Sezon siklon 2011

Page 1

Sezon siklòn 2011 1 jen - 30 novanm

Èske ou pare?

Gid ou sou Preparasyon Siklòn


Tout Saji de Preparasyon

Viv nan bèl Sid Florid vle di tou viv ak menas siklòn. Malerezman, gen twòp moun ki pa pran preparasyon siklòn oserye jiskaske previzyon metewolojik prevwa yon tanpèt sou pwwen frape litoral nou yo. Pi bon fason pou pwoteje lavi ou ak pwopriyete ou se pou planifye alavans. Si w te janm viv yon eksperyans siklòn, ebyen ou konnen se yon bagray gravman serye. Siklòn ka pote vag tanpèt, gwo van, tònad ak inondasyon. Konte Miami-Dade pran angajman pou kowòdone enfòmasyon ak resous pou soutni bezwen preparasyon pou dezas, entèvansyon ak rekiperasyon kominote nou an, men nou pa ka fè sa pou kont nou. Preparasyon se responsablite tout moun. Pou sezon siklòn sa a, pa tann. Jwenn yon twous. Fè yon plan. Enfòme w. Epi kenbe Gid Preparasyon Siklòn sa a ansanm ak twous pou katastwòf ou an, konsa ou va pare si ak lè yon siklòn frape. Ak tout respè,

Joe A. Martínez

Prezidan Asanble Komisyonè Konte

Gid sa a te finanse an pati pa yon sibvansyon de Ajans Jesyon Dijans Federal.

02


Alèt ak Avètisman

Tèminoloji Ou Dwe Konnen Alèt Tanpèt Twopikal Kondisyon Tanpèt Twopikal ki posib, anjeneral nan 48 èdtan. Avètisman Tanpèt Twopikal Kondisyon Tanpèt Twopikal ki posib, anjeneral nan 36 èdtan. Alèt Siklòn Kondisyon siklòn ki posib, anjeneral nan 48 èdtan. Avètisman Siklòn kondisyon siklòn ki posib, anjeneral nan 36 èdtan. Lòd Evakyasyon Obligatwa Gen gwo menas pou lavi ak pwopriyete. Tout moun DWE deplase epi chèche refij nan yon zòn andedan, non-evakyasyon. Lòd Evakyasyon Volontè Posibilite menas nan lavi ak pwopriyete. Evakyasyon pa obligatwa, men avantaje, sitou pou touris yo, granmoun aje ak moun ki gen bezwen espesyal. * Lòd evakyasyon depann de trajektwa yon siklòn ak ond vag tanpèt la.

Gid ou sou Preparasyon Siklòn 03


Lis wol t n o K s Twou s Deza Dlo nan boutèy (omwen 1 galon pou chak moun pou dire 3-7 jou) Manje ki pap gate oswa manje nan bwat konsèv (omwen ase pou 3-7 jou) Ouvrebwat manyèl Twous premye swen / medikaman sou preskripsyon Radyo ak pil

Flach / pil

04


Pwovizyon ijans yo kritik anka yon dezas ta frape. Sèvi ak sijesyon ki anba yo pou tcheke atik ke w dwe gen sou men yo. Espas vid yo se pou ou ajoute atik ke ou vle ajoute sou lis la. Atik espesyal pou tibebe, granmoun aje oswa manm fanmi ki malad/enfim.

Atik pou swen bèt Dokiman enpòtan nan yon resipyan plastic ki pap mouye (asirans, dosye medikal, nimewo kont labank, kat sekirite sosyal, elatriye) Lajan Kach Plen tank machin ou / gaz pou dèlko kay Telefòn (Byen chaje selilè ou epi batri siplemantè ak telefòn ak kòd) _________________________________________________ _________________________________________________ _________________________________________________

Pou yon lis verifikasyon twous pou katastwòf konplè, ale nan www.miamidade.gov/oem oswa www.readysouthflorida.org.

Gid ou sou Preparasyon Siklòn

05


2 06 Think. Plan. Act.

Konnen Zòn Evakyasyon ou


Gid ou sou Preparasyon Siklòn Your Guide to Hurricane Readiness

3

07

Diskite Plan Ijans ou yo ak Fanmi ou Fanmi ou ka pa ansanm lè dezas frape, kidonk li enpòtan pou yo konnen kijan w ap kontakte youn lòt, kijan ou pral rankontre ansanm epi sa ou pral fè an ka yon ijans.

Ou pa konnen si w rete nan yon Zòn Evakyasyon? Ekri adrès ou nan http://tinyurl.comHurricaneSeason2011 pou ou konnen.

Ocean Cam Lè ou idantifye yon menas nan vag tanpèt, yo pral chak zòn ap evakye depann sou wout la yo swiv siklòn la ak projection yo bay la pou vag tanpèt la, kèlkeswa kategori nan siklòn.

Zòn C: Zòn Konte Miami-Dade ki wès Zòn B epi liy ki defini pa S.W. 152 St. nan Old Cutler Rd. direksyon wès jiska U.S. 1 epi sid jiska S.W. 184 St. epi wès jiska S.W. 127 Ave. epi sid jiska U.S. 1 epi de U.S. 1sis jiska S.W. 312 St. epi alwès jiska Everglades National Park.

Zòn B: Tout zòn yo ki fè pati Konte MiamiDade ki chita (de nò a sid) ès de Biscayne Blvd., Brickell Avenue, S. Miami Ave., South Bayshore Dr., Main Highway, Ingraham Highway, Old Cutler Rd., otowout Florida Turnpike sid jiska U.S. 1 rive State Road 9336 sid jiska Everglades National Park.

Zòn A: Miami Beach, Virginia Key, Key Biscayne ak tout zile ki chita nan Biscayne Bay enkli zile ki fè pati Vil Miami ak yon zòn ki rele “8½ Square Miles”.


Enfòmasyon sou Evakyasyon

Si yo bay lòd evakyasyon siklòn, yo ankouraje rezidan yo rete ak manm fanmi yo oswa zanmi yo andedan nan yon zòn ki pa mande evakyasyon. Sant Evakyasyon Siklòn yo ap louvri tou, men konsidere sant sa yo sèlman kòm yon dènye rekou. Anplis, Sit Ijans Otobis pou Pran Moun yo pral active pou bay transpò piblik ale ak retounen sòt nan Sant Evakyasyon Siklòn ki deziyen yo. Si ou bezwen evakye nan yon abri, li enpòtan pou pote: • Dlo potab • Manje pou pase nan bouch ou • Medikaman preskripsyon ak pou Ijans • Dra • Atik pou ijyèn pèsonèl • Atik pou swen tibebe ak pou timoun, tankou lèt, kouchèt, jwèt, elatriye • Vètman siplemantè • Lajan Kach (an ka ou paka gen aksè imedyatman apre siklòn lan) • Atik espesyal pou manm fanmi an ki granmoun oswa ki enfim • Materyèl konfò, tankou liv, magazin, elatriye Pou aprann plis sou lokal abri ki deziyen yo ak pwen ranmasaj otobis yo, ale nan http://www.miamidade.gov/oem/evacuation.asp.

08


Asistans pou Moun Andikape Tout Abri Evakiyasyon Dijans Konte Miami-Dade yo depase egzijan Lwa Ameriken Andikape (ADA) yo pou abri ijans, epi yo genyen pasaj antre, zòn sèvis/aktivite ak twalèt ki aksesib. Zannimo Sèvis yo otorize. Pou plis enfòmasyon sou Asistans pou Moun Andikape, ki enkli asistans pou transfè, refrijerasyon medikaman, kabann ranfòse pou bezwen espesyal, machin TTY/TDD, entèprèt lang siy ak kapasite pou rechaje batri chèz woulant, ale nan www.miamidade.gov/oem. Pou mande yon Gid Preparasyon Siklòn nan yon fòma altènatif, tankou Bray oswa enprime gwo, tanpri rele 311.

Gid ou sou Preparasyon Siklòn

09


Rejis Bezwen Espesyal ak Asistans Evakyasyon Ijans

Nenpòt moun ki pa kapab evakye ak/oswa ale nan abri poukont yo, akòz yon andikap ak/oswa yon kondisyon medikal ta dwe enskri pou bezwen Pwogram Bezwen Espesyal ak Evakyasyon Ijans. Moun ki nan Rejis Bezwen Espesyal la gen ak èd pou evakye nan Sant Bezwen Espesyal Lokal Administrasyon Medikal. Pwogram lan se espesyalman pou moun k ap viv poukont yo oswa avèk fanmi yo, pa pou moun ki abite nan mezon asistans medikal oswa fwaye gwoup. Aplikasyon yo disponib nan lang angle, panyòl ak kreyòl. Rele 311 oswa telechaje aplikasyon an nan www.miamidade.gov/oem.

10


Sekirite bèt

Nenpòt plan w fè pou tèt w, sonje enkli bèt lakay w yo tou. Si w pral nan abri pou tanpèt la kay yon fanmi, zanmi oswa vwazen, mennen bèt kay w yo avèk ou. Konte Miami-Dade genyen yon Sant Evakyasyon ki Asepete Bèt pou rezidan ki abite nan zòn evakyasyon yo, nan kay estrikti danjre oswa kay mobil. Pou enskri yon bèt, rele 311 oswa ale sou sit entènèt www. miamidade.gov/animals. Yon moun nan fanmi ou dwe rete ak bèt la.

Kidiplis: • Asire w tout vaksen yo ajou. • Asire w ke kolye chen an gen idantifikasyon (I.D.) ak lisans yo. • Fè yon medsen veterinè oswa Sèvis Zannimo mete mikwochip sou bèt ou an pou ede asire ke w rejwenn bèt ou an anka li ta pèdi. • Asire w ke ou plen tout preskripsyon bèt kay ou yo.

Gid ou sou Preparasyon Siklòn

11


Netwaye Anvan Tanpèt la

Lè w taye pye bwa yo ak touf yo kòrèkteman anvan yon siklòn apwoche, sa ka diminye debri ki ka vòltije pandan yon tanpèt. Lè w byen taye pyebwa yo sa tou ogmante chans pou yo rete kanpe djanm pandan yon tanpèt. Asire w ke w konsilte oswa anboche yon aborikiltè sètifye epi ki gen lisans anvan yo koupe okenn pyebwa. Pou plis enfòmasyon sou fason apwopriye pou koupe pyebwa pou sezon siklòn, ale nan www.miamidade.gov/derm/tree_pruning.asp oswa rele 3-1-1.

Kòrèk

Pa Kòrèk

Kliyan Sèvis Sanitasyon Miami-Dade yo kapab jete ti kantite fatra ak sèvis koleksyon fatra de fwa pa semenn lan. Si ou resevwa sèvis otomatik ki fonksyone, tout fatra yo dwe adapte a bin fatra EZ GO la epi kouvèti a dwe fèmen. Si ou resevwa sèvis koleksyon manyèl, w ka mete ti kantite fatra deyò nan sache, bwat fatra, oswa pakèt ansanm ak fatra lakay ou. Chak pake oswa atik pa dwe pliske 50 liv. Chak pa dwe mezire pliske 4 pye nan longè.

Si ou pa resevwa sèvis koleksyon fatra nan Konte Miami-Dade, tanpri kontakte vil ou a pou plis enfòmasyon sou sèvis koleksyon fatra.

12


Pa kòmanse okenn aktivite netwayaj ni pa mete okenn fatra sou twotwa a pandan yon Alèt oswa Avètisman Siklòn.

Rezidan ki resevwa sèvis koleksyon fatra nan Konte Miami-Dade ka jete branch bwa koupe ak lòt fatra kay nan youn nan 13 Sant Fatra ak Resiklaj Konte Miami-Dade yo:

North Dade 21500 NW 47 Avenue Norwood 19901 NW 7 Avenue Golden Glades 140 NW 160 Street Palm Springs North 7870 NW 178 Street West Little River 1830 NW 79 Street

Snapper Creek 2200 SW 117 Avenue Sunset Kendall 8000 SW 107 Avenue Richmond Heights 14050 Boggs Drive Chapman Field 13600 SW 60 Avenue Eureka Drive 9401 SW 184 Street

West Perrine 16651 SW 107 Avenue South Miami Heights 20800 SW 117 Court Moody Drive 12970 SW 268 Street

Planifye yon ranmasaj gwo pyès fatra lè w rele 3-1-1 oswa ale sou sit entènèt www.miamidade.gov/dswm.

Gid ou sou Preparasyon Siklòn

13


Lè yon Siklòn ap Pwoche

Twous dezas ak atik pou ka dijans ou yo dwe pare anvan sezon siklòn lan.Yon fwa yo anonse yon avètisman siklòn, preparasyon dwe konsantre sou ranfòse kay ou ak pwopriyete ou.

• Pwoteje zòn kote van ka antre yo. Sekirize fenèt ak pòt, de preferans avèk jalouzi tanpèt pou fenèt ke Konte a apwouve yo. Yon dezyèm chwa se playwoud fenèt ki 5/8 pous, koupe sou fòm ak dimansyon fenèt yo epi pare pou enstale. Tep pa anpeche fenèt yo kraze. • Rantre tout mèb lakou, bin fatra ak resiklaj ak lòt bagay ki pa mare epi ki ka vòltije. • Si w se pwopriyetè yon bato, itilize yon liy doub nan yon waf kabotaj oswa konsidere mete li nan kal sèch.

14


•P woteje aparèy elektwonik ou yo ak plòg pwoteksyon wot tansyon yo ak kouvèti plastik. • Vizite www.miamidade.gov oswa rele 3-1-1 pou nouvèl sou sèvis Konte a yo. Depandan kondisyon yo, kapab gen sèvis otobis, tren, koleksyon fatra ak resiklaj, menm jan tou operasyon ayewopò yo ak pò maritime lan, ka afekte.

Alèt Miami-Dade yo Ou pa bezwen se dènye moun ki konnen lè yon siklòn ap vini. Enskri ak Miami-Dade Alerts pou w resevwa alèt pa tèks elektwonik pou konsèy sou tan an ak evènman lòt ijans. Aprann plis nan http://www.miamidade.gov/oem.

Gid ou sou Preparasyon Siklòn

15


Pandan yon Siklòn

Si yon siklòn menase zòn ou an, ou dwe: • Swiv radyo oswa televizyon pou dènye nouvèl meteyolojik ak enstriksyon de ofisyèl sekirite piblik yo. • Rete anndan kay ou, de preferans nan yon pyès ki pa gen fenèt oswa ki pa gen anpil fenèt. • Pran twous materyèl ijans w ak founiti pou katastwòf w yo pote avèk ou si wap kite pyès la. • Si inondasyon menase lakay ou, desann tout swis yo ak brekè prensipal la. • Si ou nan blakawout, etenn tout gwo aparèy. • Itilize flach, pa itilize bouji oswa lanp kewozin, kòm limyè.

16


• Evite sèvi ak telefòn epi pa benyen pandan tanpèt la. • K onbat tantasyon pou soti al gade deyò pandan "je tanpèt la". Genyen sèlman yon peryòd kout ki rete kalm anvan fòs van siklòn lan retounen. • K enbe timoun yo enfòme sou sa kap pase yo epi swiv yo pou wè si gen siy estrès. • K enbe bèt yo nan kaj pòtab yo.

Fòmasyon Dezas nan Katye Konte Miami-Dade, an patenarya ak Lakwa Wouj Amerikèn, ofri estaj fòmasyon gratis nan ladrès debaz repons dezas. Aprann sekirite dife, rechèch ak sekou senp, òganizasyon ekip ak operasyon swen medikal pou dezas. Pou plis enfòmasyon sou pwogram Ekip Entèvansyon Ijans Kominotè (CERT), voye yon imel bay cert@miamidade.gov.

Gid ou sou Preparasyon Siklòn

17


Aprè yon Siklòn

Anpil aksidan ki gen rapò ak dezas rive aprè yon siklòn. Men kèk konsèy sou kouman pou pwoteje tèt ou ak fanmi ou: •Rete andedan jouk otorite lokal yo di pa gen danje ankò. Si ou dwe ale deyò, siveye si pa gen objè oswa fil kouran ki tonbe. • Kontinye swiv radyo oswa televizyon pou konsèy ak/oswa

enstriksyon nan men gouvènman lokal yo. Rele 3-1-1 oswa ale sou www.miamidade.gov/dswm pou enfòmasyon sou sèvis koleksyon fatra ak debri siklòn.

•I Enspekte kay ou pou domaj, asire w ke ou kapab rete ladan san danje. Tcheke fwit gaz, si sa aplikab.

• Rete lwen zòn ki afekte yo; pa ale flannen. • Obeyi tout lòd kouvrefe ak ijans ke yo bay. • P a

sèvi ak chabon, recho kanping gaz pwopàn oubyen jeneratè andedan lakay ou. Pou plis konsèy sou sekirite dèlko, ale nan www.miamidade.gov/oem/generator.asp

18


• Pa kondwi oswa mache nan ma dlo. Li ka pi fon ke ou reyalize epi li gendwa gen danje ladan li.

• Rete lwen fil elektrik ki tonbe epi rapòte yo nan FPL. •M ete pil debri yo deyò nan lari, lwen baryè, bwatalèt, drenaj,

kab kouran ak fil pandye byen ba yo. PA mete debri sou teren vid yo oswa devan pwopriyete komèsyal yo, pepinyè, oswa teren agrikòl yo.

• P ran pasyans epi fè anpil atansyon. Netwayaj apre yon siklòn kapab pran tan.

• P ou jwenn ranplasman pou bin fatra pèdi oswa kraze yo rele 3-1-1 pou rapòte sa.

• Jete tout manje nan frijidè ke ou sispèk ka gate. • K ontakte

ajan asirans ou. Pran foto domaj yo. Kenbe dosye reparasyon ak depans netwayaj yo.

Gid ou sou Preparasyon Siklòn

19


Lis Atik Ijans pou Timoun Pase Siklòn Preparasyon pou siklòn pa oblije yon kòve. Fè li yon eksperyans aprantisaj pou tout fanmi an. Li lè pou ale fè chòpin pou founiti dezas. Sonje ou ka pa gen kouran pandan plizyè jou, kidonk pa achte anyen ki bezwen frijidè.

Fè yon wondèl otou Atik w deja mete nan panye w

Manje nan bwat konsèv

Manba

Pen

Krè Glase

Pòm Konfiti

Manje bèt

Vyann Fre

Boutèy Dlo Pitza nan Frizè Fig

Ton nan Mamit

Repons: Boutèy dlo, fwi fre oswa nan mamit, manje nan bwat konsèv, manje bèt kay, pen, manba ak konfiti.

Pou jwenn plis jwèt entèaktif pou timoun, ale nan www.fema.gov/kids.

2 Think. Plan. Act. 22


Nimewo Telefòn & Adrès Entènèt 9-1-1 Ijans 3-1-1 Enfòmasyon sou Gouvènma Apèl gratis andeyò Konte Miami-Dade 1-888-311-DADE (3233) TTY/TDD 305-468-5402 2-1-1 Sèvis Sosyal pou Fanmi TTY: 305-644-9449 Florida Power and Light (FPL) 1-800-4-OUTAGE (800-468-8243) 7-1-1 gen pwoblèm pou tande Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) 1-800-621-FEMA (3362) TDD: 800-462-7585 www.fema.gov

Fanmi ak Zanmi

__________________________ __________________________ __________________________ __________________________ __________________________ __________________________ __________________________

Department Jesyon Ijans Miami-Dade www.miamidade.gov/oem AT&T 1-888-757-6500 TDD: 305-780-2273 6-1-1 (reparasyon) Lakwa Wouj Ameriken 305-644-9449 www.miamiredcross.org

Your Gid ou Guide sou to Preparasyon HurricaneSiklòn Readiness

23 3


Pou plis enfòmasyon sou preparasyon pou siklòn nan zòn ou an, rele biwo lokal komisyon ou. Distrik 4 Sally A. Heyman

Distrik 8 Lynda Bell

Biwo Distrik 1100 NE 163rd Street Suite 303 N. Miami Beach, FL 33162 305-787-5999 district4@miamidade.gov

Biwo Distrik 14707 South Dixie Highway Suite 204 Miami, FL 33176 305-378-6677 district8@miamidade.gov

Distrik 1 Barbara J. Jordan

Distrik 5 Bruno A. Barreiro

Distrik 9 Dennis C. Moss

Biwo Distrik 2780 NW 167 Street Miami Gardens, FL 33054 305-474-3011 district1@miamidade.gov

Biwo Prensipal 1454 SW First Street Suite 130 Miami, FL 33135 305-643-8525

Biwo Distrik Nò 10710 SW 211 Street Suite 206 Miami, FL 33189 305-234-4938

Distrik 2 Jean Monestime

Biwo Distrik 1700 Convention Center Dr. 1st Floor Miami Beach, FL 33139 (305) 673-7743 district5@miamidade.gov

Biwo Distrik Sid 1634 NW 6th Avenue Florida City, FL 33034 305-245-4420 District9@miamidade.gov

Distrik 6 Rebeca Sosa

Distrik 10 Javier D. Souto

Biwo Distrik 1000 SW 57th Avenue Suite 201 Miami, FL 33144 305-267-6377 district6@miamidade.gov

Biwo Distrik 9766 Coral Way Suite One Miami, FL 33165 305-222-2116 district10@miamidade.gov

Distrik 11 Joe A. Martinez Prezidan Biwo Distrik 1401 SW 107th Avenue Suite 301M Miami, FL 33174 305-552-1155 district11@miamidade.gov

Biwo Distrik 900 NE 125th Street Suite 200 Miami, FL 33161 305-694-2779 district2@miamidade.gov

Distrik 3 Audrey M. Edmonson Vis Prezidan Biwo Distrik Caleb Center 5400 NW 22nd Avenue Suite 701 Miami, FL 33142 305-636-2331 district3@miamidade.gov

District 7 Xavier L. Suarez Stephen P. Clark Center 111 NW 1st Street Suite 320 Miami, Florida 33128 305-375-5680

Distrik 12 José “Pepe” Díaz Biwo Distrik 8345 NW 12th Street Miami, FL 33126 305-599-1200 district12@miamidade.gov District 13 Esteban Bovo Stephen P. Clark Center 111 NW 1st Street Suite 320 Miami, Florida 33128 305-375-4831

24


Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.