#12 Irregular Migration (Lot bo dlo pa paradi)

Page 1

matoun, kite m rakonte w mizè moun yo pase lè yo pran kanntè pou ale nan peyi etranje.

m pa konn ki sen pou m rele... ki kote nouvèl bato koule sa sòti? ou kwè masèl ta nwaye?

5 GOUD

LAKAY SE LAKAY

Nimewo 12

OIM soti ti jounal sa a pou tande epi kominike avèk popilasyon ayisyen

facebook.com/Lakayselakay

twitter.com/@Lakayselakay

lòt bò dlo pa paradi

chita la ! bwè ti te vèven sa a. m gen lontan m ap dekouraje moun yo nan bouk lan pou yo pa pran lanmè pou al eseye chache lavi miyò nan peyi etranje.

istwa : mike charles desen : chevelin illustration

pran kanntè se jwe tonton palmis sou lavi w, paske kondisyon vwayaj la pa janm bon. lè gen gwo van ak move tan pou bato a pa chavire, travayè bato yo toujou jete moun nan lanmè... kanntè twò chaje pa ka fè fas ak move tan... ou konn sa?

kaptenn lebyen, ou toujou ap travay ou menm? ou konnen lavi pa fè kado masèl epi gason pa chita

fanm yo menm dèfwa viktim vyòl, yo tonbe ansent epi pran maladi moun ka pran nan fè bagay san pwoteksyon tankou Sida, sifilis, elatriye...

swaf ak grangou apre plizyè jou lakoz moun yo tonbe malad. yo pa benyen, move sekous ak kalimite fè y ap vomi. epi lè bato a koule si w pa konn naje oubyen ou pa gen sovtaj ou deja mouri.

... ya p san papye, san lajan. lapolis ap arete l epi lage yo nan prizon.

wouy souf mwen ap koupe ! SA M WÈ LA !?

si refijie yo gen chans sove nan nofraj la, jouk yo pile tè...

anbisyon touye rat resi wè moun !

where are you going man ?

mèsye !!! mèsye !!!

mwen sòti ayiti, kannòt la koule depi 3 jou mwen nan raje a m ap kouri, san manje san bwè. sa w ka fè pou mwen frè m ?

menm pou mfè yon ti repoze vye frè m yo ? se konsa lè ayisyen rive nan peyi blan yo move moun

fwa sa m deside ale mayami tout bon vre wi lebyen. kilè bato w la ap pati menm?

eben, m manke pèdi vwayaj la la. konbyen kòb m ap gen bezwen la?

nou pap ka ede w non. paske ou ilegal

sak pase w w ap kouri konsa ? kote sòti frè m ?

nou pa move moun. men si n kenbe w se nou kap peye po kase a. bòn chans frèm !

masèl kòm se nèg pa m ou ye, m pap fè pri ak ou. men ak kondisyon, wap banm bout teren ou genyen an epi vwayaj ou klè kou dlo kòk pou mayami.

monchè, bato ap fin repare demen, nan fen semenn lan n ap pati pou mayami.

epi lè yo finn pase nan prizon. sak pi rèd lè yo pimpe yo tounen nan peyi yo...

walk !!!

sa pa yon sekrè… ou mèt di sa fò. pa gen pwoblèm m ap ba w tè a paske fò m pile tè paradi sa kan menm.

se pa jwèt… kouman vwayaj la fè chè konsa ?

1 lè yon moun ale nan peyi etranje nan kondisyon sa yo, moun sa pa gen lòt bagay li ka fè sinon dòmi anba pon epi vòlè pou l ka manje jouk li fini nan prizon. sak pi rèd ki kab rive l la, se lè yo pimpe l tounen nan peyi l la ak de (2) bra l pandye ak pòch li vid...

KONKOU 177 gratis ticheri nan Konkou Noula 177 pou w reponn ti kesyon sa yo : ? Rele 1- Ki kondisyon Masèl te genyen ak Lebyen pou te ka peye vwayaj la? 2- Kisa fanm ki chwazi pran kanntè yo viktim ? 3- Kisa ki te rive Masèl lè li te rive Mayami ?

dirije yon bato lajounen kou lannwit anba vijilans gadkòt meriken se pa jwèt tou non masèl. dayè, m pa gen pou m fòse w, ou konnen pasajè m yo toujou rive mayami.

m pa rete non kaptenn, m pral koumanse pare malèt mwen. m gen yon vès anba kabann lan m pral bay matoun lave l.

...yo pèdi ni sak ni krab. koute by en pou ka genyen !! !

Lè w rele pa bliye bay : 1. nimewo plak tap-tap la 2. nimewo selilè w 3. non w NIMEWO PLAK LA

Rele GRATIS ti cheri nan 177 pou reponn kesyon, pou ka genyen anpil PRIM

«bis boss jòj»

istwa : mike charles / desen : chevelin pierre

mèsi bondye, tann dat m ap kouri la. mwen


bèl pawòl pa vle di verite pou sa anmwey!! kaptenn fè yon bagay pou nou non… CHERI, CHERI !?

tout bagay planifye ak lebyen. nan fen semenn lan n ap pati.

RETE !?

nou pale twòp nan tèt mwen wi. nou bezwen ale mayami epi nou pè lanmè

mande pasaj, rele mèt agwe vi n sove n… sinon n ap chavire wi.

ou prale kite nou vre masèl ?

m oblije matoun, paske peyi isit pa gen lavi. men…mayami.

ki mèt agwe w ap pale la ou menm… pouki n pa rele bondye pito ?

yo jete nan lanmè sila ki malad, ki paka sipòte sekous vwayaj la...

men… kisa?

ou konnen tou m pa gen kòb pou m peye vwayaj la, lebyen mande m tè nou an. m ap ba li l epi m ap vann bèf yo. konsa, mwen pa p gen pwobèm.

ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm…ou pral rete kay sè m nan ak timoun yo epi manman m pral lakay gran frè m nan. etazini cheri se kote lèt ak myèl ap koule. travay menm se sak pa manke. ou konnen mari w renmen travay !

move tan, batay, vyòl, dezakò pasajè yo ak kaptenn lan lakòz bato a koule toupre laflorid. tout moun ap chache sove lavi yo. sa ki konn naje pran naje.

pou mizè n ap pase cheri nan peyi isit… se sèl pati wi ki ka sove nou.

kouman vwazen an pa prale ankò?

a! vwazen an pa gen kè. ou konnen se moun ki gen mizè rekonesans ! lè a wè m ap bati bèl kay bò isit, antre w mayami ak tout timoun yo, ya manje dwèt pous yo.

kisa w di la… ? kote w pra l lage m dòmi ak timoun yo? manman w malad ap dòmi nan kay la ak nou. e nou pa gen anyen nan galata a…

lage m, lage m, m di nou wi… bann asasen… kadejakè !

sèlman lè w rive pa ale pran lòt fi pou kite lamizè fi n touye m ak timoun yo non.

masèl li menm ki pa konn naje e ki pa gen ni jilè sovtaj, jwenn de galon bò kote l. li pran yo mete anba bra l pou chache yon fason pou sòti nan lanmè a.

nou nan dlo men, nou pa zangi

vwazinaj se manje sere vwazin matoun... vwazin matoun...

bato kapten lebyen an koule mayami !!!

m ale matoun pran swen timoun yo pou mwen !

2

bon vwayaj masèl ! pa bliye pwomès ou !

se move lavi wi ki mete m deyò nan peyi m bondye. sove m souple!

nouvèl bato ki koule a rive nan bouk lan. tout moun se men nan tèt ap mande sa ki pase.

KISA ???


Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.