Pi bonè se granm maten NIMEWO ESPESYAL - DAWOU 2011
COMMISSION EUROPÉENNE
chevelinpierre.illustrateur.org
Aide humanitaire
Avanse ! Avanse ! Koute ! Pwovèb la di se mèt kò ki veye kò… Soti mwa jen pou rive mwa Novanm nou tout konnen se sezon siklòn. Nou bezwen prepare nou mezanmi… Atansyon pa kapon !Linondasyon se gwo danje ki pandye sou tèt nou pandan peryòd siklòn lan. Anplis kolera ka tou pwofite pou layite kò l sou nou. - Kisa nou dwe fè pou limite danje ak risk linondasyon ki kab pote anpil maladi ?
Sila ki abite nan plenn, kote linondasyon toujou pase. Nou dwe toujou rete veyatif. Lagè avèti pa touye kokobe… pa vre… en ben ! Anvan lapli koumanse tonbe, n ap netwaye tout kote epi ranmase fatra nan kan yo ak nan kominote yo.
KONKOU 177 Rele gratis ticheri nan nimewo 177 pou w reponn tikesyon sa yo : 1) Kisa pou nou dwe fè lè yo anonse siklòn pou nou pa viktim anba linondasyon? 2) Eske se vre kolera ka vin pi plis pandan peryòd siklòn nan ? 3) Eske nou dwe toujou kenbe prensip lijyèn yo pandan peryòd lapli a ? 4) Kisa pou n fè pou n patrape kolera ak tetanòs pandan peryòd lapli a ? 5) Kisa nou dwe fè apre peryòd lapli a ? Lè w rele gratis ticheri nan nimewo 177 la, toujou sonje bay non w, kibò w rete oubyen ap viv. Bòn chans…
1. Netwaye rigòl ak kanal yo. 2. Resikle boutèy plastik yo ak tout sa nou konnen ki kab anpeche dlo koule. 3. asire fenèt ak pòt kay nou 4. Mare tant yo byen mare, asire poto yo epi fouye kanal pou dlo pase. 5. Sonje lè nou fi n netwaye pou n toujou lave men nou ak dlo ak savon pou nou pa trape kolera.
- E lè linondasyon an menm : 1. Toujou trete dlo n ap bwè ak jif oswa akwatab 2. manje fri ak legim ki lave ak dlo trete 3. koute radyo pou konnen kouman sa ye. 4. Pa soti pou fouye pye nou nan dlo paske moso boutèy, bwa ak lòt ankò ka pike nou. Konsa nou kab trape tetanòs ak kolera.
2
3
4
Mezanmi pi bonè se granm maten, sante ak pwoteksyon n repoze sou tèt nou… Plis nou pran pi bonè se plis n ap rive redwi risk maladi kolera ak danje sou zafè linondasyon.
- Apre linondasyon an : 1. Voye je gade kouman vwazen an ye 2. Netwaye zòn yo, kanal yo, retire epi antere bèt ki mouri yo 3. koupe branch bwa ak tout lòt bagay
chevelinpierre.illustrateur.org
1