klas
Meri 2èm klas
Meri 1e klas
HTG 331 200
HTG 396 750
HTG 593 400
16 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Sitiyasyon
reyèl salè nan meri yo
Yon ti ankèt nou reyalize alokasyon pa mwa yo, dekwa pou yo bò kote kèk majistra montre pa gen ankenn ekonomize 30 % pou yo mezi ki pran pou aplike finanse yon pwojè nan dispozisyon Arete janvye fen ane fiskal la. Gen 2017 la. Pa egzanp, majistra ki di lè yo mete salè ki soti nan Fon montan 46 000 goud jesyon yo pa menm salè a nan pwojè bidjè pou yon menm kategori yo, Kontwolè finansye yo meri. Se kontwolè derefize apwouve bidjè finansye ki deside ki sa yo. Sa vle di yon salè yo bò ministè pèmèt Enteryè yon Pa gen yon prensip klè kanpe majistra e ki menm pou tout an kwa peye moun k ap aplike. pou kèk tèt yo majistra nan bidjè pa touche meri yo. Pa yon salè gen yon prensip klè e ki konvenab. Men menm pou tout moun k kabrit gade je mèt kay ap aplike. Pa gen yon avan l antre. Se sa ki fè grenn komin 3èm klas yon lòt bò gen majistra kote majistra yo rive ki gen bwa dèyè jwenn yon salè 46 000 bannann yo kontwolè goud. Gen majistra ki finansye yo pa fouti di Kontwolè finansye di anpeche touche salè yo fòk se 70 % sèlman yo vle. Sistèm nan enjis pou yo depanse nan nan tou de bò.
Salè ak lòt frè fonksyonman | 17
Kijan
fè menm L eta a ap kòde yon bò epi l ap dekòde lòt bò a ?
Pandan gouvènman tranzisyon an, ministè Enteryè anonse yon pwogram kad ki rele Pwogram modènizasyon administrasyon kominal (PMAK). Pwogram sa a te dwe ranmase plizyè mezi tankou yon nouvo griy salè ak avantaj sosyal pou anplwaye ak fonksyonè kolektivite yo sou koze asirans maladi, lanmò. PMAK te anvizaje kouvri yon pati nan frè fonksyonman meri yo tou anplis lajan salè anplwaye ak fonksyonè yo. Dapre yon responsab ministè Enteryè, se repons FENAMH yo t ap tann pou vanse sou dosye a. Men nou wè pawòl sa a pa fin kenbe. Ministè Enteryè konnen byen dosye griy salè ak asirans konplike anpil
anpil. FENAMH poko gen ni eksperyans nan domèn nan, ni resous lajan pou li rekrite espesyalis ki pou etidye dosye sa yo pou li. Yon pwosesis refòm fèt pou l kòmanse nan aspè ki pi fasil yo e fòk li konsidere nesesite ranfòsman kapasite aktè ki anfas yo pou pa gen fòs kote nan negosyasyon yo. Arete a ofri yon chimen klè avèk chif pou kòmanse ranfòse administrasyon kolektivite yo. Li gen plis fòs pase yon dokiman oryantasyon. Menm si ministè Enteryè adopte yon oryantasyon nan sikilè oswa memorandòm, Arete a gen plis fòs. Zafè tann FENAMH bay dizon pou esplike anyen pa fèt la pa fin kenbe. Epi sa ki fondamantal, ministè Enteryè pa janm di ki
18 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
gwo chanjman l ap fè nan jesyon Fon an pou li reyalize refòm sa yo. Li pa di konbyen refòm nan ap koute e li pa di ki kote kòb la ap soti. Ki Sen Pyè ki pral dekouvri pou kouvri Sen Pòl. Nou pa ka di dinamik k ap pase nan ministè Enteryè yo se inikman yon jwèt mètdam paske gen patizan desantralizasyon ki nan sistèm nan e ki ta renmen bagay yo chanje. Lè nou wè yon mouvman pozitif k ap fèt, se sektè sa yo ki dèyè l. Men sektè kowonpi yo gen plis fòs. Yo kite pwogresis yo prepare epi anonse tout bèl refòm. Sa bon pou imaj yo. Men yo konnen kote yo p ap mache e kote sa a se nan
Ki
pèmèt Fon jesyon an sèvi kolektivite yo. Zafè ogmantasyon salè fonksyonè meri yo ak kazèk yo pa poze ditou. Se kòm si piske majistra yo jwenn yon ti ogmantasyon yo menm, pito yo pa nwi kò yo nan poze pwoblèm lòt moun. Gen kèk majistra tou ki pa ba tèt yo pwoblèm sa a paske politik yo se boure pewòl meri yo ak moun ki p ap travay e ki jis ap touche yon ti tchotcho kòm patizan, fanmi oswa zanmi yo. Sa vle di, non sèlman ministè Enteryè pa kanpe sou bit modènize fonksyon piblik teritoryal la vre, men tou gen majistra ki sou menm pozisyon an akòz se enterè pèsonèl yo y ap defann.
chanjman arete a pote nan salè kazèk yo ?
Dapre Arete 26 janvye 2017 la, yon kazèk ta dwe touche 19 200 goud pou pi piti nan seksyon kominal 2èm klas yo. Kazèk seksyon kominal 1e klas yo menm ta dwe jwenn 21 120 goud. Arete a makònen salè kowòdonatè kazèk yo ak salè
lòt fonksyonè seksyon kominal yo. Dapre montan yo di ki te nan Fon jesyon an pou ane 2016-2017 la, salè sa yo ta va soti nan 9 600 goud pou mesaje biwo kazèk Seksyon kominal 2èm klas yo rive nan 21 120 goud.
Salè ak lòt frè fonksyonman | 19
Tablo 5 | Salè nan seksyon kominal yo
Kazèk Sekretè egzekitif Sekretè resepsyonis Mesaje
Seksyon kominal 1e klas
Seksyon kominal 2èm klas
HTG 21 120,00
HTG 19 200,00
HTG 16 320,00
HTG 14 400,00
HTG 13 440,00
HTG 12 480,00
HTG 11 520,00
HTG 9 600,00
Lè nou adisyone diferan salè sa yo, nou jwenn montan lajan ministè Enteryè ak ministè Finans dwe transfere chak mwa bay kazèk yo sèlman pou salè.
Tablo 6 | Alokasyon mansyèl pou salè sèlman nan kazèk yo Seksyon kominal 1e klas Seksyon kominal 2èm klas HTG 62 400,00
HTG 55 680,00
Diskou Ouvèti Prezidan Repiblik, René Preval, pandan 1e Asanble Jeneral FENAMH 27 mas 1998. ©André Lafontant Joseph.
20 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
III- L ajan pou lòt depans
S
fonksyonman kolektivite yo
e pa salè sèlman ki fè yon administrasyon piblik fonksyone. Lè yon anplwaye nan yon biwo ki pa gen kouran, ki pa gen yon fèy papye, pa gen lank pou enprimant, pa gen anyen li ka fè anwetan chita bay blag ak lòt kòlèg li. Bon fonksyonman ògàn kolektivite yo depann tou de kapasite fonksyonè yo pou yo egzèse responsablite yo e pou yo fè travay yo. Aktivite
Lòt
ki gen rapò avèk fòmasyon kad yo, refòm administratif, refòm fiskal (mobilizasyon fiskal) rantre nan depans ki gen rapò ak fonksyonman kolektivite yo. Yon lòt pa, misyon asosyasyon kolektivite yo oswa asosyasyon eli yo, se ranfòse kapasite kolektivite yo pou pouswiv objektif yo pi byen. Se poutèt sa Arete a mete depans sa yo nan kategori depans pou fonksyonman kolektivite yo.
depans fonksyonman meri yo
Men ki kisa Arete a prevwa. An plis 60 % lajan meri yo ki ale nan salè debaz majistra ak fonksyonè meri yo, gen 22,5 % ki konsakre pou lòt depans fonksyonman meri yo. Sa fè gen 82,5 % lajan meri yo ki ale nan fonksyonman paske salè se yon depans fonksyonman tou. Alix Fils-Aimé, depite Petyonvil ak papa lwa Fon Jesyon ak Devlopman Kolektivite teritoryal yo. ©André Lafontant Joseph
Lajan pou lòt depans fonksyonman kolektivite yo | 21
Men kijan 22,5 % sa a pataje : jj 5 % ale jwenn komin 2èm ak 3èm klas yo pou finanse lòt depans fonksyonman anplis depans salè yo, tankou achte founiti, fè netwayaj ak pwòpte, peye kouran, elatriye. Dapre lajan yo te fè figire pou Fon jesyon an nan bidjè 2016-2017 la pòsyon lajan sa a ta monte 135 milyon goud. Li bay yon mwayèn 84 000 goud pa mwa. Sa tap ede anpil meri ki konn pa menm ka achte papye ijyenik. jj 10 %, sa vle di 200 milyon goud ale nan finansman aktivite tankou fòmasyon, pwojè mobilizasyon fiskal, refòm administratif. jj 2,5 %, ki bay ozalantou 50 milyon goud ale pou finansman FENAMH, FENACAH, FENASEC ak tout asosyasyon depatmantal ki manm youn nan federasyon sa yo. jj 3 % pou depans ki gen rapò ak pèsonèl soutyen meri a tankou menajè, gadyen, elatriye.
Tablo 7 | Ki montan transfè meri yo ta dwe jwenn chak mwa ? Kategori meri Transfè pou salè Transfè pou lòt depans Total
Meri 3èm klas
Meri 2èm klas
Meri 1e klas
HTG 331 200
HTG 396 750
HTG 593 400
HTG 84 000
HTG 84 000
HTG 415 200
HTG 480 750
HTG 593 400
Si meri 1e ak 2èm klas yo ta deside nan solidarite renonse ak transfè pa yo a, jan ministè Enteryè deside fè l parapò ta kèk meri yo jije ki gen mwens pwoblèm lajan, transfè meri 3èm yo klas yo ta dwe rive 500 000 goud pa mwa, omwen.
22 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Lòt
depans fonksyonman kazèk yo
Se 10 % nan pòsyon lajan kazèk yo (30 % Fon jesyon an) ki ale nan lòt depans tankou achte pwodwi pou pwòpte biwo, peye kouran, achte materyèl ak founiti, elatriye. Pousantaj sa a pèmèt tout kazèk jwenn omwen 10 000 goud pa mwa.
Tablo 8 | Ki montan transfè kazèk yo dwe jwenn chak mwa ? Klas seksyon an Lajan salè kazèk ak anplwaye Frè fonksyonman Montan transfè total pa mwa
Seksyon kominal 1e klas Seksyon kominal 2èm klas HTG 62 400,00
HTG 55 680,00
HTG 10 000,00
HTG 10 000,00
HTG 72 400,00
HTG 65 680,00
Montan transfè sa a, se lajan pou salè plis lajan pou lòt depans fonksyonman yo. Francois Severin, Jean Molière, prezidan René Préval, Frantz Guillite, Claire Lydie Parent ak Jean Vilard nan 1e Asanble Jeneral Òdinè FENAMH sòti 27 pou rive 29 mas 1998. ©André Lafontant Joseph
Finansman pwojè ak aktivite sosyal yo | 23
IV- Finansman pwojè ak aktivite
L
sosyal
wa 20 dawout 1996 la mande pou rès lajan ki rete lè zafè fonksyonman kolektivite yo fin regle, se nan pwojè sosyal e an patikilye nan pwojè edikasyon ak sante pou kolektivite yo depanse balans sa a. Ki dispozisyon ki pi pwogresis pase sa ki ka genyen ?
Edikasyon ak sante se de poto mitan devlopman nan tout peyi. Se ledikasyon ki pèmèt pitit malere ak malerèz sòti nan mizè ak diyite e respè. Maladi menm, se pi gwo lennmi malere ak malerèz. An plis soufrans maladi pote, li fini ak tout ti ekonomi fanmi ki pi pòv yo. Li kraze aktivite ekonomik yo lè lajan komès, lajan semans oswa lajan lòt biznis depanse nan achte medikaman, ale lopital byen lwen. Mete lekòl fondamantal ak sant sante nan tout seksyon kominal nan peyi a dwe yon priyorite nasyonal. Tout meri dwe gen kapasite pou ranmase epi trete fatra
k ap kale mouch ak ravèt ki pral boloze nan manje moun ap manje pou transmèt maladi. Fatra tolere rat, vèmin ak tout kalite mikwòb nou pa wè. Jesyon fatra se youn nan aktivite sosyal ki pwoteje sante, se sak fè yon pati nan finansman pou aktivite sosyal yo dwe ale nan sèvis vwari meri yo. Tout gouvènman serye te dwe sote sou dispozisyon lwa 20 dawout 1996 sa a pou pote kole ak kolektivite yo nan devlopman peyi a. Lè komin yo bati lekòl ak dispansè nan zòn ki bezwen sèvis sa yo, ministè Edikasyon Nasyonal dwe bay pwofesè, ministè Sante Piblik dwe bay oksilyè, enfimyè ak doktè (menm si se pa woulman). Se menm jan an tou, kazèk yo dwe kapab mete kanpe sant alfabetizasyon, ede konstwi latrin pou evite kontamine dlo moun ap bwè, pwoteje tèt sous yo, pou moun sispann mouri anba kolera.
24 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Se nan objektif pou tou sa reyalize ki fè Arete 26 janvye 2017 la prevwa lajan pou sa. Li konsakre 17,5 % nan pòsyon lajan meri yo pou envesti nan pwojè sosyal nou sot pale yo. Nan bidjè 2016-2017 la, pousantaj sa a reprezante 397,25 milyon goud. Si nou separe lajan sa a egalego ak 120 komin ki pi pòv yo, yo chak ap resevwa 1,65 milyon goud pa ane. Kat sal klas plis yon sal pou administrasyon koute anviwon 2 milyon goud. Avèk patisipasyon popilasyon an, legliz yo ak lòt enstitisyon lokal, 1,65 milyon goud sa a ap pèmèt meri a mete ak kazèk yo konstwi lekòl la, fè kloti, amenaje lakou lekòl la, fè sitèn pou kapte dlo lapli k ap ravaje mòn yo, elatriye. Chak 2 zan yon nouvo lekòl ka konstwi nan yon seksyon kominal, nan chak komin 3èm klas ki nan peyi a. Sa fè 560 klas nan 140 seksyon kominal apre 4 an manda majistra yo. Li koute mwens lajan toujou pou bati yon sant sante. Pandan meri ak kazèk ap mobilize nan bati lekòl, ministè Edikasyon
Nasyonal ap fòme pwofesè, fòme administratè eskolè ak enspektè, mete pwofesè nan nouvo lekòl yo ak lajan Fon nasyonal edikasyon an (FNE). Si se te sa k te fèt olye pwogram yo rele PSUGO a (Programme de scolarisation universelle, gratuite et obligatoire), nou wè kote nou tap ye jounen jodi a ? Èske nou bezwen èd entènasyonal pou nou fè sa ? Menm konsiderasyon yo valab pou sante. Arete a prevwa 20 % nan pòsyon lajan kazèk yo dwe ale nan pwojè sosyal tankou pwoteksyon sous, konstriksyon bon latrin, kaptaj dlo potab ak alfabetizasyon. Pousantaj sa a reprezante 239 000 goud chak lane pou chak kazèk. Gen yon konsiderasyon enpòtan ki pou fèt la a. Kazèk yo pa ta dwe ap nouri anbisyon depanse yon lajan konsa, chak ane, san yo pa prepare epi adopte yon bidjè ki soti nan yon arete seksyon kominal ki dwe pwomilge pou li gen fòs rale moun nan tribinal.
Chapant bidjè kolektivite yo | 25
V- Chapant bidjè kolektivite yo
S
a pa gen lontan depi meri yo kòmanse prepare sa ki sanble ak yon bidjè piblik. Men yo pa fin sa nèt piske yo pa janm pwomilge ni nan Le Moniteur, ni nan ankenn lòt jounal, jan Dekrè 2006 la ki defini kad fonksyonman kolektivite yo pèmèt sa. Se apati 2007, ministè Enteryè nan kolaborasyon avèk ARD epi, apre sa, MINUSTAH ak koperasyon Lafrans te entwodwi menm prensip bidjè nasyonal yo nan preparasyon ak egzekisyon operasyon resèt ak depans meri yo. Avan sa, meri yo te konn prepare yon papye ki gen 2 kolòn, youn pou resèt, youn pou depans epi voye l nan ministè Enteryè ki pat janm konn fè ankenn swivi. Jounen jodi a, meri yo gen yon dokiman ki soti sou fòm yon Arete e ki pote sou previzyon resèt ak depans. Tout ribrik yo byen kodifye epi resèt ak depans byen balanse. Nan ane 2011, ministè a te pibliye yon Gid bidjetè ki te yon zouti enpòtan nan enfòme Mizajou 2015-2016 pou Guide budgétaire municipal la tout meri sou prensip bidjè piblik yo epi konsa pèmèt yo tout majistra rantre nan won. Men, fòk nou di jiska prezan, pa gen okenn meri ki gen yon vrè bidjè piblik, sa vle di yon dokiman jiridik ki enpozab devan tribinal (sou baz li, ou kapab rele yon moun devan tribinal). Pwoblèm nan se paske yo mete bidjè komin yo sou fòm Arete kominal men yo pa janm pibliye yo ni nan Le Moniteur, jounal ofisyèl Repiblik la, ni nan ankenn lòt jounal jan Lalwa pèmèt sa. Pou yon bidjè
26 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
piblik gen fòs fòk li siyen e soti nan jounal. Fòk li pwomilge, jan yo di sa. Lè yon bidjè pa pibliye, popilasyon ki konsène a pa konnen egzistans li. Gen kèk meri kote se majistra prensipal yo ak kontab yo sèlman ki konn sa ki nan bidjè yo. Menm lòt responsab nan meri sa yo konn pa janm menm wè bidjè yo. Fòk nou di tou se nan menm mouvman jeneralize pratik bidjè kominal yo ministè Enteryè te mete kanpe nan kolaborasyon ak ministè Finans 2 nouvo metye. Premye a se Kontab Peyè (KP), dezyèm nan se Kontwolè Finansye Teritoryal (KFT)2. Se nan ENAP (Lekòl nasyonal administrasyon piblik) tou de gwoup jenn gason ak jenn fanm sa yo te pran fòmasyon. Ti refòm sa a, te yon gwo pwogrè nan moman li te fèt la. Jounen jodi a, li montre kèk limit. Pouvwa santral la pa kontinye fòme kontab peyè ak kontwolè finansye. Moun sa yo vin tounen pakapala nan meri yo e majistra gen anpil pwoblèm pou revoke yo, menm lè y ap fè sa k pa sa. Konsa tou, gen anpil ladan yo ki tounen veritab bowòm e ki pratikman santi yo pi chèf pase majistra yo. Yo vin fòme yon klan kote youn ap soutni lòt. Pafwa solidarite sa a manifeste nan move sans. Fòk majistra yo mande ministè a korije deriv sa yo, lè ya va fòme KP ak KFT regilyèman dekwa pou sa ki la yo pa santi yo endispansab oubyen pou yo kwè majistra pa ka chanje yo.
Lè yon bidjè pa pwomilge, ou pa ka menm pouswiv responsab yo pou detoun man fon. Si yo gen bon avoka, y ap genyen pwosè a. Paske pat gen bidjè.
Kazèk yo menm, y ap depanse lajan san yo pa gen okenn bidjè, menm palafòm jan sa ye pou meri yo. Lajan piblik pa ka ap depanse nan yon ògàn piblik ki otonòm,
2 Se sa yo rele an franse comptable payeur (CP) ak contrôleur financier territorial (CFT)»
Chapant bidjè kolektivite yo | 27
san ògàn sa a pa gen yon bidjè piblik. Sa se yon prensip administrasyon piblik. Lè yon bidjè pa pwomilge (siyen epi soti nan Jounal ofisyèl Le Moniteur) ou pa ka pouswiv responsab yo pou detounman fon. Si yo gen bon avoka, y ap genyen pwosè a. Paske pat gen bidjè. Nou swete tout moun responsab, anpatikilye konseye Lakousiperyèdèkont yo, pran an konsekans remak sa yo. Se sa k fè se pa yon bagay banal, se yon sijè ki gen anpil enpòtans lè Arete 26 janvye 2017 a mande pou pouvwa santral la pèmèt Le Moniteur soti yon nimewo espesyal chak ane, pou chak de patm an, kote yo pibliye bidjè meri ak kazèk ki nan depatman sa a. Yon pwen tou nèf ki enpòtan Arete 26 janvye 2017 la pote nan chapant bidjè ko lektivite yo, se lè li klèman idantifye tout resous ak tout depans ki yon bò pou
fonksyonman epi yon lòt bò pou envestisman ak founiti sèvis. Li mande pou bidjè yo respekte pousantaj ki defini pou fonksyonman ak sa k pou envestisman ak founiti sèvis piblik. Sa vle di nan bidjè yon komin, si li rantre 100 goud resèt, li oblije prevwa 60 goud nan resèt sa yo pou envestisman ak sèvis piblik alòske 40 goud pral pou fonksyonman. Bidjè a gen 2 pati. Yon pati fonk syonman ki dwe balanse resèt pa l ak depans pa l, yon pati envestisman ak founiti ki dwe balanse pwòp resèt pa l ak pwòp depans li.
Separasyon 100 goud resèt komin nan Fonksyonman
Envestisman
28 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Men ki diferan kalite revni ki pou nan bidjè fonksyonman komin yo : jj 100 % alokasyon pa mwa ki soti nan Fon jesyon yo ; jj 40 % nan resèt kominal yo ; jj 100 % lajan meri a prete pou peye aryere salè ak lòt dèt ki gen rapò ak fonksyonman.
Men ki kalite depans fonksyonman ki nan bidjè meri yo : jj salè majistra yo ak direktè jeneral yo ; jj onorè manm kabinè yo ; jj salè fonksyonè meri yo ak pèsonèl soutyen yo ; jj lòt depans fonksyonman yo.
Tablo 9 | Chapant bidjè meri yo Resous
Depans
100 % transfè pa mwa ki soti nan Fon jesyon yo
Salè majistra yo
+
+
40 % resèt entèn meri yo
Salè kad, fonksyonè ak konsiltan
+
+
100 % tout lòt revni ki konsakre pou fonksyonman
Tout lòt depans fonksyonman
Chapant bidjè kolektivite yo | 29
Resous lajan ki ka figire nan seksyon envestisman ak sèvis piblik bidjè meri yo : jj 100 % sibvansyon leta bay pou finanse pwojè kominal yo ; jj 100 % sibvansyon Fon jesyon pou pwojè sosyal nan ; jj 60 % nan resèt entèn meri yo ; jj 100 % lajan meri a prete pou li fè envestisman oswa founi yon sèvis, jj 100 % lajan yo fè meri a kado pou envestisman oswa founiti yon sèvis ;
Depans pou envestisman oswa pou founiti sèvis kominal oswa entèkominal gen ladan yo : jj konstriksyon kay lakomin, konstriksyon kanal irigasyon, wout andeyò, plas piblik, teren jwèt, pisin lakomin elatriye. jj konstriksyon ak reparasyon ri ; jj konstriksyon ak netwayaj kanal drenaj ; jj pwojè rebwazman ak pwoteksyon basen vèsan ; jj konstriksyon ak fonksyonman dechay fatra ; jj fonksyonman ak antretyen sèvis piblik tankou lekòl, sant sante, bibliyotèk elatriye, plas piblik, azil pou gran moun ; jj frè meri a peye fim k ap founi kèk sèvis piblik ; jj sèvis dèt meri a.
30 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Tablo 10 | Chapant seksyon envestisman ak sèvis piblik bidjè meri yo Resous
Depans
100 % sibvansyon pou finanse pwojè devlopman yo
Konstriksyon ak antretyen kay lakomin ak lòt enfrastrikti komin nan (pon, kanal, etc.)
+
+
100 % sibvansyon ki ale nan komin ki pi pòv yo pou pwojè edikasyon ak sante
Fonksyonman sèvis piblik yo (vwari, lekòl fondamantal ou pwofesyonèl, sant sante, etc.)
+
+
60 % resèt entèn yo
+
Lòt pwojè, lòt entèvansyon piblik (ijans, katastròf, etc.
100 % lòt lajan ki konsakre pou envestisman oswa pou founiti sèvis piblik
G / G/ G / G
/G
G / /G /
G /
G /
/ G / G
G / / G / G /G
G /
G /
G / G / G /
G / G /
G /
G /
G /
G /
G / G/
G /
G / G//GG/GGG//G /GG G /G/G//G/ GG //
G /
/
G /
/G
FON JESYON AN
Dispozisyon pou yon ti tan | 31
VI- Dispozisyon pou yon ti tan
D
ispozisyon tranzitwa va touche salè yo nan pòsyon ki nan Arete 26 jan lajan Fon jesyon an ki ale pou vye 2017 la korije meri yo oswa pou kazèk yo. yon gwo fay ki gen nan administrasyon Fon jesyon Arete a prevwa tou yon ko an, kote se ministè Enteryè misyon ki pou separe lajan ak ministè Finans poukont Fon an ki monte menm jan an. yo k ap separe lajan Fon an epi k ap administre l, kontrèman a Nan yon reyinyon ki te konvoke sa Konstitisyon an di nan atik nan Ministè Enteryè jou ki te 217 li. Annatandan eleksyon 7 avril 2017 la, responsab endirèk kolektivite teritoryal yo 3 federasyon ki reprezante fèt pou abouti ak fòmasyon majistra, kazèk ak azèk apre Konsèy Entèdepatmantal la, anpil diskisyon te fini pa mete Arete a kreye yon Komisyon yo dakò sou depatman kote pwovizwa ki gen ministè reprezantan yo te sipoze soti Enteryè ak ministè Finans men yo. Se konsa majistra yo te ki ankadre avèk yon komite jwenn depatman Lwès, Nò, Nip, konsiltatif ki gen 10 eli Sant ak Sid. Kazèk te jwenn lokal. Nan 10 eli lokal sa yo, ou jwenn 5 majistra kominal, KOMITE KONSILTATIF POU FJKT 3 kazèk ak 2 azèk. Dis eli sa yo dwe reprezante 10 Lwès, Nò, depatman ki gen nan peyi Nip, Sant ak Sid MAJISTRA a. Yon depatman pa ka gen 2 moun nan komisyon an. Arete a prevwa yon tirajosò Latibonit, Sidès ak Nodès pou jwenn ki kalite eli k ap KAZÈK soti nan chak depatman. Èske se majistra, kazèk oswa azèk. Majistra yo ak kazèk yo ap Grandans ak Nòdwès AZÈK gen avèk yo 2 espesyalis ki
32 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Latibonit, Sidès ak Nodès. Azèk te jwenn Grandans ak Nòdwès. Depi apre reyinyon sa a nou pa tande okenn inisyativ ni bò kote Egzekitif la ni bò kote federasyon eli yo pou kontinye ak demach yo. Tout moun konprann pouvwa santral la p ap janm cho pou mete reprezantan eli lokal vin kontwole kijan lajan Fon jesyon an ap depanse epi sitou pou deside kijan l ap separe, men li difisil pou konprann pasivite (penyen lage) òganizasyon eli yo sou dosye sa a. Dispozisyon tranzitwa a mande ministè Enteryè ak lòt enstans Leta ki la pou sa pou ede majistra yo ak kazèk yo evalye fonksyonè ki deja ap travay yo pou gade nan ki nivo yo sipoze kenbe yo paske chak nivo gen yon salè diferan. Nou konnen
dispozisyon sa yo nan Arete a ap jwenn anpil rezistans pou yo aplike nan kèk meri paske chomaj ak kliyantelis politik fè kèk majistra gen tandans boure administrasyon an ak moun ki swa pa konpetan swa ki konpetan men ki p ap vin travay pou ti lajan yo ofri yo a. Nan tou de ka yo, se lajan taks popilasyon an k ap gaspiye. Moun yo ap jwenn ti djòb ki p ap sèvi yo anyen anplis, popilasyon an p ap jwenn sèvis, komin yo ap rete nan soudevlòpman sa ki p ap bon ni pou sinekiris (moun kap penyen lage) ki nan meri yo ni rès popilasyon an. Se yon chwa difisil pou chak majistra fè, pou yo pran responsablite yo kite kèk moun fache pou yo ka mete moun ki konpetan travay epi ba yo salè ki pou kenbe yo nan meri yo. Sa nou di a valab pou kazèk yo tou.
fonksyonè k ap travay nan meri ak nan kazèk yo
zanmitay
konpetans
Dispozisyon final | 33
VII- Dispozisyon final Gen omwen 5 gwo mezi ki enpòtan anpil ki pran nan pati sa a.
1) Dispozisyon pou ogmante resous Fon an Lwa ki te pran pou modènize antrepriz Leta yo te prevwa pou yon pati nan benefis antrepriz sa yo ale nan Fon jesyon an. Li pat janm di ki pòsyon nan benefis sa yo kidonk anyen pat janm fèt. Se sa ki fè arete a fikse pousantaj sa a. Se 30 % nan benefis kèk antrepriz tankou Natcom, Moulin d’Haïti, Cimenterie Nationale (CINA) ki dwe al ogmante Fon jesyon an e bagay sa dwe fèt depi ane sa a. Arete a menm prevwa ministè Enteryè ka mande yon avans si lè a poko rive.
Arete a mande pou prezidan Jovenel, piske se li ki monte imedyatman apre arete a soti, monte yon komisyon prezidansyèl pou mennen yon ankèt sou ti kras kòb yo di Fon an ranmase chak ane a, lè w gade pakèt sous lajan k ap devèse nan Fon sa a. Komisyon sa a dwe gade espesyalman kijan sa fèt ak lajan bank bòlèt yo dwe depoze nan Fon jesyon an, lajan yo touche sou tout moun ki genyen yon lo.
2) Dispozisyon pou diminye posiblite detounen lajan Fon an Arete a mande pou tout meri ak tout kazèk soti chak ane yon rapò finansye global ki ranmase tout resous lajan ak tout depans, rapò ki rele kont administratif, apre chak ane fiskal. Se analiz
rapò sa a ki dwe pèmèt Lakousiperyèdèkont bay dirijan kolektivite yo dechay oswa pran yon arèdebè kont yo.
34 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
3) Dispozisyon pou pwomilge bidjè kolektivite teritoryal yo Jiska prezan nou ka di pa gen ankenn kolektivite teritoryal ki janm gen yon vre bidjè paske dokiman sa yo pa janm pwomilge. Lè yon bidjè piblik pa siyen epi pibliye jan lalwa prevwa sa, ou pa ka fòse yon moun respekte l e si li pa respekte l, ou pa ka kondane l paske li pa vyole
anyen. An reyalite depi yon bidjè pa pibliye, li pa egziste pou popilasyon an. Arete a mande pou gen yon seri nimewo espesyal jounal Le Moniteur ki soti pou chak depatman kote bidjè kolektivite depatman sa a pibliye chak ane. Kolektivite ki anreta dwe peye pibliye nan yon lòt jounal.
4) Dispozisyon pou fè respekte salè minimòm debaz la Ministè Finans dwe fikse chak ane salè minimòn debaz la lè l ap kominike bay kolektivite yo ki montan transfè ak sibvansyon ki prevwa pou yo pou ane fiskal k ap vini an. Arete a mande ministè Finans fè sa pou pi ta 28 fevriye pou respekte kalandriye preparasyon bidjè
kolektivite yo (nan moman nou ye a komin yo). Atik 51 an di pa dwe gen diferans salè ant fonksyonè k ap touche sou Fon ak lòt fonksyonè k ap touche sou resèt entèn kolektivite yo (nan ka sa a meri yo).
5) Dispozisyon pou evite defisi ak aryere salè Gen meri ki amize yo prevwa gwo montan resèt yo konnen yo p ap janm rantre. Sa pèmèt yo fè yon seri gwo depans oswa boure moun nan administrasyon yo, san yo pa gen mwayen pou
sa. Se sitiyasyon sa yo ki fè ase souvan meri yo dwe 6 mwa al pou yon lane salè alòske yo p ap janm ka peye. Arete a mande ministè Enteryè panche sou pwoblèm sa paske sa lèd anpil.
Dokiman anèks | 35
Dokiman anèks
Rezolisyon 28
jen
2016
Apre nou fin konsilte atik 200 nan manman lwa peyi a ki mete sou responsablite Kou siperyè dekont ak kontansye administratif (CSCCA) kontwòl administratif ak jiridik tout resèt ak tout depans leta yo ; Apre nou fin konsilte atik 217 nan manman lwa peyi a ki egzije pou Egzekitif la konsilte dirijan ki soti nan eleksyon kolektivite teritoryal yo avan tout desizyon ki konsène finans kolektivite sa yo ; Apre nou fin konsilte atik 227 nan manman lwa peyi a ki mande pou bidjè repiblik la vote pou chak enstitisyon leta youn apre lòt ; Apre nou fin konsilte atik 227-2, 227-3 nan manman lwa peyi a ki oblije minis finans la pou li remèt chak ane bay Kou siperyè dekont ak kontansye administratif rapò sou tout resèt ak tout depans leta yo, rapò sa a Kou siperyè dekont ak kontansye administratif dwe transmèt li bay Palman an avèk pwòp rapò evalyasyon pa li ; Apre nou fin konsilte atik 120 Dekrè ki defini kad jeneral desantralizasyon an ak prensip pou òganize epi fè fonksyone kolektivite teritoryal yo, atik ki egzije pou bidjè nasyonal la montre a klè lajan ki prevwa pou sèvis dekonsantre leta yo ak lajan ki prevwa pou kolektivite teritoryal yo ;
36 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Lè nou konsidere sitiyasyon katastwòfik finans meri yo ; Lè nou konsidere responsablite meri yo pou bay popilasyon an bon jan sèvis alòske sitiyasyon finans yo anpeche yo ranpli devwa sa a paske yo pa gen mwayen lajan pou sa ; Lè nou konsidere kolektivite teritoryal yo se enstitisyon leta menm jan ak tout lòt yo alòske okenn nan kolektivite sa yo pa figire nan bidjè nasyonal la ; Nou menm majistra ki soti nan 140 komin nan peyi a, pandan nou te reyini Petyonvil nan jounen 28 jwen 2016 la, nou pran rezolisyon sa yo : Atik 1.
Nou menm majistra 140 komin nan peyi a, nou mande Kou siperyè dekont ak kontansye administratif pou li depoze nan Palman an prese prese rapò sou lajan ki rantre ak lajan ki depanse nan Fon jesyon ak devlopman kolektivite teritoryal yo (FGDCT) annatandan li fè odit Fon an.
Atik 2.
Nou menm majistra 140 komin nan peyi a, nou egzije pou tout moun respekte lwa ki kreye e ki di kouman pou administre Fon jesyon ak devlopman kolektivite teritoryal yo.
Atik 3. Nou menm majistra 140 komin nan peyi a, nou mande ministè Enteryè pou li aplike san gade dèyè akò ki te jwenn an 1997 ant prezidan Preval ak FEANAMH nan akò sa a ki te di kouman pou lajan Fon jesyon an separe pami divès ògann kolektivite teritoryal yo, annatandan nou fè nan tèt ansanm yon pase men nan akò sa a, lè nou konnen konbyen lajan Fon jesyon an rantre chak ane.
Dokiman anèks | 37
Atik 4.
Annatandan nou deside nan tèt ansanm yon nouvo tablo separasyon lajan Fon jesyon an pou ane k ap vini an, nou mande yon ogmantasyon 100 pou 100 lajan transfè yo depoze chak mwa sou kont meri yo pou fonksyonman administrasyon kominal yo.
Atik 5.
Nou menm majistra 140 komin nan peyi a, nou mande pou yo mete yon chapit espesyal pou kolektivite teritoryal yo nan bidjè nasyonal la dekwa pou gen garanti komin yo ap jwenn ase lajan pou yo egzèse konpetans Konstitisyon an ak lalwa mete sou responsablite yo, tankou tout lòt responsablite nan domèn ki pa prevwa nan lwa 20 dawout 1996 la. Se poutèt sa nou menm majistra kominal yo, nou dakò avèk pwopozisyon kèk palmantè fè pou yo renonse ak 10 milyon goud “Fonds communaux” yo dekwa pou lajan sa a ale pou depans envestisman meri yo.
Atik 6.
Nou menm majistra 140 komin nan peyi a, nou mande pou Egzekitif la bay tout meri yo omwen yon bon djip 4 pa 4, apati pwochen ane fiskal la.
Atik 7.
Nou menm majistra 140 komin nan peyi a, nou pran angajman pou nou travay avèk ministè Enteryè sou yon nouvo echèl salè debaz pou majistra kominal yo epi nou mande pou fonksyonè kolektivite teritoryal yo gen menm tretman ak sa ki nan administrasyon santral leta yo.
Atik 8.
Nou menm majistra 140 komin nan peyi a, nou pran angajman pou nou travay pandan tout manda nou an pou nou fè devlopman ekonomik ak sosyal nan komin nou yo nan tèt kole ak ministè ki konsène yo, palmantè nou yo, lòt eli kolektivite teritoryal yo ansanm ak popilasyon n ap dirije yo.
1 c
2 c
3 c
4 c
1e Fowòm Nasyonal Minisipalite Dayiti sou Finansman Kolektivite Teritoryal yo 27 ak 28 jen 2016 5 c
6 c
7 c 1 Asistans pandan Fowòm Minisipalite c
kote rezolisyon 28 jen 2016 sila te sòti.
2 Panèl ouvèti Fowòm nan. c 3 Merès prensipal yo. c 4 Delegasyon Atibonit. c 5 Delegasyon Sidès. c 6 Delegasyon Nò. c 7 Delegasyon Nip. c
©Emmanuel Jean-Pierre pou tout foto ki nan doub paj sa a.
40 | Aprann konprann Arete pou administrasyon Fon Jesyon Kolektivite Teritoryal yo
Atik 9.
Nou menm majistra 140 komin nan peyi a, nou pran angajman pou nou toujou defann enterè kolektivite yo, pou nou chèche patisipasyon popilasyon an nan zafè politik komin yo epi pou nou jere nan ladwati ak nan transparans lajan ak lòt byen komin yo.
Atik 10. Nou menm majistra 140 komin nan peyi a, nou pran angajman pou nou òganize nan kad FENAMH yon Kongrè nasyonal majistra kominal Ayiti yo pou nou diskite sou oryantasyon politik, sosyal ak ekonomik pou nou bay kolektivite yo. Kongrè sa a se va ògann ki gen pi gwo pouvwa politik nan FENAMH. Atik 11. Nou menm majistra 140 komin nan peyi a, nou mande pou eleksyon endirèk kolektivite teritoryal yo fèt sa ki va fasilite jesyon ak distribisyon lajan Fon jesyon ak devlopman kolektivite teritoryal yo. Atik 12. Nou menm majistra 140 komin nan peyi a, nou raple Egzekitif la ke nou gen estati ofisyèl menm jan ak lòt dirijan ki soti nan eleksyon yo e sou baz sa a, nou dwe benefisye menm avantaj ak privilèj lòt yo jwenn yo. Petyonvil, nan dat 28 jwen 2016