PROJET DE DECRET RELATIF A LA STRUCTURE ET AU FONCTIONNEMENT
DU CONSEIL NATIONAL POUR L'AMENAGEMENT DU TERRITOIRE ET L'ENVIRONNEMENT (CONATE)
PWOJÈ DEKRÈ SOU CHAPANT AK FONKSYÒNMAN
KONSÈY NASYONAL POU AMENAJMAN TERITWA AK ANVIWÒNMAN (CONATE)
Version au 5 juin 2007
Vèsyon nan dat 5 jen 2007
LIBERTE
EGALITE FRATERNITE REPUBLI QUED’ HAI TI
LIBÈTE
EGALITE REPIBLIK AYITI
DECRETD’ APPLI CATI ON
DEKRÈ APLIKASYON
JACQUES EDOUARD ALEXIS PREMIER MINISTRE
JACQUES EDOUARD ALEXIS PREMYE MINIST
FRATÈNITE
Vu les articles 31, 31-1, 37, 40, 155, 157, 162, 163, 253 à 257 de la Constitution;
Sou baz atik 31, 31-1, 37, 40, 155, 157, 162, 163, 253 rive 257 manman lwa peyi a;
Vu les articles 3-a, 3-c, 4-a, 4-c, 5-d, 5-e, 10-2, 14-2 de la Convention des Nations-Unies sur la lutte contre la désertification que l'Etat Haïtien a ratifié en août 1996;
Sou baz atik 3-a, 3-c, 4-a, 4-c, 5-d, 5-e, 10-2, 14-2 Konvansyon Nasyonzini pou batay kont degradasyon tè yo Leta Ayisyen ratifye nan mwa daou 1996;
Vu les articles 6-e, 13-a, 14-a, 17-1, 18-4, 18-5 de la Convention sur la Diversité Biologique que l'Etat Haïtien a ratifié en août 1996;
Sou baz atik 6-e, 13-a, 14-a, 17-1, 18-4, 18-5 Konvansyon sou divèsite biolojik Leta Ayisyen ratifye nan mwa daou 1996;
Vu l'article 6 de la Convention-Cadre sur les changements climatiques que l'Etat Haïtien a ratifié en août 1996;
Sou baz atik 6 nan konvansyon-kad sou chanjman klima Leta Ayisyen ratifye nan mwa daou 1996;
Vu le décret du17ma i200 5por t a n to r g a ni s a t i ondel ’ Admi ni s t r a t i on Ce nt r a l edel ’ Et a t ;
Sou baz dekrè 17 me 2005 ki defini òganizasyon Administrasyon Piblik Santral Leta;
Vu le décret du 12 octobre 2005 portant sur la gestion de l ’ e nv i r onne me nte tl ar é g ul a t i ond el a conduite des citoyens pour un développement durable;
Sou baz dekrè 12 oktòb 2005 sou jesyon anviwònman ak règleman sou konpòtman sitwayen yo pou yon devlopman dirab;
Vu la Déclaration de Rio de juin 1992 dont l'Etat Haïtien est signataire;
Sou baz Deklarasyon ki te fèt nan vil Rio de Janeiro, nan mwa jen 1992, Leta Ayisyen te siyen;
Vu le décret du 1e février 2006 portant définition du cadre général de la décentralisation, les principes généraux d'organisation et de
Sou baz dekrè 1 fevriye 2006 ki prezante kad jeneral pou desantralizasyon, prensip jeneral òganizasyon ak fonksyònman
fonctionnement des collectivités territoriales haïtiennes;
kolektivite teritoryal peyi Ayiti;
Cons i d é r a n tqu ’ i lyal i e udedé f i n i rl as t r uc t ur ee tl ef onc t i o nne me nt du Cons e i lNa t i on a ld el ’ Amé na g e me ntduTe r r i t o i r ee td el ’ Env i r onnement prévu dans le décret du 12 octobre 2005.
Lè nou konsidere gen nesesite pou defini chapant ak fonksyònman Konsèy Nasyonal pou Amenajman Teritwa ak Anviwònman ki prevwa nan dekrè 12 oktòb 2005 la,
Cons i d é r a n tqu ’ i lr e n t r eda nsl ami s s i onduGouv e r ne me ntd’ a s s u r e r l ’ e x é c u t i o nde sl o i se tde sdé c r e t s -lois et que le pouvoir règlementaire appartient au Premier Ministre
Lè nou konsidere se wòl gouvènman an pou veye pou lwa ak dekrèlwa yo aplike epi pouvwa pou fè règleman revni dedwa bay Premye Minis la,
Surl er a pp o r tduMi n i s t r edel ’ Env i r onne me nte t ,a p r è sd é l i bé r a t i o n en Conseil des Ministres,
Sou baz rapò Minis Anviwònman epi, apre diskisyon nan Konsèy Minis,
Décrète
Dekrete
TITRE I DISPOSITIONS GENERALES
TIT I DISPOZISYON JENERAL
Chapitre 1: de l'objet et des définitions
Chapit 1: Sou tèm dokiman an ak definisyon
ARTICLE 1.Lepr é s e ntd é c r e td ’ a pp l i c a t i ondé f i n i tl as t r uc t ur ee tl e f onc t i on ne me nt du Cons e i l Na t i o na l pou rl ’ Amé nagement du Te r r i t o i r ee tl ’ Env i r onne me nt( CONATE)e nt a n tquel ’ und e spr i nc i p a uxmé c a ni s me sdé c i s i on ne l se nma t i è r ed eg e s t i ondel ’ e nv i r o n nement à l'échelle nationale. Il vise a assurer à tous les citoyens et citoyennes, et à toute institution ou représentation légitime d'un secteur social, l'opportunité d'une participation dans la définition et le suivi de l'application des stratégies et des mesures d'accompagnement aux dispositifs réglementaires portant sur: (i) l'organisation spatiale du territoire haïtien pour un développement équitable et durable ainsi que sur (ii) la réhabilitation, la protection et la valorisation durable des ressources naturelles et de l'environnement physique.
ATIK 1. Dekrè aplikasyon sila a tabli chapant ak règ fonksyònman Konsèy Nasyonal pou Amenajman Teritwa ak Ekoloji (KONATE) ki se youn nan prensipal zouti pou desizyon pran nan sa ki gen pou wè ak jesyon anviwònman nan nivo nasyonal. Li la pou garanti tout sitwayen (fanm kou gason), tout enstitisyon oswa reprezantasyon lejitim yon sektè sosyal, posibilite pou patisipe egal-ego nan definisyon ak swivi aplikasyon strateji ak mezi ki dwe akonpaye règleman ki gen pou wè ak: (i) òganizasyon espas teritwa peyi Ayiti pou yon devlopman ki bay tout moun menm kalite chans (ekite) epi ki veyatif parapò ak konsekans li pral genyen sou jenerasyon demen yo epitou (ii) reparasyon, pwoteksyon ak itilizasyon dirab resous natirèl ak anviwònman fizik peyi a
3
ARTICLE 2. Le CONATE est régi par les lois de la République, le p r é s e ntdé c r e td’ a ppl i c a t i on et ses règlements intérieurs. ARTICLE 3. Dans le présent décret d'application, on entend par:
Atik 2. Tout sa ki gen pou wè ak KONATE a dwe respekte lwa Repiblik la, dekrè aplikasyon sa a epi règleman entèn li yo
Association de consommateurs: un regroupement, légalement constitué, de citoyens qui utilisent ou subissent les retombées de l'utilisation d'un ou de plusieurs biens, produits, ou services et qui défend des intérêts collectifs dépassant le cadre corporatif.
Atik 3. Nan dekrè aplikasyon sa a, mo yo gen sans ki defini parapre la a: Asosiyasyon konsomatè: yon regwoupman sitwayen, ki konfòm ak lalwa, ki itilize oswa ap sibi konsekans itilizasyon youn oswa plizyè byen, pwodui oswa sèvis epi ki ap defann enterè kolektif ki depase kad yon metye oswa aktivite ekonomik patikilyè.
Consultation sociale: une démarche consistant à recueillir, de manière isolée ou groupée, les points de vue de représentants de différents secteurs sociaux sur une thématique sans que ces derniers aient nécessairement un droit de regard sur l'utilisation faite ultérieurement des données collectées.
Konsiltasyon sosyal: yon demach pou rasanble, sou baz kontak grenn pa grenn oswa otravè gwoup, opinion reprezantan diferan sektè sosyal sou yon tèm san sa pa garanti moun ki bay opinyon yo va gen posibilite siveye sa ki ap fèt parapre ak enfòmasyon yo bay yo.
Concertation: une démarche consistant à rechercher, par le dialogue direct, un terrain d'entente au niveau de la stratégie, entre des acteurs qui défendent des intérêts sociaux différents.
Konsètasyon: yon demach pou chache, otravè dyalòg dirèk, jwenn yon teren antant onivo strateji, ant aktè ki ap defann enterè sosyal diferan.
Conciliation: une méthode qui consiste à recourir aux offices d'un arbitre ou d'un corps arbitral tiers agréé par toutes les parties concernées pour aider à identifier une solution à une contradiction que l'on arrive pas à gérer par la concertation.
Konsilyasyon: yon metòd ki baze sou itilizasyon sou èd yon abit oswa yon ekip abit endepandan tout pati ki konsène yo aksepte pou ede jwenn yon solisyon pou yon kontradiksyon pati ki konsène yo pa rive jere otravè konsètasyon.
Directives: un ensemble cohérent de normes réunies dans un document thématique que des représentants autorisés des divers secteurs sociaux et politiques adoptent conjointement. Les directives émises par le CONATE visent à faciliter l'harmonie sociale et la durabilité des actions de développement et de lutte contre la pauvreté dans le pays.
Direktiv: yon ansanm lojik nòm ki reyini nan yon dokiman spesyal reprezantan otorize divès sektè sosyal ak politik adopte. KONATE adopte direktiv nan lide pou fasilite amoni sosyal ak konsolidasyon pou long tèm aksyon pou devlopman ak batay kont lamizè nan peyi a.
Organisation écologiste: une association, institution de droit privé, à but non lucratif qui satisfait aux conditions énoncées à l ' a r t i c l e26 du dé c r e ts url ag e s t i on d el ’ e nv i r onn e me nte tl a
Oganizasyon ekolojist: yon asosiyasyon, enstitisyon ki koresponn ak dwa prive, ki pa dèyè benefis ekonomik epi ki konfòm ak kondisyon ki ekri nan atik 26 dekrè sou jesyon anviwònman ak règ
4
régulation de la conduite des citoyens pour un développement durable.
pou konpòtman sitwayen yo pou yon devlopman ki veyatif parapò ak konsekans aksyonl pral genyen sou jenerasyon demen yo.
Participation interactive: L'opportunité offerte aux citoyens, aux citoyennes concernées et à leurs institutions de faire valoir leurs points de vue, aussi bien dans la phase de conception que dans celle de suivi-évaluation d'une initiative, d'un projet, d'un programme ou d'une politique.
Patisipasyon entèaktif: okazyon tout sitwayen, sitwayèn ak enstitisyon ki konsène pa yon dosye, jwenn pou fè tande dizon yo, ni nan moman planifikasyon, ni nan moman swivi ak evaliyasyon yon inisyativ, yon pwojè, yon pwogram oswa yon politik.
Chapitre 2: du statut et de la tutelle
Chapit 2: sou stati ak sipèvizyon legal
ARTICLE 4. Le CONATE a le statut de commission permanente: (i) de conciliation entre les différents secteurs sociaux et géographiques sur les problèmes de développement durable et (ii) de conseils non partisans auprès des ministres chargés de l'Aménagement du Territoire et de l'Environnement. A ce titre, il a un membership mixte intégrant à la fois les instances concernées de l'administration publique centrale, des collectivités territoriales et de la société civile. Sans préjudices pour le principe de la séparation des pouvoirs, les pouvoirs législatifs et judiciaires y ont aussi droit de participation avec un statut d'observateur.
ATIK 4. KONATE se yon komisyon pèmanan: (i) pou konsilyasyon ant diferan sektè sosyal ak jeografik sou pwoblèm pou rive nan yon devlopman ki veyatif parapò ak konsekans aksyonl pral genyen sou jenerasyon demen yo epi (ii) pou bay minis ki reskonsab amenajman teritwa ak ekoloji konsèy ki pa chita sou konsiderasyon patizan Sou baz sa a, manm li yo soti ni nan administrasyon piblik santral la, ni nan kolektivite teritoryal yo ni nan sosyete sivil la Nan respè pou prensip separasyon pouvwa yo, pouvwa lejislatif ak pouvwa jidisyè gen dwa patisipe tou atit obsèvatè.
ARTICLE 5. Le CONATE a son siège à Port-au-Prince. Il peut toutefois tenir des séances en n'importe quel autre point du territoire moyennant: 1. des mécanismes appropriés d'information préalable des parties concernées, 2. le respect des délais d'information et de réaction et, 3. l'organisation de la logistique appropriée.
ATIK 5. KONATE gen biwo prensipal li nan Pòtoprens. Men, li gen dwa pou reyini nan kenpòt lòt kote sou teritwa Repiblik la depi: 1. gen mwayen pou avèti davans tout aktè ki konsène yo, 2. delè rezonab pou moun yo jwenn enfòmasyon yo epi pou yo reyaji respekte 3. gen lojistik pou pèmèt sa fèt.
ARTICLE 6. La devise du CONATE se lit comme suit : "La liberté se fortifie au respect de l'environnement commun" ou "Libète fòtifye
ATIK 6. Letanp KONATE se desen yon lanbi (Strombus gigas) nan mitan zèb, alg epi ti pwason anba lanmè. Li make "Libète fòtifye nan
5
nan tete respè anviwònman ki pou nou tout la" .L’ e mbl è mee s t représenté par un lambi (Strombus gigas) entouré d'herbes marines, d'algues et de petits poissons.
Chapitre 3: du mandat du CONATE ARTICLE 7. Le CONATE est un mécanisme de participation interactive entre des instances d'exécution d'horizons divers. Il n'est pas un organe exécutif. Il a pour fonctions de: 1. promouvoir et faciliter que les intérêts sectoriels des différentes e nt i t é sd el ’ Administration Publique Centrale, des instances de gouvernance locale et de la société civile soient pris en compte d a nsl ep r oc e s s usn a t i ona ld’ a mé na g e me ntdut e r r i t o i r ee tl e sp r ocess usd’ é l a bor a t i ond eno r me spourl ’ e nv i r on ne me nt ; 2. promouvoir et faciliter que les préoccupations et le potentiel des différentes entités de l'Administration Publique Centrale, des instances de gouvernance locale et de la société civile soient pris en compte dans les négociations et accords internationaux touchant ou affectant l'environnement et le cadre de vie dans lesquelles Haïti est impliqué; 3. établir les responsabilités de chacune des entités de l ’ Admi ni s t r a t i on Pub l i q u e Ce ntrale et Territoriale dans les p r oc e s s u sd’ é l a bo r a t i ondes c hé ma sdi r e c t e ur sd’ a mé nagement du te r r i t o i r eoud ’ é l a bor a t i onden or me spo url ’ e nv i r on n e me nta i ns i q ue l e sd é l a i s de r e mi s e d’ e xt r a n t s pour l e si ns t i t u t i on s responsables; 4. valider les différents produits tout au long du processus d ’ a mé na g e me ntdut e r r i toire; 5. valider tout ajustement ou révision à introduire dans les programmes prioritaires pour l'environnement identifiés par la loi; 6. f a i r ede spr o pos i t i onsa umi ni s t è r ec h a r g édel ’ e nv i r on ne me nts ur
tete respè anviwònman ki pou nou tout la" oswa "La liberté se fortifie au respect de l'environnement commun".
Chapit 3: Sou manda KONATE ATIK 7. KONATE se yon mwayen pou fasilite kolaborasyon ant yon bann ak yon pakèt enstitisyon ki ap mennen, yo chak sou bò pa yo, aktivite ki diferan men ki gen konsekans youn sou lòt. KONATE pa yon enstitisyon ki la pou jere aktivite. KONATE gen pou wòl: 1. Fè pwomosyon ep fasilite pou enterè diferan biwo nan Administrasyon piblik santral, nan kolektivite teritoryal yo epi nan sosyete sivil la konsidere epi respekte nan pwosesis nasyonal amenajman teritwa epi pwosesis pou tabli nòm pou jere ekoloji peyi a; 2. Fè pwomosyon epi fasilite pou enkyetid epi kapasite diferan resous nan administrasyon piblik santral, nan kolektivite teritoryal ak nan osyete sivil la konsidere epi respekte nan negosiyasyon ak akò entènasyonal ki gen pou wè oswa enfliyanse ekoloji peyi Ayiti; 3. Tabli reskonsabilite chak biwo nan Administrasyon piblik santral ak kolektivite teritoryal yo nan pwosesis preparasyon dokiman sou amenajman teritwa epi delè pou enstitsyon ki reskonsab mennen travay sa yo, pwodui rapò yo; 4. bay dizonl diferan dokiman ki pwodui pandan tout pwosesis amenajman teritwa a; 5. bay dizonl tout ajisteman oswa chanjman ki pwopoze pou ta fèt nan list pwogram priyoritè pou ekoloji peyi Lalwa defini; 6. Fè pwopozisyon bay ministè ki anchaje kesyon anviwonman sou pwoblèm ki dwe trete ak fason pou prezante rapò Lalwa prevwa Leta dwe pibliye regilyèman sou eta ekoloji peyi a;
6
l as t r u c t u r ed e sRa p p or t ss url ’ Ét a tdel ’ Env i r o nn e me nte tl e s indicateurs à prendre en compte; 7. donner un avis public motivé sur les projets de directives et de n or me spourl ’ e xé cution de la politique environnementale qui lui sont soumis en ce sens par le gouvernement ou soumettre des propositions de ce type; 8. soumettre des propositions relatives à la coordination générale des p r og r a mme sd’ i nv e s t i s sements dans le domaine de la protection ou de la réhabilitation.
7. bay dizonl, yon manyè piblik, sou pwojè direktiv ak nòm ki gen pou wè ak ekzekisyon politik nan domèn anviwònman, gouvènman an mete devanl oswa soumèt pwopozisyon konsa bay gouvènman an; 8. soumèt pwopozisyon ki gen pou wè ak kòdinasyon jeneral pwogram envestisman nan domèn pwoteksyon oswa reparasyon anviwònman peyi a.
ARTICLE 8. Les résultats des travaux du CONATE peuvent être de différents ordres. Ils peuvent, entre autres, prendre la forme de (i) protocoles pour régir les responsabilités respectives de partenaires dans des programmes ou (iii) de directives pour informer les autorités étatiques en particulier en ce qui concerne la formulation de normes ou pour orienter des travaux ultérieurs. Les résultats de ces travaux sont d'ordre publique et doivent bénéficier d'une large diffusion à la diligence du gouvernement. Le cas échéant, en vertu de l'article 29 du décret du 12 octobre 2005 sur l'environnement, le gouvernement prendra les dispositions appropriées pour leur donner la force réglementaire qu'il convient.
ATIK 8. Rezilta travay KONATE yo kapab pran diferan fòm. KONATE kapab prepare (i) pwotokòl pou presize reskonsabilite diferan enstitisyon nan eksekisyon pwogram oswa (ii) direktiv pou enfòme, otorite Leta yo an patikilye, sou sa ki konsène nòm sou jesyon anviwònman oswa pou oryante travay ki gen pou vini yo. Rezilta tout travay KONATE se dosye piblik. Gouvènman an dwe veye pou yo benefisye bon jan difizyon nan piblik la. Chak kou sa nesesè, sou baz atik 29 nan dekrè 12 oktòb 2005 sou anviwònman an, gouvènman an va pran dispozisyon pou bay rezilta travay KONATE yo fòs lalwa ki nesesè.
Chapitre 4: des principes directeurs
Chapit 4: Sou prensip ki ap oryante KONATE
ARTICLE 9. Outre les principes généraux de base énoncés dans le décret du 12 octobre 2005 sur la gestion de l'environnement, le fonctionnement du CONATE doit aussi se conformer au Principe de l ap r omot i ond el ’ Et a tdeDr o i t ,a uPr i n c i p ed el ap r i ma ut édel aqu ê t e de bénéfices mutuels et au Principe de la transparence.
ATIK 9. Anplis prensip jeneral ki pibliye nan dekrè 12 oktòb 2005 la sou jesyon anviwònman, fason KONATE travay dwe respekte (i) Prensip pwomosyon Leta ki chita sou respè Lalwa, (i) Prensip rechèch solisyon ki pèmèt tout moun benefisye yon alemye epi (iii) Prensip transparans
ARTICLE 10. Selon le Principe de la p r omot i ond el ’ Et a tdeDr oi t , toute initiative et procédure du CONATE doit prendre en compte les lois du pays et les contraintes liées à la participation.
ATIK 10. Sou baz Prensip pwomosyon Leta ki chita sou respè Lalwa, tout inisyativ ak pwosedi KONATE dwe konfòm ak Lwa peyi a epi konsidere difikilte ki genyen nan jwenn patisipasyon moun diferan.
7
ARTICLE 11. Selon le Principe de la Primauté de la quête de bénéfices mutuels, Le CONATE priorise la concertation et de conciliation comme méthodes de travail tant que les enjeux révélés par les études d'impacts sur l'environnement sont respectés. De même, le CONATE privilégie l'intégration des politiques environnementales dans les politiques sectorielles plutôt que la création de structures additionnelles.
ATIK 11. Sou baz Prensip rechèch solisyon ki pèmèt tout moun benefisye yon alemye, KONATE sèvi ak konsètasyon epi konsilyasyon kòm metòd travay toutotan sa pa ale kont solisyon pou pwoblèm etid enpak sou anviwònman yo montre. Menm jan, KONATE toujou chache fè entegre politik ki gen pou wè ak anviwònman yo andedan politik sektè yo pito pase kreye strikti espesyal an diplis pou jere dosye yo.
ARTICLE 12. Sur la base du Principe de la transparence: 1. les réunions de travail du CONATE sont publiques. 2. Ils sont menés suivant un agenda annoncé d'avance et 3. toute proposition, directive ou conclusion émanant du CONATE doit être soutenu par un énoncé clair des critères pris en compte pour arriver aux conclusions énoncées et 4. ledit texte doit être aussi facilement accessible à tout citoyen ou institution.
ATIK 12. Sou baz Prensip transparans: 1. reyinyon KONATE yo pa gen dwa fèt san anons piblik, 2. reyinyon yo dwe fèt sou baz yon pwogram ki anonse davans, 3. tout pwopozisyon, direktiv oswa konklizyon KONATE pwodui dwe akonpanye ak eksplikasyon klè, sou papye, sou enfòmasyon ak konsiderasyon ki mennen nan rezilta sa yo epi 4. tout sitwayen ak enstitisyon dwe kapab konsilte dokiman sa yo.
Chapitre 5: du statut des participants
Chapit 5: Sou stati patisipan nan KONATE yo
ARTICLE 13. Les participants aux travaux du CONATE et à ses composantes le font au titre de l'un des trois statuts suivants: (i) membres avec droit de vote, (ii) observateurs ou (iii) conseillers.
ATIK 13. Moun kapab patisipe nan travay KONATE oswa komisyon li yo sou baz youn nan 3 tit sa yo: (i) manm ak dwa vòt, (ii) obsèvatè oswa (iii) konseye.
ARTICLE 14. Les membres avec droit de vote sont toujours et uniquement des personnes morales, de droit haïtien, choisies de manière démocratique et transparente pour défendre les points de vue de secteurs géographiques ou sociaux. Quand il s'agit d'instances de l'administration publique centrale, les membres avec droit de vote sont désignés par les ministres concernés. Quand il s'agit d'instances des collectivités territoriales, les membres avec droit de vote doivent disposer d'un mandat formel des assemblées territoriales concernées. Quand il s'agit d'instances de la société civile, les membres avec droit de vote doivent disposer d'un mandat formel d'institutions pairs
ATIK 14. Okenn endividi pa kapab patisipe nan KONATE kòm manm ak dwa vòt pou tèt pal. Manm ak dwa vòt andedan KONATE yo se toujou enstitisyon ki anba dwa peyi Ayiti, ki chwazi yon mannyè demokratik epi transparan pou defann lide kèk sektè jeografik oswa sosyal. Pou sa ki gade reprezantan biwo Administrasyon piblik santral, se minis yo ki bay moun manda pou jwe wòl sa a. Pou sa ki gade reprezantan enstitisyon ki gen pou wè ak kolektivite teritoryal yo, moun ki ap vini nan KONATE kòm manm ak dwa vòt dwe gen yon manda ekri asanble kolektivite teritoryal ki konsène a. Pou sa ki gade enstitisyon sosyete sivil la, manm ak dwa vòt yo dwe jwenn yon
8
établissant leur légitimité. Les membres avec droit de vote ont seuls (i) le droit de participation aux votes et (ii) le droit de représentation du CONATE par délégation. La participation aux travaux du CONATE est une obligation professionnelle pour les représentants de l'Administration Publique qui y sont délégués à titre de membres avec droit de vote. Elle se fait à titre gracieux pour les autres secteurs. L'Etat prend cependant en charge la logistique liée à la participation des membres avec droit de vote aux travaux du CONATE.
manda ekri siyen pa lòt enstitisyon nan menm sektè a pou tabli lejitimite yo. Se sel manm ak dwa vòt yo ki (i) gen dwa patisipe nan vòt yo epi (ii) gen dwa pou jwenn manda pou reprezante KONATE a. Patisipasyon nan travay KONATE se yon obligasyon ki fè pati devwa anplwaye Administrasyon piblik santral yo lè yon otorite yo bay yo manda pou travay kòm manm ak dwa vòt. Pa gen salè espesyal non plis pou moun nan lòt sektè yo ki patisipe nan KONATE kòm manm ak dwa vòt. Men, Leta pote chay lojistik ki nesesè pou pèmèt manm ak dwa vòt yo patisipe nan travay KONATE.
ARTICLE 15. Les observateurs sont des personnes morales, légalement établies ou des personnes physiques. Les observateurs ont le droit de participer à toutes les activités du CONATE et de ses composantes pourvu qu'ils aient satisfait aux trois conditions suivantes: (i) conformité de statut légal (dans le cas des personnes morales), (ii) avoir rempli, dans les délais prescrits, les formalités d'accréditation prévues, (iii) respect de quotas sectoriels et géographiques d'observateurs établis pour les travaux spécifiques concernés. A l'exception des représentations du pouvoir législatif et du pouvoir judiciaire, les coûts de la participation des observateurs ne sont pas inclus dans le budget pris en charge par l'Etat.
ATIK 15. Ni enstititisyon, ni sitwayen ki ap pale pou tèt yo kapab aji kòm obsèvatè nan KONATE. Obsèvatè yo gen dwa patisipe nan tout aktivite KONATE oswa komisyon li yo depi yo ranpli 3 kondisyon: (i) yo konfòm ak lawa (nan ka enstitisyon yo), (ii) yo ranpli, nan delè ki tabli yo, fòmalite pou jwenn akreditasyon yo epi (iii) patisipasyon yo respekte kwota obsèvatè ki tabli pou chak sektè oswa zòn jeografik pou travay patikilye KONATE ap mennen an. Eksepte pou reprezantan pouvwa lejislatif ak pouvwa jidisyè, Leta pa pote chay depans ki gen pou wè ak lojistik pou obsèvatè yo patisipe nan aktivite KONATE.
ARTICLE 16. Les conseillers sont des personnes morales légalement établies ou des personnes physiques dont le point de vue est reconnu important par l'assemblée, pour sa valeur scientifique ou son impact socio-politique. Les conseillers participent aux activités ou segments d'activités auxquels ils sont formellement invités par les instances concernées et autorisées du CONATE. Les implications de leur participation sont incluses dans le budget et la logistique de l'événement pris en charge par l'Etat.
ATIK 16. Konseye yo se enstitisyon oswa sitwayen ki ap pale pou tèt pa yo, KONATE envite pou vin ekspoze lide yo. Yo chwazi yo swa pou enpòtans yo sou plan lasyans oswa pou enfliyans sosyo-politik yo. Konseye yo patisipe nan aktivite oswa pati nan aktivite kote strikti ki gen manda pou sa andedan KONATE voye envitasyon kouche sou papye pou yo. Leta dwe prevwa nan bidjè ak lojistik travay KONATE yo depans ki gen pou wè ak patisipasyon konseye yo.
9
TITRE II COMPOSITION ET ORGANISATION
TIT II SOU KONPOZISYON AK ÒGANIZASYON KONATE
Chapitre 1: des composantes du CONATE
Chapit 1: Sou chapant KONATE
ARTICLE 17. Le CONATE comporte trois niveaux de concertation: 1. une assemblée générale qui intègre une représentation des autres instances citées ci-après; 2. un comité national de coordination pour chacun des programmes prioritaires pour l'environnement identifiés par la loi; 3. des commissions thématiques multisectorielles ad hoc ou permanentes.
ATIK 17. Andedan KONATE gen 3 nivo konsètasyon: 1. Yon asanble jeneral ki entegre delege tout lòt nivo andedan KONATE 2. Yon komite nasyonal kòdinasyon pou chak pwogram priyoritè pou anviwònman lalwa tabli 3. Plizyè komisyon miltisektoryèl spesyalize. Komisyon sila yo kapab la pou yon ti tan oswa yo kapab pèmanan.
ARTICLE 18. Sans empiéter sur les prérogatives des instances de gouvernance territoriale et en appui à celles-ci, en fonction de l'acuité des cas et des disponibilités budgétaires, des commissions thématiques multisectorielles intercommunales ou spécifiques à des municipalités peuvent aussi être accréditées par un ou plusieurs des comités nationaux de coordination de programmes prioritaires. Un protocole spécial définit, au cas par cas, les conditions et le type d'appui à fournir au fonctionnement de ces commissions.
ATIK 18. Nan respè tout dwa lalwa bay enstitisyon ki ap dirije kolektivite teritoryal yo epi, nan lespri pou kore sila yo, sou baz gravite ka yo epi bidjè ki disponib, kèk komisyon miltisektoryèl entèkominal oswa kèk komisyon miltisektoryèl andedan yon komin kapab jwenn akreditasyon bò kote youn oswa plizyè komite nasyonal kòdinasyon pou pwogram priyoritè pou anviwònman. Nan chak ka sa yo, yon pwotokòl ki espesyal pou ka a, va tabli kondisyon epi kalite bourad pou bay pou fonksyònman komisyon an.
ARTICLE 19. Les trois niveaux de concertation du CONATE sont hiérarchisés entre eux. Les directives et les positions adoptées au niveau de l'assemblée générale prévalent sur celles des deux autres niveaux. De même, les directives et les positions exprimées par les comités nationaux de coordination de programmes prioritaires pour l'environnement ont le pas sur celles des commissions thématiques multisectorielles
ATIK 19. 3 nivo konsètasyon ki andedan KONATE yo pa gen menm fòs. Direktiv ak pozisyon ki adopte nan asanble jeneral gen fòs sou sa ki adopte nan kenpòt nan 2 lòt nivo yo. Menm jan, direktiv ak pozisyon ki adopte onivo yon komite nasyonal kòdinasyon pwogram priyoritè pou anviwònman gen fòs sou sa kenpòt komisyon miltisektoryèl espesyalize prezante.
ARTICLE 20. LeMi ni s t è r ed el ’ Env i r onn e me ntf o ur ni tl es up por t technique nécessaire au différentes composantes du CONATE à travers (i) ses directions et services spécialisés, (ii) les Unités Techniques Environnementales Sectorielles (UTES) et (iii) les Commissions
ATIK 20. Ministè Anviwòman bay sipò teknik nesesè pou diferan strikti KONATE yo travay. Li fè sa otravè (i) direksyon ak sèvis spesyalize li yo, (ii) Biwo Teknik pou kesyon Anviwònman nan Sektè yo (UTES) epi (iii) Komisyon Teknik Entèministeryèl Wo Nivo pou
10
Techniques Inter–minist é r i e l l e sd eHa u tNi v e a us url ’ Env i r onn e me nt (COTIME) prévues par la loi. Il gère, en particulier, des bureaux de doléances à l'intention du CONATE.
Anviwònman (COTIME) lalwa prevwa. Li jere, an patikilye biwo doleyans KONATE a.
ARTICLE 21. Les relations des diverses composantes du CONATE a v e cl e sdi f f é r e n t e se n t i t é sme nt i onné e sàl ’ a r t i c l epr é c é de n ts ef o ntà travers les canaux réguliers du Minist è r edel ’ En v i ronnement ou la Commission Technique Inter-Ministérielle de Haut Niveau sur l'Aménagement du Territoire.
ATIK 21. Relasyon diferan strikti KONATE yo ak diferan biwo ki parèt nan atik anvan an fèt otravè kannal regilye Ministè Anviwònman oswa Komisyon Teknik Entèministeryèl Wo Nivo pou Amenajman Teritwa.
Chapitre 2: de l'assemblée générale du CONATE
Chapit 2: Sou Asanble jeneral KONATE
ARTICLE 22. L'assemblée générale du CONATE est composée, à titre de membres avec droit de vote, de: le ou les ministres chargé(es) de l'aménagement du territoire et de l'environnement à titre de président et, le cas échéant, de viceprésident un maximum de dix délégués par comité national de coordination de chacun des programmes prioritaires pour l'environnement établis par la loi tous autres membres du gouvernement invité(es) à titre de membre d'honneur
ATIK 22. Nan asanble jeneral KONATE, manm ak dwa vòt yo, se: Minis ki anchaje amenajman teritwa ak anviwònman. Yo la kòm prezidan ak kòm vis-prezidan Asanble a Yon maksimòm 10 delege pou chak komite nasyonal kòdinasyon pou chak pwogram priyoritè pou anviwònman lalwa tabli Tout lòt manm gouvènman an ki jwenn envitasyon kòm manm donè.
ARTICLE 23. Quand ce sont deux ministres différents qui sont chargés de l'aménagement du territoire et de l'environnement, ces deux personnalités assurent la présidence et la vice-présidence de l'assemblée générale du CONATE par rotation. Le(la) ministre chargé de l'aménagement du territoire assume la présidence du CONATE du 1e octobre au 31 mars et le(la) ministre chargé de l'environnement le fait du 1e avril au 30 septembre à moins de dérogation spéciale validée par la Commission Interministérielle sur l'Aménagement du Territoire et l'Environnement (CIMATE) dirigée par le Premier Ministre. Quand l'un(e) est président(e), l'autre est vice-président(e).
ATIK 23. Lè se 2 minis diferan ki anchaje amenajman teritwa ak anviwònman, 2 otorite sa yo jwe wòl prezidan ak vis-prezidan asanble jeneral KONATE pa rotasyon. Minis ki anchaje amenajman teritwa a se prezidan asanble jeneral KONATE soti 1e oktòb rive 31 mas pandan minis ki anchaje anviwònman jwe wòl sa a soti 1e avril rive 30 sektanm amwens ta va genyen yon eksepsyon ki jwenn akò fòmèl Komisyon Entèministeryèl sou Amenajman Teritwa ak Anviwònman (CIMATE) Premye Minis la ap dirije. Lè youn nan minis yo se prezidan asanble jeneral KONATE, otomatikman, lòt la se vis-prezidan.
11
ARTICLE 24. Le quorum pour la tenue d'une assemblée générale du CONATE dépend, à la fois, (i) de la présence de cinq membres avec droit de vote pour, au moins, les trois quarts des comités nationaux de coordination de programmes prioritaires pour l'environnement établis par la loi et (ii) du respect des quotas établis, au niveau des Règlements Internes, en matière de représentations géographiques et sociales au niveau des membres avec droit de vote.
ATIK 24. Pou gen kowòm pou pèmèt asanble jeneral KONATE deside, gen 2 règ ki pou respekte. (i) dwe gen 5 manm ak dwa vòt, pou pi piti, pou twaka nan komite nasyonal kòdinasyon pwogram priyoritè pou anviwònman lalwa tabli epi (ii) kwota ki tabli onivo règleman entèn asanble a pou sa ki gade balans nan kantite reprezantan zòn jeografik ak sektè sosyal nan pami manm ak dwa vòt yo, dwe respekte.
ARTICLE 25. Le Directeur Général du Ministère dont le Ministre assure la présidence du CONATE assure la fonction de secrétaire exécutif de l'assemblée générale de cette dernière. A ce titre, il siège, en permanence, aux activités de l'assemblée générale du CONATE avec un statut de conseiller.
ATIK 25. Direktè Jeneral Ministè kote Minis la prezidan asanble jeneral KONATE a jwe wòl sekretè egzekitif asanble jeneral sa yo. Sou baz sa, li patisipe, nan tout aktivite asanble jeneral KONATE ak stati Konseye.
ARTICLE 26. L'assemblée générale du CONATE ne se prononce que sur les dossiers inscrits à son ordre du jour et dûment publiés dans des délais permettant l'information du public sur la démarche.
ATIK 26. Asanble jeneral KONATE deside sou dosye ki ekri nan òddijou li epi ki te pibliye nan delè ki prevwa pou enfòme piblik la sou demach la.
ARTICLE 27. Les responsables de la logistique pour l'organisation des assemblées générales du CONATE prendront en charge jusqu'à six observateurs délégués du Pouvoir Judiciaire et trois autres pour chacune des branches du Pouvoir Législatif.
ATIK 27. Lojistik pou òganizasyon asanble jeneral KONATE dwe prevwa sipòte patisipasyon 6 obsèvatè pou pouvwa jidisyè ak 3 lòt pou chak branch nan pouvwa lejislatif la.
Chapitre 3: des comités nationaux de coordination des programmes prioritaires pour l'environnement
Chapit 3: Sou Komite Nasyonal Kòdinasyon pou Pwogram Priyoritè pou Anviwònman
ARTICLE 28. Les comités nationaux de coordination des programmes prioritaires pour l'environnement établis par la loi, intègrent, à titre de membres avec droit de vote: le ministre de l'environnement ou son délégué, à titre de président, à moins que la loi ne confie la présidence de ce comité à un autre ministre;
ATIK 28. Komite nasyonal kòdinasyon pou pwogram priyoritè pou anviwònman lalwa tabli yo, gen kòm manm ak dwa vòt: Minis anviwònman oswa delege li, kòm prezidan, amwens lalwa bay yon lòt minis wòl sa a; Yon maximòm 3 plas pou chak ministè ak òganism ki anba kontwòl li;
12
un maximum de trois places pour chacun des ministères et des organes sous leur tutelle; un maximum de cinq places pour chacune des collectivités départementales; un maximum de dix places pour les associations écologistes et les institutions à vocation de recherche et de production de donnés scientifiques non déléguées par des collectivités territoriales; un maximum de cinq places pour les associations de consommateurs non déléguées par des collectivités territoriales; un maximum de cinq places pour les associations d'intérêts économiques non déléguées par des collectivités territoriales.
Yon maksimòm 5 plas pou chak kolektivite depatmantal; Yon maksimòm 10 plas pou asosiyasyon ekolojis ak enstitisyon ki gen wòl fè rechèch oswa pwodui enfòmasyon syantifik ki pa fè pati delegasyon okenn kolektivite teritoryal; Yon maksimòm 5 plas pou asosiyasyon konsomatè yo ki pa fè pati delegasyon okenn kolektivite teritoryal; Yon maksimòm 5 plas pou asosiyasyon ki ap defann pozisyon kèk sektè ekonomik epi ki pa fè pati delegasyon okenn kolektivite teritoryal.
ARTICLE 29. Pour être valide, toute proposition, directive ou position d'un comité national de coordination de programme prioritaire pour l'environnement doit recevoir l'accord express d'au moins les deux tiers des commissions thématiques multisectorielles accréditées pour ledit programme prioritaire.
ATIK 29. Pou li kapab valab, tout pwopozisyon, direktiv oswa pozisyon yon komite nasyonal kòdinasyon pou yon pwogram priyoritè pou anviwònman dwe resevwa akò sou papye, 2/3 nan komisyon milti sektoryèl spesyalize li te akredite.
ARTICLE 30. Le secrétariat exécutif de chacun des comités de coordination des programmes prioritaires pour l'environnement est assuré par le titulaire de la direction générale d'une institution de l'Administration Publique Centrale choisi par le Conseil Interministériel sur l'Aménagement du Territoire et l'Environnement (CIMATE) et formalisé par arrêté présidentiel.
ATIK 30. Konsey Entèministeryèl sou Amenajman Teritwa ak Anviwònman (CIMATE) chwazi direksyon jeneral nan youn nan enstitisyon administrasyon piblik santral la pou jwe wòl sekretarya egzekitif pou chak komite nasyonal kòdinasyon pou pwogram priyoritè pou anviwònman yo.
ARTICLE 31. Les points focaux des conventions internationales relative à l'environnement, à l'aménagement du territoire ou, le cas échéant, à l'aménagement de bassins-versants transfrontaliers, participent d'emblée aux réunions des comités nationaux de coordination de programmes prioritaires pour l'environnement à titre de conseillers quand ils (elles) n'y sont pas impliqué(e)s à titre de membre avec droit de vote.
ATIK 31. Pwen fokal konvansyon entènasyonal sou anviwònman, pwen fokal pou amenajman teritwa ak pwen fokal pou amenajman basenvèsan onivo fwontyè a, patisipe otomatikman nan reyinyon komite nasyonal kòdinasyon pwogram priyoritè pou anviwònman kòm konseye lè yo pa deja gen wòl ladan yo kòm manm ki gen dwa vote.
ARTICLE 32. Chaque comité national de coordination d'un programme prioritaire pour l'environnement adopte ses propres règlements
ATIK 32. Chak komite nasyonal kòdinasyon pou yon pwogram priyoritè pou anviwònman adopte règleman entèn pal sou baz kalite
13
internes en fonction des spécificités des dossiers à traiter et du profil de ses participants.
dosye li gen pou trete epi pwofil patisipan li yo.
Chapitre 4: des commissions thématiques multisectorielles
Chapit 4: Sou komisyon miltisektoryèl spesyalize yo
ARTICLE 33. Les commissions thématiques multisectorielles sont des regroupements d'institutions permettant, sur des problématiques environnementales liées à un ou plusieurs des programmes nationaux prioritaires pour l'environnement, l'expression équilibrée et idoine des points de vue d'au moins trois parmi les six secteurs suivants: administration publique centrale, administrations de collectivités territoriales, secteur privé des affaires, syndicats, associations de consommateurs, associations écologistes.
ATIK 33. Komisyon miltisektoryèl spesyalize yo se regwoupman enstitisyon ki ap travay sou kèk pwoblèm spesyal ki gen pou wè ak anviwònman anba chapo youn oswa plizyè nan pwogram nasyonal priyoritè pou anviwònman. Pou li kapab aji kòm komisyon miltisektoryèl spesyalize pou anviwònman, yon gwoup dwe gen manm ak dwa pou vote ki soti pou pi piti nan 3 nan pami 6 sektè sa yo: administrasyon piblik santral, administrasyon kolektivite teritoryal, sektè dirijan biznis, sendika, asosiyasyon konsomatè, asosiyasyon ekolojis.
Le gouvernement central, en particulier les responsables de direction au niveau du Ministère chargé de l'Environnement et du Ministère chargé de l'Aménagement du Territoire ainsi que les points focaux des conventions internationales relatives à l'environnement auxquelles Haïti est partie ou envisage d'être partie ont l'obligation de fomenter la constitution de commissions thématiques multisectorielles représentatives dans le cadre de leurs attributions. L'initiative peut venir aussi de collectivités territoriales, du secteur privé des affaires ou de mouvements associatifs.
Gouvènman santral, an patikilye reskonsab direksyon nan ministè ki anchaje amenajman teritwa ak ministè ki anchaje anviwònman epi pwen fokal pou konvansyon entènasyonal sou jesyon anviwònman Ayit adere oswa gen lentansyon adere, gen obligasyon pou fomante fòmasyon komisyon miltisektoryèl spesyalize nan kad travay yo. Men, inisyativ la kapab soti tou bò kote kolektivite teritoryal, sektè dirijan biznis yo oswa asosiyasyon yo.
ARTICLE 34. Les commissions thématiques multisectorielles ne sont admissibles aux prérogatives prévues dans le présent décret d'application que quand elles ont reçu une accréditation d'au moins un des comités nationaux de coordination des programmes prioritaires pour l'environnement ou de l'Assemblée Générale du CONATE.
ATIK 34. Se sèlman apre yon gwoup jwenn akreditasyon bò kote , pou pi piti, youn nan komite nasyonal kòdinasyon pou pwogram priyoritè pou anviwònman oswa asanble jeneral KONATE, li va kapab benefisye konkou dekrè sa prevwa pou Komisyon miltisektoryèl spesyalize yo nan kad KONATE a.
ARTICLE 35. Chaque octroi ou retrait d'accréditation effectué par un comité national de coordination de programmes prioritaires pour l'environnement ou l'assemblée générale du CONATE est singulier.
ATIK 35. Chak akreditasyon yon komite nasyonal kòdinasyon pou yon pwogram priyoritè pou anviwònman oswa asanble jeneral KONATE bay oswa wete, endepandan parapò ak lòt ka.
14
ARTICLE 36. Les commissions thématiques multisectorielles ne peuvent que formuler des propositions en matière de normes quant les impacts de ces dernières affectent des secteurs non représentés dans leur structure. Ces dernières doivent être validées par au moins un des comités nationaux de coordination de programmes prioritaires pour l'environnement pour devenir des Directives du CONATE.
ATIK 36. Se pwopozisyon ase komisyon miltisektoryèl spesyalize yo gen pouvwa fè nan sa ki gade nòm lè sila yo gen enpak sou sektè ki pa reprezante andedan komisyon sila yo. Nòm sa yo dwe apwouve onivo youn nan nan komite nasyonal kòdinasyon pou pwogram priyoritè pou anviwònman pou pi piti pou yo kapab tounen direktiv KONATE.
ARTICLE 37. Chaque commission thématique multisectorielle adopte ses propres règlements internes en fonction des spécificités des dossiers à traiter et du profil de ses participants. Ces règlements et tout amendement qui y serait porté, doivent être soumis à la non-objection du ou des comités nationaux de coordination de programmes prioritaires pour l'environnement qui fournirent l'accréditation de la commission.
ATIK 37. Chak komisyon miltisektoryèl spesyalize adopte pwòp règleman entèn li sou baz dosye li ap trete epi pwofil manm li yo. Anvan yo aplike kit se nan premye fwa yo prepare kit se lè gen chanjman ladan yo, règleman sa yo dwe jwenn apwobasyon tout komite nasyonal kòdinasyon pou pwogram priyoritè pou anviwònman ki te bay akreditasyon pou komisyon.
Chapitre 5: des mesures de politique publique
Chapit 5: Kèk mezi politik piblik
ARTICLE 38. Le Ministère de l'Environnement rendra disponible, gratuitement, au grand public, par les voies appropriées, la liste actualisée (incluant des adresses de référence) des membres avec droit de vote des différentes commissions thématiques multisectorielles interdépartementales ainsi que des comités nationaux de coordination des programmes prioritaires pour l'environnement.
ATIK 38. Ministè anviwònman dwe pibliye epi distribye gratis bay tout moun ki mandel, list ajou (ak adrès pou kontak) manm ak dwa vòt nan tout komisyon miltisektoryèl spesyalize ak sa nan komite nasyonal kòdinasyon pou pwogram priyoritè pou anviwònman yo.
ARTICLE 39. Toute instance du CONATE peut, dans un domaine couvert par son mandat, adresser directement, à un organe de l'administration publique, des recommandations motivées pour l'adoption de mesures de politique appropriée.
ATIK 39. kenpòt strikti KONATE gen pouvwa, nan limit domèn li ap travay sou li a, ekri dirèk bay kenpòt òganis nan administrasyon piblik la, pou voye ba li konsèy sou mezi ki merite pran.
ARTICLE 40. L'organe compétent de l'Administration publique qui reçoit une requête du CONATE tel que mentionné à l'article précédent, fera une réponse écrite pour informer sur les suites données ou expliquer le bien-fondé de la position adoptée. Faute par
ATIK 40. Tout òganis nan administrasyon piblik la ki resevwa yon lèt soti nan KONATE jan sa di nan atik anvan an, dwe reponn sou papye pou bay enfòmasyon sou tretman li bay dosye a oswa eksplike pozisyon li. Si enstitisyon kite plis pase 3 mwa pase san li pa reponn
15
l'institution de faire droit à la requête du CONATE, dans un délai raisonnable (en aucun cas, ne dépassant pas trois mois) ce dernier pourra alors, avec dossier à l'appui, suggérer au parlement de convoquer le ministre concerné à telles fins que de droit si il s'agit d'une instance de l'Administration Publique Centrale. Il fera de même auprès de l'Assemblée de la collectivité territoriale concernée si il s'agit d'un conseil de gestion d'une collectivité territoriale.
aklè, KONATE kapab, sou baz dosye li prepare, ankouraje palman an konvoke minis ki konsène a pou bay eksplikasyon si òganis ki pa reponn la depann de administrasyon piblik santral la. Si òganis la depann de yon koletivite teritoryal, KONATE a va fè menm kalite demach sa a bò kote asanble kolektivite teritoryal la.
TITRE III: DES RESSOURCES FINANCIERES
TITRE III: SOU KESYON FINANSMAN
ARTICLE 41. Sous la coordination de la direction administrative du Ministère de l'Environnement, la logistique pour le fonctionnement du CONATE est fournie par: 1. des dons et contributions volontaires du secteur privé des affaires, de mouvements associatifs et de citoyens concernés du pays. Du fait que le CONATE a la reconnaissance d'utilité publique, les dons sont déductibles dans le calcul des impôts; 2. une allocation obligatoire qui ne doit jamais être inférieure à 5% du budget des projets d'activités habilitantes pour la mise en œuv r ede so bl i g a t i o nsd up a y sàt i t r edep a y se nv oi eded é v e l o ppement dans les conventions internationales; 3. une allocation obligatoire qui ne doit jamais être inférieure à 15% du budget des appuis financiers internationaux à l'élaboration de r a ppo r t ss u rl ami s ee nœuv r ede sc onv e nt i onsi n t e r n a tionales relatives à l'environnement; 4. une allocation au budget supporté par le Trésor Public pour le Ministère de l'Environnement 5. des appuis financiers mobilisés au niveau de la coopération internationale.
ATIK 41. Direksyon administrasyon nan Ministè Anviwònman anchaje òganize lojistik pou KONATE a kapab travay. Mwayen yo ap soti nan: 1. don ak kontribisyon volontè soti nan kèk biznis, kèk asosiyasyon oswa kèk sitwayen. Sou baz KONATE gen rekonesans itilite piblik, don yo konsidere lè pou kalkile kantite enpo pou biznis oswa sitwayen sa yo peye; 2. yon prelèvman ki pa janm dwe pi piti pase 5% nan bidjè pwojè ki la pou ede peyi soudevlope yo jwenn kapasite pou aplike obligasyon ki genyen nan konvansyon entènasyonal ki gen pou wè ak anviwònman; 3. yon prelèvman ki pa janm dwe pi piti pase 15% nan bidjè bourad laan peyi a jwenn pou prepare rapò sou sa li reyalize nan sans pou aplike konvansyon entènasyonal ki gen pou wè ak anviwònman yo; 4. yon provizyon regilyè andedan bidjè Ministè Anviwònman; 5. bourad lajan ki soti nan koperasyon entènasyonal.
ARTICLE 42. Le financement de la logistique pour le fonctionnement du CONATE est géré de manière déconcentrée par les
ATIK 42. Strikti KONATE yo jere finansman pou lojistik yo yon mannyè dekonsantre. Men, yo gen devwa pou prezante bay Ministè
16
différentes instances concernées. Cependant, elles sont toutes tenues de soumettre, dans un délai ne dépassant pas trois mois, au Ministère des Finances via le Ministère de l'Environnement, un rapport financier dans lequel sont clairement identifiés les sources et les utilisations des fonds chaque fois que de telles ressources sont utilisées.
Finans via Ministè Anviwònman, yon rapò finansye chak twa mwa pou pi long, chak kou yo itilize lajan Leta. Nan rapò sa yo, yo dwe idantifye aklè tout kote lajan yo soti epi nan ki fason yo depanse.
TITRE IV: DES DISPOSITIONS TRANSITOIRES ARTICLE 43. Dès la publication du présent décret d'application, le Premier Ministre formera, sur propositions de noms soumis par les Ministres chargés de l'Environnement et de l'Aménagement du Territoire, un comité ad hoc de sept membres pour formaliser la structuration du CONATE à partir des structures de concertation existantes en les ouvrant à d'autres acteurs au besoin. Le comité ad hoc comprendra quatre membres basés en dehors du département de l'Ouest.
TIT IV: SOU KONSEDERASYON TRANZITWA YO ATIK 43. Osito dekrè aplikasyon sa a pibliye, Premye Minis la va fòme, sou baz pwopozisyon non minis ki anchaje amenajman teritwa ak minis ki anchaje anviwònman va prezante, yon komite pwovizwa pou òganize chapant KONATE apati gwoup konsètasyon ki egziste deja yo epi ede yo louvri yo bay lòt sektè si sa nesesè. Komite sa a va gen 7 moun ladanl. Nan pami yo, va gen 4 moun, pou pi piti, ki baze andeyò depatman Lwès.
17