nimewo espesyal
LAKAY SE LAKAY OIM soti ti jounal sa a pou tande epi kominike avèk popilasyon ayisyen
Bati pi byen ak nouvo nòm konstriksyon
istwa : mike charles desen : chevelin p./ koulè : darthon j. / chevelin illustration
monchè si m te ou, avan m koumanse fè travay sa yo. m tap chache konnen nouvo metòd konstriksyon leta mande pou aplike lè nap bati yo wi.
vwazen jilyen kouman w ye? sanble se kay ou a, wap rebati la?
ki nouvo metòd konstriksyon w ap pale la masèl ? ou pa nan nesesite ou menm… epi, ou pa wè tout moun kontinye ap bati menm jan ankò ?
se sa menm m ap fè wi masèl. ou konnen, m pa ka rete anba chalè tant lan ankò ak timoun yo.
m wè sa jilyen, se neglijans ki fè moun yo kontinye ap bati menm jan an ankò.
pito w di, ou pa okouran pito jilyen. paske touswit apre tranblemanntè a mtptc te fè plizyè gid konstriksyon pou montre nou fason...
masèl, pa di m se paske ou gen kay ou a ki pat kraze ki fè wap dim tout bagay sa yo non…?
se pa vre jilyen, se paske m pa ta renmen okenn moun nan katye a viktim ankò. si w vle konn plis gen yon crc nan zòn nan ki ka ba ou bon jan enfòmasyon sou ki jan nou dwe konstwi.
...nou dwe konstwi epi gen biwo crc ki la pou aprann moun k ap bati, bati pi byen.
se yon bèl lide ! fòk mwen ta fè yon pase nan crc a.
pòt crc yo toujou louvri chak jou pou moun ki vle jwenn bon jan metòd ak enfòmasyon sou fason yo dwe konstwi jilyen.
chevelin illustration
eben, masèl sa vle di leta pa gen nouvo nòm konstriksyon vre…
sa ka rive tou enjenyè ak ajan crc yo tou pase bay enfòmayon ak konsèy nan chak kay...
...nan kominite a e yo ka envite nou pou asiste fòmasyon yo tou.
monchè masèl, m kontan tandew. m sispann travay pou jodi a, paske m pa vle fè kòve epi, m pwomèt ou m ap pase vizite sant lan nan fen semenn lan.
m ankouraje w pase jilyen, paske w pap regrèt…
sanble, m manke pa jwenn ou ?
bòs ti jan ou mèt depoze pèl la atè wi. n ap kontinye travay demen.
ou manke pa kontre ak mwen vre wi ajan sandra.
m konnen w prese… men, èske w pase déjà nan crc a pou konnen kijan ou dwe bati kay ou a?
monchè jilyen , pa gen ti kay, pa gen gwo kay. depi se zafè konstwiksyon ou dwe fè l byen, paske kay la se byen w, e ou pa jwenn kòb atè.
m poko pase ajan! se sak fè m kanpe konstriksyon an tou, paske vwazen kote m nan sot di m pou m ale fè sa.
men ajan, ou kwè m ap bezwen pase vre, m pa gen gwo konstriksyon m ap fè. se yon chanm kay sèlman m ap bati.
ajan sandra, zòrèy pa dwe pi long pase tèt…sa fè de (2) moun jodi a ki konseye m ale nan crc yo. m prale kounye a avan li pita.
sonje tou, fòk ou byen bati tout sa k nan kay la. pòt ak fenèt kay la epi byen fouye latrin nan. sa yo se bezwen ki enpòtan pou w pwoteje vi w.
se vre w dwe ale pou w kab ranje kabann ou avan dòmi nan je w. bòn wout jilyen!
enfòmasyon sou sèvis crc yo ofri popilasyon an… tankou ki kote nou ka bati ak zòn nou pa ka bati.
chevelin illustration
sandra kite m ale tande, pwovèb la di pye kout pran devan.