HAITI OPEN Fall 2021

Page 92

2021 ALBUMS

“QQA”

YON ALBÒM AK SIKSÈ ENTÈNASYONAL Revizyon Albòm pa Ford Pierre

P

ibliye 18 Jen 2021, “Quoi qu’il advienne” se 3èm albòm Rutshelle Guillaume. Yon seri mizik eksepsyonèl ki a 15 chan, plen ak emosyon ki melanje mizik Kompa ak mizik Afro-Karayib. Nan albòm sa, nou jwenn Diva an kolaborasyon avèk atis etranje tankou Kamewounyen Salatiel, nan tit “Poze” epi chantè Franse R&B Singuila, nan tit “Sa k rive nou”. Epi tou nou jwenn atis lokal tankou rapè popilè Wendyyy nan chan “All on me” epi menm Oswald nan remix “Rete la”.

Li ka diskite ke “QQA” se albòm ki jwenn plis siksè nan ane sa. Trè apresye pa piblik la, se li yo kontinye koute pi plis sou platfòm difizyon tankou Spotify, Soundcloud, ak Apple Music. Se yon albòm HMI ki gen plis siksè entènasyonal e li te ranpòte pi plis moun ki gade li sou YouTube. Pou Rutshelle, travay sa se yon ekspresyon de

anvi li genyen pou siksè masiv, malgre difikilte ki parèt. Yon afimasyon ki konfime nan tit eponim lan, “Quoi qu’il advienne”.

“OPTION” YON ADAPTABILITE KI KONFIME

C

Revizyon Albòm pa Ford Pierre

hantè Ayisyen Oswald Clerveus te pibliye dezyèm albòm estidyo li, “Option”,sou 9 Avril 2021. Atravè disk sa, li envite w pou’w dekouvri adaptabilite li. Chantè a di, “Mwen fè anpil grenn chan deja e li te enpòtan pou mwen pote tout enfliyans mwen yo ansanm epi pou’m mennen odyans mwen yo vinn retounen nan mond mwen, pou yo ka dekouvri plis nan bò adaptabilite mwen an.” Domine pa stil mizik Kompa, albòm lan enkli yon total de 15 chan. Genyen yon ti soka ak rege ladann tou. Albòmlan prezante J-Perry, Stony, Bamby, Staniski ak Sael kòm atis envite. Tit tankou “Ti doudou” ak “Suc (Sur un carreau)” te byen resevwa pa piblik Ayisyen an, epi yo fè pami videyo mizik Ayisyen pi gade sou YouTube.

92 Haiti Open | People Culture Tourism

«


Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.