Laboratwa responsab
Kalite
PFIZER / BioNTech
RNA mesaje
Laboratwa responsab
Kalite
Enstiti Butantan
Laboratwa responsab Fiocruz
Viris inaktive
Kalite Vektèr viral (adenoviris)
Dòz/ entèval
Kote yo aplike l
Efè segondè ki pi komen
2 dòz 12 semèn
Entramiskilè
Doulè lokal, maltèt, fatig
Dòz/ entèval
Kote yo aplike l
Efè segondè ki pi komen
Entramiskilè
Doulè lokal, anvi vomi, doulè nan misk, maltèt
Kote yo aplike l
Efè segondè ki pi komen
Entramiskilè
Doulè lokal, anvi vomi, doulè nan misk
2 dòz 14-28 jou
Dòz/ entèval 2 dòz 4-12 semèn
Sa ki pi komen yo se doulè nan kote yo aplike l la, fatig ak maltèt.
Lòt konplikasyon ki ka parèt, tankou anflamasyon, demanjezon, kote ou pran l lan kab rèd, anvi vomi, dyare, doulè nan misk, tous, doulè nan jwenti, nen k ap koule, gòj fè mal ak nen bouche. Sa ki pi ra yo se ematom, vomisman, dòmi, lafyèv, tach sou po, etènye, vètij, doulè nan vant ak diminisyon apeti. Nan pifò ka yo, konplikasyon yo konsidere kòm "lejè". Tout vaksen yo te sibi pwosesis evalyasyon sekirite. Yo te kenbe rijidite ak metòd syantifik pou tout vaksen yo epi yo te evalye nan 3 faz rechèch yo. Pwosesis regilatwa brezilyen an te respekte tou.
Li pa posib. Vaksen yo ap distribye pa Program Nasyonal Vaksinasyon an.
Rekòmandasyon an se resevwa de dòz yo de menm vaksen an. Sa a se paske, jiska prezan, konbinezon vaksen diferan poko evalye nan etid syantifik yo.
Depi sentòm yo te parèt sa fè omwen 4 semèn de sa. Si ou te dyagnostike ak COVID-19 mwens pase 4 semèn de sa, ou pa dwe pran vaksen an nan tan sa a. Nenpòt moun ki te dyagnostike ak COVID-19, men ki pa te gen okenn sentòm, dwe pran vaksen an nan 4 semèn apre rezilta tès la.
Poko gen okenn etid sou sekirite vaksen yo pou fanm ansent. Desizyon an sou vaksinen yo a dwe endividyalize, ki baze sou risk pou yo ekspoze ak konplikasyon. Pou plis enfòmasyon kontakte doktè ou.
Si ou gen lafyèv nan jou aplikasyon an oswa jou anvan an, ou p'ap ka pran vaksen an.
Non, menm ou dwe rete lakay ou, izole, paske ou ka avèk COVID-19.
1 - Si ou enfekte pa koronaviris la, vaksen an pwoteje moun ki enfekte kont sentòm ki pi grav yo, anpeche entène lopital ak lanmò. 2 - Anpeche kontaminasyon plis moun. Plis kantite moun ki pran vaksen an wo, risk pou maladi ak chans pou sikilasyon viris la pi piti.
Done aktyèl yo endike ke peryòd 2 semèn apre dezyèm dòz la sifi pou moun ki pran vaksen yo devlope yon repons iminitè.
Vaksen an gen viris inaktive, vektè viral oswa RNA mesaje a, ki pa gen kapasite pou replike epi lakòz maladi a. Malgre sa, li ka lakòz efè segondè, tankou doulè nan kò, malèz, doulè nan kote yo aplike l la, pami lòt ki deja mansyone yo. Sentòm sa yo ka konfonn avèk maladi a; sepandan, yo regrese byen vit epi yo pa pwogrese pou konplikasyon.
Okenn vaksen ki egziste deja (ni pou lòt viris ak bakteri) pa efikas a 100%. Vaksen ki disponib nan Brezil yo genyen efikasite de 50-95%, sa vle di, chans pou trape maladi a toujou egziste, men li pi piti pase san yo pa pran vaksen an
.
Vaksen pa gen yon efè imedyat, oubyen, li pran tan pou òganis la kreye iminite, ki, an jeneral, rive 2 semèn apre dezyèm dòz la; Yo poko konnen si moun ki pran vaksen an pap transmèt viris la ankò;
Kontinye itilize mask de bòn kalite (N95 oswa doub), rete nan espas ki vantile, san aglomerasyon. Kontinye netwaye men ou avèk alkòl jèl ak savon ak dlo.
Paske nou konnen ke vaksen an pwoteje kont fòm ki pi grav nan maladi a epi tou li diminye chans pou lanmò, e paske nou espere ke pral gen yon diminisyon nan sikilasyon viris la apre yon kantite siyifikatif moun fin pran vaksen an.
Gwoup laj ak enklizyon de gwoup priyoritè yo ka chanje. Kounye a, moun ki granmoun aje, moun ki gen andikap k ap viv nan enstitisyon, ak kategori pwofesyonèl yo konsidere kòm ekspoze ka pran vaksen an. Pou enfòmasyon aktyalize, vizite: bit.ly/vacinasampa
Nan nenpòt Inite Debaz Sante (UBS), de preferans sa ki pi pre lakay ou an
Nan Sao Paulo: Lè gwoup laj pa ou rive pou pran vaksen an, ale nan UBS ki pi pre a. Li pa obligatwa pou pran yon randevou, men, si sa posib, enskri sou sit la bit.ly/vacinasampa Pote nenpòt dokiman, de preferans CPF. Si ou pa genyen, li kapab yon lòt, kit se yon dokiman peyi kote w soti a. Aprè ou fin pran premye dòz vaksen an, sere papye a avèk dat pou dezyèm dòz la. Retounen pran dezyèm dòz vaksen an nan dat ki endike a, pote papye a avèk ou. Se 2 dòz vaksen ki nesesè pouou konplètman pwoteje Si w ap viv nan yon lòt vil, tcheke etap sa yo selon vil ou a: si ou bezwen pran yon randevou oswa jis ale nan sant sante ki pi prè a
Nan ka refi dokiman idantifikasyon prezante pa migran an, menm si li ekspire oswa emèt nan yon lòt peyi, ou dwe enfòme Kowòdinasyon Politik pou Imigran ak Pwomosyon Travay Desan, pa imèl (migantes@prefeitura.sp.gov .br) , ak non inite sante a ak dat ak lè sa te rive a.
REFERÊNCIAS Este material foi baseado na publicação “Saiba mais sobre as vacinas contra a Covid-19” elaborada pelo Hospital Sírio-Libanês: https://www.hospitalsiriolibanes.org.br/coronavirus/Documents/saiba-maissobre-as-vacinas-contra-a-covid-12-03-2021.pdf REALIZAÇÃO Instituto Terra, Trabalho e Cidadania (ITTC), Centro de Referência e Atendimento para Imigrantes Oriana Jara (CRAI Oriana Jara), Associação Franciscana de Solidariedade (Sefras), Coordenação de Políticas para Imigrantes e Promoção do Trabalho Decente (CPIPTD) da Secretaria Municipal de Direitos Humanos e Cidadania (SMDHC) CRÉDITOS Diagramação: Marcell Carrasco Texto: Hospital Sirio-Libanês, Núria Margarit Carbassa, Ana Elizabeth León Gonzalez, Marianna Haug, Karin Schmid Revisão: Núria Margarit Carbassa, Vinicius Duque Traduções: Núria Margarit Carbassa, Anthony Gabriel, Grevisse Mulamba Kalala, Erika Marlene Quispe Lipa, Rachelle Louis Joseph, Nasser Sawan, Yelitza Aimin Diaz Perez, Luis Abel Celis Piamo, Sikabaka Dinganga Prosper