Liv Istwa Papiyon 2014 10 Istwa ki baze sou lafanmi kèk jèn ekriven nan Karayib la ekri
Yon pwojè 'Rotary E-Club' nan Karayib la, Distri 7020
.
MESAJ POU LEKTÈ YO Bonjou! Nou swete ou renmen liv istwa sa a jèn otè nan Karayib la ekri. Se kèk moun ki nan branch 'Rotary' yo rele 'Rotary E-Club' ki nan Karayib la, nan Distri 7020, ki reyalize liv sa a. Yo rele manm branch sa a Wotaryen. Wotaryen yo kwè nan kat (4) lide enpòtan. Nou dwe sonje yo youn aprè lòt. Men yo: LAVERTE: Ou dwe toujou di sa ki verite. LAJISTIS: Se pou ou montre ou jis lè ou ap jwe ak lè ou ap travay ak lòt moun. ZANMITAY: Lè ou vle ede yon kominote tankou nan reyini manje pou moun ki pa genyen oubyen ranmase fatra nan lakou lekòl ou, se pou ou mennen zanmi ou yo, menm si yo rete lwen. Sa kapab fè kè ou kontan anpil. EDE LÒT YO: Li bon pou ou ede moun ki bò kote ou yo ki pa gen menm chans avèk ou. Chèche konnen ki sa ou pou ede moun ki alantou lekòl la. Wotaryen yo reyini chak semèn pou jwenn plis enfòmasyon sou sa ki ap pase nan mond lan epi ki sa yo ka fè pou ede moun ki nan bezwen. Nou espere ou pral travay pou ede kominote ou la pou li vin pi byen epi ou pral fè tout sa ou kapab pou ede lekòl ou ak kote ou ap viv la pou li tounen yon pi bon espas pou moun viv ! Se zanmi ou yo nan 'Rotary E-CLUB' ki nan Karayib la, nan Distri 7020
Lis tit yo Liv sa a prezante nan twa (3) lang yo pale nan Karayib la
Tit
Otè
Istwa chen abandone a ak bon fanmi an Jordan Allwood
Paj
4
Èd manm fanmi an
Fritz Boynes III
6
Papa ak istwa lapèch pitit li a
Sole A. Chinnery
8
Disparisyon yon fanm
Noah Leese
10
Lafanmi Linse
Ashanti Lindsay
12
Lis tit yo Liv sa a prezante nan twa (3) lang yo pale nan Karayib la
Tit
Otè
Papa mwen
Jamar Jason McCoy
14
Fèm fanmi mwen an
Raheem McLean
15
Fanmi ki ap travay ansanm
Tiandrah Smith
16
Yon igwàn ki travay anpil
Mitchell Turnbull, Jr 18
Kay lanmou
Arria Walsh
Paj
20
Istwa chen abandone a ak bon fanmi an By Jordan Allwood, 11 an Kensington Primary School, Portmore St. Catherine, Jamaica (Jamayik) Se te lavèy nwèl, fanmi mwen t al achte kado ak sirèt. Lè nou te fin achte sa nou te bezwen, nou te monte machin nan pou nou t al lakay. Pandan nou te nan wout la, nou te pase bò kote yon bwat ki t ap bouje. Mwen te di byen fò : « Papi, kanpe Mwen wè yon bwat k ap bouje ». Lè papa m kanpe, mwen soti nan machin nan byen vit. Mwen t al ouvè bwat la pou wè sa ki te anndan li. De (2) je mwen byen kale, tou fenyan, li t ap gade mwen. Mwen pran sa k te nan bwat la. Li t ap jape byen fò. Li te manke tonbe nan men mwen. Mwen te pote li nan machin nan. Menm kote a, manmi mwen te di mwen : « Mete bagay sa a deyò nan machin nan ». Mwen te reponn li : « Tanpri, manmi, mwen ta renmen ba li yon bon kote pou li rete ». Manmi mwen te di mwen li dakò, men se sou kont mwen li ap ye. Mwen te di li mwen konnen sa. Lè nou rive lakay nou, mwen kouri nan sousòl la pou mwen te ka jwenn yon bon kote pou li dòmi. Mwen jwenn yon bon dra ki kenbe cho, yon gwo pànye ki sanble byen dous epi mwen te vlope nouvo envite mwen an. Mwen chofe yon ti lèt, bere de twa ti pen pou chen an manje. Li niche figi mwen e li tonbe kouri nan tout sousòl la. Mwen t ap gade li ki t ap fè sa li sanble pa te fè pandan lontan. Mwen pa regrèt mwen te fè papa mwen kanpe machin nan. Apre anpil semèn, ti chen an tounen yon gwo chen. Li pa te ka rete nan sousòl la ankò. Manman mwen ak papa mwen te di yo ap ede m konstwi yon nich pou li. Nou te travay san pran souf pandan chak ti tan lib. Wisti, chen mwen an, te kontan e li te renmen nouvo kay li a. Manman mwen ak Wisti te vin bon zanmi. Chak apremidi, manman m te konn ale pwonmennen ak Wisti nan vwazinaj la. Lè wikenn mwen ak zanmi mwen yo te konn al kouri ak Wisti bò plaj la. Sa te bèl anpil pou nou wè jan Wisti te grandi vit.
4
Yon apremidi, mwen rantre lakay san fè bri. Mwen kouri al nan nich la e mwen sezi wè pòt la ouvè. Mwen fache e mwen pran rele Wisti, men mwen pa jwenn okenn repons. Mwen chèche nan tout lakou a, m panse li te ka blese, men mwen pa te ka wè Wisti. Mwen pran kriye, mwen rele paran mwen nan telefòn e bon chans pou mwen se rantre yo t ap antre. Kon paran mwen vini, yo chèche konprann sitiyasyon an, yo kòmanse rele lòt fanmi e yo vini yon ti tan apre. Nou tonbe chèche Wisti nan tout direksyon. Mwen te pè anpil pou li. Mwen te rele plizyè fwa. Mwen te menm mande li pou reponn mwen, paran mwen te rete bò kote mwen. Yo t ap rele Wisti tou. Nou te kòmanse fatige epi grangou paske sa te dire anpil tan. Li te prèske minui, mwen t ap chèche pou kont mwen ak yon flach, m te yon ti jan lwen manman m ak papa m, lè m te tande yon ti japman tou piti ki te sanble yon jemisman soufrans. Mwen kouri ale bò kote mwen tande bri a e tank mwen t ap avanse se tank bri a t ap vin pi fò. Mwen te rekonèt vwa Wisti. Mwen te rele paran m epi kouri ale bò kote li. Li t ap jemi tèlman li t ap soufri. Mwen te eseye leve li men pye li te sanble kole nan yon pyèj, paran mwen ak manm lòt fanmi te la te vini retire pye Wisti nan pyèj la. Papa m te pote li epi vlope li ak yon dra nou te pote. Nou te trè kontan jwenn Wisti. Nou te mennen li lakay. Tout moun te kontan pou ede nou mete li alèz. Granpè mwen ak grann mwen ki te rete nan kay la te prepare te ak kafe pou nou. Tout ti moun t ap bwè chokola cho, gran moun yo t ap voye je sou Wisti. Nou te rele yon veterinè e li te bay Wisti medikaman pou soulaje l. Apre tout bagay sa yo, tout moun te bay akolad epi di youn lòt mèsi pou sipò yo. Wisti te refè kèk jou apre. Manmi mwen, papi mwen avèk mwen toujou ap veye sou li. Apre tou, se yon manm nan fanmi nou e manm fanmi yo dwe pran swen youn lòt.
5
Èd manm fanmi an Istwa ak desen Fritz Boynes III, 9 an Guy H. Benjamin, St John Virgin Islands (Sen Djonn, Zile Vyèj Ameriken)
Mwen ap viv ak manman mwen. Mwen gen yon tòti lakay la tou. Rès fanmi an p ap viv menm kote avèk nou, men nou toujou rete an kontak. Mwen toujou ede yo netwaye kay la. Kèk fwa, mwen oblije ranmase poupou tòti mwen an, men mwen toujou renmen li. Mwen renmen ede papa m keyi mango. Nou tout renmen mango. Se papa m ki monte pye mango a pou keyi yo. Yo gwo, yo dous, yo bon anpil! Lè yo jòn, yo mi, men lè yo vèt yo poko mi. Nou mete yo nan bwat e nou bay lòt moun ak grann mwen kèk ladan yo. Nou fè sa paske grann mwen twò gran moun pou li keyi mango pou kont li.
6
Fanmi mwen yo toujou defann tèt yo. Anyen pa ka rive yo. Mwen aprann taykwonndo pou mwen pwoteje fanmi mwen. Konsa, mwen ka defann tèt mwen. Se bèl bagay lè ou aprann fè taykwonndo. Sa enpòtan pou ede ou defann tèt ou ak fanmi ou. Papa m li menm gen yon bon chen nwa pou defann li. Papa m byen pran swen li. Se pou sa chen an defann li. Mwen renmen ede manman m netwaye kay la. Li toujou bon pou ou netwaye. Pou kòmanse, nou ranmase tout bagay atè yo yon mannyè pou pèsonn pa pèdi anyen. Apre, nou bale epi pase mòp. Fè atansyon lè ou fin pase mòp pou ou pa tonbe paske atè a glise. Mwen pwòpte douch mwen an, manman m pwòpte pa li a, konsa, yo pa gen move sant. Anfen, nou netwaye chanm nou yo, nou vle asire nou tout bagay anfòm pou si yon moun mande nou dòmi. Mwen renmen fanmi mwen, e fanmi m renmen mwen tou. Li enpòtan pou ou renmen fanmi ou. Mwen espere ou konprann sa m di ou la, paske lè ou gran ou ap bezwen yo ede ou tou.
7
Papa ak istwa lapèch pitit li a Sole A. Chinnery, 10 an All Saints Cathedral School, St. Thomas (Sentoma, Zile Vyèj ameriken)
Chak maten, Adan ak pitit gason li a, Liston, vwayaje soti nan vilaj yo a pou yo al nan vil la. Vilaj sa a te rele CAPS, paske nan tout vilaj Ladominik yo li te yon bijou. Adan ak ti gason li a toujou leve a senk è (5 è) chak maten. Adan toujou pase tan nan poze Liston kesyon oubyen devinèt. Ak yon ti souri nan vizaj li, Adan toujou di : « Pitit mwen, di mwen ki sa ki gen 4 wou ak zèl ! » Liston toujou souke tèt li, li fwote men li epi li bat je goch li plizyè fwa epi li di : « Mwen pa konnen, men mwen sèten ou pral di mwen sa li ye ! ». Se toujou konsa sa ye chak maten tankou yon obligasyon papa ak pitit. Adan t ap viv andeyò. Li te mezire sis pye. Li te peze 240 liv. Li te gen yon repitasyon nan kenbe pwason ak lage filè. Li te toujou parèt komik nan je sitwayen vilaj la pou blag avèk devinèt li yo. Liston te gen anpil fyète paske li se pitit yon moun nan vilaj CAPS la. Li te yon ti moun 13 lane, men li te sanble ak yon moun 31 lane. Liston te konn ede gran moun yo fè travay ak fè kèk komisyon yo pa te kapab fè.
8
Adan ak Liston leve yon jou jedi maten tou blèm. Yo tou de santi yo etranj anpil ak koutim yo genyen chak maten an. Jou maten sa a, Adan pa te chwazi bay ni devinèt ni poze kesyon. Yo ale nan vil la kote bato Adan an yo te rele « Spartan » te kochte a. Konsa, yo te rive sou bato a. Papa a ak pitit la te gen tan sou wout la pou lage filè yo. Pandan yo ap lage filè a nan lanmè a gen yon pwoblèm ki rive. Adan tande transmetè a k ap sonnen tankou yon son klòch rekreyasyon. Dirijan lokal yo mande pou tout bato lapèch tounen sou waf la san pèdi tan paske gen yon tanpèt ki rele « Sole » ki pral pase. Adan mande Liston met jile li epi ranje vwal la. Tout sa Adan fè pou li estat motè a li pa kapab. Li te enkyete anpil paske se te yon move tanpèt. Pi gwo pwoblèm li se paske Liston te la avèk li nan tanpèt la. Adan reziye li, li lage lank lan, yon fason pou li fè fas kare ak tanpèt la. Pandan lanm lanmè a ak gwo van t ap frape bato a, yo tou de t ap priye. Vizaj chèf waf la te vin pal pal lè li wè aprè senkèdtan bato « Spartan » ki gen ladan li papa ak pitit la pa retounen. Li monte sou radyo kote li kontakte tout moun vilaj la pou sansibilize yo sou sa ki ta ka rive papa ak pitit la nan bato a nan mitan tanpèt la. Sitwayen vilaj yo kòmanse enkyete pou yo. Yo fè mesaj la pase nan tout vilaj la, konsa yo kòmanse chèche. Moun vilaj la mete 12 nan pi bon bato yo genyen yo ak tout ekipaj sou dlo pou chèche papa a ak pitit la jiskaske yo jwenn bato a kochte nan lank lan. Liston ak Adan kite bato a gras ak lank lan. Ak kè kontan, papa ak pitit la brave tanpèt la ak sitwayen vilaj la yo. Yo tounen sou waf la al jwenn lòt sitwayen vilaj la pou salye yo. Ak yon ti souri Adan mande Liston : « Gason mwen, ki sa sa vle di fanmi ? » San grate tèt ni mòde po bouch ni bat je, li reponn : « vilaj mwen ak papa mwen, se sa m rele fanmi an » ! Se otè tèks la ki otè foto a tou
9
Disparisyon yon fanm Noah Leese, 8 an Cedar International School, Tortola, British Virgin Islands (Tòtola, Zile Vyèj Britanik) Gen yon fanm kit e pèdi. Yo te rele li Sherry. Li gen 53 an. Nou te wè kèk foto sou entènèt ki di gen yon dam ki disparèt nan lanmè, nan basen Jozye a. Moun yo t ap eseye tout sa yo kapab pou yo jwenn li. Mwen ak manman m te deside gade si nou te ka bay kout men pa nou. Nou pase kèk tan ap chèche. Nou te al nan otèl Sherry ak mari li a te ye a. Moun yo t ap pale de kote yo te chèche, yo t ap pale de Sherry. Nou te aprann yo te fèk rive, e yo te vin nan basen Jozye a pou manje manje midi. Sherry te al nan chanm nan. Yon ti tan apre, lè mari a wè li pa te retounen li ial chèche l. Li pa wè li. Li te kòmanse chèche nan alantou basen Jozye a ak bilding (gwo kay) yo, li pa te sispann mande tout moun li jwenn sou wout li si yo te wè Sherry, pèsonn pa di li wi. Li te vin boulvèse anpil paske Sherry te vin fè atak yon maladi yo rele alzaymè. Se yon maladi ki atake moun nan sèvo yo. Li te retounen nan otèl la, men Sherry pa te ko janm vini. Nuit la pase. Byen bonè nan demen maten, nou tounen monte gwoup pou fè rechèch nan zòn nan. Apre kèk èdtan, nou retounen nan otèl la pou nou wè si pa te gen lòt nouvèl. Lapolis te fè yon planifikasyon pou sa a. Nou te kwè nou te fin sove. Polisye yo te al chèche sipò moun yo de pòtanpòt. Moun yo te kòmanse vini pou yo ede nou. Yo tout se te gran moun, men sa pa te fè anyen paske se te bay èd la ki enpòtan. Epi polisye yo vin ban nou konsiy yo. Pa te gen anpil espas pou machin, konsa, nou te gen pou nou te monte nan bak yon kamyon ak lòt moun yo pou nou suiv polisye yo. Lè nou rive, nou te bliye basen Jozye a nèt, tout sa ki te devan nou se te yon ti rak ki chaje ak pyebwa. Yo te mete nou an gwoup. Men, gwoup pa nou an se te premye ki te deplase kite kamyon an pou al nan ti toupèt bwa a. Pou kòmanse, toupèt bwa a pa te danjere nou t ap mache ladan li pandan nou t ap rele Sherry. 10
Nou jwenn yon kay ki sanble poko fin bati. Atè a, mwen te wè kèk po sitwon ki fèk prije. Èske se la Sherry te ye? Mwen te fè tout moun wè, e nou te deside suiv tras sitwon jis rive nan ti rak bwa a. Finalman, nou te vin pa wè tras la ankò, e fènwa blayi sou ti rak bwa a. Plis pase inèdtan pase. Nou te genyen yon polisye ki t ap ba nou sekirite ak yon manchèt. Wout la te tèlman malouk, mwen tonbe. Mwen frape senti mwen nan yon wòch li te fè m mal anpil men mwen te vle kontinye. Nou te swaf, nou te cho e menm fatige. Yon ti moman apre, telefòn nou youn sonnen. Youn nan moun nan lòt gwoup te jwenn Sherry. Nou tout te kontan, men li te blese paske li te tonbe. Ta sanble de pye li te kase. Wout la te tèlman an pant li pa te fasil pou desann men nou te reziye nou monte kolin nan (ti tèt mòn nan). Mwen pa te janm fè yon bagay ki pi fatigan pase kay sa a anvan. Kèk fwa, nou te oblije mache sou kat (4) pat pou nou pa te rete nan wout. Te gen pay nan cheve nou, rad nou te chire, men nou te desann mòn nan. Mwen ak manman mwen jwenn yon woulib ki mete nou anba sou bòdmè a, bò kot basen Jozye a. Se la nou te rive konfime nouvèl la. Moun yo t ap bay akolad e yo t ap kriye lajwa. Enfimyè yo te monte al gade kote Sherry tonbe a. Finalman, nou aprann li te sot tonbe sou yon branka e se te yon moman inoubliyab pou nou te wè mari li a k ap kajole li. Nou tout nan otèl la t ap selebre lajwa nou pou esperyans enkwayab sa a. Yo fè nou konnen Sherry te nan otèl la. Nan demen, li pa te konn kote li te ye, men li te pran chimen plaj la pou li, epi li te ateri yon kote. Sherry te vin mouri yon jou apre yo te fin jwenn li. Mwen pa rive konprann ni ki jan, ni pou ki sa ? Sa te sanble si tèrib li pa te ka sipòte ankò. Mwen te santi mwen boulvèse. Se kounye a mwen konprann se pou Sherry te ka di mari li babay nou te rive jwenn li. Lè yon moun bezwen èd, yon gwoup moun te vin pot sipò yo yon mannyè pèsonn p ap janm bliye. Mwen ak manman mwen te fè yon bèl eksperyans nou pa ka janm bliye e sa te pèmèt nou fè kèk bon zanmi ki ap toujou rete nan vi nou. 11
Lafanmi Linse
12
Lafanmi Linse Ashanti Lindsay, 11 an Kensington Primary School, Portmore, St. Catherine, Jamaica (Jamayik) Paran m te aprann mwen « yon fanmi ki priye ansanm toujou ret ansanm ». Lafanmi Linse se sa yo fè menm. Lafanmi Linse gen sis moun : manmi mwen ak papi mwen, Chantèl ki pi gran nan fi yo, Maryo ki se premye nan gason yo, mwen menm Ashanti, epi Agwe ki pi piti. Nou se yon fanmi kretyen. Manmi ak papi toujou asire yo nou li Bib la, priye, e chak dimanch nou al legliz. Menm lè samdi maten, nou planifye pwòp reyinyon priyè nou. Sa montre konbyen nou kwè nan Bondye. Manmi te gen onz an depi li sekretè, e papi te sipèvizè nan yon boulanje. Men, sa pa te dire twòp : manmi ak papi te vin pèdi djòb yo. Jou t ap pase e souvan mwen te konn tande manmi ak papi k ap priye nan chanm yo a. Ak tout yo t ap priye, bagay yo pa te janm meyè pase sa. Nou te kòmanse bay ratman lekòl la, e gen kèk jou nou pa te ka jwenn manje. Sa pa te anpeche manmi ak papi priye e yo te ankouraje nou, kòm ti moun, fè menm jan an. Bondye fè se te yon peryòd ki pa t ap dire ! Pwoblèm yo te kontinye e sa te enkyete mwen anpil. Tou tris, tou deprime mwen te mande : « Papi, ki lè sa ap fini ? » Papi te reponn mwen : « Bondye ap pran ka nou, pitit mwen ». Yon ti tan apre, Bondye revele papi mwen yon bon lide. Papi mwen te kontan lè li t ap rakonte nou bèl nouvèl sa a. Bondye te di papi m : « Dèyè lakay ou a gen yon gwo lakou pou ki sa ou pa itilize l pou fè jaden ? » Nou tout te kontan anpil. Nou chak t ap bay opinyon pa nou sou sa nou ta ka plante. Semèn ki te vin aprè a, nou kòmanse. Nou plante yanm, banann, kann, aki, mango, ak yon pakèt lòt plant ankò. Nou t ap wouze papi m t ap simen. Travay ansanm nan jaden an te amizan. Nan de twa mwa nou te keyi premye rekòt nou. Manmi m ak papi mwen te kòmanse vann nan kominote a. E anvan de mwa pase, biznis lan te pran nèt. Nou te gen mwayen kounye a pou nou te bay fanmi nou manje epi ale lekòl. Nan jou wikenn yo, sof dimanch, Maryo, Chantèl ak mwen o wi menm Agwe ti frèm nan te patisipe nan travay la. Pandan nou tout t ap sonje jou ki pase yo, manmi mwen te di ak yon souri : « Nou ka fè tout bagay ak lanmou, ak sipò tout yon fanmi ».
13
Papa mwen Jamar Jason McCoy, 8 an West End Primary School, Cayman Brac, (Zile Kayiman) Mwen pa te janm konnen yon moun ki pi janti, pi karesan e pi sèvyab pase papa m. Nan kè sansib li, li te toujou lonje men bay moun ki nan bezwen. Li pa te konn ede fanmi ak zanmi sèlman, men etranje tou. Li te konn pran lajan nan pòch li pou ede lòt moun repare machin ak aparèy yo. Li te menm konn prete zanmi machin li, epi, li menm, li mache a pye. Papa m te toujou fè tout sa li kapab pou fè tout moun plezi. Papa m te toujou pote kichòy pou mwen avèk frè m nan ki rele Jayiwon. Li te konn achte fwi ak anpil lòt bagay pou nou. Nou te renmen al lakay li chak dimanch. Li te toujou renmen lè n ap vini. Li te toujou asire l nou gen ase manje lè nou vini, anvan nou ale, li toujou bo nou bò figi. Manje papa m te renmen prepare ak vyann tòti yo te konn tèlman bon yo fè bouch mwen fè dlo. Se sa mwen te konn manje chak dimanch. Li te renmen vire nan tout zile a pou peche tòti pou zanmi li yo. Anpil fwa, mwen ak papa m te konn chita ansanm pou nou manje prin, melon dlo ak anpil lòt fwi, men nou te konn mete ti sèl ladan yo. Mh! Se pa ti bon! Papa m te toujou kontan lè matant mwen yo ak kouzin mwen yo vin pase nwèl, fèt pak oubyen gran vakans avèk li. Se te yon plezi pou li te konn genyen nou tout ansanm. Gran moun yo te konn chita ansanm kote yo ap pale epi manje pandan mwen menm ak ti kouzen m yo ap fè lago nan lakou a. Se pa ti plezi! Se bèl bagay lè fanmi ap viv ansanm. Papa m pa te renmen fè foto, men kèk fwa nou te konn fè li fè kèk grenn. Li pa te renmen resevwa kado paske sa ki te pi enpòtan pou li se te ban nou tout bagay. Menm si li pa avèk mwen ankò, mwen ap toujou sonje sa li te aprann mwen: toujou sèvyab, janti ak lòt moun se sa mwen dwe fè. Fanmi sa a se pi gwo fanmi nan mond lan. Chak jou mwen di Bondye mèsi pou bon ti fanmi sa a.
14
Fèm fanmi
Fèm fanmi mwen an By Raheem Mclean, Age 8 West End Primary School, Cayman Brac, (Zile Kayiman) Mwen menm ak fanmi m gen yon fèm. Nan fèm nou an, nou gen bèt epi nou plante tout kalite danre tou. Nou youn ede lòt sekle pou plant yo ka grandi. Se manman m ki jere jaden an. Nou plante tomat, piman, kawòt, konkonm, melon ak anpil lòt bon bagay. Papa m tire bèf yo pou nou ka jwenn lèt fre pou nou bwè. Mwen pran swen kochon yo, sè mwen an, Sally, li menm rasanble ze poul yo epi li lave yo pou nou prepare ti goute lematen. Sa m pi renmen nan jaden nou an se lè mwen ak fanmi m ap rekòlte kawòt yo tou fre pou nou prepare manje midi. Manman m renmen sèvi kawòt la ak sizonnman oswa sòs li fè ak pwodui ki sot nan fèm nan, se sa mwen pi renmen. Nan fèm nou an, nou bay bèt yo manje bon manje ak bon dlo pou yo bwè. Nou ba yo manje fèy ki soti nan jaden nou an. Li fè yo gen bon sante epi fè kè yo kontan tou. Sa m te pi rayi fè, se te ede papa m netwaye pak kochon an. Li toujou chaje labou epi li gen move lodè. Men mwen fè li pou mwen ka fè papa m kontan. Lavi nan fèm se bagay ki difisil, men tèt ansanm fè li parèt fasil. Travay ansanm kòm fanmi se bagay m pi renmen paske li enpòtan anpil. Mwen toujou kontan pou m ede fanmi mwen. M konn menm pran plezi nan ede manman mwen lave veso. Lè konsa, nou lave yo youn apre lòt. Sally, sè mwen an, konn ede manman m pase mòp nan lakou a. Papa m pran swen tout gwo bagay nan fèm nan ak kay la. Pafwa nou bay vwazen yo ze ak danre ki soti nan fèm nan. Sa fè nou byen lè nou pataje ak lòt moun. Yo ede nou tou lè nou bezwen èd paske nou toujou janti ak yo. Lavi nan fèm konsène fanmi k ap travay ansanm kote youn ap ede lòt. Fen.
15
Fanmi ki ap travay ansanm Tiandrah Smith, 7 an Petersfield Primary School, Savanna-La-Mar, Jamaica (Jamayik) Jak se twazyèm pitit nan yon fanmi ki gen twa ti moun. Li gen uit an. Paran li posede yon fèm kote yo gade bèt epi plante, lè wikenn yo vann ze, lèt, banann ak zoranj nan kominote a. Lè wikenn, tout moun nan fanmi an travay ansanm pou netwaye ak rasanble machandiz yo pou yo ka prè pou lavant. Manmi Djeni, ki se manman Jak, yon jou mande li pou ale ak frè li Pòl epi sè li Elizabèt nan poulaye a bay poul yo manje epi ranmase ze pou yo al vann. Jak mande : « Pou ki sa mwen dwe ale ? Mwen tou fatige ! ». Manman li reponn : « Nou tout dwe travay ansanm konsa, travay la ap fèt pi vit ». Manman li ba li yon pànye pou li mete ze yo. Jak t ap mache byen dousman dèyè Pòl ak Elizabèt, li t ap balanse pànye a. Lè yo rive nan poulaye a, Jak bay sè li a pànye a epi li kouri sove ale nan jaden an. Li di li ale gade si kabrit yo gen ase dlo. Pòl ak Elizabèt ranmase ze yo, bay poul yo manje men Jak pa te ko janm vini, yo te soti gade si yo wè li men je yo pa te tonbe sou li. Elizabèt di Pòl : « An nou ale kite li paske si nou pa rive a lè pou nou manje, pou papa m ka gen tan al bay machandiz yo manman m ap fache ». Lè yo rive lakay yo, manman yo te mande yo « Kote Jak? » Pòl esplike sa ki pase a, manman li te fache anpil. Yo tout te chita manje, men Jak pa te ko janm vini. Pòl ak manman li ede papa li chaje bourik la. Elizabèt te netwaye tab la epi lave veso yo. Pandan yo t ap fè papa yo babay, manmi Djeni wè Jak ki t ap kouri vini, li rele li e li mande li : « Kote ou te ye ? Se pa kounye a Pòl ak Elizabèt vini yo manje, ede mwen netwaye tab la epi chaje bourik la pou papa nou al bay machandiz yo. Tout moun t ap travay ou menm ou t ap jwe nan jaden an ». Jak reponn : « Se pa fòt mwen, mwen pa te wè si li te ta ». Manman li di : « Kòm ou pa renmen ede moun, ou ap pase rato nan lakou a pou kont ou epi ou ap fè manje ou pou kont ou ».
16
Anpil tan pase, Jak pa te ko ka fini, li te fatige li te grangou. Alòs, li t al mande frè li ak sè li pou ede li. Li te mande yo padon paske li pa te ede yo. Pòl ak Elizabèt te deside ede Jak. Yo te fin pase rato nan lakou a nan kenz minit. Jak lave men li lè li fini. Kòm li te grangou anpil, li fè yon sandwitch byen vit. Aprè li fin netwaye tab la, li soti sou galri a al pale ak manman li, Pòl ak Elizabèt. Li te di yo : « Kounye a, mwen konprann enpòtans travay ansanm, travay la pi fasil, ou fini pi vit e sa bay plis plezi tou. Mèsi Pòl, mèsi Elizabèt paske nou ede mwen nan lakou a, konsa, travay la te pi fasil pou mwen. Manman li souri. Depi lè sa a, Jak toujou vle ede fè travay nan kay la.
17
Yon igwàn ki travay anpil Mitchell Turnbull Jr., 9 an Gladys A. Abraham Elementary School, St. Thomas (Sentoma, Zile Vyèj ameriken)
Vwala se te yon igwàn ki te brav, ki pa te pè kò li ditou. Yo te rele li Mitchèl. Li t ap viv sou zile nan Karayib la yo rele Sentoma ak fanmi li. Li te gen de (2) bon zanmi, Dezavyon, yon mangous ak Jadeja, yon zwazo fal jòn. Yo tout te nan senkyèm ane nan lekòl primè kay Gladys A. Abraham. Chak jou aprè lekòl, Mitchèl toujou fin fè devwa li anvan epi li ale Fòtina nan fèm li kote li ale plante. Li plante joumou, mango, pòm. Poutan Dezavyon mangous la ak Jadeja zwazo fal jòn nan ret nan jwe bezbòl. Chak jou aprè lekòl, Mitchèl di yo: « an nou al nan jaden m nan pou n al ede m plante ». Lè konsa, yo toujou di : « Aa monchè ! Valè bezbòl nou gen pou n jwe la a epi ou ap pale pawòl al plante ! » Mitchèl ale byen tris nan jaden li. Li travay di, li wouze, li sekle legim ak fwi li yo. Lè li fin travay di konsa nan jaden an, se lè sa a li resi fè ti kout jwe bezbòl ak zanmi li yo. Yon jou, gen yon gwo tanpèt ki rele Marilin t ap rive sou Sentoma, Mitchèl igwàn nan deside rasanble rekòt li epi prepare kay li li menm ak fanmi li. Li sere rekòt li nan galata li epi li byen sèke kay li. Li di vwazen li yo ak zanmi li yo: « Tanpèt pral rive, prepare nou ! » Yo ri li. Yo pase li nan betiz epi yo di li : « Se yon ti farinay wi ». Nan mitan nuit la, tanpèt la frape Sentoma, li detwi pi fò kay yo, li pote tout rezèv ak tout rekòt ale. Pa gen moun sou zile sa a ki te gen kouran. 18
Nan landemen maten, Mitchèl al wè kot zanmi li yo ye, lè li wè yo, yo tonbe rele l « nou regrèt nou pa te koute ou, nou pa gen ni manje ni kay ! » Mitchèl di yo : « Mwen genyen, mwen te gen tan sere pa m yo anvan tanpèt la, n ap jwenn ladan. Epi nou ka pase kèk jou lakay mwen tou, jiskaske fanmi nou rebati kay yo. Nou ap ede m plante plis bagay, konsa m ap ka ede fanmi nou rebati kay yo ». Aprè plizyè mwa, Mitchèl montre de pi bon zanmi li yo kòman pou yo plante pòm, mango ak joumou nan jaden li la. Li tou montre pitit Fòtina ak Bòdo yo kòman pou yo plante bagay sa yo. Nan tout sentoma yo te rekonèt Mitchèl, Dezavyon ak Jadeja kòm pi gwo kiltivatè. Yo te rive vann rès rekòt yo bay abitan ak makèt nan zòn nan. Yo te itilize kòb yo te fè a pou agrandi jaden yo a soti Fòtina rive jis Bòdo. Yo rebati kay yo epi yo ekonomize yon pati nan lajan an pou lekòl yo. Dezavyon ak Jadeja konprann lè yon moun travay di pou plante, sa pa itil moun sa a sèlman, men li itil tout kominote a. Otè a ki fè foto a. Ti koze otè a. èm Mwen rele Mitchell Turnbull Jr. mwen nan 5 ane nan kekòl Gladys A. Abraham. Mwen renmen li liv sou bèt ki an danje. Lè mwen gran, mwen ta renmen vin yon syantifik. Mwen vle kreye yon medikaman pou sida.
19
Kay lanmou Arria Walsh, 10 an Julius E. Sprauve School. St. John, US Virgin Islands (Sen Djonn, Zile Vyèj Ameriken) Antre a kote kay blan ki klotire ak pikèt la plen machin. Vwazen Aleksann te bay paking pa li a tou pou mete kèk machin. Te gen ti moun ki t ap jwe sou twotwa a, epi kèk lòt t ap salye youn lòt pandan yo te nan wout pou vin nan fèt la. Se te anivèsè maryaj mesye ak madam Jakòb. Madan Aleksann te ofri kay li a pou òganize fèt la. Pandan son mizik ak pale anpil yo ap monte, nou te tande yon bri ki te pi fò toujou. Se te yon gwo bri ki soti nan aparèy foto fanmi an ki te tonbe nan eskalye a. Mesye Jafès pa pran tan pou li mande : « Ki koze sa a ? » Sa te tèlman parèt dwòl pèsonn pa te pase la ankò. Madan Fondi, yon madanm ki toujou gen yon bann istwa lontan li ap rakonte, di byen fò, avèk yon vwa ki ka fè moun pè : « Ta sanble sa ki rive a pa senp di tou ! ». Fèt la kontinye apre bri a. Kay la sanble ak yon kafou kote ou jwenn moun plizyè peyi. Fanmi Aleksann yo soti Ayiti. Yo te kite peyi a nan lane 1920 yo e yo te kite fanmi dèyè. Kèk nan envite yo te kòmanse ale. Telefòn nan sonnen, mesye Aleksann dekwoche men li pa pran anpil tan pou li rakwoche. Pandan yon ti tan li pa santi li byen ditou. Souf li te sanble ap koupe, men li repran fòs li pou li di moun ki te la yo gen yon tranblemanntè ki frape Ayiti. Telefòn nan te fèmen e apre vin gen yon apèl enpòtan. « Bleng bleng! » Mesye Aleksann kouri pran telefòn nan. Yo anonse sounami sou peyi a. Tout kay la ret ap tann dènye nouvèl yo. Mesye Aleksann ouvri televizyon an sou nouvèl chèn CNN. Yo t ap bay yon emisyon an dirèk. Pou yon lòt fwa telefòn nan te fèmen e kounya, je tout moun te fikse sou tele a. 20
Mesye Aleksann ak madanm li te konnen retounen an Ayiti se yon bagay yo te dwe fè lontan sa. Yo pa ezite, fanmi yo te bezwen èd yo. Gen ijans! Yo te pran desizyon pou yo ale yon semèn apre. Yo te dwe sanble lajan pou pote èd bay fanmi yo. Yon fanmi mesye a ki ap viv Tekzas te deside fè sa. Fanmi an te divize akoz sitiyasyon peyi a ki te difisil. Aleksann te kontan anpil lè li tande fanmi li a ap fè sa. Vwayaj la te pran tan, e mesye a ak madanm li te toumante anpil lè yo wè fanmi yo. Yo di Bondye mèsi pou vwayaj la ki pase an byen, epitou pou fanmi yo li sove. Lè yo te rive nan peyi a, kè yo fè yo mal pou yo wè sa Ayiti tounen. Se te chans pa yo pou yo te la tou. Fanmi mesye a te vin resevwa yo. Pi fò sa yo te pote se te pou fanmi yo. Yo te pote rad ak soulye ki dirab, epi kè yo te ranpli ak lanmou, ak senpati pou fanmi ki te pèdi pwòch yo nan tranblemanntè a. Madan Aleksann te pèdi paran li ak sèl grenn sè li a nan tranblemanntè a, men pitit sè li a ki te gen katran (4 an) sove. Ti moun nan pa te ka pale angle, men madan Aleksann fè tout sa li konnen pou li ede li fè sa. Mesye Aleksann pote sipò li lè ti moun nan sonje manman li. Sa pa te fasil. Mesye Aleksann ak fanmi li retounen pou rekonstwi ansanm. Yo rann tèt yo kont li pa te twò bon pou fè rezistans devan anvi retounen an. Sa fè yo vin pi renmen youn lòt epi vin tounen yon modèl pou ti moun yo. Yo te deside repran kèk bagay nan kay la ki te ba yo pwoblèm pou viv ansanm, pou yo te kapab sove lanmou yo te genyen youn pou lòt. Sa ki te pi jèn yo pote brik ki pa te kase yo, e yo te itilize vye moso glas tou. Nan antre kay la ti moun yo plante flè. Mesye Aleksann ak madanm li ansanm avèk pitit yo fèk fè a va jwenn yon kote pou yo rete nan kay yo redi di pou bati a. Pandan yo ap bati kay pa yo, yo rete nan tant gouvènman an ba yo. Se pandan travay rekonstriksyon an fanmi mesye Aleksann yo te rive bliye tout sa ki te pase a. Yo konprann enpòtans tout moun genyen pandan yo t ap kriye ak madan Aleksann. Lè kay la fin fèt nèt, moun yo sezi. Nan antre a gen yon wòch ki ekri « kay lanmou », paske fanmi Aleksann nan pa te nan rayiman ankò, men, lanmou te blayi nan lavi yo. Jodi a, tout moun ki ap pase nan lari a fè yon ti kanpe gade. Pa te janm gen yon kay ki pi bèl pase kay sa a nan riyèl la.
21
KISA WOTARI YE? Genyen yon milyon ak 2 san mil Wotaryen nan Mond lan. Yo se oubyen vwazen, oubyen zanmi, oubyen Moun ki ap dirije kominote yo ki mete tête yo ansanm pou yo vini avèk lòt bagay ki enteresan, ki ka dire lontan epi ki ka chanje kominote nap viv la yo e nan le mond antye tou. Diferans ki genyen nan pwofesyon ke nou ap ekzese yo, nan kilti nou, epi nan peyi yo ban nou yon vision espesyal. Santiman ke nou pataje ansanm ede nou fè bagay ki pi remakab. KISA KI FÈ NOU DIFERAN? Fason nou wè bagay yo epi jan nou abòde yo ban nou kèk avantaj ki espesyal. Nou wè yon lòt jan: Vizyon nou nan anpil sektè ede nou wè defi yo nan kèk lòt fason. Nou panse yon lòt fason: Nou itilize kapasite nou ak fòs nou epi ak eksperyans nou pou nou konprann pwoblèm ke sosyete ya genyen epi ede yo jwenn kek solisyon ki koresponn. Nou aji kòm moun ki reskonsab: Pasyon nou ak pèseverans nou pèmet nou kreye bagay ki ede moun chanje la vi pou lontan. Nou fè diferans lan lakay nou ak nan le mond antye: Yo ka jwenn Manm nou yo toupatou, nan kominotew la epi nan tout mond lan. KOUMAN NOU TRAVAY? Enflyans nou kòmanse avèk Manm nou yo, Moun ki travay sans janm bouke avèk Cleb yo pou yo leve kèke defi ki pi difisil nan kominote nou yo. Efò Manm yo fè yo jwenn sipò bò kote Wotari Entènasyonal, Manm asosyasyon nou yo epi branch ki andedan Wotari ke nou rele Fondasyon Wotari ki transfòme sa nou bay kòm Kado ak sa lòt patnè yo nan mond lan bay sou fòm pwojè pou ede kominote yo. Wotari ap dirije pa yon seri de moun ki reskonsab kòm lidèki fè Òganizasyon nou an ale pi lwen nan Misyon li epi ki fè Manm yo ki ap dirije vin gen plis valè nan wòl ke yap jwe nan sosyete a. KOUMAN NOU FÈ RIVE ISIT LA? Depi pase plis ke 100 lane noua p eseye make presans noue pi noua p eseye mennen moun ki nan mond pi pre chak jou. Depi Wotari te keye nan lane 1905, nou te idantifye kèk nan pwoblèm ke moun ap rankontre nan mond lane pi nou ede anpil Òganisasyon Entènasyonal, ONU konsa, pou kòmanse bay sèvis nan pati nan mond lank e nou rele Mwoyen Oryan, Zòn Azi. Si ou vle konn plis sou Wotari ale sou Sit Web li ya ki se : www.rotary.org
22
Jèn otè sa yo ki ekri nan liv stwa sa a resevwa kèk liv kòm kado pou efò yo fè.
Nou enprime liv sa a nan lespri pou pèmèt ti moun nan tout teritwa nou yo gen chans li istwa sa yo.
Kado sa a ak enpresyon liv la te posib gras ak sipò : 'Rotary E-club' nan Karayib la nan Distri 7020 'Rotary E-club' nan Distri 9220 an ‘Rotary Club' ki Okay an Ayiti ‘Rotary Club' Grand Kayiman Yon pwofesè ak twa etidyan nan Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsite Leta Ayiti.
Se Drawing The Line ki prepare kouvèti liv la.