Mwen se Fanm Epi Mwen chwazi yon metye ki pa tradisyonèl pou fi
Mwen se Fanm Epi Mwen chwazi yon metye ki pa tradisyonèl pou fi
Unité Centrale d’Exécution du Ministère des Travaux Publics Transport et Communication Pacot, 1ère ruelle Wilson # 23
La composante Égalité Hommes-Femmes est une composante des projets Réhabilitation des Infrastructures Routières (1922/GR-HA) et Réhabilitation des Infrastructures Economiques de Base (2384/GR-HA). Elle bénéficie du soutien de la Banque Interaméricaine de Développement et du Gouvernement du Canada.
15
Vokabilè
Sa ki nan liv la Pou kiyès ti liv sa a fèt ? Epi pou ki sa ?
Pou kiyès ti liv sa a fèt ? Epi pou ki sa ?
p.1
Fanm yo nan metye tradisyonèl pou gason
Ki sa yo rele yon metye ki pa tradisyonèl ? Èske gen metye ki fèt pou yon sèks byen detèmine ? Biyoloji, konpòtman ak edikasyon moun resevwa Ki kote divizyon travay pou fanm ak gason an soti ? Èske toujou genyen metye ki pa tradisyonèl pou fi ? Pou ki sa jis jounen jodi a n ap di yon seri metye plis sanble fi oubyen gason ? Èske fanm yo gen ase fòs pou yo fè yon metye gason konn fè ? Èske yon metye gason konn fè mande fanm yo pou yo genyen kapasite espesyal ? Èske fanm k ap fè travay gason konn fè pèdi feminite li ? Pou yon fi vanse, èske li dwe pi bon pase yon gason ? Yon tifi, yon fanm k ap fè metye gasyon abitye fè dwe byen prepare tèt li pou li reyisi Ki pi gwo difikilte fanm yo jwenn lè y ap fè yon metye gason plis abitye fè ? Èske n pa ka evite agasman seksyèl ?
p.2 p.2 p.2 p.3 p.3
Egalite ant fanm ak gason Egalite pwofesyonèl Egalite nan salè Ekite Parite Gwoup pwofesyonèl miks Divèsite Fò n pa konfonn miksite ak…parite, divèsite, egalite Diferans ak inegalite Seksis Agasman seksyèl
p.11 p.12 p.12 p.12 p.13 p.14 p.14 p.14 p.15 p.15 p.15
Vokabilè
Fanm yo nan metye tradisyonèl pou gason
p.3 p.5 p.6 p.6 p.6 p.6 p.8 p.9
1
Pou kiyès ti liv sa a fèt ? Epi pou ki sa ?
T
i liv sa a fèt espesyalman pou fanm k ap egzèse metye ki tradisyonèl pou gason, sa vle di kalite metye sa yo gen yon kantite gason ki depase swasant sis pousan (66%). Ti liv sa a vle ede fanm yo jwenn bon repons nan sitiyasyon y ap viv epi nan sitiyasyon yo ka gen pou yo viv. Nan ede yo defèt reyalite ki devan yo a, y ap kapab pran responsablite yo parapò ak yon seri sitiyasyon epi kreye kondisyon pou yo reyisi nan metye yo chwazi a. Ti liv sa a pa ka bay tout enfòmasyon nèt men li se yon èdmemwa epi li se yon kanmarad k ap akonpaye yo nan premye pa y ap gen pou fè yo. Liv sa a va ranpli misyon li chak fwa lektè li yo va deside pouse eksperyans lan pi lwen toujou.
1
Pou kiyès ti liv sa a fèt ? Epi pou ki sa ?
Fanm yo nan metye tradisyonèl pou gason Ki sa yo rele yon metye ki pa tradisyonèl ? Depi yon metye genyen yon kantite fi ki egal oswa ki pa depase trant twa pou san trant twa (33,33%), sa vle di sou chak san (100) moun ou pap jwenn plis pase trant kat (34) fi, yo ka konsidere li kòm yon metye tradisyonèl pougason. Menm jan an tou depi yon metye genyen yon kantite gason ki egal oswa ki pi piti pase trant twa pou san trant twa (33,33%), yokonsidere li kòm yon metye tradisyonèl pou fanm. Genyen metye ki pa tradisyonèl nan tout sektè aktivite : konstriksyon,sèvis, domèn atistik ak lwazi, biznis ak administrasyon, eksetera. Paegzanp, nan sektè sante a, fanm yo plis okipe pòs enfimyè ak oksilyè pandan pa gen anpil direktris lopital nan pami yo.
Èske gen metye ki fèt pou yon sèks byen detèmine ? Menmsi okenn metye pa t fèt espesyalman pou yon sèks, men chwa pwofesyonèl yo fè konsiderasyon sa a, se sa ki fè yo divize yo dapre domèn ki pou fi oubyen domèn ki pou gason. Sa lakòz metye yo vin tounen metye fi oswa metye gason.
Biyoloji, konpòtman ak edikasyon moun resevwa Sèks se bagay ki gen pou wè ak diferans natirèl ant fanm ak gason. Rapò sosyal fanm ak gason sa konsènen wòl, konpòtman ak konpetans sosyete a vle fanm ak gason genyen nan yon sosyete. Se rezilta edikasyon ak aprantisaj moun fè anndan yon sosyete. Imaj moun genyen nan tèt yo sou metye yo vini apati lide yo fè pase sou metye yo, sou kantite travay ak kalite kapasite yo mande. Fanm yo nan metye tradisyonèl pou gason
2
Estereyotip sou sèks ak rapò sosyal fanm ak gason se yon seri lide toufèt sou wòl fanm ak gason ak sou kapasite yo di fi oswa gason genyen, men tout lide sa yo, se anndan lafanmi yo soti. Tout seri lide sa yo ki sanble senp, yo kapab kache anpil reyalite.
Ki kote divizyon travay pou fanm ak gason an soti ? Travay ak responsablite yo ki divize dapre sèks, se rezilta imaj moun pwojte sou metye yo ak lide toufèt moun genyen nan tèt yo sou koze sèks ak rapò sosyal ant fanm ak gason. Se konsa, yo deside pou fanm ak gason genyen yon seri kapasite yo kwè ki ‘’natirèl‘’ lakay yo chak. Pa egzanp, otorite ak lafòs pou gason, anpil atansyon ak atirans se pou fi, travay gason se travay ki di, travay fanm se travay ki fasil.
Èske toujou genyen metye ki pa tradisyonèl pou fi ? Malgre gen kèk pwogrè enpòtan ki fèt pou fanm nan divès kategori anplwa, gen kèk metye ki toujou tradisyonèl tankou responsab biznis konstriksyon, bòs mason, ebenis, bòs fèfòje, chofè gwo kamyon pwalou, mekanisyen, eksetera. Gen kèk metye ki toujou genyen anpil fi. Se metye tankou sekretarya, ansèyman nan nivo jaden danfan, sèvis nan otèl, kouti, sèvis sosyal ak kominotè.
Pou ki sa jis jounen jodi a n ap di yon seri metye plis sanble fi oubyen gason ? Se paske nou toujou esklav imaj ki nan sèvo nou yo e k ap gouvènen jan n ap viv ak eksperyans lavi nou : eksperyans nou viv, bagay nou aprann, kwayans nou… Pa egzanp, annou imajine yon doktè chirijyen k ap prepare li pou l al fè operasyon pwòp pitit gason li ki fè yon gwo aksidan machin. Tousuit, 3
Fanm yo nan metye tradisyonèl pou gason
li aprann papa pitit la tou blese byen grav nan aksidan an epi lavi li an danje. Chirijyen sa a pran yon gwo chòk e li pa ka fè operasyon pitit la. Pifò nan nou gentan panse pitit la se yon kout pitit. Men non, chirijyen an se manman pitit la. Men pa gen anpil nan nou ki te panse rapidman se manman an ki doktè a, se paske nou gen tandans panse yon chirijyen se yon gason. Wi, gen mwens fi ki manevre yon ‘’wench’’ pase gason. Èske se yon metye ki rezève pou gason ? Nan peyi d Ayiti, genyen plis enfimyè pase enfimye. Èske se yon metye ki rezève pou fi ? Pou yon moun reponn « Non » san di petèt, fòk li te deja poze tèt li anpil kesyon sou estereyotip ki te toujou prezante li bagay sa yo kòm ‘’laverite ‘’ e fòk li gentan depase mòd bagay sa yo.
Fanm yo nan metye tradisyonèl pou gason
4
Èske fanm yo gen ase fòs pou yo fè yon metye gason konn fè ? Fò nou sonje, yo di metye tradisyonèl fi yo fè pa mande anpil fòs. Èske yon kòf zouti pi lou pase yon panyen machannsara ap transpòte pandan l ap mache nan distans apreprè dis (10) kilomèt ? Se pa tout metye ki pa tradisyonèl ki mande pou moun deplwaye yon gwo fòs, pa egzanp, domèn enfòmatik pa fè moun menm egzijans ak konstriksyon. Diferans nan fòs kouraj se bagay ki varye ni kay fi ni kay gason. Kantite antrènman yon moun fè se youn nan bagay ki eksplike varyasyon sa yo. An jeneral, fòs gason pi gwo pase fòs fi. Men fi gen plis andirans pase gason. Menmsi fanm yo deplwaye mwens fòs pase gason men yo devlope yon fason pou yo travay ki diferan de fason gason yo travay, e ki pi kadre ak kapasite yo epi ak prensip sekirite. Kòm rezilta, sa diminye aksidan ki ta ka rive yo nan kesyon travay.
5
Fanm yo nan metye tradisyonèl pou gason
Èske yon metye gason konn fè mande fanm yo pou yo genyen kapasite espesyal ? «Nenpòt moun ka fè nenpòt ki bagay, depi li kapab e depi li anvi fè li ». Se yon prensip ki tabli anndan konstitisyon nou an ak kòd travay 1961 an. Apati prensip sa a, tout patwon genyen pou li senpman evalye kapasite ak motivasyon yon moun genyen dapre pòs la epi dapre milye a. Kanta pou jèn yo, yo dwe santi yo lib pou yo chwazi metye yo vle.
Èske fanm k ap fè travay gason konn fè pèdi feminite li ? Fi k ap travay nan sektè ki pa tradisyonèl yo pa gen mwens feminite pase sila yo k ap travay nan sektè tradisyonèl pou fi. Kèlkeswa sektè aktivite yo, medam yo rete sa yo ye a, chak fi avèk pwòp fason pa li pou li eksprime feminite li.
Pou yon fi vanse, èske li dwe pi bon pase yon gason ? Tout moun dwe fè prèv yo, e sa pa vle di yon moun pi bon ni yo gen plis kapasite nan tout sa l ap antreprann. Fòk yon moun aprann rekonèt limit li, pandan l ap pwouve konpetans li ak kapasite li. Anpil fwa, tifi ak fanm yo tabli yon nivo pèfòmans ki wo anpil jis pou yo demontre konpetans yo epi pou yo elimine tout dout konsènan randman yo nan travay yo.
Yon tifi, yon fanm k ap fè metye gasyon abitye fè dwe byen prepare tèt li pou li reyisi Ou koumanse yon fòmasyon oubyen yon eksperyans travay nan yon milye ki pa gen anpil fi. Nan milye sa a, se lide ak konpòtman gason k ap dominen fason moun yo kominike. Nan kote sa a, yo toujou ap pale sou fi. Ou ka menm santi ou vin tounen yon sant d enterè. Sa ka mande pou ou adopte kèk estrateji ki kadre ak milye a.
Fanm yo nan metye tradisyonèl pou gason
6
Tabli rapò egalego ak kanmarad travay nou. Rete oumenm! Sa pa nesesè pou ou imite konpòtman lòt moun nan milye a pou ou mete w alèz nan gwoup la. Pa janm mete nan tèt ou se lè ou imite konpòtman kanmarad gason yo, se lè sa y ap plis konsidere ou. Okontrè sa jis montre jan ou se moun ki pa gen pwoblèm ak lide toufèt yo. Konsa, ou p ap rive defèt lide sa yo, ni depase yo. Li pi bon pou ou mete rad ki kadre ak milye travay la, kite tout rad oswa tout lòd detay ki p ap bon pou sekirite w. Fè atansyon sitou ak mo oswa non ki genyen plizyè sans. 7
Fanm yo nan metye tradisyonèl pou gason
Evite tout konpòtman ki ta ka sanble ak dispozisyon moun k ap sedui moun. San yon kominikasyon sensè, nou p ap kab tabli yon bon anbyans travay. Nan moman dekourajman, dout ak ensekirite, apiye w sou kèk zanmi ak/oubyen moun ou fè konfyans e ki kab ede w jwenn solisyon ki kadre ak sitiyasyon an. Se kab yon sipèvizè (fanm oswa gason), yon gid, li kapab se patnè w, gid pedagojik yo, li kapab yon sendika oubyen yon asosyasyon. Frennen ensekirite oubyen mefyans kòlèg ki pa gen menm sèks avè w yo kab genyen. Apiye w plis sou moun ki pi abòdab yo e ki ka konprann ou. Li kab difisil si w eseye gen menm nivo relasyon ak tout kòlèg travay ou. Pito youn chache rekonèt lòt, youn ede lòt, evite chache privilèj. Pi bon mwayen pou w rive bay pi bon randman se aprann konnen limit fòs travay ou epi respekte limit sa a.
Pi bon mwayen pou w evite aksidan epi pou w pwoteje materyèl yo, se itilize ekipman yo byen epi respekte prensip sekirite yo.
Ki pi gwo difikilte fanm yo jwenn lè y ap fè yon metye gason plis abitye fè ? Pi gwo difikilte yo se fè kòlèg yo aksepte reyalite a, sa vle di jwenn lejitimite pou egzèse tèl oubyen tèl metye. Se pou sa, fò yo pwouve yo “bon menm jan ak gason yo”, e anpil fwa menm “yo pi bon pase gason yo”. Nan moman sa a, fòk nou veye pou n pa bay tèt nou twòp presyon. Yon fwa nou franchi etap sa a, entegrasyon an ap gen plis chans pou l reyisi : diferans ant fanm ak gason an ki te bay jennman nan kòmansman an vin pote fyète pou gwoup la.
Fanm yo nan metye tradisyonèl pou gason
8
Èske n pa ka evite agasman seksyèl ?
Nan anviwònman travay la, gen plis posiblite pou fanm yo fè fas kare ak sitiyasyon difisil ki chita sou sèks yo nan relasyon ak rapò yo ak patwon yo oubyen kòlèg yo. Olye yo konsidere agasman seksyèl la kòm yon move pratik pou yo konbat, yo pito pa ba l enpòtans epi yo aksepte l kòm yon reyalite nòmal. Malgre sa oubyen akoz sa, pi move bagay ki kab rive w se lè w panse w p ap kab fè anyen kont sa epi ou deside rete an silans. Se de bagay ki bay agasè a fòs, se lè li konnen p ap gen okenn pinisyon pou li epi twòp moun fè tèt yo kwè agasman seksyèl la se yon fatalite, kidonk nou p ap ka fè anyen kont li. Si w ap sibi agasman seksyèl Fòk ou trase limit ou pou w kab fè respekte yo. Fè santiman w konfyans : se ou sèl ki kab jije limit ou bay tèt ou, si w santi w malalèz lè yo vyole limit sa yo, se yon siyal enpòtan e fò w pran sa oserye. Fò w di klè ou pa dakò : fè moun nan konprann tout konpòtman ou santi ki fè vyolans sou ou oubyen ki deranje w, e fòk li sispann mòd konpòtman sa yo. Gen yon teknik an twa etap ki bon anpil, se : Premye etap Eksplike byen klè ki kalite konpòtman ou pa aksepte (yon jès, yon pawòl...). Egzanp: « ou pase men nan cheve m ». 9
Fanm yo nan metye tradisyonèl pou gason
Dezyèm etap Di ki santiman konpòtman sa a pwovoke nan ou : « sa mete m malalèz » ; « m pa renmen sa ». Twazyèm etap Fè yon demand klè: « retire men w »; « sispann manyen m ». Ou kab sèvi ak teknik sa a pou plizyè sitiyasyon : «W ap plede fè kòmantè sou kò m, sou fizik mwen, m pa renmen sa. Sispann. » Mete prensip yo klè: fè moun nan sonje kondisyon ki gen nan yon relasyon pwofesyonèl. Egzanp : « M p ap melanje relasyon prive ak relasyon pwofesyonèl ». An jeneral, li toujou bon pou w adopte tout mezi ki pèmèt ou santi w an sekirite. Pa rete sibi sitiyasyon an pou kont ou. Chèche solidarite lòt moun ki bò kote w : pale sa ak lòt kòlèg ou fè konfyans. Mande yo pou yo ede w defann tèt ou. Si w se temwen oubyen ou konn yon ka Solidarite w enpòtan. Si agasman an fèt devan w, ou kapab entèvni pou fè l sispann. Teknik nou prezante pi wo a mache byen tou nan ka sa a. Epi potekole ak viktim nan lè l ap defann tèt li. Ofri li èd ou, diskite avè l sou sa nou kab fè pou sitiyasyon an sispann. Respekte konfidans moun nan fè w.
Fanm yo nan metye tradisyonèl pou gason
10
Vokabilè
Egalite ant fanm ak gason
Egalite a se yon dwa fondamantal moun, kèlkilanswa sèks biyolojik oubyen sosyal li e kèlkilanswa diferans ki genyen ant moun yo. Lè Leta yo te adopte Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo an 1948, yo te pran angajman pou yo te garanti egalite sa a. Nan atik 1 an, Deklarasyon an di tout moun fèt lib, tout moun egalego nan diyite yo ak nan dwa yo, nan atik 2 a, li di : chak moun kapab reklame tout dwa ak tout libète ki pwoklame nan Deklarasyon sa a, san okenn distenkyon, ni ras, ni koulè po, ni sèks, ni lang, ni relijyon, ni opinyon politik oubyen nenpòt lòt opinyon, ni orijin nasyonal oubyen orijin sosyal, ni fòtin, ni kote moun nan fèt oubyen nenpòt lòt sitiyasyon. Si egalite a egziste kòm prensip fòmèl, men nan reyalite a, se pa fasil pou moun rive jwi dwa sa a. Egalite fòmèl, sa lalwa rekonèt la, li sou papye e li pa mennen moun otomatikman nan egalite nan reyalite lavi a. Pou rive nan egalite a, sa mande pou yo mete bon jan politik anplas anfavè « egalite chans » ant fanm ak gason. Pou nou klè, sa vle di fòk yo kreye kondisyon pou fanm ak gason gen menm chans, menm dwa, menm posiblite pou yo chwazi, menm kondisyon materyèl, tankou menm posiblite pou yo jwenn swen lasante, pataj resous ekonomik yo, menm patisipasyon nan egzèse pouvwa politik, eksetera, pandan y ap respekte bezwen espesyal chak gwoup moun. Olye nou pale de « chans » nou ta dwe plis pale de egalite nan «posiblite / opòtinite ». Sa vin montre nesesite pou n tanmen demach pou ekite.1 1
11
Vokabilè
Definisyon pi ba nan ti liv sa a
Egalite pwofesyonèl
Egalite nan salè
Ekite
Se egalite dwa ak egalite chans ant fanm ak gason, espesyalman nan sa ki konsène posiblite pou yo jwenn travay, kondisyon travay, fòmasyon, kalifikasyon, misyon nan lòt zòn, pwomosyon, salè ak aranjman ki dwe fèt ant travay ak vi prive. Fòk kondisyon yo menm pou gason ak fanm sou chak grenn pwen sa yo.
Toudabò se reyalize prensip ki di : « pou menm travay, tout moun gen menm salè ». Men pi lwen toujou pase prensip sa a ki touche pwoblèm diskriminasyon yo, se yon demach ki dwe mennen nou nan egalite pwofesyonèl n ap chèche a.
Demach pou ekite a la pou li korije inegalite ki egziste yo pou n rive nan egalite chans (oubyen opòtinite) pou fanm ak gason, pandan y ap konsidere bezwen ak enterè espesyal yo chak. Pou rezon istorik, sosyal oubyen biyolojik, bezwen ak enterè sa yo kapab manifeste sou diferan fòm. Egzanp : mezi pwovizwa ki vize redistribye pouvwa a yon mannyè ki pi ekitab jiskaske nou rive nan egalite a se “diskriminasyon pozitif”. Yo rele li egzakteman “aksyon pozitif” ki gen otorizasyon Konvansyon entènasyonal pou elimine diskriminasyon kont fanm. Kota a obligatwa pou favorize yon gwoup moun nan popilasyon an ki pa gen okenn avantaj. N ap fè remake, dapre Nasyonzini, « kota obligatwa yo oubyen lòt kalite mezi espesyal pwovizwa yo pwouve deja jan yo efikas : fanm yo okipe yon mwayèn 19.3% plas palmantè yo nan peyi kote yo aplike kota nan eleksyon yon fason oubyen yon lòt ». Ann Ayiti se sèlman 4% nan palmantè yo ki Vokabilè
12
fanm. Nan ane 2008, onivo mondyal, pousantaj palmantè fanm yo se te 18,4%. Ekite a se youn pami plizyè demach k ap fèt pou rive atenn objektif egalite ant fanm ak gason an. Fòk nou toujou mete mo ekite a nan kad global prensip egalite a, pou evite nou tonbe nan yon konsepsyon jistis ‘’natirèl ‘’ kote yo ta defini sa chak moun oubyen chak gwoup sosyal gen dwa, dapre bezwen yo, sitiyasyon yo, e menm dapre ‘’merit‘’ yo, eksetera. Pandan l ap amelyore sitiyasyon konkrèt yo, demach ekite a pa atake sa ki lakòz sistèm inegalite a.
Parite
Gen parite, se lè gen menm kantite fanm ak gason nan yon antrepriz oubyen nan yon espas konsiltasyon oubyen kote y ap pran dezisyon. Parite a se yon zouti ki osèvis egalite a. Se yon kondisyon ki nesesè pou egalite a, men sa pa sifi. Konsa, yon asanble kapab paritè (li gen menm kantite fanm ak gason), men si gason yo okipe tout plas kote yo pran desizyon yo epi fanm yo nan plas egzekisyon, asanble sa a pa gen egalite. Ka sa a egziste nan anpil gouvènman oubyen palman kote fanm yo rete kantonnen nan delegasyon oubyen nan komisyon ki koresponn tradisyonèlman ak sèks yo tankou komisyon sou afè fanmiy, timoun, afè sosyal… Parite a pa vle di gwoup miks. Egzanp : yon antrepriz ki gen menm kantite fanm ak gason men kote 100% gason yo se gwo anplwaye-kad epi 100% fanm yo se asistant, antrepriz sa a gen parite nan nivo kantite men li pa gen yon gwoup pwofesyonèl miks nan nivo anplwa.
13
Vokabilè
Gwoup pwofesyonèl miks
Se prezans fanm ak gason nan yon menm plas travay, nan yon menm kategori pwofesyonèl oubyen yon metye, san li pa oblije gen parite. Egzanp : 30% gason ak 70% fanm.
Se prezans ak valorizasyon popilasyon yo dapre sèks yo, laj yo, andikap yo, kote yo soti, oryantasyon seksyèl yo… Divèsite
Fò n pa konfonn miksite ak…parite, divèsite, egalite
Miksite se pa parite Parite vle di yon prezans egal nan kantite fanm ak gason nan yon antrepriz Li pa gen pou wè ak jan plas travay yo divize ni ak responsablite yo. Miksite se pa divèsite Divèsite a pi laj pase miksite a. Li vle di prezans ak valorizasyon popilasyon ki diferan nan sèks yo, laj yo, orijin yo….nan antrepriz la. Miksite se pa egalite Egalite pwofesyonèl la vle di egalite nan jan yo trete fanm ak gason nan zafè bay travay, men tou egalite nan jwenn fòmasyon, nan mobilite ak nan pwomosyon oubyen egalite nan zafè salè. 14 Vokabilè
Diferans ak inegalite
Seksis
Agasman seksyèl
15
Vokabilè
Diferans lan gen pou wè ak divèsite fizik, kiltirèl, sosyal... Egzanp : diferans sèks : anatomi yon gason pa menm ak pa yon fanm. Lè nou gade yon diferans, nou gen tandans fè klasman pou bay youn valè parapò ak lòt, sitiyasyon sa a kreye inegalite. Egzanp : sou baz diferans fizik, dapre tradisyon limanite, yo bay fanm yo mwens valè pase gason. Anpil fwa yo fè sa tou pou diferans nan koulè po moun. Seksis la se yon dispozisyon diskriminasyon ki chita sou prejije ki gen pou wè ak sèks oubyen sou imaj moun genyen nan tèt yo dapre mòd rapò k ap devlope ant fanm ak gason anndan yon sosyete. Dispozisyon sa a kab debouche sou yon konpòtman ki inyore dwa lòt sèks la genyen pou li jwi libète ak egalite. Se toujou ti fi ak fanm yo ki viktim seksis anba men gason (piti kou gran). Seksis la soti nan yon seri lide ak abitid ki makònen ak echanj sosyal yo. Fanm ak gason gen menm dwa men yo diferan. Li pa fasil pou defini sa ki fè idantite yo ak diferans yo. Si distenksyon biyolojik ant 2 sèks yo se bagay ki fasil pou fèt, distenksyon sosyal la evolye anpil depi yon syèk. Gras ak analiz epi gras ak evolisyon rapò sosyal ant fanm ak gason yo, anpil wòl sosyal yo te konn abitye bay gason yo sèlman, fanm kapab ranpli wòl sa yo e gen fanm k ap ranpli yo jodi a.
Se pa yon plezantri Se pa jwèt lanmou Se yon seri jès, pawòl, aksyon ki choke moun, ki kaponnen moun, ki imilye moun. Kontrèman ak jwèt lanmou ki ogmante konfyans nan tèt ou, agasman seksyèl la rabese viktim nan. Se yon zak vyolans.
Nan agasman seksyèl nan travay, nou jwenn tout konpòtman seksyèl ki gen rapò ak sèks oubyen tout konpòtman ki pwouve se paske li fè pati kategori sèks sa a menm ki fè li sibi zak sa a. E se yon bagay moun k ap sibi zak la pa swete e ki atake diyite li. Agasman seksyèl la kapab pran divès fòm : Remak ki kache yon move entansyon sou kò viktim nan oubyen sou aparans li, kòmantè seksyèl deplase, plezantri ki denigre idantite seksyèl viktim nan oubyen oryantasyon seksyèl li epi « plezantri » seksis ; Tantativ pou rapwochman, demand ak presyon pou jwenn favè seksyèl, anpil fwa yo mache ak pwomès avantaj oubyen menas tout kalite ; Kontak fizik san konsantman, tankou karès, pensman, diskisyon vyolan, ti pase men; Poze kesyon sou entimite moun nan ; Rega sispèk / atiran sou pati seksyèl viktim nan ; Sifle / ti chwichwichwi ; Afiche foto pònografi. Agasman seksyèl la se yon fòm abi pouvwa ak yon volonte dominasyon. Agasè a kapab patwon w, kòlèg ou, kliyan w oubyen pasyan w.
16 Vokabilè
Sous
Dokiman Accès-Travail-Femmes : « Un avenir, une carrière, un emploi… à mon image», Québec, Canada 2011 Table de concertation des groupes de femmes de la Gaspésie et des Îles-de-la-Madeleine: « EmployéE au féminin, ça rapporte ! », Québec, Canada 2013 MCFDF : « Rapports Combinés 1982, 1986, l990, 1994, 1998, 2002, et 2006 Convention pour l’Elimination de toutes les Formes de Discrimination à l’égard des Femmes (CEDEF) », Port-auPrince, Haïti 2008 ANACT : « LE GUIDE - LA MIXITÉ DANS L’ENTREPRISE pour améliorer conditions de travail et performance », Lyon, France 201 Sou Entènèt Camo-route (Comité sectoriel de main-d’œuvre de l’industrie du transport routier au Québec) : http://www.camo-route.com/index.php Table de concertation des groupes de femmes de la Gaspésie et des Îles-de-la-Madeleine : 2 sites http://www.femmesgim.qc.ca/ http://www.metierspourelles.qc.ca/ Association Adéquations http://www.adequations.org/spip.php?rubrique220
Foto ak desen Kouvèti ak paj 1 : Dieudonné Barnabas © UCE Paj 4 : © Gelpi JM Paj 5 : © Auremar Paj 7 : © Blend Images Paj 9 : © Ostill Paj 10 : © Birgit Reitz-Hofmann
Rechèch ak kòdinasyon
InovValue / Sheila Laplanche
Tradiksyon
Rodny Laurent Esteus
Konsepsyon grafik, seleksyon foto
InovValue / Olivier Bertoni / Fritz Gerald Guillaume
Konsiltan egalite gason ak fanm UCE-UTE
Carine Clermont
© Unité Centrale d’Exécution- MTPTC, oktòb 2013.