#16 Relocation and disability

Page 1

mwen sandra, pi gran timoun mwen yo pa la, mwen pa kapab mache ale dèyè kay....

si nou pa kapab ale chache kay, nou ka mande yon moun nou fè konfyans epi ki konn chwazi pou fè sa pou nou.

lè moun nan fin jwenn kay la, nou dwe ale vizite l pou sèten nou dakò ak chwa a. pou fini mezanmi, lè nou ap bwote pou kite kan an, se tout fanmi an ki pou met men. « men anpil, chay pa lou », nou tout konn sa. nou ka mande sèvis vwazen ki bò kote nou tou oubyen sèvis òganizasyon ki sou kan an.

nimewo 16

L A K AY

facebook.com/Lakayselakay

S E

L A K AY

OIM soti ti jounal sa a pou tande epi kominike avèk popilasyon ayisyen

twitter.com/@Lakayselakay

lakay nan bon kondisyon

istwa : mike charles desen : chevelin illustration

mariz ap chache yon kay pou manman li, madan pyè, yon granmoun ki sou beki depi lè pye li te kase apre tranblemanntè a...

mezanmi ! reskonsab òganizasyon an pa t ban m manti non mariz, li te di m li jwenn yon bon ti kay nan yon bon katye pou mwen.

o ! o ! mariz se kay sa a mwen t ap chache !

ou mèt monte wi madam, kay la pa anpil ou pa bezwen moun gide w.

gade vwazin nan ap salye m sanble moun nan katye a se bon moun yo ye, sa vle di mwen ka konte sou yo si m an danje !

antouka manman ou san pwoblèm ; kay la pa gen eskalye, li gen tiyo, latrin ak kizin !

menm latrin nan pa difisil pou m ale non, li gen ranp, epi li pwòp !

m ap kite w wi manman, fòk mwen ale bay bebe a tete...

ale non pitit mwen, pa mize nan wout sèlman.

anplis, mache a, lekòl la ak sant sante a pa twò lwen w !

mèsi !

ou mèt ale, m ap tann yon moun mwen k ap desann mòn nan.

sandra !


sandra, m ap kite w kontinye wout lan pou kont ou wi. m ap rive wè yon moun bò peristil zafra a.

kay la pa gen kizin, latrin nan se anba kay la li ye. katye a menm pa gen fontèn, sant sante a, lekòl la ak mache jis nan ziltik.

mariz sa w ap fè bò isit la ?

jinyò lekòl toujou mariz, lè li ale lekòl kijan manman w ap fè si l gen yon pwoblèm ? mariz pran tèt ou tande !

men jinyò ap avèk manman m pou ede l wi kòmè sandra.

dakò jan, n ap wè demen !

se kay sa m vin gade pou m anfèmen pou manman m wi kòmè sandra.

se pou manman m ak jinyò rete kòmè sandra. mwen, m pral abite ak papa pitit mwen an. nou deja jwenn yon bèl ti kay ki gen tout sa nou bezwen nan katye a.

dakò sandra ! nan ka sa a, kisa pou m fè menm ? talon pye m fin dekale nan mache chache kay wi...

mariz pi bonè se granm maten. nan ka sa, se pran san w chache yon kay nan yon katye ki konfòtab pou manman w rete. ... yon kay ki san pwoblèm, ki pa gen eskalye, ki gen sèvis dlo, twalèt ak sant sante ki pa lwen kay la.

ou sèten sa w di m la mariz ? m pa kwè se pou w vin abite ak manman w vre, w ap anfèmen kay sa mwen wè la ?

ou tande sa w di, ou jwenn yon bèl ti kay pou ou rete. poutan, se kay sa w chwazi pou manan w abite. sanble w bliye si manman w se yon moun andikape ki bezwen yon kay ki aksesib pou li rete ki pa gen okenn malè pandye sou tèt li tankou inondasyon, glisman teren, siklòn elatriye...

anplis, ou pa kab jije deyò kay la san w pa wè anndan l...

sonje nou menm kap viv ak yon defisyans oubyen ki gen moun ki an sitiyasyon andikap lakay nou dwe chwazi yon katye ak yon kay ki gen aksè pou nou tout. yon katye ak yon kay ki p ap deranje nou nan deplasman nou, aktivite nou, patisipasyon sosyal nou ak tout sa n ap antreprann.

mezanmi, mwen wè jouk kounye a gen anpil nan nou ki gen pwoblèm fizik, sansoryèl, entèlektyèl ak pwoblèm mantal poutan nou pa konnen ki kay pou nou chwazi.

men sandra, li pa fasil pou nou jwen yon kay pou anfèmen nan pòtoprens non. ou pa konn mizè m pase avan m jwenn de chanm sa...

m pa bezwen antre pou m di w kay la pa bon. deja se marèl pou w jwe nan wout lan pou w rive la. sitèn dlo a ak sant sante a pa pre isit. e w konnen manman w se moun ki renmen ti legliz li... kidonk fòk kay ou jwenn nan pa gen eskalye epi fòk li pa anpeche manman w mennen aktivite li kom sa dwa..

woy !

bondye ap montre n sa pou n fè kan menm.

ou wè sa m ap di w la, ou menm ki jenn fanm pa menm ka monte mach eskalye yo ki pa gen menm wotè ak gad kò pou w pran sipò...

KIZIN LEGLIZ

MACHE

DLO malè pa gen klaksonn. si nou pa chache yon katye ki gen sekirite e ki gen sèvis nou bezwen yo, pou malè pa fè ladènye sou nou. pa egzanp yon timoun ki gen pwoblèm fizik ki pa ale lekòl pap gen levasyon pou l jwenn yon bon travay demen. anplis se yon pwa lou l ap ye pou fanmi l.

LEKÒL

LATRIN

men kay sa w ap pale a sandra, li pa fasil pou jwenn non ak sa nou gen nan men nou an non.

epi bondye p ap montre n sa pou n fè si nou neglijan ak pwòp tèt nou non mezanmi. chache kay ki byen bati epi ki gen sèvis yo toupre tankou : dlo, mache, sant sante, legliz... epi yon kay ki gen kizin, latrin, ki gen yon bèl eskalye regilye, ki pa gen pant ak wout ki glise.

SANT SANTE


Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.