NÒM POU ESTIL AK
KO-MAKAJ IAF YO
![](https://assets.isu.pub/document-structure/230301194503-d162de9ba15da3c9a4ed5b64daaf847b/v1/325436048229f4167a937d24b00e4b0b.jpeg)
![](https://assets.isu.pub/document-structure/230301194503-d162de9ba15da3c9a4ed5b64daaf847b/v1/181000fc4bcf9bc5b0b80d2f8950e9b3.jpeg)
Nan dokiman sa a, “imaj mak” fè referans ak itilizasyon yon non, yon tèm, yon konsepsyon, oswa yon senbòl pou idantifye yon òganizasyon epi distenge pwojè oswa pwodui li yo.
Mak IAF la plis ke yon logo. Li reprezante valè distenktif ak prensip ajans lan. Logo IAF la se yon glòb ki reprezante
“Makaj” fè referans ak vizibilite ki pèmèt rekonèt esponnsò yon pwojè oswa yon pwodui lè yo aplike logo oswa idantite grafik li yo nan materyèl dijital oswa nan materyèl pou enprime yo.
Emisfè Oksidantal la, ki ansèkle ak yon liy wouj ki gen pa anba l non INTER-AMERICAN FOUNDATION (FONDASYON ENTÈ-AMERIKEN). Logo a souvan
akonpanye pa eslogan an: EMPOWERED COMMUNITIES, SUSTAINABLE RESULTS (KOMINOTE OTONÒM, REZILTA
DIRAB). Non òganizasyon an toujou ekri ak lèt majiskil.
ItIlizasyon SO: Ansèy, plak, fich enfòmasyon, bwochi, filigràn foto, imèl, siyati.
Itilizasyon LOGO VÈTIKAL: Envitasyon fòmèl, papetri, sètifika, ak lè gen ko-makaj ak lòt logo vètikal yo.
Itilizasyon LOGO ORIZONTAL: Piblikasyon, paj wèb, ansèy, estasyonè, ko-makaj ak lòt logo orizontal.
Itilizasyon Tipik MAK DISTENKTIF: grafik pou medya sosyal ak pwodui yo kote logo a annantye pa ta ka adapte oswa pa ta ka lizib.
Vèsyon vètikal oswa orizontal logo nou an nan ann Espanyòl ka itilize tou pou piblikasyon nan lang Panyòl.
Lè logo a itilize pou PAPYE AK ANTÈT (an Koulè oswa Nwa e Blan orizontal), dimansyon ki rekòmande a se 1x4”.
LA, TANPRI PINGA:
• Ajoute okenn lonbraj oswa lòt efè yo, tankou kontou yo, kaz yo, aparans flou yo, teskti, oswa efè “3-D”
• Defòme imaj la nan nenpòt ki fason (egzanp pou fè l adapte yon fason vètikal oswa orizontal nan yon espas)
• Chanjman nenpòt nan koulè yo, karaktè, oswa nenpòt aspè estanda oswa eleman nan logo a
• Chanje anplasman logo a ak eslogan an
• Chanje relasyon ant eleman yo
Pou li ka byen lizib, logo IAF la ta dwe itilize sou yon koulè aryèplan ki diferan. Lè w ap desine pwodui ki itilize koulè (dokiman, paj wèb, prezantasyon PowerPoint, oswa foto), li souvan preferab pou plase logo a anndan yon bandwòl anwo pwodui a ak logo sipèpoze sou tèt li.
Pou foto yo: plase logo an koulè a dirèkteman sou foto yo ak aryèplan ki gen koulè yo lè sa posib. Chwazi foto yo ak koulè
aryèplan yo ki diferansye yon fason sifizan ak koulè logo a pou prezève entegrite logo a.
Lè li pa posib pou plase logo a dirèkteman sou yon foto oswa yon aryèplan ki gen koulè, li akseptab pou plase logo a sou yon
bann koulè ki klè oswa ki fonse, jan yo montre l nan egzanp foto ki nan pwochen paj la.
Fotografi se yon eleman enpòtan pou mak IAF e ki ka itilize nan yon varyete zouti kominikasyon. Yon senp imaj ka demontre mak IAF la pandan ap transmèt enpak pwojè nou yo genyen sou moun ak gwoup nou sèvi yo. Li rekòmande pou akonpanye chak foto ak yon lejann ki di odyans nan kiyès, kisa, kibò, kilè ak poukisa sijè a enpòtan. Lejann yo ka adere ak estil Laprès Asosye, e ou dwe bay fotograf la kredi (si w konnen l).
Foto IAF yo disponib pou itilize nenpòt lè, men nou ankouraje itilizasyon foto ki kredite yon fason kòrèk lè yo pataje yo nan piblikasyon oswa nan medya sosyal.
Koulè prensipal logo IAF la reprezante valè ajans lan e yo pa ta dwe modifye yo. Toutfwa, yon vèsyon nwa e blan akseptab pou matryèl ki pa enprime an koulè yo, ki gen twòp koulè oswa koulè ki entèfere yo. Senbolis koulè yo dekri pi ba a, menm jan ak kòd koulè espesifik ke IAF itilize yo.
WOUJ
BLE
Reprezante solidite ak valè
#DA2229
RGB 218,33,41
CMYK 8, 99, 98, 1
Reprezante limyè ak sekirite #FFFFFF
RGB 255,255,255
CMYK 0, 0, 0, 0
Reprezante pèseverans ak jistis.
#1C4480
RGB 28,68,128
CMYK 100,83,22,7
BLE PAL
#177ebd
RGB, 23, 126, 189
CMYK 83, 43, 3, 0
#77b2e8
RGB 119, 178, 232
CMYK 50, 18, 0, 0
#9ecbe4
RGB 158, 203, 228
CMYK 36, 8, 4, 0
#e5f1ea
RGB 229, 241, 234
CMYK 9, 1, 8, 0
IAF te seleksyone font lato a kòm karaktè nou akoz klarite ak lizibilite li. Font lato a se yon pati entegran nan konsepsyon logo a e pa gen okenn lòt font ki ka ranplase l.
Fen Lejè Regilye Demi-gra Bold Gra
Italik Fen Italik Lejè Italik Regilye Italik Demi-gra Bold Italic Italik Gra
Èske benefisyè IAF yo ka itilize logo IAF la, tankou nan materyèl yo pa egzanp?
Kontrèman ak lòt ajans asistans etranje Etazini yo, IAF la pa gen manda pa lalwa pou li make ak mete imaj sou pwodui ak inisyativ pwogram yo. Avèk sa nan lespri yo, benefisyè yo ka pa itilize oswa afiche logo IAF la, sof nan sikonstans eksepsyonèl.
Nan ka eksepsyonèl, benefisyè yo ka mande pou afiche logo IAF la lè itilizasyon logo a pral:
• pwomouvwa sekirite benefisyè a; oswa
• pwomouvwa vizibilite ni IAF ni benefisyè a pou yon inisyativ enpòtan ki pafètman aliyen ak enterè Etazini ap avanse yo nan devlòpman dirab avèk risk politik trè fèb pou ni IAF ni benefisyè a.
Pou mande pèmisyon pou itilize logo IAF la, benefisyè yo dwe founi bouyon pwodui a pou IAF revize. Benefisyè yo ka sèlman itilize logo a yon fwa Biwo Zafè Ekstèn ak Gouvènmantal IAF la apwouve demann yo a alekri.
Nan tout lòt sikonstans yo, benefisyè yo pa dwe afiche lgo IAF la sou pwodui pwogram yo oswa lòt materyèl oswa
enstalasyon. Benefisyè IAF yo ta dwe chèche tou pou bay akò pou nenpòt oryantasyon ki espesifik ak pwogram nan.
Èske patnè ekstèn IAF yo ka itilize logo IAF la?
Patnè ekstèn yo dwe nan yon premye tan e anvan tout bagay konsilte akò patenarya a pou oryantasyon sou itilizasyon logo
a. Patnè ekstèn yo ka mete logo IAF la nan pwodui ekri, nan videyo oswa pwodui dijital yo sèlman avèk yon otorizasyon
alavans alekri Biwo Zafè Ekstèn ak Gouvènmantal IAF la. Pou mande pèmisyon pou itilize logo IAF la, patnè a dwe founi bouyon pwodui a pou IAF revize.
Logo IAF la pa dwe janm itilize pou andose oswa enplike yon apwobasyon pou yon pwodui oswa yon sèvis komèsyal.
Ki tip materyèl patnè yo dwe konsidere pou fè ansèy?
Se materyèl sa yo ke patnè IAF yo dwe konsidere pou fè imaj mak apre yo fin resevwa apwobasyon ki nesesè:
• Kominike pou laprès yo;
• Konferans pou laprès yo;
• Entèvyou nan medya yo;
• Vizit sou sit yo;
• Istwa siksè yo:
• Temwanyaj benefisyè yo;
• Fotografi pwofesyonèl;
• Videyo yo;
• Difizyon sou entènèt la, envitasyon elektwonik, oswa lòt imèl ki voye bay lis an gwoup; ak
• Bandwòl pou lansaman, fòmasyon oswa lòt evènman piblik.
Kilè pou pa make
Lè w deside si w ap itilize logo IAF la, li enpòtan pou konsidere kesyon sa yo. Si repons pou nenpòt kesyon se “wi,” li endike yon sitiyasyon kote li ka pa apwopriye pou itilize logo IAF la.
Èske atik la oswa kominikasyon an enplike oswa andose yon pwodui oswa sèvis komèsyal?
Non ak logo IAF la dedye pou itilizasyon ofisyèl sèlman. Yo ekskli yo yon fason eksplisit nan tout aplikasyon ki ka enplike oswa andose yon pwodui oswa yon sèvis komèsyal.
Èske atik la oswa kominikasyon an itilize pou leve fon?
Aktivite leve fon patnè IAF yo antreprann separeman e endepandaman de IAF. Patnè yo pa gen otorite pou itilize non oswa logo IAF pou fè piblisite, pwomouvwa, oswa fè ko-makaj pou aksyon leve fon y ap fè.
Èske makaj atik la oswa kominikasyon an pral konpwomèt sekirite, endepandans entrensèk oswa netralite IAF oswa pwogram li yo?
Li entèdi pou itilize logo IAF la sou tout atik oswa kominikasyon ki konpwomèt sekirite, endepandans entrensèk oswa
netralite IAF oswa pwogram li yo. Sa enkli, men li pa limite ak sa, sa k ap suiv la yo:
• sipò pou yon pati politik, pledwaye pou politik piblik oswa refòm, oswa materyèl enfòmasyon sou eleksyon ak pou elektè;
• medya endepandan, tankou emisyon televizyon ak emisyon radyo, ak atik jounal ak editoryal;
• anons sèvis piblik, sondaj opinyon piblik, oswa ankèt;
• odit, rapò, analiz, etid, oswa rekòmandasyon sou politik ke done oswa rezilta rechèch yo ta dwe konsidere kòm endepandan, oswa kote makaj ta dwe konpwomize pwopriyete patnè yo; ak
• tout pwodui oswa materyèl nan tout domèn kote asosyasyon ak antite ki aleksteryè oswa antite etranje ka kreye menas pou sekirite pwogram nan, pèsonèl la, patnè benefisyè yo, oswa benefisyè pwogram yo.
Èske atik la oswa kominkasyon an se bagay ki estrikman administratif?
Pinga make okenn atik oswa kominkasyon ki estrikman administratif, olye pwogramatik, an nati, enkli sa ki annapre yo:
• korespondans ak gouvènman peyi patnè a konsènan konfòmite kontratè yo ak lwa lokal yo, tankou administrasyon enpo, ladwàn oswa lòt dispozisyon;
• papye ak antèt oswa kominikasyon ki relatif ak jesyon sou-alokasyon, aksyon relatif ak pèsonèl tankou rekritman/
revokasyon estaf, oswa lokasyon espas biwo ak/oswa ekipman;
• kat pwofesyonèl; ak
• veyikil.
KO-MAKAJ
Ko-makaj ede demontre inifikasyon ant IAF la ak patnè nou yo. Lè nap fè ko-maklaj kominikasyon yo, nou mande patnè a pou li plase logo IAF la akote nenpòt logo patnè, epi asire ke tout logo patnè yo gen menm gwosè vizyèlman.
Egzanp:
ANSANM NOU KA ASIRE NOU KE
YO REKONÈT MAK IAF LA KÒM
YON EKSTANSYON ENPÒTAN POU
SOUTYEN PRESYE KE PÈP AMERIKEN
AN OFRI BAY REJYON AMERIK LATIN
NAN AK KARIBEYEN AN.