Ayiti pale - Creol

Page 1

Kòdinasyon

Adriana Santiago Prefas

Adolfo Pérez Esquivel Ak kolaborasyon

Frei Betto

Ayiti pale L ap reprann endepandans li yo te vòlè


A ADITAL, Ajans enfòmasyon Frei Tito pou Amerik Latin, se yon inisyativ kominikasyon ki te kreye pou enfòme sou tout lide ak aksyon k ap konstwi sitwayènte sou kontinan nou an. Sous enfòmasyon li yo se: mouvman sosyal yo, endyen yo, fanm yo, entelektyèl yo, legliz yo, gwoup kiltirèl yo, Nwa yo, jèn yo ak minorite etnik yo. Poutèt sa, ADITAL gen yon gwo rezo repòtè k ap viv evènman yo andirèk nan peyi yo epi ki vin tounen yon enstriman etik pou entegrasyon ak solidarite ant popilasyon yo. Chèche konnen plis sou ADITAL epi afilye ou ak sit entènèt li a k ap louvri pou ou orizon tou nèf pou w kapab konnen Amerik Latin nan pi byen: www.adital.com.br


Ayiti pale L ap reprann endepandans li yo te vòlè


Prezidan: Manfredo Araújo de Oliveira Direktè egzekitif: Ermanno Allegri Kòdinasyon administratif: Conceição Rosa de Lima

Pwojè AYITI pale Kòdinasyon ak edisyon: Adriana Santiago Koedisyon: Benedito Teixeira Konsepsyon grafik ak mizanpaj: Eduardo Freire Trètman imaj yo: Elton Gomes Revizyon edisyon kreyòl la: Sony Estéus Tradiksyon: Wooldy Edson Louidor Transpò ak lojistik: Robenson Lafortune Enpresyon: Expressão Gráfica

Repòtaj Adriana Santiago, jounalis brezilyen (tèks ak edisyon) Alty Moleon, fotograf ayisyen (foto) Ana Paola Vasconcelos, jounalis brezilyen (tèks ak tradiksyon) Benedito Teixeira, jounalis brezilyen (tèks, tradiksyon ak edisyon) Francisca Stuardo, jounalis chilyèn (tèks ak foto) James Alexis, jounalis ayisyen (foto) Jonh Smith Sanon, jounalis ayisyen (foto) Moranvil Mercidieu, fotograf ayisyen (foto) Nélio Joseph, jounalis ayisyen (tèks) Phares Jérôme, jounalis ayisyen (tèks ak foto) Thalles Gomes, jounalis brezilyen, MST (foto) Wooldy Edson Louidor, jounalis ayisyen (tèks)


Ayiti pale L ap reprann endepandans li yo te vòlè Adriana Santiago (Kòdonatris)

Fortaleza - 2013


Yon pèp ki nan mitan ladoulè ak lespwa • Adolfo Perez Esquivel (Prefas) ............................................. 6 Refonde yon nasyon ki lib epi ki granmoun tèt li • Ermanno Allegri............................................... 9 Yon ideyal ak yon odas • Adriana Santiago.............................................................................................11 Chapit 1 Yon istwa ki gen lanvè ak landwat ............................................................................................... 12 Sinema pou nou pa mouri de bwa kwaze ......................................................................................... 36 Ayiti ekziste? • Se Frei Betto ki ekri l.......................................................................................................... 42 Chapit 2 Ki kote nou ye apre katastwòf la? ............................................................................................... 44 Entèlektyèl ayisyen yo kontribye nan rekonstrisyon an................................................................. 48 Evèk yo nan lemond anfavè Ayiti....................................................................................................... 53 Kèk kay ki sòti Fenlann ki pa pou klima Ayiti a.................................................................................. 55 Yon leson solidarite ............................................................................................................................ 56 Kèk lekòl pou rekonstwi Leyogàn....................................................................................................... 64 Koperasyon pou sove lavi moun......................................................................................................... 68


Chapit 3 Granmoun tèt nou nan zafè manje: yon tèritwa agrikòl ki sou kabann lopital.................74 Kafe kreyòl la, se yon bon pwodui yo chache anpil.......................................................................... 78 Diri nan lari yo ..................................................................................................................................... 83 Kat Je Kontre ...................................................................................................................................... 87 Chapit 4 Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal.................................................................. 92 Kasav: yon kay farin ki gen yon liy pwodiksyon k ap byen mache anpil.......................................100 Lèt Agogo: transfòme lèt ede moun k ap viv nan zòn riral yo ........................................................111 Peyi emèjan. Se yon ka kote yo detounen yon konsèp? Manti, konfyans ak sosyete. • Se Alain Gilles ki ekri l... 117 Chapit 5 Lakilti se yon vitrin......................................................................................................................... 122 Vodou: lakilti ak relijyon, rezistans ak solidarite ............................................................................ 126 Atizana an fèt se zafè medam yo tou.............................................................................................. 138 Chapit 6 Konstwi pwòp rezistans pa l......................................................................................................... 146 Fanm yo pran swen tout yon vil........................................................................................................ 152 Lekòl gratis pandan vakans pou sila yo ki pa kapab peye..............................................................156 Kèk radyo popilè pou mouvman popilè a..........................................................................................160 Otomeka, yon kan solidarite .............................................................................................................166


Prefas

Yon pèp ki nan mitan ladoulè ak lespwa Por Adolfo Pérez Esquivel

Adolfo Pérez Esquivel se achitèk, eskiltè epi li se militan pou dwa moun; li soti nan peyi Ajantin. Li te resevwa pri Nobèl pou lapè nan lane 1980. Li kòdone fondasyon Sèvis Lapè ak Lajistis nan Amerik Latin (SERPAJ-AL) ansanm ak plizyè evèk, teyolojyen, militan, lidè kominotè ak sendikalis.

Ayiti se yon peyi ki fèt ak plizyè pèp afriken yo te mete anba esklavaj pou fè travo fòse. Nan peryòd yo t ap soufri epi yo t ap degèpi yo sou pwòp tè yo, pèp sa yo te devlope yon rezistans kiltirèl, espirityèl ak politik pou defann dwa yo, lavi yo ak idantite yo; konsa yo te rive kenbe rasin yo. Nan tout istwa li, pèp ayisyen te sibi anpil dominasyon ak diktati ki te mennen li nan sitiyasyon ki difisil. Men, li te gen kapasite pou pouse pi devan, pou reziste, pou kreye espas libète ki tounèf. Malgre tout jefò sa yo, Ayiti te blije sipòte prezans twoup etranje yo, sitiyasyon depandans; li se yon peyi ki jounen jodi a gen plis moun k ap viv nan lamizè nan kontinan an. Anplis, li resevwa anpil gwo pataswèl anba katastwòf natirèl tankou tranblemanntè ak epidemi kolera k ap maltrete popilasyon an nan dènye ane sa yo. Fòk nou konprann byen kisa sitiyasyon grav sa reprezante. Selon yon piblikasyon OCHA ki se Biwo Kòdinasyon Imanitè Nasyonzini te fè 22 jen 2012 la, gen 559.487 ka moun ki te enfekte ak kolera; soti oktòb 2010 pou rive jen 2012, te gen 7.299 moun ki te mouri akoz epidemi sa. Nan pwonostik ki fèt pou 2012, yo prevwa ap gen 170.000 nouvo ka enfeksyon. Nan kominike Sekretarya jeneral Nazyonzini te pibliye 31 dawout 2012 la, li te di gen 7.440 moun ki te mouri soti oktòb 2010 pou rive 15 jiyè 2012; epi anplis, te gen 580.947 ka moun ki te enfekte nan menm peryòd la. Malgre sitiyasyon malouk sa a pèp la dwe sipòte, li gen volonte ak kapasite pou chache altènativ epi pou rekonstwi espas sosyal, kiltirèl ak politik li yo. Li dwe reprann sa ki rele li chèmèt chèmètrès, ansanm ak tout resous natirèl li yo ki fin depafini paske manke bonjan politik devlòpman epi pou entegre popilasyon an. Anplis, li dwe rive satisfè bezwen de baz li yo tankou lasante, edikasyon, travay, epi jwenn lojman kote moun kapab viv. Yo enpoze pèp sa politik espekilasyon finansye olye yo ba li bonjan politik devlòpman total kapital ki makonnen ak lavi.

Ayiti se yon peyi ki anba okipasyon twoup etranje Minista, ki vle di Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon Ayiti, ki pa fè prèske anyen pou leve kanpe enstitisyon Leta yo, pou sekirite popilasyon an epi pou ranfòse enstitisyon yo. Menm jan an tou, èd entènasyonal la plis chita sou “asistana” olye pou fè pwomosyon pou gen bonjan pwogram, pa egzanp, pwogram pou sektè sosyal, edikatif ak politik yo ki ap patisipe nan remete estrikti Leta sou pye tankou pouvwa jidisyè a ak enstitisyon yo ki ap fè lavi demokratik nan peyi a fonksyone. Gen kèk òganis tankou Nasyonzini, Unasur (Inyon Nasyon Sidameriken yo) ak anpil lòt enstitisyon ki kontribye pou amelyore kondisyon lavi pèp ayisyen an, menm si kèk rezilta yo jwenn yo pa sifi. Li enpòtan pou nou chache chimen altènatif, nan fasilite patisipasyon plizyè kalte òganizayon sosyal, pou kapab rezoud pwoblèm yo epi ranfòse dwa pèp la genyen pou granmoun tèt la (souvrènte) epi pou deside sou tèt li (otodetèminasyon). Gen pwogram ki mal fèt, epi ak politik asistana ki te aplike an Ayiti swadizan « pou pèp Ayisyen», san patisipasyon òganizasyon sosyal yo ki sèlman wè pwogram sa yo, men yo pa gen anyen arevwa ak yo. Atitid nou ta dwe pran an, se envite « pèp la » nan pwogram sa yo, sou baz bonjan patisipasyon ak dyalòg. Se yon fason ki depaman ak jan yo abitye fè sa, men ki kreye posiblite tout bon vre pou rezoud pwoblèm yo. Li ijan pou nou mete sou pye pwogram ki kapab reyalize tout bon vre pou nou kapab vin grandèt tèt nou nan zafè manje (jwenn « souvrènte alimantè »), reyabilite resous natirèl nou yo, dlo, dwa pou gen moso tè epi pou richès peyi a distribye egalego, menm jan tou pou reyabilite forè yo ak tè ki kapab pwodui yo. Nou pap kapab rive fè sa si popilasyon an pa patisipe; fòk nou reveye konsyans li epi konte sou pwòp valè ak konesans li yo pou nou kapab jwenn devlòpman san fòs kote n ap chache a. (Page 7) Jou 15 oktòb 2012, Sekretè jeneral Nasyonzini an te

6


Ayiti pale

Lafrans gen yon dèt istorik pou Ayiti; se yon okazyon pou li repare dèt sa nan ede popilasyon an rezoud kriz sa l ap viv jounen jodi a. Li gen posiblite pou repare dèt eksteryè Ayiti te peye li apre endepandans li, epi pou oryante resous sa yo anfavè rekonstriksyon peyi a. Li enpòtan anpil pou twoup etranje yo retire kò yo nan peyi a. Retrè sa kapab fèt “pa etap”, yon jan pou Ayisyen yo kapab pran sekirite peyi yo anchaj pazapa. Nou espere epi nou mande peyi Amerik Latin yo pou yo pa renouvle manda yo nan Minista, epi pou retire twoup yo nan misyon sa. Popilasyon ayisyen an ap mande ak tout vwa li pou twoup sa yo ale depi plis pase yon lane. Sena a te vote, sa pa gen lontan, retrè twoup sa yo anvan 12 oktòb 2012. Nasyonzini ak gouvènman peyi yo ki kenbe twoup okipasyon sa yo dwe koute revandikasyon popilasyon an. Nou mande pou militè nòameriken yo soti nan peyi a paske sa yo vle fè se ranfòse prezans yo nan rejyon Karayib la pou rezon ki estratejik epi selon politik yo gen pou rejyon sa. Nou pa kapab aksepte prezans twoup etranje yo ki toujou ap chache pretèks ki pa kanpe sou anyen pou rete nan peyi a. Li nesesè pou chanje oryantasyon ak objektif yo enpoze sou do Ayiti, epi pou ranfòse koperasyon entènasyonal ak solidarite. Li posib pou rive rezoud difikilte yo si mèt kesyon an (pwotagonis la) se pèp ayisyen an ; konsa, li kapab vanse nan devlòpman sosyokiltirèl, ekonomik ak politik, nan rankontre pwòp chimen pa li. Pou sa, li bezwen api ak solidarite pèp frè li yo ki nan kontinan an ak toupatou nan mond lan. Bwenòsayirès, janvye 2013

7

rekòmande yon lòt fwa ankò pou kontinye ak okipasyon militè ann Ayiti anba men Minista, san li pa menm evalye ni pran an konsiderasyon pa gen okenn pwogrè ki fèt anfavè pèp la ak enstitisyon li yo, apre 8 lane okipasyon. Li pèsiste epi li blije pèp la kontinye gade kouman tèritwa li okipe anba pye twoup etranje yo, kouman yo vyole dwa grandèt li ak tout lòt dwa li yo, sou pretèks èd sa nesesè. Gwo manman kesyon an se: ki rezilta tout ane okipasyon sa yo peyi a sibi a bay? Kiyès ki benefisye èd sa yo? Konbyen milyon dola ak ewo ki gaspiye pou kenbe fòs okipasyon sa yo ann Ayiti, olye pou itilize lajan sa yo pou lavi ak devlòpman popilasyon an? Pandan plizyè fwa, yo voye misyon entènasyonal ann Ayiti pou evalye sitiyasyon dwa moun ak sitiyasyon popilasyon an; ladan misyon sa yo, gen delegasyon Nasyonzini tou. Pa gen okenn pwogrè ki fèt, ni okenn rezilta ditou. M ap bay yon egzanp sou sa m ap di la: nan zòn kote petèt gen pi plis delenkans ak povrete nan peyi a, Site Solèy, manke dlo potab, manke rezo sante epi kondisyon moun ap viv youn sou lòt vin fè gen vyolans sosyal ak kiltirèl, sa ki fè endis maladi ak lanmò timoun vin pi wo. Nan sitiyasyon makawon sa a, nou dwe jwenn chimen lespwa ki pou klere nou, ak konkou aksyon divès òganizasyon imanitè ki pote kontribisyon pa yo nan soutni Ayisyen yo atravè pwogram ak lòt èd konkrè anfavè lavi moun yo; prezans gwoup medikal yo ki viv epi pataje lavi ak abitan katye kote yo travay; edikatè ak teknisyen agrikòl ki ap bay peyizan yo bonjan fòmasyon pou yo kapab jere pwòp devlòpman yo ak lavi yo. Gen anpil tantativ ki ap fèt pou fè pwomosyon pou rebwazman epi pou reyabilite tè yo, kilti òganik yo ak devlòpman, pandan yo ap sible ekonomi rejyonal ak patisipativ yo. Se yon wout ki long anpil; nou gen lespwa solidarite ak api entènasyonal kapab kontribye epi pote fwi pou byen pèp ayisyen an.


8


Ayiti pale

Refonde yon nasyon ki lib epi ki granmoun tèt li Ermanno Allegri

ki ap viv nan peyi Brezil depi 40 lane. Li te konseye nan Pastoral Latè epi jounen jodi a li se direktè Ajans enfòmasyon Frei Tito pou Amerik Latin – ADITAL. (www.adital.com.br)

yo ki nan istwa peyi d Ayiti, yon jan pou tout moun kapab konnen si jounen jodi a plis pase mwatye popilasyon sa ap viv nan lamizè, se paske Ayisyen yo pa janm rive kreye pwòp esktriti sosyal ak ekonomik ki rele yo chèmèt chèmètrès. Amezi yo t ap konstwi yon lavi ki lib, represyon boutdi te anpeche yo fè sa. Se menm jan an tou gwoup ki t ap domine peyi a te atake twa (3) potomitan nan lakilti Ayiti: kreyòl la,vodou a, ak lakou a. Sa fè 500 lane depi Ayiti ap pran pataswèl anba siklòn ak tranblemanntè kolonizatè yo: Lespay ak Lafrans te koumanse, apre Etazin kontinye ak merin yo (marines, nan lang angle) ansanm ak mafya yo rele “antrepriz”. Yo toujou fè sa ak kolaborasyon elit lokal yo ki vann tèt yo epi ki konpòte yo tankou tchoul. Men jounen jodi a n ap viv nan yon lòt epòk nan istwa. Anpil peyi nan Amerik Latin ak Karayib reprann diyite politik ak sosyal yo. Nan sans sa, ADITAL te vle santre repòtaj li konsa: nou te chita sou tout kalte inisyativ ak lòt aksyon anpil òganizayon ayisyen ap fè pou mete peyi a ki granmoun tèt la sou yon lòt ray. Se premye objektif repòtaj sa ki nan men nou an genyen: nou kwè Ayiti kapab, gen avni pou Ayiti, Ayisyen yo kapab rekonstwi oubyen -tankou jan yo di sa kounye a- refonde peyi yo kòmsadwa: tankou yon nasyon ki lib epi ki granmoun tèt li. Malgre tout difikilte ki genyen sou chimen an, sa Toussaint Louverture (vanyan gason sa ki te koumanse endepandans Ayiti a) te di a, nan lane 1802 lè Franse yo te arete li epi depòte li, rive fèt: “Nou lage m atè, se vre, men se sèlman twon pyebwa libète Nwa yo nou lage atè. Pyebwa sa a ap pouse ankò pi rèd paske rasin li yo anpil epi yo fon.” Fòtaleza (Brezil), janvye 2013

9

Ermanno Allegri se yon pè italyen

Nou ap sonje jounen jodi a twazyèm anivèsè tranblemanntè a nan dat sa. 12 janvye 2010 te make istwa Ayiti: yon tranblemanntè se yon “malè lanati pote” ki te touye plis pase 300.000 moun. Peyi a te fenk ap reprann li apre 4 siklòn ki te touye 793 moun ak anpil lòt dega ankò sou zile a nan mwa dawout ak sektanm 2008. Poutan, pa te gen anpil moun ki konnen, menm siklòn sa yo, Fay, Gustav, Anna ak lke, te pase tou sou zile ki tou pre a- Kiba-, yo te touye “sèlman” 4 moun. Katastwòf sa yo montre klè kou dlo kòk nan ki eta sosyete yo ye. Nou kapab konfime sa ak yon lòt egzanp: nan fen oktòb 2012, siklòn Sandy te touye 11 moun nan Kiba, alòske an Ayiti li te lakòz lanmò 54 moun ak 21 lòt ankò ki te disparèt san yo pa janm jwenn tras yo jouk jodi a. Prèske okenn moun pa te fè remak sa. Epi pa gen anpil moun tou ki konnen nan lane 1970 Ayiti te pwodui 95% manje tout peyi a te bezwen pou tout moun kapab manje kòmsadwa, alòske jounen jodi a li enpòte prèske 50% manje li bezwen pou popilasyon an konsome. Repòtaj sa aprann nou plis koze toujou sou anpil lòt bagay nou pa konnen sou Ayiti. Nou pral dekouvri ladann kouman gwo vilnerablite sosyal ak fizik Ayiti (konbyen lòt peyi ankò nan mond la ki gen menm pwoblèm sa?) se yon maleng ki parèt ak reparèt toutan nan istwa. Nan 300.000 moun tranblemanntè a te touye a, konbyen nan yo ki te kapab ap viv jouk jounen jodi a, si... Si peyi sa pa te soufri anba masak tout popilasyon endyen li yo (Arawak yo ak Tayino yo), masak 300 lane esklavaj yo, ak anpil lòt lane anba diktati krazezo, epi anba lwa malfektè globalizayon mache a. Se yon istwa vyolans ak opresyon ki long, epi ki toufe tout posiblite peyi sa te kapab genyen pou konstwi tèt li kòm yon nasyon ki granmoun tèt li nan kesyon ekonomik, sosyal ak politik. Fòk nou mete klè kou dlo kèk epi defini tout eleman de baz sa


10


Ayiti pale

Yon ideyal ak yon odas

Adriana Santiago se jounalis li ye, li gen yon Metriz nan « Kominikasyon ak Kilti kontanporen » (UFBA), epi li se pwofesè jounalis nan Inivèsite Fòtaleza (Unifor) depi ane 2006. Li te editè anchèf ADITAL soti 2003 pou rive 2006, jounen jodi a li ap kolabore ak ADITAL nan kèk pwojè.

rekonstriksyon, ekonomi patisipatif, souverènte alimantè, kilti ak demokrasi patisipatif. Se te sis (6) liy rechèch menm Ayisyen yo te pwopoze nou, epi kèk nan liy sa yo te deja koumanse nan lespwa yon jou yo te kapab vin tounen politik piblik ki reyèl. Nan chapit sou istwa a, Edson Louidor atire atansyon nou: sou rasin soumisyon Ayisyen yo ta sanble anba li a depi digdantan, ak sou koz li yo ki remonte jouk zansèt yo; sou eksè ki te genyen nan eksplwate Ayisyen yo ak sou orijin fòs pèp sa. Nan chapit sou refondasyon, Phares Jérôme fè yon chita sou pwosesis rekonstrisyon yo epi li eseye esplike kouman li enpòtan anpil pou nou pa rete sèlman nan konstriksyon mi fizik yo, men pou leve kanpe mi nanm Ayisyen yo ak otonomi yo. Nan chapit ki sou ekonomi solidè a, Jérôme montre li fondalnatal pou rive mete kanpe yon entegrasyon ekonomik ki rive koupe fache ak èd entènasyonal la, nan chache solisyon lokal ak bonjan refòm pou konstwi sitwayènte, prensipalman pou mendèv fanm yo. Pou rive jwenn solisyon sa, fòk nou kore agrikilti a paske 65% nan 10 milyon Ayisyen peyi a genyen ap viv nan zòn riral yo. Yo ap viv nan moso tè ki piti anpil, menm si yo pa toujou jwenn bonjan kondisyon transpò epi pou yo vann pwodiksyon yo paske pa gen wout ni dlo ni kouran. Nan chapit sa, Jérôme montre tou agrikilti familyal la se sèl solisyon ki genyen pou peyi a kapab kenbe epi pou reprann ekspòtasyon yo. Nélio Joseph travay nan domèn lakilti, epi li menm te pwopoze pou ekri yon chapit ki montre yon panorama jeneral richès kiltirèl peyi li genyen. Li bay bonjan agiman pou montre lakilti a se yon gwo vitrin ki pral leve kanpe eskanp figi peyi a, nan fè wè li se granmoun tèt li epi li gen fyète; kèlkilanswa se nan mizik, penti, atizana oswa literati, lakilti se sèl domèn kote Ayiti kapab fè konpetisyon onivo entènasyonal. Anfen, nan chapit sou demokrasi patisipatif la, Benedito Teixeira, Paola Vasconcelos ansanm ak mwen menm te poze kesyon ki pi politik yo ki anpeche peyi sa devlope. Nou espere ou pral apresye travay sa epi ou pral mete tèt ou ansanm ak nou, yon jan pou nou kapab ede peyi sa vanse ak pèp sa ki tèlman senpatik, entèlijan, ki gen anpil fòs epi ki konn travay. Nou swete ou bòn chans epi kenbe la !

11

Por Adriana Santiago

Liv sa se yon liv repòtaj epi se anpil odas nou te mete deyò pou te kapab ekri tèks ki montre pèspektiv yon peyi ki pa peyi pa nou. Se konsa ADITAL te envite m pou òganize travay sa ; li te fè m vizite Ayiti pou konnen peyi a epi ekri sou li pou lemond antye. Se pa te yon travay yon etranje te kapab fè pou kont li. Se yon travay ki te di anpil, men nou t ap montre nou se moun ki pa gen okenn sans reskonsablite si nou te fè liv sa sou Ayiti san patisipasyon Ayisyen yo. Se konsa gen chapit nan liv sa, se jounalis ayisyen ki te ekri yo : Wooldy Edson Louidor, Nélio Joseph, James Alexis (ki te pran foto yo) ak Phares Jérôme ki ekri 3 chapit. Anplis jounalis yo, te gen Irdèle Lubin, Rochelle Doucet, Alain Gilles, Pierre Clitandre ak Marie Frantz Joachim ki te ekri nan liv la. Pou Brezil, anplis direktè ADITAL la Ermanno Allegri ak mwen menm, te gen jounalis ki te edite materyèl la tou, jounalis Paola Vasconcelos ki te reskonsab pou kenbe kontak ak jounalis ayisyen yo, epi gen yon atik Frei Betto ekri tou. Kolaborasyon ki te pi enteresan an se pa jounalis chilyèn Francisca Stuardo ki te pran foto epi ki te ekri pou nou pandan tan konje li t ap pase nan Pòtoprens. Travay ranmase ak òganize enfòmasyon te koumanse nan mwa sektanm 2011 ak yon seri reyinyon nou te fè, yon jan pou nou te gade ki oryantasyon ki pi bon nou te kapab bay liv la. Pandan rechèch nou yo, nou te sèlman wè lamizè, soufrans ak aksyon èd imanitè yo. Nou te poze tèt nou kesyon: kote Ayisyen yo ye nan tout sa? Se konsa nou te deside fè pwojè a ak tèks epi foto ki te kapab atire atansyon Ayisyen yo epi ak kominote entènasyonal la, yon jan pou yo te kapab wè tout posiblite pèp sa genyen pou jere tèt li. Yon pèp k ap soufri anba okipasyon militè ak katastwòf natirèl, tankou siklòn ak tranblemanntè, ki lage sou peyi a grangou, moun san kay ak kolera, ki mete peyi a chak jou pi plis anba ekonomi etranje (lòt nasyon). Nou te fè yon premye vizit teknik nan peyi a nan mwa desanm 2011, lè nou te pote pwojè a ann Ayiti epi nou te diskite li ak lidè mouvman sosyal yo ki te apwouve li epi bat bravo pou lide nou yo. Apre anpil entèvyou nou te fè ak lidè lokal yo, entèvyou sa yo nou te mete yo nan chapit sou demokrasi patisipatif la, nou te chwazi sis (6) gwo liy ki te kapab bay kèk oryantasyon pou yon pwojè rekonstriksyon tout bon vre epi ki reyèl pou peyi a: istwa,


12


Chapit 1 Wooldy Edson Louidor

Yon istwa ki gen lanvè ak landwat Nan kòmansman, se te Endyen yo ki t ap viv sou zile Espayòl yo te rele Ispanyola, jouk Ewopeyen yo te masakre tout nèt lè yo te rive. Depi lè sa, Ayiti vin tounen yon gwo depo esklav yo t al chache ann Afrik; men depi apre yo fin pran endanpans yo nan ane 1804, desandan esklav sa yo te rive jwi sèlman kèk ti moman kote yo te santi yo se granmoun tèt yo onivo ekonomik ak politik. Lè Christophe Colomb te debake 5 desanm 1492 nan premye zile “Nouvo Mond ” lan kote li te tabli li, li te santi li te nan yon paradi: «Gwo mòn yo ki te separe plèn yo ak vale yo ki t ap layite kò yo ; zwazo tout kalte, tout plim, tout plimay ; pyebwa yo ki byen wo, forè yo ki chaje … Yon bann ti zile ki antoure lanmè a tankou gwo zannimo ki ap bay sekirite. »

13

escreveu Silvio Zavala, autor de livros sobre a colonização espanhola nas Américas, descrevendo a impressão nada agradável causada aos “descobridores” do encontro com os habitantes originários da ilha. OSe konsa Silvio Zavala, ki ekri plizyè liv sou kolonizasyon espayòl nan Amerik la, te fè yon deskripsyon ki pa te bèl ditou sou sa Espayòl sa yo te panse lè yo te rankontre premye

Photo: Francisca Stuardo

Se ak mo sa yo plizyè tèks yo te ekri nan epòk sa te prezante zile sa a, Ayiti ak Repiblik Dominikèn pataje jounen jodi a. Premye kolonizatè yo te tèlman wè zilè sa te bèl, yo te ba li non Ispanyola (Hispaniola), ki vle di ti Espay, yon jan pou yo te rann peyi yo omaj. Men, nan menm moman an tou, kolonizatè espayòl yo te twouve premye abitan zile sa ki te yon paradi, Arawak ak Tayino yo, te sanble ak yon bann kreyati yo pa te janm rankontre nan lavi yo. Yo te rele yo Endyen paske kolonizatè yo ki di yo te “dekouvri” zile sa te kwè yo te rive nan End oryantal. « Endyen to te tèlman pa t sivilize epi yo pa te gen okenn kapasite, li te vrèman difisil pou ta imajine ou te kapab jwenn figi yon moun dèyè mask sa. Espayòl yo ki se premye moun ki te dekouvri Endyen yo pa te kapab konvenk tèt yo kreyati sa yo te genyen nanm ak kapasite pou rezone, men yo sèlman yon ti kras siperyè ak senj yo oswa jako yo, epi yo pa gen okenn jèn pou yo bay chen yo manje vyann lòt endyen parèy yo, yo trete yo tankou bèt. »


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat abitan ki te abite zile a. Espayòl yo pa te pran anpil tan pou deplotonnen tout entrisman ak materyèl yo genyen pou kolonize zile a, pou eksplwate min lò yo epi mete Endyen yo anba esklavaj paske yo konsidere yo enferyè ak yo epi yo pa sivilize. Kolonizasyon an te mache bradsi bradsou ak evanjelizasyon an. Epe ak lakwa se te Kòkòt ak Figawo. Se te konsa rankont ant de (2) mond ki diferan sa yo te fèt sou Zile Espayòl yo te rele Ispanyola. Rankont sa ta pral kreye yon istwa envazyon, kolonizasyon, dominasyon, rasis, anmenm tan tou yon istwa rezistans, rebelyon ak goumen pou libète. Yon istwa ki gen lanvè ak landwat…

Yon istwa envazyon ak rebelyon Istwa Ayiti gen anpil eleman ladan l nou blije pran an konsiderasyon; poutèt sa, nou blije fè yon ti prezantasyon jeyografik ak sosyodemografik peyi sa ki twouve li nan Karayib la, anvan nou rantre nan istwa li pou nou wè tout fòm envazyon li sibi yo ansanm ak tout rezistans li fè kont yo. Ayiti se yon peyi ki piti paske li gen sèlman 27.500 kilomèt kare, men se yon gwo peyi: li se premye Repiblik nwa nan mond lan. Li se yon senbòl. Li twouve li nan Karayib la; li pataje yon zile ak Repiblik Dominikèn, ki se vwazen li, kote majorite ladan abitan li yo gen po klè epi yo pale panyòl. Men majorite Ayisyen yo, plis pase 95% popilasyon peyi an, gen koulè nwa. Yo pale kreyòl ayisyen ak franse. Ayiti te ansyen koloni Franse yo, li te pran endepandans li nan lane 1804. Men yo te kenbe anpil eleman nan lakilti peyi sa ki te kolonize yo tankou lang nan, sistèm edikatif la, relijyon katolik la, sistèm lajistis ak anpil lòt eleman ankò. Poutan, Nwa pitit peyi Ayiti yo te rive konsève eritaj Afrik nou kapab wè nan teknoloji, nan lavi ekonomik peyi a, nan fason yo òganize sosyete a, nan zèv atistik, nan fòlklò ak nan lang nan. Anpil nan zanzèt Ayisyen yo sòti nan Gòlf Benen (yo te rele li anvan sa “Dawome”), yo te rele “kot Esklav yo” (nan lang franse, « côte des esclaves »), ak nan wayòm negriye Abome kote wa a te gen monopòl kòmès vann ekslav ak Ewopeyen yo pou machandiz tankou zam, bijou, enstriman… Se nan pò Wida kote yo te plis konn fè kòmès leskav. Wa a te konn vann prizonye li te konn kaptire nan lagè ak lè yo te anvayi lòt tribi. Jouk jounen jodi a, tradisyon kiltirèl ak relijye ki pi fò ann Ayiti se pa Fon yo

ak Yowouba yo (Mayi ak Nagô) ki soti nan Afrik Lwès; tout tradisyon sa yo, yo rele yo vodou. Yo konsidere Ayiti tankou peyi ki pi pòv nan kontinan an. Yon tranblemanntè te ravaje kapital peyi sa jou ki te 12 janvye 2010, epi vin mete abse sou klou nan yon sitiyasyon imanitè ki te deja konplike. Kondisyon lavi di, enstabilite politik ak dezespwa popilasyon an ap viv te blije plis pase yon ka (1/4) nan popilasyon an (ant mendèv bon mache ak sila yo ki se entelektyèl) pati kite peyi a pandan lane ki sot pase yo; migran sa yo plis ale nan Repiblik Dominikèn, nan kèk zile ki nan Karayib la, nan Amerik dinò, gen kèk ladan yo ki ale Ewòp ak nan Amerik disid.

Kolonizasyon espayòl ak rezistans Endyen yo Arawak yo se te premye gwoup endyen blan kolon Espayòl yo te touye. Endyen sa yo te konn resevwa etranje, yo te renmen lapè; sa te fè li te fasil pou Espayòl yo te kolonize yo. Menm Christophe Colomb te admire yo, mèm lè li te fawouche yo. Pa egzanp, li ekri sou yo nan jounal pèsonèl li: “Ak sèlman senkant gason, nou kapab gen kontwòl yo.” Endyen yo te espanta devan Espayòl yo ki te kriyèl anpil, tankou jan Colomb te ekri sa limenm. Lè yo te koumanse ap kaptire Endyen yo, ti vil Ispanyola yo te rete vid, san moun. Nan lane 1495, yo te chase mil senk san (1.500) Endyen epi yo te fèmen yo nan yon moso tè kote Espayòl yo ansanm ak chen t ap vizite yo; yo te pran senk san (500) ladan yo pou voye nan peyi Espay, de san (200) ladan yo te mouri nan vwayaj la epi yo te vann sila yo ki te rive vivan. Espayòl yo te koumanse chase Arawak yo; yo te pann ak boule anpil ladan yo. Lè Arawak yo te wè sa se konsa li ye, yo te koumanse touye pitit pa yo poutèt pou yo pa tonbe anba men Espayòl yo. Nan de (2) lane, mwatye nan popilasyon an ki te gen 250.000 abitan te gen tan mouri paske yo te sasinen yo, koupe nan manm yo oswa paske yo menm menm te pran desizyon touye tèt yo. Lè tout lò yo te fini, yo te fè Endyen yo tounen esklav, epi yo te mete yo nan gwo fèm yo te rele “Encomiendas”. Travay la te tèlman di Endyen yo te mouri pa pil pa pakèt. Nan lane 1515, te rete sèlman apeprè senkant mil (50.000) Endyen. Nan lane 1550, te rete sèlman senk san (500). Yon rapò ki

14


15

Ayiti pale


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat te ekri nan lane 1650 te esplike nan moman sa pa te rete ni yon Arawak ni okenn nan desandan yo. Se te yon pwen final pou premye abitan nan Zile a, Arawak yo. Se yon jenosid ki te fèt nan non “Sent Trinite” Christophe Colomb te konn lonmen tout tan nan jounal pèsonèl li ak nan tout rapò li te konn voye bay Kou wayal la nan Madrid.

Pou Arawak yo ak lòt pèp ki te abite kontinan tounèf sa, sa yo ta pral rele pi douvan “dekouvèt” la te vle di envazyon, kraze zo, esklavaj, rasis, jenosid. Pa te gen okenn dekouvèt nan Amerik la; sa ki te fèt, se kouvri yo te “kouvri lòt la”, tankou jan filozòf ajanten-meksiken an Enrique Dussel te byen di l la. Kolonizatè yo te fè Amerik la tounen “Nouvo Mond”, yo te fè abitan li yo tounen “baba” (ki pa sivilize), yon jan pou te kapab nye li paske li te diferan (li se Lòt la), pou yo pa te rekonèt li diferan ak yo. Yo te deklare Lòt la (Endyen yo) se baba li ye e yo te bay tèt yo misyon pou sivilize li, fè l tounen esklav. Yo te konsidere Lòt la se yon choz li ye, se pa moun li ye. Arawak yo, ki se yon pèp ki te renmen lapè epi ki pa te konn itilize zam, te blije òganize yo rapid rapid pou reziste anba kolonizatè kriyèl sa yo. Malgre Espayòl yo te pi fò nan kesyon militè, Arawak yo pa te lage kite sa; men yo te batay jouk yo pa te kapab ankò. Yo te ilize plizyè estrateji pou batay, pa egzanp, “mawonaj” kote yo te refijye yo nan gwo mòn yo epi nan lannwit yo te konn desann pou atake kolon yo. Youn nan chèf rezistans Endyen yo te rele Kawonabo. Nan lane 1522 li te pran kòmandman yon gwoup endyen mawon ki t ap reziste nan mòn yo kont Espayòl yo. Espayòl yo te rive mete men sou li, yo te arete li epi voye li nan peyi Espay; istwa rakonte li menm ak tout bato ki t ap mennen li nan Espay te pèdi nan lanmè a. Pèp endyen sa yo te òganize yo kòm si yo te yon sèl gason, plizyè kasik te reyini pou mete tèt yo ansanm epi pou lite. Senbòl rezistans Endyen yo se te Anakawona ki te larèn tayina nan tribi Magwana. Li te jwe yon gwo wòl nan kreye linyon, lapè ak antant nan mitan plizyè kasik. Men, Espayol yo ki te rize epi kriyèl anpil te rive kaptire Endyen yo epi touye yo ak tout chèf yo tankou Kawonabo ak Anakawona. Yo poko janm ekri istwa rebelyon Endyen sa yo kòmsadwa. Malerezman istwa ki vin jwenn nou se istwa moun

Anakawona nan penti yon atis fanm ayisyen ki se ekriven tou, Alexandra Barbot, te fè nan yon liv li ekri ki rele « Manman, pale m de Ayiti»

ki genyen laviktwa yo te ekri; istwa moun ki te pèdi batay la te disparèt. Krim Espayòl yo te fè kont pèp Endyen yo jouk yo elimine tout nèt (jenosid) mache bradsi bradsou ak eliminasyon istwa Endyen yo.

16


Ayiti pale

Apre Espayòl yo vin elimine tout Endyen yo nèt nan zile a nan plizyè fason tankou masakre yo, blije yo fè travay fòse, kite yo mouri grangou, kontamine yo ak mikwòb (Espayòl yo te pote (Page 17) anpil maladi ak viris tou nèf sou kontinan an) epi kèk nan Endyen yo te touye tèt yo, kounye a yo te bezwen mendèv ki tou nèf pou kenbe sistèm esklavaj la. Nan lane 1697, Lafrans fè Espay pase li pati ki nan lwès zile a (pati sa ki se Repiblik d Ayiti jounen jodi a) ; 2 peyi ewopeyen sa yo te siyen Akò Riswik, menm lè Franse yo te deja gen tan enstale yo sou pati Lwès zile a yo te rele Sen Domeng depi bò lane 1650-1670 yo. Youn nan Minis wa franse Louis XIV la, ki rele Colbert, te koumanse òganize sa yo te rele « kòd nwa » a nan koloni franse yo. Sèlman nan dizuityèm syèk la, te gen 864.000 esklav nwa ki soti ann Afrik ki te debake nan Sen Domeng; kidonk, se te yon mwayèn 8.000 chak lane nan lane 1720 epi yon mwayèn 40.000 nan lane 1787. Esklav yo te tèlman anpil, li te koute yon kolon franse mwens kòb pou l chanje tout esklav li genyen pandan yon sèten tan olye pou l ba yo manje epi kite yo fè pitit. Yo te maltrete esklav nwa sa yo, yo pa te ba yo manje, ni rad, yo pa te kite yo dòmi. Nenpòt rebelyon yo te fè, kolon yo te konn koupe moso nan kò yo oswa touye yo. Nan lane 1788 te rete sèlman nan Sen Domeng anviwon 500.000 esklav nwa, ladan yo 60% te fèt ann Afrik. Plizyè santèn milye ekslav te mouri nan fè travay fòse nan plantasyon kann, endigo, koton, kafe, kakawo. Se nan eksplwate esklav nwa yo ki fè Sen Domeng te vin tounen nan dizuityèm syèk la, sa yo rele “la Perle des Antilles” (Bijou Anti yo), sa vle di koloni ki te pi rich Lafrans te genyen. Pa egzanp, Sen Domeng se te premye pwodiktè sik ak kafe nan mond lan. « Pandan mwatye syèk sa, Sen Domeng te vin tounen koloni ki te bay plis lajan nan mond lan, paske li te pwodui plis richès pase trèz koloni ki te fòme pi ta Etazini Amerik », tankou jan jounalis Kevin Edmonds te siyale sa nan yon repòtaj li te fè nan 2010 pou Ajans Enfòmasyon nan Amerik Latin (ALAI). Men, esklav nwa Sen Domeng yo ta pral revòlte. Nwa mawon yo te koumanse fè rezistans. Fòk nou pa bliye

Makandal ki te gen yon sèl ponyèt ki te gen gwo konesans sou plant, zèb ak fèy bwa pou fè pwazon. Nan nwit, li te konn atake plantasyon yo, sous dlo yo, pyebwa ki bay fwi yo ak lòt tè kote bèt yo te konn manje zèb. Li te konn boule plantasyon kann ak kafe yo. Anplis mawonaj la ki te itilize menm estrateji ak sa nou rele jounen jodi a “geriya nan vil”, esklav yo te konn itilize lòt fòm rezistans. Pa egzanp, yo te konn kite plantasyon yo nan nwit pou ale reyini epi danse ak gwo kout tanbou, selebre seremoni vodou yo epi òganize lit ak lide, ak zam tou kont kolonizatè franse yo. Manuel Zapata, ki se yon ekriven ak antropològ afro-kolonbyen, di “vodou a se yon relijyon ki sot ann Afrik, li soti nan pèp Yowouba yo nan Dawome, li te melanje ak relijyon Bantou yo… Filozofi li chita sou makònay ki genyen ant yon moun ak zanzèt li yo epi ak orisha li yo [lwa li yo]”. Yo te konn itilize seremoni vodou yo pou rasanble esklav yo epi konekte yo ak zanzèt yo ki ann Afrik ki te konn voye mesaj pou yo atravè oungan yo, jeneralman mesaj sa yo se mesaj piman bouk kont sistèm esklavaj la epi ki chaje ak lespwa. Pa egzanp, seremoni vodou prèt jamayiken an Boukman te dirije nan Bwakayiman an, se li ki te bay siyal pou koumanse revolisyon ayisyen an. Pandan seremoni sa, Boukman te di “gen yon alyans ki te makonnen ant inisye yo ak gwo lwa Afrik yo, pou lagè a kapab koumanse san pwoblèm”. Epi li te di ankò « bondye blan yo voye yo fè krim. Bondye pa nou an menm reklame vanjans. Li ap dirije ponyèt nou, li pral ede nou. Annou kraze vye imaj bondye blan yo ki ap souse tout dlo nan je nou, annou tande vwa libète a ki ap rele nou ! » Gwo goumen yo te fè kont kolonizatè franse yo, se te ewo nasyonal Tousen Louvèti ki te dirije li apati lane 1791. Lè Franse yo te mete men sou misye nan lane 1802; anvan yo mennen li nan prizon Fòdejou nan Jira, peyi Lafrans, kote li mouri ak nemoni, vanyan gason sa ki te koumanse endependans lan te deklare: “Nou lage m atè, se vre, men se sèlman twon pyebwa libète Nwa yo nou lage atè. Pyebwa sa a ap pouse ankò pi rèd paske rasin li yo anpil epi yo fon.” Nan lane 1804, de (2) lane apre echèk Tousen Louvèti a, Nwa yo “te kale lame Napoleyon Bonapat la byen kale; Ewòp

17

Kolonizasyon Franse yo ak premye Repiblik nwa a


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat pa janm padone ansyen esklav yo imilyasyon sa a”, tankou jan ekriven irigweyen an Eduardo Galeano te ekri l la. Pandan tout diznevyèm syèk la, egzanp Ayiti te bay la se yon menas li te ye pou sekirite peyi sa yo ki te fonksyone ak sistèm esklavaj. Thomas Jefferson, ki te prezidan peyi Etazini soti 1801 pou rive 1809, te deklare yon fwa: viris rebelyon an se ann Ayiti li soti. Pa egzanp, nan Kawolin di

Tousen Louvèti, se atis plastisyen an Alexandra Barbot ki te fè li (nan http://mamanracontemoihaïti.com)

sid, lalwa te pèmèt ou mete nan prizon nenpòt ki maren ki gen koulè nwa pandan bato li a te nan pò a paske peyi a te gen gwo ris pou maren sa kontaje li ak viris anti-esklav la. E Brezil te rele viris sa “ayisyanis”. Alexandre Pétion, ki te prezidan peyi d Ayiti nan lane 1807, te ede Simon Bolivar ak Miranda nan ba yo minisyon ak zam nan lit yo t ap mennen pou libere peyi sidameriken yo. Nan yon lèt Bolivar ekri Pétion nan lane 1816 pou li di l mèsi, li ekri: « M pa konn kijan pou m di ou mèsi pou tout sa ou te fè pou mwen (...). M ap di ou ak tout kè m ou se premye byenfetè sou latè! Yon jou, tout Amerik la nèt pral pwoklame se ou ki te libere li, se ou ki te libere tout sila yo k ap kontinye soufri ankò, menm anba similak Repiblik la! M priye ou pou akspete, Mesye Prezidan, remèsiman patri m nan ap di ou (…) ». Ayiti te vin tounen senbòl rebelyon kont esklavaj sou tout kontinan an nèt, sitou nan Amerik Latin. Gwo pisans entènasyonal yo tankou Lafrans, Etazini, Angletè ak Lawolann, te bliye konfli yo te genyen ant yo pou mete yo dakò pou toufe revolisyon sa depi anlagan. Yo te tèlman deside yo pou fè sa, Lafrans fòse Ayiti peye 150 milyon fran lò swadizan pou dedomaje tout pwopriyetè franse ki te gen plantasyon yo poutèt yo te pèdi byen yo. “Pandan yon syèk edmi, Ayiti te peye Lafrans yon gwo tonton dèt paske li te koupab: koupab akòz li te pran libète li; men sa pa te sifi. Ensolans sa Nwa yo te fè a fè Blan yo nan lemond antye mal jouk jounen jodi a. » (Eduardo Galeano) « Desizyon (Ayiti) te pran pou peye dèt sa ki te plis pase lajan peyi a te konn rantre nan kès li, se te kòmsi peyi a te mare yon kòd nan kou li, yon kòd ki ta pral toufe li chak fwa li ta eseye bouje», se imaj sa ekonomis ayisyen Lesly Péan itilize pou esplike sa. Lajan peyi a rantre nan kès li, se te sèlman twa milyon dola, alòske dèt endepandans peyi a te gen pou peye a enjisteman te dis fwa plis pase lajan yo te ranmase chak lane. « Si nou ta vle fè yon konparezon, tèritwa Lwizyàn nan (sa vle di, kenz eta ki gen Midwès la ladann tou, ki te gen plis pase 2,14 milyon kilomèt kare), Lafrans te vann Etazini li nan lane 1803 pou 15 milyon dola (80.000 milyon fran), sa vle di mwatye pri Ayiti te peye pou endepandans li», dapre sa Péan kontinye esplike. Leta sa ki te tou jèn te blije mande mèt bank franse

18


Ayiti pale

Alexandre Pétion kore lit Simón Bolivar a, se yon tablo atis plastisyen Alexandra Barbot te penn

Tyèmond la nan Lafrans, te ekri li a. Tout kapital Ayiti te genyen yo nèt, menm sa li te genyen nan ekspòte kafe ak lòt resous natirèl li yo, li te voye yo an Frans pou li te kapab peye gwo tonton dèt endepandans sa. Ayiti te konn ekspòte tou nan peyi Etazini, Lafrans ak lòt peyi nan Ewòp matyè premyè tankou bwa. Pa egzanp, Lafrans ak Etazini te detwi anviwònman peyi a, nan fè tout sa yo te kapab pou eksplwate bwa ak min li yo. Pou li te kapab peye endepandans li, peyi a te blije pran kredi piblik ; sa te blije li tou adopte yon ekonomi ekspòtasyon olye yon ekonomi ki chita sou bezwen de baz sitwayen li yo ; li te blije voye bay ansyen metwopòl li tout kapital li yo ak resous li yo. Peyi sa ki te tou jèn pa te kapab travay pou rekonstwi tèt li, pou devlòpman li. Endependans sa Ayiti te fenk pran an, li pa t ap kapab ale lwen.

Okipasyon meriken ak rezistans peyizan yo Meriken yo te pwofite enstabilite politik Ayiti t ap viv akòz konfli ki te genyen ant divès gwoup politik (soti 1908 pou rive 1915, peyi a te pase nèf prezidan), pou okipe peyi a nan lane 1915. Sou pretèks yo vin estabilize Ayiti, Etazini te okipe peyi a, alòske rezon li te genyen an se te pou layite enperyalis ak kapital meriken nan peyi a nan enstale antrepriz li yo ki chita sou endistri sik ak bannann. Pandan okipasyon meriken an yo te vòlè anpil tè peyizan yo ak resous lajan Bank Nasyonal Repiblik d Ayiti (BNRH). « Okipan yo te koumanse sezi dwann yo epi bay City Bank Nouyòk Bank Nasyonal d Ayiti. E kòm yo te deja nan peyi a, yo te rete pandan plis pase diznèf lane ladann », dapre sa Eduardo Galeano ekri. Yon gwo kout lanbi pou koumanse lit rezistans la kont Franse yo. Yon tablo ki fèt ak estil « primitif », se youn pami yon pil ak yon pakèt tablo nou kapab wè nan lari ann Ayiti.

A Plizyè gwoup peyizan ayisyen yo te rele Kako, anba kòmandman Charlemagne Péralte epi apre sou lòd Benoît Batraville –apre yo te fin sasinen Charlemagne jou 31 oktòb 1920 nan Ench-, te òganize rezistans ak zam kont envazyon meriken yo epi yo te lite jouk sa kaba. Malgre yo pa te gen anpil zam, peyizan yo te fè plizyè

19

yo prete twa kredi pou : 30 milyon fran nan 1825, 15 milyon nan 1874 ak 50 milyon nan 1875, yon jan pou li te kapab peye tout dèt la nan 1897, ak tout enterè yo li te fin peye nan 1913. « Ayiti te peye yon gwo pri, epi dèt la se yon enstriman nouvo sistèm kolonizasyon an itilize pou kapab kontinye souse resous natirèl peyi a », tankou jan Sophie Perchellet, vis presidan Komite pou anilasyon dèt


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat ekspedisyon kont merin yo, sitou nan Pòtoprens. Men okipan yo te gen tan enstale yon sistèm kraze zo nan peyi a, epi yo te kreye Gad nasyonal pou te kapab kwape tout reyaksyon kont okipasyon an. Se pandan okipasyon meriken, soti 1915 pou rive 1934, kapital etranje rive ann Ayiti, sitou kapital Etazini, epi ki kontinye ak « ekosid la » (detwi anviwònman an) nan abandone ekonomi ki chita sou pwodui manje pou pèp la manje (otosibsistans) pou enstale yon ekonomi pou fè eskpòtasyon sizal, kann, kawotchou, bannann. Yo te rive fè sa nan pran ak lafòs tout tè (ekspwopriyasyon) ti peyizan yo kote yo te konn plante kafe, fwi, epi fè elvay bèt tankou kabrit, poul, bèf. Premye atik Lwa 22 sektanm 1922 a, pa egzanp, te di: «Yo dwe lwe tè yo bay moun oswa konpayi ki kapab montre yo gen lajan ak tout lòt kondisyon ki nesesè pou fè peyi a devlope, jan lwa sa di l la». Sitiyasyon eksplwatasyon sa peyizan yo te soufri a ta pral vin pi rèd nèt nan lane 1946, lè gouvènman Elie Lescot a te pwoklame dekrè 6 janvye 1945 lan ki te pèmèt antrepriz meriken yo, tankou Sosyete ameriken-ayisyen pou devlòpman agrikòl (SHADA), detwi plantasyon danre alimantè yo, pwodui agrikòl yo ak pye fwi yo. Gen kèk entèlektyèl ayisyen, tankou Franck Blaise nan liv li a ki rele Le problème agraire à travers l’histoire d’Haïti, ki te konpare jan yo te detwi anviwònman peyi a ak yon « dezas natirèl».

Diktati Duvalier a ak lit pèp la kont li Okipasyon meriken an te fini jouk nan lane 1934. Men, Etazini te toujou rete rèd kou ke makak (page 21) nan peyi a atravè Fòs Lame d Ayiti, sitou Gad Nasyonal la yo menm menm te kreye pandan okipasyon an. Lè Fidel Castro te fè revolisyon sosyalis nan Kiba nan lane 1959, Etazini te tou pran sa pou pretèks pou li te soutni diktati boutdi Duvalier a ann Ayiti. François Duvalier te eli prezidan nan lane 1957 ak sipò Etazini. Li te kreye yon milis paramilitè ki te rele li chèmèt chèmètrès, tonton makout yo, yon jan pou li te kapab kore pouvwa avi l la nan elimine tout rebelyon ak tout mouvman sosyal nèt; li te menm rive sasinen manm nan elit entèlektyèl peyi a ki te oze kritike pouvwa li a.

20


Ayiti pale

Tenb ki te fèt nan lane 1904 pou Alexandre Pétion, ki te prezidan soti 1806 pou rive 1818 apre Desalin te fin mouri.

Tenb ki te fèt nan lane 1988 pou rann Chalmay Peral omaj, se li ki te lidè Kako yo ki te goumen kont okipasyon meriken soti 1915 pou rive 1919.

Tela em arte primitivista, comum nas ruas do país representa o toque do início das batalhas de resistência contra os franceses

te enpòte yo pa te rive adapte yo tousuit nan peyi a, yo te blije kwaze twa (3) espès kochon diferan pou yo te kreye yon ras tounèf. Kwazman kochon yo te dire plizyè lane, sa te fèt san Etazini pa te bay okenn èd. Elvay kochon tounèf yo pa te janm kapab rive fèt menm jan ak kochon kreyòl ki te adapte yo ak jan peyizan yo te konn viv la. Kòlè pèp la te kontinye monte kont rejim boutdi Duvalier a, sitou nan lakanpay ak nan katye popilè yo. Medya yo, Inivèsite Leta d Ayiti (UEH) ak Legliz katolik, sitou Kominote Eklezyal Debaz yo (Ti Legliz yo), se te premye fòs yo (se pa te yo menm sèlman) ki te òganize mouvman pwotestasyon kont rejim Duvalier a. Yon gwoup pè katolik, ki te pwòch Teyoloji Liberasyon an ki te konn ap pale sou opsyon preferansyèl pou pòv yo, te jwe yon gwo wòl nan ateri mesaj liberasyon Jezi a nan reyalite Ayiti a epi nan envite pèp la pou transfòme- jan lafwa yo mande yo a- reyalite opresyon politik sa, lamizè, analfabetis, enjistis.... Te gen yon gwo mouvman sosyal ki te blije Jean-Claude Duvalier ale ann egzil; se konsa li te mete yon bout nan diktati boutdi fanmi Duvalier a ki te dire prèske 30 lane sou pouvwa a. 7 fevriye 1986 te make yon etap tounèf nan istwa peyi a; yo te rele li « dezyèm endepandans Ayiti». Yon lane apre, yo te ekri yon Konstitisyon demokratik, jan pèp la te vle l la; majorite popilasyon an te aksepte Konstitisyon sa ki te pwoklame nan entwodiksyon an « dwa pou tout Ayisyen jwenn lavi, dwa pou tout Ayisyen viv lib », tankou jan Nasyonzini te deklare l la nan lane 1948, yon jan «pou peyi d Ayiti kapab mèt tèt li. Pou li kapab mèt richès li. Dekwa pou tout Ayisyen egalego vre, e pou tout Ayisyen rive jwenn jistis tout bon vre », epi pou «demokrasi pouse bon rasin nan peyi a. Pou tout moun gen dwa swiv lide yo lib. Pou direksyon peyi a pa toujou rete nan men menm moun ak menm gwoup moun tout tan. Pou pèsonn moun pa janm ka rive rache dwa pèp Ayisyen nan men l ». Pèp ayisyen an te viv pou yon ti bout tan rèv li te genyen pou konstwi yon peyi ki gen demokrasi ladan l ; se yon rèv ki ta pral tounen yon kochma akoz yon bann rejim militè boutdi ki te dirije peyi a jouk nan lane 1994 ak yon bann koudeta. Koudeta nou plis sonje, se sa jeneral Raoul Cedras te bay prezidan Jean-Bertrand Aristide jou ki te 30 sektanm 1991 lan. Ansyen pè salezyen sa, ki te youn nan apot Teyo-

21

Koripsyon se te potomitan rejim Duvalier a. Fanmi Duvalier a te resevwa anpil lajan nan men mafya meriken, sitou mafya Nouyòk yo, ak nan vòlè resous peyi a. Anplis represyon ak koripsyon, lè Jean-Claude Duvalier, pitit François Duvalier, pran pouvwa a, makfabrik prezidans li an se te « liberalizasyon ekonomik » ak enstalasyon endistri manifakti/faktori (fabrik), sitou fabrik rad, pou ekspòte. Modèl manifakti sa, yo te prezante li tankou yon modèl pou devlòpman peyi a, nan plas pwodiksyon nasyonal la (sitou pwodiksyon agrikòl la) ; poutan, antrepriz miltinasyonal sa yo sèlman kreye yon ti kras djòb ki pa menm byen peye menm, epi yo pa kite kapital yo ann Ayiti, yo pa itilize matyè premyè peyi a, men yo pito enpòte yo nan Etazini. Sophie Perchellet esplike sa byen, lè li ekri « soti nan lane 1970 pou rive 1985, endistri manifakti a te kreye sèlman ant 40.000 ak 50.000 djòb, sa vle di apeprè 3.000 djòb chak lane ». Pèp la te vin ankòlè kont Jean-Claude Duvalier pi rèd ankò, lè li te deside touye kochon kreyòl yo nan lane 1978 anba presyon Etazini, Kanada ak Meksik. Twa (3) peyi sa yo te rekòmande pou touye tout kochon kreyòl yo nèt nan peyi a, paske yo di yo te pè pou lapès afriken ki te tonbe sou kochon yo –lapès yo te dekouvri nan Repiblik Dominikèn nan menm ane a- pa touye tout kochon ki te sou zile a. Masak kochon yo, ki se te yon potomitan nan ekonomi Ayiti a, te destabilize tout sistèm agrikòl peyi a paske peyizan yo te konn itilize kochon yo pou reziste anba lavi di ; sa te vin fè peyizan yo pa jwenn kòb pou plante, sa te vin rann yo pi pòv, pa jwenn manje pou manje, epi blije desann lavil. Yo te konsidere kochon kreyòl yo se kanè bank peyizan yo paske lè yo vann kochon yo, se ak lajan sa yo te konn voye timoun yo lekòl, ale lopital lè yo malad epi yo te konn itilize kòb sa pou lòt bagay tou. Yo te touye prèske yon milyon kochon kreyòl sou yon total ant 1,2 ak 1,9 milyon ki te genyen nan tout peyi a; se te yon dezas sosyal ak ekonomik, sitou pou peyizan yo, malgre yo te fè gwo rezistans kont desizyon kriminèl sa. Pa egzanp, gen ladan yo ki te kache kochon kreyòl dèyè nan lakou yo. Dedomajman yo te bay peyizan ki te gen kochon kreyòl yo te pi piti (7,5 milyon dola) pase tout lajan yo te koute ki te apeprè 60 milyon dola. Nouvo kochon yo


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat ALè li te fin retounen sou pouvwa, ak konkou administrasyon Bill Clinton lan, merin meriken yo ak kasble Nasyonzini yo, Aristide « pa te kapab di li pa dakò ak tout chanjman Fon Monetè Entènasyonal (FMI) la te enpoze li pou li te louvri mache peyi a, pou li te fè liberalizasyon finansye », tankou jan Camille Chalmers, kòdonatè Platfòm Ayisyen k ap Plede pou yon Devlòpman Altènatif (PAPDA), te deklare l la. Menm jan an tou, Sophie Perchellet te ekri: « Pandan Etazini t ap « retabli demokrasi », enstitisyon finansyè yo t ap pote « estabilite finansye ak devlòpman » ak plan ajisteman estriktirèl yo (PAS). Grandèt peyi a onivo ekonomik, politik ak finansye, yo te lage li nan men sila yo ki te prete li kòb, nan men gwo pisans yo ak nan men bondye mache a. »

Lit mouvman ki kont neyoliberalis Ansyen prezidan Jean-Bertrand

loji liberasyon an epi ki te chouchou katye popilè yo, yo te eli l kòm prezidan nan eleksyon ki te fèt nan desanm 1990. Fòs pwogresis ak mouvman popilè nan peyi a te chwazi l kòm kandida pou prezidan pou te kapab mete dlo nan diven kandida rejim divalyeris la ki se Roger Lafontant. Kandida Jean-Bertrand Aristide te genyen eleksyon yo paske li te ranmase 67% tout vòt yo nèt. Li te gen apèn sèt (7) mwa sou pouvwa lè fòs lame d Ayiti te ba li koudeta, ak konplisite gouvènman meriken George Bush (papa a), fòs divalyeris yo, boujwazi nasyonal la ak yon gwo pati nan zotobre legliz katolik yo. Kapital Pòtoprens te vin tounen yon larivyè san ak yon gwo prizon kote yo te kraze zo pèp ayisyen an ki pa te dakò ak represyon epi ki t ap mande pou demokrasi ak lòd konstitisyonèl la tounen tabli nan peyi a. Eduardo Galeano ekri: « Demokrasi nan peyi d Ayiti te nan kouchèt. Pandan vyek ti tan li te viv la, ti kreyati sa ki te grangou epi ki te tou malad te resevwa sèlman kalòt. Li te fèt nan kokenchenn fèt nan lane 1991, men yo te sasinen li lè Jeneral Raoul Cedras te pran Kazèn Desalin. Apre twa (3) lane, li te resisite. Apre Etazini te fin mete epi wete tout diktatè militè yo, li te retire epi remete Jean-Bertrand Aristide ki se te premye prezidan pèp la te vote nan eleksyon nan tout istwa peyi d Ayiti epi ki te anvi kreye yon peyi ki gen mwens lenjistis ladan l. »

Aristide, ki te yon pè salezyen, apot Teyoloji liberasyon epi idòl moun ki nan katye popilè yo ; yo te ba li koudeta epi voye li ann egzil pandan 2 fwa.

Depi nan lane 90 yo, Ayiti te tonbe anba depandans ekonomik, finansye ak militè, akoz mekanis liberalizasyon komèsyal ak finansye, akoz prezans militè ak plizyè «misyon pou lapè» Nasyonzini voye nan peyi a, akoz kontwòl politik piblik yo enstitisyon finansyè entènasyonal yo genyen. Depi nan lane 1986 ak 1987, otorite Ayiti yo te deja redui tarif dwann yo; sa ki te vin fè pwodui enpòte yo te anvayi mache lokal la. Mezi liberal diktatè Jean-Claude Duvalier te anonse yo te gen tan afekte pwodiksyon lokal la anpil. Pa egzanp, nan lane 1995, apre yon akò Leta te siyen ak FMI, taks dwann yo sou diri ki enpòte, sitou nan Miyami, te desann soti 35% pou rive 3%. Pwodiksyon diri ayisyen an te grenngole desann paske li pa te kapab fè konkirans ak diri meriken an ki te pi bon mache lontan. Nan lane 2008, plis pase 80% nan diri Ayisyen yo manje te soti nan Miyami. Gwo tonton ouvèti sa peyi a te fè ak mache a, nan redui anpil taks dwann yo sou pwodwi enpòte yo, te kraze pwodiksyon lokal la epi li te pwovoke yon gwo dezekilib ant enpòtasyon yo ak ekspòtasyon yo. « Valè pwodui peyi a te enpòte yo te pase soti 653 milyon dola nan lane 1995 pou rive 2,158 milya dola nan 2008 », selon sa Sophie Perchellet esplike. Menm jan an tou, kapital yo ki makonnen ak endistri manifakti yo, kapi-

22


Ayiti pale

Minista te rive ann Ayiti nan lane 2004, anba kòmandman peyi Brezil. Foto: Ana Nascimento/ABr

depandans ekonomik ak finansye enstitisyon finansyè entènasyonal yo, ki yo menm fòse Leta ayisyen an redui depans sosyal yo, mete pye li sou akseleratè privatizasyon konpayi piblik yo, epi louvri de (2) batan pòt mache li san li pa bay pwodiksyon lokal la okenn èd ni sibvansyon. Sa vle di: aplike plan ajisteman estriktirèl la. Yon lòt bò, enstabilite politik ki tabli kò li ann Ayiti akoz konfli ki genyen ant divès gwoup politik te blije peyi a aksepte, soti 1993 jouk jounen jodi a, senk (5) misyon sipò ak èd pou lapè: Minuah (Misyon Nasyonzini ann Ayiti), Manuh (Misyon api (page 24) Nasyonzini ann Ayiti), Mitnuh (Misyon tranzisyon Nasyonzini), Miponuh (Misyon lapolis sivil Nasyonzini ann Ayiti) ak Minista (Misyon Nasyonzini pou estabilizasyon Ayiti) ki nan peyi a depi 2004. Yo akize tout misyon pou lapè sa yo fè abi epi yo vyole dwa sitwayen ayisyen yo. Jounen jodi a Minista, ki se misyon tounèf Nasyonzini genyen nan peyi a, gen plizyè akizasyon sou do li; plizyè mouvman sosyal ba li jwèt non «fòs okipasyon». Yo akize li reprime manifestasyon sosyal yo epi komèt vyolasyon dwa moun, yo menm akize kèk nan manm li yo ki fè kadejak sou jèn gason ak jèn fi. Gen yon gwo lit ki koumanse kont prezans Minista epi pou mande li retire kò li nan peyi a san okenn kondisyon; lit sa, se sitou etidyan Inivèsite Leta d Ayiti yo, sitou etidyan Fakilte Syanzimèn yo, ki ap dirije li. Gen lòt mouvman sosyal tou, tankou ouvriye yo, peyizan yo ak òganizasyon fanm yo, ki ap kontinye mande chak jou pi plis pou kasble yo kite peyi a.Yo mande tou reparasyon pou plis pase 7.000 pitit peyi a ki viktim ak epidemi kolera militè ki soti Nepal yo te pote; yo mande jistis pou plizyè santèn jèn fi ak gason kasble yo fè kadejak sou yo. Akoz tout pwotestasyon sa yo k ap fèt, plizyè peyi tankou Brezil ki ap dirije kòmandman militè Minista a analize posiblite pou diminye kantite polisye ak militè yo gen nan misyon sa epi pou retire kò yo ti kras pa ti kras, tankou jan prezidan Brezil la Dilma Rousseff te anonse li lè li te vizite peyi a premye fevriye 2012. Menm jan an tou, ouvriye yo ak gwoup sendikal yo – lòt mouvman sosyal nan peyi a ap kore- te koumanse fè yon gwo lit kont privatizasyon antrepriz piblik yo, yon mezi ki te voye plizyè milye anplwaye nan chomaj. Pa egzanp, apre

23

tal yo ki soti nan enpòtasyon yo te ale aletranje, sitou nan peyi Etazini. Politik piblik yo ann Ayiti, ki se pi gwo zouti pou fè fas kare ak gwo pwoblèm peyi a genyen, se pa Ayisyen ki te defini yo, selon òganizasyon ayisyen PAPDA, se te «espesyalis enstitisyon finansyè entènasyonal yo (IFI), reprezantan misyon diplomatik yo ak òganizasyon entènasyonal ki akredite ann Ayiti, ansanm ak kèk biwokrat/teknokrat, politisyen ayisyen ak lòt swadizan manm sosyete sivil la». Plizyè dokiman yo rele dokiman politik piblik te rive fèt san sosyete sivil Ayiti a pa te vrèman patisipe ladan yo; men kèk ladan yo: Pwogram Ijans ak Reyabilitasyon Ekonomik, soti 1994 pou rive 2004; Plan Koperasyon Enterimè, soti 2004 pou rive 2006; dokiman Estrateji Enterimè pou Redui Povrete, soti 2006 pou rive 2008; dokiman Estrateji Nasyonal pou Kwasans ak Rediksyon Povrete, soti 2008 pou rive 2010; epi, dènyèman an (tousuit apre tranblemanntè 12 janvye 2010 lan), Post Disaster Needs Assessment / Evalyasyon bezwen yo apre dezas la (PDNA) ak Plan Aksyon pou Rekiperasyon ak Devlòpman Nasyonal (PARDN). Tout enstriman politik piblik sa yo, ki pa nan avantaj pèp ayisyen an, te fèt pou mete peyi a chak jou pi plis anba


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat otorite Ayiti yo te fin vann sosyete vyetnamyen Viettel 60% nan aksyon konpayi telefòn piblik Teleco nan mwa avril 2010, anplwaye yo revoke yo te òganize yon kokennchen manifestasyon kont privatizasyon an. Te gen youn nan ansyen anplwaye sa yo, Jackson Saintilus, ki te menm rive menase li pral touye tèt li si konpayi a pa peye tout kòb salè ak dedomajman yo dwe tout ansyen anplwaye sa yo yo te revoke enjisteman. Nan yon peyi kote plis pase 80% popilasyon ki gen laj ak kapasite pou travay nòmalman twouve yo nan chomaj oswa pap travay jan yo ta dwe a, otorite Ayiti yo te di envestiman prive etranje yo ap fè nan peyi a se sèl altènativ pou kreye djòb, yon jan pou fè mendèv ki genyen pa pil pa pakèt yo tounen yon «avantaj konparatif » sou mache entènasyonal la. Ak konsèy enstitisyon finansye entènasyonal yo, divès gouvènman te siyen yon seri akò komèsyal ak Etazini, atravè Lwa Hope I ak II, epi ak Inyon Ewopeyèn nan kad akò patenarya ekonomik. De (2) kalte akò sa yo te vize louvri peyi a bay pwodui meriken ak ewopeyen, san yo pa menm pwoteje mendèv lokal la ak pwodiksyon nasyonal la. Pa egzanp, lwa Hope la (ki vle di nan lang angle Haïtian Hemispheric Opportunity through Partnership Encouragement)- yo te renouvle nan lane 2007- dekrete de (2) peyi yo dwe louvri mache yo pou fè echanj komèsyal san youn pa egzije lòt okenn taks dwann, sitou pou pwodui tekstil yo ki soti nan manifakti yo (fabrik yo). HOPE I pa rive kreye 10.000 djòb li te pwomèt li t ap kreye nan twa (3) lane, soti 2004 pou rive 2007, men sèlman 3.000 djòb, sitou nan zòn franch yo. Anfèt, lwa sa nan avantaj sèlman kapitalis meriken yo (ak kèk biznismann dominiken) ki pwofite mendèv bonmache (ki kat fwa mwens chè pase nan peyi yo) ak liberalizasyon komèsyal Ayiti ofri a. Travayè nan endistri manifakti yo -yon gwo mouvman sosyal te kore sitou mouvman sendika Batay Ouvriye- te mennen nan lane 2009 yon lit pou mande ogmantasyon salè minimòm epi kont fòm esklavaj tounèf fabrik yo tabli ak konplisite gouvènman yo ak boujwazi nasyonal la. Ak sipò kèk palmantè, yo rive fè yo ogmante salè minimòm nan 200 goud (lajan ayisyen: 40 goud vo plizoumwen 1 dola meriken) ak 125 goud pou sektè fabrik la; sa se yon gwo viktwa ki te enpòtan kanmenm pou ouvriye yo.

Prezans sòlda Nasyonzini yo chanje lavi chak jou Ayisyen yo. Foto: Marcello Casal Jr. / ABr

Konsènan Akò Patenarya Ekonomik yo (APE), PAPDA dirije yon gwo lit depi nan lane 2007 kont zouti sa ki pou louvri mache ak kòmès peyi a; Inyon Ewopeyèn itilize zouti sa pou li anvayi mache ayisyen an ak gwo antrepriz li genyen yo pou founi sèvis sosyal ak pwofesyonèl yo, epi ak pwodui agrikòl li bay sibvansyon nan peyi li yo. Finalman, dèt eksteryè yo mete sou do Ayiti a se yon mekanis enstitisyon finansye entènasyonal yo itilize pou toujou gen kontwòl peyi a. Yo evalye dèt sa te monte jouk 1,9 milya dola meriken, anvan yo te anile yon pati ladan l ki se 1,2 milya dola nan mwa jen 2009. Yo te reevalye dèt sa nan mwa fevriye 2010, yo te jwenn li reprezante 890 milyon dola, ladan li « gen 41% peyi a dwe Bank Entèameriken pou Devlòpman epi 27% li dwe Bank Mondyal». Tousuit apre tranblemanntè 2010 la, divès mouvman sosyal ayisyen ak entènasyonal te mande non sèlman pou anile san kondisyon tout dèt eksteryè Ayiti a (ki se yon kòd yo mare nan kou peyi a), men tou pou repare dèt istorik, sosyal ak ekolojik yo dwe peyi sa ki nan Karayib la. Nan yon deklarasyon mouvman sosyal sa yo te fè nan mwa fevriye 2010 nan Inyon Nasyon Sidameriken yo (UNASUR), yo te mande òganizasyon rejyonal sa èd li pou kapab reklame dèt istorik, sosyal ak ekolojik gwo peyi yo dwe Ayiti:

24


Ayiti pale

Kapitalis dezas Menm lè tranblemanntè 2010 la fin kraze peyi a, gwo Nasyon ki pi pisan yo ak enstitisyon finansye entènasyonal yo pa te bouke anvayi, domine ak eksplwate Ayiti. Pa egzanp, tousuit apre trajedi a, Etazini te voye 20.000 merin ann Ayiti pou kontwole peyi a. Yon lòtbò, trajedi a te fè kominote entènasyonal la montre yon lòt fwa ankò preyokipasyon li pou peyi a. Divès fowòm ak lòt reyinyon entènasyonal te òganize (nan Monreyal ant janvye ak mas 2010, nan Sen Domeng ak Nouyòk nan mas 2010) sou koze rekonstriksyon Ayiti. Peyi tankou Etazini ak lòt peyi Ewòp te goumen pou wè kiyès ki pral chèf rekonstriksyon Ayiti, kote te kapab gen plis pase 9 milya dola meriken ki disponib pou depanse pandan 10 lane (selon pwomès peyi donatè yo te fè nan reyinyon Nouyòk la) ak anpil kontra tounèf epi ki enteresan pou antrepriz yo. Kominote entènasyonal la, anba kòmandman Etazini, te kreye Komisyon enterimè pou rekonstriksyon Ayiti (CIRH) ansyen prezidan meriken an Bill Clinton te dirije. Malgre yo di estrikti sa li dwe bilateral (alafwa ayisyen ak entènasyonal) epi misyon li se te pou kòdone jesyon travay

rekonstriksyon yo, men se gwo peyi yo ak òganizasyon kominote entènasyonal yo, sitou Etazini, ki te gen kontwòl li. Nan yon analiz espesyal Haïti Support Group te fè, yo te dakò ak kritik òganizasyon sosyete sivil la te fè depi lè yo fin kreye CIRH la. Yo te di CIRH la «yo te mal panse li, li pa fonksyonèl, li pap bay okenn rezilta » epi « li se yon estrikti ki la pa pou ede Ayiti ak ayisyen yo, men pou ede bayè yo ki bezwen kanalize konpayi miltinasyonal yo ak ONG yo», se sa Haïti Support Group te di. Yo kontinye pou di « pwojè sa yo se enstitisyon ki te toujou ap dirije Ayiti yo ki te fè l tankou: BID, Bank mondyal, Nasyonzini, USAID ak peyi donatè yo, ki te toujou pwomèt ase kòb pou yo te kapab jwenn yon plas nan konsèy administrasyon CIRH la ». « Moun ki te enplike yo, yo (CIRH) pa te janm konsilte yo pou konnen ki sa yo bezwen », se sa gwoup sa ki solidè ak Ayiti te esplike. « Si ou wè sèl otorite yo mete pou rekonstwi Ayiti apre tranblemanntè a, yo te mal panse li; epi estrikti yo ba li a pa adapte ditou ak li menm; se yon egzanp ‘kapitalis dezas’ ki choke nou epi se yon fenomèn nou konnen byen”, se konklizyon sa Haïti Support Group, ki chita nan Wayòm Ini, te fè. Òganizasyon dwa moun, moun ki pa gen kay yo ak lòt gwoup nan sosyete sivil òganize ann Ayiti yo te fè anpil manifestasyon, sitou nan lokazyon dezyèm anivèsè tranblemanntè a, pou denonse kondisyon difisil moun ap viv nan peyi a, jan pwosesis rekonstriksyon sa pa vanse ditou, sitiyasyon depandans, mank transparans nan jesyon fon yo epi, sitou, jan y ap degèpi deplase yo nan kan yo ak anpil vyolans.

Yon istwa vilnerablite sosyal ak rezilyans Pou konprann Ayiti apre 12 janvye 2012, fòk ou tounen dèyè, menm anvan tranblemanntè kriminèl sa ki devaste peyi a. Li enpòtan pou konprann trajedi sa se anpati rezilta vilnerablite sosyal ki te kreye pandan tout istwa peyi a. Se poutèt sa nou blije gade pwosesis ki lakòz vilnerablite sosyal sa ann Ayiti. Tranblemanntè a se te yon fenomèn natirèl ki te vin tounen yon dezas (oswa yon katastwòf sosyal) paske li te jwenn tout kondisyon vilnerablite yo nan peyi a nan tout nivo nèt. Se yon sitiyasyon ki koumanse depi nan istwa

25

Peyi a depanse 22% nan bidjè li genyen pou peye dèt eksteryè a. Sèlman nan lane 2005, Ayiti te bay Bank Mondyal 52,6 milyon dola anlagan pou dèt la (sa yo rele sèvis dèt la); se te yon kondisyon bank sa te mande li pou li te kapab prete li 1,5 milyon dola yo te ofri li nan Konferans bayè yo ki te fèt nan Wachintonn nan jiyè 2004. Poutan, menm apre Ayiti te fin peye, Bank mondyal te prete li 46 milyon dola; 80% nan kòb sa se te pou akselere privatizasyon senk (5) antrepriz piblik: dlo potab, elektrisite, telekominikasyon, pò yo ak ayewopò yo. Modèl sa te anfavè ouvèti mache yo, sitou pou pwodui agrikòl enpòte yo; sa te plis detwi pwodiksyon nasyonal tankou kafe ak diri. Jouk nan lane 1970-1985, Ayiti se yon peyi ki te kapab bay tèt li manje pou kont li ak sereyal, men kounye a 82% nan diri ki sou mache nasyonal la se Etazini li soti. Nan menm moman an tou, yo te ankouraje pou peyi a ekspòte pwodui ki pa antre nan tradisyon agrikilti l, nan fè li plante yon sèl kalte plant pou li kapab ekspòte, nan itilize pi bon tè li genyen, mendèv bonmache ak pestisid; sa ki lakoz li detwi sante ouvriye yo ak anviwònman peyi a.


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat

26


Ayiti pale

Konsekans tranblemanntè a Tranblemanntè a te pwovoke yon dezas ki kite yon gwo bilan: anviwon 300.000 moun te mouri, 1.000 moun te disparèt, 250.000 moun te blese, plis pase 30.000 moun te pèdi yon manm nan kò yo, 600.000 moun te blije kite Pòtoprens pou ale nan lòt depatman nan peyi a. Twa (3) milyon moun te afekte. Montan total domaj tranblemanntè a pwovoke nan peyi a rive menm pi plis pase 7,8 milya dola, sa vle di li pi plis pase 120% PIB peyi a nan lane 2009. Selon yon rapò Komisyon Ekonomik pou Amerik Latina ak Karayib (CEPAL) te fè annatadan, rapò sa rele Évaluation sectorielle des dégâts, pertes et besoins, « pousantaj Ayisyen yo k ap viv nan kondisyon ekstrèm povrete apre tranblemanntè a se prèske menm pousantaj la nou te anrejistre, sa gen prèske dis (10) lane, lè li te reprezante 70% popilasyon an ». Tranblemanntè a te afekte epi li kontinye ap afekte tout bon Ayisyen yo k ap chache bay sans ak sitiyasyon san sans y ap viv la; sitou pou sila yo ki te pèdi fanmi yo, rèv yo, byen yo, fason yo te konn viv anvan sa. Òganizasyon entènasyonal Medsen San Fwontyè (MSF) pale sou « maleng nou pa kapab wè» yo, sa vle di konsekans sikolojik katastwòf sa genyen sou sila yo ki toujou rete vivan fas ak sitiyasyon sa yo, kote yo pèdi fanmi yo ki mouri oswa ki disparèt, kote yo gen laperèz pou yo pa reviv kochma sa ankò (sitou apre replik tranblemanntè yo oswa apre yon lòt evènman natirèl), kote yo soufri anba twoub fizik (kè yo bat fò, yo gen doulè,

Tou Libète, ki se yon moniman Aristide te koumanse fè pou selebre bisantnè endepandans Ayiti, men ki poko janm fini Foto: Francisca Stuardo

pwoblèm nan je yo) oswa pwoblèm sikyatrik (nan tèt yo). Kriz imanitè Ayiti ap viv la, ki te vin pi grav apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, poko prèt pou rezoud. Sitiyasyon an toujou grav: gen 4,5 milyon moun (prèske mwatye popilasyon an) ki pa jwenn manje pou yo manje (ensekirite alimantè); epidemi kolera a ki touye plis pase 7.000 moun menase reparèt ankò; gen 550.000 moun ki pa gen kay ki rete kounye a nan 800 kan, selon enfòmasyon òganizasyon ayisyen ak entènasyonal bay. Nan yon vizit li te fè nan peyi a pandan de (2) jou nan mwa sektanm 2011 lan, sekretè adjwen pou zafè imanitè Nasyonzini an, Valérie Amos, te di tèt li chaje anpil pou sitiyasyon deplase ki nan kan yo. « Sitiyasyon viktim yo k ap viv nan kan yo pa miyò ditou, okontrè li vin pi mal », se sa li te di, detan li te esplike Nasyonzini resevwa sèlman mwatye nan 382 milyon dola meriken yo te mande pou kapab egzekite pwogram imanitè ann Ayiti. Deplase yo kontinye ap fè fas ak gwo pwoblèm pou yo kapab jwenn manje, dlo potab, ijyèn ak lòt dwa fondamantal yo genyen, alòske vyolans sitou kont fanm ap pouse kou move zèb nan kan yo. Kominote entènasyonal la rekonèt kriz sa ki gen arevwa ak sitiyasyon deplase yo nan vil Ayiti yo konplike anpil, akoz kay ki pa genyen epi povrete a menm k ap vin pi rèd, sa vin konplike tout solisyon ki te kapab jwenn pou retire deplase yo nan kan yo ak lòt solisyon ki pou yon tan ki pi lwen epi ki pi diy pou deplase sa yo ak pou kominote kote yo pral tounen yo. Objektif la se toujou kenbe Ayiti nan ajennda òganizasyon imanitè yo epi nan òganizasyon k ap travay nan kesyon devlòpman, se sa aktè entènasyonal yo panse. Dotanplis, peyi a vin pi vilnerab chak jou fas ak fenomèn tankou siklòn, tanpèt ak lòt ankò ki menase li chak ane nan sezon siklòn nan; li pi vilnerab tou ak lòt tranblemanntè fay jeyolojik yo kapab pwodui pi douvan, epi ak lòt maladi ak epidemi tankou kolera. Se kòmsi sa pa te sifi, gen yon gwoup ekspè, Eric Calais ki soti nan inivèsite meriken Purdue (Indyana) t ap dirije, ki bay enfòmasyon sa nan mwa oktòb 2010: « Fay Enriquillo-Plantain Garden (ki nan penensil sid nan zile Ispanyola) toujou gen gwo chay enèji l ap pran pandan plizyè syèk, li se yon malèpandje ki grav pou Ayiti, sitou pou Pòtoprens paske li kapab lakòz tranblemanntè ». Ayiti dwe kraze tounen anwon (sèk) vil-

27

sosyete a epi ki enfliyanse sou « kapasite li gen pou l pran devan, pou l fè fas kare, pou li reziste epi pou li leve kanpe apre gwo dega yon evènman natirèl ekstrèm ». Atitid sa devan fenomèn natirèl yo kondi nou tou dwat nan istwa vilnerablite peyi a. Vilnerablite Ayiti se rezilta yon pwosesis ki long anpil ki koumanse depi kolonizasyon espayòl ak franse jouk jounen jodi a; li pase nan okipasyon meriken peyi a te soufri pou li rive jouk nan ireskonsablite otorite Ayiti yo. Otorite sa yo pa te mete okenn politik piblik sou pye pou redui vilnerablite sa. Tranblemanntè 2010 la, ki te pwovoke pi gwo trajedi nan mond lan pandan dènye ane sa yo, te rann sosyete a vin pi frajil fas ak fenomèn natirèl yo ki kapab pase nan peyi a, menm jan tou li ogmante sik vilnerablite a ann Ayiti.


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat nerablite sa ki ap ogmante apre chak katastwòf natirèl fin pase; sa vin fè dènye a detwi yon tikras pi plis kapasite peyi a genyen pou li fè prevansyon sou sa k ap vini pi douvan an epi pou fè fas kare ak li pandan oswa apre li deklannche. Malgre vilnerablite sosyal sa ki te kreye pandan tout istwa peyi a, pèp ayisyen an te toujou montre yon gwo fòs pou li reziste; rezilyans sa, nou kapab wè li klè kou dlo kòk tousuit apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Se Ayisyen yo menm ki te koumanse sove, ak zong dwèt yo, konpatriyòt yo ki pa te kapab bouje oswa ki te antere anba dekonb yo. Yo te òganize tèt yo pou konstwi kan yo ak tant yo; yo te bay moun ki te blese yo premye èd ijans, yo te chache manje ak dlo potab pou lòt moun ki te viktim yo. Peyizan yo ak moun ki viv nan pwovens yo te montre yon kokenchenn solidarite ak moun ki te viktim anba tranblemanntè yo nan Pòtoprens; yo te ba yo manje pandan plizyè semèn. Fanmi peyizan sa yo « te blije itilize ti rekòt yo pou bay moun sa yo manje, e nou konnen peyizan sa yo se sou do yo agrikilti a chita », se sa Gérald Mathurin, ki se chèf rezo peyizan ayisyen sa ki rele KROS (Kòdinasyon rejyonal òganizasyon Sidès yo) te esplike. Malerezman, yo pa te janm bay gwo solidarite sa valè li te genyen: ni otorite peyi a, ni kominote entènasyonal la ni gwo medya yo te plis enterese montre de (2) twa (3) ka vyolans ant refijye ki t ap goumen pou èd imanitè. Fòk nou di tou yo te distribye èd imanitè sa san pa te gen kòdinasyon ant ONG yo, epi san yo pa te montre okenn respè pou diyite moun ki te viktim yo.

Koz istorik vilnerablite sa Tranblemanntè 12 janvye 2010 la te vin konplike epi mete aklè kondisyon difisil majorite pèp sa ki gen plis pase 10 milyon moun ap viv. Majorite pèp ayisyen an te deja sibi yon gwo eksklizsyon sosyal ki kreye povrete ak enstablite politik. Jouk rive nan lane 2009, 80% popilasyon ayisyen an t ap viv nan povrete epi 55% t ap viv nan povrete ekstrèm. Nan lane 2009 Ayiti te nan 142zyèm plas nan mitam 182 peyi nan mond la, selon yon rapò mondyal PNUD te fè sou endis devlòpman moun (IDH). Nan lane 2011, Ayiti te desann nan 158tyèm plas nan IDH la, selon òganizasyon Nasyonzini sa. Lasante ak edikasyon, se de (2) sektè ki te plis afekte. Li klè peyi a pap atenn Objektif devlòpman pou milenè

28


Ayiti pale Tablo 1 – Endikatè sosyal ek ekonomik Ayiti yo Tout Popilasyon an nèt (mil), 2009 Popilasyon k ap viv nan vil yo % Kantite timoun ki fèt chak ane (mil), 2009 Kantite timoun ki mouri chak ane (<5 lane) (mil), 2009 Kantite kòb yon moun fè chak ane (dola), 2009 Kantite lane yon moun kapab viv depi li fenk fèt (lane), 2009 % popilasyon an k ap viv nan povrete ak sèlman yon 1 $ US/chak jou, 1994-2008 Timoun ki pa kapab manje (<5 lane), 2002 Pousantaj moun ki konn li ak ekri, total granmoun (% moun ki gen lane 15 lane oswa plis pase sa), 2006

10.033 50 274 24 772 61 55 17 49

Sous: Bank mondyal, Fon monetè entènasyonal, Enstiti ayisyen estatistik ak enfòmatik (IHSI)

Malgre ris ki genyen pou kay ki sou pant yo ak sou mòn yo degrenngole desann, 2 lane apre tranblemanntè a te fin pase, lavi ap kontinye. Foto: Francisca Stuardo

Ayiti se youn nan 15 peyi ki gen plis inegalite sosyal (fòs kote) nan mond lan. Richès peyi a konsantre nan men kèk grenn moun, alòske pi gwo majorite a ap viv nan povrete. « Ayiti se yon peyi ki gen yon gwo tonton fòs kote », se sa ekonomis ayisyen an Marc Bazin te ekri nan lane 2006. Amerik Latin nan gen yon koyefisyan Gini -ki se yon mezi yo itilize pou kalkile nan ki nivo richès yo konsantre nan yon peyi- ki nan 0,56 (an mwayèn), sa vle di ki dis (10) fwa pi wo pase koyefisyan peyi ki devlope yo oswa peyi Sidès Azi yo. Mwayèn Ayiti genyen an se 0,63. « An Ayiti, 5% moun ki pi rich yo gen 50% nan tout kòb peyi a rantre, se sa ki fè li se peyi ki gen plis fòs kote nan Amerik Latin nan ». Katastwòf tranblemanntè a te lakòz la, se te sitou yon katastwòf sosyal poutèt eksklizyon an ak jan yo te pwodui vilnerablite sosyal la nan tout istwa peyi a, menm lè premye entèpretasyon yo te bay la ta vle fè konnen kòz katastwòf la ta gen arevwa ak bagay mistik. Yo te akize tradisyon vodou ki soti nan Afrik; yo te di se vodou a -yo te toujou konsidere tankou « zafè nèg nwè, nèg sòt, nèg ki pa janm avanse, koze sipèstisyon»- ki te lakòz katastwòf la, tankou jan pastè pannkotis la Pat Robertson, ki se avoka epi ansyen kandida prezidan nan peyi Etazini, te esplike poukisa tranblemanntè a te pase sou Ayiti. Li te repete devan anpil moun Nèg ayisyen yo te pran endepandans yo anba peyi Lafrans apre yon gwo seremoni vodou yo te fè kote yo te rele dyab nan mitan forè. « Dyab la ki te ba yo libète a te itilize

29

a (OMD) peyi manm Nasyonzini yo te bay tèt yo nan lane 2010 la. Pami uit (8) objektif peyi sa yo te vle atenn pou lane 2015 lan, nou kapab site : redui kantite timoun k ap mouri ; amelyore lasante manman yo epi fè tout timoun jwenn edikasyon primè. Menm si gouvènman Martelly a ak Unicef te di, nan kòmansman lane 2012 la, yo te ede plis pase 700.000 timoun ale nan lekòl primè, men rete anpil bagay pou nou fè pou tout timoun alawonnbadè kapab boukle sik fòmasyon primè yo pou lane 2015 lan. Kidonk, objektif la gwo anpil. Pousantaj moun ki ale lekòl ann Ayiti se apèn 60% li ye; 375.000 timoun ki gen ant 6 ak 11 lane pa janm mete pye ditou lekòl (omwens anvan lane 2012) ; anviwon 50% jèn yo ak granmoun ki gen plis pase 15 lane pa konn ni li ni ekri ; anviwon 1% sèlman nan popilasyon an ale nan inivèsite. Selon enfòmasyon Unicef bay. Yon gwo majorite nan jèn yo ki fini etid segondè yo (bakaloreya yo) pa kapab antre nan sèl grenn inivèsite Leta genyen nan peyi a, paske pa gen plas. Pa egzanp, fakilte medsin nan admèt chak lane 100 nouvo etidyan ki premye nan konkou admisyon li fè. Piske inivèsite prive yo chè anpil epi yo pa gen anpil plas tou pou reponn tout demand ki genyen, fanmi yo vin pa kab peye yo pou timoun yo. Demand lan ap ogmante chak jou epi pa gen anpil sèvis edikatif ki disponib, sa vin rann edikasyon an vin pi chè, sitou pou fanmi yo ki pòv yo. Se menm bagay la pou lasante. Mwatye fanm ansent yo pa gen posiblite pou jwenn laswenyay pandan gwosès yo, akoz pa gen enfrastrikti ak pèsonèl medikal (enfimyè, doktè); sitiyasyon sa te vin pi grav apre 12 janvye 2010 la. Pousantaj fanm ki mouri, nan lane 2006 la, se te 670 sou chak 100.000 timoun ki fèt ; prèske pa gen dout poutansaj sa ogmante apre tranblemanntè a. Anplis, politik pa depanse kòb -enstitisyon finansye entènasyonal yo enpoze epi divès gouvènman yo aplikete jwe yon gwo wòl nan redui depans sosyal yo, sitou nan domèn edikasyon, lasante, agrikilti. Depans sosyal yo pou kesyon lasante te diminye 7,37% nan lane 20012002 yo, epi 4.84% nan lane 2008-2009 yo; pou agrikilti a menm, yo te diminye 2,47% nan lane 2001-2002 yo epi 1,6% nan lane 2008-2009 yo. Envestisman Leta nan Inivèsite piblik la pa janm rive nan 1,35%.


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat

Se yon gwo kastèt li ye pou Ayisyen yo

tranblemanntè a pou li te kapab touche dèt Nèg ayisyen sa yo te dwe li an », se sa pastè meriken sa te di. Lide sa ki ta vle fè konnen Ayiti se yon peyi ki modi nan tout istwa li, se youn nan mit moun plis konnen sou peyi a. Mit ki ta vle fè konnen Ayiti se peyi dyab ale vini tou tan, li reparèt nan moman moun mwens panse ak li a pou vin entèprete evènman istorik yo ki ap pase ann Ayiti, sitou reyalite sosyal, politik ak ekonomik (pa egzanp, povrete a), ak istwa peyi a. Kanpay «rejte» (anti-superstition) –ki se te bonjan kwazad- Legliz katolik ak divès gouvènman te òganize nan lane 1845, 1869, 1896, 1915 ak 1942, pa te ase pou dechouke vodou a ak tout gangan li yo, manbo li yo ak vodouyizan li yo. Anplis, te gen yon gwo kanpay ki te fèt ki te vle fè konnen vodou a se bagay dyab, se yon jan pou yo te defòme vrè idantite vodou a genyen an epi pou yo te demantibile tout sa li reprezante pou idantite ak istwa Ayisyen yo. Nou repete ankò: trajedi tranble-

kapab jwenn dlo potab ak kouran. Foto: Ermanno Allegri

manntè a te pwovoke ann Ayiti gen kòz istorik, men li pa gen anyen arevwa ak koze mistik. Pa egzanp, peyi a pa t ankò menm vin reprann manm li apre 4 siklòn (Fay, Gustav, Hanna ak Ike) ki te devaste l soti dawout pou rive sektanm 2008; siklòn sa yo te touye 793 moun, yo te kite 548 moun blese epi yo te detwi 112.000 kay. Selon dokiman ofisyèl sa ki rele Rapò evalyasyon bezwen yo apre katastwòf: siklòn Fay, Hanna, Gustav ak Ike (Rapport d’évaluation des besoins post-catastrophe: Fay, Hanna, Gustav et Ike), dega siklòn sa yo te fè nan peyi a koute 897,39 milyon dola. « Dega sa yo ralanti dinamik ekonomik la, yo deteryore kondisyon lavi anpil fanmi, sitou nan vale Latibonit ki se rejyon kote yo pwodui diri nan peyi a ». Anplis, dokiman an kontinye, « gwo van ak lapli te koze anpil inondasyon, te detwi wout yo, pon yo, rezo elektrik yo, kay, lopital, lekòl ak biwo Leta ». Tranblemanntè a te jwenn yon teren ki favorab nan sosyete a pou li layite kò li, yon teren kote vilnerablite sosyal la t ap

30


Ayiti pale epi tout rezèv forè li yo ki detwi. Ant 15 ak 20 milyon pyebwa disparèt chak ane.

Yon peyi ki ekspoze anba fenomèn natirèl yo Anplis reyalite vilnerablite sosyal Ayiti a, peyi a ekspoze anpil anba fenomèn natirèl yo tankou siklòn yo ak tranblemanntè yo, akoz sitiyasyon jeyografik kote li ye a, topografi l, jeyoloji li ak jan estrikti jeyomòfolojik li a konplèks anpil. Ayiti chita kò li nan yon zile ki nan Antiy yo; se inyon plak tektonik yo (ki anba tè) nan Karayib la ak Atlantik la ki te fè li. Nan tan lontan, mouvman plak sa yo te pwovoke kèk tranblemanntè nan plizyè rejyon nan peyi a: nan Pòtoprens nan lane 1770 ak Okap nan lane 1847 ak 1887. Se yon gwo malèpandje pou popilasyon an. Anplis, chak ane soti premye jen pou rive 30 novanm, peyi a ekspoze anba yon bann siklòn, tanpèt twopikal ak gwo konsekans yo genyen tankou inondasyon, glisman tè… Men yo pa janm pran tout mezi pou fè prevansyon oswa pou redui konsekans yo. Pa egzanp, nan mitan mwa sektanm 2008 la, jeyològ ak sismològ ayisyen an Claude Preptit te avèti nan plizyè medya nan peyi a : « Piske peyi a abitye genyen anpil tranblemanntè ki te devaste li nan tan lontan, nou dwe atann nou sa kapab pase ankò pi devan nan nenpòt ki moman, paske chak syèk pote yon tranblemanntè tètchaje ». E ekspè sa te menm bay konsèy sa yo: « Chak kalte ris (ki makonnen ak chak kalte fenomèn natirèl) gen makfabrik li, egzije pou gen yon apwòch ak konpetans ki mache ak li. Kidonk, nou dwe prepare yon plan pou reponn chak kalte ris epi pou edike popilasyon an sou yo chak, yon jan pou adopte yon konpòtman ki rezonab fas ak chak fenomèn natirèl sa yo nan moman yo pase a. » Men ni otorite yo ni popilasyon an pa te okipe enjenyè a ak lòt ekspè ki t ap preche epi ki kontinye preche nan dezè sou ris ki makonnen ak fenomèn natirèl ki kapab pase sou peyi a. Gen anpil bagay gouvènman ayisyen yo ta dwe fè nan kesyon politik piblik pou fè prevansyon sou katastwòf yo, sa vle di pou « evite fenomèn natirèl yo (tankou siklòn, eripsyon volkan yo, tranblemanntè yo, ewozyon kot yo, inondasyon yo...) vin tounen katastwòf sosyal », tankou jan PAPDA te fè remake l. Li ijan pou nou koupe fache ak vilnerablite sosyal sa ann Ayiti k ap degrenngole. Pou sa ka rive fèt, se pa sèlman pou

31

pran manm pandan kèk mwa, kèk lane, e menm pandan kèk syèk. Nou raple tout pwosesis degradasyon anviwònman peyi a, ki koumanse depi nan kenzyèm syèk la ak kolonizasyon espayòl boutdi a, ki kontinye ak okipasyon Franse yo, epi ak okipasyon Meriken yo, anrezime depi « rejyon Amerik Latin nan ak Karayib la te rantre nan pwosesis fòmasyon sistèm mondyal modèn nan, nan founi pwodui alimantè, matyè premyè epi nan tounen yon resèv resous ». Depi yon bon valè tan, peyi kolonyalis ak kapitalis yo te deja eksplwate twòp tè nou yo (nou kapab menm di, ekosistèm nou yo) nan vòlè resous natirèl nou yo pou mennen yo nan Nò (peyi ki rich yo). Nou kapab menm pale sou « ekosid » (destriksyon anviwònman an). Kolon espayòl yo te vòlè min lò yo epi yo te touye tout endyen yo ki t ap viv nan Ispanyola. Deja nan lane 1792, selon sa jounalis Vario Serant ekri, sa vle di twa (3) syèk apre Christophe Colomb te fin « dekouvri » Ayiti, pa te rete prèske anyen nan bèl forè Ewopewen yo te jwenn lè yo te rive a. « Ispanyola pa te menm paradi Christophe Colomb te dekouvri a ». Gwo eksplwatasyon sa yo te fè ak tè yo te kontinye pi plis toujou ak kolonizasyon Franse yo. « Anplis, yo te koupe pyebwa yo pou yo te kapab plante kann, se sa ki te fè yo te plis detwi tè Sen Domeng yo. Bwa se te sèl sous enèji yo te konn itilize pou boule kann lan. Esklav yo te konn koupe bwa yo paske mèt yo te ba yo lòd pou fè sa», dapre sa Serant esplike. « Pandan endepandans lan menm, klas dominan yo te kontinye ekspòte bwa ak kann. Pandan tout diznevyèm syèk la, yo te kontinye ekspòte bwa ak kann pou peye dèt endepandans lan, malgre Ayiti se te premye peyi ki te kreye ofisyèlman yon rezèv forè », selon sa yon bann mouvman sosyal, ladan yo PAPDA, te ekri. Pandan okipasyon meriken an, soti 1915 pou rive 1934, sèlman nan Nòdès peyi a yo te debwaze 32.000 ekta nan forè yo pou yo te kapab plante sizal, pou to te kapab pwodui fib pou ekspòte aletranje. Povrete a, ki enstale nan peyi a apre plizyè dizèn lane peyi a viv anba politik liberal ak koripsyon, te blije Ayisyen yo koupe pyebwa pou kapab fè chabon 70% nan popilasyon an itilize pou kwit manje. Pratik koupe pyebwa yo san reflechi epi boule forè yo pou kapab plante se kèk kòz (pami lòt ankò) ki fè jounen jodi a peyi a sèlman genyen 2% kouvèti forestyè


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat

Sinema pou nou pa mouri de bra kwaze Francisca Stuardo Premye siy ki fè li te wè bagay yo pa t ap mache byen, li te wè li sou do kay li. Arnold Antonin te gen ant 16 ak 17 lane, li te ka menm genyen 15 lane, selon sa li sonje, lè li wè yon moun mouri; pandan li te rete sou do kay li, li te wè kouman yon fonksyonè diktati Papa Dòk te touye moun sa san bri san kont paske li t ap vòlè yon mamit ki te gen yon ti pyebwa ladan l. Arnold ki te tou jèn lè sa t ap gade sèn sa, li te wè kadav kò moun sa kouche nan lari a, alòske moun ki te touye l la t ap pouse lòt moun ki t ap pase nan lari a epi ki te pwoche pou gade kadav la. « Depi lè a, mwen te konprann pi byen sa sa vle di opresyon nan yon peyi, vyolans y ap fè sou pòv yo, sou popilasyon an », se sa Arnold sonje jounen jodi a li gen 67 lane, li pase 20 lane nan egzil, li te fè tout kalte etid nan prèske tout domèn syans sosyal, li fè prèske 40 fim dokimantè, premye lon metraj ki fèt ann Ayiti, li resevwa plizyè pri entènasyonal, epi apre li te tounen nan peyi kote li te fèt. Avèk lide sa li gen nan tèt li sou koze diktati a, li te klè kou dlo kòk pou li fòk li te patisipe nan mouvman rezistans kont diktati a. Se pou sa tou manman li te mande li pou l kite peyi a pou ale etidye ekonomi nan peyi Itali. Li te vin yon nesesite pou li pou l fè sinema ak lòt pwodui odyovizyèl. Se konsa li te fè premye dokimantè li nan lane 1973, kote li te denonse ak tout fòs li diktati Duvalier a. Ak yon gwoup etidyan, li te depoze yon dokiman akizasyon nan tribinal Bertrand Russel pou li fè kominote entènasyonal la konnen gwo tonton krim diktati sa t ap komèt nan peyi a. « Se te premye fim Ayisyen ki te angaje tèt yo nan lit Ayiti t ap mennen kont diktati te fè nan peyi etranje- te gen youn nan konpayon yo ki te pale dirèk kont rejim boutdi a. Tout bagay te sere byen fon paske tout moun te pè pale pou yo pa kraze zo yo. Se te yon bagay ki te enpòtan anpil paske li te bay fòs ak tout deklarasyon ki te fèt libelibè kont diktati a », se sa li raple l pandan

li chita nan biwo l nan Sant Petion Bolivar k ap fè pwomosyon pou gen deba politik nan Pòtoprens. 25 minit sa yo Antonin te fè sou rejim Duvalier a, nan lane 70 yo, te sifi pou li konprann byen nan yon kilti « oraliture » (oralite ak literati) nou gen ann Ayiti, fòk nou fè sinema. « Prèske pa te genyen pwodiksyon materyèl odyovizyèl pou te kapab bay tout denonsyasyon kont diktati a plis fòs. M te renmen sinema anpil, men sa ki te fè m plis rantre nan domèn nan se paske m te vle fè moun yo pran plis konsyans nou pa kapab kontinye lit kont diktati a nan itilize sèlman tèks ekri. Fòk nou te fè sinema », se kòmantè sa li fè. E se konsa premye lon metraj li a ki rele « Haïti, le chemin de la liberté » (« Ayiti, wout libète a ») te rive, li te yon mwayen pou fè konprann apati yon pèspektiv lokal –menm lè li te lwen peyi a- se istwa ki te lakòz epi ki te pèmèt yon dikakti ki t ap fè tout bagay lèd sa yo kont sitwayen peyi a te ekziste. Se te yon mwayen etidyan sa –Antonin te ye nan epòk sa- te itilize pou fè mond la konnen konplo sa ki te fèt kont memwa istwa pèp li a, tankou jan li menm menm rele mank ankourajman kont kilti popilè a. Nan epòk sa li te rejwenn tou Inyon etidyan ayisyen yo ki te nan peyi etranje, li te jwe wòl sekretè jeneral. Li te vwayaje ann Ewòp pou chache bourad ki te kapab pèmèt yo dechouke diktati a, li te ekri editoryal ak atik nan jounal. Li te mobilize tout fòs li nèt pou te kaba ak opresyon epi pou li te kapab tounen nan peyi l Ayiti. Lè anfen li te rive tounen nan lane 1986, li pa te rankontre menm peyi li te eseye fè moun reflechi sou li a pandan li te aletranje a. « Premye enpresyon m te genyen an : m te wè tout bagay nèt te bèl, menm bagay ki te santi yo. Rejwenn lari kote m te abitye mache yo, kèk lye ou ta di ki pa chanje ditou malgre tan ap pase, menm moun yo pa te sanble chanje anpil. Men gen kèk lòt lye ki te depafini tou. Lè m te rantre, apre 20 lane m te deyò, peyi a te depafini anpil. »

32


Arnold Antonin, otè « Haïti, le chemin de la liberté », ki te pale sou diktati Duvalier a ak tout gwo krim li te fè kont sitwayen yo. Foto: Francisca Stuardo

33

Ayiti pale


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat gouvènman ayisyen yo aplike bonjan politik piblik, men tou fòk enstitisyon finansye entènasyonal yo (IFI) remèt Ayiti tout dèt enjis yo te fè li peye yo, fòk Lafrans remèt peyi a tout dèt li te fè nou peye pou endepandans la, e sitou fòk nasyon endistriyalize ki rich yo respekte obligasyon moral yo genyen pou ede Ayiti ak lòt peyi yo ki prèske pa pwodui « gaz ak efè sèr » kontwole oswa redui dega sou anviwònman yo. Gen prèv sou sa: « enpak chanjman klima yo (akoz planèt tè a ki ap chofe) fè dezas yo ogmante pi plis epi pi fò, sitou fenomèn idrometeyorolojik (sa vle di fenomèn ki makonnen ak dlo lapli epi ak kesyon klima) nan Amerik Latin ak nan Karayib la ».

la; 4) epi yo te bay moun yo te vle bay yo. Sa vle di mas ansyen esklav yo pa te gen posiblite pou jwenn tè nan premye distribisyon sa yo, ni pandan refòm agrè ki pral fèt aprè yo. Refòm agrè premye prezidan ayisyen yo te fè te kontinye kreye ak kenbe sitiyasyon esklizyon ansyen esklav yo (oswa nouvo lib yo); nou kapab di se sèl premye prezidan an, Jean-Jacques Dessalines, ki te gen kouraj pou dekrete tout pwopriyete yo (sitou tè yo) kolon franse yo kite se pou Leta ayisyen yo ye, amwenske moun ki di se pou yo li ye a (pitit Franse yo oswa lòt moun ki te pran tè Franse yo) kapab montre tit propriyete li di li genyen an. Se konsa pwopriyetè tè yo te mete tèt yon ansanm ak gwo zotobre nan lame nouvèl Repiblik d Ayiti a pou sasinen Dessalines nan lane 1806, de (2) lane apre peyi a te pran endepandans li. Apre lanmò Dessalines, prezidan Alexandre Pétion te pataje tout tè ki nan Lwès ak Sid yo ak ofisyèl yo epi ak kèk sòlda.

Yon istwa eslikzyon sosyal ak lit pou liberasyon Istwa Ayiti se te yon istwa rebelyon kont « elit lokal » la ki « sinik », selon sa yon jounalis nan Le Monde diplomatique, Christophe Wargny, te ekri nan yon liv li fè sou Ayiti. Selon ekriven sa, elit la te kenbe mas nèg nwè yo ki te fenk pran libète yo nan yon sitiyasyon istorik esklizyon sosyal. Akote istwa envazyon eksteryè ki te fèt kont Ayiti ak pwodiksyon vilnerablite sosyal epi istwa rezistans ak rezilyans pèp ayisyen an, fòk nou pale tou sou istwa esklizyon sosyal entèn ak lit liberasyon an pèp la ap mennen depi endepandans peyi a nan lane 1804 jouk jounen jodi a. Fòk nou pale sou youn nan gwoup sosyal yo plis mete sou kote nan peyi a, poutan li se mwatye nan popilasyon ayisyèn nan. Se peyizan yo ki te toujou viv viv nan yon sistèm ki sanble anpil ak esklavakaj depi lè peyi a fin pran endepandans li. Pa egzanp, depi lè gwo zotobre yo te fin pataje tè kolon blan franse yo te kite apre 1804, ane Ayite te pwoklame endepandans li, gwo mas ansyen esklav yo te vin libelibè, men yo te toujou rete pòv paske yo pa te jwenn tè. Boujwazi tounèf la ak Ayisyen ki rich yo te pran tout gwo pwopriyete ak tout tè ki bon yo (yo te di yo gen san franse nan venn yo epi se te byen papa yo), epi yo te kite pou mas pèp nwa a ti pwopriyete yo ak moso tè yo ki andeyò. Lè yo pa lwe yo tè sa yo oswa mete yo travay sou yo kòm demwatye. Premye prezidan ayisyen yo te ofri tè Franse yo te kite yo bay: 1) Jeneral lame yo ak gwo chabrak sivil yo; 2) ofisye lame yo ak sivil yo ki gen fonksyon ki plizoumwen enpòtan; 3) sòlda yo ki te montre anpil devouman nan lit pou endepandans

Lè nou gade de (2) lane apre tranblemanntè a Palè nasyonal la poko janm rekonstwi, sa se yon siy ki fè nou wè eta sitiyasyon politik peyi a. Foto: Ermanno Allegri

34


Ayiti pale okipasyon meriken an (1915-1934). Jouk jounen jodi a, peyizan yo toujou kontinye ap mande yon refòm agrè tout bon vre, pwoteksyon dwa fondamantal yo epi pou yo jwenn sèvis sosyal debaz yo. Anfèt, povrete a chita jounen jodi a plis nan zòn riral Ayiti yo. Plis pase 82% nan peyizan yo ap viv nan povrete. Youn nan konsekans esklizyon peyizan yo se egzòd riral la (sa vle di peyizan ki ap debake nan gwo vil yo, sitou nan kapital Pòtoprens) ki ap fè kenken depi nan lane 80 yo, tousuit apre yo te fin touye kochon kreyòl yo nan lane 1978. Jounen jodi a, gen plis pase 2 milyon moun (sou yon total 10 milyon moun) k ap viv Pòtoprens, nou imajine nou tout pwoblèm sa pote tankou: bidonvil kote gen anpil povrete, moun ki anvayi tè san yo pa gen papye, konstriksyon kay pil sou pil, fatra, anviwònman k ap depafini, ti kòmèsan k ap vann nan lari (ak lòt aktivite nan kòmès enfòmèl), popilasyon ki pa jwenn sèvis ak

35

Henri Christophe ki te pwoklame tèt li « Wa nan Nò Ayiti » te fè menm jan ak Petyon nan lane 1819. Men bagay la ta pral vin pi grav, se lè Jean-Pierre Boyer te vin prezidan peyi a; li te kreye Gad riral pou te pran tè peyizan yo epi li te blije peyizan sa yo ak tout pitit yo travay tè gwo pwopriyetè yo ki te ba yo sèlman manje ak lòt ti favè. Dapre Kòd Riral la Boyer te dekrete, « asosyasyon peyizan yo pa gen dwa pou yo jere bitasyon yo, yo menm » (Art. 30); « peyizan yo pa gen dwa pou abandone bitasyon an, amwenske yo gen pèmisyon pou fè sa »; (Art. 70); « pitit kiltivatè yo gen menm kondisyon papa yo genyen » (Art. 178); « mete yo anba pouvwa lapolis riral epi reprime tout vagabonday ak kalewès » (Art.136, 143, 174, 180). Lè Boyer te fin rache manyòk li, peyizan yo te òganize yon lit nan lane 1843-1844 pou mande pou ba yo tè Leta yo ki abandone yo, detan yo te mande tou pou pitit yo te kapab ale lekòl primè. Lit sa te kontinye sou plizyè fòm jouk rive nan


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat

Jean-Yves Blot, yon entelektyèl ayisyen ki vin tounen gangan, prèt vodou. Foto: Francisca Stuardo

« Houngan » kreyòl la Francisca Stuardo Se lè diktati Duvalier a te rache manyòk li, etnològ Jean-Yves Blot te tounen ann Ayiti bò lane 1988 yo. Nan epòk sa, li te deja gen yon lisans nan Istwa ak Syans Sosyal nan peyi Meksik, epi nan Teyoloji ak Antropoloji nan peyi Kanada. Misye gen menm nivo etid ak moun ki fè pati elit la. Blot ki te teyorik anpil epi ki pa te nan milye kilti popilè a, admèt li te rive gen yon rega kritik sou istwa peyi li se lè l te deja tounen yon otorite kòm etnològ. « Lè mwen te rantre, mwen te koumanse vizite tanp vodou yo, pale ak ayisyen yo epi viv andedan tanp yo. E se la m te rann mwen kont se te de (2) mond kiltirèl ki te depaman », se sa li di jounen jodi a, apre 24 lane depi li te vin tounen gangan. Li te fè tout sa li konnen: al fè vizit epi rete pou kèk tibout tan nan mond vodou a, poze kesyon, fè rechèch, yon jan pou li te kapab refè konsepsyon li te genyen sou mond lan an jeneral. Pou li te kapab konprann ki sa li te bezwen epi ki sa pèp ayisyen an, ki pa nan sant pouvwa yo, te vle a. « Si moun yo pa patisipe nan konstwi sa yo vle a ak sa yo kapab vin ye a, sa pap mache », se sa li di pandan li chita nan biwo li nan fakilte Etnoloji Inivèsite d Ayiti a. Nan pakou sa misye te fè a, li te rankontre pa aza sila

ki t ap vin tounen mèt espirityèl li. Se te nan yon deba nan televizyon, anviwon sis (6) ane aprè li te koumanse fè rechèch li yo, kote li te rankontre bab pou bab gangan Sonson. Blot te rankontre yon nèg ki te inisye nan vodou depi lè li te gen 13 lane, li te vin gangan lè li gen 19 lane, li se pitit yon lòt gangan ak yon manbo, epi li se pitit pitit yon lòt gangan moun konnen byen anpil ki nan Leyogàn. Apre deba sa nan televizyon, yo toulède vin zanmi. Epi apre Blot vin manm Sosyete djab andèy sale rezon 7 ti lanp. Nan lane 2000, Sonson te vin tounen papa kanzo li, sa vle di moun ki te inisye l. Nan menm ane a, li te fini ak pwosesis la: nèg kreyòl la te aprann chante yo, lapriyè yo epi li te pran ris pou konprann lòt pati nan kilti l. Li te fini pwosesis la nan yon seremoni ki te dire sis (6) jou li te fè an gwoup, yon jan pou li te kapab peye mizisyen yo ki te jwe tanbou pandan seremoni yo. Epi tou pou bèt yo te blije sakrifye yo tou. Nan menm moman an tou, Blot te kontinye ap pwogrese nan etid li yo sou istwa Ayiti, men li pa te fin fè yo. Jouk jounen jodi a, sa ki plis atire atansyon li, se lè li wè vèsyon istwa ki ekri nan liv lekòl yo se « dlo sikre yo ye »: « Lè mwen te koumanse ap li liv sou lit kont esklavaj ak sou lit kont kolonizasyon, mwen te konprann se nan konba sa yo kilti ayisyèn nan fèt, e li te fèt pou li rete djanm, pou l pwoteje lavi ».

36


Ayiti pale

Gravura de batalha dos haitianos contra a dominação francesa

Fanm yo ap fè gwo batay kont esklizyon

exposta no Museu Nacional

Fanm yo se yon lòt gwoup sosyal tou ki viktim esklizyon sosyal, ekonomik, jiridik ak politik nan tout istwa peyi a. Pa egzanp, selon yon etid Ministè ayisyen Kondisyon fanm ak Dwa fanm te fè nan lane 2007, yo te konsidere Ayiti se yon peyi kote pousantaj vyolans nan fwaye (volans domestik) te pi wo. Nou kapab wè diskriminasyon kont fanm nan lalwa peyi a, nan jan yo limite patisipasyon fanm yo nan lavi piblik la, nan djòb ki pa genyen pou fanm yo oswa nan jan yo peye fanm yo mwens lajan pou menm travay y ap fè ak gason yo, epi nan patisipasyon yo ki vrèman fèb nan desizyon k ap pran nan fwaye yo, nan lavi sosyal, politik ak ekonomik peyi a. Menm lè se yo ki potomitan fanmi yo (43% nan fanmi monoparantal yo, se fanm k ap dirije yo) ak peyi a, sitou nan moman difisil yo, fanm yo se youn nan gwoup ki pi vilnerab. Nan rapò li te pibliye nan mwa janvye 2011, Amnistie Internationale te denonse « vyolans seksyèl la, ki se yon fenomèn k ap layite kò li ann Ayiti depi anvan janvye 2010, men li te vin pi grav apre tranblemanntè a akòz yon seri kondisyon tounèf ki vin rann li pi fasil pou fèt. Asistans otorite yo te konn abitye bay la vin redui anpil akòz pòs polis yo ak tribinal yo ki te detwi; sa te vin rann li te pi difisil pou denonse ka vyolans seksyèl yo ».

Foto: Francisca Stuardo

37

enfrastrikti de baz yo, pousantaj delenkans la k ap ogmante… Anplis frajilite sosyete a ap ogmante chak jou pi plis fas ak fenomèn nou sot site la yo. Depi peyi a te pran endepandans li jouk jounen jodi a, peyizan yo pa reziye yo ak sitiyasyon esklizyon y ap viv la. Yo reziste kont esklizyon sosyo-istorik sa, nan òganize rèvol, leve kanpe ak nan lit ak zam nan men, malgre anpil nan mouvman sa yo te echwe. Youn nan pi gwo revandikasyon yo se pou yo jwenn tè pou yo kapab pwodui olye pou yo travay pou gwo pwopriyetè tè yo anba yon rejim ki sanble ak esklavaj. Yon lòt revandikasyon yo genyen se pou yo finanse yo pou yo kapab devlope agrikilti a. Nan yon kontèks kote peyi a anba dominasyon yon politik kòmèsyal “louvri de (2) batan pòt mache a”, kote y ap aplike politik neyoliberal san gade dèyè epi kote y ap koupe sou depans sosyal yo, otorite yo depanse chak jou mwens kòb pou ede agrikilti a devlope. Nan lane 2012 PAPDA te mande palmantè ayisyen yo pou yo pa te ratifye akò entènasyonal yo ki mande pou fè liberalizasyon ekonomik, sitou tout akò ki te siyen ak Inyon Ewopeyèn, Etazini, FMI ak lòt enstitisyon entènasyonal yo. Selon òganizasyon sa, “akò sa yo reprezante yon malèpandje ki anpeche kore ak devlope pwodiksyon nasyonal la epi fasilite popilasyon an jwenn sèvis sosyal de baz yo ». Pa egzanp, Akò Patenarya Ekonomik yo (APE) « egzije pou liberalize 82% nan tout sektè pwodiksyon peyi a genyen », sa t ap oblije « pwodiktè nou yo fè konkirans dirèk ak agrikiltè Inyon Ewopeyèn yo ki gen teknoloji ki pi avanse epi ki jwenn chak jou pi plis finansman nan men gouvènman pa yo », selon sa dokiman an esplike. Peyizan ak pwodiktè agrikòl Ayiti yo twouve yo nan yon kalfou istorik ki enpòtan, kote y ap resevwa menas chak jou pi plis anba men liberalizasyon kòmsèsyal la ak gwo antrepriz miltinasyonal yo. Pa egzanp, plis pase 1.200 peziyan ayisyen, ant fanm ak gason, te fè yon gwo mach nan mwa me 2010 la kont « yon kado pwazonnen » 475 tòn semans transjenik antrepriz Monsanto te bay peyi a apre tranblemanntè a. Miltinasyonal sa « te pwofite tranblemanntè a pou li rantre nan mache vann semans ann Ayiti », selon sa peyizan yo te denonse paske yo te konsidere don sa yo ta pral atake agrikilti peyizan yo ak byodivèsite anviwònman an.


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat Malgre anpil nan dirijan fanm yo te mouri nan tranblemanntè a, mouvman fanm yo ann Ayiti kontinye ap lite kont sistèm patriyakal la ak vyolans sou fanm, epi y ap goumen pou fanm egalego ak gason epi pou amelyore kondisyon fanm yo. Pa egzanp, touswit apre trajedi a, plizyè òganizasyon fanm ann Ayiti te mete tèt yo ak òganizasyon fanm nan Kostarika ak Repiblik Dominikèn pou monte yon pwojè pou bay fanm yo asistans medikal, bay jounalis yo materyèl kominikasyon epi distribye kèk manyèl sou Dwa Moun bay fanm yo. Òganizasyon fanm ayisyen yo, tankou Solidarite Fanm Ayisyen (Sofa), Enfofanm, Kay Fanm ak anpil lòt ankò, kontinye pwoteste ak lite chak jou kont vyolans sou fanm, kont agresyon seksyèl epi kont tout fòm diskriminasyon fanm yo ap sibi nan tout depatman nan peyi a.

panche yo sou sitiyasyon malouk peyi sa k ap lite depi endepandans li nan 1804 pou li kenbe, pou li ekziste. Men, apre kèk mwa te fin pase, Ayiti te disparèt nan ajennda medya sa yo ak nan opinyon piblik entènasyonal la. Tout bagay te tounen jan li te ye anvan. Tout bann prejije ak mit yo sou Ayiti te retounen pi rèd kou ke makak. Tout diskou ki ta vle di yon bagay tounèf oswa diferan sou Ayiti (yon anti-diskou) dwe fè fas kare ak tout prejije sa yo ki kache vrè istwa peyi sa genyen nan fè nwa, sa vle di istwa sila yo ki anba yo, istwa Ti Noël yo. Istwa: li pa sèlman pou sila yo ki anvayi peyi a, domine l, men tou li se istwa rebèl yo: istwa rebelyon an. Istwa Ayiti se istwa yon gwo goumen ant sistèm esklavaj-kolonyalis-rasis ak rebelyon esklav nwa yo ki egzije libète pa sèlman pou tèt yo men pou tout moun ki te anba esklavaj. Ayiti se premye zile kote Christophe Colomb te rete depi 5 desanm 1492, epi se premye repiblik nwa ki endepandan nan mond lan.

Dominasyon eksteryè Èske nou kapab rive yon jou koupe fache ak istwa dominasyon etranje, pwodiksyon vilnerablite sosyal ak esklizyon entèn ann Ayiti? Kont-istwa Ayiti rakonte nou peyi sa te toujou genyen yon istwa envazyon ak rebelyon, dominasyon eksteryè ak rezistans, vilnerablite sosyal ak rezilyans, esklizyon sosyal ak lit pou liberasyon. Sa vle di : envazyon an pa janm gen dènye mo. Pou nou pa janm bliye pawòl rebelyon an, fòk nou koupe fache ak vyolans ki ap fèt tou tan nan sèvo nou, ak yon kalte diskou ki ta vle jistifye depandans militè, finansye, politik ak ekonomik Ayiti twouve l ladan l lan. Diskou sa ap repete yon bann prejije sou Ayiti tankou pa egzanp : « Ayiti se peyi ki pi pòv nan emisfè oksidantal la » (olye li di se yon peyi yo fè vin pòv), « Pa gen anyen ki bon ki kapab sòti ann Ayiti », « Se yon Leta ki anfayit », « Pa gen lespwa pou Ayiti », « Se peyi vodou, maji nwa, dyab », « Se yon sosyete ki vyolan epi ki pa gen okenn istwa demokrasi ak lalwa », « Istwa Ayiti se istwa kote Nwa ak Blan (milat yo) ap goumen pou pouvwa », « Peyi sa se yon malèpandje li ye pou sekirite nan rejyon an ak nan kontinan an »… Anfen, yon pakèt prejije ki anpeche nou konnen laverite sou peyi sa ki gen yon istwa ki pa sanble ak okenn lòt epi ki gen yon lanvè ak yon landwat : laverite sou pase li ak sou lavni l. Ayiti se yon peyi yo pa byen konnen nan mond lan. Trajedi ki te pase nan mwa janvye 2010 la te fè gwo medya yo

Yon istwa envazyon ak rebelyon

Prezans fanm yo enpòtan anpil pou rekonstwi peyi a, paske fanm yo se yo ki rete la pou elve timoun yo nan kondisyon povrete ki malouk anpil. Foto: Francisca Stuardo

Fòk nou fè kont-istwa Ayiti, nan sans Foucault te defini mo kont-istwa a, pou nou kapab rive « mete nan menm istwa a yon lòt eleman ki se dwa rebelyon an». Nou panse eleman ki kle pou konprann istwa Ayiti a se rebelyon, pa sèlman envazyon yo, kolonizasyon an, okipasyon, esklavaj... Rebelyon an pèmèt nou rakonte istwa a yon lòt jan: apati lanvè istwa a, nan ti twou li genyen ki tou louvri yo. Rebelyon an se li ki pèmèt nou fè kont-istwa a ki mete istwa tout bon vre a sou de (2) pye l, istwa moun ki anba yo, istwa ki pa parèt nan istwa ofisyèl yo oswa ki parèt ak gwo kouch poud sila yo ki te anvayi peyi a epi ki te bat nan batay yo mete sou figi istwa a. Kont-istwa a goumen kont istwa yo vle nye a, pou li sove memwa a ak lavni an. Yon pèp ki pa gen konesans ak konsyans sou pase l pap kapab konstwi lavni l. Yo te defòme laverite sou istwa Ayiti ki se yon istwa rebelyon. Annou li sa istoryen irigweyen an Eduardo Galeano di sou sa Ayiti reprezante pou istwa: « Ale konsilte nenpòt ki ansiklopedi. Mande ki premye peyi ki te pran libète l nan Amerik la. Ou ap toujou jwenn menm repons la: se Etazini. Men Etazini te deklare endepandans li, alòske nasyon sa te gen 650.000 esklav ki te rete nan kon-

38


Ayiti pale

O chamado da concha simboliza o ancestral toque para as batalhas que levaram o Haiti à sua independência, ainda hoje os camponeses utilizam o instrumento em suas manifestações em defesa de seus direitos . Foto: Thalles Gomes /MST

Tankou jan entèlektyèl meriken an Noam Chomsky di l la, yo te pale nou sou yon lòt Ayiti e gen « anpil konfizyon yo kreye sou istwa sa yo fè ekspre defòme a ». Sanble manti yo, erè yo ak mit yo rive genyen batay la kont laverite. Annou mande sa moun konnen pi plis jounen jodi a sou Ayiti, apa prejije yo ak manti yo te toujou ap di sou istwa peyi sa. « Yon ti kras oswa anyen ditou », se sa Eduardo Galeano reponn. «Ayiti se yon peyi ki envizib. Se apre tranblemanntè a te fin pase nan lane 2010 epi ki touye plis pase de san mil (200.000) Ayisyen, lemond antye te pale sou li. Trajedi a te fè li okipe, pandan yon tibout tan, premye plas nan nouvèl tout medya yo”, toujou dapre ekriven irigweyen an. « Ayiti disparèt. Ayiti pa la ankò. Nan memwa nou, nan me-

mwa a. Ayiti se yon reyalite li ye pou Ayisyen yo, yon repitasyon pou lòt yo, epi sitou… yon imaj, ki lèd anpil, tankou yon maleng ki ap bay san, yon kònichon. Ayiti te janm ekziste ? », se kesyon sa jounalis franse Christophe Wargny poze nan liv selèb li a Haïti n’existe pas. (…). Nou te ekri tou nan yon atik ki te pibliye pa gen lontan: « Nan imajinasyon Amerik Latin, Ayiti egziste, men se tankou yon zonbi. Anfèt, anpil sitwayen nan Amerik Latin pa menm konnen sou ki kontinan Ayiti ye. Nan kèk kote nan rejyon an, lè y ap pale sou Ayiti se tankou yo t ap pale sou yon peyi ki sou kabann lopital, ki ap bay dènye ti souf li… ». « Ayiti pa ekziste », « Ayiti envizib », « Ayiti se yon fantom »… Se yon bann ekspresyon ki fè nou wè destriksyon istorik Ayiti ap sibi. Men, istwa Ayiti se te toujou yon istwa rebelyon, depi lè Ewòp te kolonize l jouk nan lane 1804 lè peyi sa te vin tounen premye repiblik nwa ki endepandan. Rebelyon ki ap kontinye jouk jounen jodi a. Li lè li tan pou nou reekri kont-istwa Ayiti sa fas ak tout fòm destriksyon ki ap fèt kont istwa li.

39

disyon sa pandan yon syèk, e konstitisyon li te deklare yon Nwa vo sèlman twa senkyèm (3/5) nan sa yon moun nòmal vo. E nan nenpòt ki ansiklopedi ou ale, chache ki peyi ki te fini ak esklavaj la, repons la se toujou Angletè. Men premye peyi ki te fini ak esklavaj la se pa Angletè, men se Ayiti ki toujou kontinye ap peye pou gwo peche sa ki se diyite l. »


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat Rekonstwi pase a pou nou kapab konstwi yon lòt Ayiti Apre tranblemanntè 2010 la, tout diskou sou Ayiti yo te pale anfavè nesesite ki genyen pou rekonstwi oswa refonde peyi a. Men yo pa te ensiste ase sou nesesite pou analize baz konstriksyon oswa refondasyon tounèf sa pou bati yon lòt Ayiti. Gwo tonton kesyon an se konnen sou ki sa nou vle konstwi Ayiti tounèf sa, sou wòch oswa sou sab, si nou ta vle itilize imaj Labib sa (Matye 7 : 24-27). Konstwi sou wòch, sa vle di kraze vire anwon (sèk) vilnerablite a, istwa envazyon an, pwodiksyon frajilite ak esklizyon sosyal sa, depandans militè, ekonomik, finansye ak politik la. Mete baz yo pou konstwi yon lòt Ayiti sou wòch, sa vle di rekipere istwa rebelyon an fas ak tout fòm istorik envazyon ak esklizyon. Se nan libere kont-istwa Ayiti a, n ap kapab rive rekonstwi lòt Ayiti a yo prèske pa konnen an : Ayiti ki ap fè rezistans kont tout diskou sa yo ki ap chache nye idantite li, kilti l, fason l ap viv, konesans li epi, sitou, istwa tou bon vre li genyen an. Ayiti ki revòlte kont elit lokal la ki mete tèt li ak sila yo ki anvayi peyi a epi ki se lènmi mas pèp la yo mete sou kote. Pou nou kapab konstwi yon lòt Ayiti, nou blije rekonstwi yon lòt istwa, istwa moun ki anba yo, istwa rebelyon an, istwa yo te defòme a. Ayiti, depi lè te gen endyen yo rive nan moman Nwa afriken yo te debake yo, se te toujou yon senbòl rebelyon kont envazyon, yon « flewo » rebelyon pou lòt peyi ki anba dominasyon. Menm jan an tou, gwo majorite Ayisyen nwa yo elit lokal la te toujou mete anba esklizsyon sosyal ak dominasyon militè, se yon egzanp rebelyon yo ye. Lit san pran souf y ap fè a (Page 43) montre klè kou dlo kòk li posib pou konstwi yon lòt Ayiti ki libelibè, ki granmoun tèt li, kote gen demokrasi ak bonjan lavi pou tout pitit li yo. Menm Ayiti sa pèp la te reve lè li te vote pou konstitisyon 1987 la. Kont tout fòm sa yo ki itilize pou mete li anba kòd, pèp ayisyen an te toujou itilize tou kalte estrateji pou li pran istwa l nan men l. Nou kapab konte sou dwèt nou moman yo kote pèp ayisyen an te rive mèt istwa li, tankou pa egzanp lè li te pran endepandans li nan lane 1804, lè li te voye diktati Duvalier a ale nan lane 1986, lè li te vote pou prezidan Jean-Bertrand Aristide nan lane 1990. Ma-

Mize Panteyon Nasyonal la te sove anba tranblemanntè a Foto: Francisca Stuardo

lerezman moman sa yo pa te dire anpil tan paske dirijan politik peyi a, ak konplisite elit lokal la, peyi enperyalis ak neyo-kolonyalis yo, te toujou fè konplo pou kraze sa. Jeneralman pèp ayisyen an toujou itilize kreyativite l, san pale anpil, pou li fè rezistans epi pou li konstwi altènativ kont esklizyon sosyal, represyon politik, dominasyon eksteryè, povrete ak tout lòt kalte pwoblèm. Pèp ayisyen an se yon egzanp rezilyans, pasyans ak kreyativite pou lemond antye. Yo te toujou konn fè vyolans sou lespri pèp ayisyen an, nan itilize tout kalte kòd mantal pou mare li. Kalte vyolans sa, yo te fè li depi nan tan lakoloni, pa egzanp kolon yo te fè li sou esklav yo pou yo te kapab aksepte kondisyon yo kòm esklav epi reziye yo. Jounen jodi a, nou kapab wè se menm kalte vyolans sa yo itilize sou fòm « lòd mondyal tounèf », « demokrasi », « globalizasyon », « devlòpman » e menm « Koperasyon entènasyonal », « èd imanitè »… Jounen jodi a, fòk nou vijilan fas ak tout mo sa yo y ap itilize e menm abize (ideyolojikman) pou pwodui epi repwodui kalte vyolans sa sou lespri nou. Amezi gwo medya entènasyonal yo ak lòt enstans k ap pwodwi diskou dominan yo ap simaye vyolans sa nan plizè kalte fòm, li enpòtan pou nou fè yon kont-diskou ki kapab fè tande vwa rebelyon an ann Ayiti kont envazyon, esklizyon sosyal ak depandans. Vwa -ki pap fè anpil bri- sila yo k ap lite chak jou pou viv, k ap òganize yo pou yo travay ak kreyativite epi ak pasyans pou yon devlòpman altènatif ; pou yon kominikasyon popilè altènatif ; pou peyi a granmoun tèt li nan zafè manje ; pou relanse pwodiksyon lokal la (agrikilti, atizana, leve zannimo kreyòl yo tankou kochon, kabrit, poul) ; pou desantralizasyon, pou pwoteksyon anviwònman an ; pou plis moun kapab jwenn bonjan sèvis lasante, edikasyon ak dlo potab ; pou dwa moun yo, sitou dwa gwoup ki vilnerab yo tankou fanm yo, timoun yo, andikape yo… ; pou dwa lojman, yon jan pou moun kapab jwenn bonjan kay ki konstwi bon kote epi kote moun kapab viv ; pou Ayisyen yo kapab patisipe nan rekonstriksyon peyi yo ; pou lite kont kolera, kont okipasyon… Anfen, pou tout gwoup ak mouvman sosyal ayisyen yo ki reprezante lavni peyi a.

40


41

Ayiti pale


Yon istwa ki gen lanvè ak landwat

Ayiti ekziste?

Frei Betto

Frei Betto se yon jounalis, yon ekriven, li se otè plis pase senkant piblikasyon, epi li se konseye plizyè mouvman sosyal. Tèks sa te pibliye jou ki te 29 janvye 2010 sou sit wèb sa www.adital.com.br

Nan kòmansman diznevyèm syèk la te gen de (2) Franse, Edouard ak Jules Verreaux, ki te vle fè yon ekspozisyon zannimo moun pa abitye wè nan peyi yo; pou tèt sa, yo te vwayaje ale jouk nan Afrik di sid. Nan moman sa, fotografi potko envante; e sèl fason yo te genyen pou yo te satisfè piblik la ki te gen anpil kiryozite, se te, apa desen ak penti, itilize teknik taksidèmi, sa vle di ranpli ak pay po kadav zannimo sa yo oswa trennen yo tou vivan nan jaden zowolojik yo kote yo gade zannimo. Nan mize fanmi Verreaux te genyen, vizitè yo te kapab admire jiraf, elefan, makak ak rinosewòs. Men, yo te vle gen yon nèg nwè tou nan mize a. Se konsa de (2) frè sa yo te itilize teknik taksidèmi sou yon nèg nwè epi yo te ekzpoze l nan yon vitrin nan Pari; yo te mete nèg nwè a kanpe sou de (2) pye militè l ak yon lans nan men l, epi yon boukliye nan lòt la. Lè mize sa vin tonbe anfayit, fanmi Verreaux te vann koleksyon an. Francesc Darder, ki te yon veterinè katalan (nan peyi Espay) epi premye direktè jaden zowolojik Baselòn nan, te achte yon pati nan koleksyon sa, ki te gen Afriken an ladan l. Nan lane 1916, li te louvri pwòp mize pa li nan Banyoles, an Espay. Nan lane 1991, doktè ayisyen an ki rele Alphonse Arcelin te vizite mize Darder. Nèg nwè sa te rekonèt nèg nwè parèy li. Se te premye fwa yon moun te di bodyab pou mò sa. Endiyasyon te monte Arcelin, li te fè yon deblozay ak sa toupatou, nan moman Jwèt Olenpik yo ta pral koumanse nan Baselòn. Li te mande tout peyi afriken yo pou yo pa patisipe nan Jwèt sa yo. Komite olenpik la te blije fè entèvansyon pou mande yo retire kadav la nan mize a. Lè Jwèt Olenpik yo te fini, popilasyon Banyoles la te koumanse ap fè deba. Anpil ladan yo te menm pèmèt rive di vil yo a pa dwe pèdi pyès tradisyonèl sa ki fè pati patrimwàn kiltirèl yo. Men Arcelin te gen tan mobilize plizyè peyi afriken, Òganizasyon pou inite Afrik, e menm Kofi Annan ki te sekretè general Nasyonzini nan moman sa. Lè gouvènman espayòl Aznar te wè bagay la koumanse mare nan men l, li te deside voye kò a tounen nan peyi kote li te sòti a. Se konsa yo te retire Nwa sa nan katalòg kòm pyès koleksyon mize a, epi yo te rekonèt li se yon moun tankou tout moun. Anfen, li te rekipere dwa li genyen pou yo antere l kòmsadwa nan peyi li Botswana.

Bò lane 60 yo, nan peyi Brezil te gen yon revi ki rele Realidade ki te pibliye yon repòtaj ki te eskandalize tout peyi a; tit repòtaj sa se te «Piaui a egziste? ». Se te yon fason pou te atire atansyon Brezilyen yo sou youn nan depatman ki pi pòv nan Brezil, ni moun ki sou pouvwa yo ni opinyon piblik la bliye nèt. Tranblemanntè ki te ravaje Ayiti a te fè nou poze kesyon sa: Ayiti ekziste? Jodi a, wi. Men èske li te ekziste anvan tranblemanntè a te detwi li ? Ki moun ki te preyokipe pou lamizè nan peyi sa ? Ki moun ki te mande tèt li poukisa Brezil te voye twoup militè li yo paske Nasyonzini te mande li fè sa ? E kounye a, èske katastwòf sa – depi m fèt se trajedi ki pi tèrib je m wè – ki rive a, se sèlman paske lanati fonksyone tèt anba ? Oubyen se paske Bondye te vle sa, epi li rete bouchbe devan tout pil moun sa yo ki mouri, anpil lòt ankò ki blese epi ki pèdi tout sa yo genyen ? Espayòl yo epi apre Franse yo te kolonize Ayiti, men li te rache endepandans li nan lane 1804; sa te fè peyi ak moun ann Ewòp ak Etazini ki te fanatik esklavaj la te ba li yon gwo pinisyon : yo te mete yon anbago kòmèsyal sou li pandan 60 lane. Pandan dezyèm mwatye diznevyèm syèk la epi nan kòmansman ventyèm syèk la, Ayiti te pase 20 prezidan, ladan yo gen 16 yo te bay koudeta oswa yo te sasinen. Soti 1915 pou rive 1934, Etazini te okipe Ayiti. Nan lane 1957, doktè François Duvalier, yo bay ti non jwèt Papa Dòk, te vin prezidan peyi a apre eleksyon ki te fèt; li te mete yon diktati boutdi ak sipò tonton makout yo epi Etazini. Apati lane 1964, li te deklare li se prezidan avi. Lè li te mouri nan lane 1971, pitit li, Jean-Claude Duvalier, Bebe Dòk, te pran mayèt la jouk nan lane 1986 lè yo te egzile l nan peyi Lafrans. Lafrans te anvayi Ayiti nan lane 1869, apre sa Lespay te anvayi l nan lane 1871, Angletè nan lane 1877; Etazini nan lane 1914 ak 1915, yo te rete jouk 1935, epi apre yo te tounen ankò nan lane 1969. Premye eleksyon demokratik ki fèt nan peyi sa, se te nan lane 1990; yo te eli pè Jean-Bertrand Aristide, men gouvènman li an te pote anpil desepsyon. Militè yo te ba li yon koudeta nan lane 1991, li te pran egzil Etazini. Li te tounen sou pouvwa a nan lane 1994 epi, nan lane 2004, li te blije ale ann egzil ankò nan peyi Afrik di sid paske yo te akize li swadizan li se yon

42


Ayiti pale

sansibilite nou, li ap fè nou kriye pou di bodyab pou li, li ap montre nou feblès nou. Paske nou konnen se pa sèlman tranblemanntè a ki te detwi l, men se sitou endiferans nou akoz nou manke fè solidarite ak li. Gen lòt peyi ki sibi menm chòk tranblemanntè sa yo, men dega ak viktim yo fè a pa tèlman anpil konsa. Nou voye « misyon pou lapè » twoup entèvansyon, èd imanitè ann Ayiti; men nou pa janm kreye pwojè devlòpman pou yon tan ki long. Lè aksyon ijans yo fini, ki moun ki pral rekonèt Ayiti se yon nasyon ki granmoun tèt li, ki endepandan, epi ki gen dwa pou gouvène tèt li ? Ki moun ki pral swiv egzanp doktè Zilda Arns bay la, nan aprann pèp la vin mèt istwa l nan simaye l epi libere l?

43

prezidan ki kowonpi epi ki anba lòd Wachintonn. René Préval te vin prezidan, epi li te toujou kenbe peyi a anba entèvansyon Nasyonzini; jouk jounen jodi a, twoup Nasyonzini yo toujou okipe peyi a. Oksidan an, ki di « li sivilize epi li se kretyen », te toujou konsidere Ayiti se yon Nwa ki kanpe drètdebout nan yon vitrin, ki kouvri ak pay lamizè. Se poutèt sa medya Blan yo te ekspoze kadav tranblemanntè a te touye yo. Pa gen okenn moun ki kapab di yo te wè menm bagay la nan televizyon oswa nan foto lè siklòn te detwi Nouvèl Òleyan (Etazini) oswa lè yo te lage bonm sou Irak. Oubyen lè sounami an te pase nan Endonezi. Jounen jodi a, Ayiti ap kale konsyans nou, li ap blese


44


Chapit 2 Phares Jerôme

Ki kote nou ye apre katastwòf la?

45

Dapre chif ofisyèl yo, ki te parèt nan PDNA (Post Desaster Needs Assesment- Evalyasyon bezwen yo apre katastwòf)- yon dokiman Platfòm entènasyonal rekonstriksyon (International Recovery Platform) te elabore ki gen ladan l evalyasyon bezwen èd yo apre tranblemanntè a-, yo anrejiistre te gen plis pase 300.000 moun ki te mouri, menm valè a te blese epi 1,3 milyon moun te lage nan lari a san yo pa gen okenn kote pou yo rete. Anviwon 1,5 milyon moun, ki reprezante 15% popilasyon an, te resevwa gwo pataswèl anba kastastwòf la. Dega materyèl yo te anpil. Anviwon 105.000 kay te kraze rapyetè, epi plis pase 208.000 lòt te resevwa gwo domaj. Plis pase 1.300 kay biwo lekòl ak inivèsite, epi 50 lopital ak sant sante te tonbe atè oswa yo te resevwa gwo domaj. Peyi a, yo konsidere kòm peyi ki pi pòv nan kontinan ameriken an, , dwe fè fas kare ak yon sitiyasyon tèt chaje apre tranblemanntè a. Kominote entènasyonal la, e menm peyi Amerik Latin yo, te blije pote yon èd anmas epi rapid rapid, yon jan pou evite yon katastwòf imanitè nan Pòtoprens. Dlo potab, manje, kit ijyèn ak lasante, tout bagay nèt te nesesè pou sove lavi moun yo epi pou ede viktim yo.

Foto: Francisca Stuardo

12 janvye 2010 a 4è 53 minit pil, yon tranblemanntè ki gen nivo 7.3 sou echèl Richter a te devaste kapital peyi d Ayiti, Pòtoprens, ak tout zòn ki ozanviwon l yo. Iposant tranblemanntè a te twouve l a 10 kilomèt pwofondè, tou pre sifas tè a. Episant li menm, yo te lokalize l tou pre vil Leyogàn ki nan yon distans anviwon 17 kilomèt nan sidwès Pòtoprens. Tranblemanntè a te detwi 80% vil sa a.


Ki kote nou ye apre katastwòf la? Antou pèt ak dega tranblemanntè sa te koze, yo te evalye l a 7,804 milya dola, sa vle di yon ti kras pi plis kòb pase PIB peyi a te genyen nan lane 2009. « Anfèt, nan 35 lane depi y ap itilize Metodoloji DaLa a (Evalyasyon pèt ak domaj lè gen dezas, nan lang franse Évaluation des pertes et dommages en cas de désastres), se Premye fwa yon katastwòf koute chè konsa, lè nou konpare l ak dimansyon ekonomi yon peyi », se sa dokiman PDNA a di. Kou dega yo gen sou propriyete yo, tankou lojman yo, lekòl yo, lopital yo, gwo kay biwo yo, wout yo, pò ak ayewopò yo, se 4,302 milya dola, chif sa reprezante 55% nan tout dega nèt kataswòf la te fè. Plis pase de (2) lane apre tranblemanntè a, Ayiti poko janm rive geri maleng trajedi a te ba l. Plis pase 500.000 moun toujou lage nan lari, y ap viv nan kan, anpil ladan yo ap viv tankou zannimo. Anviwon 500.000 m³ dekonb - sou yon total 10 milyon m³ dekonb ki te genyen antou apre katastwòf la- toujou pil sou pil nan lari a. Palè nasyonal la, Ministè yo ak lòt kay biwo piblik yo toujou rete atè, plizyè mwa apre tranblemanntè a te fin pase. Jouk kounye a, se apèn nou koumanse wè kèk siy ki ta montre gen yon swadizan rekonstriksyon fizik peyi a. Anrezime, pwosesis rekonstriksyon an, yo te anonse ak anpil bri apre tranblemanntè a, poko janm rive kouri ak tout boulin.

Pwomès Nouyòk yo

Apre tranblemanntè a, ki te detwi

Plan rekonstriksyon PDNA a, yo te valide l nan Nouyòk 31 mas 2010, pandan yon konferans entènasyonal ki te fèt sou Ayiti. Dokiman an, dapre ansyen Premye Minis Jean-Max Bellerive, se yon ekip ki te gen ladan l reprezantan gouvènman ayisyen an ak manm kominote entènasyonal la ki te kòdone l. Sou baz evalyasyon bezwen yo, PDNA a te anvizaje yon plan d aksyon pou idantifye bezwen ki genyen pou reyabilite epi rekonstwi peyi a nan yon tan ki kout (6 mwa), nan yon tan ki plizoumwen lwen (3 lane) ak nan yon tan ki lwen (10 lane). Montan total fon ki nesesè yo, dapre PDNA a, se 12,2 milya dola epi yo te distribiye l konsa: 52% pou sektè sosyal yo, 15% pou enfrastrikti yo- ladan l gen lojman (kay)- epi 11% pou jesyon anviwònman an ansanm ak jesyon ris ak katastwòf yo.

katedral la, plizyè santèn Ayisyen te asiste lamès dimanch, anba kèk tant ki tou pre dekonb yo. Foto: Ermanno Allegri

Nan konferans Nouyòk la, Kominote entènasyonal la te pwomèt Ayiti yon montan 9,9 milya dola, ladan l yo te gen pou bay peyi a 5,3 milya dola pandan de (2) lane ki sot pase yo. Rès fon an, yo ta dwe ba li l nan yon tan ki plizoumwen lwen epi apre nan yon tan ki lwen. « 4 milya dola yo, yo te itilize yo nan kèk pwojè espesyal », se sa Nigel Fisher – reprezantan espesyal adjwen sekretè jeneral Nasyonzini a ann Ayiti- te deklare nan dezyèm anivèsè tranblemanntè a nan mwa janvye 2012.

Ki sa ki fonksyone apre trajedi a ? Ayiti sonje, chak fwa 12 janvye rive, tranblemanntè 2010 la yo konsidere ki se pi gwo katastwòf natirèl ki pase nan epòk modèn nan. Anplis rapò an detay plizyè aktè ki sou teren an te fè, Nasyonzini te fè yon evalyasyon jeneral tou

46


Ayiti pale kapab tonbe atè nenpòt ki moman », se sa Colette deklare. Li poze tèt li kesyon tou sou chif ofisyèl yo. Nan dènye bilten an, yo te di gen 300.000 moun ki pa te gen kote pou yo rete, epi yo te di te gen 1,5 milyon moun ki te gen pwoblèm kay. « Men kèlkilanswa jan sa ye, pwoblèm lojman an toujou rete yon pwoblèm ki enpòtan anpil, epi li te la depi anvan tranblemanntè a te pase. Te gen moun k ap dòmi nan lari. Kounye a, pwoblèm nan vin pi grav epi li poko jwenn solisyon paske, jouk kounye a, pa gen yon plan rekonstriksyon nasyonal tout bon vre, sitou pou lojman an ki touche tout kesyon ki gen arevwa ak pwopriyete, sa vle di pou jwenn tè epi jwenn finansman pou konstwi kay yo ». GARR te rive prezante gouvènman an pwopozisyon li genyen yo pou rekonstriksyon an; li te menm konseye l pou konstwi kay pou lwe nan yon pri ki pi ba pase pri yo abitye anfème kay jounen jodi a, epitou pou bay moun yo sibvansyon pou yo konstwi pwòp kay yo. « Moun yo pa menm konnen se yon dwa yo kapab egzije. Kidonk, jefò n ap fè jounen jodi a, ak sipò radyo yo ak tout lòt mwayen kominikasyon yo, se pou di jwenn yon kote pou yo viv ak diyite se yon dwa moun yo genyen. Otorite Leta yo gen reskonsablite pou garanti dwa sa nan pran bonjan mezi pou pèmèt tout kalte kategori moun nan sosyete a kapab jwenn kay », se sa Colette fè konnen. Òganizasyon an te pwopoze tou pou kreye koperativ lojman pou te kapab diskite sou pwoblèm tè a, sitou ak sila yo ki pa gen okenn pwopriyete ditou, men tou ak sila yo ki gen anpil byen tankou kay ak tè, yon jan pou yo pa konsidere lojman kòm si li te yon machandiz. Nou vle simaye lide sa paske li difisil anpil pou jwenn tè pou tout moun alawonnbadè. Si yo fè refòm nan dapre modèl koperatif la, non sèlman nou kapab pote solisyon pou pwoblèm kay la, men nou kapab rive diminye tou espekilasyon k ap fèt ak kesyon kay la epi redui pri yo», se sa Colette esplike. Camille Chalmers, ki se responsab PAPDA (Platfòm k ap plede pou yon devlòpman altènatif), di nan sa ki gen arevwa ak lajan kominote entènasyonal la bay pou koze rekonstriksyon an, gen yon pwosesis pou mete aktè ayisyen yo, menm Leta a sou kote. Pa egzanp, sou tout lajan èd imanitè a yo evalye a 2,43 milya dola, Leta ayisyen te jwenn

47

sou èd imanitè yo te bay peyi a nan de (2) premye ane yo. Dapre Biwo kòdinasyon zafè imanitè yo (OCHA, ki se sig li nan lang angle), yo te obsève yo te rive redui yon pousantaj 65% nan tout popilasyon ki t ap viv nan kan refije yo [moun yo rele deplase yo]. Sa vle di kantite moun ki pa gen kay yo te pase sòti 1,5 milyon apre tranblemanntè a pou rive 519.164 nan janvye 2012. Kantite kan refijye yo te pase tou sòti 1.555 pou rive 758. Rapò OCHA a, ki te pibliye nan kòmansman janvye 2012, di tou yo te blije reloje anviwon yon milyon moun tranblemanntè a te lage nan lari. Men yo pa te pote okenn presizyon nan ki kondisyon yo te reloje moun sa yo; ajans Nasyonzini an te fè remake yo te konstwi 100.456 abri pwovizwa (shelter) pou deplase yo. Yo te bay moun k ap viv nan kan yo plis pase 6.000 sibvansyon lajan pou yo te kapab ale lwe kay lòt kote pou sòti nan kan yo. Kataswòf la te detwi anviwon 70.000 gwo kay(edifis), sa te kreye 10 milyon m³ dekonb. « Yo te leve 5 milyon m³ dekonb, mwatye nan tout dekonb ki te genyen nèt », se sa Nasyonzini te deklare. Leve dekonb yo te pèmèt yo kreye 400.000 djòb pou yon tibout tan, sa vin bay antou 45.000 jou travay. Pou Gwoup k ap apiye refijye ak rapatriye yo (nan lang franse, Groupe d’appui aux réfugiés et rapatriés –GARR), reyalite a pi malouk lontan pase sa chif Nasyonzini yo montre nou . Se vre anpil moun deja tounen lakay yo, men kondisyon yo poko janm bon. Colette Lespinasse, ki se kòdonatris GARR, te di nou, nan yon entèvyou li te bay ADITAL, gen anpil moun ki kite teren piblik oswa prive yo paske kèk òganizasyon entènasyonal te konstwi sou yo sa yo rele Ti kay, ki se yon bann joupa ki piti anpil anpil (yo gen apèn 16 m²) kote fanmi yo pa kontan menm pou yo viv ladan yo. « Ann Ayiti fanmi yo gran, yo gen ant 5 ak 6 moun ladan yo. Se poutèt sa yo te prefere pati kite kan yo, epi gen lòt ki te blije pati tou paske yo pè pou yo pa te sibi vyolans. Gen yon tantativ y ap fè nan dènye mwa sa yo pou yo kriminalize moun nan kan yo, paske kèk gang vin kache ladan yo apre yo fin komèt kèk krim. Kèk moun te menm koumanse di gen kriminèl k ap viv nan kan yo, gen lòt ki te pè epi yo te kouri tounen nan kay yo ki tou kraze oswa ki


Ki kote nou ye apre katastwòf la?

Entèlektyèl ayisyen yo kontribye nan rekonstrisyon an Por Benedito Teixeira Entèlektyèl ayisyen yo fè jefò pou yo kontribye nan rekonstriksyon peyi a ki toujou devaste, menm apre twa lane depi tranblemanntè a te pase. Yon ekzanp se revi Observatoire de la reconstruction (Obsèvatwa rekonstriksyon an) ki gen tan soti katriyèm nimewo l. Revi sa te lanse nan mwa me 2012 ak yon tiraj ki te gen sèlman mil ekzanplè yo te distribye gratis; revi sa gen gwo pwojè pou lavni. Laënnec Hurbon, ki se sosyològ epi direktè rechèch syantifik nan Sant nasyonal rechèch syantifik (CNRS) nan vil Pari, di nan yon atik li ekri nan revi a: objektif Obsèvatwa a se itilize konesans sou reyalite a ak sou sa ki ap fèt pou ede popilasyon an, yon jan pou konprann epi pou patisipe. « Nou vle konnen ekonomi a, sitiyasyon kiltirèl la, achitekti a pou konstriksyon kay yo ak

Laënnec Hurbon se Ayisyen, sosyològ, direktè rechèch nan CNRS nan Pari epi pwofesè nan Inivèsite Quisqueya. Foto: Ermanno Allegri

sitiyasyon finansye Leta a. Nou gen anpil dout ak kritik nou gen pou nou fè sou sa ki ap pase epi, an menm tan, nou gen anpil pwopozisyon pou korije erè yo. Revi a ofri yon espas bay sila a ki kapab pote imajinasyon ak konpetans », se sa li esplike. Hurbon rakonte depi premye jou yo ki te pase apre tranblemanntè a, te gen anpil pwopozisyon ki fèt sou ki sa yo dwe fè pou rekonstwi peyi a. Dapre li, lide pou kreye yon sant otonòm pou rekonstriksyon an ki pa dwe makònen ditou ni ak enterè politik ni ak okenn pati men pito ak prezans Leta a, migran yo ak ekspè entènasyonal yo ; se yon lide ki enpòtan. Men, Leta a pa te konprann posiblite sa, epi li te konsantre jefò li yo sou eleksyon yo. « Okenn moun pa te aksepte pwopozisyon nou an. Kidonk, anpil entèlektyèl te deside kounye a patisipe nan inisyativ Obsèvatwa a ». Se te premye anbriyon revi Observatoire de la Reconstruction, ki vin tounen yon espas pou diskite konkrètman

48


Ayiti pale mezi ki te pran pou pini kriminèl yo. Sa lage peyi a nan yon eta ensekirite toutan ki pa pèmèt devlòpman ekonomik paske pa gen envestisman.

Revi Observatoire de la Reconstruction se yon espas pou diskite sou lavni Ayisyen yo epi pou chache kèk solisyon.

49

sou lavni Ayisyen yo epi sitou pou chache solisyon. « Nou pral genyen tou yon paj web pou pèmèt nenpòt ki moun prezante lide li yo. Ti pa ti pa, inisyativ sa pral pi byen òganize, ak tout teknoloji yo pou devlope l. Revi a deja distribye nan kèk gwoup, kèk enstitisyon ak kèk pèsonalite k ap travay nan sans sa », se sa Hurbon obsève. Dapre li, tranblemanntè 2010 la se te yon okazyon pou fè yon nouvo fondasyon peyi a, piske feblès sitiyasyon politik peyi a ap viv depi plis pase 50 lane te vin agrave konsekans trajedi a. « Apre peryòd diktati ki long, Ayiti te gen anpil pwoblèm pou viv yon eksperyans demokratik. Gen pwoblèm sou fonksyon Leta, yon tip Leta ki pa gen okenn oryantasyon pou bay pou fè fas kare ak nenpòt ki katastwòf, kit se yon siklòn kit se yon tranblemanntè. Apre tranblemanntè a, pa te gen okenn lwa pou regle itilizasyon tèritwa a. M te la e m te wè gouvènman an, pratikman li pa t ekziste. Kesyon politik la, se yon bagay ki bandonnen nan peyi a; se konsa sitiyasyon an se ONG yo ak kominote entènasyonal la ki te pran sa nan men yo. Pa te gen Leta, pa te gen gouvènman », se sa li regrèt. Li rakonte tou lè gouvènman an te eseye fè yon bagay, olye pou li te ini tout fòs politik peyi a nèt, aksyon li te fè yo te limite epi yo te gen paspouki, se te sèlman pou òganize eleksyon yo. Te gen 300.000 moun ki te disparèt, ki te mouri, ki pa te gen non, yo pa te konnen sa yo te devni. « Sa montre jan gouvènman an te banalize dezas la, li te sèlman preyokipe pou òganize eleksyon yo, pou li rete sou pouvwa a li te deja genyen anvan an », se sa Hurbon fè konnen. Dapre evalyasyon li fè, li wè li ta enteresan pou kreye yon gouvènman inite nasyonal pou kapab pran kèk mezi politik fas ak katastwòf la. Nan toulède sans yo, nan domèn fizik ak nan domèn politik. Kominote entènasyonal la ta sanble pwofite tou okazyon an pou sèvi ak feblès, vid epi absans Leta a. Menm kominote entènasyonal la, dapre sa Hurbon di, te eseye fè sa li rele « mimetis demokratik » paske desizyon ki konsènen itilizasyon milyon dola yo te chape anba men Ayisyen yo. Jouk kounye a, okenn moun pa konnen ki sa yo fè ak lajan an. « Tout biwo piblik yo te tonbe atè, 11 sou 13 fakilte yo te tonbe rapyetè tou, menm jan ak anpil lekòl, men anyen pa te fèt pou rekonstwi yo. Men, etidyan yo eseye travay gras ak kèk ti èd », dapre chèchè a. Li panse rekonstriksyon Leta a dwe pati ak yon nouvo sistèm lajistis. Anpil krim te komèt pandan diktati yo, e pa gen okenn


Ki kote nou ye apre katastwòf la? sèlman 25 milyon dola ladan l. Chalmers ensiste pou di : 25 milyon sou tout 2,43 milya dola yo ! USAID te depanse, li menm poukont li, 292 milyon dola, e li te fè sèlman yon kontra pou 49 mil dola ak yon antrepriz ayisyen. Tout rès kòb la, li te peye kèk antrepriz meriken ak yo. Epi sa ki te pi mal la, ou pa menm kapab wè ki rezilta lajan yo di yo te envesti a genyen nan lari a. Dapre Chalmers, vin menm gen kèk moun k ap viv nan kondisyon ki pi malouk pase anvan sa. Dapre kalkil PAPDA fè, 643.000 moun toujou ap viv nan lari apre trajedi a, sa vle di yon tyè (1/3) nan tout moun tranblemanntè a te lage nan lari an janvye 2010. Li rakonte nan mwa out 2011 te gen gwo van yo pa te menm konsidere kòm siklòn - ki te touye 29 moun, ladan yo te gen 23 moun ki t ap viv nan kay tranblemanntè a te fele. Omwens 50% nan tout dekonb yo toujou rete pil sou pil nan lari, epi kèk enfrastrikti ki enpòtan te tonbe rapyetè, anyen poko janm rekonstwi, pa menm lopital yo oswa lekòl yo oswa inivèsite yo. « Nan inivèsite a, nou te pèdi 49 bilding, yo tout te kraze nèt. Mwen menm, nan fakilte m nan, apre de (2) lane, m toujou ap bay kou anba yon tant, nan kondisyon ki tèrib. Lè lapli tonbe, nou blije kanpe kou yo; lè li fè chalè, tanperati a monte jouk nan 55°C, pa gen okenn moun ki kapab sipòte sa. Apre de (2) lane, pa gen okenn fakilte nan Inivèsite Leta a k ap fonksyone nan kondisyon nòmal. Sa vle di nou pa sezi ditou lè nou vin konnen tout lajan an, se kèk antrepriz etranje, sitou ONG yo, ki absòbe yo nèt », se regrè sa Camille Chalmers genyen. Li rakonte tou gen yon gwoup meriken k ap fè yon rechèch sou 196 ONG ki te resevwa kèk lajan pou viktim tranblemanntè yo ann Ayiti. Sou 196 ONG yo te poze kesyon, sèlman 38 ladan yo te reponn e, nan ti chif sa, sèlman 8 ladan yo te gen yon politik transparans. « Blakawout nètalkole! Epi sou kesyon lajan an, 38 òganizasyon yo - ki te resevwa 1,5 milya dola pou Ayiti jouk 31 desanm 2010te depanse mwens pase mwatye nan tout sa yo te resevwa pou reponn ijans lan. Lajan sa te rapòte yo 1,8 milyon dola kòm enterè nan bank yo. Se yon eskandal, apa tout kesyon nou te kapab poze tèt nou sou kijan Etazini itilize èd imanitè a ». « Poukisa Etazini rive de (2) jou apre tranblemanntè

a, ak 23.000 merin (82zyèm divizyon ki vole nan lè, ki se menm twoup elit ki te anvayi Panama, Grenad ak Repiblik Dominikèn nan lane 1965)? Ak 165 bato yo mare nan pò Ayiti yo, sèlman yon bato-lopital ak 164 bato pou fè lagè ak zam nikleyè. Pandan kèk moun t ap mouri nan lari», se sa li denonse. Pou ba nou yon lide sou kijan peyi a te tèt anba, Chalmers rakonte te gen yon zanmi pitit li a, ki gen 19 lane, ki te rete nan lari pandan sis jou ak yon pye li ki te kase, san li pa te jwenn okenn asistans, e poutèt sa yo te blije koupe pye sa nèt. Lè Etazini te rive nan peyi a, dapre sa li kontinye di, premye bagay yo te fè se kontwole ayewopò a pou fè Meriken parèy yo pati. Yo te fèmen ayewopò a pou yo te kapab sèvi sitwayen peyi yo. Yo te bloke ayewopò Pòtoprens la, menm lè kèk avyon-lopital te rive sòti Lafrans, yo pa te kapab ateri pandan 48èdtan, menm jan ak lòt avyon-lopital ki te sòti Kiba. « Nou pap janm kapab rive kalkile konbyen moun ki te pèdi lavi yo akòz zak sa yo Etazini te fè. Sa grav anpil e nou dwe denonse sa klè kou dlo kòk ».

Lasante ak edikasyon « an sispan » Ak 1,5 milyon moun ki lage nan lari san kay apre tranblemanntè a, nou te tou pè pou yon lòt katastwòf pa rive ann Ayiti, men fwa sa se pou kesyon sante a. Fòk nou te avize popilasyon ki nan kan yo pou yo te trete dlo yo, fè pwòpte epi jere kesyon fatra (asenisman) ak ijyèn nan. « Antou gen 1,7 milyon ki te resevwa yon asistans pou jwenn dlo potab ak asenisman », dapre rapò OCHA a. Yo te konstwi plis pase 11.000 latrin, yo te distribye bay chak moun senk lit dlo chak jou, rive jouk nan fen lane 2010; 1,3 milyon deplase te benefisye tout sa nèt. Tranblemanntè a te mete sektè sante a ann echèk. Kalkil ki gen plis presizyon yo fè nou konnen te gen 300.572 moun ki te blese, alòske 30 sou 49 lopital yo te resevwa gwo domaj oswa yo te tonbe atè. Yo te blije koupe anviwon 30.000 pati nan kò moun yo (anpitasyon), dapre PAPDA. Epidemi kolera a te vin konplike sitiyasyon sektè sante a. Anviwon 7.000 moun te mouri sou yon total 500.000 moun maladi a te enfekte, dapre chif yo te bay rive jouk nan desanm 2011. Kòm repons pou epidemi an, Nasyonzini evalye te gen 3 milyon moun ki resevwa pwodui pou trete dlo epi

50


Lari Pòtoprens yo, bezwen

Sitiyasyon ijans imanitè a toujou la Malgre otorite ayisyen yo ak patnè entènasyonal yo konsidere travay ki fèt nan de (2) lane ki sot pase yo pa satisfè moun menm, gen kèk aktè sosyal ki panse peyi a toujou twouve l nan yon sitiyasyon ijans imanitè. « Ayiti toujou

pou yo òganize yo, fè asenisman ladan yo e, sitou, netwaye yo Foto: Francisca Stuardo

kontinye ap fè fas kare ak anpil gwo bezwen imanitè », se sa OCHA rapòte nan yon petisyon yo te fè pou mande nouvo fon ijans pou peyi a pou lane 2012 la. OCHA kalkile gen anviwon 520.000 moun k ap viv toujou nan kèk kan. Yon lòt bò, epidemi kolera a ki koumanse nan oktòb 2010 te deja touye 7.000 moun. Ensekirite alimantè a ki afekte jounen jodi a 45% popilasyon an, epi gwo vilnerablite peyi a genyen fas ak katastwòf natirèl yo pandan sezon lapli ak siklòn, yo pran tout pwoblèm sa yo an konsiderasyon. Fas ak sitiyasyon sa, Jenèv [katye jeneral Nasyonzini] te aksepte bay Ayiti 8 milyon dola pou li reponn ijans ki gen nan lane 2012. « Lajan sa pral pèmèt òganizasyon imanitè yo kontinye ofri sèvis yo bay viktim ki toujou ap viv nan kan yo », se sa Emmanuel Schneider –ki se pòtpawòl OCHA ann Ayiti- enfòme. Menm si toujou gen 500.000 viktim yo dwe reloje, OCHA di òganizasyon imanitè yo –ki gen misyon pou sove lavi- kapab fè djòlè pou tèt yo paske bilan misyon yo ann Ayiti pandan de (2) lane ki sot pase yo pozitif anpil.

51

kèk sistèm pou filtre dlo. Yo ta sanble kreye plis pase 300 sant trètman kolera, ak anviwon 12.000 kabann. Sistèm edikasyon Ayiti a te resevwa pataswèl tou anba katastwòf la. Tranblemanntè a te detwi oswa andomaje 3.978 lekòl. Dapre OCHA, nan janvye 2012, te gen 636 lekòl yo te rekonstwi oswa repare. Anmenmtan, yo te ranfòse kapasite pwogram eskolè nasyonal la. Anvan tranblemanntè a, rezo lekòl yo te resevwa 700.000 timoun. Jounen jodi a, chif sa rive jouk nan 1,5 milyon elèv. Fòk nou fè remake sou chak twa timoun gen youn ki soufri malnitrisyon. Anplis, gen lòt aksyon tou ki te fèt tankou pwoteksyon pou timoun yo nan agrikilti ak nan lit kont vyolans la.


Ki kote nou ye apre katastwòf la?

Jounen jodi a gen plis moun

Anpil anpil mouvman sosyal pa montre yo satisfè ditou, menm jan ak OCHA. Apa aksyon ONG entènasyonal yo ak bayèdefon yo, òganizasyon sosyal ayisyen yo fè pwòp evalyasyon aksyon yo fè nan kan yo pandan de (2) lane ki sot pase yo. « Akòz volonte politik ki pa genyen, nou pèdi chans pou ta fè yon bagay ki tou nèf», se sa pè Jean Hansen, direktè Komisyon nasyonal episkopal Jistis ak Lapè (JILAP), regrèt. « Piske gen anpil moun ki te deside apre tranblemanntè a pou tounen nan depatman kote yo sòti, te gen posiblite pou koumanse yon pwosesis desantralizasyon ». 600.000 moun, dapre chif gouvènman ayisyen an te bay, te kite kapital la apre tranblemanntè a. Pòtoprens, kote tout sèvis piblik yo nèt chita, te gen yon popilasyon ki gen ladan l 2 milyon moun nan moman tranblemanntè a te pase. « Malgre tout sa ki te pase, pa gen dout sou sa : jounen jodi a gen plis moun k ap viv nan kapital la. Yo gen lespwa jwenn djòb, manje, kay, elatriye, anpil moun vin nan kapital la »,

nan kapital Pòtoprens lan, k ap rete tann djòb, manje ak abri. Foto: Francisca Stuardo

toujou dapre pè Hansen. Konsa, koze sèvis piblik ki manke yo vin pi grav chak jou. Pou direktè JILAP la, youn nan potomitan rekonstriksyon an ta dwe « rekonstwi mantalite a ». « Men, sa se youn nan aspè yo plis neglije », se sa li denonse. Pou Pierre Espérance, ki se direktè Rezo nasyonal k ap defann dwa moun (RNDDH), moun prèske pa wè ki rezilta èd entènasyonal la genyen nan peyi a. « Poko gen okenn chantye rekonstriksyon ki lanse », se sa li di. Selon M. Espérance, bagay yo rive fè nan de (2) lane ki sot pase yo pa menm rive nan pwent pye parapò ak tout voum lajan ki te depanse yo. « Nou mande pou fè yon evalyasyon sou lajan ki te deja debouse yo, anvan yo itilize nouvo finansman yo », se sa li deklare, detan li poze kèk kesyon sou kijan yo te kapab itilize èd yo bay viktim tranblemanntè a pi byen. Yo pale anpil men se yon vyek ti bagay ki fèt, se sa youn nan dirijan GARR Patrick Camille di. Dapre li menm, Ayiti

52


Ayiti pale

Evèk yo nan lemond anfavè Ayiti Prèske twa lane apre tranblemanntè a ki te fè wè aklè soufrans Ayisyen yo, Sinòd evèk yo ki te reyini nan oktòb 2012 nan Vatikan te lanse yon apèl mondyal anfavè Ayiti. Katolik yo te atire atansyon sou epidemi kolera a ki ap fè ravaj nan peyi a, epi ki pwolonje sitiyasyon ijans imanitè a pou yon tan ki long. Nan epòk tranblemanntè a, pap Benoît XVI te mande Caritas, ki se rezo don yo bay Legliz la, pou li voye èd ann Ayiti prese prese. Jounen jodi a, 12 Biwo Caritas ap travay ann Ayiti, dapre Francisco Hernández Rojas, ki se kòdonatè Caritas nan Amerik Latin ak nan Karayib la ki gen ladan l 22 òganizasyon. Epi gras ak sa, anpil anpil èd te rive ann Ayiti. Malgre Achevèk Pòtoprens la, Monseyè Guire Poulard, admèt -nan yon entèvyou li te bay ADITAL- gen anpil lajan ki rive ann Ayiti atravè Caritas, toujou manke kèk bagay ki pou fèt pou byen kòdone travay la. E se pa sèlman pou Caritas, men se pou tout èd entènasyonal la. Monseyè Poulard di, okòmansman, èd entènasyonal la te fè kèk aksyon ijans nan peyi a. Yo te bay dlo ak manje epi yo te reponn bezwen de baz yo men, jounen jodi a, sitiyasyon an pa rete menm jan an; li enpòtan pou bay moun yo okazyon pou yo menm menm fè aksyon pou pwòp tèt yo. Evèk la pwofite pou mete yon pinga. Premye òganizasyon ki te rive yo deja pati kite peyi a, anpil ladan yo soti nan peyi ki jounen jodi a ap soufri anba kriz ekonomik epi, toujou dapre li menm, anpil ladan yo te vin ann Ayiti pou pwofite lajan an. « Kidonk, lajan sa rive epi li tounen san li pa pote okenn repons dirèk dirèk pou bezwen popilasyon an genyen ». Evèk la mande pou gen yon kòdinasyon ki pi efikas bò kote gouvènman an. Jounen jodi a, achidyosèz Pòtoprens la ap ofri sèvis li bay 4,1 milyon moun. Dapre li menm, gen anpil pè, layik ak relijye ki nan lari, ki ap eseye konprann sitiyasyon reyèl moun k ap viv nan dyosèz la. Tranblemanntè a fè anpil dega. Poutèt sa, yo mache nan kan ki nan dyosèz la. Monseyè Poulard pa kwè pral gen yon chanjman tousuit () epi li di sitiyasyon an pral kontinye konsa pandan anpil tan ankò, paske manke yon oryantasyon ansanm ak yon kòdinasyon. Dapre li, gen lajan men pa gen oryantasyon ki klè pou konnen kouman pou itilize l.

Achevèk Pòtoprens lan eseye esplike sitiyasyon an tout jan li kapab: « Politisyen k ap dirije Ayiti yo, se yon bann lidè ki pa te resevwa okenn fòmasyon anvan pou fè sa y ap fè a. Kidonk, si yon misizyen oswa yon moun ki pa gen okenn eksperyans vin pran pouvwa a san li pa menm gen fòmasyon pou egzèse pouvwa a, pou pi piti li pral pase senk lane ap aprann epi li pap kapab pote repons li dwe pote a pou rezoud pwoblèm nan ». Kèk sektè entènasyonal ankouraje sitiyasyon sa pou yo kapab kenbe enfliyans yo genyen sou peyi a pi byen, sitou Repiblik Dominikèn ak Etazini, an patikilye vil Miyami, ki te pwofite tranblemanntè a pou fè lajan. « Paske yo te achte tout bagay nèt nan Repiblik Dominikèn ak nan Miyami. Jounen jodi a, anpil ladan yo tounen isit la pou yo envesti lajan yo epi pou fè plis lajan toujou. Mwen vrèman wè tout jefò Brezil, Espay ak Itali, ansanm ak lòt peyi, ap fè paske yo bay èd la yon mannyè ki diferan, paske yo òganize popilasyon an, yon jan pou li menm menm kapab reponn tout pwoblèm li genyen yo», se sa li di. Moun ki nan Minista yo pa vle pèdi djòb yo Achevèk la atire atansyon tou sou yon sitiyasyon ki grav ki gen arevwa ak moun yo, e pa sèlman ak enterè ekonomik gwo nasyon yo genyen. Li pran egzanp sou prezans Minista ki gen 10.000 sòlda ki soti nan anpil peyi pou vin travay ann Ayiti epi ki ap touche yon bon ti kòb e ki pa vle fè yon pa nago yon pa kita. « Piske yo deja la depi lontan, fòk yo renouvle kontra yo chak fwa li fini. Anmenmtan, gen anpil vyolans nan lari Ayiti epi, konsa, gouvènman ayisyen an blije kenbe prezans fòs sa nan peyi a ». Dapre li menm, nou wè klè kou dlo kòk enterè pèsonèl yo pase anvan enterè nasyonal yo. Li di, sa gen de (2) lane depi li Pòtoprens, li kwè lajan kominote entènasyonal la envesti nan peyi a, yo ta dwe envesti l nan yon sèvis lapolis lokal, anplis nan bay moun yo teknik ak lòt posiblite pou yo menm menm kapab jere sekirite peyi a. « E se pa sa nou wè k ap fèt, paske pa gen volonte pou fè sa. Yon senp ti ankèt kapab demontre mwayen ekonomik Minista genyen yo menm dis fwa pi plis pase mwayen ekonomik polis nasyonal la genyen ».

53

Adriana Santiago


Ki kote nou ye apre katastwòf la? ap viv yon sitiyasyon ijans, plis pase de (2) lane apre tranblemanntè a te pase. Li regrèt peyi a pa gen okenn plan ki gen objektif pou rekonstwi Ayiti. Mete sou sa, kesyon tè a poko prèt pou rezoud. Fas ak sitiyasyon sa, li poze tèt li kesyon jouk ki lè pòv yo pral benefisye yon kay ki desan. Dapre Patrick Camille, moun ki gen plis mwayen yo gen tan deja kite kan deplase yo. Li kore lide pou gen yon estrateji ki pèmèt moun ki pòv yo gen posiblite pou jwenn yon kay.

Repiblik ONG Anpil òganizasyon non gouvènmantal t ap travay ann ayiti anvan tranblemanntè malouk la. Katastwòf 2010 la te sèlman vin fè òganis sa yo pouse tankou djondjon nan tout peyi a. Yo travay nan prèske tout domèn nèt ki gen arevwa ak devlòpman epi ak èd imanitè, e menm nan sèvis de baz gouvènman ayisyen an ta dwe jere tankou bay dlo potab, asenisman, jesyon kan yo ak konstriksyon wout ak abri. ONG yo tèlman anpil yo menm rive rele Ayiti jounen jodi a « Repiblik ONG ». Gen kèk moun ki evalye gen 10.000 òganizasyon sa yo nan peyi a. Li difisil pou verifye si gen kantite sa paske anpil ONG k ap fonksyone nan peyi a pa anrejistre kòmsadwa nan Leta ayisyen an. Epitou se paske Inite Kòdinasyon ONG yo (nan lang franse, Unité de coordination des ONG -UCAONG) - yon òganis Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn ki reskonsab pou kòdone ak sipèvize ONG yo nan tout peyi a- gen anpil pwoblèm pou li rive jwe wòl li kòmsadwa. Nan lane 2011, Jerry Maxime, ki se reskonsab UCAONG, te deklare te gen 495 ONG ki anrejistre apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Nou wè UCAONG pa te anmezi pou siveye ONG yo k ap travay ilegalman paske yo vyole dekrè 14 sektanm 1989 ki regle fonksyònman ONG yo epi ki blije yo rann kont bay gouvènman ayisyen an nan soumèt yon rapò aktivite sou lajan y ap jere chak lane pou pi ta 30 sektanm. Pou ane fiskal 2008-2009, sèlman 56 ONG te soumèt rapò yo bay Ministè Planifikasyon an. Pou ane fiskal 2009-2010, sèlman 19 ONG te prezante rapò yo. Sa ki pase, sèke ONG yo gen pi gwo bidjè lontan pase enstitisyon ki la pou kontwole yo. Òganizasyon sa yo ad-

ministre pi gwo pati nan èd yo te bay peyi a apre tranblemanntè a, nan domèn imanitè tankou nan domèn devlòpman. « Mwens pase 5% nan fon yo te bay pou ede peyi a apre tranblemanntè 2010 la, te rive nan men Leta ayisyen », se sa Michaëlle Jean, ki te gouvènè jeneral Kanada epi anvwaye espesyal UNESCO ann Ayiti, te denonse an piblik. Nan yon rapò li te pibliye nan jen 2010 konsènan èd finansye kominote entènasyonal la te bay Ayiti, anvwaye espesyal adjwen Nasyonzini pou Ayiti, Paul Farmer, te denonse ajans entènasyonal yo ki te mete enstitisyon ayisyen yo sou kote nan jesyon èd la. Dapre rapò a, prèske tout èd imanitè yo te bay apre tranblemanntè a, se ajans èd bilateral ak miltilateral yo- tankou Lakwa Wouj ak ONG yo ki konn abitye founi sèvis, e menm kèk kontraktan prive- yo te bay yo. « Lè 99% finansman pou ijans la inyore entistisyon piblik Ayiti yo, sa vin fè gouvènman an gen anpil difikilte pou l ranpli wòl li kòm lidè », se sa Paul Farmer te deklare nan rapò ki rele « Qu’est-ce qui a changé avec l’aide ? Les envois de fonds en Haïti avant et après le tremblement de terre » (Ki sa ki chanje ak èd la ? Fon yo voye ann Ayiti yo anvan epi apre tranblemanntè a). Nan ven (20) dènye lane ki sot pase yo, Ayiti te soufri anba yon seri kataswòf natirèl ki vin youn dèyè lòt. Ayisyen toujou ap sonje jouk jounen jodi a 4 siklòn ki te frape zile Ispanyola a pandan ete 2008 la. Si tranblemanntè 12 janvye 2010 la te frape peyi a fò konsa se paske li potko menm fin reprann manm li apre siklòn sa yo. Se nan kontèks sa Ayiti te vin tounen yon teren fasil pou ONG yo te debake tankou pate cho. Yo akize anpil fwa enstitisyon sa yo poutèt yo pa pataje èd la ak Ayisyen yo epi yo aji kòmsi yo se yon Leta andedan Leta a. Pwoblèm nan, sèke li difisil pou separe bon grenn ak move grenn paske gen kèk ONG k ap fè bonjan travay nan kore patisipasyon sosyete a ak wòl popilasyon an, men gen lòt tou k ap fè magouy epi ki ap mal itilize fon yo, dapre kritik dirijan mouvman sosyal yo fè kont yo..

CIRH ak koze lòd la Se dekrè prezidansyèl 21 avril 2010 la, touswit apre tranblemanntè a, ki te kreye Komisyon enterimè pou rekonstriksyon Ayiti (nan lang franse, Commission intérimaire

54


Ayiti pale

Adriana Santiago Èd ki te rive ann Ayiti yo te sòti toupatou nan mond lan. Nan moman sa yo, chenn solidarite a te pi fò, menm si yo pa te konnen vrèman vre kouman moun yo te vle ede yo t ap viv. Kèk nan èd yo te parèt dwòl pafwa. Legliz episkopal Fenlann, pa egzanp, yon peyi ki nan Ewòp di Nò ki gen 5,3 milyon moun –mwatye popilasyon Ayiti a- men ki se youn nan peyi ki pi gwo nan mond lan lè nou gade kalite lavi epi fèb dansite popilasyon li an ; li te fè Ayisyen yo don kèk kay an bwa. Piske Fenlann twouve l nan ekstrèm nò Ewòp, li fè anpil fredi prèske pandan tout lane a, e bwa ki fè kay yo kenbe cho anpil.. Avèk 350.000 dola yo te ofri bay pawas Legliz episkopal Sen Matye a, yo te konstwi 80 kay ki gen 3,30 m x 3,50 m, anviwon 18 m², pou fanmi ki gen menm 6 moun ladan yo. Kay yo piti epi yo fè twò cho pou Karayib la kote nan ete chalè a kapab rive monte jouk 35°C. Kay yo te gen kizin kolektif ak gwo lakou kote moun kapab chita, menm jan ak ansyen Lakou diktati Duvalier a te entèdi yo. Fè envestisman nan estrikti pou kore sistèm lakou a, se yon pwogrè nan sans pou òganize peyi a.

55

Kèk kay ki sòti Fenlann ki pa pou klima Ayiti a

pour la reconstruction d’Haïti -CIRH). Li resevwa anpil kritik sou travay l ap fè san li pa menm enplike mouvman sosyal ayisyen yo ladan l. Komisyon an gen Ayisyen ki pwòch gouvènman an ladan l, li gen etranje ki makònen ak Nasyonzini ki ladan l tou ; se yo k ap kòdone ak sipèvize tout jefò reyabilitasyon ak rekonstriksyon yo. Se Bill Clinton, ansyen prezidan Etazini ansanm ak Premye Minis Ayiti a ki prezide li; li reskonsab pou planifye ak kòdone aksyon rekonstriksyon yo epi pou travay –swadizan- pou pèmèt yo mete ann aksyon pi fasil kèk pwojè devlòpman ak kèk priyorite. Dapre yon dokiman enstitisyon sa a, anvan yo apwouve yon pwojè ak pwogram , donatè bilateral ak miltilateral yo, ONG yo ak sektè prive a fínanse, CIRH la dwe fè yon rapò kritik sou li. Komisyon an ede tou pou bay pèmi ak otorizasyon pou konstwi lopital, sistèm pwodiksyon enèji, pò ak lòt pwojè devlòpman ekonomik. Dapre reprezantan espesyal sekretè jeneral Nasyonzini an pou Ayiti, Nigel Fisher, anvan manda CIRH la fini, li te apwouve kèk pwojè priyoritè pou yon montan 2,3 milya dola pou transpò, enfrastrikti, leve ak jere dekonb yo, devlòpman vil yo, edikasyon ak lasante. Dapre evalyasyon PAPDA fè, CIRH la te pran gwo tonton reskonsablite mete sou zèpòl li san li pa menm bay okenn rezilta. Gouvènman ayisyen an, gen lè li ta menm delege fonksyon li yo ba li, epi li lage popilasyon an anba men yon ògan ki initil ; sa kondane peyi a pou rete « nan yon sitiyasyon enstab epi li pèdi diyite l ». PAPDA denonse yon gwo goumen k ap fèt pou pouvwa, yon goumen ki pa ede ditou pou fè pwosesis rekonstriksyon an pwogrese, men pito pou kontwole milyon dola yo pral itilize anfavè peyi ki gen antrepriz yo ki ap travay nan peyi a. Dapre òganizasyon an, gen lè chak peyi ta chache enpoze antrepriz pa li yo pou pwofite rekonstriksyon Ayiti a. Anmenm tan ak CIRH, yo te kreye tou Fon finansye milti-donatè (nan lang franse, Fonds financier multi-donateurs -MDTF) ki gen pou misyon fè pwomosyon pou kapab gen amoni ant pwogram ak pwojè ki bezwen resous ak fon ki la disponib pou finansman. Fon an ta dwe fasilite kòdinasyon èd entènasyonal la epi garanti bonjan jesyon


Ki kote nou ye apre katastwòf la?

Yon leson solidarite Wooldy Edson Louidor « Solidarite se yon fason pèp yo itilize pou montre jan youn renmen lòt. »

Kwawouj Kolonbi se youn nan Premye enstitisyon ki te rive ann Ayiti apre katastwòf la. Foto: Cruz Vermelha Colombiana

« M te ale ann Ayiti paske m te vle montre solidarite m ak pèp ayisyen an apre trajedi li te viv la », se sa yon volontè Lakwawouj Kolonbi –yon ekspè nan konstwi abri pwovizwate di m, nan yon vòl avyon li t ap pran pou tounen sòti Pòtoprens ale Bogota nan mitan mwa mas 2011 la. « M se moun Armenya, ki nan depatman Quindio nan Kolonbi. Te gen yon tranblemanntè ki te kraze vil mwen an tou nan lane 1999. M konn sa sa vle di lè sitiyasyon an malouk epi m konprann sa sa vle di pou yon moun ki viktim

lè li resevwa yon koutmen epi lè li wè moun ki soti lòt kote vin ede l », toujou dapre volontè a ki se yon gason ki gen 70 lane. Li te satisfè anpil paske li te ranpli devwa l kòmsadwa apre li te fin ede Ayisyen yo pandan yon lane nan Pòtoprens. Santiman sa li genyen l, poutèt li byen ranpli devwa l, nou kapab di se tout pèp kolonbyen an ki te kapab gen santiman sa paske depi lè tranblemanntè a te fin pase, yo te montre solidarite yo ak Ayiti: se yon gwo leson solidarite yo te bay. Anvi sa yo te genyen « pou montre lòt la yo santi menm sa li santi a » epi pou montre l li pa pou kont li nan yon sitiyasyon ki malouk, se sa ki te fè volontè sa antre ann Ayiti « san li pa reflechi anpil »; volontè sa te viv kouman vil pa li a te detwi tou menm jan an. 25 janvye 1999, Armenya - ki se kapital Leta kolonbyen Quindio ki twouve l nan yon distans 290 kilomèt nan Lwès Bogota-, yon gwo tranblemanntè nivo 6,2 nan echèl Richter a te detwi l. Kidonk, volontè a te viv yon trajedi tou ki sanble anpil ak sa ki te pase ann Ayiti a. Tranblemanntè a ki te touye 300.000 Ayisyen epi li te blese anpil moun, li fè pèp kolonbyen an sonje move moman sa nan istwa Armenya ki gen 300.000 moun ki t ap viv la epi trajedi a te touye 800 ladan yo. Imaj trajedi a toujou rete non sèlman nan foto, nan fim ak achiv yo, men tou nan memwa ak nan kè pèp kolonbyen an ki te montre pèp ayisyen an menm solidarite lòt pèp toupatou nan mond lan yo te montre yo nan moman sa ki te tris anpil nan istwa Kolonbi.

Solidarite a se tankou yon viris ki ap pwopaje Depi lè yo fin tande nouvèl tranblemanntè ki te pase ann Ayiti, Kolonbyen yo te ale nan tout biwo Lakwa Wouj pou pote manje, rad, matla, dra, dlo, atik ijyèn ak lòt pwodui premye nesesite. Nan tout kwen nan peyi a, medya yo ansanm ak legliz yo, tanp plizyè relijyon, asosyasyon ak òganizasyon tout plim tout plimay, òganis Leta yo, lekòl yo,

56


Ayiti pale

Solidarite a depase tout kalkil yon moun te kapab fè Kèk jou apre trajedi a, Nasyonzini te mande Kolonbi kèk ekip sekou ak yon èd ijans pou Ayiti. Nan mwens pase nèf jou, yo te gen tan kolekte 1.200 tòn èd imanitè, yo te gen tan fè transfè 1,5 milya pesos kolonbyen sou kont bank Lakwa Wouj Kolonbi. Depi 23 janvye 2010, yo te gen tan ap distribye bay Ayiti plizyè tòn èd imanitè ki te soti Kolonbi nan uit vòl fòs anlè ak nan bato ARC Cartagena ki te fonksyone tou tankou bato-lopital ak 13 ekspè lasante ladan l. Lakwa Wouj Kolonbi te jwe yon gwo wòl pou kolekte èd la epi chache volontè ki te sòti toupatou nan peyi a. Nan yon rapò jesyon enstitisyon an te fè, nou kapab li chif sa yo sou operasyon yo te mennen ann Ayiti soti janvye 2010 pou rive nan avril 2011: 151.678 fanmi ayisyen te resevwa yon èd alimantè pandan 5 mwa, yo te distribye 168.000 lit dlo potab, 2.785 moun te resevwa fòmasyon pou konnen maladi epidemyolojik yo epi fè prevansyon sou yo , yo te distribye 3.168,48 tòn manje ak lòt bagay ankò pandan 15 mwa. Gen antou 600 volontè Lakwa Wouj Kolonbi ki te travay ann Ayiti pandan 6 mwa. Gen lòt ekspè kolonbyen ki te bay Ayisyen yo

yon fòmasyon nan kèk domèn tankou chache ak sove moun, lasante lè gen katastwòf, prevansyon kolera ak konstriksyon abri pwovizwa. Legliz katolik te kore solidarite kolonbyen an paske yo te voye, touswit apre tranblemanntè a, yon èd finansye bay pèp ayisyen atravè Caritas Ayiti. Te genyen nan tout pawas nan peyi a, jou 24 janvye 2010, yon gwo kòlèk kote Legliz la te resevwa yon kantite 2 milya pesos pou yo te voye ann Ayiti. Depi 2011, Legliz katolik te reyalize, atravè Caritas, divès kalte inisyativ pastoral pou kore solidarite li ak pèp ayisyen an. Inisyativ sa yo se te pou bay sipò, konsèy sou kesyon tankou « pwoteje timoun yo, fè prevansyon sou kesyon vann moun, fè pwomosyon pou fanm yo, edikasyon ak swen lasante pou kominote ki pi pòv yo », menm jan an tou pou ankouraje « pwosesis pwodiktivite a, lide pou kreye epi fòmasyon kòm moun ak kretyen pou kapab viv ansanm, fè solidarite epi travay pou devlòpman ». Tankou jan laprès te enfòme l, « apre 12 janvye 2010 la, ak kèk ekip sekou, plizyè tòn don, bato yo, vòl militè yo ak yon bann gwo otorite nan gouvènman Kolonbi an, solidarite kolonbyen an te depase tout kalkil yon moun te kapab fè ».

w Kolonbi se youn nan premye pèp ki te montre solidarite l ak Ayiti, li toujou kontinye manifeste lanmou li gen nan kè li pou pèp ayisyen an. Solidarite sa se, tankou jan Lakwa Wouj Kolonbi te di l lan, « li pa gen bout ». Oubyen tankou jan Caritas Kolonbi eksprime l la, li pa yon aksyon yo fè epi yo kanpe la, men yo dwe kontinye l manch long jouk li rive « ranfòse lyen 2 pèp yo genyen kòm frè ». Menm si Lakwa Wouj Kolonbi gen santiman li ranpli devwa solidarite l pandan epòk apre katastwòf la te pase ann Ayiti, li « kontinye sipòte Ayisyen yo ak Lakwa Wouj Ayiti nan ba yo konsèy teknik pou kapab ranfòse kapasite yo genyen pou reponn katastwòf yo ». Travay sa gen yon gwo enpòtans paske Ayiti toujou rete vilnerab anpil fas ak katastwòf natirèl yo tankou tranblemanntè yo ak siklòn yo. Caritas kontinye travay tou sou plizyè pwojè ki chita sou

57

inivèsite yo, antrepriz yo, elatriye, te lanse yon gwo tonton kanpay solidarite ak pèp ayisyen an.. 14 janvye 2010, de (2) avyon kolonbyen te rive ann Ayiti pou pote premye sekou imanitè Minis Enteryè ak Lajistis Kolonbi a ki se kòdonatè Sistèm nasyonal prevansyon ak swivi katastwòf yo, Fabio Valencia Cossio, bay peyi a. Pami premye sekou sa yo, te gen yon lopital militè pwovizwa, yon inite dlo ak asenisman, yon ekip ki gen uit chen ki pou sove moun, 10.000 pè gan epi menm kantite mask, 500 kit atik ijyèn, yon konntenè premye swen ki gen 100 kilogram founiti, yon lòt konntenè ki gen 180 kilogram medikaman. Kolonbi te rive rapid rapid, menm anvan Ayiti te di l ki bezwen li te genyen. Yo rive ak tout kè yo epi ak tout volonte yo. « Èd la se pa sèlman pou ijans lan. Gouvènman kolonbyen an pa te kite nou pou kont nou », se konsa Premye Minis Ayiti a nan epòk la, Jean-Max Bellerive, te di gouvènman kolonbyen an mèsi.


Ki kote nou ye apre katastwòf la? pwoteksyon ak sansibilizayson sou sitiyasyon timoun ayisyen yo ki vilnerab fas ak vyolasyon dwa moun yo epi ak koze vann moun nan Repiblik Dominikèn ak nan lòt peyi ; vilnerablite sa vin pi fò apre tranblemanntè a. Atravè Fondasyon Enstiti pou konstwi lapè (FINCOPAZ),Caritas Kolonbi ap mete sou pye ann Ayiti Mouvman Timoun k ap simen lapè, nan objektif pou « transfòme kèk pratik kiltirèl ki kapab pèmèt nou fè pwomosyon pou gen yon nouvo kilti respè pou diyite ak dwa timoun ann Ayiti apati valè Doktrin Sosyal Legliz la epi nan fè rekonèt, valorize epi redefini dwa timoun yo ». Nan reyinyon Konsèy sekirite Nasyonzini te fè, e prezidan Kolonbi an Juan Manuel Santos te dirije 6 avril 2011,

Lakwa Wouj Kolonbi te founi èd imanitè soti janvye 2010 pou rive avril 2011 . Foto: Cruz Vermelha Colombiana

prezidan an te mete sou tab deba sesyon ekstrawòdinè wo nivo òganizasyon entènasyonal sa kesyon reyabilitasyon ak rekonstriksyon Ayiti. Li te mande mond lan pou li pa abandone Ayiti, epi li te fè yon apèl bay kominote entènasyonal la pou remèt pwosesis rekonstriksyon peyi sa nan men Ayisyen yo. « Annou panse pou konstwi yon Ayiti ki miyò pa sèlman pou kounye a, men pou 25 lane k ap vini yo. Nou dwe imajine yon Ayiti pou demen epi mete baz solid pou Ayisyen yo menm kapab kontinye ak rekonstriksyon pwòp peyi yo », se sa prezidan kolonbyen an te deklare, detan li te envite Nasyonzini ak Konsèy li a pou ini yo epi « angaje tèt yo pou retire Ayiti nan tchouboum kote li ye jounen jodi a ».

58


Ayiti pale

Pa gen okenn rezon pou toujou kenbe CIRH Plizyè òganizasyon sosyal ayisyen te deklare yo kont pou renouvle manda CIRH la. « Kominote entènasyonal la kreye CIRH la pou li kapab enpoze sou tèt Ayisyen yo vizyon li genyen sou rekonstriksyon », se sa pè Jean Hansen, manm JILAP, te deklare. Nan menm sans lan, Rezo nasyonal k ap defann dwa moun (RNDDH) panse plan rekonstriksyon an te fèt san patisipasyon Ayisyen yo. « CIRH la se yon estrikti pou febli Leta ayisyen an pi plis ankò », se sa Pierre Esperance, direktè RNDDH –ki te mande Palman ayisyen an pou li pa renouvle manda komisyon an- te di. Men M. Esperance te pwopoze pou gen yon kolaborasyon sere ant Ayiti ak kominote entènasyonal la. GARR, ki se manm kolektif òganizasyon lokal yo k ap defann dwa lojman, te fè remake gouvènman ayisyen an, de (2) lane apre tranblemanntè a, poko janm alèz ak plan rekonstriksyon an. PDNA a yo te elabore apre tranblemanntè a, dapre sa Patrick Camille denonse, yo te prezante l Nouyòk ak nan Repiblik Dominikèn. « Plan sa, yo te prepare l san yo pa te menm fè okenn deba sou li nan sosyete ayisyen an », se sa li di. Toujou dapre Patrick Camille, prezans Misyon Nasyonzini pou estabilizasyon ann Ayiti (MINISTA) ak kreyasyon CIRH la apre tranblemanntè a montre Ayiti anba okipasyon. Bò kote pa l, platfòm Je Nan Je, ki gen ladan l anviwon 12 òganizasyon ak ONG –tankou Action Aid -, tire piman bouk tou sou CIRH la. « Tou senpman, paske li pa yon estrikti ayisyen », se sa Marjorie Bertrand, kòdonatris nasyonal Je Nan Je, di. Se Premye Minis ayisyen an ak yon gwo pèsonalitè

etranje ki enplike nan jefò rekonstriksyon yo, se yo toulède ki prezide CIRH la. Jefò sa yo, gen yon direktè egzekitif ki reskonsab pou jere operasyon yo, anba sipèvizyon yon sekretarya. Komisyon sa, mouvman sosyal la kritike l anpil paske li gen nan tèt li ansyen prezidan meriken Bill Clinton, ki se yon anvwaye espesyal Sekretè jeneral Nasyonzini ann Ayiti, ak Premye Minis ayisyen an ; chèz Premye Minis la te rete vid pandan kèk mwa, apre Gary Conille te fin remèt demisyon l kat (4) mwa apre li te okipe fonksyon sa paske li te gen chirepit ak Prezidan Martelly sou kesyon kontra rekonstriksyon yo apre tranblemanntè a. Depi lè a, moun ki te Minis zafè Etranje a (chanselye a) Laurent Lamothe monte kòm Premye Minis apre Sena a te fin apwouve l nan mas 2012. Apre demisyon Conille la, Martelly te pwopoze uit non, Sena a te rejte tout. CIRH la gen ladan l kat reprezantan gouvènman an, yon reprezantan Sena a, yon reprezantan Chanm Depite a, yon reprezantan mouvman sendika a ak yon reprezantan sektè antrepriz yo. CIRH la gen ladan l tou yon reprezantan chak gwo bayèdefon ki te ofri èd pou rekonstwi Ayiti epi ki te pote yon kontribisyon omwens 100 milyon dola sou yon peryòd de (2) lane oswa omwens 200 milyon dola sou fòm rediksyon dèt la. Peyi ak enstitisyon ki sou lis sa se Kanada, Brezil, Inyon Ewopeyèn, Lafrans, Etazini, Venezwela, BID, Nasyonzini ak Bank Mondyal. Lòt manm Komisyon an se: yon reprezantan Kominote Karayib la (CARICOM), yon reprezantan lòt peyi donatè yo, yon reprezantan Òganizasyon Leta Ameriken yo (OEA), yon reprezantan kominote ONG Ayiti yo ak yon reprezantan dyaspora ayisyen an.

Kontribisyon mouvman sosyal ayisyen an nan rekonstriksyon an APlizyè òganizasyon nan mouvman sosyal ayisyen yo te reyini nan yon platfòm pou fè tande vwa yo sou pwosesis rekonstriksyon peyi a. Platfòm sa ki rele Je Nan Je se tankou de (2) moun ki fasafas kote youn ap gade lòt la nan je pou wè si sa l ap di a se pa manti. Platfòm Je Nan Je egziste depi 2011, nan kontèks rekonstriksyon Ayiti a, se òganizasyon ak mouvman sosyal

59

lajan yo mete aladispozisyon pou rekonstriksyon Ayiti a. Se Bank Mondyal la ki jere l, menm jan ak aksyon yo k ap fèt ann Irak ak nan Afganistan ; se yon bagay ki fè mouvman sosyal ayisyen yo sispèk. Yo te kreye CIRH la atravè yon lwa ijans Palman an te apwouve apre anpil deba; CIRH la te gen yon delè 18 mwa pou li te rezoud sitiyasyon ijans lan. Li te kòmanse fonksyone depi oktòb 2010. Plizyè mwa apre manda li te fini, gouvènman an pa te menm pran okenn desizyon sou lavni komisyon sa.


Ki kote nou ye apre katastwòf la?

Pè Jean Hansen, direktè

ayisyen yo ki fòme l. Yo te lanse yon kanpay mobilizasyon pou goumen pou defann dwa pou gen tè ak kay ki desan ann Ayiti; kanpay sa te chita sou transparans, reskonsablite ak bon gouvènans. Kanpay la te jwenn sipò Action Aid, yo te lanse l ofisyèlman nan mwa out 2011 sou tout tèritwa a pou pouse reskonsab Leta yo fè tout sa yo kapab pou reloje nan kondisyon ki diy tout deplase k ap viv nan kan yo apre tranblemanntè a. « Nou regrèt tou pitit peyi a ki te kite zòn ki te afekte apre tranblemanntè a poko kapab jwenn tè», se sa Marjorie Bertrand, kòdonatris platfòm nan, fè konnen. Je Nan je, toujou dapre li, goumen tou pou yo pa konstwi kay pou moun rete, sou tè agrikòl ki kapab bay manje,. « Pwoblèm tè, yo pa toujou pran yo an konsiderasyon nan kontèks rekonstriksyon an », se regrè sa li genyen. Je Nan Je gen 800.000 manm ladan l ki nan 10 depatman jeyografik nan peyi a ; li te deja pwograme kèk konsiltasyon ki pran an konsiderasyon espesifite kesyon tè a genyen nan chak rejyon. « Inisyativ sa pral pèmèt nou tou elabore yon dokiman ak kèk espesifiste nasyonal », se enfòmasyon sa Bertrand bay. Pwosesis la pral abouti nan yon pwojè-lwa yo pral entwodui nan Palman an sou pwoblèm

Komisyon nasyonal episkopal Jistis ak Lapè (JILAP), plenyen paske li pa wè gen okenn volonte politik pou pote chanjman. Foto: Francisca Stuardo

tè a epi ki pral pran an konsiderasyon dwa lojman an epi nesesite pou reprann agrikilti a nan peyi a. « Palmantè yo te byen akeyi demand nou an », se sa li te kontan di nou, detan li te egzije pou se Ayisyen yo ki pran mayèt rekonstriksyon an nan men. Li panse tou li nesesè pou refonde nasyon ayisyen an nan kontèks rekonstriksyon an. Yon lòt mouvman òganizasyon sosyal ki rele Kolektif òganizasyon yo k ap defann dwa lojman an, yo te kreye l pou defann dwa lojman viktim tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Kolektif sa gen ladan l PAPDA, Platfòm òganizasyon asyisyen dwa moun (POHDH), Sèvis Jezwit pou Refijye ak GARR. Kore enstitisyon ayisyen yo, fè desantralizasyon, kreye lwa pou defini relasyon ant Ayisyen yo ak Leta, se kèk nan revandikasyon Kolektif sa genyen. « Dega tranblemanntè a fè vin pi grav lè nou konsidere tout sèvis piblik yo santralize nan Pòtoprens », se sa Patrick Camille, youn nan lidè Kolektif la epi dirijan GARR, di. Kesyon moun y ap mete deyò ak lafòs nan kan yo, se yon gwo tèt chaje li ye tou pou manm Kolektif la. Gras ak gwoup sa k ap defann deplase yo, Camille di li konstate zafè pouse do moun yo mete deyò nan kan yo gen tandans pou bese. Pa egzanp nan me 2011, majistre Delma a Wilson Jeudi te deklannche yon operasyon pou mete plizyè santèn fanmi deplase deyò sou plas piblik komin nan. Kan yo ki sou espas piblik yo, dapre majistra a, vin fè gen plis ensekirite nan vil la. Manm Kolektif la te poze majistra Jeudy kesyon sou desizyon sa yo panse ki pran nan gwo ponyèt. Konsa, ONG ki manm Kolektif la ansanm ak fanmi ki te konsènen yo te menase yo pral rele meri a lajistis. Òganizasyon sosyal ayisyen yo pa sèlman kontante yo fè demand oswa denonse pwosesis rekonstriksyon an ki lan. Plizyè santèn ladan yo ap egzekite kèk pwojè ki nan avantaj viktim tranblemanntè a. Se ka GARR ki ap reyalize yon pwojè kay nan Laskawobas anfavè viktim tranblemanntè yo ki te pati kite Pòtoprens. Pwojè sa, se Komite ijans pou katastwòf yo (nan lang angle Disasters Emergency Commitee – DEC) ki finanse l; li gen objektif pou amelyore kondisyon lavi moun ki viktim tranblemanntè a kòm moun ak nan domèn ekonomik, sosyal ak anviwònman. Se nan lòt pwent sa - ki gen arevwa ak pwosesis pou

60


Ayiti pale ktim trafik moun. Trafikan migran yo, yo rele boukonn, se kèk moun ki al chache lòt moun yo fè pwomès, pa egzanp yo di yo yo pral jwenn bon djòb. Moun sa yo vann tout sa yo genyen pou yo kapab vwayaje epi lè yo travèse fwontyè a, yo pa konn ki bò yo ye epi yo pèdi. Moun sa yo dwe rantre touswit nan peyi a. Nan ka sa, komite dwa moun GARR akeyi yo epi li ede yo tounen lakay yo. Yon lòt aktivite ki makònen ak aksyon imanitè GARR ap fè, se kesyon reentegrasyon sosyal la. Kote gen anpil rapatriye, òganizasyon an fè yon travay reentegrasyon sosyo-ekonomik ak kiltirèl ak moun sa yo epi ak kominote a. Li ede rapatriye yo pou reprann yo apre gwo chòk sikolojik yo sibi nan pwosesis rapatriman an; piske yo pèdi tout sa yo genyen epi yo blije pati kite zanmi yo, fanmi yo e pafwa menm timoun yo, se poutèt sa GARR akonpaye yo. Pafwa, menm moun ki nan kominote kote rapatriye yo tounen yo pa konprann yo nonplis paske yo te kite Ayiti depi lontan epi yo vin pa pale kreyòl la byen; sa vin fè li nesesè pou nou travay ak kominote a epi ak fanmi yo sou kèk pwogram reentegrasyon. Akòz sitiyasyon dezespwa anpil rapatriye twouve yo, pwogram GARR yo ba yo yon sipò sosyo-ekonomik, anplis yon asistans li bay timoun yo pou yo kapab ale lekòl. « Nou travay ak timoun yo, men tou ak lekòl yo pou yo kapab ede yo, paske anpil timoun sa yo pa te menm fèt ann Ayiti ». Nan pwogram sa yo, nou ede moun yo rekipere papye yo, pou timoun yo kapab jwenn batistè yo; gen kèk inisyativ tou pou ede moun sa yo reprann konfyans nan tèt yo, pou yo konnen dwa yo epi tout malè ki pandje sou tèt yo. Pa egzanp, nan lane 2011, GARR te travay anpil sou kesyon kolera a ki se yon malè pandje. Gen tou menas ak ris vyolans. « Fanm yo pafwa, lè yo pou kont yo, yo atire kèk gason ki panse sila yo ki te viv nan Repiblik Dominikèn se pwostitye yo ye. Yo panse yo kapab fè sa yo vle ak yo », se sa li esplike. GARR bay koutmen tou lè gen pou ale lajistis pou moun yo kapab jwenn yon batistè, pa egzanp, oswa lòt dokiman. Colette ki enplike nan travay imanitè sa ak migran yo fè nou konnen tranblemanntè a vin kreye yon kategori tou nèf: se moun ki lage nan lari san yo pa gen okenn kote pou

61

reprann sitwayènte a ak souvrènte peyi a- GARR ap goumen pou li fè pwomosyon ak defann dwa migran yo, gason kou fanm. Colette Lespinasse, ki se direktris GARR, esplike òganizasyon an travay ak twa kalte gwoup migran: rapatriye yo, refijye ki ann Ayiti yo epi, depi apre tranblemanntè a, moun ki pa gen kay yo. Se sitou sou fwontyè a li travay paske se la migran yo -ki prale pa egzanp nan Repiblik Dominikèn oswa ki rapatriye yo- pase. Colette souliye se tou pre fwontyè a kote anpil moun ap pase, sa vle di moun ap rantre nan peyi a oswa k ap pati kite peyi a. « Gen yon migrasyon k ap fèt chak jou, menm lè li pa fèt toutan, men se anpil moun k ap fè mouvman epitou gen anpil vyolasyon dwa moun. Konsa, fwontyè a enpòtan anpil pou nou», se sa li esplike. Travay GARR ap fè a gen ladan l 4 aks aktivite. Premye a se ensidans politik yo fè pou chanje pratik yo, politik ak lwa sou migrasyon yo, yon jan pou prevni migrasyon fòse a epi pou chache fè yo jere migrasyon sa pi byen. « Se yon pati ki enpòtan anpil nan travay nou epi, se pou sa tou, nou fè yon kanpay kominikasyon, fòmasyon epi nou prezante pwopozisyon nou yo bay otorite nasyonal ak lokal yo e menm nan nivo entènasyonal », selon sa Colette esplike. Dezyèm aks travay nou an genyen, se sipò nou bay gwoup ki gen yon malè pandje pou vyole dwa yo nan pwosesis migrasyon an, sa vle di moun ki pral pati kite peyi a, rapatriye yo ak moun k ap viv sou fwontyè a. Konsa, òganizasyon an ofri yon fòmasyon bay tout divès kalte gwoup sa yo ki enplike nan pwosesis sa, kèlkilanswa se sou fwontyè a oswa lòt kote. Yon lòt aks travay se asistans imanitè a. « Nou akeyi gwoup rapatriye ki rive yo. Pafwa, yo rive prèske toutouni paske yo te pran yo kote y ap travay, sou yon chantye oswa nan jaden, epi yo mennen yo sou fwontyè a. Yo rive ak sèlman rad sou po yo, tou sal oswa ak rad travay la. Anpil fwa yo rive tou malad epi tou grangou. Se yon travay nou fè toutan paske, prèske chak jou, gen kèk rapatriman Repiblik Dominikèn ap fè sou fwontyè a », se sa kòdonatris GARR la rakonte. Nan zòn kote nou konstate moun plis pase yo, tankou pa egzanp nan zòn Beladè ki se sant jeyografik fwontyè a, GARR gen yon sant akèy. Òganizasyon an akeyi tou kèk vi-


Colette Lespinasse, kòdonatris

yo rete, apre katastwòf la. Depi lane ki sot pase a, GARR ap travay tou nan kan ki tou pre fwontyè a epi ki sou fwontyè a, paske kèk nan deplase yo te kreye kèk kan nan zòn fwontyè a.

Gwoup k ap apiye refijye ak rapatriye yo (GARR), lanse pawòl piman bouk kont entèvansyon etranje a. Foto: Ermanno Allegri

O Avantaj koperasyon Sid-Sid la Tout peyi nan mond lan te pote Ayiti sekou. Peyi Amerik disid yo ak Karayib yo, jouk kounye a, te bay peyi a bonjan èd pou li ta leve kanpe. Inyon nasyon sidameriken yo (UNASUR) te montre li devwe ak kòz Ayiti a. Peyi UNASUR yo te pwomèt pou ba li yon fon 300 milyon dola. Manm li yo te ba li 100 milyon dola nan montan sa; epi rès la ki se 200 milyon dola, li te sòti nan yon kredi Bank entèameriken devlòpman (nan lang franse, Banque interaméricaine de développement BID) te bay. Yo te anonse yo ta pral kreye yon sekretarya teknik ak politik pou mete plan d aksyon UNASUR la sou pye ann Ayiti; plan sa gen ladan l kèk pwojè pou agrikilti, sekirite alimantè, enfrastrikti ak rediksyon ris sizoka gen inondasyon. Anplis UNASUR, Ayiti te resevwa sipò Alyans bolivaryen pou pèp Amerik yo (nan lang franse, Alliance bolivarienne pour les peuples d’Amérique -ALBA). Nan reyinyon peyi manm Alba yo te fè nan mas 2011, Venezwela te pran angajman pou li ogmante èd li ta pral bay Ayiti.

Brezil -ki li menm toujou la nan kè anpil Ayisyen akòz foutbòl la- ap vin tounen chak jou yon patnè pèp ayisyen an. Apre deblozay politik ki te genyen nan lane 2004 ann Ayiti, Brezil te ogmante èd li te bay Ayiti anpil, malgre mouvman sosyal yo kritike patisipasyon lame Brezil la nan Minista. Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA) te menm lanse yon apèl bay prezidan Brezil la nan moman sa, Luíz Inácio Lula da Silva, pou li entèveni yon jan pou retire twoup peyi li a genyen nan misyon an. Brezil ap kòmande Minista depi 2004. Prezidan Lula ak Dilma Rousseff te vizite Ayiti, anplis lòt misyon ofisyèl yo fè nan Pòtoprens. Yon gwoup foutbòlè brezilyen, avèk tout gwo jwè li yo, te vin jwe yon match amikal ak ekip nasyonal Ayiti a nan 2004. Rive prezidan Brezil la sou pouvwa a, Dilma Rousseff, pa chanje anyen nan koperasyon ant Ayiti ak Brezil. Prezidan Brezil la te fè premye vizit ofisyèl li ann Ayiti nan fevriye 2012. Nan okazyon sa, li te di peyi l ap toujou kontinye angaje li nan rekonstriksyon Ayiti. Brezil te pwomèt yon fon 172 milyon dola pou rekonstriksyon Ayiti, nan yon konferans entènasyonal bayè yo nan Nouyòk.

Viva Rio kont vyolans Nan lane 2004, Ruben Cesar, yon antwopològ brezilyen, te ale travay kòm konsiltan Minista ann Ayiti. Peyi a te tè fas kare nan epòk sa ak yon klima vyolans ki pa te janm gen anvan sa. Se toutan te konn gen kidnapin ak sasinay. Se konsa Cesar te deside kreye Viva Rio ann Ayiti, yon bra òganizasyon an ki ap travay depi plizyè lane nan Riyo de Janeyro. Òganizasyon an te koumanse aktivite li yo nan 2007 nan katye Bèlè, yon bidonvil Pòtoprens. « Aladiferans lòt ONG, Viva Rio pa yon estrikti kote ki gen chèf », se sa Jente Minne, yon reskonsab kominikasyon òganizasyon an, te esplike. « Filozofi nou se viv nan bidonvil yo, ak moun yo ». Objektif Viva Rio se pou redui vyolans epi fè pwomosyon pou gen devlòpman lokal. Apre tranblemanntè 12 janvye a, ONG brezilyen an te blije chanje estrateji l, yon jan pou li te kapab angaje tèt li nan kèk misyon imanitè epi pou desantralize aktivite li yo pou li kapab tabli li nan

62


ONG Brezil la VIVA RIO ann Ayiti depi 2007. Li konsantre aktivite li yo nan domèn lasante, anviwònman, espò, edikasyon ak sekirite kominote a. Foto: Ermanno Allegri

Rio yo lè li te vizite Ayiti nan lane 2012. « Li te montre li rekonèt enpòtans travay nou an genyen», se sa Minne fè sonje, detan li renouvle angajman òganizasyon li an genyen pou pataje eksperyans li ak pèp ayisyen an. « Se fason pa nou pou pote kontribisyon nou nan rekonstriksyon Ayiti », se sa li di.

Se pa tout bagay nèt ki negatif A Pa gen manti nan sa : rete anpil bagay ki pou fèt pou retire peyi a nan tchouboum li ye a, apre 3 lane depi tranblemanntè a te pase 12 janvye 2010 la. Fòk nou siyale tou, tout pwoblèm peyi a ap fè fas kare jounen jodi a, se pa sèlman akòz katastwòf la. Tranblemanntè a vin mete abse sou klou. Malgre evalyasyon negatif anpil aktè fè sou pwosesis rekonstriksyon an, kèk nan yo panse se pa tout bagay nèt ki negatif. « Vin gen plis timoun ki ale lekòl nan ane sa pase anvan tranblemanntè a», se sa reprezantan adjwen Sekretè jeneral Nasyonzini an, Nigel Fisher, esplike nan bilan li te prezante alokazyon dezyèm anivèsè katastwòf la. Nèf mwa apre tranblemanntè a, gen yon epidemi kolera ki frape Ayiti epi ki deja touye plizyè milye moun. Yo akize Nasyonzini, ki reskonsab twoup nepalè nan Minista yo, poutèt maladi sa ki antre nan peyi a paske se yo ki kontamine dlo rivyè Latibonit ki se pi gwo rivyè Ayiti genyen.

63

lòt zòn nan peyi a. « Nou la nan kat zòn nan peyi a », se sa Minne di. Viva Rio konsantre aktivite li yo nan domèn lasante, anviwònman, espò, edikasyon ak sekirite kominote an. Aktivite òganizasyon an fè, se Pwogram Nasyonzini pou devlòpman (PNUD) ak Kanada ki finanse yo; òganizasyon an enfòme li retire anviwon 120.000 tòn fatra solid chak jou. Anplis, li plante anviwon 100.000 pyebwa chak ane pou kapab reyabilite anviwònman an. Li mete aladispozisyon moun yo tou yon sant ki ofri yon fòmasyon rapid rapid bay plizyè santèn moun sou elektrisite, mason, ranje seri, elatriye. « Se yon lekòl ki pou rekonstriksyon Ayiti a », se sa Charles Sadraque- yon lòt reskonsab kominikasyon epi ki reskonsab tou pou relasyon ak medya yo nan òganizasyon an - esplike. Viva Rio te kreye yon lekòl foutbòl tou, yon jan pou pataje eksperyans Brezil nan domèn sa ak jenès Ayiti a. Anplis espò yo, nan volè reentegrasyon pwogram nan , Viva Rio montre timoun yo danse tou. Nan Bèlè, kote Viva Rio te koumanse travay, òganizasyon an resevwa sipò reprezantan Minista, lapolis nasyonal ak otorite ki nan zòn nan pou kesyon sekirite a. « Gen kèk akò pou lapè ki te siyen ant pati ki enterese yo pou fè pwomosyon pou lapè nan katye a », se sa Jente Minne esplike. Dapre li, jefò Viva Rio ap fè yo se pa pou granmesi. « Bèlè te pase soti yon zòn kote sekirite a te sou koulè wouj pou rive vin tounen yon zòn kote sekirite a vin sou koulè oranj. Rèv nou se pou fè Bèlè vin tounen yon zòn kote sekirite a sou koulè vèt», se sa li di. Pou fè pwomosyon lapè nan yon bidonvil kote ki gen plis pase 100.000 moun, ki sanble anpil ak favela Brezil yo, Viva Rio te ofri kèk bous lekòl bay timoun ki nan katye kote vyolans lan fèb. « Nou gen entansyon louvri pwòp lekòl pa nou pou kapab akeyi pi plis timoun », se sa reskonsab kominikasyon òganizasyon an esplike. Anmen tan Viva Rio fè pwomosyon tou pou touris dirab ann Ayiti. « Nou pral aprann moun yo travay nan sektè a », se sa Minne di. Dapre li menm, Viva Rio se yon ONG ki plis ayisyen pase brezilyen. E nou di sa paske sou 750 anplwaye ONG a genyen, li gen ant 7 ak 10 Brezilyen sèlman. Prezidan Dilma Rousseff te rankontre anplwaye Viva


Ki kote nou ye apre katastwòf la?

Kèk lekòl pou rekonstwi Leyogàn Por Adriana Santiago

Lekòl ki gen modèl estanda, ki fèt ak sipò CRESFED, nan kominote Leyogàn. Foto: Ermanno Allegri

Iposant tranblemanntè a te tou pre sifas tè a, nan yon pwofondè 10 kilomèt sèlman ; epi episant lan te tou pre vil Leyogàn , a anviwon 17 kilomèt nan sidwès kapital Pòtoprens lan. Nan yon ti bout tan, 80% vil la te detwi nèt, sitou lekòl yo ak biwo piblik yo. Sant rechèch sosyal ak fòmasyon pou devlòpman (CRESFED), se yon òganizasyon sosyete sivil la Pwofesè Gerard Pierre-Charles te fonde ak kèk lòt pwofesè ki te tounen ann Ayiti apre diktati Duvalier a. CRESFED t ap fè yon travay edikasyon sivik nan zòn nan epi akonpaye kèk aktivite ekonomik tankou prepare kèk semans pou plante,monte asosyasyon fanm, fè transfòmasyon fwi epi, sitou, fè yon travay edikasyon ak fòmasyon pou peyizan yo vin tounen sitwayen. Lè tout bagay nèt te tonbe, CRESFED te redefini tout objektif li yo epi, pou li te

koumanse, li te bay kesyon rekonstriksyon lekòl lokal yo priyorite. Suzy Castor, direktris CRESFED la, esplike kouman yo te reòganize travay yo apre tranblemanntè a. « Kidonk, nou te angaje tèt nou nan tout pwojè rekonstriksyon yo, sa se te yon gwo defi, sitou nan zòn riral yo kote tranblemanntè a te frape ». Nan zòn Leyogàn, gen de (2) eksperyans, youn ki nan yon zòn riral kote yo te repare twa lekòl epi yon katriyèm y ap konstwi dapre prensip lekòl modèl la, yon jan pou kominote a kapab itilize l tout jounen an. « Dapre sa nou panse, lekòl sa yo fè pati rekonstriksyon an. Dapre nou, rekonstriksyon an, se pa sèlman kay yo, se yon bagay ki ale pi lwen pase sa. Pou rive panse refondasyon yon peyi, sa gen ladan l anpil aktivite. Rekonstwi yon lekòl se pa sèlman konstwi yon kay, men tou se bay yon fòmasyon, fè fanmi yo patisipe epi fè tout sa ki posib pou kreye yon kominote eskolè », dapre li toujou. Madam Castor esplike CRESFED travay tou nan fòmasyon pwofesè yo ak direktè lekòl yo paske nan zòn riral yo lekòl yo pòv anpil epi gen kèk aspè yo potko rive mete sou pye, kidonk òganizasyon sosyal la fè entèvansyon pou bay moun nan vil yo oswa sila yo ki nan zòn riral yo diyite yo genyen kòm sitwayen. Dapre li, « fòk nou batay pou konsepsyon moun yo gen de lekòl la reprann diyite l. E pou sa fèt, nou blije pase pa Asosyasyon paran yo, ki transfòme pwòp lekòl yo fè l tounen yon lokal kote kominote a kapab itilize pou fè plizyè kalte aktivite. Nan maten, li se yon lekòl pou timoun yo ; epi nan apremidi, li vin tounen yon espas pou fè rankont ak reyinyon pou paran timoun yo ak pou kominote a. Espas sa gen yon enpòtans fondamantal, lè nou gade sitiyasyon dezòganizasyon ki gen nan zòn riral peyi a. Menm jan nan peyi Brezil, lekòl yo te kapab sèvi kòm lokal ki gen objektif piblik, pa egzanp : pòs pou fè vaksinasyon, lokal pou fè reyinyon katye oswa menm pou fè chapèl. Se ak lespri sa nou travay nan zòn riral yo».

64


Ayiti pale

Lekòl la pral gratis pou timoun yo, nan kèk lokal ki pi bon lontan pase titonèl an bwa yo kote pwojè pwofesè yo genyen an tabli li kounye a. Foto: Ermanno Allegri

paske se yon zòn ki te afekte anpil, epi se yon pwojè pilòt », se sa li di, detan li esplike yo pral pwopoze yon lòt konsepsyon tou nèf non sèlman pou lekòl yo, men ki kapab konsyantize popilasyon an an jeneral sou fason yo itilize espas la pou konstwi sitwayènte ak idantite kominote a. Nan sans sa, lekòl CRESFED te rekonstwi yo blije vin tounen lekòl piblik epi gratis, sa se pa yon bagay moun wè fasil ann Ayiti. Dapre Madam Castor, nan moman Ayiti te pran endepandans li an 1804, premye konstitisyon peyi a te mande pou kreye lekòl obligatwa epi gratis. Men jouk jounen jodi a, lekòl se pa yon bagay yo konsidere kòm yon priyorite. Suzy Castor sonje eslogan kanpay prezidan Martelly a ki te:« Lekòl gratis pou tout moun ». « Mwen menm, m te bat bravo paske si yon gouvènman ta rive fè sa vrèman vre, se t ap yon gwo koze, apre de (2) syèk », se sa li di. Men, li konnen sa pral enposib paske « Ok, dakò, sa pa kapab fèt nan yon sèl jou, fòk nou travay pou sa. E travay sa pa fèt tankou yon liy ki dwat, men li gen anpil vire tounen ki dwe fèt. Li pa yon bagay ki kab fèt bridsoukou nonplis». Li kwè lekòl gratis la pral vin tounen yon bagay ki posib si gouvènman an konsidere travay sa enpòtan anpil pou peyi a, epi li koumanse prepare kèk pwofesè ak kèk lekòl. Fòk li prepare sa yo pral mete nan pwogram nan, nan pedagoji a, elatriye. « Se tankou lè ou prale nan lagè. Fòk ou byen prepare tèt ou, ak tout estrateji ou byen monte. Gen divès kalte travay, paske se yon gwo zafè, sa pa fasil, men li pa enposib pou fèt nonplis. Anpil moun di non, men mwen menm m panse sa posib si nou gen volonte, si nou gen vizyon sou bagay yo ak sou preparasyon an. Men, jan bagay yo prale la, sa pral pèdi », se sa li deklare.

65

Nan rejyon Leyogàn, CRESFED te òganize kèk patenarya ant meri Ayiti yo ak administrasyon minisipal Kanada, Lafrans ak Lawolann, pou zòn yo rele Lèpal ki kouvri kat kominote, epi yo pral konstwi yon lekòl nan chak. « Nou tabli yon plan travay ak majistra yo, nan envite yo sitou pou fòme yon gwoup epi pou yo kapab aji yo chak. Lekòl la dwe vin tounen yon sant kominotè », se sa Castor di. Moun ki responsab « Lekòl pou Leyogàn », se Marco Bordignon, yon volontè italyen pou Projet Monde ki fè pati Mouvman layik pou Amerik Latin ak Afrik (nan lang franse, Mouvement des laïcs pour l’Amérique Latine et l’Afrique -MLAL). Anmenmtan, yo kontinye travay nan fòmasyon pwofesyonèl pou jere ti biznis yo genyen, yon jan pou kapab fè kominote lekòl la satisfè bezwen li yo. Sou twa lekòl pwojè a repare, pwojè a konsève yon estrikti pwovizwa ki orijinal, men li te ajoute gen kèk pui ki fon, ak kèk ponp, pou ofri dlo bay yon kominote ki gen 35.000 moun ladan l epi ki nan yon lokalite ki mezire 34,5 kilomèt kare (yon seksyon kominal). Lekòl yo vle konstwi a pase pa modèl fòmasyon pwofesè epi nan ankouraje kominote a pou vin granmoun tèt li; men pou tout sa ki gen arevwa ak achitekti a, li pral menm jan ak lekòl legliz episkopal yo, tankou sa y ap konstwi a nan pawas Sen Matye Legliz Finlann te finanse epi ki pral prive. Pral gen uit sal klas, li pral gen byo-latrin, yo pral itilize gaz pwopann pou kizin; sal klas yo pral resevwa bonjan lè epi pral gen jaden kominotè tou ladan yo. Nan mitan, pral gen yon gwo sal pou fè reyinyon . Majistra yo te byen resevwa pwopozisyon sa, dapre Madam Castor, paske -anplis lekòl yo- relasyon ki tabli nan kominote yo ranfòse yo politikman. Genyen tou enfrastrikti tou nèf ki konstwi, epi genyen tou sipò CRESFED. « Se yon pwojè ki ekstrawòdinè


Nasyonzini kontinye rejte akizasyon sa yo, malgre rezilta plizyè etid syantifik endepandan ki te fèt konfime akizasyon sa yo se vre. Kèk òganizasyon ann Ayiti k ap defann dwa moun te fè yon petisyon voye bay Nasyonzini pou mande yo pou dedomaje viktim maladi a. Poko genyen anyen ki ko deside sou sa. Pandan se tan, reprezantan espesyal adjwen Sekretè jeneral Nasyonzini an te bat bravo pou tèt yo te mete yon sistèm nasyonal alèt kolera sou pye, se Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) ki dirije l. Yo te tabli yon plan ijans nasyonal epi dis plan depatmantal –youn pou chak depatman- pou jere katastwòf natirèl yo sizoka yo ta pase.Plizyè milye Ayisyen, dapre sa Nigel Fisher di, te jwenn djòb gras ak kèk pwogram entansif ki mande anpil mendèv, bay travay epi kreye envestisman nan ekonomi an, sa te koumanse fè yo ofri plis djòb epi fè pwodiktivite nasyonal la ogmante. Pòt pawòl OCHA (ki se Biwo kòdinasyon Nasyonzini pou zafè imanitè) pa te dakò nonplis ak sila yo ki di pa gen anyen ki te fèt ann Ayiti pandan de lane ki sot pase yo. « Sa se yon mit, lè yo di pa te genyen anyen ki fèt nan kad rekonstriksyon an », se sa li reponn, detan li pale sou konstriksyon yon estasyon pou netwaye dlo nan Mòn Kabrit, lansman travay konstriksyon yon pak endistriyèl nan Karakòl ki nan depatman Nòdès la, epi pwopozisyon 16/6 pou reloje moun ki pa gen kay yo. Objektif pwojè 16/6 la se pou ede deplase k ap viv nan sis (6) kan ki akeyi 5.239 fanmi priyoritè yo–anviwon 30.000 moun- pou yo ale viv nan 16 katye nan Pòtoprens ak ozanviwon. Yo te retire plizyè deplase nan kèk zòn nan rejyon metwopolitèn vil Pòtoprens gras ak pwojè sa. Pwojè 16/6 la-16 katye pou 6 kan- ki koute 78 milyon dola, se CIRH ki te apwouve l ; Fon rekonstriksyon Ayiti a (HRF, dapre sig la nan lang angle) te finanse l ak yon fon 30 milyon dola. Sant tretman fatra yo ki nan Mòn Kabrit, ki pa lwen Pòtoprens, se premye sant konsa ki te genyen nan peyi a. Se gouvènman ayisyen an ki te kreye l ak yon sipò finansye kominote entènasyonal la te ba li. Sant sa a ki jwenn finansman pou 2,6 milyon dola, li gen yon kapasite pou trete 500 m³ fatra likid chak jou, sa vle di menm

66


Majorite timoun yo ap etidye nan kèk lekòl prive, menm sila yo k ap viv nan kan yo.

Plis patisipasyon Dapre direktè Komisyon episkopal nasyonal Jistis ak Lapè (JILAP), pè Jean Hansen, leson ki pi enpòtan nou kapab aprann sou rekonstriksyon sa se pa tèlman sa ONG yo oswa gouvènman an fè, men se volonte pèp ayisyen an montre li genyen pou pwoteje pase li, sa pèp la te deja genyen. Sektè enfòmèl la, dapre li, te reprann tout aktivite li tousuit apre tranblemanntè a. « Moun yo te rive degaje yo pou kont yo », se sa li di. Li bat bravo pou travay ajan imanitè yo te fè anfavè viktim yo pou ba yo dlo ak manje tousuit apre katastwòf la. Pè Hansen -ki pa gen (anvan sa)

Foto: Ermanno Allegri

okenn eksperyans konsènan yon gwo katastwòf konsa- di sa pa posib pou mezire si pwosesis rekonstriksyon an lan oswa li pa lan. Lè nou konsidere tout tonton dega tranblemanntè 12 janvye 2010 la fè, okenn moun pa te kapab atann yo peyi a ta pral leve kanpe nan twa lane sèlman; anplis, majorite pwoblèm peyi a genyen, yo te la anvan dezas la. Men, lè nou pran an konsiderasyon pwomès kominote entènasyonal la te fè yo, Ayisyen yo gen tout rezon yo pou reve yon Ayiti ki miyò pou yon lavni ki pa twò lwen. Plis pase 24 mwa apre katastwòf la, rezilta rekonstriksyon peyi a zuit, menm si ONG yo di yo satisfè pou travay imanitè yo te fè a. Sa ki bay plis tèt chaje nan sa, sèke yo pa pran an konsiderasyon vizyon Ayisyen yo genyen nan rekonstriksyon an.

67

kantite ak tout fatra yon popilasyon 500.000 moun pwodui chak jou.


Ki kote nou ye apre katastwòf la?

Koperasyon pou sove lavi moun Benedito Teixeira Koperasyon se mo ki fè Brigad doktè kiben yo bouje ann Ayiti; sa gen anviwon 13 lane depi yon premye gwoup 100 doktè te rive nan peyi a, apre siklòn Georges te fenk fin fè ravaj nan lane 1998. Moun ki te prezidan Ayiti nan moman an, René Préval, te pwofite relasyon diplomatik peyi a te fenk retabli ak Kiba; relasyon sa yo te koupe yon ti tan apre revolisyon kominis Fidel Castro te dirije a epi apre gouvènman Jean-Bertrand Aristide la -ki te eli prezidan demokratikman nan eleksyon 1991 lan- te retabli yo ak Kiba. Gouvènman Préval la te mande èd e rapid rapid Kiba te bay repons. Depi lè sa, solidarite Kiben yo ak pèp ayisyen an nan domèn lasante kontinye manch long, tankou jan chèf Misyon medikal kiben an ann Ayiti Lorenzo Somarriba López te di l nan yon entèvyou ak ADITAL. Sa moun poko ka fin konprann, sèke Ayiti se youn nan premye peyi ki te koupe relasyon diplomatik yo, yon ti kras tan apre revolisyon kominis lan ki te fè Fulgencio Batista rache manyòk li epi ki te fè Kiba koupe fache ak Etazini. Ayiti, ki se vwazen nouvo kominis yo, t ap viv anba diktati Duvalier a ki te livre peyi a bay kapitalis meriken an. Malgre konfli politik yo, entèvansyon etranje yo ak tout kalte katastwòf natirèl , èd la toujou kontinye. Poukisa ? López reponn : Kiba te toujou respekte prensip pèp ayisyen an genyen yo. « Ayiti se pou Ayisyen yo. Kiba akonpaye peyi a ak kèk pwogram ki koumanse nan yon kad “èd koperasyon”, se de (2) bagay ki diferan », se sa doktè a di. Dapre li, makfabrik èd imanitè a, sèke li la pou yon ti tan ki kout oswa, tankou jan li esplike sa, « M ede ou epi m pati; tout sa ki pase apre m fin ale, se pwoblèm pa ou ». Men Kiba prefere fè sa yon lòt jan, e li chwazi yon lòt pwogram koperasyon. Dapre López, sa ki fè pwogram sa diferan, se pa paske Kiba la ann Ayiti, men se fòmasyon resous moun, paske gouvènman kiben an kwè pou yon pwogram koperasyon kapab vin dirab, fòk li fòme kèk moun. « Ou kapab vini la, bay Ayiti lajan pou plante

diri, men fòk ou fòme kèk enjenyè agwonòm, kèk teknisyen agwonòm, kèk espesyalis lasante. Kiba kapab vini la epi li bay swen lasante, fonde kèk enstitisyon, men si nou pa fòme Ayisyen yo, nou pa pral kite anyen ki pral dire », se sa li esplike. Nan domèn lasante, gouvènman kiben an deja rive fòme 1.747 doktè ayisyen epi, jounen jodi a, gen plis pase 300 etidyan k ap etidye medsin Kiba, anpil ladan yo resevwa yon fòmasyon pou vin espesyalis. Pwoblèm nan, sèke se pa tout ki rete travay nan sistèm lasante ayisyen an. « Peyi ki rich yo atire yo, paske yo bon, peyi sa yo ofri yo bous e, si sa mache, yo ofri yo lòt kou epi yo fè yo rete lwen peyi a », se sa López regrèt. Li rakonte yon jou yon moun te mande si doktè ayisyen ki te etidye Kiba yo te itil Ayiti. « M pa te renmen kesyon an. M te sijere l pou l mande Kanadyen yo, Espanyòl yo, Franse yo oswa Ameriken yo, ki pran yo pou peyi pa yo, si yo te itil oswa non. Yo dwe itil, paske sinon yo pa t ap pran yo pou peyi yo », se sa li ensiste pou di.

Bay lasante kote ki pa te genyen anyen Lorenzo Somarriba López te prezante inisyativ gouvènman Kiba a genyen ann Ayiti, ak tout doktè li genyen nan peyi a pandan tout lane ki sot pase yo. Yon ti kras tan apre siklòn Georges la te fin pase, san (100) premye doktè kiben yo te rive ann Ayiti, yo te ale kote ki pa te janm gen sèvis lasante, « yo te pran wout tè, pase sou lanmè oswa vole nan avyon ». Se kote ki difisil pou rive, men yo mete ekipman yo sou do yo epi yo ale kote yo te kapab itil popilasyon an. Kiben sa yo te viv kay moun yo epi yo te koumanse aprann moun yo kèk mezi ijyèn, kijan pou yo fè prevansyon kèk maladi . Yo ba yo swen lasante epi yo distribye medikaman gratis ba yo. Premye kominote sa yo te bay yon premye gwoup jèn ki te aprann pale panyòl epi ki te pati ale etidye medsin Kiba. Yo te pran diplòm yo nan ansèyman pre-medikal epi yo te pase egzamen konpetans epi nivèlman pou yo te kapab antre

68


Ayiti pale

Mirak patenarya a Lorenzo López ensiste pou di Kiba travay anpil nan sa li rele « triyangilasyon koperasyon ». « Kiba se yon peyi pòv, men li

Lorenzo Samarriba López, chèf Brigad medikal kiben an ann Ayiti. Foto: Ermanno Allegri

gen yon gwo potansyèl moun, epi se sa ki fè fòs nou », se sa li di, detan li montre foto yon lopital nòvejyen ki nan Gonayiv, kote sitou kèk medsen kiben ap travay. « Nòvejyen yo gen anpil lajan, men li difisil pou medsen li yo vin travay la. Yo te konstwi lopital la e se Kiben yo k ap travay ladan l ». Doktè a fè nou konnen gen anpil Ayisyen ki nan dènye ane medsin ki tounen nan peyi yo pou fini etid yo kòm pwofesè epitou pou yo aprann geri kèk maladi (patoloji) ki parèt nan popilasyon pa yo. Nan Kiba, doktè a aprann trete lawoujòl nan liv , men isit la li aprann fè sa ak malad yo. Genyen tou anpil aksidan vaskilè nan sèvo akòz yo pa byen trete kèk dyabèt ak tansyon ki wo. Sa vle di peyi a vin tounen yon laboratwa pou sila yo ki ap fini etid yo ».

Operasyon mirak Pwogram koperasyon ant Kiba ak Venezwela, yo rele Operasyon Mirak, se youn nan pwogram ki atire plis atansyon. Pwogram sa yo te kreye nan fen ane 2005 lan, gen objektif pou

69

nan lekòl medsin. « Paske pou etidye medsin, fòk ou konnen matematik ak chimi. Yon byostatistisyen, pa egzanp, se yon moun ki konn matematik, li fè tout pwojeksyon yo, pwonostik yo, e tout sa nèt fè pati fòmasyon yon doktè », se sa López di. Yon lòt pwen enpòtan doktè a souliye pou li kapab montre Kiba te deside ale pi lwen pase tandans patènalis la, se jefò yo te fè pou aksyon yo genyen yon kalifikasyon ak yon apwòch syantifik. Chak ane, yo fè kèk toune syantifik, ak patisipasyon Kiben ak Ayisyen ki antou 150 delege. Yo pibliye atik yo nan kèk revi, kèk liv; epi konesans yo rive jwenn yo, medsen yo kominike yo antre yo. Dezyèm etap aksyon kiben yo, apre aksyon imanitè yo te fè apre siklòn George la, se te bay swen lasante nan lopital Leta depatmantal ayisyen yo. Kiba voye nan etablisman sa yo kèk chirijyen, radyològ, anestezis, pedyat, obstetrisyen, reanimatè, pami lòt espesyalis. Malgre tout rezilta sa yo nou kapab wè, López montre li yon ti kras desi. Gen foto yon gwo kay ki abandone, ki san moun ladan l. Se yon fakilte medsin Aristide te fè pou fòme kèk medsen. Apre li te pati ann egzil nan lane 2004, yo te fèmen fakilte a epi yo te fè lòt bagay nan kay sa a. Yon lòt kote, gen plis lòt bagay ki ankouraje doktè a. Brigad la fè pati lavi pèp ayisyen an chak jou pi plis. Menm si, dapre sa López rakonte nou, apre tranblemanntè 2010 la, gen anpil viktim ki te ale nan katye kote Kiben yo t ap viv la, menm si pa te gen sant sante, pou yo te ale chache laswenyay. Kidonk li te nesesè pou kreye -san yo pa te menm planifye- kèk inite pou koumanse opere moun. Nan lane 2006, Brigad medikal kiben an te deja prezan nan 102 sou 140 komin ki genyen nan tout divizyon politik-administratif Ayiti. Yon lòt istwa López rakonte nou, se sa ki te pase nan Kafou ki twouve l nan yon distans 7 kilomèt ak sant Pòtoprens, kote medsen yo te enstale yon lopital kanpay anba yon pye mango. Nan aswè, gen yon gwo lapli ki te tonbe epi tout bagay nèt te inonde. « Nou te vle kite vil la, men popilasyon an pa te vle nou ale. Yon majistra te louvri yon kay ki te pou fanmi Duvalier a epi nou te enstale nou la pou yon ti tan. Nou te fè kay la vin tounen yon sant sante epi, jouk jounen jodi a, Kiben yo toujou ap travay la ».


Ki kote nou ye apre katastwòf la?

Anplis swen li bay moun yo, gouvènman kiben an fè entèvansyon nan kèk pwojè enfrastrikti pou lasante. Foto yo: Brigada Médica Cubana

fini ak koze moun avèg sou kontinan Amerik Latin nan. Youn nan pi gwo kòz moun k ap tonbe avèg pami pòv yo, se katarat la. López fè konnen pwogram lan te koumanse nan Kiba, nan opere moun ki pi pòv yo epi, yon ti kras tan apre, yo te aplike menm pwogram sa ann Ayiti kote yo te kreye premye sant oftalmoloji nan Karayib la. Operasyon yo, se yon bann doktè espesyalis ki fè yo gratis. Anplis sant ki fiks yo, gen kèk inite chiriji ki ap deplase. Rezilta tout sa bay, sèke gen plis pase 54.000 Ayisyen ki deja opere. « Gen menm kèk Dominiken ki vini la pou fè operasyon. Kèk Ayisyen soti Etazini pou vin opere la. Se kèk moun ki pa gen mwayen pou peye operasyon sa nan peyi Etazini kote chak sitwayen dwe peye tout swen lasante yo resevwa; sila a ki pa sitwayen pa gen dwa jwenn anyen », se sa li obsève. Patenarya ak Venezwela pèmèt yo kreye lòt pwojè nan domèn lasante. Youn ladan yo se ranje kèk lopital kominotè nan

komin yo. Okòmansman, te gen 10 lopital yo te fenk ap konstwi nan lane 2008. Nan desanm 2009, senk ladan yo te fini nan kèk zòn kote ki pa te gen anyen pou bay popilasyon an swen lasante. Kounye a y ap konstwi lòt yo, men tranblemanntè a te kanpe pwojè a. Lòpez fè konnen premye lopital kanpay Ayiti, se Kiben yo ki te konstwi l.

Sove lavi moun yo, tou dabò Tousuit apre tranblemanntè a, gouvènman kiben an te voye yon brigad medsen ak paramedikal ki espesyalize nan swen pòs-katastwòf natirèl ak epidemi, Brigad Henry Reeve. López fè konnen lè siklòn Katrina te pase sou sid peyi Etazini (nan lane 2005) prezidan peyi a nan moman sa, Georges W. Bush Junior, te entèdi gwoup la pote èd li bay popilasyon meriken an. « Li pa te aksepte pou 500 Kiben te ale ede popilasyon sa a, majorite ladan yo se moun nwa k ap viv nan sid Etazini. Brigad sa a te deja ede

70


Ayiti pale

kèk Afriken e menm kèk Ameriken. López enfòme Brigad kiben an gen ladan l kounye a de (2) medsen meriken, men yo te pi plis nan moman katastwòf la. Jou tranblemanntè a, te gen 331 pwofesyonèl Kiben ann Ayiti. Pa gen okenn ladan yo ki te mouri, sèlman de (2) ladan yo te blese. 8 mas 2010, Brigad la te gen ladan l 1.712 kolaboratè. Dapre sa doktè an chèf la fè konnen,, yo te monte yon gwoup ki te gen ladan l 56 doktè espesyalis pou goumen kont epidemi yo. Te toujou gen sa yo rele « Brigad atistik kiben ». Kèk atis ki se sipèsta nan Kiba te vin enstale yo ann Ayiti pou travay ak ofèlen yo apre tranblemanntè a, detan y ap viv nan zòn ki pòv yo. Faz ijans tranblemanntè a te dire soti 12 janvye pou rive 30 avril 2010. Kiben yo te trete anviwon 350.000 malad pandan peryòd la epi yo te fè plis pase 8.000 operasyon, plis pase 1.000 akouchman, 421 sezaryèn ak plis pase 70.000 moun ki te malad te jwenn laswenyay nan sèvis readaptasyon yo. E moun yo te koupe

71

anpil moun, apre anpil anpil katastwòf ki pase toupatou nan mond lan. Li te deja la, pa egzanp nan tranblemanntè ki te pase nan Pakistan (nan lane 2005), dapre doktè a. Menm jou 12 janvye 2010 la, Kiben yo te koumanse konstwi sis nouvo lopital, klimatize, ki gen sal operasyon, swen entansif, medikaman ak pèsonèl ki fòme nan tout espesyalite nèt. Kiben yo te travay tou nan lopital ayisyen yo, menm nan sa ki prive yo, paske « se te moman pou sove lavi kèk moun ». Nan yon diskou ansyen prezidan kiben an Fidel Castro te fè, chèf misyon medikal la souliye inisyativ gouvènman peyi li a ki pwofite kèk jèn ki fenk diplome nan Lekòl latino-ameriken medsin (nan lang franse, École latino-américaine de médecine -ELAM) pou fè entèvansyon apre tranblemanntè a ann Ayiti. Yo te inogire ELAM nan Somè ibero-ameriken an nan lane 1999; li gen objektif pou fòme kèk medsin pou peyi pòv yo nan Amerik Latin. Okòmansman, te gen sèlman jèn Latino-ameriken ladan l men, apre, li te vin gen ladan l


Ki kote nou ye apre katastwòf la?

moso nan kò yo te gen dwa jwenn pwotèz yo te fè Kiba. Jounen jodi a, pwojè a ap fèt gras ak patenarya Brezil ak Venezwela. « Isit la, Brigad la fonksyone ak tout moun ki vle travay ansanm, san paspouki ; nou pa politize koperasyon an, yon jan pou koperasyon an pa soufri de sa », se sa doktè a di. Li souliye tou, anplis swen li bay, gouvènman kiben an koumanse travay tou sou kèk pwojè enfrastrikti pou lasante. Nan koperasyon ak lòt peyi, li te koumanse konstwi 30 lopital sou tout tèritwa a, 17 ladan yo deja fini detan y ap itilize nan kèk ka estrikti ti enstitisyon ki deja ekziste yo epi yo fè yo vin pi gwo. Yo te deja konstwi trèz tisant lasante. Pwogram sa, yo te diskite l epi apwouve l ak Venezwela epi ak peyi Alba yo nan Karakas. Nan somè mondyal pou Ayiti ki te fèt nan lane 2010 nan Sen Domeng, gen lòt peyi ki te vin rejwenn pwojè a tankou Brezil, Nòvèj, Namibi ak Ostrali. Pwojè a prevwa tou pou enstale 30 klinik reyabilitasyon entegral. Tousuit apre tranblemanntè a, doktè kiben yo te mete 5 klinik sou pye nan Pòtoprens men, piske te gen kèk deplase nan tout peyi a, solisyon an se te ogmante yo rive jouk 30, epi yo tout fonksyone. 27.000 malad te rive jwenn swen. Yon lòt

Anplis swen li bay moun yo, gouvènman kiben an fè entèvansyon nan kèk pwojè enfrastrikti pou lasante.

aksyon enpòtan Brigad kiben an te fè, se te kreye yon rezo vijilans epidemyolojik. Se gras ak rezo sa syantifik kiben yo te dekouvri kolera a ann Ayiti, 15 oktòb 2010, nan Mibalè ki nan yon distans anviwon 60 kilomèt nan nòdès Pòtoprens.

Foto yo: Brigada Médica Cubana

Tèt chaje kolera a 18 oktòb 2010, gouvènman ayisyen an te analize rapò Kiba a ki te dekouvri epidemi kolera a. Apre sis jou, prezidan Préval te konfime pou lemond antye maladi a te ekziste ann Ayiti. « Nou kapab admire sa. Nan anpil ka, nou pa kapab konfime ak menm vitès la yon epidemi nan yon peyi, paske fòk ou kontwole efè negatif sa kapab genyen, men Ayiti pa te gen anyen li pou l pèdi. Anonse sa pita, sa te kapab menm koze plis dega », se sa López fè konnen. Toujou dapre li, apre dekouvèt sa, Kiben yo te aprann trete kolera a rapid rapid, epi yo te koumanse mete kèk inite trètman sou pye. Pèsonèl la ki te nan penensil la ak nan Nòdès peyi a, ki pa te gen okenn ka kolera, te pote ranfò nan inite ki te nan pati Nò ak Sant la. Lè siklòn Tomas te rive, nan kòmansman novanm 2010,

72


Ayiti pale milyon ka, ak yon pousantaj mòtalite 1,36 sou chak mil moun. Ak brigad la, mòtalite a te vin kat fwa pi fèb, dapre López. Anplis inite trètman ki fiks yo, yo te kreye kèk gwoup rechèch pou idantifye kèk ka nan tout rejyon nan peyi a. « Ayiti gen kèk kote ki pa fasil menm pou ale. Peyi a gen anpil mòn, li gen anpil moun, epi pa gen inite sante nan kèk zòn riral. Men kolera a te frape tout zòn sa yo epi, piske moun yo pa jwenn okenn asistans, yo kapab mouri. Kidonk, nou te pran desizyon kòmandan anchèf la (Fidel Castro) te pwopoze nou pou kreye kèk gwoup rechèch », dapre sa López sonje. Se kèk gwoup ki te gen ant senk ak sis moun ladan yo, ak yon chèf epi yon medsen ayisyen, yon medsen Brigad kiben, yon enfimyè, anplis kèk sakodo ki gen ladan yo kèk manje ak medikaman. Dapre li, yo te ale nan tout kwen peyi a. Gwoup sa yo te montre moun yo tou kouman pou yo prevni maladi a. Anplis swen li bay moun yo,

Jouk lè Ayiti toujou bezwen yo

gouvènman kiben an

Brigad kiben an te blije fè fas kare ak anpil difikilte ann Ayiti. Akoz tranblemanntè a, se sèlman kèk depo ki te rete nan peyi a. Fòk nou te konstwi yon depo pou nou te kapab apwovizyone inite pwogram kiben an. « E kòm tout inite sa yo te gen anpil ekipman medikal, nou te kreye yon laboratwa elektwo-medikal pou fè mentnans materyèl sa a. Kounye a, Kiba gen 30 enjenyè byomedikal. Men nou ap fòme 31 jèn Ayisyen pou vin enjenyè byomedikal, isit la nan menm peyi a. Bilan aktivite Brigad medikal kiben an ann Ayiti, dapre sa Lorenzo Somarriba López te prezante, li ekstrawòdinè. Pandan 13 lane nan peyi a, yo te bay 18 milyon swen lasante, plis pase 138.000 akouchman, fè plis pase 320.000 operasyon, anviwon 55.000 Ayisyen te fè operasyon nan je. « Nou te sove lavi 312.000 moun, prèske menm kantite moun ki te mouri nan tranblemanntè a ». « Ou te mande m jouk ki lè Kiba ap rete ann Ayiti. Mwen kwè m te deja reponn ou. Prezidan Kiba a, jeneral Raúl Castro, bay garanti sa : kolaborasyon kiben an ki se yon ti jefò tou piti, li pral kontinye ann Ayiti toutotan yo bezwen l, si gouvènman peyi a vle l konsa. Pou Kiba, yon peyi k ap soufri anba yon anbago malfektè, nou pa gen twòp resous ankò. Nou manke tout bagay nèt, men nou pre pou pataje povrete nou ak sila yo ki pi pòv ankò pase nou epi ak sila yo ki, jounen jodi a, gen plis nesesite nan kontinan an », se konsa chèf Brigad l konkli.

fè entèvansyon nan kèk pwojè enfrastrikti pou lasante. Foto yo: Brigada Médica Cubana

73

Ayiti te inonde epi sa tout moun te pè a te rive, maladi a te simaye nan tout peyi a. Kolera a te vin tounen yon kesyon sekirite nasyonal, epi Kiba te voye ankò pèsonèl ki espesyalize nan sekou apre-katastwòf ak epidemi. Sou-sekretè Èd imanitè Nasyonzini an, Valérie Amos, te deklare pou di kominote entènasyonal la te bezwen 350 doktè ak enfimyè pou peyi a. Brigad la te gen tan jwenn yon ranfò ak 350 doktè, enfimyè ak lòt pwofesyonèl. Nan moman sa, te gen ann Ayiti plis pase 1.200 pwofesyonèl kiben nan domèn lasante. « Nou te rive menm genyen 1.349 kolaboratè, ladan yo te gen 134 jèn ki te sòti nan 22 peyi, ki te vini pou goumen kont kolera a. Yo te sòti nan peyi Ajantin, Bolivi, Chili, Kolonbi, Ekwatè, Salvadò, Etazini, Gwatemala, Ginen-Biso, Ondiras, Meksik, Nikaragwa, Paragwe, Pewou, Repiblik Dominikèn, Repiblik Arab, Mali, Nijerya, Brezil, Irigwe ak Repiblik Demokratik Kongo», selon sa López di. Brigad la te enstale 44 inite trètman kolera (nan lang franse, Unités de traitement du choléra -UTC) ak 34 Sant trètman kolera (nan lang franse, Centres de traitement du choléra -CTC) ki te simaye toupatou nan divès zòn nan peyi a. Ekip medikal kiben an te bay 77.354 ka kolera swen, jouk nan avril 2012. Ministè Sante te anrejistre plis pase yon demi-



Chapit 3 Phares Jerôme

Granmoun tèt nou nan zafè manje: yon tèritwa agrikòl ki sou kabann lopital

Grangou ak malnitrisyon ki afekte yon gwo moso nan popilasyon an se konsekans pwogram entegre (total kapital) ki pa genyen onivo nasyonal nan koze nitrisyon ak sekirite alimantè a. Enstitisyon piblik yo ki reskonsab sektè sa gen anpil difikilte pou yo ranpli misyon yo kòmsadwa. « Ensekerite alimantè a, ansanm ak mwayen lajan moun yo pa genyen pou yo achte, mete sou sektè pwodiksyon an ki pa kapab reponn ak tout demand yo, epi sous aktivite kote moun yo fè lajan fèb anpil, tout sa ogmante vilnerablite fanmi yo parapò ak chòk ekonomik ak sosyal yo», se sa PDNA a di. Pwogram Aba Grangou ak Ti Manman Cheri, prezidan Michel Martelly te lanse a, poko bay rezilta y ap tann de yo.

Foto: Ermanno Allegri

Malgre tè agrikòl Ayiti yo frajil, agrikilti a reprezante anviwon 25% nan PIB peyi a paske li bay 50% nan tout travay moun genyen nan peyi a. Nan tout peyi a, gen 85.000 ekta ki resevwa dlo (ki wouze) sou yon total 150.000 ekta. Selon PDNA a (Post Disaster Needs Assessment / Evalyasyon bezwen yo apre katastwòf), anvan tranblemanntè 12 janvye 2010 la, Ayiti te deja youn nan peyi nan Amerik la kote moun te plis soufri ak malnitrisyon, ak grangou. Malgre èd entènasyonal la, anviwon 3,8 milyon moun, sa vle di 40% nan fanmi yo, ap viv nan lamizè. Sa gen kòm konsekans enkapasite peyi a genyen pou li founi tout sa moun gen bezwen pou jwenn manje. Nan kantite sa, 30% timoun yo te soufri malnitrisyon kwonik, sa ki reprezante, selon kalkil yo, yon depans ekonomik ki koute 1,2 milya dola, sa vle di 30% nan PIB a.


Granmoun tèt nou nan zafè manje: yon tèritwa agrikòl ki sou kabann lopital Katastwòf janvye 2010 la pa te epaye sektè agrikòl la. Selon tablo yo te prezante nan PDNA a sou sektè sa, dekonb yo ak glisman teren yo te detwi sistèm irigasyon ki te kouvri 3.500 ekta, menm jan tou ak sant kote yo estoke ak transfòme pwodui nan zòn ki touche yo. Izin sik Dabòn ak batiman administratif ak teknik Ministè Agrikilti a te tonbe atè tou. Konsa, prèske yon tyè (1/3) nan fanmi yo te pèdi tout rekòt yo te kapab itilize pou manje epi pou viv; yo te evalye pèt sa yo a 12 milyon dola. Antou, 600.000 moun te abandone zòn kote katastwòf la te pase. Pa gen dout sou sa: trajedi a te mete abse sou klou parapò ak pwoblèm esktriktirèl sektè agrikòl la te deja ap rankontre epi li te redui kapasite gouvènman an te kapab genyen pou abòde yo. Enkapasite pou rezoud pwoblèm ki gen arevwa ak bezwen pou jwenn manje an kantite epi ki gen bonjan kalite, sa afekte sitou jèn timoun yo ak fanm ansent yo ki bezwen bay timoun yo tete: se yon gwo tèt chaje. Nan kèk liv lekòl, yo toujou kontinye di Ayiti se yon peyi ki esansyèlman agrikòl. Lè nou ap gade jounen jodi a sitiyasyon sektè agrikòl la, anpil moun menm panse yo ta dwe retire fraz sa nan liv jeyografi yo paske peyi a pa menm kapab rive bay popilasyon li an manje. Nan lane 2007, selon Kòdinasyon nasyonal sekirite alimantè a (CNSA), 52% nan manje ki te disponib ann Ayiti se manje enpòte yo te ye. Poutan nan tan lontan Ayiti se te yon peyi ki te kapab bay pèp li manje pou kont li. « Ekonomi peyi a te chita sou ekspòtasyon pwodui agro-alimantè yo tankou kafe, kakawo, sik. Pwodiksyon sa yo te degrenngole pandan lane 80 yo », se sa Chavannes Jean-Baptiste- lidè Mouvman Peyizan Papay (MPP) ki se youn nan òganizasyon peyizan ki pi enpòtan nan peyi aesplike. Koz ki anpeche ekonomi an vanse ann Ayiti se: envestisman ki manke nan sektè a, kriz politik ale pou vini epi, anplis enstablite politik sa a, resous lajan yo ki mal envesti. Nan sektè politik la, yo te mete sèlman yon ti kras resous pou kore kapasite pwodiksyon ekonomik la nan dis (10) dènyè lane yo. Nan sektè prive a, resous lajan ki disponib atravè kredi labank yo distribye, yo te bay yo pou aktivite kòmèsyal yo nan dezavantaj sektè pwodiktif yo tankou agrikilti a pa egzanp.

10 milyon Ayisyen ki genyen yo pa ta kapab bay tèt yo manje pou kont yo,

Pwoblèm estriktirèl yo

tankou jan sa te konn

Kredi ki pa genyen, envestisman piblik yo ki manke ak konpetisyon pi gwo manje pi piti ki genyen ak pwodui etranje yo, se kèk nan pwoblèm sektè agrikòl la genyen. Ayiti se te yon peyi ki te kapab bay tèt li manje pou kont li -sa gen anpil tan-, jounen jodi a li se yon peyi ki depandan. Pwoblèm sa yo te la anvan tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Ak yon popilasyon ki gen anviwon 10 milyon moun, Ayiti se yon mache ki enpòtan pou vwazen li yo, tankou Repiblik Dominikèn. « Enpòtasyon yo te reprezante 48% nan tout demand peyi a te fè nan lane 2011 », se sa ekonomis Frédéric Gérald Chéry esplike nan liv li a ki te pibliye nan lane 2008 epi ki rele L’Économie et ses fondements cognitifs en Haïti. Dapre li menm, demann pou diri ann Ayiti ap fè peyizan azyatik oswa meriken yo vin rich, demann pou tekstil yo ap fè travayè chinwa yo vin rich, alòske demann pou ze ap fè agrikiltè dominiken yo vin rich. Dapre rezilta ankèt nasyonal sou sekirite alimantè CNSA te fè, 80% nan tout sa peyi a konsome tankou diri, ze, vyann poul, se enpòte li enpòte yo ; tankou, pa egzanp, 65% nan pwodui ki fèt ak lèt yo. Nan lane 1981, poutan, pwodui alimantè peyi a te enpòte sòti aletranje pa te depase 19% nan tout sa li te konsome.

pase nan tan lontan, ak yon agrikilti ki pwodui manje sèlman pou yo. St-Naré Philefranp, pòt pawòl Mouvman Peyizan Papay, sipèvize legim yo pral keyi nan yon jaden. Foto: Phares Jacôme

76


Ayiti pale

Ayiti gen 75% mòn sou tout teritwa li, men mwens pase 2% tèritwa li kouvri ak pyebwa. Se yon peyi ki ap pran wout prese prese pou vin tounen yon dezè. Sou Foto a, nou kapab wè yon pati nan wout ki ale Fon Kochon, nan Grandans. Foto: Phares Jacôme

Legenda, legenda Foto: Phares Jacôme

genyen pou ranplase mendèv la ak ekipman mekanik. Sa redui kapasite li gen pou pwodui a yon nivo ki wo, menm jan tou li bese lajan fanmi yo rantre », se sa rapò a souliye. Poutan, yo plenyen poutèt gwo pwopriyete yo jeneralman se fanmi ki rich yo ki viv nan gwo vil yo nan peyi a oswa aletranje ki mèt yo. Pwoblèm nan, sèke pa gen anyen ki fèt. Anpil peyizan, pou yo kapab viv malman, blije fè akò ak gwo fanmi sa yo pou travay demwatye, sa vle di travay tè ki pou lòt pwopriyetè ki ba yo apre mwatye nan rekòt la. Chavannes Jean-Baptiste di Leta pa gen okenn politik sou kesyon pwodiksyon agrikòl la. « Agrikilti a resevwa sèlman anviwon 4% nan tout resèt nasyonal la, yon lajan yo itilize pou peye pou fonsyònman an », se sa li denonse. « Pratikman pa gen okenn envestisman ki fèt nan sektè agrikòl la. Yo lage peyizan yo pou kont yo ». Anviwònman an ki ap degrade a se yon lòt koz ki enpòtan nan fè pwodiksyon agrikòl la bese. Selon lidè MPP a, tè yo ap depafini akoz ewozyon an ki ale ak plizyè milyon tòn tè ki bon pou travay; tè sa yo menm, yo pral detwi anviwònman lanmè a, sa pral konplike sitiyasyon pechè yo. « Sitiyasyon an ap vin pi grav chak jou lè nou konnen Ayiti se yon peyi ki gen 75% mòn epi ki gen mwens pase 2% nan tèritwa li ki kouvri ak pyebwa. Se yon peyi k ap pran wout prese prese pou vin tounen yon dezè », se sa li denonse. Chavannes Jean-Baptiste te site lòt blokaj ki anpeche sektè agrikòl la devlope, tankou pa egzanp, pwoblèm tè yo pa kapab travay paske mèt yo pa gen papye (tit pwopriyete) epi yo pa anrejistre yo nan kadas. « Anpil peyizan pa gen tè. Sa ki gen yon ti mouchwa tè, anpil ladan yo gen pwoblèm pou asire byen yo paske yo konnen yo kapab mete yo deyè nenpòt ki lè », se sa li di, tou estomake. Mete sou sa, fòk nou di tou pa gen kredi agrikòl ni asistans teknik, epi estrikti agrikòl yo fèb pri yo ki ap monte desann, tè yo chak jou bay mwens rannman, pwodiksyon an ap bese tou li menm. Debwazman se yon lòt gwo tèt chaje pou sektè agrikòl la. Selon yon rapò ministè Ekonomi ak Finans, yo koupe anviwon 30 milyon pyebwa chak ane nan peyi a, sa vin fè peyi a frajil anpil ak katastwòf natirèl yo. E chak fwa gen yon katastwòf, gen anpil gwo pèt ki fèt nan sektè agrikòl

77

Pa gen okenn dout sou sa : firamezi ane yo ap pase, pwoblèm nan ap vin pi grav. « Ayisyen yo enpòte chak lane plis pase 400.000 tòn diri ki koute 240 milyon dola meriken », se sa prezidan Federasyon nasyonal pwodiktè diri ann Ayiti (FENAPRIH), Pierre Richard Santard, esplike. Se sa ki fè Ayiti vin tounen twazyèm enpòtatè diri, apre Meksik ak Japon. Youn nan pi gwo koz sitiyasyon sa, se paske peyi a te louvri de batan pòt mache li a depi lane 1986. Malgre tout sa, yon etid CNSA fè montre yon kesyon ki bay tèt chaje konsènan posiblite pou reprann agrikilti ayisyèn nan : se ti moso tè yo ; etid sa pa ale nan menm sans ditou ak bezwen ki genyen pou ankouraje ti agrikiltè yo. Ti moso tè yo, selon Kòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè a, limite posiblite ki genyen pou ranplase mendèv la ak gwo ekipman mekanik, epi limite nan yon nivo ki ba kapasite pou ogmante pwodiksyon chak mendèv kapab bay. Pou CNSA, yon kilti ta dwe fèt anmwayèn sou 2,35 ekta nan tout ti moso tè yo ki plizoumwen gen 0,62 ekta, sa vle di se 1,46 ekta pou chak kilti ; sa te kapab mete agrikilti fanmi yo anfayit. « Kesyon ti moso tè yo se youn nan pi gwo tèt chaje agrikilti ayisyèn nan genyen, paske li redui posiblite ki


Granmoun tèt nou nan zafè manje: yon tèritwa agrikòl ki sou kabann lopital

Kafe kreyòl la, se yon bon pwodui yo chache anpil Adriana Santiago Lè gouvènman an te inogire lokal tou nèf Enstiti nasyonal kafe Ayiti (INCAH), jou 12 oktòb 2012, sa te fè wè li bay pwodiktè kafe yo enpòtans yo merite a. Sa se sèlman yon ti kras bagay nan tout sa yo gen bezwen, men se deja yon kòmansman. Se yon etap anplis ki te koumanse nan mwa novanm 2011 nan Kenskòf nan premye Fowòm entènasyonal « Kafe Ayiti », kote yo te pale sou ki mwayen yo pral mete anplas pou fè pwomosyon epi devlope endistri kafe a pou voye aletranje. INCAH se yon òganis piblik ki endepandan, li pa gen objektif fè lajan; se divès aktè nan sektè a, sitou pwodiktè yo ki manm asosyasyon ak ONG ki travay pou kore sektè kafe a ann Ayiti, ki te kreye l. Men li anba sipèvizyon Ministè Agrikilti, Resous natirèl ak Devlòpman riral. Objektif Enstiti a genyen se pou kontribye nan devlòpman endistri kafe a, detan li ap travay pou amelyore kondisyon lavi moun ki konsènen yo. Nan diskou inogirasyon lokal tou nèf Enstiti a, minis Thomas Jacques te montre li kwè anpil nan òganis sa epi li panse sektè a te kapab fè plis bagay tankou, pa egzanp, vin pi aktif sòti depi nan pwodiksyon rive nan kòmèsyalizasyon. Kòdonatè egzekitif INCAH a, Jobert C. Angrand, te sèmante, pwodiktè kafe yo ap gen laviktwa paske sektè a koumanse òganize tèt li depi nan lane 90 yo, epi se premye fwa nan istwa peyi a yon gouvènman kore aksyon pou pwoteje anviwònman an detan li ap bay bonjan bourad ekonomik pou regwoupe sektè kafe a.

RECOCARNO KÒM AVANGAD Pami tout koperativ yo, sila ki fè plis pale de li akoz gwo kantite kafe li ekspòte, se Rezo Koperativ Kafe nan Nò (RECOCARNO) ki chita nan vil Okap, nan yon distans 250 kilomèt nan Nò Pòtoprens. Nan depatman Nò ak Nòdès peyi a, gen 6.500 pwodiktè ki tabli sou mwens pase de (2) ekta tè.

Òganizatè yo, tankou prezidan RECOCARNO a, Aurèle Decimus, plenyen paske li enposib pou ogmante kantite chak moun kapab pwodui lè nou ap gade vyek ti moso tè yo chak genyen. Men, lè nou konpare misye ak lòt kòlèg li yo, li se prèske yon « gwo pwopriyetè tè »; li genyen sèt (7) ekta tè, ki tou pre fwontyè Ayiti ak Sendomeng, kote li menm ak dis (10) pitit li yo ap travay. Decimus se yon eksepsyon ak règ la, men nou pa kapab pale de agwo-endistri tout bon vre. Yon lòt bò, nou pa kapab bliye tou lè chak moun gen vyek ti moso tè, sa ankouraje agrikilti familyal la ki li menm, dapre FAO (Òganizasyon Nasyonzini pou alimantasyon ak agrikilti), se yon solisyon pou peyi a kapab vin granmoun tèt li nan zafè manje (souvrènte alimantè). Kafe a, se biwo Recocarno Trading Company Twin ki ekspòte l an grann kantite, li ankouraje pwodiksyon l, li fè maketing pou pwodui yo, pou kore òganizasyon an epi pou mete divès kalte manm ladan l, paske chak rejyon pwodui yon kafe diferan; sa se yon avantaj andiplis. Angletè pou kont li enpòte jiska uit (8) kontenè chak lane pou yon pri ki varye anpil selon mache entènasyonal la. Kanada ak Lafrans se bon kliyan yo ye tou. Etazini, ki se youn nan pi gwo peyi enpòtatè, pa egzanp li enpòte Alltech Café Citadelle, yon kafe « arabica » yo keyi ak men, li se yon kafe òganik yo plante ozalantou Sitadèl Laferyè e ki menm rive jwenn sètifikasyon entènasyonal Fair-Trade Certified™ ; yon kilo (12 oz) kafe sa koute 12 dola meriken. Nan peyi Brezil, yon kafe òdinè konsa konsa koute de (2) dola, pou plis kòb. RECOCARNO se koperativ kafe ki la pi lontan ann Ayiti ; li fonde nan lane 1997 epi, ak koutmen ONG OXFAM ba li depi lane 1998, li rive jwenn sètifikasyon kòmès ekitab nan men FLO (Fairtrade Labelling Organisation), yon antrepriz endepandan ki bay sètifikasyon entènasyonal. Sa vin fè kafe li a gen plis valè. E se poutèt sa, fòk yo pran plis prekosyon tout tan pou yo kapab toujou pwodui bonjan kafe.

78


Ayiti pale

Pou yo kapab respekte nòm entènasyonal yo, fòk yo toujou gen èd ONG etranje yo pou prepare pepinyè epi pou distribye pi bon grenn kafe. Se 5 milyon ti boutèy ki ap fè alevini, yo tout chaje ak grenn yo seleksyone pou prete. Konsa, RECOCARNO sipèvize tout pwosesis pwodiksyon an, yon jan pou fè respekte nòm nan epi pou li pa pèdi sètifikasyon an. Li fè kontwòl la atravè uit (8) koperativ li gen nan sis (6) komin ki nan depatman Nò ak Nòdès – se plis pase anviwon 50 anplwaye rezo koperativ la genyen. Kòm chak rejyon gen espesyalite pa li, odè kafe a depann de ki kote li sòti. Gen yon diferans ant kafe yo plante Dondon, Plezans oswa Montòganize. Menm fason yon transpòte li a gen gwo enfliyans sou odè li epi, se pou tèt sa, tout pwosesis la nèt dwe fèt ak anpil swen depi lè yo separe l, fèmante l, lave l epi seche l nan solèy. Okenn grenn ki pa bon pa dwe antre nan sa yo pral ekspòte a. Poutan «

move grenn sa», yo vann li sou mache lokal la byen chè. Anplis, youn nan prekosyon yo dwe pran ak kafe a - sitou li se yon benefis ki enpòtan pou peyi a ki deja ap soufri pwoblèm debwazman an (pyebwa y ap koupe anpil) ak tè yo ki ap depafini-, se pou fè l pouse anba pyebwa yo. Konsa, plantasyon kafe nan Nò ak nan Nòdès sèvi pou konbat debwazman an, epi li blije yo plante yon pyebwa Ayisyen yo rele Sament. Li pwoteje tè yo kont ewozyon epi li fè lonbray pou kafe yo. « Se paske manm nou yo nan plizyè komin nan depatman Nò ak Nòdès ki fè toujou gen kèk pyebwa nan zòn sa yo », se sa prezidan Recocarno a, Aurèle Décimus, fè konnen nan yon entèvyou li te bay jounal Le Nouvelliste. Se pou tèt sa epitou pou lòt kontribisyon ankò, tankou api ekonomik yo bay fanm yo, ki fè yo te bay RECOCARNO pri René Dumont nan lane 2003, yon pri ki rekonpanse gwo kontribisyon ak devlòpman riral k ap fèt nan peyi pòv yo.

Yo plante kafe kreyòl arabika nan lonbray. Se yon pwodiksyon ki fèt yon jan ki san pou san atizanal. Foto: Phares Jerôme

79

Nòm entènasyonal la


Granmoun tèt nou nan zafè manje: yon tèritwa agrikòl ki sou kabann lopital la. Menm jan an tou, yon lòt konsekans debwazman an genyen se diminye kantite dlo yo itilize pou wouze. Jouk jounen jodi a, poko janm genyen yon politik rebwazman, pa menm gen yon politik enèji pou te kapab redui kantite chabon bwa moun ap itilize ki reprezante 75% nan enèji moun bezwen pou fè manje nan vil yo. Jounen jodi a, menm nan zòn riral yo, moun prèske pa jwenn bwa ankò pou fè manje. Agrikilti a vin tounen yon aktivite ki frajil anpil. Pandan sezon lapli pa tonbe, peyizan yo soufri anba sechrès. Lè lapli tonbe, yo pran anba inondasyon.

Leyogàn sonje kann li an Leyogàn, ki twouve l a anviwon 53 kilomèt nan sid Pòtoprens, gen anpil tè plenn, yo bati anpil kay sou yo; sa vin afekte pwodiksyon agrikòl la. Fenomèn sa, ki koumanse depi kèk lane, te deja lakoz yon bon kantite plantasyon kann disparèt. « Sa te gen 20 lane, Chatuley (yon ti lokalite nan Leyogàn) se te yon gwo plantasyon kann. Li te difisil pou mache nan mitan plantasyon kann yo. Jounen jodi a, lokalite sa vin tèlman gen moun, yo fè l tounen yon bidonvil », se sa Civil Melour, prezidan Mouvman agrikiltè Leyogàn yo, konstate. Nan komin Leyogàn, ou kapab jwenn youn –si se pa sèl izin sik ki rete nan peyi a. Yo te konstwi l nan lane 1983 ; yo te fèmen l pandan kèk tan, jouk ansyen prezidan René Préval te vin relouvri l pandan premye manda li a (19962001). Okòmansman, Leyogàn te konn fè yon bon kantite kann ki te menm kapab alimante izin nan. Plizyè santèn gildiv te fonksyone sèlman pou fè alkòl pou mache Leyogàn nan ak lòt vil depatman Lwès la. Jounen jodi a, se pa menm bagay la. « Depi yo te relouvri l, izin nan fonksyone dousman », se sa agwonòm Martenot-Nels Narcius, chèf sèvis endistriyèl nan izin nan, esplike. Tranblemanntè 12 janvye 2010 la, se te dènye kou ki fin touye ti sa ki te rete nan sektè agrikilti Leyogàn nan. Plantasyon kann yo, anviwon 70 moso tè nan Santo ak Sabous, te tonbe apre tranblemanntè a. « Popilasyon an, ki t ap chache kote pou yo rete apre katastwòf la te vin pase, te boule plantasyon yo », se sa agwonòm nan esplike. Selon Narcius, tè ki pou izin sik Dabòn nan, yo rezève

Mòn yo, yo debwaze pandan kèk syèk, ap soufri anba yon gwo ewozyon. Foto: Ermanno Allegri

yo pou plante kann epi pou pwodui divès varyete kann, yon jan pou ranplase premye kalte kann yo ki gen plis pase 12 lane epi ki vin mwens rantab. Jounen jodi a, 70 moso tè sa yo, yo separe yo nan plizyè lo epi yo konstwi sou yo ; sa vin redui anpil posiblite pou pwodui kantite kann yo ta bezwen pou fè izin nan fonksyone. Abri pwovizwa yo (tant yo) ki gaye toupatou nan ti katye ki nan vil la, ONG yo te konstwi yo konsa konsa pou viktim tranblemanntè a. « Fonksyònman izin nan se pa yon bagay ki estab », se regrè sa Martenot-Nels Narcius genyen, paske manke kann. Tankou anpil lòt pitit Leyogàn, chèf sèvis endistriyèl izin sik Dabòn nan, pè pou aktivike konstriksyon yo pa vin ranplase -nan kèk lane k ap vini yo- pwodiksyon kann nan ki se potomitan ekonomi Leyogàn nan. Paske kann nan, yo konsidere li se yon pwodui ki bay kòb ; li pa bezwen ou fè anpil travay ak li pou li pwodui. « Detwi pwodiksyon kann nan, se fini ak ekonomi kominote a ». Malerezman sanble pa gen okenn mezi ki pran pou rekipere tè viktim tranblemanntè 2010 yo te okipe. Tout moun konnen zafè kann nan, pwodiksyon kann ak kleren an rele Leyogàn chèmèt chèmètrès ; li gen ladan li 13 seksyon kominal administratif, twa (3) ladan yo nan plenn epi dis (10) lòt nan mòn. Jouk nan lane 80 yo, yo te konsidere Leyogàn kòm yon gwo zòn agrikòl. Repitasyon

80


Ayiti pale

Pou defann diri peyi a Latibonit, dezyèm depatman peyi a ki gen plis moun epi li se premye pwodiktè nasyonal sereyal, tout moun kon-

Kreye divès kalte kilti, sitou envesti nan plante fwi, se nan sa majorite pwogram k ap envesti nan devlòpman dirab ann Ayiti kwè. Foto: Ermanno Allegri

nen li poutèt li fè diri. Plis pase twa ka (3/4) nan pwodiksyon nasyonal diri a, sa vle di 80%, sòti nan gwo plenn ki nan depatman sa a. Anpil moun di depatman Latibonit te kapab pwodui, pou kont li, 400.000 tòn diri popilasyon ayisyen an manje chak lane. Tankou nan tout rès peyi a, agrikiltè Latibonit yo tou te gen anpil pwoblèm, sitou akoz konpetisyon pwodui enpòte yo, mache pwodui agrikòl yo Leta te louvri, ris inondasyon yo, epi espas kote yo abitye pwodui yo ki ap diminye. « Leta pa envesti ase pou kapab rive kore pwodiksyon diri nan Latibonit », se sa Marie Melisena Robert, reskonsab Mouvman k ap ede fanm Lyankou Payen Vèrèt yo (nan lang franse, Mouvement d’aide aux femmes de Liancourt Payen Vèrèt –MAFLPV-) ki nan komin Vèrèt, deklare ak regrè. Madam Robert lanse yon apèl pou gen plis envestisman nan agrikilti.

81

sa sòti depi nan epòk Lakoloni Sen Domeng, lè Ayiti se te tèritwa franse ki te plis pwodui. Anplis kann nan ak bannann yo, Leyogàn se yon zòn tout moun te konnen tou pou lòt kalte manje li te pwodui tankou sereyal (pwa, diri, mayi), rasin ak tibèkil (manyòk, pòmdetè) ak fwi (mango, zaboka). Se sa ki fè komin sa, se te youn nan zòn ki pwodui plis nan peyi a. « Komin nan te pwodui anpil manje pou bay tout popilasyon li a nèt », se sa Jean-Édouard Théagène, sekretè jeneral Òganizasyon sitwayen ini pou rekonstwi Leyogàn (nan lang franse, Organisation des citoyens unis pour la reconstruction de Léogâne –CURL-). « Jounen jodi a, pwodiksyon agrikòl la ap bese anpil », se sa Théagène regrèt anpil : « Leyogàn, tankou tout rès peyi a, depann de etranje ». Pou reskonsab kèk òganizasyon ak enstitisyon k ap travay nan agrikilti nan Leyogàn, manman koz ki ap trennen sektè agrikòl la « desann nan lanfè » se plan nasyonal ibanizasyon ki pa genyen ak Leta ki pa pran reskonsablite li pou voye agrikilti a monte. Jean-Édouard Théagène move anpil, li di : « Yo lage agrikiltè yo pou kont yo ». Li se youn nan moun ki di menm bagay la sou kesyon sa. E, se pou menm rezon sa tout moun konnen, peyizan yo kite kay yo pou ale pwofite avantaj vil la ba yo kote gen sèvis de baz yo (lasante, ledikasyon ak amizman). Nan lane 2010, tranblemanntè a te frape komin Leyogàn nan fò, ONG entènasyonal yo te anvayi vil la. Sa te pemèt jèn nan zòn riral yo te blayi nan vil yo paske ONG yo te atire yo. Majistra-adjwen Leyogàn, Wilson Saint-Juste, regrèt konstriksyon yo kontinye fèt nan dezòd nan komin nan, epi vil la ap grandi monte sou tè ki te kapab bay manje. Li esplike tou li enpòtan pou monte yon plan ibanizasyon nasyonal ki defini kote tè agrikòl yo ye, espas ki rezève yo, propriyete Leta yo ak zòn kote moun kapab rete yo; sa te kapab bay yon ti souf ak pwoblèm nan. Wilson Saint-Juste denonse pa gen koyerans ni kòdinasyon ant divès aksyon Leta santral la ak aksyon komin yo ki ta dwe yon branch Leta nan kominote yo.


Granmoun tèt nou nan zafè manje: yon tèritwa agrikòl ki sou kabann lopital Isnard Louis, reskonsab Asosyasyon plantè pou devlòpman agrikilti nan Latibonit (APDAL), se youn nan moun ki di yo lage agriktiltè yo. « Se sèlman OXFAM ki ede nou », se sa li di. Li panse Latibonit te kapab pwodui pi plis diri si tè yo te wouze toutan epi si agrikiltè yo te gen ase ekipman agrikòl. Malgre tout pwoblèm sa yo, agrikiltè Latibonit yo pa dekouraje. Yo te kreye nan lane 2001 Rezo asosyasyon koperativ pou pwodiksyon agrikòl nan Ba Latibonit (RACPABA) anvan menm yo te monte nan lane 2012 Federasyon nasyonal pwodiktè diri Ayiti yo (nan lang franse, Fédération nationale des producteurs de riz d’Haïti –FENAPRIH-) pou defann dwa yo genyen. Li enpòtan tou pou di Latibonit se youn nan kèk depatman jeyografik peyi a ki gen pwòp ajans devlòpman riral la, Òganis devlòpman Vale Latibonit (nan lang franse, Organisme de développement de la vallée de l’Artibonite –ODVA-). « Se domaj enstitisyon sa pa fè anyen pou ankadre plantè yo », se sa Isnard Louis esplike. Depi dis (10) lane, pwodiktè diri yo nan Latibonit resevwa akonpayman òganizasyon entènasyonal OXFAM ki envesti nan teknoloji agrikòl, e se ekzakteman sa pwodiktè yo bezwen anpil. « Pandan kat (4) lane ki sot pase yo, gen anpil envestisman sektè piblik ak prive a fè nan pwodiksyon diri », se sa Yolette Etienne, direktris pwogram OXFAM nan ann Ayiti, te esplike. Li di tou « OXFAM pou kont li envesti 6 milyon dola nan twa (3) lane pou remanbre sektè agrikòl la, nan lajan sa li envesti 3 milyon pou sektè diri a. Se sa ki te pèmèt pwodiksyon diri te vin double nan depatman an. Kapasite pwodiksyon an te ogmante sòti 2,5 pou rive 4,5 tòn diri nan kèk zòn », se sa li enfòme, detan li montre li satisfè anpil. Pami tout mezi ki te kab pèmèt yo ogmante pwodiksyon diri a nan Latibonit, nou kapab site sibvansyon angrè Leta ayisyen te bay depi desanm 2008. « Pousantaj sibvansyon Leta fikse pou bay la se 80%. Konsa, kantite angrè yo itilize a pase sòti 15.000 tòn nan lane 2008 pou rive 45.000 tòn nan lane 2010 », selon enfòmasyon CNSA bay. Nan fen out 2011, gouvènman ayisyen an te bay 32.000 tòn angrè, alòske li te bay sèlman 17.400 tòn pou menm peryòd la nan lane 2010.

Plant diri yo nan rejyon Latibonit. Foto: Ermanno Allegri

Men, kèk reskonsab òganizasyon peyizan panse pri angrè yo ki chè a se youn nan pi gwo pwoblèm agrikiltè yo genyen. « Leta dwe bay agrikiltè yo angrè yo », se sa Dessous Carrnine, reskonsab Òganizasyon pou kwasans fanm ayisyèn yo ki ap feraye nan depatman Latibonit la mande, paske anpil fwa angrè gouvènman an sibvansyone a, se gwo kòmèsan yo oswa politisyen ki pran yo pou ale vann yo byen chè sou mache a. OXFAM fè entèvansyon nan plizyè nivo nan chenn agrikòl la, sitou nan faz pwodiksyon, transfòmasyon ak kòmesyalizasyon. E tout sa fèt, selon Yolette Etienne, ann akò ak gouvènman an, ni nan nivo nasyonal ni nan nivo rejyon yo (desantralize). Nan Dubuisson, yon lokalite nan Latibonit, agrikiltè yo repran gou nan travay tè, apre senk (5) lane kote yo te

82


Ayiti pale

Diri peyi a, k ap seche bò lari a, yo vann li chè. Li vin tounen yon pwodui moun prèske pa jwenn nan peyi a. Foto: Ermanno Allegri

Diri nan lari yo Adriana Santiago

83

Diri Ayiti a chè. Nenpòt ki kote ou ale nan mond lan, men sitou ann Ayiti, se yon pwodui ou prèske pa jwenn nenpòt moun konsa konsa ap manje. Diri Etazini, ki resevwa anpil èd Leta, kapab parèt kòm nimewo 1 nan tout makèt ak boutik nan Pòtoprens, paske yo vann li pou piti kòb pase sa yo depanse pou fè li a. Konsa, pwodui diri pou vann se pa yon bagay ki pote kòb pou peyi a, men se yon pwodui liks pou vann nan peyi a. Youn nan manje lokal moun plis konnen nan peyi a, Labi, ki fèt avèk diri ak djon djon, yo sèvi l ak woma, e li koute chè anpil, parapò ak lòt manje. Si li tèlman chè, se pa akòz woma a, ki chè toupatou nan mond lan, men se akòz diri a ki chè anpil, menm plis pase woma a. Menm jan ak diri peyi a, poul peyi a kapab koute menm de (2) fwa pi chè pase poul etranje a. Poul fri a pou yon etranje, se menm bagay la tout kote, men Ayisyen yo renmen manje ti manje lokal sa ak bannnann peze, ak pòmdetè fri. E li vrèman gou. Li fasil pou konprann si nou te bay pwodiksyon sa a jarèt, diri te kab vin tounen yon pwodui enpòtan pou ekonomi peyi a, sèlman sou baz ekonomi familyal la. Paske li gou anpil, ekip ADITAL la te kapab wè sa nan yon dejene ki gou anpil yo te ba nou lakay zanmi nou ak tradiktè nou an, Robenson Lafortune.


Granmoun tèt nou nan zafè manje: yon tèritwa agrikòl ki sou kabann lopital gen anpil pwoblèm. Kanal irigasyon an, ki gen anviwon 9 kilomèt sou longè l epi li wouze 100 ekta, yo te rive ranje l gras ak yon finansman OXFAM te bay. « Sa pèmèt yo ogmante pwodiksyon diri ak legim nan lokalite a », se sa Cebé Augustin, kòdonatè OAD (Oganizasyon Ayisyen pou Developman / Organisation haïtienne pour le développement) fè konnen, detan li ajoute pou di ak kè kontan « kanal ki pi piti yo, yo te netwaye yo tou ». Gras ak yon pwogram api anfavè pwodiksyon ak kòmesyalizasyon diri nan Vale Latibonit, Inyon Ewopeyèn ak OXFAM te bay komin Ti Rivyè Latibonit yon inite transfòmasyon. Inite sa a te resevwa jeneratris, motokiltè, ekipman pou fè triyaj ak lòt materyèl ki pèmèt yo prezante pwodui yo pi byen. Pou remanbre pwodiksyon an, kèk pwodiktè resevwa kredi sèvis òganizasyon lokal, ki se patnè OXFAM yo. Kredi sèvis sa yo pèmèt yo travay tè yo, menm si yo pa gen tout kantite lajan yo bezwen pou prepare tè yo epi pou kenbe yo anfòm. « Se sa nou te kapab rele yon kredi sou fòm echanj, sa vle di resevwa tout sa ki nesesè tankou semans, angrè yo, ensektisid yo, ansanm ak mendèv pou fè travay la epi, apre rekòt la, yo ranbouse kredi a (remèt lajan an) menm jan an, sa vle di remèt tout sa yo te resevwa anvan rekòt la », dapre agwonòm Willard Xavier, kòdonatè Pwogram OXFAM pou ede moun yo kenbe (nan lang franse, Programme des moyens de subsistance d’Oxfam) nan Latibonit. Avèk tout aksyon sa yo, OXFAM ak patnè li yo gen objektif pou remanbre pwodiksyon agrikòl la e, an menm tan, pou amelyore kondisyon lavi peyizan yo. Men, fòk nou fè sa tou, yon jan pou mache lokal la kapab dispoze li pou manje pwodui ayisyen yo; sa se yon bagay ki konplike tou akòz pwodui etranje yo (pèpè yo) ki ap sikile libelibè. Pou Yolette Etienne, li pa sifi pou envesti nan agrikilti a epi pou remete plantè yo nan travay, « fòk nou fini tou ak konpetisyon fòs kote pwodui etranje yo ap fè ak pwodui lokal yo », se sa li ensiste pou di. Konsa jefò OXFAM ap fè yo pou defann pwodiksyon lokal la chita sou politik ak pratik malfektè yo ki ap toufounan li, e premye batay li fè a se pou mete taks ladwann sou diri pèpè a. Etazini, k ap anvayi nou ak diri li a ki resevwa gwo sibvansyon, se pi gwo

Saintilus Herman, direktè yon pepinyè Papay, montre joumou yo te plante ansanm ak MPP, pou yo ankourake agrikilti lokal la.

objektif kanpay sa genyen », se sa Etienne esplike, li menm ki ap goumen pou peyizan yo kapab jwenn kredi epi pou kreye yon komisyon nasyonal diri.

Foto: Phares Jacôme

Yon rezèv abandone Depatman Grandans lan twouve li ant depatman Sid ak depatman Nip; li chita sou 1.871 kilomèt kare epi li gen yon popilasyon anviwon 500.000 moun. Li nan yon distans 289 kilomèt parapò ak Pòtoprens. Sektè agrikòl depatman sa, youn nan zòn ki pwodui plis nan peyi a, ap depafini, sa gen kèk tan. Sa ki lakòz sa, se sitou envestisman ki manke fèt nan sektè sa ak anviwònman an ki ap depafini. Malgre tout sa, pwodiskyon agrikòl Grandans la pi plis lontan pase tout sa popilasyon li an bezwen. « Gen ase manje pou tout popilasyon Grandans lan ki kapab bay manje tou pou popilasyon lòt depatman yo si te gen tout estrikti yo nèt pou sa », se sa Nicossa Paulémont, kòdinatè egzekitif Konbit Peyizan Grandans (KPGA) la, yon gwoupman òganizasyon peyizan, di. Depatman Grandans lan, tout moun konnen li poutèt li pwodui anpil kalte manje. Nou jwenn ladan l plizyè manje tankou : kokoye, bannann, yanm, pòmdetè, nwa, zoranj, sitwon, grenadya, zaboka, papay, kachiman, chou, pwa,

84


Ayiti pale

Malgre travay y ap fè pou ranje wout 7 la, ki konekte Okay ak Jeremi, sa vle di anpil wout pou rive fè pwodui nou yo rive sou mache a, trajè a gen anpil danje epi li difisil anpil. Foto: Phares Jerôme

85

kakawo, pwavwon, elatriye. Nan kèk rejyon, nou kapab jwenn gwo plantasyon kafe, kakawo ak kann. Agwoekoloji Grandans la pèmèt li pwodui plizyè kalte fwi epi li toujou genyen jouk jounen jodi a anpil pyebwa, sa vin fè agrikilti a pwodui anpil. Plante pye fwi, yo konsidere l tankou yon fòm agrikilti ki dirab paske li pwoteje anviwònman an epi, an menm tan tou, li bay matyè premyè ki enpòtan pou remanbre sektè agrikòl la. Li menm te kapab reprezante yon altènativ pou plante nan tè ki pa genyen anyen yo epi ki ap soufri anba ewozyon ki ap detwi anviwònman an ; kidonk, li te kapab ede pou fè mache lokal ak entènasyonal yo devlope. Men, kilti fwi a dwe fè fas kare ak anpil gwo pwoblèm ki gen yon enfliyans ki negatif sou kantite ak kalte pwodiksyon an. Pami pwoblèm sa yo, genyen koze plantasyon yo ki ansyen, ki gen maladi kriptogamik ki ap detwi espès fwi yo, epitou yo manke pran swen pyebwa ki bay fwi yo. Anplis de sa, yo pa byen planifye pwodiksyon fwi yo, epi rat atake fwi yo anpil, sitou mango ak zaboka yo. Depatman Grandans lan, menm jan ak rès peyi a, soufri ak pwoblèm bon wout ki pa genyen. Sa pa fasil pou rive nan anpil nan komin li yo, sa vin rann li konplike pou transpòte pwodui agrikòl yo andedan oswa deyò depatman an. Se pi gwo kòz ki fè yon bon pati nan pwodui agri-

kòl li yo gaspiye. Sitou, pa gen izin transfòmasyon. « Chak ane, tout depatman an pèdi jouk 35% nan pwodui alimantè li yo », se sa Nicossa Paulémont fè konnen. « Wout ki konekte kèk lokalite nan komin yo, pa bon ditou », se sa Pierre Aelius, yon agrikiltè ki gen 40 lane, esplike. Se sou pye yo oswa sou chwal peyizan yo, ki sòti byen lwen, pote pwodui yo nan vil la, sa vin pi fasil pou voye yo lòt kote, pa egzanp Pòtoprens oswa lòt vil, pa bato. Se yon vwayaj ki long anpil epi anpil fwa ki dekouraje agrikiltè yo. « Ou jwenn anpil pwoblèm lè ou transpòte pwodui yo sou wout tè paske trajè a long anpil epi wout yo pa bon », se sa Daryl Pierre, reskonsab yon òganizasyon komin Wozo (ki rele, nan lang franse, Organisation de relevés de la commune de Roseaux –ORCRO-), di. Erezman, wout Jeremi an, gen yon antrepriz brezilyen OAS ki ap fè l (konpayi sa a kase kontra l ak Leta ayisyen depi kèk tan). Ak ti sa yo koumanse fè nan wout la, sa vin fè ou pa bezwen 12 zèd tan ankò, men sèlman 8 tè pou fè vwayaj la. Se yon bagay ki klè : Grandans pa gen pwoblèm ensekirite alimantè. Nan yon fwa agrikòl ORCO te òganize nan lokalite Fon Kochon nan dawout 2010, sa te pèmèt pou konstate tout pil ak pakèt richès agrikòl rejyon sa a yo pa eksplwate oswa kiltive akòz bonjan enfrastrikti ki pa genyen. Nan jiyè 2010, òganizasyon ak gwoupman òganizasyon pwodiktè Grandans yo te reyini pou denonse pwogram distribisyon manje gouvènman ayisyen an ap fè nan kanpay kont grangou an ki rele Aba Grangou. Yo te mande pou gen yon pwogram agrikòl rejyonal tout bon vre ki fèt nan plas pwogram gouvènman an ap ekzekite nan 9 sou 12 komin depatman an paske yo panse sa nesesè anpil. Oganizasyon nan Grandans yo panse pwogram sa anpeche pwodiksyon nasyonal la devlope. Yo ta prefere otorite yo ba yo mwayen ki pi enteresan ki ta pèmèt moun ki ap benefisye pwogram sa achte sa peyizan yo ap pwodui, olye pou yo distribye pwodui etranje ba yo. « Sinon, nou ap gen bezwen anpil èd pou remanbre pwodiskyon agrikòl la », se sa òganizasyon yo tankou KPGA ak RACPABA, pwopoze.


Granmoun tèt nou nan zafè manje: yon tèritwa agrikòl ki sou kabann lopital Reskonsab òganizasyon sa yo denonse tou kèk ONG k ap pouse peyizan yo abandone agrikilti a pou y al jwenn pwogram yo ki rele Food for Work (Travay pou Manje). Depatman Grandans lan se youn nan rejyon ki gen plis pyebwa nan peyi a. Nou ka konprann sa akoz sitiyasyon jeyografik li. Men, fenomèn debwazman an ap vale teren anpil nan kèk komin. « Lè nou antre nan seksyon kominal yo, nou wè sitiyasyon anviwònman an bay tèt chaje », se sa Jean Marc-Antoine Guilloux, ki ap travay nan Radyo Xaragua, konstate. Selon li menm, kondisyon ekonomik yo ki difisil, otorite lokal yo ki pa fè anyen, anplis ajan agrikòl oswa ajan forestyè ki pa genyen, sa vin ankouraje peyizan yo koupe pyebwa paske jounen jodi a vann chabon bwa, bwa pou fè konstriksyon ak pou fè planch bay plis kòb lontan pase agrikilti a. « Tè yo toujou la pou fè agrikilti nan Grandans, men pa gen okenn sistèm irigasyon pou ede agrikiltè yo fè fas kare ak pwoblèm sechrès la ak ewozyon ki frape rejyon an toutan », se sa Denis Dieuvilhome, reskonsab Direksyon depatman agrikòl Grandans, esplike. « Nou gen anpil pwoblèm nan Grandans, men pa gen grangou », se sa yon lòt reskonsab di, detan li ajoute pou di Leta pa kore pwodiktè yo, se sa ki alabaz pwoblèm nan. Bay pwodiksyon peyizan yo valè, monte yon plan pou rekonstwi wout agrikòl yo, kreye yon sant rechèch sou kilti peyizan an ak yon bank kredi agrikòl ak sikisal nan tout komin yo, bay pwoteksyon kòmèsyal epi garanti pri yo pou pwodui ki enpòtan yo, mete sou plas yon rezo antrepriz k ap transfòme ak konsève pwodui depatman an : se kèk solisyon òganizasyon peyizan yo anvizaje pou fè fas kare ak pwoblèm sektè agrikòl la genyen.

MPP devan Papay se yon seksyon kominal ki chita a 4 kilomèt vil Ench, kapital depatman Sant la, se la Mouvman Peyizan Papay (MPP) gen syèj santral li depi li te fonde nan mas 1973. Kreyasyon òganizasyon an makònen ak kreyasyon Sant inisyasyon nan katechèz ak nan agrikilti Papay (nan lang franse, Centre d’initiation au catéchisme et à l’agriculture de Papaye –CICAP-) ; Sant lan, se te yon misyonè bèlj, Jos

Bergmans, ki manm kongregasyon Pè Esket yo, ki te kreye l. Pè a te anboche Chavannes Jean-Baptiste nan jiyè 1972 pou te travay nan Sant lan kòm reskonsab seksyon agrikilti a. « M te deside fè yon ankèt ozalantou Sant lan pou m te konnen sitiyasyon fanmi peyizan yo, anvan m te kòmanse yon fòmasyon ki dire sis (6) mwa m te dwe òganize nan Sant lan », se sa Chavannes esplike. « Li te klè pou peyizan yo pwodiksyon agrikòl la t ap degrengole desann paske tè yo te pwodui mwens. Men se te akòz peche nou yo. Si lapli pa te tonbe, si rekòt la te chich, se te pinisyon Bondye ba nou. Men tou, te gen moun ki mechan ki te gen gwo pouvwa pou pran tout rekòt la ». Se te rezilta sa ankèt Chavannes te bay nan Papay. Anplis sitiyasyon sa a, li di tou li te wè lòt pwoblèm tankou reziyasyon lakay moun yo. «Tout bagay nèt ki rive, se desten. Nou pa kapab goumen ak desten an. Si nou fèt pou nou pòv, n ap pòv, wè pa wè. Si nou fèt pou nou rich, n ap rich ». « Yon lòt gwo pwoblèm m te wè tou, se te divizyon ki genyen andedan fanmi yo, nan kominote yo », se sa fondatè MPP a te ajoute. Fenomèn sa, li di, se te konsekans pwoblèm istorik ki makònen ak tè a, ak kilti a, ak sipèstisyon an. « Divizyon sa, sa ki kreye li tou se: jwèt aza yo, gason ki gen anpil madanm, abi pouvwa, eksplwatasyon an an jeneral ». « Fas ak tout bagay sa yo m te konstate, m te rive konkli premye bagay pou nou fè ak peyizan yo, se pa ba yo asistans teknik, men pito edikasyon popilè », se sa agwonòm Chavannes Jean-Baptiste esplike, apre 40 lane. Se nan kontèks sa li te kreye MPP. Jounen jodi a, òganizasyon an gen ladan l anviwon 4.000 gwoupman, ki gen antou 60.000 manm : 10.000 jèn ak timoun, 20.000 fanm ak 30.000 gason. Misyon fondamantal MPP se defann enterè peyizan pòv yo, detan l ap travay nan domèn sa yo : edikasyon ak òganizasyon popilè, agrikilti peyizan, reyabilitasyon ak pwoteksyon anviwònman an nan mete pwogram sou pye pou konsève tè yo, byen jere dlo a, transfòme ak vann pwodui agrikòl yo, fè elvaj zannimo epi devlope enèji altènatif oswa ki kapab renouvle. Apre 40 lane, rezilta travay MPP a ankourajan anpil. Papay se yon zòn ki vèt, li gen yon bann aktivite ki makò-

86


Ayiti pale

Kat Je Kontre Adriana Santiago

« Òganizasyon peyizan yo se nanm agrikilti peyi a ». Sa pannkat sa yo ki ekri ak men di a montre aklè santiman pwodiktè riral ann Ayiti yo genyen. Premye me 2010 – Mach peyizanGwomòn/Ayiti Foto: Thalles Gomes /MST

87

Òganizasyon peyizan yo fò lè nou fè konparezon ak lòt mouvman sosyal yo ki nan peyi a; yo gen ladan yo mouvman Tèt Kole Ti Peyizan, Mouvman Peyizan Papay (MPP), KROS (Kòdinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès) ak Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP). Men, depi 2009, yo jwenn bon jan sipò nan men Via Campesina ki reprezante ann Ayiti ak Brigad Desalin ki ede kreye yon platfòm ak tout fòs sa yo, ki rele Kat Je Kontre. Nan videyo yo te fè pou selebre twa (3) lane Brigad Desalin nan (Jean-Jacques Dessalines se yon ewo revolisyon ki te bay peyi a endepandans li), yo te chita sou fraz sa Fidel Castro te di : « Solidarite se pa bay ti rès sa ou genyen ki rete a, men se pataje tout sa nou genyen ». E depi lè a, li kontinye konsa. Plis pase 40 militan te fè menm eksperyans sa, anpil ladan yo te sòti nan peyi Brezil nan Mouvman Peyizan san Tè (MST). Jounen jodi a, kantite a diminye; sèlman rete 10 brigadye paske se Ayisyen yo ki dirije pwòp aksyon yo chak jou pi plis. Nan lane 2011, 76 jèn Ayisyen te ale Brezil pou yo resevwa fòmasyon nan Lekòl nasyonal Florestan Fernandes epi pou yo viv eksperyans atravè peyi a. Majorite ladan yo te tounen ak anpil kè kontan, epi ak lide pou yo aplike eksperyans sa yo ann Ayiti. Kounye a, sanble li ta pi fasil pou Ayisyen yo konprann sa Blan sa yo –tankou jan yo rele tout etranje yo, kèlkilanswa koulè yo genyen- fè ansanm ak yo, anba solèy ki cho epi ak wou yo nan men yo. Brigad la bay de (2) aks travay priyorite: konstwi 1.500 sitèn pou kapte dlo lapli (se gouvènman Bahia nan Brezil ki te bay sitèn sa yo) epi pwodui semans ekolojik sereyal ak legim. Nan kòmansman ane sa, te gen deja sis (6) sant pwodiksyon semans ki te gen ladan yo anviwon 150 fanmi peyizan. Nan lane 2011, yo te konstwi Sant nasyonal fòmasyon ak agwoekoloji mouvman peyizan Tèt Kole, gras ak sipò achidyosèz Belo Horizonte a (Minas Gerais, Brezil), kote yo fè pepinyè ak elvaj kabrit, anplis fòmasyon politik yo bay. Sant lan vle kreye yon pwogram nasyonal

pwodiksyon semans, paske gouvènman ayisyen an pa kore ti pwodiktè yo ditou. Jouk nan moman sa, 100% semans legim yo soti nan peyi Etazini epi semans sereyal yo pa bon. Jounen jodi a, Kat Je Kontre deja konstwi twa (3) sant pwodiksyon semans sereyal ak twa lòt sant pwodiksyon semans legim. Kounye a yo ap konstwi pepinyè plantil pou fè rebwazman nan vil Vèrèt, Desalin, Ti Rivyè ak Sen Mak. Yo fè sa paske peyi a pa menm genyen 3% kouvèti vejetal (sa vle di, pa menm 3% tèritwa pa kouvri ak pyebwa) akòz tout chabon bwa yo boule kòm sous enèji ann Ayiti. Nou pa wè lòt kote nan peyi a (anplis kapital Pòtoprens la, menm si li pa gen ase) ki gen enèji elektrik ak sous asenisman de baz pou ranmase fatra ak netwaye katye yo. E zòn riral yo gen 65% popilasyon peyi a ki gen antou anviwon 10 milyon moun. Men, brigadye yo fè konnen youn nan makfabrik agrikilti ayisyen an se divès kalte plantasyon li genyen; sa fè tè yo pwodui anpil, li fè gen mwens parazit ak maladi epi se pa nesesè pou itilize ensektisid. Nan mòn yo, yo pwodui diri, kann, bannann, manyòk ak pwa, men se ak yon ti kras teknik pou prezève sòl yo, se sa ki fè gen pwoblèm ewozyon ak rivyè yo ki chaje ak labou.


Granmoun tèt nou nan zafè manje: yon tèritwa agrikòl ki sou kabann lopital Chavannes Jean-Baptiste, lidè MPP

Ensekirite alimantè a se yon tèt chaje

depi nan lane 70 yo,

Li difisil pou separe sitiyasyon sekirite alimantè a ak sitiyasyon sektè agrikòl la. Selon CNSA, potomitan sekirite alimantè a ann Ayiti se sektè agrikòl la, se li ki plis founi pwodui alimantè pou popilasyon an. Sa vle di sektè agrikòl la founi mwens pase 50% sou tout kantite pwodui alimantè peyi a bezwen, epi yon gwo pati nan popilasyon an ap soufri anba ensekirite alimantè. Selon chif CNSA site nan rapò li a, nan lane 2011, sou chak de (2) Ayisyen youn ladan yo ap viv nan povrete ekstrèm (ak mwens pase yon dola chak jou), mwatye nan popilasyon an pa rive jwenn kantite manje pou li manje, menm kantite ki pi piti FAO (Òganizasyon Nasyonzini pou alimantasyon ak agrikilti) tabli a ki se: 225 kilo sereyal chak ane pou chak moun ; 80% fanmi yo pa ta kapab satisfè bezwen alimantè yo kòmsadwa. Yon etid enstitisyon an fenk fè montre ekstrèm povrete a ann Ayiti se sitou yon fenomèn riral li ye (li afekte 58% moun ki viv nan zòn riral yo, tandiske li touche 20% popilasyon k ap viv nan vil yo). Plis pase twa ka (3/4) nan moun ki pi pòv yo ap viv nan zòn riral yo : yo fòme yon pousantaj 88%, tandiske se sèlman 45% ki gen nan Pòtoprens epi 76% ki gen nan lòt vil yo. Nan jen 2010, 39% fanmi ki rete nan zòn riral yo t ap soufri anba ensekirite alimantè (tandiske te gen 70% nan mwa fevriye 2010). Nan menm peryòd la, nan kominote riral yo, 49% fanmi yo t ap viv nan ensekirite alimantè. Lè prezidan Michel Martelly t ap fè kanpay elektoral li, li te pwomèt li ta pral goumen kont sitiyasyon sa. Lè li rive nan pouvwa a kòm prezidan Repiblik la nan mwa me 2011, li te pran kèk inisyativ pou pèmèt plis moun ki pòv sòti anba grangou; anpil moun pa te konprann inisyativ sa yo epi yo te kont yo. Premyeman, li kreye yon ministè ki pou lite kont povrete ekstrèm. Gouvènman an te lanse kèk pwogram sosyal tankou Ti Manman Cheri ak Aba Grangou, se Premye Dam nan menm, Sophia Martelly, ki ap jere yo. Pwogram sa yo se pou distribye lajan –yo anonse distribisyon sa yo nan selilè- oswa voye sak manje pou fanmi ki pòv nan peyi a. « Pwogram sa yo pa ede ditou pou amelyore sekirite alimantè a », se sa anpil moun, menm kèk palmantè, kri-

te toujou douvan nan anpil gwo bagay ki fèt anfavè peyi a. Foto: Phares Jacôme

nen ak sektè agrikòl la. MPP mete pwogram fòmasyon nan edikasyon ak òganizasyon peyizan sou pye, yon jan pou sansibilize agrikiltè yo. Òganizasyon an makònen agrikilti a ak pwoteksyon anviwònman an. « Nou te deja plante anviwon 25 milyon pyebwa ann Ayiti », se sa Chavannes di, detan li fè remake li ap travay pou gen yon agrikilti ki respekte anviwònman an ; se poutèt sa li itilize semans, angrè ak pestisid natirèl. MPP konstwi inite transfòmasyon mayi, kann, manyòk ak pistach. Yo fè yon wonm blan yo sètifye ki òganik yo ekspòte an Frans, yo transfòme fwi yo fè yo tounen konfiti ak jele. Kounye a, y ap fè yon eksperyans seche fwi yo, sitou mango. Yo fè tou aktivite pwodiksyon zannimo tankou elvaj zwazo, pwason, pwodui myèl ak elvaj lapen, kabrit ak bèf nan ti kantite. MPP ak lidè l Chavannes Jean-Baptiste pran douvan devlòpman sektè agrikòl la nan depatman Sant la. Jounen jodi a Papay se youn nan zòn ki plis rebwaze nan rejyon an, gras ak jefò MPP fè pou kreye yon sant pwodiksyon plant.

88


Ayiti pale tike. « Li t ap pi bon lontan si gouvènman an te kreye djòb nan tout peyi a pou kèk plantè, ki gen pwoblèm, olye li mete pwogram sa yo moun poko janm wè ki rezilta yo bay », se evalyasyon sa Mario, yon plantè Tòbèk ki se yon komin nan sid peyi a, fè. Richardson, ki se agwonòm, gen menm opinyon ak agrikiltè sa. Selon li, nou pa kab pale de sekirite alimantè lè nou bay yon fanm ki gen 2 timoun 500 goud chak mwa (yon dola vo 42 goud). « Gouvènman an itilize pwogram sa yo pou li fè pwopagann, pou li eseye montre l ap fè yon bagay, men an reyalite anyen pap fèt pou amelyore kondisyon lavi moun yo k ap viv nan lamizè », se sa agwonòm nan deklare. Pwogram sa yo poko pote rezilta y ap tann nan, epi deja gen kèk manifestasyon k ap fèt nan plizyè depatman nan peyi a kont kondisyon lavi popilasyon an k ap depafini. Toupatou nan peyi a gen plenyen kont lavichè a. « Pri pwodui premye nesesite yo ap monte », se sa Madeleine, ki gen 20 lane, ki gen yon pitit fi 7 mwa epi ki reskonsab ti sè l, denonse. Opozan yo ki kont prezidan Martelly pwofite sitiyasyon sa pou mande l kite pouvwa a. Nan manifestasyon yo, moun

yo leve pannkat yo ak kèk eslogan pou di gouvènman an pa fè anyen pou amelyore kondisyon lavi sila yo ki pòv yo.

Pèspektiv pou sektè a

pwodiksyon li an nan yon fwa pwodui agrikòl òganik nan Fon Kochon, nan Grandans. Out 2012. Foto: Phares Jacôme

89

Yon fanm peyizan ki ap ekspoze

Minis Agrikilti, Resous natirèl ak Devlòpman riral la (MARNDR), Thomas Jacques, te anonse li ta pral repanse estrateji sitou nan kesyon envestisman pou sektè agrikòl la. Nan yon entèvyou byen long li te bay jounal Le Nouvelliste, minis lan te defann desizyon li pran pou ogmante pati bidjè pou sektè agrikòl la nan bidjè nasyonal la; pati bidjè agrikilti, jeneralman li reprezante ant 4 ak 6% nan tout bidjè nasyonal la. Menm si peyi a te gen ase lajan pou remanbre agrikilti a, sa pa ta pral fèt rapido presto. Minis Thomas Jacques konn sa. E, se poutèt sa, li espere atire envestisman piblik oswa prive pou sektè a. Men, li prefere fè kèk ti aksyon detanzantan. Minis Jacques te fè konnen tou nan tètkole ak lòt enstitisyon piblik –tankou ministè Ekonomi ak Finans, Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn, Zafè etranje ak Kilt, Pwomosyon peyizan ak Lit kont povrete ekstrèm- li ta pral monte yon plan aksyon pou fè enfrastrikti pou wouze, fè lòt wout, netwaye rivyè yo epi kreye travay pou sezon siklòn yo. Li di plan sa a pran ankont pwoblèm ensekirite alimantè a k ap frape popilasyon ayisyèn nan toutan. Yo te defini aksyon yo pral fè pou modènize sektè agrikòl la pou yon tan ki lwen nan de (2) dokiman. Se Dokiman oryantasyon 2010 - 2025, ki prezante yon kad global referans politik agrikòl pou peryòd sa nou sot di a, ak Plan nasyonal envestisman agrikòl (PNIA) ki mete an pratik aksyon konkrè pou fè devlòpman agrikòl la mache nan peryòd 2010-2016 la. De (2) dokiman sa yo valab pou patnè entènasyonal ministè Agrikilti a, tankou Pwogram mondyal agrikilti ak sekirite alimantè, Bank mondyal ak Bank entèameriken devlòpman (BID). Aksyon ki defini nan de (2) dokiman oryantasyon sa yo konsènen sitou pou transfere teknoloji yo bay peyizan yo epi pou kore sèvis agrikòl piblik yo. Remanbreman sektè agrikòl ayisyen an apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, se yon rèv anlè anlè sa ye, selon anpil moun. « Sektè agrikòl la pa antre nan plan rekonstriksyon an ki la sèlman pou vann peyi a bay miltinasyonal yo, pou kreye zòn franch, megapwojè touristik epi pou pwodui agwo-kabiran», se sa Chavannes Jean-Baptiste -ki te youn nan


Granmoun tèt nou nan zafè manje: yon tèritwa agrikòl ki sou kabann lopital lidè manifestasyon kont pwodui Monsanto yo te vle fè rantre nan agrikiti peyi a- denonse. Apre manifestasyon pasifik yo te òganize nan tout peyi a, gouvènman an te blije demanti enfòmasyon yo ki fè konnen Monsanto, youn nan pi gwo antrepriz pestisid nan mond lan, ta pral fè peyi a kado semans.

katastwòf natirèl yo, tranblemanntè 12 janvye 2010 la, tanpèt tèt chaje yo ak siklòn Thomas nan lane 2009. Katastwòf ki te pase nan twa (3) lane ki sot pase yo te touche popilasyon ayisyèn nan anpil.

Katastwòf yo ak kredi ki manke

Gwo entèvansyon yo te fè nan domèn imanitè ak nan lòt ankò pou fè fas kare ak konsekans chòk sa yo (pri yo ki wo, siklòn nan lane 2008 yo, tranblemanntè nan lane 2010 e, nan yon sans, kolera a) sou popilasyon ki pi frajil yo, te pèmèt yo jwenn kèk rezilta ki vrèman ankourajan. Men, fòk nou rekonèt se yon tèt chanje lè n ap gade kouman ensekirite alimantè se yon pwoblèm estriktirèl epi ki la toutan. Rezilta dènye rechèch CNSA yo fè konnen nan tout peyi a gen 17% fanmi nan vil oswa nan zòn riral yo ki pa byen manje ditou (yo sèlman manje nan yon kantite ki apèn akseptab). Lòt yo ap viv nan povrete ekstrèm. Analiz chif sou konsomasyon alimantè a, lè ou konsidere divès zòn jeyografik, montre poutan gen yon alemye an jeneral nan koze konsomasyon alimantè a ant 2007 ak 2011. Men, nan zòn riral yo kantite moun ki manje nan yon kantite ki apèn akseptab pase sòti nan 27% nan lane 2007 pou rive nan 20% nan lan 2011. Nan zòn tranblemanntè a

Kòdinasyon nasyonal sekirite alimantè (CNSA) te fè remake tout chanjman ki gen sou mache entènasyonal la ta pral gen gwo konsekans sou sekirite alimantè ak nitrisyon pou fanmi ayisyèn yo. Nan avril 2008, endis pri pou konsomasyon yo te atenn 17% lè ou anpile yo youn sou lòt. Sa vle di, li te monte prèske 70% nan sèlman 4 lane. Konsa, 800.000 moun te vin tonbe anba ensekirite alimantè pou yon ti bout tan. Sitiyasyon an te kapab vin pi malouk ak kat (4) siklòn yo ki te pase nan lane sa ki te lakoz anpil pèt yo te evalye a anviwon 230 milyon dola sèlman nan sektè agrikòl la, epi PIB a te bese a anviwon 15%. Mete sou tout sa li detwi, katastwòf 12 janvye 2010 la, selon Konsèy nasyonal sekirite alimantè a, te trennen plis pase 1,5 milyon moun nan ensekirite alimantè pandan yon ti bout tan. « Se 1,8 milyon moun ki te anba ensekirite alimantè, anvan katastwòf la, chif sa a vin monte a 3,3 milyon 13 janvye. Fòk nou te aji rapid pou evite yon kriz alimantè ». Tout jefò ki te fèt pou remanbre agrikilti a nan dènye lane sa yo, tranblemanntè a te pote tout ale paske li pwovoke gwo tonton pèt pou 7,804 milya dola, sa vle di yon kantite lajan ki pi plis pase PIB lane 2009 la. Sou 3,3 milya dola nan lane 2007, PIB a te desann nan 5,1% nan 2010. Yon lòt kote, pa gen bonjan sistèm kredi, nou kapab wè sa nan yon egzanp: to enterè mwayen Ayiti te genyen ant 1995 ak 2004 te rive nan 26,04%, se te to ki pi wo nan tout Amerik Latin nan. « Nou kapab di, san nou pa pè fè erè, to enterè ekonomi sa se youn nan to ki pi wo nan mond lan, paske to mwayen kredi nan Amerik Latin nan deja twò wo parapò ak Azi, Pasifik ak Ewòp Santral ki gen to mwayen ki enferyè a 10%», se sa rapò anyèl Fon monetè entènasyonal la (FMI) di nan lane 2004. Pri danre alimantè yo ak petwòl la ki te monte sou mache entènasyonal la, se kèk nan pi gwo enpak yo, tankou

Manje ki disponib yo

Agrikiltè yo, tankou fanm Jeremi sa, pran plizyè jou, ap mache nan move wout, pou yo kapab rive nan mache a pou vann oswa boukante pwodiksyon yo. Foto: Phares Jacôme

90


Ayiti pale

Ankèt nasyonal sou sekirite alimantè (ENSA) Lè nou fè yon analiz pa depatman, nou jwenn nan Sid, menm jan ak Grandans ak Sidès, fanmi yo plante anpil sereyal, tibèkil ak bannann. Yon gwo kantite fanmi plante tou plizyè espès sa yo nan zòn « agwo pastoral » ki amwatye imid epi, nan zòn ki sèch yo, yo fè agrikilti epi yo peche pwason. Fwi ak legim yo nan tout ane a, lwil yo, flè yo ak plant pou fè bèbèl yo, tout sa yo nèt pouse nan paradi vejetal sa a epi yon jan ki natirèl. E enfòmasyon sa yo, se pa Ayisyen yo ki bay yo; men se Paris Match international ki site yo. Agrikilti a toujou rete sektè ki bay plis travay nan peyi a. Gen anviwon 46% Ayisyen ki ap travay ladan l. Ak yon tyè (1/3) tèritwa l ki nan bon tè, gen anpil posiblite ak yon

bèl avni pou agrikilti a. Pi gwo pwodiksyon agrikòl yo toujou rete mayi a, pwa yo, diri ak mango. Pi gwo kalite agrikilti ayisyèn nan genyen, sèke li pa itilize pratikman okenn pwodui chimik ki danjere tankou angrè, pestisid ak èbisid yo pwodui epi itilize nan peyi endistriyalize yo. Gwo tandans sa ki genyen pou pwodui “byo yo” (ki respekte anviwònman an) fè gwo kominote ayisyèn nan ki ap viv aletranje ak lòt gwoup tou mande pwodui ayisyen yo. Nan manifestasyon ak mach peyizan yo te fè nan lane 2010, yo te denonse aksyon malfèktè miltinasyonal Monsanto t ap fè, pa egzanp li te distribiye bay peyizan yo semans transjenik ak yon bann machin ak pestisid ki mache ak semans sa yo; men distribisyon sa te kanpe gras ak reyaskyon peyizan ayisyen yo epi ak kondisyon tè peyi a ki gen ti dimansyon epi ki pa pèmèt yo itilize gwo machin agrikòl yo.

Pwodui yo kab ekspòte (voye vann aletranje) Ayiti se youn nan premye pwodiktè mango ki genyen nan Karayib la ak nan Amerik Santral la. Kafe, kakawo, lwil, mango fransik (mango natif natal), se pwodui peyi a plis ekspòte. Mango sa yo, yo renmen yo paske yo gou, yo santi bon epi chè yo swa. Yo ekspòte plizyè milyon kès mango sa yo Etazini, ki se peyi ki achte li plis. Kanada se yon mache ki enteresan tou paske Kanadyen yo renmen pwodui natirèl yo anpil. Akòz varyete klima li genyen, Ayiti kapab konstwi kèk sèr epi ogmante pwodiksyon legim yo -menm lè se pa sezon yo- kote klima a tanpere (pa ni cho ni frèt): konkonm, berejèn, leti, tomat, pwa, chou, elatriye. Klima tanpere anpil mòn li yo genyen (2/3 nan tèritwa l) pèmèt yo pwodui yon bann kalte bèl flè (woz, elatriye) ki kapab fè konpetisyon (nan pri epi paske yo vrèman bèl) ak flè ki sòti Lajamayik, Kolonbi oswa Lawolann. Laflorid gen pi plis difikilte chak jou pou kenbe plantasyon li yo, tandiske ann Ayiti anpil zòn kote moun kapab plante disponib pou zoranj, sitwon, menm nan epòk ki pa sezon yo. Fòk nou kontinye kreye ak devlope sèr yo, tankou jan yo fè sa pou mango Fransik yo ak pou kafe arabika a ki se kèk nan pwodui Haïti Bleu eskpòte toupatou nan mond lan, sitou ann Ewòp, Etazini ak Japon.

91

te touche dirèkteman yo, nou te obsève tou ant fevriye 2010 ak me 2011 yon tandans ki klè kote gen sèlman yon vyek ti kantite moun ki manje byen. Sòti nan fevriye 2010 te gen 30% fanmi ki pa byen manje/oswa ki manje nan yon kantite ki apèn akseptab; men, rive nan me 2011, se sèlman 13% fanmi. Pa gen anpil bagay ki fèt. Diminisyon an vin pi fò nan kan yo tou. Pousantaj fanmi ki pa byen manje/ oswa ki manje nan yon kantite ki apèn akseptab pase sòti nan 42% nan fevriye 2010 pou rive nan 27% nan jen 2010 epi nan 19% nan me 2011. Menm jan an tou, nou remake gen yon gwo diminisyon nan depatman Nòdwès, Nò ak Nòdès kote pousantanj fanmi ki pa byen manje/ oswa ki manje nan yon kantite ki apèn akseptab pase sòti nan 42%, 38% ak 35% nan 2007 (nan chak depatman sa yo) pou rive nan 36% ak nan 17% nan 2011. Yon lòt bò, pousantaj fanmi ki pa byen manje/ oswa ki manje nan yon kantite ki apèn akseptab te ogmante, ant 2007 ak 2011, nan depatman Sant (sòti 18% pou rive 22%), nan Nip (sòti 11 pou rive 18%) ak nan Sid (sòti 16 pou rive 20%). Sou tout tèritwa a, tibèkil yo, bannann yo epi sereyal yo se manje yo plis plante. Anfèt, twa fanmi sou kat (75%) plante tibèkil yo, yon ti kras plis pase de tyè (2/3) plante bannann epi anviwon sis fanmi sou dis plante sereyal. Nou pa kapab bliye legim yo (44,21%); yo plante yo (anviwon 4 fanmi sou chak 10) nan divès zòn, selon fason moun yo viv epi selon depatman yo tou.


92


Chapit 4 Phares Jerôme

Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal

93

Tranblemanntè 12 janvye 2010 la kwape ekonomi Ayiti a ki te deja ap degrenngole. Dokiman Post Disaster Needs Assessment / Evalyasyon bezwen yo apre dezas la (PDNA) evalye tout pèt ak domaj katastwòf sa koze a 7,804 milya dola, sa vle di 120% PIB peyi a te genyen nan lane 2009. Se sektè prive a ki te fè plis pèt epi ki te plis domaje: 5,722 milya dola, sa vle di 30% nan total pèt ak domaj yo. Ekspè ayisyen ak etranje yo ki te patisipe nan ekri dokiman an te remake mouvman ekonomik yo (pwodiksyon an ki pèdi, chif afè yo ki redui, djòb ak salè yo ki pèdi, kantite kòb pou pwodui yo ki monte) te rive nan 3,561 milya dola, sa vle di 45% nan total tout pèt sa yo. Sektè ki te plis afekte yo se kòmès la, transpò yo, telekominikasyon yo ak endistri a. Selon estimasyon ki te fèt apre tranblemanntè a, Ayiti bezwen 11,5 milya dola meriken pandan twa (3) lane pou li kapab reprann li apre tout dega sa yo. Se yon kòb peyi a pa genyen. Otorite Ayiti yo te blije ale kote kominote entènasyonal la nan Konferans entènasyonal sou Ayiti ki te fèt jou 31 mas 2010 la, kote yo te pwomèt li yo ta pral ba li 9,9 milya dola nan plizyè vèsman sou yon peryòd 10 lane.

Foto: Francisca Stuardo

Nou jwenn koze sosyo-ekonomi solidè a nan tèks Konstitisyon Ayiti 1987 la. Se yon bagay ki senbolik anpil: rive montre li posib pou peyi sa ki ap fè fas kare ak povrete ekstrèm kapab kenbe, apati kèk egzanp senp nou jwenn nan ekonomi koperativ ak solidè nan divès rejyon ki reprezante yon altènativ pou eksplwatasyon entènasyonal la.


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal A Plis pase de (2) lane apre katastwòf la te fin pase, Ayiti pòtre yon Leta ki ap fè jefò pou li soti anba yon gwo lagè . Pa gen okenn biwo piblik ki ko rekonstwi. Men fòk nou rekonèt gen gwo jefò otorite ayisyen yo ak patnè yo gen nan kominote entènasyonal la ap fè pou yo fè anpil moun ki nan lari tounen lakay yo epi pou retire nan katye yo tout dekonb kay tranblemanntè an te detwi. Nasyon ayisyèn nan rete toujou lwen gwo pwojè rekonstriksyon yo ki nan PNDA. Travay ki ap fèt nan kad rekonstriksyon an ap mache pi dousman chak jou k ap pase. Fon kominote entènasyonal la te pwomèt kòm don sanble yo poko rive toujou, oswa yo pa rive nan vitès yo te swete yo rive. Antouka, se santiman sa anpil Ayisyen e menm gwo zotobre Leta genyen. Nan okenn kote PNDA pa te di Ayiti pral mobilize resous li genyen pou fè rekonstriksyon an. Men, gen kèk ekspè ki panse Ayiti kapab mobilize resous lokal li yo pou li rekonstwi tèt li, gras ak ekonomi sosyal ak solidè a. Se ta yon altènativ pou ranplase èd entènasyonal la ki toujou poko rive nan moman nou te swete li rive a.

Mache kote yo vann flè se yonn nan kote moun plis konnen nan

Yon repiblik koperativ?

Pòtoprens

Konstitisyon Ayiti 1987 la, depi nan premye atik li, defini Ayiti kòm yon « Repiblik koperativ ». Sèlman sa te kapab fè nou wè poukisa konsèp ekonomi sosyal la dwe okipe yon plas ki enpòtan nan politik piblik peyi a. Selon Lionel Fleuristin, ki se direktè egzekitif Konsèy nasyonal finansman popilè (KNFP), ekonomi sosyal ak solidè a gen yon istwa ki long ann Ayiti. Li te ekziste menm anvan endepandans peyi a nan lane 1804: depi nan tan esklav yo. Li di « eskwad yo » se te zansèt ekonomi sosyal la ann Ayiti. Selon Feuristin, gras ak fòm ekonomi sa ki pa enterese nan fè lajan, richès n ap kreye yo p ap fèt nan dezavantaj moun yo ak anviwònman an. Li menm ak ekonomi mache a –ki neyoliberal- ki jounen jodi a layite kò l nan peyi a epi ki enterese sèlman nan tire pwofi, se lèt ak sitwon yo ye. Nòmalman peyizan ayisyen yo se ti kiltivatè yo ye ki pa jwenn okenn sibvansyon nan men gouvènman an; se yo ki mèt ti moso tè yo oswa se lwe yo lwe yo. Nan kèk ka menm, yo travay tè gwo pwopriyetè yo, libelibè oswa selon yon rejim feyodal; yo travay latè pou kont yo epi selon

Foto: Francisca Stuardo

lajan yo gen nan pòch yo ak resous teknik yo genyen. Yo prèske pa travay nan agwo-endistri ni nan gwo eksplwatasyon agrikòl yo, men yo kapab ofri sèvis yo bay agrikiltè ki vwazen yo gratis, yo sèlman ap atann kiltivatè sa yo ede yo tou lè yo bezwen èd yo. Se sa yo rele « eskwad la ». Pratik sa ki nan aktivite peyizan yo, ki prèske pa ekziste jounen jodi a, te pèmèt chak manm kominote a travay ti bout tè li genyen san gwo difikilte. Jounen jodi a, nan kèk zòn riral, agrikiltè yo ap plenyen paske fòm lavi asosyativ sa (nan mete tèt ansanm) disparèt. Peyizan ki pòv anpil yo prefere vann jounen travay yo bay agrikiltè ki gen plis mwayen yo. . Pou Carole Pierre-Paul Jacob, ki se kòdonatris biwo egzekitif Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA), Ayiti te toujou devlope ekonomi solidè a. Lakou yo ak eskwad yo, selon sa li di, se aspè ki pi solidè ekonomi Ayiti a genyen. Pou anpil eskpè ak pwofesyonèl ekonomi sosyal la, Leta ayisyen manke bay sektè sa enpòtans li genyen an. « Lè nou ap pale sou envestisman etranje yo, se kòm si peyi a pa genyen anyen pou ankouraje ladan l l», se yon bagay ki fè Lionel Fleuristin mal anpil ; li deklare tou li remake gen kèk fòm ekonomi kominotè ann Ayiti k ap tonbe nan degraba. Li fè nou wè tou yo bay koperativ epay ak kredi yo plis valè, an konparezon ak lòt enstitisyon ekonomi sosyal yo tankou koperativ pwodiksyon pa egzanp.

94


Ayiti pale

Nenpòt ki mi kapab vin tounen yon vitrin nan lari Kapital peyi d Ayiti.

Pou konprann sèn ekonomik la

Foto: Francisca Stuardo

Avan nou prezante panorama ekonomi solidè a ann Ayiti, fòk nou konnen epi konprann kèk evidans ak refleksyon sou sèn ekonomik la pandan dènye ane ki sot pase yo, sa gen arevwa anpil ak prezans Etazini ki te pran mayèt eksplwatasyon politik ak ekonomik peyi a. Nan lane 80 ak 90 yo, Ayiti te vin tounen yon gwo enpòtatè manje ak pwodui meriken. Jounen jodi a, li se twazyèm pi gwo enpòtatè diri nan mond lan, diri ki soti Etazini, alòske tè li genyen yo kapab pwodui ase diri pou bay tèt li manje. Nou kapab wè egzanp la nan “diri peyi” y ap vann nan lari, ki pi chè lontan pase diri Etazini an, tankou jan ekip repòtaj nou an te remake sa. Pou nou kapab gen yon lide sou kijan dominasyon ekonomik meriken an ap kontinye epi layite kò l ann Ayiti, men yon egzanp: jounen jodi a y ap konstwi senk (5) pak endistriyèl pou ekspòte rad ak tekstil nan peyi Etazini. Selon kòdonatè PAPDA a, Camille Chalmers, sa yo rele « zòn franch yo » ekziste depi lane 1969. Kounye a gen senk pak anplis, ak yon envestisman malfèktè ki pa pran an konsiderasyon ni faktè sosyal yo ni faktè anviwònman an.

95

Bank kominotè yo, gwoup èd mityèl solidè yo ak koperativ yo -ni sa ki finansye yo ni sa ki pa finansye yo-, se prensipal enstitisyon ekonomi solidè nou jwenn jounen jodi a nan peyi a. Tou dabò, yo se enstitisyon ki abitye mete tèt yo ansanm sou fòm asosyasyon. Gen koperativ epay ak kredi yo. Pami asosyasyon moun plis konnen yo, gen Asosyasyon nasyonal koperativ kredi Ayiti yo (ANACAPH), ki te kreye 21 jen 1998 epi ki gen ladan l 46 koperativ. Yo prezante l tankou yon rezo koperativ fon finansye ak kredi ki ap bay jarèt pou devlòpman finansman ki desantralize. Genyen tou Le Levier ki se yon federasyon koperativ fon finansye ak kredi ki te kreye 30 jen 2007; li gen ladan l l21 koperativ kredi nan tout peyi a. Kèk nan koperativ epay ak kredi sa yo ap opere anba sipèvizyon Konsèy nasyonal koperativ yo (CNC), Bank santral Ayiti (BRH) ak ministè Planifikasyon ak Koperasyon ekstèn (MPCE). Yon lòt bò, gen koperativ pwodiksyon ak sèvis yo. Nan sektè sa, gen Rezo asosyasyon koperativ pou pwodiksyon agrikòl ak kòmèsyalizasyon nan Ba-Latibonit (RACPABA), se yon estrikti ki gen 7 koperativ ladan l l; li te kreye nan jiyè 2001, li gen anviwon 2.350 manm. RACPABA plis santre li nan pwodui ak vann diri, ki se prensipal pwodiksyon depatman Latibonit. Kafe se youn nan prensipal pwodiksyon ann Ayiti. Nou jwenn plizyè asosyasyon pwodiktè kafè nan peyi a, ladan yo gen Federasyon asosyasyon kafe natifnatal (FACN) ki rasanble asosyasyon pwodiktè depatman Sidès ak Grandans, epi Koperativ Kafe Nò (RECOCARNO) ak koperativ ki nan Nòdès, Nò ak Nòdwès. Nan kesyon finansman ak asistans teknik, gen Konsèy nasyonal finansman popilè (KNPF) ki te kreye nan lane 1998; se twa (3) pi gwo enstitisyon mikwo-kredi nan peyi a ki te mete tèt yo ansanm pou yo fè l. Rezo sa gen ladan l l jounen jodi a nèf (9) òganizasyon ki santre travay yo nan finanse aktivite ekonomik k ap fèt nan mond riral la. Selon yon dokiman Anacaph te ekri, genyen nan peyi a anviwon 175 koperativ kredi, 20 ONG/fondasyon/asosyasyon, 4 depatman oswa filyal bank kòmèsyal yo, plis pase 75 koperativ ak inyon koperativ, ak 3.000 estrikti finansman debaz (bank kòmèsyal oswa solidarite mityèl). Se yon kantite ki enpòtan ki ta dwe atire atansyon gouvènman ayisyen an.


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal Li rakonte PAPDA te travay ak ouvriye nan pak endistriyèl CODEVI ki tou pre fwontyè ak Repiblik Dominikèn. 70% fanm ouvriyèz yo resevwa yon salè pou uit (8) èd tan yo travay, alòske mesye yo travay 12 èd tan. Patwon yo pa peye ouvriye pou èd tan yo travay yo, men pito pou kantite rad yo rive fè. Sa vle di, piske fanm yo pap janm kapab rive fè kantite rad yo mande yo pou fè nan uit (8) èd tan, kidonk yo blije pase twa (3) oswa kat (4) èd tan anplis, « se yon eksplwatasyon ki tèrib, ki kriyèl, pou sèlman yon salè ki ant 125 ak 200 goud pa jou. Nou gen envestigasyon sou tout sa nèt », selon sa li denonse. Chalmers site sèlman kèk nan ka ki koupe fache ak estrikti dominasyon ekonomik la. Se ka koperativ lèt Lèt Agogo, ki rive fè ladiferans paske youn nan fondatè li yo vin yon gwo chabrak nan Ministè Agrikilti a. Men, pwojè dominasyon Leta genyen an se pouse do ti peyizan yo pou yo kapab enstale gwo zòn pou ekspòte pwodui agrikòl yo. Pou elit yo, ti peyizan an se li ki lakòz Ayiti an reta; se yon vizyon ki makonnen ak menm lide Ajans meriken pou devlòpman entènasyonal (USAID) , ki swadizan ta envesti nan moman sa kèk milyon dola nan pwogram Winner a ki ap bay pwodiksyon etanòl ak byodizèl la jarèt. Lide a se ta pou pwodui etanòl ak byodizèl sou 25% teritwa ayisyen an. Yo gen tan deja prevwa pran tè peyizan yo pou kapab enstale plis zòn franch, pwojè touris ak agwo-endistri. Youn nan konsekans èd estriktirèl Etazini genyen nan peyi a, se fè kou (to) kredi a monte. Ann Ayiti, bank prive yo itilize sèlman 25% nan total yo kalkile pou kredi a. Anplis, se yon kredi ki chita sèlman nan Pòtoprens paske 92% nan total la, yo prete l bay moun ki nan kapital la, sitou pou konsomasyon men se pa janm pou aktivite pwodiktif yo. «Se konsa, nou gen yon ekonomi ki vyolan, yon ekonomi ki chita sou espekilasyon. Nou pap janm rive genyen yon ekonomi pwodiktif ak yon klas dirijan envestisè ki ap pwofite sitiyasyon kòmèsyal yo », selon sa kòdonatè PAPDA a deklare. Pa egzanp, gwoup ki kontwole biznis enpò-ekspò a te toujou kenbe yon nivo benefis ki wo anpil, paske li pwofite diferans pri ki genyen yo ant mache entènasyonal la ak mache lokal la; ta samble menm Leta a konplis nan sa. « Nou vrèman gen la yon sitiyasyon oligachi k ap viv de benefis li

96


Ayiti pale

Yo vann tout bagay nèt nan lari. Sa ki pi etone touris yo , se machann medikaman nan lari yo. Foto: Francisca Stuardo

Se konsa, Popilasyon Ayiti a ki te gen 400.000 moun, apre revolisyon 1804 la; nan lane 1970, li te rive plis pase 5 milyon moun, ki te prèske kapab bay tèt yo manje pou kont yo. Jouk nan lane 1972, 98% popilasyon Ayiti a te kapab bay tèt li manje, se te yon gwo siksè pou ekonomi peyizan an. Anplis peyi a te grandèt tèt li nan zafè manje, pwodiksyon kafe yo te konn ekspòte te reprezante pi gwo sous resèt Leta te konn rantre nan kès li. Sa vle di Leta te kenbe pandan 200 lane gras ak taks yo te konn pran sou ekspòtasyon kafe a. Sitiyasyon sa te tonbe sou lagraba akòz relasyon depandans peyi a vizavi Etazini ak vizavi enstitisyon finansye entènasyonal yo.

Pwodiksyon lokal pa jwenn ase finansman Ayisyen yo pote tout kalte machandiz nan sak sou tèt yo. Foto: Francisca Stuardo

Ann Ayiti pwodiksyon lokal la ap degrenngole desann depi plizyè lane. Selon ministè Agrikilti, Resous natirèl ak Devlòpman kominotè, soti 2003 rive 2005 pwodiksyon manje te reprezante yon mwayèn 43% nan tout manje peyi a kon-

97

fè yo, ki pa envesti lajan l ann Ayiti men pito nan Repiblik Dominikèn, Miyami oswa nan lòt peyi. Se yon pwosesis kote kapital lajan pati kite peyi a. Tout lajan ki rantre yo sòti rapid pou ale finanse aktivite oligachi sa aletranje », se sa Chalmers di. Pou mete abse sou klou nan relasyon miwo miba sa, yon gwo kantite ayisyen pati Etazini. Anviwon 2 milyon Ayisyen ap viv sou tè meriken, sa fè anviwon 30% PIB a soti nan transfè lajan yo voye ann Ayiti. Ayisyen k ap viv aletranje yo, sitou nan peyi Etazini, voye 1,8 milya dola chak ane. Ayiti, Amerik Santral ak Karayib la, se kote kontribisyon dyaspora nan PIB peyi sa yo pi wo. Chalmers fè remake li enteresan anpil pou fè deba sou kesyon sa paske, nan kòmansman ventyèm syèk la, Etazini te gen entansyon pou eseye enstale ann Ayiti antrepriz ekspòtasyon agrikòl yo. Modèl yo te chwazi a se te pou enpòte, e yo te koumanse ak antrepriz bannann yo nan Amerik Santral. Men sa te echwe rapid paske peyizan yo te toujou sonje gwo goumen yo te fè kont twa peyi kolonyalis sa yo: Lespay, Lafrans ak Pòtigal. Nan de tan twa mouvman, 15.000 peyizan ak zam nan men te mete tèt yo ansanm pou goumen kont Etazini. Dezyèm eleman, selon ekonomis la, se ekonomi Karayib la ki devlope, santralize nan Kiba ak Repiblik Dominikèn, de peyi ki, pandan tout istwa yo, te toujou kenbe relasyon ak Lespay, pa egzanp, oswa ak Pòtigal ak Lafrans, paske toulède te kenbe enfrastrikti lojistik yo tankou chemennfè yo, wout yo ak pò yo. Kidonk, envesti ann Ayiti te vin pi chè paske, anplis pou konstwi sosyete a, fòk yo te envesti nan enfrastrikti pou transpòte richès yo. Estrateji Etazini te mande pou tout peyi te fè se te mete Ayiti sou kote, epi ale envesti Kiba ak nan Repiblik Dominikèn; yo te fòse Ayisyen yo ale nan peyi vwazyen yo (emigre) pou ale travay. « Se konsa, wòl yo te blije nou jwe nan divizyon rejyonal travay la anfavè antrepriz meriken yo, se te pote yon mendèv ki bon mache. Nan mwens pase 15 lane, 300.000 travayè ayisyen te pati Kiba, se te yon migrasyon anmas. E sa te kapab rive fèt paske ekonomi a, se te peyizan yo ki te kontwole l, gras ak pwodiksyon manje ki te rive fè kantite popilasyon sa ogmante», se sa Chalmers rakonte nou.


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal

sonmen, alòske enpòtasyon yo te reprezante anviwon 50% epi èd alimantè a anviwon 6%. Men, anvan sa, enpòtasyon pwodui alimantè yo nan lane 1981 ann Ayiti pa te menm rive nan 19%. Sa ki fè nou rive la? « Yo te mete ekonomi agrikòl la sou kote paske yo te prefere fè ekspòtasyon », se sa ekonomis Camille Chalmers, reskonsab Papda a, reponn. Pou ba nou yon egzanp sou politik ekspòtasyon sa, Chalmers denonse kouman gouvènman an te chwazi enstale faktori (izin soutretans) ak eksplwatasyon sou tè agrikòl ki te kapab bay anpil manje: yon desizyon ki afekte peyizan yo. « Gen yon pi gwo sekirite pou koperativ epay ak kredi yo, nan dezavantaj koperativ pwodiksyon yo », se sa Lio-

Yo vann pwodui alimantè yo nan mache yo, sou twotwa yo. Foto: Francisca Stuardo

nel Fleuristin konstate. Li di òganizasyon pwodiktè yo ak lòt gwoup ki gen misyon pou fè pwomosyon pwodiksyon nasyonal la pa resevwa okenn èd nan men ministè Afè Sosyal. Pou li menm, sa se yon bagay dwategòch. « Lè ou abandone pwodiksyon lokal la, ekonomi an vin osèvis enpòtasyon an » », se sa kòdonatè KNFP a deklare, detan l ajoute jounen jodi a pa gen okenn politik piblik ki kore devlòpman ekonomi sosyal la ak pwodiksyon lokal la. Depi kèk tan, mikwokredi ap deplòtonnen ann Ayiti, selon François Lhermitte, ki te prezidan direktè general Gwoup Jesyon estratejik (SMG), nan yon konferans li t ap bay sou evolisyon sektè a nan yon kòlòk ki te fèt nan mwa sektanm 2010. Si, soti 1946 pou rive 1982, pratik bay

98


Ayiti pale

Eksperyans ekonomi solidè yo Lè nou ap pale sou eksperyans ekonomi solidè ki reyisi ann

Ayiti, nou pa kapab pa pale sou Lèt Agogo, ki se yon pwogram pou ede pwodiksyon lèt la devlope nan peyi a. Li se non kòmèsyal yo bay yon bann pwodui ki fèt ak lèt yo vann sou mache a tankout Yawout, ki li menm se yon yawout natirèl oswa ki gen fwi ladan l l, ak Lèt-Bèf, ki se yon lèt yo estirilize, yo fè l santi bon tankou chokola oswa vani ak sitwon. Pwogram sa, se VETERIMED ki ap mennen li. VETERIMED se yon ONG yon gwoup veterinè ayisyen te kreye nan lane 1991ak lide pou kontribye nan devlòpman peyi a nan fè kèk aktivite nan zòn riral yo. Li espesyalize nan domèn lasante ak pwodiksyon bèt yo. Pwogram Lèt Agogo a te kreye nan lane 2001. Jounen jodi a, gen 18 ti izin kote yo fè lèt (lètri) k ap fonksyone nan peyi a. Nan mwa avril 2012 te gen senk (5) lòt lètri ankò yo t ap konstwi ak sèt (7) lòt yo te gen pwojè pou lanse aktivite ladan yo. Lètri yo travay an rezo epi yo koute anviwon 200.000 dola yo chak. « Ti izin sa yo kote yo fè pwodui ak lèt yo, se pou asosyasyon pwodiktè ki itilize etikèt Veterimed la yo ye », se sa Rosanie Moïse Germain, direktris ONG sa, te di nou. Pwodiktè yo siyen yon kontra ak Veterimed ki blije yo respekte règ ijyèn, jesyon ak kontablite yo; objektif la se pou rive kenbe yon minimòm (estanda) nan pwodiksyon ak transfòmasyon lèt la. Veterimed bay asosyasyon sa yo yon api teknik nan kesyon òganizasyon, jesyon antrepriz ak kòmèsyalizasyon, selon sa Rosanie esplike nou. Rezo Lèt Agogo a gen prèske 2.000 pwodiktè ladan l, li bay: 108 moun travay a tan plen, anviwon 60 lòt travay a mwatye tan epi li pèmèt plizyè lòt moun jwenn yon ti degaje. Anvan Lèt Agogo a te ekziste sou teren an, sektè lèt la te blije fè fas kare ak tout kalte pwoblèm, sitou koze kòmèsyalizasyon an. Yo te lage pwodiktè yo pou kont yo; yo te blije degaje yo kou mèt janjak. Pa te gen anpil moun ki te enterese nan achte lèt lokal la paske pwodiktè yo pafwa te konn melanje lèt la ak dlo. Yo te konn vann lèt la nan move kondisyon ijyèn tou. Se nan Limonad, yon vil ki nan depatman Nò, Veterimed te lanse pwojè Lèt Agogo a. « Nou te koumanse travay konsa pou n te kapab kaba ak tout baryè ki te anpeche moun konsome lèt peyi a », se sa Rosanie Moïse Germain di nou. Premye izin lèt la te kreye, nan kolaborasyon ak

99

ti envestisè yo kredi, se te sèlman koperativ fon finansye ak kredi yo rele « koperativ popilè yo» ki te konn fè sa, men reyalite a chanje nan 30 dènye lane yo. Depi lane 90 yo, selon sa M. François rakonte, yo prezante mikwofinans la tankou yon opòtinite kòmèsyal pou sila yo k ap vann sèvis finansye yo, sitou sektè mikwokredi a. « 30 sektanm 2008 , mache mikwofinans la te rive gen 6,3 milya goud nan aktif li yo, 4 milya goud nan pòtfèy li epi 2,6 milya goud kòm depo », se sa M. François deklare. Kantite moun ki ap mande prete nan sektè a se te 245.000, alòske kantite moun ki ap fè epay yo se te 799.455. Nou pa bezwen sezi wè kantite moun k ap mande prete lajan yo te rive atenn yon milyon moun nan lane 2012. Pou pwofesè Chalmers, mikwokredi a se tou senpman yon mouvman lajan k ap sikile. Selon li menm, sektè mikwofinans la se yon mwayen kapitalis yo itilize pou foure kò yo pi plis nan mache ayisyen an. Se manipilasyon li ye. Carole Pierre-Paul Jacob konfime sa lè li di « mikwokredi a se pwòp sistèm kapitalis pòv yo genyen, li fè moun yo kwè yo se biznismann men, se sèlman kòmèsan yo ye». Selon Lionel Fleuristin, mikwokredi a la pou kore enpòtasyon an. Sa se yon bagay ki pa nan avantaj peyi a ditou. Reskonsab KNFP a kwè sektè mikwokredi a « fè koperativ popilè yo pèdi objektif yo ». « Ekonomi solidè a se yon altènativ anfas ekonomi liberal la ki enterese sèlman nan tire pwofi. Souvan, m panse se pa vre! kapitalis la se pa yon mwayen pou kreye richès », se sa Camille Chalmers di, detan li kwè ekonomi solidè a se yon lòt bagay li ye. « Mikwofinans la ki chita sou ekonomi solidè a kapab kreye yon makònay ant dimansyon ekonomik ak dimansyon sosyal la ki kapab mennen nou nan chimen devlòpman dirab la », selon sa François Lhermitte siyale. Pou li menm, sa mande pou mete tèt ansanm, pou kreye patenarya epi pou pran konsyans sou reyalite peyi a ak reyalite kiltirèl yo. Li di yon pwosesis finansman solidè ki makonnen kesyon ekonomik ak sosyal yo kapab pran an konsiderasyon pwoblèm anviwònman kèk kominote ap rankontre.


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal

Kasav: yon kay farin ki gen yon liy pwodiksyon k ap byen mache anpil Adriana Santiago Lè ou ap vwayaje sou wout ann Ayiti yo, ou kapab rive wè pafwa kèk sèn ki parèt ou etranj anpil. Se sa ki te rive nou lè nou te wè yon gwo tonton kasav yo t ap fè sou yon plato ki gen menm gwosè ak kasav la. Se yon liy pwodiksyon tout bon vre kote gen moun ki rive ak manyòk yo fenk rekòt, gen lòt moun ki kale li, ki pile l, ki pije li, epi gen plizyè lòt ankò ki fè kasav la. Antou, gen 50 moun ki patisipe nan pwodiksyon sa. Nan langaj lokal la, se “manyòk” yo rele li, se yon non ki difisil anpil pou yon etranje ki pa konn pale kreyòl konprann, menm si li konn pale franse. Li gen yon mèt dyamèt, gen machann ki jwe wòl entèmèdyè ki vann li toupatou nan lari Pòtoprens. Prèske pa gen okenn moun ki sonje non machann sa. Men se de (2) fanm ki dirije pwodiksyon an, Dieudonne ki gen kat (4) timoun, ak Metler François ki gen dis (10) timoun. De (2) medam sa yo k ap ri toutan epi ki fyè de

Jou dimanch aprèmidi yo, gen anpil moun ki pote manyòk yo rekòte yo nan Kasavri. Foto: Ermanno Allegri

tèt yo di yo pa bezwen mari ki pou dirije biznis yo a. Yo se machann, yo lwe teren kote yo ap vann nan. Sa vle di pwopriyetè a resevwa yon pousantaj ki enpòtan nan benefis yo fè a, men yo pa bay plis detay petèt paske yo on ti kras timid pou fè sa devan anplwaye yo. Men selon jan nou konnen yo abitye fè mòd eksplwatasyon sa nan mond la, nou kapab sipoze pwopriyetè tè a rete ak yon 50% nan benefis yo ; yo rele pratik sa “métayage” nan peyi Brezil. François te kontan jou sa; li esplike nou li toujou travay di paske li gen 10 timoun pou li marye. Wi, li di nou fòk li marye tout timoun li yo, alòske li te di nou li menm li pa bezwen mari. Ak tout kè kontan epi ak yon souri sou bouch li, li esplike nou se Kasav ki fè kòb rantre nan kay 2 medam sa yo, se li ki bay timoun yo manje, ansanm ak anpil lòt vwazen ak zanmi yo, paske yo rive bay 24 moun travay nan fè kasav oswa nan pwodiksyon agrikòl nan rejyon an. Jou sa, tout moun ki fè pati biznis la te la. « Gen kèk jou gen anpil, men anpil anpil moun », se sa machann sa di nou.

0 10


Ayiti pale

Manyòk Plezans lan, yo kale l, tranche l, pile l, pije l, epi mete l sou gwo plato ki fèt ann asye pou kwit gwo kasav yo pral vann nan lari kapital la. Dieudodonne ak Metler François bay pitit yo ak vwazwen yo manje ak biznis yo.

10 1

Foto: Ermanno Allegri


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal ak lòt zannimo yo mouri paske lapli ki pa tonbe. « Nou te plante anpil zèb ak plant ki kapab reziste anba peryòd sechrès ki dire anpil tan. Answit, nou te kreye yon bank semans pou kalte kilti sa », se sa Rosanie Moïse Germain esplike nou. Anmenmtan tou, Limonad gen yon gwo repitasyon kòm yon zòn ki aktif anpil nan kesyon pwodiksyon lèt. Anplis, repitasyon Asosyasyon pwodiktè lèt Limonad (APWOLIM) vin genyen rive byen lwen, pi lwen pase Limonad.

Lèt Agogo nan lekòl yo

Pratik koupe pyebwa yo ak fè chabon

Asosyasyon pwodiktè lèt nan Limonad. Anvan Veterimed te rive, pa te gen okenn òganizasyon agrikiltè oswa pwodiktè nan zòn nan. Yo te konn fè elvay libelibè. Zòn nan te konn abitye pase menm sis (6) mwa anba sechrès chak lane, se yon sitiyasyon ki te lakòz lanmò anpil nan bèt yo. Kidonk, te gen anpil pwoblèm pou mete pwojè sa kanpe. « Lè nou te rive Limonad, agrikiltè yo ak pwodiktè yo pa te vle wè nou ditou », se sa Rosanie Moïse Germain fè sonje, « yo panse nou te debake pou vin pran ti rès sa yo te genyen an ». Sèlman dis (10) pwodiktè lèt te aksepte, ak anpil ezitasyon, pou kolabore ak ekip Veterimed la. Apre onz (11) lane, se lindemyèl ki vin genyen ant Veterimed ak pwodiktè lèt yo, e menm ak popilasyon an. « Jounen jodi a gen yon òganizasyon ajan veterinè, yon òganizasyon pwodiktè lèt ki gen plis pase 300 manm ladan l, yon òganizasyon fanm ki ap bouje anpil », se sa direktris Veterimed la esplike nou. Jounen jodi a Limonad se pa yon zòn kote bèt yo elve

bwa se yon krim y ap fè -sa gen kèk syèk- kont anviwònman an; yon krim ki mache bradsi bradsou ak kriz enèji a. Ann Ayiti se tout tan w ap wè kouman y ap vann chabon nan lari. Foto: Francisca Stuardo

Yawout, lèt estirilize ak fwomaj se pwodui sa yo rezo Lèt Agogo a fè. Men, lèt esterilize a, se li ki toujou rete pwodui ki pi enpòtan an. « 70% nan pwodui nou yo fèt ak lèt esterilize nou vann sitou nan lekòl yo, nan kad Pwogram nasyonal kantin lekòl (nan lang franse, Programme national de cantine scolaire-PNCS-) », dapre Rosanie Moïse Germain, reskonsab Veterimed, ki konnen byen pwoblèm agrikòl peyi a genyen. Akò ant PNCS ak Veterimed se yon modèl pou kesyon valorizasyon pwodiksyon lokal la ak yon antrepriz ekonomi solidè. Manman Bèf la menm se yon lòt dimansyon nan travay Veterimed ki pèmèt kreye richès nan kominote yo. Men kijan pwogram nan fonksyone. Yon moun ki vle, sitou sila yo k ap viv nan dyaspora (Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo), achte yon manman bèf epi li bay yon agrikiltè l pou li pran swen l jouk li rive fè 3 ti bèf. Moun ki te pran swen manman bèf la rete ak de (2) premye ti bèf yo, alòske moun ki te achte manman bèf la rete ak twazyèm ti bèf la. Apre twazyèm pòtre bèf la, yo kapab deside renouvle kontra a oswa vann manman bèf la. Selon direktis Veterimed la, yo te distribye 500 manman bèf nan kad pwogram yo te lanse nan lane 2004 la. Kolektif Ayisyen nan Lafrans se gwoup ki pi aktif nan pwogram sa. Sou 500 manman bèf, yo gen 360 ladan l. « Sa se yon bagay ki diferan ak èd imanitè », se sa Rosanie Moïse Germain di. Tankou anpil lòt enstitisyon nan peyi a, Veterimed ak rezo izin pou fè lèt (lètri) li genyen yo te resevwa gwo pataswèl anba tranblemanntè 12 janvye 2010 la. De (2) nan lètri yo te resevwa anpil domaj, alòske kèk lòt lètri te gen anpil difikilte pou vann pwodui yo akòz yo te fèmen lekòl

2 10


Ayiti pale yo. Pi gwo dega yo te pase nan Santral kòmèsyalizasyon ak founiti, ki li menm founi engredyan lèt yo epi ki fè anbalaj pwodui yo.

RACPABA ap goumen pou relanse pwodiksyon diri a

Plantasyon diri ki tou pre Okap Foto: Ermanno Allegri

konpetisyon fòs kote ak diri enpòte a (diri pèpè a), se sa ki dekouraje pwodiktè yo. Ak prezans Racpaba ak Federasyon nasyonal pwodiktè diri ayisyen (FENAPRIH) ki li menm te kreye nan avril 2011, Bien-Aimé Dieula optimis sou kesyon relansman pwodiksyon diri nan lane k ap vini yo. Konsa, 240 milyon dola ki depanse chak lane pou enpòte diri etranje, nou te kapab itilize l nan ekonomi peyi a.

Koperativ kapital ak kredi yo Le Levier se yon asosyasyon ki gen 23 koperativ kredi ladan l ki mete tèt yo ansanm; anpil moun nan tout peyi a konnen koperativ sa yo. Asanble konstitiyan federasyon sa te reyini jou 30 jen 2007, apre yon gwo travay ki te fèt pou monte l. Selon Jocelyn Saint-Jean, direktè jeneral Le Levier, koperativ yo jwe yon wòl ki enpòtan nan devlòpman peyi a, sitou paske Konstitisyon an defini Ayiti se yon Repiblik koperativ li ye. Selon Jocelyn Saint-Jean, eksperyans ki fèt ann Ayiti ak kès popilè yo montre peyi a kapab konte sou pwòp resous li genyen yo pou li kapab gen siksè nan kèk pwojè. « Koperativ kredi yo montre gen ase lajan nan kèk domèn pou fè anpil bagay », se sa li di. Li kwè tou ak koperativ kredi yo, epay yo kapab sèvi pou fè devlòpman lokal. « Se diferans

10 3

Rezo asosyasyon koperativ pou pwodisyon agrikòl nan Ba Atibonit (RACPABA) te fonde jou 25 jen 2001pou remanbre pwodiksyon diri nan peyi a ak pou defann dwa pwodiktè yo. Tankou jan nou te di l la, apre Japon ak Meksik, Ayiti se twazyèm peyi pi gwo enpòtatè diri nan mond lan. Selon estatistik yo, Ayiti enpòte 400 mil tòn diri chak lane pou 240 milyon dola. Men kèk nan plizyè rezon ki fè pwodiksyon diri a tonbe sou lagraba ann Ayiti: konpetisyon ak diri ki soti nan peyi etranje (pa egzanp, Etazini) kote yo sibvansyone pwodui sa; liberalizasyon (ouvèti) mache pwodui agrikòl yo; ris ki genyen pou inondasyon ak pou pèdi rekòt yo nan zòn kote yo fè pwodiksyon yo (konsekans chanjman klimatik la); pwoblèm ki genyen nan zafè pwopriyete tè yo; tè ki bon yo ki ap redui ; konpetisyon ak ogmantasyon kantite lojman y ap konstwi yo; menm Leta a ap fè pwomosyon nan medya li yo anfavè diri enpòte epi kont pwodiksyon nasyonal la. Nan sèlman 30 lane, Ayiti -ki te yon peyi ki te kapab bay tout peyi a diri pou kont li- vin tounen yon peyi ki depann de mache entènasyonal la. Depi yo te kreye Racpaba nan lane 2001, li gen anviwon 2.350 manm, epi li toujou chache chanje sitiyasyon an, bouske yon lavi miyò pou agrikiltè yo. Se yon asosyasyon ki gen sèt (7) koperativ agrikòl ladan l ki gen yon bank pou konsève semans yo; bank la gen ladan l yon kapasite pou kenbe 500 sak diri ki gen 80 liv, yon laboratwa pou eseye pwodui sa yo, ak yon pak kote gen materyèl agrikòl. Selon prezidan rezo koperatif la, Bien-Aimé Dieula, enstitisyon an ede manm li yo jwenn kredi tou epi li ba yo asistans teknik pou yo kapab pwodui epi vann diri. Pwodiksyon diri lokal la reprezante ant 15% ak 20% diri k ap sikile sou mache a. Bien-Aimé Dieula mande gouvènman an pou elimine tout kontrent ak difikilte ki anpeche yo pwodui; youn nan kontrent yo se kredi yo pa bay sektè agrikòl la. « Koperativ kredi yo pa vle bay kredi, paske gen yon gwo ris pou envesti nan agrikilti ». Gen yon


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal sa ki genyen ant koperativ yo ak bank yo kote lajan lokal la osèvis sila ki pi rich yo », se sa li fè remake. Direktè Le Levier a kwè, gras ak ekonomi solidè, Ayiti kapab devlope kèk pwodui ki kapab reponn ak nesesite popilasyon li an. Li panse, pa egzanp, nan domèn lojman li posib pou reyalize kèk pwogram konstriksyon ti kras pa ti kras. Sa diferan ak chema kapitalis yo. Li ankouraje Leta pou akonpaye koperativ ayisyen yo, yon jan pou yo kapab kontinye bay plis moun kredi toujou. Konsèy nasyonal finansman popilè (KNFP), yon zouti ki vize pou finanse agrikilti, te fonde nan lane 1988; li se yon asosyasyon ki reyini jodi a nèf (9) manm. Li travay pou fè pwomosyon ak pou ranfòse finansman piblik ann Ayiti; li chita kò li sitou nan zòn riral yo. « Jounen jodi a, gen sektè ki konprann enpòtans ekonomi sosyal la pi byen », se sa Lionel Fleuristin, direktè ekzekitif KNFP a, deklare. Fòmasyon aktè finansman riral yo (manm komisyon gwoup debaz yo, pwofesyonèl finansman desantralize yo) atravè Enstiti mobil fòmasyon (IMOFOR); bay asistans legal ak fè pwomosyon finansman riral; amelyore sèvis finansye yo nan peyi a an jeneral e sitou nan zòn riral yo, se twa (3) domèn aksyon KNFP genyen. Nan youn nan pwovens Ayiti KNFP ap fè yon eksperyans nan mete sou pye yon tab-wonn pou pran desizyon sou ekonomi solidè a; tab-wonn sa mete ansanm plizyè reskonsab politik lokal ak lòt aktè nan rejyon an. KNFP espesyalize nan kesyon kredi agrikòl; li gen rekonesans Leta depi lane 2008. « Se yon rekonesans yo bay travay nou ap fè a », se sa Fleuristin di. Nan lane 2005, nèf (9) manm KNFP te reyini, ak pwòp mwayen yo te genyen, plis pase 3.000 estrikti finansman debaz (bank kominotè yo ak mityèl solidarite - BC / Muso), anviwon 70.000 chèf fanmi yo ki toupatou nan peyi a. KNFP se manm fondatè: Fowòm Latino-ameriken ak karayibeyen sou finansman riral (ForoLacFr), Asosyasyon entènasyonal envestisè nan ekonomi sosyal (INAISE) ak Kòdinasyon Ewòp- AYiti (CoE-H), Platfòm ONG Ayiti ak Ewòp yo.

SOFA ap bay fanm yo bonjan otonomi Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA) se yon òganizasyon femi-

nis ki te fonde nan lane 1986; l ap goumen pou fè respekte dwa fanm yo. Depi òganizasyon sa te kreye, l ap travay ansanm ak pouvwa piblik yo nan bay fanm asistans legal , yon jan pou yo pran an konsiderasyon dwa fanm yo ak popilasyon ki vilnerab yo. Sofa travay sou plizyè domèn anfavè fanm yo, sitou nan kesyon dwa lasante, lit kont vyolans, pou yo gen otonomi yo epi pou ankouraje yo patisipe nan espas kote y ap pran desizyon yo. « Nou devlope ekonomi solidè a pou nou kapab atenn pi gwo objektif nou genyen an », se sa Carole Jacob, kòdonatris Sofa a, di. Nou te enstale kat (4) moulen agrikòl nan depatman Latibonit lan, ki se yon rejyon ki pwodui anpil diri, pou fanm ki ap travay latè. « Se yon pwojè ki gen yon objektif kominotè », se sa direktris Sofa a di, detan li ajoute yo te pèmèt fanm sa yo jwenn tè pou yo travay. Anviwon 2.000 fanm benefisye pwojè Sofa yo, sa pèmèt yo vin tounen antreprenèz epi mètrès lavi yo. Ak sipò benefisyè yo, Sofa bay manm li yo kredi nan rejyon an. « Nou pa yon òganizasyon ki nan domèn mikwokredi a. Apwòch nou diferan ak kèk òganizasyon mikwokredi paske objektif nou se pa pou fè lajan », se sa Carole Jacob esplike nou. Selon li, moulen Sofa yo make yon gwo diferans nan lavi fanm nan rejyon kote yo te enstale yo. « Benefisyè yo konprann yo pa bezwen rete chita tann ak de (2) bra yo kwaze pou otorite yo vin rezoud pwoblèm yo genyen yo », se sa li di, detan li ap fè lwanj pou ekonomi solidè a. Carole Pierre-Paul Jacob panse ak kapitalis la k ap degrenngole a, Ayiti dwe apiye l sou ekonomi sosyal ak solidè a.

Povrete ann Ayiti, se echèk sistèm kapitalis la Selon chif ki te pibliye nan PDNA a, yo te evalye to chomaj la ann Ayiti anvan tranblemanntè a, se te anviwon 30% pou tout peyi a nèt (45% nan rejyon metropolitèn nan), 32% pou fanm yo ak 62% pou popilasyon ki gen ant 15 ak 19 lane. Tout endikatè devlòpman yo te sou koulè wouj (yo te ba anpil). Nan lane 2001, selon PNDA, 76% popilasyon Ayiti a t ap viv anba liy povrete a ak mwens pase de (2) dola chak jou; 56% t ap viv anba liy povrete ekstrèm ak mwens pase yon (1) dola chak jou. Yo evalye pandan 10 lane ki sot pase yo, pousantaj pòv yo ak sila yo ki pòv anpil

4 10


Ayiti pale

yo (ekstrèman pòv) te desann plis pase 8% nan tout peyi a, sof nan rejyon metropolitèn nan kote pousantaj povrete a te ogmante anviwon 13% pou menm peryòd la. Sitiyasyon ann Ayiti a, selon plizyè ekspè, ladan yo pwofesè Chalmers ki se direktè Papda, se youn nan konsekans politik neyoliberal otorite Ayiti yo ap aplike nan peyi a. Chalmers fè konnen Ayiti ap travèse yon faz li rele “dezendistriyalizasyon”. Depi nan lane 80, Ayiti te vin tounen yon mache pou vann pwodui kapitalis yo. Sa te koumanse ak touye kochon kreyòl yo ki se te potomitan ekonomi nasyonal la. Otorite meriken yo te fè anpil presyon sou gouvènman ayisyen an pou li te touye kochon sa yo pandan lane 70 ak 80 yo. Selon enfòmasyon ofisyèl yo te bay, yo te touye kochon kreyòl yo pou yo te kapab anpeche viris lapès afriken ki te tonbe sou kochon yo rive ann Ayiti; viris sa te gentan pwopaje soti Lespay pou rive nan Repiblik Dominikèn, yo te pè pou li pa rive apre ann Ayiti atravè rivyè Latibonit la. Ayisyen yo pa janm dakò ak esplikasyon sa a; yo kwè se te yon plan pou yo te kapab detwi ekonomi yo. Sektè izin asanblaj yo (faktori yo), ki te yon potomitan nan ekonomi Ayiti a, te degrenngole desann nan dènye

yo granmoun tèt yo onivo sosyal ak ekonomik, ak sipò SOFA Foto: Francisca Stuardo

10 5

Fanm ayisyen yo ki ap goumen pou

lane sa yo. Soti oktòb 1990 pou rive jen 1991, Ayiti te pèdi 8.200 djòb sou 40.000 li te genyen nan epòk sa. Nan lane 1994, lè anbago kominote entènasyonal la te mete sou do Ayiti apre koudeta 1991 la ta pral fini, te genyen mwens pase 11.000 djòb nan endistri metalijik la. Nan lane 80 yo, te gen anviwon 150.000 moun ki te anplwaye nan sektè endistri soutretans yo (nan faktori yo). Apre kriz politik sou kriz politik peyi a te soufri, yo te kite kèk nan izin sa yo, yo te voye yo nan lòt peyi nan rejyon an tankou Jamayik, Repiblik Dominikèn ak Pòtoriko. Devan fenomèn sa, otorite Ayiti yo te chache relanse soutretans sèvis yo, nan kreye zòn franch ki se yon espas teren ki byen delimite. Aksyon sa ki pèmèt yo eksplwate mendèv la fasil pou yon ti kras kòb epi nan yon sistèm ki prèske tankou esklavaj, se Administrasyon jeneral ladwann yo (AGD) -ki se yon sistèm ladwann ak fiskal ki gen makfabrik pa l- ki sipèvize l. « Relansman sektè twal la te kapab nan avantaj peyi a pou te kapab kreye travay », se sa ekonomis Alix Labossière di, yon jan pou li kalme deba a. « Sa te kapab ede anpil pou kreye travay, men li pa yon motè pou fè devlòpman ekonomik tankou touris, agrikilti, elatriye », se sa Labossière deklare. Nan lane 2006, Kongrè meriken te vote, anfavè Ayiti, lwa HOPE I yo te prezante tankou yon « opòtinite nan tout kontinan an pou ankouraje patenarya ak Ayiti ». Pi gwo misyon Hope I genyen se pou pèmèt kèk pwodui yo fè ann Ayiti, tankou rad ak kab elektrik, kapab antre libelibè sou mache meriken an, sa vle di san yo pa peye taks ladwann. Lwa Hope II, ki se pwolongasyon premye a, te adopte nan lane 2008. Inisyativ sa yo ta dwe bay endistri soutretans la jarèt, men se pa sa nou wè ki pase. Ak yon mendèv ki tèlman bon mache, ekonomi an pa rive jwenn tout benefis ak pwofi yo t ap tann lwa sa yo pote. Nan menm moman sa a, gouvènman ki la a bay devlòpman endistriyèl la ak izin yo yon gwo enpòtans. Pak endistriyèl Karakòl la, yo te inogire l jou 28 novanm 2011, te konstwi sou 250 ekta nan plenn Karakòl ki twouve l a 260 kilomèt nan nòdès Pòtoprens tou pre vil Twoudinò. Pak la se yon pwojè prezidan Martelly pran pou toutbon. Pwomotè yo di gen 20.000 djòb ki pral kreye nan premye


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal

Kòmès pran tout lari a, kote yo vann

faz li. Pral gen anviwon 100.000 djòb, dirèk oswa endirèk, ki pral kreye nan lane ki pral vini yo. Men sa prezidan an pa di, travay sa yo se prèske travay nan izin sèlman pou yon kraze monnen. Gen yon gwo enterè entènasyonal pou pak endistriyèl la, petèt se paske li bay posiblite pou eksplwate yon mendèv ki bon mache. Alòske bank entèameriken pou devlòpman (BID) te debloke 55 milyon dola pou premye faz konstriksyon pak endistriyèl la, sosyete sid-koreyen an, Sae-A C° Ltd, ki se pi gwo lokatè enfrastrikti sa, konte

tout kalte machandiz Foto: Francisca Stuardo

anpil sou envestisman 78 milyon dola ki pral fèt pou fè operasyon yo mache. Gouvènmen meriken an menm te angaje tèt li pou li bay omwens 124 milyon dola pou kapab rive enstale omwens 25 megawat elektrisite, amelyore enstalasyon rejyonal sante yo (lopital yo ak sant sante yo), konstwi anviwon 5 mil inite lojman arebò pati Nò pak endistriyèl la. Pak sa, yo pral envesti antou 257 milyon dola ladan l; yo vle fè l tounen pak ki pi gwo epi ki modèn nan Karayib la, yo vle l tounen tou pi gwo envestisman etranje ann Ayiti.

6 10


Ayiti pale Pwodiksyon agrikòl Ayiti a tonbe sou lagraba. Yon rapò Sant ekspòtasyon ak envestisman Repiblik Dominikèn (CEI-RD) te pibliye fè konnen Ayiti enpòte kay vwazen li Repiblik Dominikèn - soti 2004 pou rive 2010- yon pil ak yon pakèt machandiz pou 872,7 milyon dola. Prensipal pwodui enpòte sa yo se sitou rad ki fèt ak koton, rad ki fèt ak fib sentetik, ba fè pou konstwi kay, pwodui bote, siman, medikaman kont dyare, farin ble, gaz, tant, koton, poulè, ze, bannann, pat, sak plastik, tòl, penti pou machin, biskwit, lwil soya, nannan kokoye, pwa nwa, rad pèpè, salami, sik kann. Rapò a pa pale sou ki kantite machandiz Ayiti ekspòte nan Repiblik Dominikèn. Brezilyen ki manm Mouvman Peyizan san tè yo (MST), enjenyè agwonòm Dayana Mezzonato ak pwofesè istwa José Luís Rodrigues (Patrola), de (2) moun sa yo -ki angaje anpil nan kesyon latè ak mouvman travayè riral ayisyen yo epi ki manm Via Campesina- konsidere sitiyasyon Ayiti a difisil epi gwo defi peyi a genyen se pou li kaba ak prezans Etazini sou teritwa li. «Tout mezi peyi a pran ki pa ale nan sans politik sa pap rive okenn kote. Koupe fache ak sistèm dominasyon sa, ki makònnen ak enterè yon elit nasyonal, se youn nan pi gwo defi sosyete ayisyèn nan genyen si li vle devlope yon pwosesis efikas pou kapab gen demokrasi patisipativ », se sa yo te fè remake. Selon evalyasyon MST ak Via Campesina fè, envesti nan agrikilti –pa gen okenn dout sou sa- se youn nan fason pou kaba ak dominasyon ekonomik la, piske 65% Ayisyen ap viv toujou nan zòn riral. Men pou sa kapab fèt, pwosesis la long anpil epi l ap pran tan... « Li enpòtan pou fè yon refòm agrè serye epi pou tabli yon politik agrikòl, pou envestis nan fè rechèch ak nan fòmasyon . Ekwasyon an senp: agrikilti a te kapab kreye anpil travay epi pèmèt ogmante revni popilasyon peyizan an, sa te kapab fè ekonomi lokal la bouje. Epi, yon lòt bò, agrikilti peyi a te kapab pran reskonsablite pou pwodui yon seri pwodui jounen jodi a peyi a enpòte tankou ze, volay (tankou poul), diri, sik ak lòt pwodui manifaktire tankou pire sòs tomat, konsèv, pwodui ki fèt ak lèt yo, elatriye. », se sa yo esplike. Piske peyi a chita sou yon zile ki gen resous natirèl ki limite, pa egzanp 75% tèritwa a se mòn sèlman, fòk gen yon gwo volonte politik epi fòk gen resous ki byen enves-

10 7

Lè yo te lanse l nan novanm 2011, prezidan Martelly te deklare pak endistriyèl la se yon modèl envestisman ki ta dwe tabli tou nan lòt depatman paske sa te kapab ede chanje peyi a. Pou li menm, se yon modèl « devlòpman ki dirab, ki reyèl». Konsa, nou kapab deja konprann koze repiblik koperativ prezidan ayisyen an genyen an pa chita sou patisipasyon popilasyon an, men pito sou eksplwatasyon popilasyon sa gwo òganizasyon entènasyonal yo ap toupizi. Minis Endistri ak Kòmès la, Wilson Laleau, te montre li optimis tou sou kesyon konstriksyon pak sa. « Se yon pak ki tou louvri, ki bay yon platfòm ak kèk zouti pou ankouraje envestisè yo vini. Se pi gwo pak endistriyèl peyi a e menm Karayib la genyen; li kapab tounen yon motè pou fè devlòpman peyi a mache », se sa minis la te deklare nan yon konferans pou laprès nan mwa me 2012 la. An reyalite, apa kèk milye djòb pak endistriyèl la kapab kreye –menm si yo pa esplike nan ki kondisyon pou travayè yo- ekonomis yo pa manke pou siyale efè negatif li pral genyen sou anviwònman an, sou ekonomi agrikòl la paske y ap konstwi pak la sou tè ki bon pou fè manje (tè fètil yo). « Pak endistriyèl la nan konpetisyon ak ekonomi agrikòl la.Yo te kapab konstwi l sou yon tè ki pa bon pou fè manje, men yo konstwi l sou yon tè kote peyizan kapab fè agrikilti », se sa Lionel Fleuristin, manm KNFP, fè remake. Pou pwofesè Chalmers menm, lwa Hope la pa ofri okenn avantaj vrèman vre. « Se menm kalte kondisyon yo pou louvri mache a, pou privatize, yo te toujou enpoze peyi a depi plizyè lane; menm kondisyon sa yo ki prèske detwi ekonomi nasyonal la ak kondisyon sosyo-ekonomik popilasyon an », se sa li kritike. Sitwayen yo poko janm ko wè rezilta inisyativ sa yo – Leta ap pran nan dènye lane yo- pou relanse ekonomi Ayiti a. Tranblemanntè 12 janvye a te fè otorite peyi a ak patnè entènasyonal yo redui jefò yo t ap fè pou retire peyi a nan sitiyasyon kote li twouve l jounen jodi a. Menm anvan tranblemanntè a, se kominote entènasyonal la ki te konn abitye finanse 60% bidjè nasyonal la. Kominote entènasyonal la te konsidere bagay yo pa ta dwe kontinye konsa nan peyi a. Okenn enstitisyon pa te vle prete Ayiti kòb, yo te sèlman vle ba li kèk don. Ayiti depann de envestisman lòt peyi -ki pa toujou solidè ak li- fè ladan l.


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal ti pou fè agrikilti ayisyen an vin tounen yon sektè ki kapab kontribye yon jan ki efikas nan relansman ekonomi peyi a. Nou rekonèt pwoblèm « natirèl » yo jwe yon wòl ki enpòtan nan echèk Ayisyen yo pran nan pwodui byen yo bezwen yo. Nou pa kapab di anlagan boukantay pwodui ant nasyon yo se yon move bagay li ye, selon Mezzonato et Patrola. « Pwoblèm nan, se eksplwatasyon ki fèt nan echanj kòmèsyal yo, nan yon lojik kapitalis. E Ayiti nan pozisyon ki anba, y ap pilonnen l», se sa yo konkli.

Kouman nou kapab sòti nan tèt chaje sa? Chak jou, gen anpil richès ki pwodui ann Ayiti. Gen anviwon 10 milyon moun k ap manje chak jou, 50% nan manje sa yo se peyi a ki pwodui yo. Menm si kondisyon peyizan yo ap travay pou rive fè pwodiksyon sa pa bon ditou; kèk nan peyizan yo pa gen ase tè, gen pwoblèm pou jwenn kredi ak asistans teknik, pa gen enstitisyon k ap fè rechèch sou agrikilti epi gen yon sèl grenn fakilte piblik agwonomi nan peyi a. Ann Ayiti piske manke sèvis debaz yo tankou dlo, kouran, bonjan sistèm netwayaj ak wout, konstriksyon sivil la te kapab devlope epi pèmèt kreye travay, selon evalyasyon MST ak Via Campesina fè. Jean Garry, ki se analis ayisyen, manm enstitisyon brezilyen sa ki rele Sant estrateji, entèlijans ak relasyon entènasyonal (CEIRI), panse altènativ ki genyen pou pwodui richès se rive devlope aksyon ki kapab lite kont povrete epi ankouraje pwosesis pou kapab mete sou pouvwa (nan eleksyon) dirijan politik ki konprann gwo defi mondyalizayon an pote. Li kwè tou agrikilti a kapab pote anpil bagay pou ekonomi peyi a, men fòk nou ale pi lwen, pi lwen pase agrikilti familyal la senpman. « Agrikilti a bezwen amelyore kapasite li gen pou pwodui, kore oryantasyon òganik li, yon jan pou li kapab fè ladiferans sou mache etranje yo ». Yon lòt sektè ki, selon Garry, te kapab bay ekonomi peyi a yon bon jarèt se touris la. Ayiti te pran devan nan rejyon an nan endistri sa nan lane 60 yo. Men, diktati Divalye a ak enstablite politik la fè aktivite touris la fè bak jouk li vin okipe dènye plas nan rejyon an. Se pa yon sekrè pou okenn moun èd entènasyonal la

Ayisyen yo vann manje yo atè, malgre règ ijyèn yo entèdi sa. Foto: Francisca Stuardo

echwe ann Ayiti. Nou kapab pran kòm prèv sitiyasyon sosyo-ekonomik peyi a. Nan chak peryòd kriz politik oswa apre chak katastwòf, kominote entènasyonal la pwomèt l ap bay peyi a plizyè milyon dola, e menm plizyè milya. Se te menm bagay la nan 2004, lè ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide te ale, tankou apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Twa (3) lane apre katastwòf sa fin pase, tout moun nèt dakò pou di bayè yo pa te respekte pwomès yo. Tout moun dakò tou sou sa: yo pa voye fon yo pou peyi a nan rit yo te di yo t ap voye yo a. Viktim tranblemanntè yo koumanse ap pèdi pasyans. Gen kèk ladan yo ki koumanse montre yo pa kwè nan kominote entènasyonal la. « Ayiti pap leve kanpe ak èd entènasyonal, paske peyi sa yo gen pwòp kriz pa yo », se sa Moïse Rosanie Germain, manm Veterimed, di nou. Pou Lionel Fleuristin menm, otorite ayisyen yo dwe envesti nan pwodiksyon lokal si yo vle retire peyi a nan sitiyasyon ekonomik tèt chaje li twouve li la. « Si nou abandone pwodiksyon lokal la, sèl sa nou pral gen pou fè se itilize ekonomi nou yo pou enpòte », se sa li di, detan li montre li pa kwè nan pwomès kominote entènasyonal la fè. Li denonse tou politik piblik la ki ap fè reklam pou enpòtasyon diri nan dezavantaj pwodiksyon lokal la. Tankou jan nou kapab wè sa klè nan konstriksyon Karakòl la, gouvènman an -ki gen lòt objektif dèyè tèt li- te anonse li vle fè Ayiti tounen yon peyi “emèjan” soti jounen jodi a rive nan lane 2030. Nan deklarasyon politik nouvo chèf gouvènman ayisyen an, Laurent Lamothe, te fè devan Palman an, misye pa te di anyen sou kesyon pwomosyon ekonomi solidè a. Men, pou li atenn objektif sa, sektè ki pi enpòtan li te konsidere nan pwogram devlòpman li an se touris, agrikilti, tekstil, enfrastrikti yo (telekominikasyon, kouran, wout, pò ak ayewopò) ak konstriksyon sivil la, detan li te souliye tou enpòtans espesyal li bay edifis administrasyon piblik yo ak kesyon lojman ki pou genyen disponib. « Nou pral ankouraje pou devlope mekanis tounèf pou kore ti biznis ak mwayèn biznis yo. Nou deja anvizaje –se yon priyorite pou nou- kreye yon fon solidarite pou fanm yo ak peyizan yo, refòme lwa sou envestisman

8 10


10 9

Ayiti pale


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal yo, lwa sou zòn franch yo ak rejim fiskal ki ap aplike jouk jounen jodi a, renouvle anviwònman biznis la, kore sektè asirans la nan kreye yon règleman ki pi adapte, ranfòse lit kont koripsyon ak kontrebann, kore Sant fasilitasyon envestisman yo (CFI) ». Mezi espesyal sa yo premye minis Lamothe te anonse yo pou prepare 2030 la, nou kapab konsidere yo enpòtan anpil –pa gen okenn dout sou sa-, men se yon egzanp ki montre nou gouvènman an ak pèp la, yo chak pran wout pa yo; wout ki pap mennen menm kote. Men, nou espere ak volonte politik epi ak òganizasyon popilè petèt yon jou li ap posib pou yo toulède rive mache sou menm wout la. Para Lionel Fleurantin, é na produção local que as autoridades haitianas devem investir se quiserem tirar o país da situação econômica desastrosa em que se encontra. “Se abandonamos a produção local, a poupança será usada para servir à exportação”, disse ele, mostrando-se pessimista sobre as promessas da comunidade internacional. Ele também denuncia a política pública que privilegia a importação de arroz em detrimento da produção local. Com outro foco, como foi demonstrado com a construção da zona franca de Caracol, o governo anunciou que quer fazer do Haiti um país emergente até 2030. O novo chefe do governo haitiano, Laurent Lamothe, em sua declaração política diante do Parlamento, não fez nenhuma menção à promoção da economia solidária. No entanto, para atingir esse objetivo, os principais setores visados através do seu programa de desenvolvimento foram o turismo, agricultura, têxtil, infraestrutura (telecomunicações, eletricidade, estradas, portos e aeroportos) e a construção civil, com ênfase particular nos edifícios da administração pública e acesso à habitação. “Incentivaremos o desenvolvimento de novos mecanismos de apoio às pequenas e médias empresas. Nós já cogitamos, em caráter de emergência, a criação de um fundo de solidariedade para as mulheres e camponeses; a reforma do código de investimento, da lei sobre as zonas francas e do regime fiscal em vigor; a renovação do ambiente de negócios; o fortalecimento do setor de seguros através de uma regulamentação adequada; a intensificação da luta contra a corrupção e o contrabando; o fortaleci-

Yo rive menm vann manje ki kapab ekspire, tankou lèt pa egzanp, nan lari ak nan mache. Foto: Francisca Stuardo

mento dos órgãos de captação; o aumento significativo das receitas fiscais; e o fortalecimento do Centro de Facilitação de Investimentos (CFI)”. As medidas específicas anunciadas pelo primeiro-ministro Lawrence até 2030 podem até ser consideradas medidas inquestionavelmente importantes, mas que são simbólicas também por demonstrarem que o poder público e a população marcham em caminhos paralelos, ou até contrários. No entanto, se espera que, com decisão política e organização popular, seja possível que o caminho, um dia, seja um só.

110


Ayiti pale

Lèt Agogo: transfòme lèt ede moun k ap viv nan zòn riral yo Adriana Santiago Depi byen bonè, galon blan yo koumanse rive nan lètri a, yo mare yo dèyè bekàn, dèyè moto, sou twòkèt pou chay la pa twò lou sou tèt. Moun ki gen tout kalte laj vin pote –san pale- lèt yo pwodui chak jou nan kominote letyè a pou yo kapab trete li. Yo peze lèt la, yon jan pou verifye si yo pa mete dlo ladan l; depi yo fin aksepte l epi li fin pase kontwòl kalite a, yo pran nòt sou sa ak anpil atansyon. Lèt la trete, pasterize, epi yo transfòme l fè l tounen yawout ak fwomaj ki gen bonjan kalite. Nan fen mwa a, lè moun ki achte yo fin peye, yo separe lajan an ant tout manm kominote a ki te patisipe yo, paske yo jere pwodui ki fèt ak lèt yo selon modèl koperativ la, epi administrasyon an sèlman pran yon ti bagay sou li pou l kapab refè envestisman an. Se yon lide

ki senp ak efikas ki pote anpil avantaj pou plizyè kominote ann Ayiti. Pou moun ki pa gen anpil lajan, li se yon mwayen pou yo kapab kenbe ak tout fanmi yo. Se youn nan kèk eksperyans òganizasyon sosyal ki ap byen mache. Petèt se paske youn nan fondatè VETERIMED, òganizasyon agwonòm ki te vin ak lide a, se Michel Chancy, Sekretè d Eta pou pwodiksyon animal ann Ayiti, ki te siyen yon akò ak FAO; epi gras ak kontribisyon ki soti nan peyi Brezil, li distribye pwodui Lèt Agogo yo pou bay kantin plizyè milye timoun ki nan lekòl Leta yo ann Ayiti. Si tout pwogram ijans ki resevwa fon entènasyonal yo te envesti nan lide sa yo ki senp epi ki byen fèt konsa, petèt Ayiti pa t ap gen bezwen jounen jodi a èd etranje anpil moun konsidere kòm yon mwayen dominasyon.

Anpil lèt rive agogo nan lètri Limonad la.

111

Foto: Ermanno Allegri


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal Epi se konsa Lèt Agogo te kreye

Agwonòm Jean Shilet

Veterimed se yon òganizasyon non gouvènmantal (ONG) ki te koumanse fòme pwofesyonèl nan lane 1989, nan voye yo oswa Brezil pou yo aprann teknik jesyon dirab tè yo, oswa Kiba pou resevwa fòmasyon nan domèn medsin veterinè. Yo te plis chita sou sante bèt yo, fòmasyon teknisyen yo rele oksilyè, anplis yo te konn fè pwomosyon pou kanpay vaksinasyon sitou kont lafyèv chabon; se kèk nan aktivite ki te konn resevwa finansman nan men ONG entènasyonal Veterinè san fwontyè epi atravè kèk don. Nan epòk sa, lide ministè Agrikilti a te genyen se te mete twa (3) teknisyen veterinè nan chak seksyon kominal. Nan lane 1990, te genyen sèlman 10 veterinè pou tout Ayiti nèt. Epi travay la te koumanse, an fonksyon sitiyasyon ijans yo, ak fòmasyon veterinè yo nan kad akò Kiba-Ayiti a. Nan lane 2000, apre sis (6) lane, objektif gen twa (3) veterinè nan chak seksyon riral la te rive atenn. Apre se te lòt domèn tankou lasante, pwodiksyon ak rechèch yo te anvizaje pou gade ki aspè ki te kapab pouse devlòpman an pi devan epi kreye deviz pou peyi a tankou pwodiksyon lèt, elvay bèf, kabrit ak lapen. « Se te yon chanjman radikal nan estrateji a », selon sa Jean Shilet Cimé esplike ak anpil pasyans, yon mannyè didaktik epi ak yon ti ri sou bouch li.

Cimé se kòdonatè teknik ONG ayisyen an ki rele VETERIMED. Foto: Ermanno Allegri

Konsa, òganizasyon an te koumanse chache kèk lide ak kèk donatè aletranje epi envesti nan Nòdès Ayiti, ki se depatman kote yo fè plis lèt nan peyi a. Jounen jodi a, Veterimed fè swivi teknik ak chak lètri, yo tout nèt pwodui kounye a ant 300 ak 400 lit lèt chak jou. Sa pa anpil lè nou konsidere peyi a enpòte 40 milyon lit lèt chak mwa pou mache lakay, men se yon pwodiksyon tout moun konnen ki bon anpil yo fè nan 20 lètri epi kote 6.000 fanmi peyizan ap fè travay sa nan yon peyi kote 80% moun nan popilasyon an pa jwenn travay. Nan lètri yo gen kat (4) kalte pwodui ki sòti: lèt pasterize (ki kapab konsève ant 7 ak 10 jou), lèt esterilize (ki konsève ant 9 ak 10 mwa), yawout la epi yon fwomaj ki bon anpil ki rele cheddar. Fwomaj la tèlman bon 4 moun nan ekip repòtaj la –Cimé te akonpaye- te gen tan manje yon gwo moso ki te gen prèske de (2) kilo ladan l. Yawout la ki gou anpil tou te gen moman pa li tou, nan zòn riral ki tou pre pwent Nò peyi a, nan Okap, lè ekip la te ale vizite lètri Limonad la. Pwoblèm Veterimed rankontre kounye a se kouman pou li desann pri a epi ogmante pwodiksyon Lèt Agogo a. Jounen jodi a, tout materyèl li itilize pou trete lèt estirilize a –ki se pwodui ki dire plis tan- soti aletranje. Machin pou yo fè boutèy yo, aparèy pou yo esterilize a 100%, yo tout nèt soti Etazini. Bouchon yo soti nan lòt peyi epi boutèy 350 mililit yo - yo adapte ak kantite pou yo bay chak timoun nan kantin nan – soti Gwatemala. Se sèlman lèt la ak mendèv la ki soti ann Ayiti, pa gen anyen ankò ki fèt nan peyi a. Veterimed ankouraje lètri yo pou envesti nan kòmèsyalizasyon, anplis kantin lekòl yo; epi ou kapab jwenn pwodui Lèt Agogo a nan kèk makèt nan Pòtoprens ak Limonad. Li pa anpil, lè ou fè konparezon ak pwodui enpòte yo, men nou koumanse plis wè pwodui lokal sa yo. Se yon bon kòmansman. Yo vann fwomaj yo ak otèl epi ak restoran ki kapab ofri kliyan yo yon pwodui ki vrèman orijinal. Men pou Cimé, sa ki pi enpòtan an: koperasyon peyi Brezil atravè Òganizasyon Nasyonzini pou agrikilti ak alimantasyon (FAO), se li ki pèmèt bay yon gwo bourad pou fè pwodui ayisyen yo rantre nan pwogram ONG entènasyonal yo, detan li ankouraje lopital yo ak lekòl Leta yo fè demann pwodui lokal yo fè nan koperativ yo. Sitou resipyan (tankou boutèy yo) ki fèt an vè yo, yo kapab rekipere yo epi tounen itilize yo. Ti boutèy yo koute 0,50 dola (50 santim dola), plis lajan yo peye pou enpòte yo soti Gwatemala. Yo gen lespwa jwenn kantite lajan yo bezwen an pou achte yon milyon boutèy yon sèl fwa, yon jan pou yo diminye depans yo. Jounen jodi

112


Ayiti pale

Agwonòm François Djilouf ap esplike kouman Veterimed ede fanmi pwodiktè yo nan Limonad, nan ba yo fòmasyon, trete pwodui yo epi negosye kontra yo.

113

Foto: Ermanno Allegri


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal a, yo gen tan genyen 1,2 milyon boutèy resiklab ki ap sikile sou mache a.

Pwodiksyon ak politik Poutèt siksè yo genyen, ONG Veterimed ak pwojè Lèt Agogo a te ranpòte premye plas nan konkou « Eksperyans nan inovasyon sosyal » nan peyi Chili nan yon konpetisyon ki te fèt ak patisipasyon 1.600 pwojè inovasyon sosyal nan peryòd 2004-2005. Konkou sa, se Komisyon ekonomik pou Amerik Latin ak Karayib (CEPAL) ki te òganize l, ak sipò Fondasyon W.K. Kellogg. Sa te pèmèt yo rive fè anpil gwo bagay, tankou pa egzanp fè ONG yo mete pwodui pa yo nan lis pwodui yo itilize pou kesyon èd imanitè. Manm jiri konkou a (ki t ap jije kiyès y ap bay premye plas la) te twouve pwogram nan - anplis li bay yon gwo kontribisyon pou ede peyi a granmoun tèt li nan kesyon manje ann Ayiti- te gen yon gwo enpak nan konn pwofite resous agrikòl yo epi itilize yo pou fè pwodiksyon lokal, pwodui ki tèlman bon pou nouri moun (paske yo gen anpil vitamin) tankou yawout ak lèt. Rezilta reyèl yo te gen yon enpak tou sou politik yo, paske ak 20 koperativ lèt nan Nò a yo te fonde Federasyon nasyonal pwodiktè lèt ayisyen (FENAPROLA, se sig li genyen nan lang franse), ki reòganize tout sektè lèt la. Dapre Cimé, sistèm agrè a jounen jodi a pa pèmèt fè elvay pi plis bèt toujou. Se konsa Fenaprola te rive bay yon estanda, men fòk gen yon deba ki fèt pou pote yon chanjman nan tout peyi a nèt paske piti piti pwodiktè lèt yo ap ogmante kantite bèf yo genyen epi yo vle negosye ak Leta pou ba yo plis tè. Dosye konfli sa, nan men Michel Chancy ki te direktè epi youn nan fondatè Veterimed ak Lèt Agogo, kounye a li se Sekretè d Eta pou elvaj, ki se yon gwo fonksyon nan Ministè Agrikilti a depi sou gouvènman prezidan René Préval la. Fonksyon sa Doktè Chancy okipe a rann bagay yo pi fasil pou ONG a, men li pa wete ni mete anyen sou merit pa l li genyen. Misnitè a ta dwe ankouraje plis inisyativ konsa nan aprann sou sa ki ap byen mache yo.

Tranblemanntè a te fè nou fè bak nan pwojè nou te genyen pou grandi Tout bagay vin chanje ak tranblemanntè 12 janvye a. Biwo Veterimed la te tonbe, nou blije rekòmanse ak anpil nan rechèch nou te fè yo, kèk anplwaye enpòtan mouri oswa pati ale Etazini,

Chak pwodiktè resevwa resipyan ki gen nimewo sou yo epi ki byen dezenfekte pou yo kapab konsève lèt la. Lè yo vin bay lèt la menm, yo verifye pou wè si li bon, si li pwòp epi si yo pa mete dlo ladan l, epi apre yo pasterize l. Foto: Ermanno Allegri

114


Ayiti pale

Boutèy yo bay pwodiktè yo epi resipyan yo ba yo a, anplwaye ki nan lètri kominotè a dezenfekte epi esterilize tout nèt. Lèt pasterize a, yo konsève li nan rezèv jouk pandan 9 mwa pou yo bay kantin lekòl li.

115

Foto: Ermanno Allegri


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal anpil nan yo pèdi achiv yo, epi nou te dwe rekoumanse travay la prèske a zewo. Youn nan kay ki te kraze yo, se ladan l nou te konn fè fwomaj yo ak yon pakèt aparèy nou te achte nan peyi Ekwatè; sa te fè nou fè bak nan kesyon pwodiksyon ak rechèch la. Men, lètri ki nan lòt depatman yo (ki pa chita nan Pòtoprens) te toujou kontinye ap fonksyone, epi gouvènman an te fè presyon sou FAO pou li te mete lèt la nan lis èd entènasyonal la. Soti mas 2010 rive mas 2011, kantite kòb Lèt Agogo te rantre antou se te ant 20 ak 22 milyon goud; 40% nan lajan sa te ale jwenn pwodiktè yo dirèkteman, lòt 60% se te pou administrasyon epi pou reenvesti nan koperativ yo ki pa te janm bouke grandi. E tout pwodui yo bon anpil, pwogram siveyans sanitè FAO toujou ap verifye yo. Objektif nou se pou rive gen 85 lètri nan tout Ayiti nèt, ki pou vin tounen òganizasyon koperativ pwodiktif, pou ap trete lèt, fwomaj ak yawout, pou ap bay lèt sou tout tèritwa peyi a nèt. Fòk nou rive rezoud pwoblèm resipyan an (pou nou mete pwodui nou ap vann yo), nou ap fè yon esè ak yon materyo ki sanble ak anbalaj Tetra Pak; fòk nou konstwi lètri ki pi modèn ki kapab reponn ak demann yo, yon jan pou nou kapab kouvri konsomasyon lokal la sitou lè pa gen lèt nan moman lapli ap tonbe anpil. Soti jiyè pou rive sektanm, lè gen anpil lèt, fòk nou ta gen plis teknoloji pou nou konsève kantite ki anplis la epi pou nou pa kanpe sou pwodiksyon lèt peyi a ki konplè epi ki bon anpil. BID gen yon pwojè pou pèmèt nou gen plis fon pou nou kapab ajoute vitamin nan lèt la, yon fason ki atizanal.

Lètri nou kapab konsidere kòm modèl Lètri Limonad la ki tou pre Okap se premye ki te kreye. La nou rankontre agwonòm François Djilouf ki esplike nou lètri sa pwodui ant 180 ak 200 lit lèt chak jou. Jounen jodi a, gen kat (4) asosyasyon, ki se sitou asosyasyon fanm, ki ap fè pwodiksyon an (PAWOLIN, AFLIDEPIA, MCAD et INTERVET); menm li menm, li pa fin sonje kisa non sa yo vle di, men se menm fanmi ki soti Limonad ki te kreye yo. Jounen jodi a, sèlman Pawolin ak Aflidepia ede -yo chak- anviwon 400 moun, alòske lòt ki pi piti

yo tankou MCAD ede 80 moun e Intervet ede 65 moun. Lètri a pèmèt yo achte tout pwodiksyon an; anplis, li ofri yon pri ki pi wo pase sa mache a ofri a. « Anvan sa, nou pa te konnen kisa pou nou te fè ak sa nou te pwodui yo, pafwa nou te konn sere yo sèlman pou timoun yo, pafwa yo te konn gate oswa nou te konn eseye vann yo lavil. Kounye a, se lètri a ki vann lèt la », se sa Elise Elbeu esplike nou, li menm ki te pèdi tout bèt li yo nèt nan lane 1999 akòz yo te grangou oswa yo te swaf, men Veterimed te aprann li teknik elvaj yo. Nou rete pandan 15 minit anfas lètri a epi nou wè gen mouvman. Pwodiktè yo rive ak de (2), senk (5) oswa sèt (7) galon, yo chak gen sou yo yon nimewo ki se nimewo pa pwodiktè a. Yo pote lèt la sou kontwa a kote gen dis (10) anplwaye letri a ki fè tès kalite a pou evite –tankou jan kèk moun abitye fè l- yo mete dlo nan lèt la pou yo vann nan lari Limonad. Yon fwa yo fin peze lèt la ki dwe peze 1,025, apre yo teste li ak alkòl pou wè ki nivo bakteri ak mikwòb li genyen. Apre, yo verifye si li pa gen sab ak lanmidon ladan l, epi yo kontwole ki kantite asid li genyen. Yo fòme agrikiltè yo pou yo byen trete lèt la, se konsa tou ekzijans yo fè yo a gwo anpil. Lè yo fin aksepte lèt la, yo ajoute li sou kont pwodiktè-asosye a epi yo voye li nan seksyon tretman an. Si se pasterize yo pral pasterize l, yo bouyi l a 95°C ant 5 ak 10 minit; si se pou yawout la, tanperati yo dwe bouyi l la, se 45°C. Si se esterilize yo pral esterilize l, tanperati a dwe rive jouk 75°C epi yo pase l nan aparèy otoklav la nan yon tanperati 121°C ant 15 ak 20 minit ; konsa, yo pral kapab konsève li pandan nèf (9) mwa. Apre yo pral mete li nan boutèy pou lekòl yo. Lèt ki gen gou vani oswa chokola a, FAO te deja mete l nan kantin lekòl Limonad yo. Apre, yo resikle tout boutèy sa yo. Nan lètri a, ou kapab wè kijan yo lave epi esterilize boutèy yo; menm jan an tou, gen yon aparèy ki pa sofistike ditou pou byen fèmen yo. Sa ki te plis atire atansyon nou, se depo a ki te chaje ki t ap tann pou yo fè livrezon yo. Yawout ak fwomaj yo pa voye nan lekòl yo, yo voye yo nan makèt Limonad yo. « Koperativ ki ap jere lètri a, se li ki gen reskonsablite pou fè kontra ak mache lokal la », se sa agwonòm nan fè nou konnen.

116


Ayiti pale

Peyi emèjan. Se yon ka kote yo detounen yon konsèp? Manti, konfyans ak sosyete. Alain Gilles

doktora a nan Inivèsite Columbia; li se manm Sant etid sou devlòpman kilti ak sosyete yo (CEDERCS). Li se pwofesè nan Inivèsite Quisqueya ki chita Pòtoprens. Alain Gilles te pwofesè tou nan peyi Kanada, epi li te kolabore nan anpil revi tankou Amérique Latine (Pari), Revi kanadyen etid ak relasyon Amerik ak Karayib (Kanada), Paroles Collectifs (Kanada) ak The Journal of International Affairs.

se yon kritè pou yo kapab klase yon peyi tankou « peyi emèjan » paske, selon O’Neill, se sa ki defini pwobablite pou peyi a kapab genyen yon enpak ki global. Nou prezante pi ba yon tablo ki montre kèk makfabrik debaz Ayiti, BRIC yo ak N-11 yo genyen. Nan lane 2011, popilasyon Ayiti a te reprezante 7,1% parapò ak tout popilasyon Risi a, ki gen mwens abitan nan tout BRIC yo, li te reprezante 20,3% parapò ak popilasyon Kore disid la, ki li menm gen plis abitan nan N-11 yo. Selon Sant etid pwospektiv ak enfòmasyon entènasyonal, sa ki defini peyi emèjan yo se « nivo richès yo genyen yo, jan yo patisipe chak jou pi plis nan echanj entènasyonal pwodui yo fabrike yo, epi jan yo atire alevini [fli] kapital yo onivo entènasyonal ». Nan tèm ki relatif yo, sa vle di nan pousantaj PIB li genyen, Ayiti enpòte pi plis lontan pase kèk peyi nan BRIC yo oswa nan N-11 yo. Nan kesyon enpòtasyon, se sèlman Kore disid ak Vyetnam ki genyen Ayiti; sa montre ki nivo depandans peyi a genyen. Men, lè nou ap gade chif yo, enpòtasyon Ayiti fè yo pa reprezante prèske anyen, paske ekonomi li an fèb. Envestisman etranje dirèk ki fèt nan peyi a pa sifi. Envestisman sa yo te reprezante 74,5 milyon dola nan lane 2007, epi 29,8 milyon nan lane 2008. Tandiske envestisman etranje ki pi fèb la Bangladèch -ki se youn nan peyi N-11 la- te rive genyen, se te 652,8 milyon dola nan lane 2007 epi yon milya dola nan lane 2008. Balans kòmèsyal Ayiti a negatif toutan. Nan yon atik nou te ekri « La raison rentière » (Ayiti, janvye 2012), nou te fè remake ekonomi nou an chita sou espekilasyon finansye epi sou pwofi ki fèt nan vann pwodui enpòte yo; yo achte pwodui sa yo ak lajan transfè ki soti aletranje, anplis lajan ki fèt nan trafik ilegal yo. Soutretans lan menm, se yon sektè travay ki gen yon kapasite pwodiksyon ki fèb

117

Li se doktè an sosyoloji, li te fè

Se yon nouvèl ki ofisyèl. Apre yo fin rekonstwi Ayiti, li ap vin tounen yon « peyi emèjan ». Premye minis la te di sa konsa: « Nan kesyon pwogram ekonomik ak sosyal, gouvènman mwen an pral mete an pratik rekòmandasyon ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn te fè atravè Plan estratejik pou devlòpman Ayiti (PSDH) ki gen objektif pou fè Ayiti tounen yon peyi emèjan nan lane 2030 ». Laurent Lamothe te ranplase Gary Conille ki pa te menm pase sis (6) mwa nan tèt gouvènman an. Menm si yo toulède soti nan menm pati a, premye minis Lamothe gen plis relasyon ak gouvènman Préval-Bellerive la; se sa ki esplike li te chwazi PSDH la, paske se te sou gouvènman Bellerive la yo te fè plan sa nan lane 2010. Èske nou ap vin tounen, apre 10 lane, yon peyi tankou Brezil, Risi, End, Chin? Peyi sa yo ki gen ti jwèt non BRIC (ki fèt ak premye mo nan non yo chak) ekonomis Jim O’Neill ki se manm Goldman te ba yo. Petèt nou pa vle ale pi lwen pase sa. Nan lane 2005, ekonomis sa te pwopoze sa li te rele « Next Eleven », oswa N-11, sa vle di onz (11) peyi ki sanble kandida ki pi byen plase pou vin fè pati BRIC yo. Li te anvizaje yo te kapab rive fè sa jouk nan lane 2050. N-11 yo se peyi sa yo: Bangladèch, Ejip, Iran, Kore disid, Meksik, Nijerya, Pakistan, Filipin, Latiki ak Vyetnam. Ayiti pa nan lis la. Nou kapab remake kèk peyi nan N-11 yo fè pati gwoup yo rele NPI yo (Peyi ki fenk endistriyalize yo), Tig yo oswa Jagwa yo. Se peyi ki plizoumwen gwo, epi ki gen anpil resous, si ou konte yo nan volim, nan kantite. Yo te menm rive ekri sou yon peyi tankou Afrik disid: « li gen yon popilasyon ki gen sèlman 50 milyon abitan, sa vin fè li pa kapab rantre nan gwoup gwo peyi emèjan yo » (Axelle Degans, Paris, 2011). Konsa, faktè demografik la (kantite popilasyon an)


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal

118


Ayiti pale vle òganize yon referandòm. Nou ap viv nan yon peyi kote nou ta dwe mete ant gimè « lapolis », « eleksyon », « palman », « inivèsite », « pwofesè », « chef antrepriz »… Se yon bann atitid ak konpòtman ki fè pati sa nou rele « kilti detounman an » (L’observatoire de la reconstruction, n°2, jen 2012). Nou chache fè yon reprezantasyon (yon lide) nou gen sou tèt nou sanble ak sa nou vle a; sa blije nou itilize yon diskou, yon fòmil, yon moul enstitisyonèl, san nou pa menm pran oserye reskonsablite nou genyen nan chwazi mo oswa modèl yo pou nou eksprime konsèp nou yo. Èske gen yon lòt fason pou konprann « peyi emèjan », ki se yon zouti yo te fè pou esplike evolisyon ekonomi mondyal la, yo reprann li epi yo mete li nan PSDH la san okenn sans reskonsablite? Poukisa yo pran ris sa pou okenn moun pa pran yo oserye? Detounen yon konsèp, se kite tout kapasite li genyen pou li fè bon jan analiz. Se itilize l pou fè lòt bagay ki depaman ak objektif yo te kreye l la. Se pou yo te kapab fè granpanpan? Se yon ris yo te gen tan prevwa davans? Ki moun ki sonje «deklarasyon politik jeneral yo »? Deklarasyon politik jeneral yo disparèt nan memwa kolektiv la, depi Premye Minis yo fin li yo devan Sena a oswa Chanm depite a. Pratik sa a, se menm bagay ak sa Bertrand Badie rele « Leta enpòte »; li sòti nan reprezantasyon elit nou yo ki patisipe nan modènite a. Nou pa jwenn deklarasyon politik jeneral Premye Minis yo te prezante yo nan okenn enstitisyon ki gen reskonsablite pou konsève memwa enstitisyonèl la. Nan Sant rechèch ak dokimantasyon (CREDOC) kote yo te fè yon envestigasyon, se sèlman sèt (7) nan deklarasyon politik jeneral sa yo yo te jwenn: Rosny Smarth, mas 1996 (26 paj), Jean-Marie Cherestal, mas 2001 (44 paj), Yvon Neptune, mas 2002 (14 paj), Jacques-Édouard Alexis, jen 2006 (38 paj), Smarck Michel, ki pa gen okenn dat (32 paj), yon vèsyon elektwonik deklarasyon Gary Cornille ak pa (Page 134) Premye Minis ki la jounen jodi a. Men deklarasyon Jean-Max Bellerive ak Michelle Pierre-Louis pa la. Nou pa jwenn okenn tras yo nan Bibliyotèk nasyonal la. E sit gouvènman an, se sit Premye Minis ki an fonksyon an li ye. Nou kapab imajine nou yon Premye Minis ki ap tann yon vòt konfyans nan men Chanm depite a oswa Sena a, Premye Minis sa a te kapab menm di tèt li « de tout fason tout bagay gentan regle deja, m pral sèlman pale franse ». Nou panse li ta pral mobilize kanmenm tout yon ekip « ekspè » pou ekri yon ti kras plis pase

119

anpil. Tankou jan nou te di l la, pwodiktivite a ak demografi a se de (2) faktè ki pèmèt yon peyi rive nan nivo « peyi emèjan yo » (O’Neill, 2011). Ekonomi an pa kreye valè. Fòk nou ta sòti nan lojik “rant” yo kote se pa envestisman ki fèt yo ki pou pote benefis ak pwofi yo men se pito faktè ki anndan ekonomi nou an ki pou pote yo. Nan lane 1998, Madeleine Albright, ki te Sekretè d Eta Afè Etranje Etazini, te idantifye kat (4) kalte peyi parapò ak kapasite yo genyen pou entegre sistèm entènasyonal la. Selon li, gen (1): peyi ki se manm sistèm nan tout bon vre, (2): peyi ki nan yon etap tranzisyon, ki ap chache patisipe pi byen nan sistèm entènasyonal la, (3): peyi ki degrenngole nan konfli, ki twò pòv, twò fèb pou patisipe kòmsadwa epi (4): peyi ki rejte tout valè ak règ ki se potomitan sistèm mondyal la. Li pa te ezite klase Ayiti nan twazyèm kategori a. Depi ki lè bagay yo te gen tan tèlman chanje konsa? 23 jiyè 2012 la, Jean-Michel Cadet (yon konsiltan franse), nan yon atik ki rele « Investir en Haïti : une question d’image », te montre baryè ki toujou genyen pou envesti nan peyi a: « enstabilite politik », « delè yo bay yon antrepriz pou li kapab enstale l »... Anfen, tout sa fè wè reskonsab yo nan peyi nou an, kit se nan sektè piblik la kit se nan sektè prive a, ap pale anlè anlè. Dokiman politik jeneral la chita sou Plan estratejik pou devlòpman Ayiti (PSDH) ki te fèt nan kontèks apre 12 janvye 2010 la, kote yo t ap pale sou refonde peyi a. Nan rezime yo te prezante a (nou kapab wè sou sit wèb ministè a), PSDH la anonse nan pwen kat (4) « mo emèjans lan » ki pa menm nan dokiman an. Anlè nan paj 12 PSDH la, nou kapab li « Modèl Michaël Porter a », pa gen okenn referans ki fèt a mo sa a. Michaël Porter, ki gen yon repitasyon mondyal, se pwofesè estrateji antrepriz nan Inivèsite Harvard (Etazini). Liv li ekri moun plis konnen se Competitive Strategy » (1980) ak Competitive Advantage (1985) ki pale sou kesyon « estrikti endistriyèl yo ». Otè sa te vin enterese apre sou kesyon konpetitivite nasyon yo. Nan chapit 8 liv la ki rele The Competitive Advantage of Nations (New York, The Free Press, 1990)- chapit sa rele Emerging Nations in the 1970s and 1980s- li prezante ka Japon, Itali ak Kore. Pa gen anyen ki pèmèt nou makonnen chapit sa ak analiz sou peyi emèjan yo ki chita sou tèks Jim O’Neill ki pa site menm yon sèl fwa non Michaël Porter nan liv The Growth Map, ki te parèt nan lane 2011. Poukisa yo abòde yon kesyon ki enpòtan anpil pou lavni tout yon peyi ak lejète konsa? Nou kapab jwenn menm lojik sa lè yon lekòl jesyon rele tèt li inivèsite, lè yon kanpis inivèsite pa menm gen yon sèl sal lekti, oswa lè yon Chèf d Eta ki nan yon rejim boutdi


Yon altènativ pou devlòpman ekonomik ak sosyal karant paj, nan ka Cherestal, pa egzanp, ki pral li tout paj sa yo nan pale bwòdè ak anpil jès sèlman pou li « pale franse ». Deklarasyon li a pral disparèt depi li fin rantre nan kilti politik la ak nan chan enstitisyonèl peyi nou an. Moun yo sispèk ki pral Premye Minis lan, èske li konn sa? Se yon kesyon nou dwe poze tèt nou kanmenm, akòz libète pafwa nou bay tèt nou pou fè pwomès. Men sa pa pase sèlman konsa ak reskonsab politik yo. Nou kapab distenge estrikti sosyolojik yo yon mannyè ki pa makonnen ak kantite manti y ap bay. Tou dabò, manti a menase mwens ekzistans yon gwoup ki nan sosyete senp yo pase sa ki nan sosyete konplèks yo. Moun primitif la, ki ap viv nan yon ti sèk ki piti, ki ap satisfè bezwen li yo gras ak sa li menm ap pwodui oswa nan koperasyon ak antouraj ki pwòch li a; moun sa li kontwole ekzistans li yon jan ki pi fasil epi ki pi byen pase yon moun ki fè pati yon sivilizasyon ki pi avanse. Poutan, nan kilti ki pi rich yo oswa ki pi gwo yo, lavi yon moun chita sou plizyè kondisyon ki deja la san moun nan pa kapab ni etidye yo ni verifye yo jouk nan fondman yo, men li dwe aksepte yo ak konfyans. Ekzistans nou jounen jodi a nan epòk modèn nan –soti depi nan ekonomi rive nan aktivite lasyans yo- chita sou kwè nou kwè lòt yo onèt. Sa pase yon fason ki tèlman kouran nou pa menm rann nou kont. Fòk nou pran panse Simmel kòm yon zouti pou nou kapab pi byen konprann. Gen kèk sosyete kote manti a oswa mank konfyans lan kapab kraze fonksyònman youn plise pase lòt yo. Se sosyete ki fonksyone an rezo, sere sere, kote –pa egzanp- moun pa fè moun konfyans; kesyon fè moun konfyans la depann de « kiyès ou ye » oswa « kiyès ou konnen », sa vle di, de rezo ou. Nan ka diskou politik la, ki chaje ak mo yo pran nan eksperyans sosyete ki devlope ak demokratik yo, se sèlman lè ou fè yon analiz sou manti a ou kapab wè li ak de (2) je ou. Nan chan politik ayisyen an, manti a disparèt firamezi tan an ap pase. Li pèdi nan memwa a. Premye efè li pwovoke yo sifi. Apre, gen lòt diskou ki pral fèt. Elit politik, ekonomik ak « inivèsitè » yo nan peyi nou an, èske yo pa janm panse li te kapab nesesè pou evalye ki degre konfyans Ayisyen yo gen nan yo, nan diferan enstitisyon ki nan peyi a tankou: lekòl, lapolis, antrepriz kòmèsyal yo, ONG yo... ? Èske yo panse « yon sosyete konfyans » - tankou jan Alain Peyrefitte te kapab di l lanesesè pou kapab konstwi demokrasi a, epi yon ekonomi echanj chita sou konfyans youn genyen nan lòt? (Amartya Sen, Pari, 2003) Se kèk kesyon nou kapab poze tèt nou lè nou vle koupe fache ak tradisyon an, lè rekonstriksyon an kase randevou ak demokrasi a,

epi ak devlòpman nan bonjan jistis soyal. « Peyi emèjan »: sa ki gen nan de (2) mo sa yo? Ekspresyon « peyi emèjan » an se yon nosyon pratik (operatwa) ki fè referans ak « enpak global » yon peyi kapab egzèse. Poutèt sa, nou dwe pran an kont potansyèl demografik ak ekonomik li genyen; potansyèl ekonomik la se kapasite li genyen pou li absòbe kapital etranje a. Jim O’Neill, ki te envante sig BRIC la, di sa klè kou dlo kòk. Nivo devlòpman ekonomik la ak kalite lavi yon peyi pa sifi pou li fè yo konsidere peyi sa kapab vin tounen yon « peyi emèjan ». Peyi emèjan yo, selon sa Axelle Degans te esplike, « yo tout gen menm makfabrik sa yo, malgre diferans yo genyen antre yo: yo se peyi ki tankou kontinan (peyi-kontinan) kote gwo kantite popilasyon yo genyen yo ba yo yon atou anplis nan mond la ». Yon lòt kote, pa gen okenn sètitid parapò ak lavni « peyi emèjan yo ». Nou pa bezwen ale pi lwen pase Thierry Wolton (Le grand bluff chinois, 2007), men nou kapab reflechi kanmenm sou sa Martine Bulard di nou nan editoryal li ekri sou Chin (Le Monde diplomatique, jen-jiyè 2012) : « Modèl la prèske pa kapab ankò: li kreye anpil fòs kote nan sosyete yo, li koute anviwònman an chè anpil, li vire tèt li ap gade sèlman ekspòtasyon yo, li gen twòp koripsyon ladan l, epi se sèlman moun ki manm yon sèl pati ki gen anpil pouvwa ki ap kenbe l rèd ». Èske dirijan nou yo pral konprann sa? Yo ap konprann sa jou y ap vle tout moun sonje « deklarasyon politik jeneral »yo a. Sa ta dwe istwa tan rekonstriksyon an. Tèks sa te parèt premye fwa nan adrès sa: http//www.reconstruction-haiti.org. Referans: O’NEILL, Jim et Al., How Solid are de BRICs, Global Economics Paper n°134, Dec, 2005. DEGANS, Axelle, Les pays émergents: de nouveaux acteurs, Paris : Ellipses, 2011, p. 94. Rencontre - Revue haïtienne de société et culture, La raison rentière, n° 24-25, janvier 2012. O’NEILL, Jim, The Growth Map. Economic Opportunity in the BRICs and Beyond, Kindle edition, New York: Penguin, 2011. ALBRIGHT, Madeleine, The testing of American Foreign Policy, Foreign Affairs, Nov/Dec 1998. SIMMEL, Georg (sociologue allemande, 1858-1918), Le secret

0 12


Ayiti pale WOLTON, Thierry, Le grand bluff chinois. Comment Pékin nous vend sa « révolution » capitaliste, Paris : Robert Laffont, 2007. BULARD, Martine, dans son éditorial « Le grand tournant », in Manière de voir, Le Monde diplomatique, juin-juillet 2012, p. 6.

12 1

et la société secrete, reproduit dans Sociologie. Études sur les formes de la socialisation, Paris : PUF, 2010. SEN, Amartya, Un nouveau modèle économique. Développement, justice, liberté, Paris : Odile Jacob, 2003, p. 345.


2 12


Chapit 5 Nélio Joseph

Lakilti se yon vitrin

12 3

Kèlkilanswa se mizik, penti, atizana oswa literati, lakilti se, tankou jan ekriven ayisyen moun plis li a Gary Victor di l la, sèl domèn kote Ayiti kapab fè konpetisyon onivo entènasyonal. Nan mwa janvye 2012, woman Gary Victor a ki rele Le sang et la mer te ranpòte pri «Casa de las Américas», youn nan pi gwo pri literè nan kontinan ameriken an. Ekriven Lyonel Trouillot te genyen nan mwa avril 2012 premye pri « Salon international du Livre et de la presse de Genève » epi li te menm rive nan semifinal nan konkou pou genyen pri sa ki enpòtan tou an Frans ki rele « Prix Goncourt » nan lane 2011 ak woman li a La belle amour humaine. Dany Laferrière, ki se yon womansye ayisyen-kebekwa, te genyen Prix Médicis pou woman li an L’Énigme du retour, ki rakonte istwa yon nèg ki tounen nan peyi l pou antere papa l epi li jwenn yon peyi ki depaman ak souvni li genyen yo sou menm peyi sa. Literati ayisyèn nan se youn nan literati ki plis bouje epi moun plis pale de li nan Karayib la. Sèlman nan lane 2009, ekriven ayisyen yo te genyen yon pakèt pri literè entènasyonal. Antou se onz (11) pri yo te genyen, selon Salon national du livre (Le Nouvelliste, 25 avril 2012). Penti a gen yon gwo repitasyon tou epi li atire atansyon piblik la nan gwo mize nan mond la. Atis André Pierre anpil moun konnen pou bèl tablo ki gen estil vodou li fè, yo konsidere l onivo entènasyonal kòm youn nan pi gwo pent mond la te genyen nan senkant dènye lane ki sot pase yo. Mouvman atistik Sen Solèy, Jean-Claude Garoute (alias Tiga) t ap dirije a, fè pati yon chapit byen long nan youn nan liv ki gen anpil repitasyon sou zèv atis modèn yo ki pale sou enpòtans pou atis la granmoun tèt li (gen otonomi) ; liv sa ki rele L’Intemporel, se gwo ekriven, ki te kritik la epi minis franse Lakilti tou, André Malraux ki te ekri l.

Foto: Francisca Stuardo

Anplis bèl pase Ayiti genyen paske li se premye repiblik nwa nan mond lan epi li te byen kale gwo lame franse Napoléon Bonaparte pou l te kapab pran endepandans li premye janvye 1804 apre li te bay san l; lakilti se yon gwo potomitan ki fè fòs Ayiti, epi li se youn nan kèk ti kras sektè kominote etranje a toujou kontinye gade yon jan ki pozitif..


Lakilti se yon vitrin Max Beauvoir, ki se pi gwo chèf vodou ann Ayiti, ap fè foto ak yon touris k ap vizite peristil li a

Atizana ayisyen an sèvi pou dekore anpil gwo boutik entènasyonal. Mizik fòlklò tradisyonèl la menm ki pale sou revandikasyon pèp la epi sou lakilti l, jèn yo renmen l chak jou pi plis.

Vodou se yon sous richès Tout brasay kiltirèl sa se fwi yon richès, yon divèsite ki gen nan ekspresyon ak tradisyon atistik yo ki plante rasin yo nan vodou a. Max Beauvoir, ki se pi gwo chèf vodou ann Ayiti, esplike vodou a se yon tradisyon kiltirèl ak relijye ki sòti nan makònay anpil konesans ak pratik zansèt Afriken yo (Kongo, Dawome) -Ewopeyen yo te trennen nan Ispanyola- ak Endyen yo (Arawak ak Tayino) ki se premye abitan ki te viv sou zile a. Vodou a gen yon enpòtans fondamantal nan lavi popilasyon an epi li se yon tradisyon kiltirèl ki makònen tout ekspresyon atistik natifnatal tankou : chante tradisyonèl yo, mizik rasin penti, dans, elatriye. Tout pwodiksyon atistik sa yo peyi a genyen, selon Max Beauvoir, yo tout pase nan moul sa ki defini jan Ayisyen yo montre kiyès yo ye. Menm ekspresyon ayisyen yo ki pwofàn (ki pa gen anyen arevwa ak relijyon) tankou fason nou chita, nou manje, nou ri, tout nèt pase nan moul sa. Kòm relijyon, vodou a se relasyon moun ki pratike l la tabli ak Bondye pa l. Nan vodou ayisyen an, Bondye se yon fanm : Yèhwe. E Bondye sa

manifeste nan tout lwa yo (lespri yo), se sa Beauvoir di. Vodou a se relasyon moun genyen ak Bondye, detan li rekonèt tout pouvwa Bondye genyen epi li deside obeyi l. Antwopològ ayisyen an Laënnec Hurbon defini vodou a se « makònay yon relijyon, yon kilti yon pèp ki gen konsyans li pataje yon menm istwa genyen » (Dieu dans le vaudou haïtien, p. 74). Vodou se yon kote yon gwo pati nan popilasyon an refijye yo, sitou sila yo ki sòti nan klas ki pòv nan zòn riral yo; yo pa te janm respekte vodou an malgre tout popilarite li genyen. Depi apre peyi a fin pran endepandans li, dirijan yo ap frape l fò, epi zotobre Legliz katolik yo te menm rive mennen yon kanpay ki rele « rejte » kont vodou a. Sa pa gen anpil tan, nan lane 2010, popilasyon nan depatman Grandans lan ki nan sid peyi a te bat epi boule anviwon 40 oungan paske yo te akize yo swadizan se yo ki te fè poud ki koze kolera nan tout rejyon an. Yon bann lòt ka ki sanble ak ka Grandans la te pase nan tout peyi a, kote plis pase 70% popilasyon an suiv tradisyon sa, menm si yo mache nan lòt relijyon. Yo pratike kilt yo (seremoni yo) nan tanp vodou yo (hounfò) ak nan espas rankont kominote riral yo (lakou). Max Beauvoir di mo lakou a soti nan twa mo endyen: zak, lak, kou. Se yon espas rankont ki tou pre kote manm yon menm fanmi ap viv; se la yo ofri sèvis pou lwa yo. Se yon espas kominikasyon ant frè ak sè. Tout jeyografi peyi a òganize nèt arebò lakou yo. Vil yo, se yon bann kominote ki fè yo; epi kominote yo menm, se yon bann lakou yo ye. « Lakou se nanm peyi a », se sa yon manm vodou Fernand Bien-Aimé, ki reskonsab lakou Souvenans, di nou. Souvenans chita sou senk (5) ekta tè nan Mapou tou pre vil Gonayiv, ki gen twa nan lakou moun plis konnen ann Ayiti. Lakou Souvenans gen sou tèt li plis pase senkant ane ; li se youn nan kote ki pi mistik epi ki istorik ann Ayiti. Chak ane gen plizyè mil moun ki al vizite l, li atire atansyon anpil chèchè ayisyen ak etranje. Li gen ladan l kay kote kèk fanmi ap viv arebò yon peristil epi kote pafwa yo konn fè yon mache. Fernand Bien-Aimé ta renmen konstwi yon jaden kote yo plante fèy pou fè rèmèd, epitou yon sant sante pou moun ki sèvi vodou yo. « Anviwon 80% moun ki sèvi vodou ki vin pase leson nan Souvenans pou chache gerizon, yo gen ma-

4 12


Ayiti pale konnen, di nan youn nan mizik li fè yo «se kreyòl nou ye». Kreyòl la se pa sèlman yon lang li ye, men li vin tounen idantite Ayisyen yo menm.

Endijenis ak idantite

yo nan lang kreyòl, ki se lang natif natal Ayisyen yo, epi an franse tou.

Kache tèt ou pou kapab reziste Nan yon sans ki pi laj, idantite ayisyèn nan fè referans ak vizyon popilasyon an genyen sou mond li an, sou bagay yo, sou konpòtman li yo, sou karaktè ak estil lavi li, selon Max Beauvoir. « Pa egzanp, nou gen yon fason nou pale ak moun yo san nou pa gade yo dirèk nan je. Se yon siy respè timoun yo dwe genyen pou sila yo ki pi gran pase yo; respè fè pati yon bann valè ki makònen ak vodou a. Ekspresyon sa yo gen arevwa ak edikasyon nou te resevwa nan men vwazen yo oswa nan men paran nou yo atravè kont yo ak istwa yo », se sa li esplike.

5

ladi Bondye epi yo ta dwe ale lopital », se sa li di. Yo òganize seremoni yo nan peryòd Pak, Fèt mò yo (2 ak 3 novanm), epi nan lòt dat ki enpòtan nan istwa tradisyonèl oswa relijye Ayiti. Nan lakou yo, yo fè seremoni yo an kreyòl, ki se lang natifnatal Ayisyen yo, epi an franse tou. Franse a se yon lang gwoup dominan an epi ansyen kolon yo te enpoze tout peyi a; yo te deklare l kòm lang ofisyèl nan Konstitisyon ayisyen 1987 la. Diktati Duvalier a te toufe twa potomitan kilti Ayiti a: lakou a, vodou a epi kreyol la. Kreyòl la, tout moun nèt pale l ann Ayiti, alòske franse a se lang yon ti ponyen moun (yon elit) ki –nou kapab imajine sa- gen yon nivo etid ki pi wo. Esklav yo te kreye kreyòl la kòm yon lang-zouti ki pou te sèvi yo pou òganize tèt yo epi pou chape anba men franse yo; li makònen ak istwa pèp la epi, ase souvan, moun ki pale kreyòl yo se sila yo ki pataje menm kilti ak klas sosyal ki pi pòv yo nan sosyete a. Men, nan pwosesis ki deklannche pou refonde peyi a apre tranblemanntè a, nou espere twa potomitan sa yo (lakou, vodou ak krèyol) ki te soufri anpil pèsekisyon vin tounen tout bon vre rasin idantite kiltirèl peyi a. Eddy François, ki se yon mizisyen ayisyen anpil moun

12

Nan lakou yo, yo fè seremoni

Se nan mouvman endijenis lan nou jwenn baz teyorik sou idantite kiltirèl ayisyen an, selon ekriven, pent ak jounalis Pierre Clitandre. Liv Jean Price Mars la ki rele Ainsi parla l’oncle poze kesyon idantite a selon jan kilti peyizan yo (vodou, kwayans nou pa wè ak 2 je nou yo, pratik agrikòl yo) wè kesyon an, nan moman elit peyi a chwazi kilti meriken ak franse a. « Depi estrikti peyizan yo te fin tonbe sou lagraba akoz yon konjonkti kote yo te kite anpil bagay tonbe, kote peyizan yo debake lavil epi legliz pwotestan yo menm k ap vale teren, lage tout chay move bagay k ap pase yo sou do tradisyon ki granmoun anpil yo ; fòk nou redefini idantite a, yon jan ki makònen ak modènite teyorik la. Epi nou dwe kesyone tou enfliyans teknolojik meriken yo genyen sou atitid yo, kilti a ak sou kèk konpòtman moun k ap viv nan vil yo genyen ». Sa vle di gen kèk ekspè ki ap panse sou kijan pou reyabilite kwayans tradisyonèl ayisyen yo. Richès ki sòti nan tè a, epi ki poko fin eksplwate nèt, te kapab makonnen dirèk ak entèlijans Ayisyen yo. Idantite a, te kapab tou kapasite rezistans popilè sa ki istorik ki vle pwoteje tout sa nou rive genyen yo onivo fizik ak kiltirèl kont destriksyon divès faktè kapab lakòz. « Idantite kiltirèl ayisyèn nan se yon fason tou nèf ki kapab pèmèt nou kreye yon mond materyalis la nan tout fòm ap domine » se sa Pierre Clitandre di.


Lakilti se yon vitrin

Vodou: lakilti ak relijyon, rezistans ak solidarite Benedito Teixeira Kilti ayisyèn nan genyen youn nan potomitan rezistans lan nan pratik relijye vodou an. Malgre yo t ap pèsekite vodou depi nan tan Lakoloni, li ap reziste ak anpil kouraj toupatou ann Ayiti, pa sèlman nan mitan klas boujwazi a konsidere ki « mwens sivilize yo ». Silans yo te blije vodou a kenbe pandan anpil tan, pa te kapab rive febli relijyon sa nou kapab konsidere ki ayisyen natif natal. Selon sosyològ Kawas François, ki se direktè Sant rechèch, refleksyon ak aksyon sosyal (CERFAS) epi kòdonatè Pastoral Jezwit yo ann Ayiti, vodou a fè pati imajinè Ayiti; li se potomitan kilti pèp la. Anfen, « li difisil pou konprann Ayisyen yo si ou pa konn vodou a ». François se chèchè li ye nan domèn sa ; li di tout kouch Kawas François se direktè Sant rechèch, refleksyon, fòmasyon ak aksyon sosyal (Cerfas) epi kòdonatè Pastoral jezwit yo ann Ayiti. Foto: Alty Moleon

sosyal yo nèt pratike vodou a ann Ayiti. Li la nan divès sektè nan klas mwayèn nan, nan sektè boujwazi yo e menm nan mond politik la. « E piske nan tout istwa a yo te mete l sou kote epi yo te mete sou do l etikèt swadizan li se bagay moun ki pa sivilize, Ayisyen ki vle montre yo se oksidantal pè di an piblik yo sèvi vodou », se sa li ajoute, detan li fè sonje baryè kiltirèl ki gen arevwa ak relijyon yo te pran yon sekous ak dekrè 4 avril 2003 a prezidan Jean-Bertrand Aristide te pran pou rekonèt vodou a kòm yon relijyon ofisyèl. « Se yon desizyon ki te kore prezans vodou a nan espas piblik la. Men, gen anpil moun, kèk politisyen epi yon pati nan boujwazi a ki sèvi vodou, men yo fè sa an kachèt ». Aladiferans legliz pwotestan ak katolik yo, pa egzanp, yon tanp vodou (hounfò) pa fasil pou rekonèt nan yon premye

6

12


Ayiti pale

Li pa fasil pou rekonèt peristil yo.

Youn nan hounfò sa yo, se hougan Merisier Jérôme k ap

Jerôme ap dirije, ki nan komin Kwadèboukè, tou pre Pòtoprens. Foto: Ermanno Allegri

dirije l; misye ap viv ak madanm li ansanm ak manman l nan menm lakou kote hounfò li ye a, nan komin Kwadèboukè, tou pre Pòtoprens.Nan yon entèvyou li bay Adital, li esplike kijan aktivite ki fèt nan hounfò a fonksyone, kote solidarite a ta sanble se pi gwo sèvis yo ofri bay moun yo. « Chak jou, ak ti kras sa nou genyen an, nou chache mete nou prè pou resevwa moun epi pou pataje ak yo sa nou genyen. Nan maten, maman m prepare anpil kafe pou resevwa lwa yo ak tout moun ki vizite nou. Answit, nou kontinye resevwa moun ki gen tout kalte pwoblèm », se sa Jérôme rakonte. Nan katye Kafoj kote yo viv, hounfò l ap dirije a se yon referans nan zafè tretman moun ki gen pwoblèm nan tèt.

7

Pataje sa nou genyen

Gen youn ladan yo oungan Merisier

12

koutje. Yo kapab nenpòt ki kay men, selon yon ankèt François te fè nan lane 2000, yo pi plis lontan pase kantite tanp ak lòt espas katolik ki genyen ann Ayiti. « Ou t ap sezi wè ki gwo kantite ki genyen nan kapital Pòtoprens la : nan twa zòn sa yo tankou Dèlma, Kafou ak Zòn Sid la, kote plis pase 800.000 moun ap viv, te gen (nan lane 2000) 419 hounfò, ak 419 hougan. E te gen plis pase 14 pawas katolik, ak 25 pè ki te aktif », se konparezon sa sosyològ la fè.


Lakilti se yon vitrin difisil k ap fèt. Sen Jòj ki sou chwal li ki ap lage dragon an atè, reprezante Ogou. Imaj Sent Àn reprezante Èrzili Freda, imaj Moyiz reprezante Simbi Andezo; imaj Vyèj Imakile reprezante Èzili Dantò, ki se gason lajounen epi fanm lannwit; imaj Sen Jan Batis reprezante Ti Jan Petro, imaj Jezi ki pote kwa a reprezante Kadjabosou. Dhamballah (Sent Kami) ak Kalfou akonpaye moun yo lè yo lopital; se kèk egzanp. Kawas François ki se yon nèg ki gen anpil konesans esplike resanblans sa yo ki genyen ant relijyon yo, detan li fè remake vodou a gen litiji pa li, tankou tout lòt relijyon yo gen rit yo ak pratik yo. Pafwa selebrasyon sa yo konn rive fèt menm lè ak kalandriye katolik la. Piske yo te entèdi vodou a nan tan lakoloni, li te konn itilize siy yo, senbòl yo ak menm kalandriye katolik yo te genyen pou kapab pratike anba je Blan an. Kidonk, gen anpil lespri, Lwa yo, ki gen menm non ak sen katolik yo, men yo gen siyifikasyon ki diferan. Se te yon fason pou yo twonpe kolon yo ak misyonè yo. « Yo gen pwòp fèt pa yo. Nan kòmansman janvye, gen yon fèt vodou yo selebre menm lè ak Fèt Wa yo. Fèt sen yo ak mò yo, nan mwa novanm, se fèt gede. Gen yon kalandriye ki byen tabli. Vodou a gen gwo seremoni inisyasyon pa li. Tankou nan Legliz katolik, genyen ou ta di yon novisya, yon seminè pou inisye moun yo, enstitisyon pou pare moun ki sèvi yo pou yo vin gwo otorite », se sa François obsève. Selon sa li di nou, genyen yon jezwit asyisyen, Fritz Wolff, ki ta menm fè yon tèz doktora sou resanblans ki genyen ant rit inisyasyon vodou ak selebrasyon lamès la (Ekaristi). Imaj Sen katolik yo

Jérôme esplike Adital kèk pratik vodou ki sanble anpil ak seremoni Legliz katolik yo, menm nan referans ak imaj sen yo. Pa egzanp, chak hounfò gen non pa l; hounfò li a rele Sen Jak Majè. Youn nan bagay ki atire atansyon nou, se imaj li genyen yo. Selon li, chak imaj gen yon sans epi gen yon lespri. Pa egzanp, Legba se imaj katolik Laza (ki gen yon baton) oswa Sen Pyè (ki gen kle nan men l) ki reprezante l. Li se pwotektè tout tanp vodou nèt ann Ayiti epi li se gadyen pòt la ki louvri mond lespri yo (sa nou pa wè yo). Nan imaj ki reprezante l la, nou kapab wè li ak de (2) chen bò kote l: youn ladan yo reskonsab pou pran tout desizyon yo, epi lòt la menm reskonsab pou chache lwa yo lè gen yon travay ki

mele ak lwa vodou yo. Foto: Ermanno Allegri

Demistifye vodou a Pandan entèvyou a, François eseye fè yon rezime sou fonksyònman reyèl pratik vodou a nou dwe konnen, yon jan pou nou kapab demistifye l. Lè nou gade vodou a ak yon rega antwopolojik, tankou lòt relijyon yo, vodou a eseye pote repons bay tout gwo kesyon ki fondamantal yo epi ki gen arevwa ak ekzistans moun, tankou pa egzanp kesyon si Bondye ekziste, kiyès li ye, kesyon sou ki kote lavi sòti, ki sans lasoufrans genyen, èske gen lavi apre lè nou fin mouri. Teyoloji vodou a dakò gen yon Bondye ki ekziste, men li pa menm jan ak Bondye kretyen yo. Li ekziste, li gen pouvwa, men li pa foure kò li nan istwa reyèl mond lan, sa vle di li pa rantre nan lavi chak jou imanite a. Travay sa, li kite l bay lespri yo, lwa yo, ki yo

8

12


Ayiti pale menm pi pre epi yo rantre nan lavi chak jou a. Nan sans sa, Bondye vodou a depaman ak Bondye kretyen yo ki li menm rantre nan istwa a, ki se yon Bondye ki pèsonèl, epi ki pran kò atravè Jezi Kris. Vodou a kwè tou gen yon lavi aprè lanmò. François esplike lespri moun pa disparèt apre lanmò ; li pa ale ni nan syèl oswa nan lanfè, tankou jan Legliz katolik kwè li a, men li pran yon lòt fòm ekzistans espirityèl apre lanmò. « Epi genyen tou yon etik, ki plis chita sou solidarite. Gen kèk moun ki panse vodou a se lanmò li ye. Non. Nan vodou a, tankou nan tout relijyon yo, gen kèk eksè, gen kèk devyasyon ki fèt pou ale nan maji ; epi youn nan makfabrik sosyolojik vodou a genyen, se koze inyorans la ak analfabetis la. Konsa, devyasyon sa pou ale nan maji gen yon sans ki fò anpil, men li pa nannan relijyon sa », se sa li ensiste pou di.

Relijyon, lakilti ak rekonstriksyon

Nan yon hounfò ou kapab jwenn imaj sen yo, krich, vèvè, elatriye.

Ayisyen yo, fòk nou konprann relijyon yo se yon reyalite kiltirèl ki soti nan orijin chak moun. « Ou fè yon chwa apre ou fin byen reflechi, lè ou granmoun ou chwazi pou adopte lafwa kretyèn si ou fèt ann Itali pa egzanp. Yon ti gason ki fèt nan peyi End ki pa janm wè okenn Legliz katolik, li sèvi relijyon endou an. Oswa yon moun ki fèt nan forè Afrik la ki pa janm wè figi yon misyonè ditou, li suiv relijyon tradisyonèl li. Se lavi. Konsa, relijyon an se yon eleman kiltirèl, paske li chache pote repons bay gwo kesyon lavi a. Se yon bann kesyon tout moun sou latè ap poze tèt yo. »

12 9

Natirèlman, pratik vodou a toujou jwe yon wòl ki enpòtan nan konstriksyon peyi a epi, apre tranblemanntè ki te pase nan lane 2010 la, nan rekonstriksyon an. Malerezman, pou François, pwosesis refondasyon Ayiti a pa chita ofisyèlman sou patisipasyon tout gwoup relijye yo nèt ki fè pati kilti popilè a. Koze refondasyon an se yon mo anlè li ye toujou, men li poko fonksyone nan reyalite a. « M te konsidere sa tankou yon misyon pèsonèl pou mwen menm : m te pwopoze gouvènman an pou li òganize yon konferans nasyonal, ak patisipasyon tout sektè yo nèt nan sosyete a, pou fè yon plan refondasyon pou peyi a. Men, sa poko fèt. Gen kèk ti pwojè konstriksyon kay, ak èd kèk òganizasyon entènasyonal ap bay, men poko gen yon pwosesis pou fasilite patisipasyon tout sektè yo. Gen jefò anpil ajans imanitè, Nasyonzini, legliz yo, ap fè. Gen yon ti jefò tou bò kote gouvènman an, men poko gen yon aksyon ki koòdone anfavè yon rekonstriksyon », sa se yon bagay François regrèt. Li rekonèt gen anpil moun ki gen kè nan men, men li denonse tou gen anpil ONG ki pwofite sitiyasyon sa pou fè lajan pou enstitisyon yo, epitou ta menm gen kèk sektè ofisyèl nan gouvènman an ki ta pwofite tou pou vin rich. « Kidonk, nou pa kapab di gen yon jefò nasyonal refondasyon, detan li lanse yon apèl bay tout relijyon yo ak tout ajan ki fè pati lavi kiltirèl yo pou travay pou restriktire peyi a », se sa sosyològ la di. Selon Kawas François, pou kapab rive esplike fòs relijyon yo nan fòmasyon kiltirèl pèp yo epi sitou nan ka vodou a pou


Lakilti se yon vitrin Gen lòt entèpretasyon tou sou makfabrik Ayisyen yo, tankou pa egzanp entèpretasyon pa pwofesè ak ekonomis Camille Chalmers, ki se direktè Platfòm Ayisyen k ap plede pou yon devlòpman altènatif (PAPDA); entèpretasyon ki chita sou pwosesis pèp ayisyen te itilize pou li te kapab reziste paske li panse fòk nou esplike estrateji sa: « kache tèt ou pou kapab reziste ». Nou te kapab wè konpòtman sa depi nan envazyon espanyòl la, ak rezistans endyen yo. Yo te masakre tout nèt, se te sèlman esklav nwa yo te trennen sot Afrik ki te rete paske yo te aprann kache pou yo kapab rive sove tèt yo. Chalmers rakonte pandan de (2) syèk esklav yo te konstwi quilombos yo ak tout yon estrateji rezistans kont Leta a. Fòk yo te kache tèt yo epi koupe tout makònay ak sosyete ofisyèl la epi ak Leta a. « Li fondamantal pou konprann estrateji sa, pou kapab konprann kilti ak rezistans pèp ayisyen an ». Li fè remake si se pa te sa, nou pa te kapab esplike ditou poukisa vodou a toujou gen tout fòs sa jounen jodi a, alòske se yon relijyon yo te konn toujou ap pèsekite ak vyolans nan tout moman istorik yo. Chante ak seremoni relijyon sa kounye a simaye nan mitan kèk jèn gason ki gen ant 15 ak 16 lane. Pou kòdonatè Papda a, rezistans sa te posib sèlman paske li te itilize gwo taktik “kache kiyès li ye”. Di nenpòt ki bagay pou kache sa ou panse a. Epi aparans soumisyon Ayisyen yo bay mond lan makònen tou ak sa. Fè lòt la kwè ou anba lòd li epi pa bay okenn siy sou moman ou pral montre tout fòs ou genyen. Pwoblèm nan, pou Chalmers, sèke disimilasyon sa (lè nou kache tèt nou), menm si li efikas anpil pou reziste anba dominasyon etranje a, fè li difisil pou konstwi altènativ entèn. « Pa egzanp, nan yon kominote sa fonksyone, men gen yon tandans pou gen twòp ti moso (chak koukouy klere pou je l). Se youn nan pi gwo difikilte ki genyen pou devlòpman mouvman yo paske gen anpil mefyans ant gwoup yo, epi anpil mefyans ant rejyon yo nan peyi a. Nou dwe pèdi yon ti kras nan sa », se sa li di. « Pou pase alatak, fòk nou koupe fache ak sa. Se yon estrateji ki efikas anpil pou nou defann tèt nou, men pa pou nou vanse ».

Kilti ki pa mondyalize Nou konstate chak jou gen pi plis etranje ki enterese pou dekouvri kilti ayisyèn nan. Kiryozite sa se paske gen anpil

eleman kiltirèl ki toujou rete djanm ann Ayiti epi ki depaman ak mondyalizasyon kiltirèl Oksidan ap enpoze a. Eleman sa yo la nan kilti popilè a. Rara se youn ladan yo. Fèt sa a ki tonbe an jeneral apre kanaval, li tonbe pandan karèm nan, sòti mèkredi dèsann pou rive nan Pak. Li makònen anpil ak vodou. Moun yo defile nan lari pandan y ap jwe entrisman mizik tradisyonèl yo tankou tanbou, twonpèt, banbou ak tcha-tcha, epi yo chante mizik popilè, ki pale fanm yo mal pafwa, ki sòti nan mizik tradisyonèl peyi a. Bann rara yo pran lari pou yo, detan y ap selebre seremoni relijye yo ki fè pati obligasyon rityèl yo genyen ak lwa yo, ki se lespri vodou yo ann Ayiti. Gede yo se lespri ki makonnen ak lanmò epi ak seksyalite. An jeneral, yon oungan oswa yon manbo beni patisipan yo, epi yo swete yo bòn chans nan vwayaj yo pral fè nan nwit yo, anvan gwoup yo koumanse pwosesyon yo. Selon atis Luc Bonaventure, « rara a se yon fenomèn kiltirèl ki la pou bay moun distraksyon ak plezi, sitou nan zòn riral yo ». Men akoz fenomèn migrasyon ki pase nan dezyèm mwatye ventyèm syèk la, kote anpil peyizan abandone zòn riral yo pou al bouske lavi miyò nan vil yo, rara a vin layite kò l nan vil yo, tankou Pòtoprens pa egzanp. Si kèk komin ak rejyon ozalantou yo tankou Leyogàn toujou kenbe tradisyon an yo selebre angranjan, kote gen anpil vizitè ki soti nan lòt vil vin patisipe ladan l, rara a layite kò l nan vil yo ak nan katye yo, epi konsa li vin tounen chak jou pi plis yon evènman sosyal kote gen anpil konpetisyon ant gwoup yo; jouk li rive tounen, nan kòmansman venteyinyèm syèk la, yon pratik ki anvayi tout peyi a nèt, selon sa Anathalie Durant ekri nan yon atik ki rele Le rara des villes et des champs, epi ki pibliye nan jounal Le Nouvelliste jou 27 avril 2011. Rara a sòti ann Afrik. Afriken ki te rete Sen Domeng yo te rive kenbe chante yo, dans yo ak rit tradisyonèl yo. Yo te konn pèmèt esklav yo chante ak danse nan fen semèn yo, nan epòk kanaval mèt yo, epi pandan twa (3) dènye jou Semèn Sent yo, selon yon rapò antwopològ Emmanuel C. Paul, ki se youn nan pi gwo espesyalis sou mizik ayisyen. Men rara a evolye anpil, firamezi tan ap pase. Okòmansman, yo te rele l chayopye. Pye ak bouch se te enstriman yo te konn itilize pou kreye son nan epòk sa. Apre, yo te vin itilize enstriman tradisyonèl yo tankou tanbou, senbal,

0

13


Ayiti pale se pou pwoteje gwoup la kont tout move lespri lènmi yo kapab voye sou yo. Se houngan yo ak hounsi yo ki òganize seremoni sa yo.

Fèt fevriye a

yo respekte obligasyon rityèl yo genyen vizavi lwa yo (lespri vodou yo). Yo jwe banbou. Foto: Alfonso Lomba

gong epi lòt enstriman ki soti aletranje tankou saksofòn, twonbòn, flit. « Rara makònen ak relijyon, se youn nan lòt », se sa Bonaventure di. Depi bann rara a sòti, li koumanse fè seremoni « eliminasyon » ak « beny tòchon », pou yo kapab kenbe mal la lwen yo. Seremoni sa yo fèt yon jan ki diferan selon chak zòn nan peyi a; objektif seremoni sa yo

1

pou yo pandan Karèm nan,

13

Bann rara yo pran lari

Kanaval la se youn nan evènman ki genyen yon makfabrik kiltirèl popilè epi ki fèt sou tout tèritwa a nèt. Se yon fèt tradisyonèl peyi a genyen, li make yon kòmansman tou nèf pou pèp ayisyen an chak ane. Kanaval la rive ann Ayiti pandan kolonizasyon an, se esklav yo ki te vin ak li. Selon antwopològ Jean Coulonges, apre yo te vin transfòme l epi fè l tounen yon bagay kreyòl. Men, yo te toujou mete bagay ki sòti ann Afrik ladan l. Jounen jodi a, nou pale de Madigra ki se yon bagay ki tou nèf epi ki fè pati reyalite peyi a ; nou pale tou de Mèkredi dèsann lè Legliz katolik boule tout sa ki raple yo bagay ki payen (oswa pwofàn) tankou òji yo ak gwo foli yo. Tradisyon an, yo eksprime l nan chante yo, dans yo, rad yo, jan gwoup ki pral defile yo mete bèl rad sou yo pandan jou « gra » yo, epi nan mask yo ki se yon langaj, yon siy semyotik ki eksprime reyalite sosyokiltirèl la epi ki pale sou jan politik ayisyèn nan ak rapò yo (relasyon youn ak lòt) nan sosyete a ye. Nan peryòd fèt yo nan mwa fevriye a, sitou nan kapital Pòtoprens ak Jakmèl (yon vil touris renmen anpil ki nan yon distans 85 kilomèt nan sid kapital peyi a), moun ap chante, danse, ap pran plezi yo nan lari. Se nan peryòd sa kote tout entèdiksyon yo ak baryè sosyal yo tonbe; moun ki rich tankou moun ki pòv, nèg nwè kou gwo milat monte sou cha yo ansanm, sou estann yo epi ap danse nan lari pou bay kò yo plezi. Kanaval la pote anpil kòb pou Pòtoprens ak Jakmèl, kote Leta byen òganize sa. Dyaspora Ayiti a ki toujou sonje peyi yo pwofite moman sa pou rantre vin pran plezi yo. Gen anpil touris lokal ak ayisyen ki deplase pou vin gade, vin pran plezi yo epi achte atizana (tankou chapo ak mask). Okay se yon lòt vil touristik tou ki twouve l a 195 kilomèt nan sid Pòtoprens; yo te transfere kanaval ofisyèl peyi a nan vil sa. Akòz tranblemanntè a ki te pase nan 2010 la, kidonk nan lane 2012 yo te blije mennen touris lokal ak etranje yo nan bato kwazyè Okay, yon jan pou te kapab rezoud gwo difikilte ki te vin genyen pa egzanp wout ki manke epi gwo blokis ki te genyen ; sa


Lakilti se yon vitrin

Paul Junior Casimir Lintho ap

te vin fè anpil lòt vizitè te ale Okay. Atis ak atizan yo te pwofite evènman sa pou vann zèv yo ak imaj peyi a. Nèg sa ki konn fè maryonèt epi jwe ak yo (maryonetis) Paul Junior Casimir Lintho, ap frekante depi kèk ane kanaval la kote anpil moun reyini. Lintho pwofite espas kanaval la ofri kote gen anpil moun pou li fè yon ti lajan, men tou pou li fè moun konnen atelye li a Komedi Lakay epi pou li fè edikasyon pèp la. « Nan kanaval 2011 lan, m te itilize pèsonaj “kolera” a ak tout sans li genyen kòm senbòl », se sa Lintho esplike. Nan moman kote epidemi sa t ap fè dega nan peyi a, fòk te gen moun ki pou te vin esplike pèp la kijan yo te dwe aplike règ ijyèn yo pou yo pa tonbe anba grif maladi sa ki ale ak anpil kretyen vivan ann Ayiti. « Atis yo gen kapasite pou fè edikasyon moun yo, detan y ap fè yo anmize yo », se sa li di. Lintho se yon gwo potorik gason li ye nan domèn atistik sa; li te resevwa diplòm li nan “Ecole de communication Poli-Arts” (COPARTS), epi li monte pwòp atelye pa li nan Kafoufèy ki se yon katye popilè nan Pòtoprens. Tranblemanntè 12 janvye 2010 la te kraze atelye sa. Maryonèt Lintho fè yo ki gen anpil dimansyon, yo montre yon

montre maryonèt li yo nan lari pandan kanaval la, epi li tou pwofite pou li ofri moun vin fè estaj nan atelye li a ki rele Komedi Lakay.

gwo moso nan istwa peyi a. Zèv misye fè a gade reyalite sosyopolitik peyi a san pitye. Misye se youn nan moun ki kwè travay atis yo dwe osèvis ideyoloji a. Espektak li fè yo kritike kesyon restavèk la, ki se yon fenomèn anpil moun pratike ann Ayiti; anpil fanmi pòv remèt pitit yo bay moun yo konnen oswa pwòp fanmi pa yo ki gen plis kòb pase yo.

2 13


Ayiti pale When the Drum is Beating (Lè tanbou frape), oswa lòt kalte hip-hop tankou sa yo melanje ak rit vodou yo, konpa ak mizik rasin, ki se mizik tradisyonèl rasin ayisyen yo.

Tounen nan rasin nou yo Mizik rasin nan, ki chita sou vodou a, se ladan l idantite kiltirèl ayisyen an plis manifeste. Nou kapab jwenn tras tandans sa depi nan fen lane 70 yo ak nan kòmansman ane 80 yo, nan yon kontèks kote pouvwa divalyeris la ak diktati li a t ap koupe rache nan peyi a. Louis Lesly Marcelin (Sanba Zao), ki se youn nan premye moun ki te vin ak mizik sa, envite nou dekouvri yon moso ki enpòtan nan istwa atravè lavi l ak trajektwa li nan mizik. Sanba Zao fèt nan lane 1954; li te koumanse karyè li nan lane 1972 nan fè mizik oksidantal, nan imite vedèt pop ameriken yo. Men nan lane 1978, li mete touch pa li. Li te fonde Mouvman Sanba ansanm ak kèk zanmi tankou Théodore Beaubrun, ki se yon lòt mizisyen moun konnen anpil ann Ayiti depi nan kòmansman lane 80 yo; mouvman sa te angaje nan lit pou revalorize tout eleman ak ekspresyon kiltirèl ki makònen ak tradisyon popilè a – se konsa yo te tou ba li non mizik rasin. wO Mouvman sa te parèt nan epòk tonton makout yo, milisyen diktatè François Duvalier te kreye pou kraze zo. «Nan epòk sa, fòk ou te gen gason sou ou pou te vin sanba paske tonton makout yo te kapab pèsekite ou », se sa mizisyen an sonje. Zao te kontribye anpil pou kreye mizik rasin nan ann Ayiti, apre li te fin vizite lakou yo ak peristil yo. Li te fonde ak zanmi li yo gwoup Foula Jazz, li te vin kite gwoup sa a apre pou li te kapab kreye pwòp gwoup pa li “Sanba yo”. Mouvman sanba a te layite kò li ann Ayiti, e Zao konsidere li se youn nan premye moun ki vin ak mizik rasin nan. « Tandans sa make m anpil, li aprann mwen vin tounen ayisyen epi li fè m kenbe pèsonalitè m ak diyite m kòm moun », se sa li di. Zao gen sis (6) pitit, li rive viv ak metye li genyen kòm atis epi kòm pwofesè pèkisyon nan “École nationale des arts”, gras ak disiplin li mete nan lavi l. « M pa tankou mizisyen sa yo ki pati ann egzil aletranje epi yo bliye rasin yo, kote yo sòti. M vwayaje anpil, men m toujou tounen lakay pou m kontinye ak misyon yo te rele m

13 3

Mo restavèk la sòti nan ekspresyon franse sa « rester avec ». « Maryonèt nou yo pale ak moun yo epi yo di yo restavèk yo se moun yo ye tou, fòk nou trete yo tankou moun », se sa li esplike. Zèv atis yo dwe sèvi pou transmèt konesans epi pou fè edikasyon moun yo. « Nou montre timoun yo fè resiklaj lè n ap fè maryonèt yo. Yo aprann itilize fatra ki ap kontaminen anviwònman an pou fè maryonèt ak lòt figi atistik. Kanaval la, nou te kapab di se yon sèn kote nou kapab wè divès manifestasyon tradisyonèl peyi a genyen tankou: mizik, dans, atizana, elatriye. Mizik la jwe yon wòl enpòtan nan lavi Ayisyen yo; li pèmèt nou manifeste kè kontan nou , tristès nou yo, lamizè nou, kè kase nou genyen ak lavi a, jan nou wè mond lan. Mizik la se li ki tout koze a. Menm Konbit la, ki se fèt ki reprezante agrikiltè yo k ap travay latè, yo selebre l ak mizik fòlklorik (tradisyonèl). Agrikiltè yo k ap travay latè chante epi danse, yon jan pou yo kapab mete kè kontan nan travay yo. Mizik fòlklorik sa yo gen ladan yo chante sakre ak pwofàn ki makònen ak tradisyon peyi a. Mizik popilè ayisyen an gen anpil tandans: mizik fòlklorik la ki gen rasin li nan vodou a, konpa a epi, jounen jodi a, rap la ki soti nan lòt peyi e jèn yo renmen tande anpil. Tout tandans sa yo ki genyen sou sèn mizikal la, youn twoke kòn li ak lòt pandan kanaval la. Konpa a, ki se yon mizik pou danse, se chèf òkès Nemours Jean-Baptiste ki te kreye l nan lane 1955 ; se li menm ki plis domine sou sèn mizikal la paske li kòmèsyal. Pa egzanp, nan anpil festival yo òganize ann Ayiti ak nan dyaspora ayisyèn nan, se ak konpa yo fè yo. Toupatou nan Karayib la ak Etazini, yo rele Carimi, T-Vice, Djakout, Tabou Combo, Mizik Mizik, Zenglen ak lòt djaz ankò pou yo ale fè konsè. Mizik kòmèsyal Ayiti se yon bann enfliyans ak estil yo makònen pou kreye yon son ki sòti toupatou (Ewòp, Afrik, Amerik Latin), yon bagay ki orijinal. Pitit mizik ayisyèn moun plis konnen nan mond la se Wyclef Jean, ki se youn nan fondatè The Fugees epi ki se yon atis solo ki gen anpil siksè; li ap viv Etazini depi lè li te gen nèf (9) lane epi li te fè tantativ pou li te vin youn nan bann kandida pou prezidan nan lane 2010, men yo pa te aksepte kandidati l. Genyen tou anpil lòt djaz ki pi tradisyonèl tankou pa egzanp Okès Septantriyonal ak Twopikana (ki nan Nò peyi a) oswa


Lakilti se yon vitrin pou m fè a », se sa li di. Zao te kontribiye nan fòme plizyè jèn, nan montre yo jwe tanbou kit nan Pòtoprens oswa nan lòt depatman yo. Zao se fondatè ak lidè gwoup Djakata; li dirije yon fanmi-gwoup atis: madanm li ak timoun li yo chante, danse epi yo jwe tanbou nan Djakata. Yo tout nèt nan mizik rasin. « Li enpòtan pou Ayisyen yo gen yon rit ki pou fè konnen kiyès yo ye. Sa pèmèt nou fè echanj ak etranje yo. Lè m ap jwe aletranje, m sezi wè kijan etranje yo akeyi m. M jwe nan anpil peyi ak sit touristik; m menm jwe nan Fòdejou an Frans kote nèg ki te koumanse lit pou endepandans nou an, Toussaint Louverture, te mouri a. » Zao se yon atis angaje nan sosyete a, li ede moun ki pi pòv yo nan peyi l. Ak ti kras kòb li fè a, Zao louvri yon lekòl kominotè nan Mòn Lopital, ki se yon katye popilè Pòtoprens, pou li montre timoun ki pòv yo aprann li ak ekri. « M wont lè m ap gade wè kèk konpatriyòt ki pa menm kapab ekri non yo », se sa li di. Li te fonde lekòl sa nan lane 1998, apre li te soti nan yon toune an Frans. « M te vin rann mwen kont frè nou yo ki pa konn ni li ni ekri, yo manke anpil bagay pou yo kapab vin moun tout bon. Ayiti se yon peyi kote analfabetis la ap vale teren anpil », se sa li di. Li peye pwofesè yo ak pwòp fon pa li, epi li bay kontribisyon li kapab bay la ak mwayen li genyen. « Souvan nou blije rele gouvènman an lajistis pou li kapab fè timoun yo jwenn batistè paske ann Ayiti anpil moun pa gen okenn pyès idantite ». Anplis ale pran fòmasyon lekòl, timoun yo aprann tou fè kèk aktivite atistik ak enfòmatik. Fas ak difikilte ekonomik Zao jwenn, li te blije kanpe sektè enfòmatik la nan lekòl la. « Malerezman nan lane ki sot pase yo, nou remake gen yon bann ONG entènasyonal ki anvayi peyi a, poutan sitiyasyon sosyo-ekonomik la ap vin pi malouk chak jou. E se nan kontèks sa atis la dwe travay. Mizik mwen, se vwa yon diskou ki angaje epi k ap denonse sa nou pa kapab aksepte epi sa ki pa kòrèk nan politik la », se konklizyon sa Sanba Zao fè. Gwoup Chay Nanm se yon vwa ki fè pale de li anpil nan mizik rasin ann Ayiti; li te fèt nan mwa mas 2006, ak yon melanj ant vodou ak djaz nan objektif pou pouse estil mizikal sa sou sèn mondyal la. « Jounen jodi a, anpil moun bandonnen orijin yo, kote yo sòti a. Gen anpil kalte rit nan

pwodiksyon nou an ki chita sou vodou a », se sa Georges Muller Régis, chèf gwoup la, deklare. Jounen jodi a idantite kiltirèl la ap pran gwo pataswèl, kote hip-hop la anvayi espas kiltirèl ayisyen yo, Chay Nanm se youn nan vwa ki vin fè Ayisyen yo sonje orijin yo ki se Afrik. « M pa te leve nan yon fanmi ki konn sèvi vodou, men m te deside tounen nan sous la, nan rasin nou, lè moun yo te konn abitye danse pye atè. M pa kritike sila yo ki ale jwenn hip-hop, men pèsonn moun pa dwe bliye wòl enpòtan vodou a jwe nan endepandans Ayiti. Li se nanm nou. Se pou tèt sa gwoup la rele Chay nanm, sa vle di “yon bann nanm ki ap libere enèji” », se sa li esplike. Georges Muller Régis ak gwoup li a, yo tout jèn toujou, yo pa rete gade sèlman sou mizik yo a pou yo viv. Mizisyen yo bay kou nan lekòl segondè yo epi yo ofri sèvis yo bay ONG yo. Pafwa atis la dwe menm vin tounen chofè moto-taksi. « Lè ou fè chwa vin mizisyen rasin ann Ayiti, sa blije ou aksepte tout difikilte yo nèt. Pafwa nou konn òganize espektak, yon jan pou moun yo kapab pa bliye nou la. Men, nou pa enterese anpil pou gen siksè. Kilti nou se nanm nou. Si yon jou li rive disparèt, nou pral disparèt ak li tou ».

Richès atizana a genyen

Louis Lesly Marcelin (Sanba Zao) se youn nan papa mizik rasin nan, ki gen yon gen enfliyans vodou ladan l. Nan kòmansman ane 80 yo, li te kreye Mouvman Sanba, ki deside lite pou fè yo bay kilti ayisyèn nan valè li genyen an. Li te kreye Foula djaz, li te kite l apre yon ti tan pou li te kab fòme pwòp gwoup pa li ak fanmi li, Sanba Yo. Foto: Nélio Joseph

Anplis mizik popilè a, atizana a se youn nan domèn kote richès Ayiti a pwouve li kanpe djanm. Li toupatou. Pandan kanaval la, nan fèt popilè yo nan zòn riral yo, nan mitan dekorasyon yo, sou mache yo ak nan lari. Li genyen tou yon pil ak yon pakèt divèsite tankou fè dekoupe, bwodri, ajil, bwa, wòch taye, papye mache, seramik, pòslèn, elatriye. Se yon sektè aktivite ki chak jou ap vin pi kreyatif epi k ap vale teren. Anpil aktivite ekonomik ak pwomosyon chita sou atizana. Wòl li jwe nan kanaval la fè anpil reklam pou li. Bèl koulè vif mask Jakmèl yo, pèsonaj ki sòti nan fòlklò ayisyen an, gwo tonton maryonèt yo, tout bagay sa yo bay kanaval ayisyen an makfabrik li ki enpresyone vizitè lokal ak etranje yo. Anplis kanaval la, gen lòt evènman ki fè reklam tou pou atizana ayisyen an. « Artisanat en Fête », pa egzanp, se yon ekspozisyon Le Nouvelliste, jounal ki pi ansyen nan peyi a, òganize chak ane, ansanm ak Enstiti rechèch ak pwomosyon zèv atis ayisyen yo (nan lang franse, Institut

4 13


13

5

Ayiti pale


Lakilti se yon vitrin de recherche et de promotion de l’art haïtien –IRPAH-). Se yon evènman kote yo ekpoze yon gwo varyete pwodui atizana tankou bijou, ki fèt ak metal presye oswa bijou fantezi, valiz ak soulye, pyès an kòn, an bwa oswa ki fèt ak zo, eskilti wòch, bwodri, kwochè, pòslèn, twal, penti, travay an fè, elatriye. Se nan Pak istorik kann, ki nan Taba, nan zòn lwès Pòtoprens, randevou kase chak ane kote ou kapab wè anpil ekspozisyon eskilti tout kalte ak tout gwosè ki sòti nan divès kalte rejyon nan peyi a. Plizyè milye vizitè pwofite okazyon sa pou vin admire talan atizan yo. Espas sa a, se yon mache ki enpòtan pou vann pwodiksyon an oswa pou pran kontak ak Ayisyen oswa etranje ki kapab vin achte. Atizan yo sòti toupatou nan peyi a, epi anpil ladan yo sòti nan klas ki pi pòv la. Se travay yo ki ba yo manje nan yon peyi kote plis pase 70% nan popilasyon an pap leve ni lou ni lèje. Gen kèk ladan yo ki rive viv kòmsadwa epi ki enpoze yo sou mache a gras ak kouraj yo, ak talan yo, e yo menm rive rekonèt yo bon anpil nan aktivite yo fè yo. Ronald Laratte se yon atizan ki fè eskilti ak wòch, yo te blije koupe pye goch li apre yon aksidan machin li te fè; li se youn nan atizan sa yo. Li se youn nan modèl siksè, angajman ak kouraj nou dwe bay kòm egzanp pou nouvèl jenerasyon atis yo paske zèv li kreye yo bèl epi yo gen yon idantite ki enteresan pou konnen. Laratte gen 46 lane, se papa li ki te ba li eritaj eskilti a. Li te koumanse depi lè li te gen 12 lane; epi li te deja konvenk tèt li travay sa vo lapenn. « M te tou jèn, lè mwen te koumanse ap fè eskilti ak wòch pou montre Ayiti gen yon lòt figi aletranje ». Li fè yon bèl karyè ki konsakre ak atizana, se sa ki fè prezidan peyi a, Michel Martelly, te rann misye yon omaj. Laratte gen yon talan ki ekstrawòdinè; li rive fè pwofesyon li an tounen yon manyè pou viv, pou li afime ekzistans li epi pou li konprann reyalite a. « Se lavi m, se li ki sous mwen ki pa janm bouke ban m tout sa m bezwen », se sa travayè sa ki pa janm bouke ditou di, detan li kritike kanmenm sektè prive ayisyen an ki pa apiye atizana peyi a. « Atizana pa kapab viv sèlman ak de twa okazyon li jwenn. Fòk gen yon envestisman solid epi dirab ki fèt pou atizan nou yo kapab jwenn kredi », se sa li di. Sektè atizana a te resevwa gwo pataswèl tou anba katastwòf 12 janvye 2010

Lionel Saint-Eloi se yon eskiltè ki kreye ak enspirasyon vodou. Foto: Nélio Joseph

Pak istorik kann, nan Taba, akeyi chak ane plizyè santèn eskilti, tankou eskilti sa Saint-Eloi te fè. Foto: Nélio Joseph

6

13


Ayiti pale

atizan ki taye wòch epi ki se yon egzanp reyisit pou peyi a. Fotos: Divulgação/ negroartist.com

7

Zèv Ronald Laratte, yon

ki estab nan travay la. Smith Mackenzy, ki li menm konsidere li se atis depi nan vant manman li, fè anpil pwodui ki kapab antre nan konpetisyon ak pi gwo mak sandal yo enpòte sou mache ayisyen an. Nan gwo tonton divèsite sa, chak komin gen espesyalite pa li: wòch taye a se pou Leyogàn, papye mache a se pou Jakmèl, fè dekoupe a se pou Kwadèboukè, elatriye. Kominote Noailles, ki se youn nan katye pòv nan Kwadèboukè, se yon zòn touris yo renmen vizite. Plizyè dizèn atelye ki gen pwòp estrikti yo pou fè ekspozisyon toutan resevwa chak jou kèk vizitè lokal ak etranje ki vin achte atizana. Fè dekoupe a, se pa tèlman yon pratik atistik li ye, men pito yon « devosyon kolektiv », tankou jan jounalis Gary Cyprien te di l la. Granmoun kou timoun dekoupe fè, detan y ap bay fòm epi kreye kreyati etranj, yon jan pou bouske lavi. Tout vizitè ki ale Noailles dwe vizite atelye yo ak mize Georges Liautaud a, ki se premye atizan ki te vini ak gwo avanti sa nan Kwadèboukè; li se yon gwo manm « Centre d’Art » tou nan kòmansman lane 70 yo, gras ak rankont li

13

la ki kraze atelye atizan yo. Ronald Laratte, ki konn abitye ekspoze travay li nan eskpozisyon entènasyonal yo, se youn nan atis ki mande pou Leta ak sektè prive a apiye yo epi ede yo, yon jan pou atizana a kapab vin tounen yon pwofesyon ki rekoni epitou yon fenèt ki louvri sou mond lan. Atis la, ki gen anpil kouraj epi ki gen yon vwa ki wòk, sonje aksidan li te fè ki te blije yo koupe pye goch li a, sa gen anviwon (8) mwa. « M t ap kondi yon moto, lè machin yon frè senatè Edwin Zenny teke m. M ap viv toujou, men se yon sèl pye m rete ». Malgre sa, aksidan an pa briding detèminasyon ak pasyon li genyen. Dènye fraz sa li di a, se yon prèv: « de mwa apre aksidan an, m reprann travay mwen ak menm entansite a ». Yon lòt bò, Smith Mackenzy, jounalis Roberson Alphonse bay tinon jwèt « l’homme-sandale », se yon espesyalis nan fè sandal ak makrame po mouton; li ekspòte pwodui li yo nan Repiblik Dominikèn ak Miyami. Chèf atelye Mak pa nou, se li menm ki te kreye pwòp antrepriz pa li kote li bay plis pase 30 moun travay, gen diz ladan yo


Lakilti se yon vitrin

Atizana an fèt se zafè medam yo tou Adriana Santiago

Mitha Balan se yon atizan fanm ki ap travay fè depi plis pase 20 lane nan Kwadèboukè. Foto: Ermanno Allegri

Ayisyen yo se atis ki gen talan yo ye. Nan Kwadèboukè, yon katye ki lwen Pòtoprens, li fasil pou rankontre atizan fanm Mitha Balan. Se sèl fanm ki travay fè fòje nan zòn nan. Li vin tounen yon atraksyon pou touris yo, sa vin nan avantaj lòt atizan ki nan lari yo paske yo vann plis gras ak touris ki sòti toupatou nan mond lan. Non, Ayiti pa yon peyi touris men li atire atansyon èd entènasyonal la epi anpil etranje vizite peyi a. E nan ti tan yo gen ki lib, yo fè touris. Li akoupi pandan li ap poli yon mòso fè, li merite gwo repitasyon li genyen an. Yo di li gen anpil fòs ak detèminasyon, epi li pa pè travay di. Lè nou gade li, nou wè se yon ti madanm ki mete anpil lanmou nan travay sa l ap fè nan pousyè. Atis fanm sa gen 43 lane, li pa pale anpil ditou. Li travay fè pa eritaj. Li te aprann metye a nan gade papa l ak frè li yo k ap travay, men yo te entèdi l fè travay sa ki rezève sèlman pou gason yo, tankou jan règ patriyakal ayisyen yo kòmande l la. Jouk Mitha te vin tonbe ansent. Epi li te vin rete pou kont li san mari. Frè li te ede li fè premye pyès li yo, epi ti pa ti pa, an kachèt san papa li pa wè l; li te vann pyès li yo lavil rapid rapid, jouk li rive sòti kay papa l anvan vant li te koumanse gwosi. Pa vrèman genyen anyen pwofesyonèl nan sa. Vant li gwosi, vin gen konfli ant li menm ak papa l, epi li te blije tann dis lane ankò anvan li te sòti nan kay la. Mitha adore pyebwa yo, se petèt pou sa premye travay vrèman pwofesyonèl li te fè te reprezante yon pyebwa. Te gen yon kliyan ki renmen pyebwa Mitha te fè a anpil, li te fè kòmand 200 nan menm moman an. Ak anpil jefò epi ak èd frè li a, Mitha te rive anfen kite kay la ak lajan nan pòch li pou li te kapab elve twa (3) timoun li yo epi pou li viv sou atizana. Jounen jodi a, Mitha ap okipe 5 timoun li yo (ki gen 25, 23, 20, 11 ak 7 lane), pitit pitit li (ki gen 2 lane) epi li gen pwòp kay li ki rele l chèmèt chèmètrès. Premye pyebwa li yo toujou gen anpil siksè epi li toujou vann yo ak menm entèmedyè li genyen Miyami a pou 100 goud, men li fè tou lòt pyès ki pi elabore epi ki inik (yon sèl grenn nan chak) li vann pou 500 goud. Yon eskilti fanm ak zwazo, ki gen yon tay ki pa ni gwo ni piti (ki mwayèn), koute sèlman 10 dola meriken. Kay Mitha chaje ak eskilti sou mi yo, kay la se atelye ak boutik li tou.

Desen ekzotik yo ki raple nou anpil estetik vodou a, se nan imajinasyon Mitha yo sòti, menm si se frè li ki pi konnen nan domèn desen ki trase yo. Sa li prefere, se sitou pyebwa yo, pa sèlman paske se li menm ki fè yo, men se sitou paske yo fè li santi l nan mitan lanati. Li anwole tout senk pitit li yo nan pwodiksyon an, epi atizan fanm sa di tranblemanntè a pa briding biznis li an. Nan tout karyè li, li te santi yon gwo lapenn sèlman yon fwa: li te ranpòte yon pri “pi bèl pyès atizana” nan yon fwa entènasyonal nan Miyami, men li pa te kapab ale resevwa pri sa li menm menm paske Konsila meriken an pa te ba li viza. E poutan, li te vle sèlman ale vizite peyi Yannki yo. Li pa vle kite Ayiti, li kontan ak sa li ap fè epi kote li ap viv la; li kontan tou paske pandan dis lane ki sot pase yo, plizyè milye zèv atizana li fè sikile aletranje. Sèl sa Mitha ak kolèg li yo ki nan « rue des fers », tankou jan yo rele ti kwen kote atizan yo ye, ta bezwen, se yon koutmen pou yo ta kapab vann pwodui atizana y ap pwodui yo. Li te kapab yon sèvis ki byen òganize pou fè ekspòtasyon, ansanm ak yon sant atizana pou kapab resevwa touris yo. Isit la, a 20 kilomèt toupre sant Pòtoprens, nan yon vil ki pa gen okenn estrikti touristik, pwodiksyon an depann de entèmedyè yo ak kèk touris ki deside ale jouk la.

8

13


Ayiti pale Travay fewonnri Mitha Balan an montre li sòti nan yon gwo enspirasyon ki chita sou mit ak mistik, ansanm ak kèk sirèn ak lwa vodou.

13 9

Foto:Ermanno Allegri


Lakilti se yon vitrin

Atizan yo trase desen yo sou kèk tòl fè, epi apre yo dekoupe desen yo ak nenpòt ki sizo. Yo poli desen yo ak sable yo achte nan lari. Foto: Ermanno Allegri

te genyen ak direktè sant sa nan epòk sa, Pierre Mondosier. Lè touris la fini fè tout vizit sa yo, li gen lenpresyon li dekouvri yon inivè ki chaje ak anpil fantas ki sòti nan yon imajinasyon ki rich anpil. Pil ak pakèt tandans sa yo eskilti metal yo genyen atire atansyon moun anpil. Yo chak gen estil pa yo, konesans pa yo. Se sa ki fè yon vizit nan Kwadèboukè vin enteresan anpil. Zèv atis yo atire touris epi se yo ki blije moun vizite rejyon sa. Nan vizit nou fè nan atelye fewonye Noailles yo, nou remake talan ak konesans Serge Jolimeau. Mesye sa ki gen plis pase swasant lane epi ki gen anpil kouraj, se yon potorik gason nan Noailles, kote li te grandi epi te aprann dekoupe fè gras ak fòmasyon frè Louis Juste yo, ki se elèv Georges Liautaud, te ba li. Fewonye sa, ki renmen aprann epi ki gen anpil pasyon pou metye li, te fè pandan plis pase 30 lane yon zèv ki inik kote li reprezante makònay ki gen ant krisyanis (relijyon kretyen yo) ak vodou, ak anpil entèlijans, pwofondè epi yon jan ki enpresyone moun anpil.

Serge Jolimeau se papa de (2) jèn gason ak yon jèn fi; li te blije kite lekòl segondè paske li pa te gen kòb, epi apre li te aprann fewonnri a ki te vin tounen aktivite ki te fè li rantre kòb. Misye ak fè a se Kòkòt ak Figawo; li travay fè san pran souf nan atelye li kote li ekspoze pwodui li yo ansanm ak sa kèk elèv li yo pwodui tou. Serge Jolimeau travay san pran souf; epi gras ak travay ansanm ak detèminasyon li genyen, li rive fè edikasyon timoun li yo ak tout uit (8) frè ak sè li genyen yo. Li menm rive ede sila yo ki pi fèb, ki pi pòv nan zòn kote li rete a. Gwo disiplin li genyen, ou ta di se yon displin fè, blije li renonse ak kèk plezi. Depi maten rive jouk nan aswè, l ap dekoupe fè pou li kreye kèk kreyati ki pap bouje. « Fewonnri a se li ki tout lavi m. M pote li nan nanm mwen. M viv sou travay mwen. M pa kapab kite l pou ale fè yon lòt travay. M santi m byen lè m ap fè l. M byen kontan m te aprann metye sa lè m te jèn. Fòk ou ta la, fòk ou ta viv ak mwen pou ta konprann kisa ki fè m fè metye sa, kouman aktivite sa oryante

0 14


Ayiti pale

Tout kalte fòm ak gwosè sa yo atire atansyon vizitè yo. Foto: Ermanno Allegri

Primodènis la Pa gen dout sou sa : atizana a se youn nan pi gwo vitrin Ayiti genyen. Men nou pa kapab pale sou kilti ayisyèn nan san nou pa mansyone domèn penti a ki te jwenn, nan mi-

14 1

vizyon m genyen sou lavi, pèmèt mwen amelyore relasyon m ak lòt yo, ak zanmi m yo », se sa Jolimeau deklare. Atizana a rive kite anviwònman ekspozisyon yo ak lòt espas ki espesyalize nan domèn sa pou l pran lari pou li. Gwo twotwa nan lari vin tounen jodi a gwo tonton boutik atizana kote yo vann kèk penti, eskilti ak bijou.Tandans ak

fòm estetik yo ap layite kò yo nan espas ki gwo oswa ki piti, men ki pa toujou fèt pou sa; tout sa montre etranje yo Ayiti se yon peyi atis li ye. Lavi chak jou a chita sou zèv atistik yo. Kamyonèt yo oswa taptap, ki se mwayen transpò piblik nan kèk avni nan kapital la ak nan kèk vil pwovens, se konstriksyon atizanal yo ye. Atizan yo konsève baz la ki se nannan machin nan oswa kamyon an, epi yo ranplase kawosri original la ak yon lòt ki atizanal ki fèt an bwa, ansanm ak chèz yo pou yo kapab pran plis pasaje. Yo pentire kawosri a ak gwo koulè, ak kèk imaj, epi yo ekri sou li kèk pwovèb yo itilize nan kilti peyi a; tout sa fè machin nan vin sanble tou nèf, epi li vin makònen ak pwòp kilti peyi a. Salon bote yo, restoran yo, klèb ki fonksyone nan nwit yo, mi kay prive yo ak batiman piblik yo, se kèk nan zèv atistik ki nan lari yo ye. Atizana ayisyen an ap vale teren jounen jodi a onivo entènasyonal, gras ak talan atizan li yo genyen epi ansanm ak detèminasyon pwomotè ayisyen ak etranje yo genyen. Nan dènye kategori sa nou kapab site non Donna Karan, ki se yon pèsonalite entènasyonal k ap lite pou atizana ayisyen an epi pou mete l sou yon lòt wout: ki se mache entènasyonal la, tankou jan Frantz Duval -ki se redaktè anchèf Le Nouvelliste ak kòdonatè fwa “Artisanat en Fête” late di l la. Filantwòp meriken sa, Donna Karan, se prezidan fondasyon Urban Zen epi li abitye vizite Ayiti plizyè fwa, kote li achte pou boutik li a ki nan Nouyòk, atizana yo fè ak men ki sòti ann Ayiti ak nan lòt peyi pòv. Nan mwa sektanm 2011, Donna Karan te patisipe nan pwogram televizyon Pears Morgan te fè sou CNN, ansanm ak prezidan ayisyen an Michel Martelly epi ak prezidan wanndè a Paul Kagamé, pou fè pwomosyon pou atizana yo fè nan de (2) peyi sa yo. Nan okazyon sa, yo te bay onè respè pou atis ayisyen an ki rele Philippe Dodart, ki te enspire koleksyon ete 2011 lan. Koleksyon sa te koze yon polemik nan mond la, paske mannken brezilyen an Adriana Lima te parèt nan yon foto bò kote kèk timoun ayisyen ki nan nesesite ; se fotograf Russel James ki te fè foto sa.


Lakilti se yon vitrin tan ventyèm syèk la, anpil admirasyon bò kote kèk obsèvatè etranje ak ayisyen, epi ki te voye Ayiti monte sou sèn kiltirèl mondyal la. Istwa penti Ayiti a, selon kèk istoryen nan zèv atis yo, sòti depi nan kòmansman diznevyèm syèk la, apre peyi a te fenk fin pran endepandans li. Penti sa a se rezilta yon makònay ant zèv ki sòti nan Lafrik, kilti peyi Lafrans ak Ayisyen yo ki fèt nan mitan anpil boulvèsman sosyal fenomèn kreyolizasyon an te kreye. Apre dezyèm gè mondyal la, nan lane 40 yo, penti ayisyèn nan te koumanse konstwi pwòp idantite pa li epi li te enpoze tèt li sou sèn entènasyonal la, gras ak Dewitt Peters ki se yon anseyan meriken ki te tonbe anba cham penti nayiv ayisyen an. Li te fonde nan lane 1944 « Centre des Arts » nan mitan Pòtoprens ki te vin tounen yon pepinyè pent nayif – tankou Hector Hyppolite, Philomé Obin, Benoît Rigaud, Préfète Duffaut, Wilson Bigaud, Bazile Castera, Adam Leontus, Gabriel Levêque – ki te vin selèb toupatou nan mond la. Penti nayif ayisyèn nan, ki montre tèm vodou yo ak reyalite chak jou peyi a ap viv, te fè anpil gwo mize nan mond lan enterese ak li. Gen anpil lòt mouvman ak lekòl ki te vin boujonnen apre, nan sans sa yo te suiv egzanp gwo siksè tandans penti sa te genyen ; nou menm kapab site, pa egzanp, mouvman Sen Solèy la Jean-Claude Garou-

Piblisite Donna Karan – kote mannken brezilyen Adriana Lima te mete sou li atizana ayisyen Philippe Dodart te fè ki te fè yon gwo tole paske yo te itilize ladan l imaj Ayisyen ki nan nesesite. Foto: James Russel/ Divulgação

te (ki gen ti non jwèt Tiga) ak Maud Robart te fonde nan lane 1970 nan Soissons-la-Montagne. Nou sonje kijan gwo ekriven ak minis lakilti Peyi Lafrans la André Malraux te fè lwanj pou mouvman Sen Solèy la nan yon liv li te ekri ki rele L’Intemporel. Levoy Exil ki viv anwo byen lwen nan Tomasen, youn nan katye Pòtoprens, se youn nan pi gwo reprezantan mouvman sa ; premye zèv li te fè a te sèvi kòm ilistrasyon pou liv L’Intemporel Malraux te ekri a. Misye sonje, kòm si te ayè sa te pase, premye fwa li te rankontre Tiga ki se yon nèg moun pa te kapab konprann fasil. « M te rankontre l paske m te yon bòs ki konn fè mèb an bwa, m t al mande l travay ; epi nan epòk sa li t ap travay nan Soissons-la-Montagne (yon kominote riral ki nan Kenskòf a 10 kilomèt nan sid Pòtprens). Lè Tiga te wè travay m te fè yo, li te mande m si m se yon atis tou. M te di l m se yon pent. Epi li te mande m si m te enterese fè penti. Li te mande m tou si m te abitye wè yon zèv atistik. M reponn li wi, nan Otèl Damballah. Misye te ale, li te mete yon bout nan konvèsasyon an, epi apre twa semenn li te tounen pou li ban mwen twa penso ! Men kote koulè yo ? Li te reponn mwen konsa: nou aprann itilize koulè natirèl yo san nou pa bezwen koulè ki enpòte yo. Se konsa m te melanje kawòt, bètrav, ajil nwa, poud gri ki fèt ak manyòk, ak lanmidon… Lè m te fin fè melanj sa, m te rive jwenn yon konpozisyon ki fò epi ki fèt ak anpil koulè. E premye travay m te fè kòm atis, se ak li yo te fè ilistrasyon liv André Malraux a ki fè teyori sou mouvman an. Se yon eksperyans m pap janm bliye. » Levoy Exil ki te fèt jou 7 desanm 1944 te resevwa « Médaille du Millénaire » nan lane 2000 nan salon « Arts plastiques de La Rochelle » ; misye kontinye ap viv sou zèv atistik li fè yo. Jounen jodi a, penti nayiv la pa alamòd ankò; pent yo te blije chanje tèm. Men penti y ap fè jounen jodi a ann Ayiti, menm si yo gen mwens viziblite epi yo pa kreye menm gwo sansasyon tankou nan tan lontan, yo toujou konsève gwo fòs ekspresyon yo. Primodènis la, tankou jan Tiga te rele l la, se yon melanj ant primitiv klasik la ak modènis la. Jèn pent yo, ki anpil ladan yo te etidye nan Lekòl Nasyonal La (ENARTS), fè anpil jefò pou kenbe vivan yon patrimwàn ki gen pou kontinye make iswa kilti peyi a pandan anpil tan ankò.

2 14


Ayiti pale

Agoch, se yon penti André Pierre yo te repwodui. Adwat menm, se yon penti JeanClaude Garoute,Tiga, yo te repwodui.

me nan moman pa yo. « Ayiti ap mennen gras ak ekriven li genyen yo », se sa Max Chauvet, direktè jounal Le Nouvelliste epi kòdonatè pi gwo fwa liv nan peyi a Livres en Folie, esplike. Literati a okipe yon plas ki enpòtan nan yon peyi kote yo estime gen 40% moun nan popilasyon an ki pa konn ni li ni ekri. Pou obsèvatè yo, yo pa ka rive konprann kouman fè literati ayisyèn nan gen tout siksè sa yo. Otè ayisyen yo ap fè pale de yo sou sèn literè frankofòn nan akòz gwo kalite ak kantite zèv yo genyen. Frankétienne se otè yon gwo tonton zèv ki gen anpil pwofondè, epi li se fondatè espiralis; li vin tounen yon lejann vivan nan Karayib la. Zèv Jacques Roumain yo, ki se yon klasik literati ayisyèn nan, yo tradui yo nan plizyè lang. Kèk lòt domèn atistik ki jwenn anpil difikilte gen yon lodyans ki limite anpil. Apre sinema te fè pale anpil de li, sa gen apeprè senk lane, jounen jodi a li ap travèse yon pas ki difisil nan istwa l paske atoufè ki ap pirate fim yo blije yo fèmen anpil sal sinema nan peyi a. Sineyas Arnold Antonin, ki se yon potorik gason nan domèn nan,

14 3

Dominique Domerçant, ki se pent nan mouvman Loray epi ki se yon diplome Enarts, ekspoze travay li ann Ayiti ak nan lòt peyi. Yo te chwazi l nan lane 2009 kòm loreya nasyonal nan penti pou reprezante Ayiti nan « Jeux de la francophonie » ki te fèt nan peyi Liban, epi pou ekspoze travay li nan kèk inivèsite franse ak meriken. « Pou mwen menm, la a se yon enstriman rezistans, yon zouti revòl, yon espas divizyon, yon pretèks pou kominike, yon fenèt ki louvri sou mond envizib la. M itilize zèv mwen pou m eksprime vizyon m genyen sou mond lan, epi pou m enpoze rèv mwen yo », se sa jèn atis plastisyen an esplike, detan li ajoute pou di la kontribye anpil pou chanje lavi l. Selon Domerçant, la kapab ede Ayiti sòti nan tchouboum kote peyi a tonbe a. Akondisyon otorite yo tabli bonjan politik kiltirèl ki chita sou edikasyon jèn yo, detan y ap ranfòse valè idantitè, sivik ak sitwayèn ki valorize pwofesyon atis yo, epi ki pran ankont kontribisyon yo pote anfavè devlòpman ekonomik ak sosyal peyi a. MAnplis, li pale sou enpòtans pou desantralize ak demokratize sèvis kiltirèl yo ant vil yo, yon jan pou konsève kèk pratik tradisyonèl natif natal peyi a ki prèt pou disparèt. Nan tout pwojè ekspozisyon penti ayisyèn kote li patisipe nan inivèsite yo toupatou nan mond lan, jèn pent lan kontinye sansibilize jèn yo atravè la Ayiti a. Jounen jodi a, ekriven ayisyen yo gen gwo renome onivo nasyonal ak entènasyonal, pent yo te genyen reno-


Lakilti se yon vitrin pa janm pèdi yon okazyon pou rele anmwey kont pirat yo, epi pou mande zotobre yo pou pran reskonsablite yo. Menm jan an tou, malgre anpil jefò kèk konpayi ap fè pou kenbe epi pou konsève tradisyon sa, teyat ayisyen an ap fè fas kare ak yon reyalite ki di anpil kote pa gen enfrastrikti kiltirèl nan peyi a.

Penti nayiv ayisyèn nan montre tèm vodou yo ak reyalite chak jou a nan tout lari peyi a. Foto: Ermanno Allegri

Teyat Nasyonal la, yo te konstwi pou selebre bisantnè Pòtoprens, twouve l jounen jodi a nan mitan labou; li te pran gwo pataswèl anba tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Dans fòlklorik ayisyèn nan, ki sòti nan seremoni vodou yo ak nan lakou yo, rakonte kèk istwa ki makònen ak tan lakoloni popilasyon an te sibi. Li eksprime kè kon-

4 14


Ayiti pale

Sitadèl Laferyè, yon moniman istorik, ki se pi gwo fò nan Karayib la, yo te klase l nan lane 1982 kòm Patrimwàn kiltirèl limanite. Foto: humanandnatural.com

gade san li pa fè anyen. Inisyativ ki kenbe sektè kiltirèl la ann Ayiti sòti nan asosyasyon atis yo, bò kote atis yo menm, ak sant kiltirèl prive yo, anbasad yo, enstiti kiltirèl etranje yo. Pa gen moun oswa antrepriz prive (sa yo rele nan lang franse mécenat) ki ede atis yo (ak lajan, api materyèl ak lòt èd) oswa ki fè pwomosyon gratis pou yo. Te deja pa gen anpil bonjan estrikti pou akeyi evènman kiltirèl, tranblemanntè 2010 la menm te vin detwi kèk ti sa ki te genyen yo. Centre d’Art, ki se temwayaj epòk glwa penti ayisyèn nan te genyen, tonbe atè. Bibliyotèk Solèy, ki pou ekriven-pent-jounalis Pierre Clitandre, te resevwa gwo domaj epi gen anpil difikilte pou rekonstwi l. Bibliyotèk gwo istoryen Georges Corvington te tonbe atè tou. Menm jan an tou, kay kote mize ak galri la Nader yo ye a te resevwa anpil domaj; mize sa yo ak galri sa gen landan l patrimwàn penti ayisyen an. Yo kite atis yo travay pou kont yo, oswa y ap rete tann èd nan men kèk ti ponyen enstitisyon tankou Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL) yon filantwòp meriken finanse.

14 5

tan, soufrans, lapèrèz ak santiman pèp la genyen devan ekzistans li. Dans fòlklorik la gen yon gwo richès nan tout ekspresyon li yo epi li pèmèt moun konnen yon pil ak yon pakèt rit li genyen. Se yon sous enspirasyon li ye pou mizik k ap fèt jounen jodi a. Malgre tout sa, pa gen anpil aktivite dans ki òganize an grann manchèt ; pa menm gen yon festival anyèl, menm jan genyen l pou mizik, teyat ak sinema. Kijan nou kapab pale sou richès kiltirèl Ayiti san nou pa mansyone lye istorik pou touris lokal ak entènasyonal yo, kote yo fè pèlerinaj ak rechèch ? Pa gen okenn dout sou sa, Sitadèl Laferyè se kote yo plis konnen. Se yon moniman istorik ki chita sou yon baz kote ki gen wòch epi ki byen wo sou Pik Laferyè, ki a 900 mèt wotè ; li chita nan yon distans anviwon 27 kilomèt nan sid Okap epi a 8 kilomèt sou tèt Milo, ki se de (2) vil ki nan Nò peyi a epi ki a anviwon 250 kilomèt parapò ak Pòtoprens. Sitadèl la se egzanp kreyativite Ayiti genyen nan domèn achitekti epi se yon senbòl vivan gwo fòs kiltirèl peyi sa. Gwo tonton fò sa, ki pi gwo nan Karayib la, Henri Christophe te fè li kou lagè pou peyi a te pran endepandans li an te fini, yon jan pou te bay kolon blan ewopeyen yo yon kanpe lwen ; UNESCO te klase sitadèl la nan lane 1982 kòm patrimwàn kiltirèl mondyal limanite. Men gen lòt lye tankou Palè Sansousi, Zile Latòti, Mòl Sen Nikola, Fò Jak, Kot Labadi, elatriye, se bonjan sant pou atire touris yo ye. Klima a ki gou anpil ak plaj Ayiti sa yo ki resevwa bonjan solèy, se yon mèvèy. Solèy la se te toujou yon gwo atraksyon li ye pou etranje yo, lè Ayiti te yon referans nan kesyon touris la. Jounen jodi a, ekspè yo panse yo kapab itilize limyè solèy la pou pwodui elektrisite pou tout peyi a nèt. Akòz enstabilite politik epi gwo goumen ki genyen toutan nan peyi a, sa vin fè Ayiti –yo te rele l nan tan lontan « Bijou Anti yo »- vin pa tounen yon destinasyon pou touris entènasyonal yo k ap chache kote ki gen plis sekirite, enfrastrikti pou akeyi yo ak pi bon kondisyon kote moun kapab viv. Malgre gwo mouvman kiltirèl sa ak kreyativite sa ki enpresyone moun anpil, pa gen anpil atis ak atizan ki rive viv sou travay yo akòz politik kiltirèl ki pa genyen. Leta, ki anpil fwa kwense ak pwoblèm sosyal ijan, rete chita ap


6 14


Chapit 6 Adriana Santiago, Benedito Teixeira e Paola Vasconcelos

Konstwi pwòp rezistans pa l

14 7

Yon pèp ki ap soufri, ki prèske pa kwè ankò, ki febli, li te kapab gen tout kalte rezon pou l renonse gen yon minimòm diyite. Plis pase de (2) syèk apre Ayiti te pwoklame endepandans li anba Lafrans, Ayisyen yo te konnen -pandan yon vyek ti tan- sa ki rele viv nan yon nasyon ki granmoun tèt li. Jounen jodi a, y ap viv anba bòt anviwon vennsenk (25) peyi, atravè plizyè milye ONG epi anba fòs okipasyon yo ki sou tèritwa ayisyen an. Gen kèk ladan yo ki di sa klè, men gen lòt tou ki gen yon objektif –nou kapab di- ki “nòb”; gen lòt ankò ki pa tèlman gen objektif sa a an reyalite. Poutan, atravè kèk ti aksyon, sa nou kapab wè sèke gen yon fòs ki anba anba e –sa ki plis etone nou- fòs sa parèt sòti nan yon kontèks kote y ap eksplwate pèp la anpil nan plizyè nivo: politik, ekonomik, kiltirèl, sosyal ak anviwònmantal. « Peyizan yo ap viv nan kondisyon lasante, lojman ak edikasyon ki difisil anpil. Si nan kondisyon sa yo, yo rive bay mwatye peyi a manje; imajine ou kouman pwodiksyon agrikòl la te kapab ye si yo te pran sektè peyizan an yon ti kras oserye ». Se deklarasyon sa de (2)

Foto: James Alexis

Pèp ayisyen an prèske pa janm viv an pè, san li pa bezwen defann tèt li kont etranje; konsa, li toujou kenbe byen fon nan kè l yon ideyal rezistans. Nan yon sitiyasyon kote popilasyon an ap fè fas kare ak gwo vilnerablite, kesyon pou li rete granmoun tèt li ap kabicha nan volonte li genyen tou dabò pou li rete vivan. Eksperyans òganizasyon nasyonal yo ak òganizasyon etranje yo tou montre fòk gen plis òganizasyon ak solidarite entènasyonal pou Ayiti kapab rive rekonstwi pwòp istwa pa l.


Konstwi pwòp rezistans pa l Brezilyen ki manm Mouvman Peyizan san Tè (MST), enjenyè agwonòm Dayana Mezzonato ak pwofesè istwa José Luís Rodrigues (Patrola), te fè. Dayana Mezzonato ap travay depi 2011 ak Brigad Desalin MST ki ann Ayiti, alòske Patrola manm brigad sa depi lè li te fenk koumanse nan lane 2009. MST ak Via Campesina ann Ayiti depi janvye 2009, y ap fè yon travay ki difisil: koumanse yon pwogram solidarite ant òganizasyon peyizan yo. Apre yo te fin pase yon lane ap etidye reyalite riral la, Mezzonato ak Patrola esplike gwoup yo te tabli yon bann relasyon ak òganizasyon peyizan yo pou mete yon pwogram sou pye pou fè echanj epi pou youn ede lòt, atravè yon brigad solidarite. Brigad sa a, ki gen ladan l l plizyè manm, gen objektif kore òganizasyon peyizan yo: nan ba yo èd teknik, nan enstale sitèn, nan konstwi sant pwodiksyon semans, nan fè elvay kabrit, nan fè rebwazman, nan konstwi yon sant nasyonal eksperimantasyon ak agwo-ekoloji. Li voye tou kèk jèn ayisyen nan peyi Brezil pou fè yo konnen eksperyans MSTak Via Campesina. « Nou deja voye plis pase 70 jèn epi nou ap òganize gwoup ki gen pou ale yo », se sa teknisyen MST yo enfòme. Sa ki pi enpòtan nan travay sa, sèke misyon solidè brigad la fèt nan yon relasyon egalego epi nan tètkole ak mouvman peyizan yo. Pa gen anyen ki fèt sou kote, san relasyon: sa fèt nan kòdinasyon. « Konsa, nou pa enpoze jan nou wè bagay yo, vizyon nou. Okontrè, nou pati ak sa òganizasyon yo gen bezwen oswa sa yo ta renmen fè epi, ansanm ak yo, nou fè plizyè travay », se sa Mezzonato ak Patrola di. Òganizasyon Batay Ouvriye ki aktif tou nan kesyon defann dwa travayè riral yo pale sou tout difikilte ak kapasite agrikilti a genyen. Pòt pawòl Batay Ouvriye a, Yannick Étienne, esplike blokaj sosyoekonomik Ayiti se yon gwo baryè li ye pou devlòpman peyi a. « Sa esplike poukisa sistèm nan pa kapab kreye anpil djòb. Sistèm feyodal ki nan peyi a, pa egzanp, prèske pa sou moun ankò. Annou pran egzanp pwoblèm peyizan yo k ap lite, men ki pa kab pwodui materyèl pou ogmante pwodiksyon an e, poutèt sa, yo pa kapab ekspòte. Nou nan yon sitiyasyon kote sistèm ekonomik la chita sou yon agrikilti ki prèske pa gen mwayen

Camille Chalmers, kòdonatè jeneral Platfòm ayisyen k ap plede pou yon devlòpman altènatif (PAPDA). Foto: Ermanno Allegri

pou pwodui. Sa mande pou gen yon estrateji ki diferan ak bonjan envestisman pou kapab genyen yon posiblite ekonomik pou chanje oryantasyon li », se sa Étienne deklare, nan yon entèvyou ak Adital. Batay Ouvriye travay tou ak òganizasyon peyizan yo nan objektif pou ini travayè riral yo atravè yon Kòd pwosedi, yon jan pou pèmèt yo òganize tèt yo epi pou fè respekte yo. « Nan chak lokalite, nou gen òganizasyon sendikal peyizan, men si youn pa pre lòt, nou mete yo ansanm anba yon menm kòdinasyon. Pafwa, nou ini kòdinasyon sa. Sa rann travay gwoup la pi fasil, sa fè nou vin pi fò », se sa Étienne di.

Li se tou dabò yon fòs Pou li montre nou fòs pèp ayisyen an toujou genyen, malgre tout pataswèl sosyal, politik oswa lanati ap ba li, Camille Chalmers -ki se manm Platfòm ayisyen k ap plede pou yon devlòpman altènatif (PAPDA)- rfè konnen sa ki te pase apre tranblemanntè 2010 la. « Pèp ayisyen an bay yon konkennchenn repons, li montre yon solidarite ekstrawòdinè atravè rezo yo ki andedan peyi a, e se pa sèlman

8 14


Ayiti pale

Kontribisyon fanm yo Rive konstwi yon fiti ann Ayiti kote gen demokrasi nan patisipasyon egalego, sa pral depann anpil de lit fanm yo ap mennen. Yon lit ki ap fèt ti pa ti pa, men toutan, san pran souf. Nan Aks estratejik kominotè li yo, Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA), ki gen ladan l anviwon 10.000 fanm nan sèt (7) sou dis (10) depatman peyi a, ap travay sa gen 25

lane nan dimansyon politik, ekonomik ak kiltirèl, tankou jan Carole Pierre-Paul Jacob, dirijant òganizasyon an, te esplike nou. « Lit kont povrete a ki ap frape fanm yo», « sante fanm yo » epi « lit kont vyolans sou fanm yo »: se twa potomitan ki la pou garanti diyite fanm yo ki –lè mari yo pa la swa paske yo mouri anba katastwòf natirèl yo, swa anba vyolans swa paske yo pati nan lòt peyi pou ale chache lavi miyò- ap goumen pou bay pitit yo manje. Menm jan an tou, yo ba yo fòmasyon pou yo kapab panse epi travay pou yon Ayiti ki granmoun tèt li nan zafè politik ak ekonomik. SOFA eseye bay fanm yo mwayen yo bezwen pou yo kapab vin granmoun tèt yo onivo ekonomik, sitou nan domèn sekirite alimantè a, menm jan tou li denonse reyalite eksplwatasyon kapitalis la. Youn nan pwojè ki pi enpòtan li genyen, se pou mete aladispozisyon fanm yo machin transfòmasyon mayi. Se yon aksyon y ap fè nan tètkole ak PAPDA ki li menm pote enjenyè agwonòm ak teknisyen li yo pou akonpaye pwosesis la. Nan awondisman Plezans, SOFA ede anviwon 500 fanm nan lokalite Pewoèd, alòske nan lokalite Chino gen plis pase 600 fanm ki benefisye pwogram nan. « Ak pwogram sa, gwoup yo vin pi djanm, fanm yo vin pi fò pou yo kapab mennen lit la nan rejyon an, yo kapab vin gen yon òganizasyon ki pi gwo epi konsa yo kontribye tou nan kore SOFA», se sa Carole Pierre-Paul Jacob esplike. Moulen mayi a koumanse deklannche tout yon pwosesis pou kwape depandans la ak povrete a. Yo òganize tèt yo ak moulen yo, an koperativ. Yo rive ekonomize lajan yo prete lòt moun pou yo kapab achte lòt kalte materyèl. Konsa, moun ki benefisye pwogram nan rive debarase yo ak kèk difikilte sistèm kapitalis peze souse a enpoze sou tèt yo ann Ayiti. Nan yon peyi kote moun ki pòv yo ap viv ak mwens pase yon dola chak jou, lè yo jwenn posiblite pou patisipe nan yon pwogram ki pèmèt yo pwodui, sa ba yo posiblite pou jwenn yon lavi miyò. Yo menm rive, dapre Carole, jwenn kredi pou 100 dola pou yo kapab louvri ti biznis yo. Lè yon fanm rive amelyore sitiyasyon ekonomik li, sa vin fè li pa depann de rejim patriyakal la. Anplis pati teknik la, òganizasyon an travay nan bay fòmasyon sou ekonomi riral ak sosyal, detan li ap kore pa-

14 9

moun Pòtoprens yo ki te blije degaje yo nan sitiyasyon malouk sa yo; konsa, 1,5 milyon moun ki te lage nan lari a te rive viv, nan pataje youn ak lòt tout ti sa yo te genyen kòm rezèv. Pandan kat jou, m te manje nan lari, san m pa te depanse ni yon goud », se sa li sonje. Peyizan yo te mobilize pou voye manje, fwi, lajan, paske sistèm nan te paralize nèt. Epi, pou Chalmers, sa ki te pi ekstrawòdinè se 684.000 moun ki te pati kite Pòtoprens nan mwens pase yon semèn, akòz tranblemanntè a. E yo tout nèt: yo te resevwa yo, ba yo kote pou dòmi, ba yo manje, laswenyay apre gwo chòk ak twomatis yo te soufri anba tranblemanntè a. « Pa gen okenn kote yo te refize moun ki te debake yo. Anpil ladan yo te rive san yo pa te menm konnen ki bò pou yo te fè paske anpil nan jèn sa yo te fèt Pòtoprens epi yo pa te konnen anyen ditou nan zòn riral yo, yo pa te gen fanmi la, men yo te resevwa yo menm jan an tou -yon fason ekstrawòdinè ». Chalmers bay egzanp yon lokalite nan depatman Sant ki rele Papay: anvan tranblemanntè a li te gen sèlman 8.000 moun, epi apre tranblemanntè a li te rive gen 18.000 moun. « Epi yo te resevwa tout nèt, yo te ba yo kote pou rete, yo te ba yo manje ak laswenyay. Men yo pa pale ditou sou sa, sa pa parèt nan laprès oswa nan televizyon, pa gen dout sou sa: se paske yo kont sa epi yo sèlman vle montre menm imaj ki negativ la toutan de Ayiti », se sa li regrèt. PAPDA te ekri rapò sou eksperyans altènativ yo apre tranblemanntè a; men, yo te mete solidarite sa ak eksperyans pèp ayisyen an sou kote, yo pa te pale de yo, yo te bliye yo, « petèt se pou te montre gwo tonton deplwaman èd imanitè yo ak ajans entènasyonal yo. E petèt yo te pwofite moman kriz la pou pote gwo chanjman yo te vle fè anfavè enterè entènasyonal yo ak enterè gwo pisans ekonomik mondyal yo. Sa klè », se sa Camille Chalmers di.


Konstwi pwòp rezistans pa l

Carole Pierre-Paul se kòdonatris

tisipasyon fanm nan direksyon pwojè yo. SOFA di li travay sèlman nan kesyon oryantasyon. « Sa ki pi enpòtan, sèke tout kominote ki pran yon desizyon, sa vle di yon inisyativ, se menm li menm ki dirije inisyativ li, an granmoun », se sa Carole di. Gen yon fòmasyon sou modèl jesyon, maketing ak kontablite. Gen yon lòt aktivite ekonomik tou nan bidonvil Pòtoprens yo, tankou pa egzanp nan Matisan. Se yon pwogram yo gen ak moun k ap viv nan bidonvil la, pou fè materyèl pou fè rad. Batay Ouvriye travay tou nan bay fanm yo pouvwa (nan lang angle, empowerment), yon jan pou kore lit la. Gen yon pwojè nan vil Wanament, se zòn franch la ki tou pre Repiblik Dominikèn kote yon gwoup fanm ap fè napkin antwal (ti sèvyèt). Pòtpawòl la Yannick Étienne esplike se pa nenpòt ki napkin, men yo se atizana ki bèl anpil. Atik sa yo, yo fè yo ak ti moso twal endistri ki nan zòn franch la jete. Yo kòmanse fè ti sèvyèt yo nan kole ti moso twal yo, selon teknik “patchwork”. Yannick Étienne di pwo-

Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA) Foto: Francisca Stuardo

dui sa yo, yo vann yo fasil fasil sou fwontyè a. « Sa enteresan anpil paske li ede ekonomi an. Sa ede fanm yo non sèlman pou yo mete tèt yo ansanm, men tou pou yo kapab rantre lajan, fè rasanbleman sikosoysal nan kominote yo, nan ede yo libere tèt yo epi kreye yon lespri gwoup nan mitan yo. Nan zòn sa yo, sèl aktivite sosyal ki genyen, sèl amizman ki genyen, se Legliz la », se sa li di. Piske fanm sa yo travay anpil, epi yo pase anpil jou ap mache pou ale vann ti sa yo kapab la nan mache enfòmèl, pwojè Patchwork la ankouraje yo pou fè lòt eksperyans, pa sèlman pou amize yo ak pou rantre yon ti kòb, men tou pou yo pataje ak lòt fanm. « Sa vin bay reyalite moun sa yo yon lòt sans ak anpil lòt posiblite. Piske nou pa gen resous ekonomik, nou mande moun k ap travay nan zòn franch yo pou yo ba nou moso twal yo, epi nou distribye yo bay medam yo. Reyèlman se pa yon pwojè nou fè pou rantre lajan. Se lè nou fin vann pwodui yo, lajan an rantre. Nan òganizasyon Batay Ouvriye, nou pa kwè anpil nan pwojè yo si yo pa bay lit sosyal yo sans. Se kòz sosyal yo ki potomitan aktivite nou yo », se sa Étienne ajoute pou di. Dapre Carole Pierre-Paul Jacob, manm direksyon SOFA, sitiyasyon an difisil, men gen lespwa. Selon refleksyon li fè, li panse solisyon an pou Ayiti chita nan kreye yon lòt klas politik ki pa dwe tchoul Etazini. Nou pale de yon klas politik « pwogresis, ki kapab poteyon lòt vizyon ekonomik, sosyal ak politik pou peyi a». Klas politik ki la jounen jodi a, ki toujou sou pouvwa a epi ki ap fè tout sa l konnen pou vann peyi a, li chita sèlman ap gade lonbrik li. « Ak rejim sa, ki louvri de batan pòt Ayiti pou biznis, pap janm gen okenn chanjman. Li vin rann peyizan yo ak klas popilè a pi pòv. E chak jou y ap vin pi pòv. Fòk nou pote yon chanjman, yon chanjman nan konsepsyon politik peyi a, men sa ap vin pi difisil e li ijan pou konsyans popilè a reponn ak chanjman an ». Ann Ayiti, selon dirijan SOFA a, pouvwa nou wè a, se pa vrèman yon pouvwa ki nan avantaj pèp la. Pouvwa tout bon vre a ann Ayiti se pouvwa ekonomik sila yo ki gen lajan nan men yo; se menm yo menm ki kanpe ankwa kont tout desizyon politik nan peyi a ak tout lide pou kreye yon pouvwa lagoch. Klas dominant lan pa louvri lespri l pou konprann nouvo lide k ap brase nan mond lan, ni pou l

0 15


Ayiti pale

Majorite popilasyon ayisyen an viv de kòmès enfòmèl la. Foto: Francisca Stuardo

prezidan Préval, men entansyon li te genyen se te pou mete koripsyon andedan sendika yo atravè moun nou rele ‘enflitre yo’. Yo te ofri lajan ak yon bann lòt avantaj. Men poko gen okenn ouvèti ak gouvènman sa », se sa li di. Anplis, Batay Ouvriye remake represyon kont mouvman sosyal sa yo ak travayè yo ap vin pi fò anba gouvènman sa ki gen ladan l anpil moun ki sòti nan ansyen rejim Duvalier a –milisyen tonton makout, pa egzanp- ; moun sa yo di yo vle demokrasi men ofon sa yo vle se pou deplòtonnen represyon nan peyi a. Gen anpil bagay k ap pase. Kidnapin, moun k ap mande epi k ap touye nan lari a, epi pa gen okenn solisyon sou sa. Fòs Minista a tou, y ap kale jèn yo. Nou gen yon klima « ki kapab dejenere nenpòt ki moman. Nou pa konnen ki sa ki kapab pase pita, sa bay tèt chaje », se avètisman sa Yannick Étienne bay. Chalmers bay Michel Martelly jwèt non « pwodui Etazini fè », non sèlman kòm prezidan men kòm moun tou. Li esplike pwosesis ki te fè yo te eli misye kòm prezidan.

15 1

konprann chanjman, pwogrè, yon platfòm òganizasyon tankou SOFA ak PAPDA ap defann. Klima kraze zo diktati Duvalier a pa la ankò, men Madam Carole gen presantiman gen yon pi gwo malè ki pandje sou tèt nou. « Kounye a nou gen yon gouvènman tounèf, men sa pa vle di rejim politik la chanje pou sa. Okontrè, rejim sa sanble pi atoufè paske li prezante devan nou ansyen sistèm nan ki te disparèt sa gen 25 lane ». Rejim prezidan Michel Martelly a ap montre sa li gen anba pat li, li tounen ak ekstrèm-dwat la « nou te panse ki te disparèt nan peyi a. Rejim Duvalier a retounen ankò, yon lòt fwa. Sa vin oblije nou tou, kounye a, mete tèt nou ansanm epi vin pi djanm pou nou mache pou pi douvan », se obsèvasyon sa l fè. Konsènan travayè yo, Yannick Étienne, manm Batay Ouvriye, gen kèk rezèv tou parapò ak gouvènman sa, paske yo poko janm kapab wè okenn ouvèti bò kote l pou dyaloge. « Nou pa gen okenn relasyon ak gouvènman sa, paske li pa kore aksyon sendika yo. Nou te gen yon eksperyans ak


Konstwi pwòp rezistans pa l

Fanm yo pran swen tout yon vil Adriana Santiago

Nan Ènri, yon vil ki nan yon distans anviwon 180 kilomèt nan nò Pòtoprens, se fanm yo ki kòmande. La, yon ti vil agrikòl gen ladan l yon koperativ rantab fanm SOFA yo mete sou pye. Yo transfòme mayi a, yo vann li, yo rantre yon ti lajan epi yo prete lòt manm kominote a kòb paske labank pa finanse ti kòmès yo epi yo pa bay kredi pèsonèl nonplis. Violenne Saint-Pierre, ki se kòdonatris SOFA nan Ènri, di tout sa fanm yo genyen, tankou teren an, enstalasyon yo, kay yo ak ekipman yo, se gras ak kòb yo fè nan plante ak transfòme sereyal yo, sitou mayi. Lè benefis yo kòmanse parèt, yo te kreye yon liy mikwo-kredi epi yo te enpoze

Nan vil Ènri ki nan yon distans anviwon 180 kilomèt nan nò Pòtoprens, se fanm yo ki kòmande. Fotos: Ermanno Allegri

tèt yo kòm yon fòs politik nan vil la. Menm lè te gen inondasyon oswa lòt katastwòf natirèl, e menm lè tranblemanntè a tou, yo pa te soufri twòp anba konsekans yo. Se reyèlman yo menm menm ki kòdone travay solidarite yo. Carole Pierre-Paul Jacob, ki se direkris nasyonal SOFA, bat bravo pou ti viktwa sa yo òganizasyon an ranpòte sou sistèm patriyakal la apre 25 lane depi li ekziste. Machin transfòmasyon mayi yo pèmèt fanm yo reprann aktivite ekonomik yo. Jounen jodi a, SOFA gen anviwon 300 fanm ki ap patisipe nan pwogram sa. « Yo òganize tèt yo pou kont yo ak moulen nou te ba yo, yo peye dèt yo, yo òganize tèt yo nan koperativ,lajan ki rete a, yo prete lòt moun li pou yo envesti nan pwòp kòmès yo, pou kore devlòpman lokal la ».

2 15


Ayiti pale

Tout sa fanm yo genyen nèt, tankou teren an, enstalasyon yo, kay yo ak ekipman yo, se gras ak kòb yo fè nan plante ak transfòme sereyal yo, sitou mayi.

3

yo, ka pwostitisyon yo ak ka sida yo, nan biwo akèy yo ak biwo konsilyasyon yo genyen yo. Se yo menm tou ki ap rezoud pwoblèm lekòl ki manke pou timoun yo epi ki blame paran yo lè yo vann timoun yo nan trafik moun nan Repiblik Dominikèn. Retounen bay tèt yo valè, sa pase atravè granmoun yo, epitou atravè gason yo, nan klas alfabetizasyon yo ba yo aswè, epitou nan fèt popilè yo tankou fèt manman ak fèt Nwèl yo òganize. Se sa SOFA ap chache tou ak aktivite sosyal fanm yo. « Ak pwojè sa ki bay fanm yo pouvwa ekonomik pou yo kapab defann tèt yo, li pa fasil pou yo tonbe nan sitiyasyon depandans », se sa Carole Pierre-Paul Jacob di. Li esplike nou de (2) aks travay yo. Premye a se lite kont rejim patriyakal la, epi dezyèm nan gen pou objektif transfòmasyon total kapital. E tout sa nèt reyisi nan Ènri. SOFA se yon òganizasyon ki nan sèt (7) depatman nan peyi a, li gen 10.000 manm onivo nasyonal epi li gen kèk pwojè ki enpòtan. Ak PAPDA, li ap travay depi twa lane sou yon pwojè ki gen ladan l agwonòm, teknisyen ak enjenyè, pou fè fòmasyon ak edikasyon sou ekonomi riral ak sosyal pou fanm yo. Gen yon fòmasyon tou sou modèl jesyon, maketing ak kontablite. Anfen, se tout yon richès, san li pa menm jwenn okenn sipò bò kote gouvènman an.

15

Direktris la esplike nou souvan gen kèk koperativ ki fè biznis oswa kòmès ak vyek ti kantite kòb, pa egzanp 50 goud. Li di tou sistèm kapitalis la tèlman difisil ann Ayiti, pòv yo pa menm gen dwa pou resevwa yon kredi labank. Bagay ki pozitif nan pwogram sa, sèke li kapab pwodui san li pa gen chay sistèm kapitalis la sou do li ». Ak mikwo-kredi fanm yo fè ant yo, yo vin gen pouvwa pou achte yon jan pou yo kapab koumanse ak pwòp biznis yo. Jounen jodi a, ak posiblite yo gen pou jwenn kredi solidè pou yon kantite lajan ki vo prèske 100 dola meriken, nivo lavi a ogmante. E konsa rejim patriyakal la vin pa tounen yon pwoblèm paske yo gen plis pouvwa kounye a. « Pa egzanp, nivo lavi pòv la li mwens pase yon dola chak jou. Pwogram sa yo bay fanm nan yon nivo ekonomik ki po wo paske li gen posiblite pou jwenn 100 dola nan yon jounen. Se yon lòt nivo, fanm sa pral santi li plis granmoun tèt li ». Violenne Saint-Pierre dakò ak sa paske li bay temwayaj sou gwo chanjman ki fèt nan Ènri apre yo te fin kreye koperativ fanm yo, e pa sèlman nan sa ki gen arevwa ak kredi yo epi ak lavi miyò pou fanm yo onivo ekonomik, men tou nan fè fanm ki nan zòn nan vin bay tèt yo valè. Se yo menm ki rezoud pwoblèm vyolans domestik (nan kay) oswa vyolans seksyèl


Konstwi pwòp rezistans pa l Yo sipoze popilasyon an te fache kont gouvènman ki te la anvan an epi kont Minista; kidonk, nan tout kanpay Martelly a, yo te ideyalize yon moun yo te montre ki te pi lwen gouvènman an, pi lwen pouvwa a. Men, konklizyon PAPDA fè, sèke se yon kandida ki te montre li adwat nèt epi li te montre li gen anpil relasyon ak ansyen divalyeris yo. Li di gen anpil moun ki te wè l tankou Kòkòt ak Figawo ak ansyen chèf diktati Duvalier yo; konsa, sa te parèt tankou ou ta di se yon revanj, kòmsi tout krèm klas mwayèn nan ki makònen ak diktati a te tounen sou pouvwa a. Yon lòt bò, Martelly te kapab tou yon alimèt ki pou fè fòs popilè demokratik yo reòganize tèt yo, malgre sa te koumanse anvan li te parèt.

Se yon laboratwa dominasyon? PAPDA- yon òganizasyon ki jounen jodi a reprezante pèp ayisyen an pi byen petètnan lit l ap mennen pou fè tande vwa l nan desizyon politik ak ekonomik y ap pran pou oryante peyi a- esplike nou byen anpil koze sou istwa peyi a pou nou kapab konprann Ayiti. Kòdonatè l, Camille Chalmers, klè sou sa lè li di nou: Ayisyen yo ak kominote entènasyonal la gen jounen jodi a anpil difikilte pou aksepte Ayiti se yon peyi tankou tout lòt yo. Mond lan ap viv nan yon kontèks dominasyon enperyalis epi sanble yo fè peyi a vin tounen yon pretèks. Pa egzanp, pou yo jistifye ideyoloji enperyalis la, yo itilize Ayiti tankou egzanp yon peyi ki echwe, yon jan pou yo kapab jistifye okipasyon militè ak ekonomik la. Menm lè li se yon ti pwen ki tou piti nan gwo tonton mond lan, ti peyi sa ap gen plis enpòtans chak jou, paske dapre Chalmers yo itilize l tankou yon laboratwa kote yo ap fè eksperyans kèk nouvo fòm okipasyon militè ak rekolonizasyon , kote enstitisyon finansye entènasyonal yo, sistèm Nasyonzini an ak gwo ONG ki makònen ak enterè fondamantal kapital transnasyonal la gen prèske tout kontwòl sou li nèt. Nou kapab nonmen non Minista, Komisyon entèameriken dwa moun (CIDH), Bank mondyal (BM), Fon monetè entènasyonal (FMI), pami yon pil ak pakèt lòt enstitisyon. Dapre Chalmers, yo fè yon lekti ki toutafè vag ak demagojik sou reyalite ayisyen an, yon jan pou yo pwofite yon imaj yo bay peyi

a kòmsi li se yon peyi ki tèt anba, ki pa òganize ditou, ki pa gen eksperyans politik, yo nye tout yon istwa, tout eksperyans li genyen depi nan tan lontan; objektif la se pou yo jistifye okipasyon militè a ak pwosesis kolonizasyon an. Chalmers avèti sa kapab yon modèl yo kapab jeneralize epi itilize nan lòt peyi kote ki gen gwo goumen k ap fèt pou mete an kesyon enterè fondamantal enperyalis la ak fòs dominan yo.

Peyi a mare nan pye tab etranje Malgre lit pèp ayisyen an ap mennen ak anpil fòs ak kouraj pou li kapab toujou rete vivan, nan yon reyalite ki tèlman difisil e ki vin pi malouk apre tranblemanntè 2010 la, reprezantan brigad MST ak Via Campesina yo obsève, rive gen yon demokrasi ki vrèman patisipatif ann Ayiti se yon rèv ki lwen toujou. Gen anpil faktè ki kapab esplike kouman youn nan premye peyi ki te pran endepandans li anba metwopòl ewopeyen yo nan Amerik Latin ak Karayib la –youn nan premye peyi ki mete yon bout nan eksplwatasyon kolonyal la- te rive kite souvrènte nasyonal li a ap degrenngole desann konsa. Nan konjonkti n ap viv jounen jodi a, Leta ayisyen an twò fèb epi li tonbe nan kriz politik youn apre lòt ki sanble pap janm fini. Poutèt sa, tout sosyete a peye politik piblik ki pa genyen nan tout sektè yo nèt, dapre sa Mezzonato ak Patrola- teknisyen MST yo- di. Ak eksperyans mouvman travayè yo, Yannick Étienne, manm Batay Ouvriye, konsidere tou Ayiti dejouanjou ap vin plis tchoul lòt peyi. « Chak jou nou ap vin yon ti kras plis depandan de etranje, tankou pa egzanp nan enpòte manje. Nou enpòte pi plis, tankou pa egzanp diri, nou enpòte prèske tout bagay. Depandans lan ap ogmante toujou pi plis », se sa li di. Pou li menm, lajan ki te rantre pou rekonstwi peyi a apre tranblemanntè a, yo ta dwe itilize yo pou ba li yon oryantasyon ki diferan, pou konstwi yon lòt fason pou devlope ekonomi peyi a epi pou priyorize bagay yo yon lòt jan. « Nou pa kapab deside sou sa. Nou kontinye menm jan tankou anvan. Nou depandan anpil epi nou pa kapab fè anyen. Nou pa kapab fè eleksyon, deside sou rekonstri-

4

15


Ayiti pale

Yon gwo pati nan popilasyon an ap viv toujou nan ti joupa ki pa okenn enfrastrikti. Foto: Francisca Stuardo

litè, li pi fò toujou nan tout lòt aspè nan lavi sosyal, ekonomik ak politik la, ak envazyon ONG yo, sa vin ranfòse sitiyasyon depandans lan ankò pi plis. Mete sou sa, peyi a twouve l nan yon sitiyasyon ekstrèm povrete, plis pase 80% popilasyon li an ap viv nan povrete. Nan sans sa, patisipasyon pèp ayisyen an nan desizyon piblik yo, se yon bagay kominote entènasyonal la (tout plim tout plimay) limite, anplis li pa menm mete li dakò sou kijan li kapab bay peyi a kontribisyon li epi li vle pran nan plas Ayisyen yo desizyon ki konsènen yo. « Li enpòtan pou di kominote entènasyonal la pwofite povrete sa pou li kenbe yon asistana ki pa pwodui anyen, sa redui kapasite pèp ayisyen an genyen pou li patisipe kòmsadwa nan desizyon Leta ap pran yo », se sa analis la denonse. Nan dènyè ane ki sot pase yo, Leta ayisyen an, se yon elit -ki abandone devlòpman nasyonal la nan tout nivo yo nèt nan ekonomi a- ki ap dirije l. Nan sans sa, pati-

15 5

ksyon an, nou pa kapab deside plante nan peyi a. Tout sa, se òganizasyon ak antrepriz etranje yo k ap fè yo. Nou pa gen okenn pouvwa nan konstriksyon lekòl primè, segondè, pwofesyonèl ak inivèsitè yo. Nou pa kapab pran okenn desizyon sou sa, epi y ap fonksyone anba tant. Nou pa santi peyi a ap mache nan sans pou fòme jèn yo pou lavni. Nou wè pwofesyonèl yo ap kite peyi a chak jou pi plis », se sa dirijan òganizasyon sosyal la denonse. Jean Garry, se ayisyen li ye, li se analis nan Sant estrateji relasyon entènasyonal (nan lang franse, Centre stratégique des relations internationales -CEIRI) ki chita nan peyi Brezil. Li konnen fòs pèp li a genyen pou li kapab rive rete vivan nan yon sitiyasyon anpil moun konsidere ki « chaje ak dezespwa » ; men li reyalis tou epi li di retire pèp la nan sitiyasyon sa se yon pwosesis ki ap pran anpil tan epi anpil lòt inisyativ sitou nan domèn politik. Li fè remake prezans entènasyonal la pa sèlman mi-


Konstwi pwòp rezistans pa l

Lekòl gratis pandan vakans pou sila yo ki pa kapab peye

Adriana Santiago Ti jès ki senp makònen ak gwo aksyon yo, tankou entegrasyon ekonomik, ak yon travay pou lage koukouwouj dèyè tout akò Ayiti siyen, sitou ak Etazini tankou ALCA, Lwa Hope la (yo te siyen nan lane 2006 ki defini tout pwodui rad yo fè ann Ayiti

Marie Roseline Fénelus Saintelus se youn nan senk pwofesè volontè nan Plezans, ki montre timoun yo li ak ekri gratis ti cheri pandan vakans, akòz manke lekòl piblik. Foto: Ermanno Allegri

kapab rantre Etazini nan kondisyon kote yo ba yo preferans), epi pou fè gwo mobilizasyon kont APE (akò patenarya ekonomik ak Inyon Ewopeyèn). Yo pote plent, fè vijilans epitou yo fè pwopozisyon altènativ tou. Yo pote anpil atansyon sou akò Ayiti siyen ak Etazini, Inyon Ewopeyèn, OMC ak CARICOM. Men yo pa ni bliye ni devalorize aksyon debaz yo tankou pa egzanp aksyon anseyan yo nan Plezans. Pandan vakans, yo konn menm bay kou anba pyebwa yo, nan kay yo oswa, nan wikenn yo, nan sal lekòl yo prete yo. Yo anseye tou atizana, pa egzanp, kouman pou fè goutyè pou dlo lapli pa rantre andedan kay yo lè lapli ap tonbe. Men sa ki pi enpòtan an, se pa pou rete san fè anyen, sitou apre tranblemanntè a. « Nou te wè kèk timoun k ap mache ale Repiblik Dominikèn, pye atè, san lespwa », se sa Roseline esplike. Ti aksyon senp yo, tankou sa nou sot wè yo, fè pati travay PAPDA fè tou pou aji sou aks souvrènte alimantè a, entegrasyon ekonomik ak demokrasi patisipativ. Menm jan ak aksyon Roseline epi lòt anseyan volontè yo ki te ede 180 timoun nan lane 2010, PAPDA ap fè yon travay swivi nan Sidès ak nan Latibonit. La, li travay nan zòn kote yo rekòlte diri ak nan mòn yo tou, nan zòn ki byen lwen yo kote pou rive la ou dwe mache pandan uit èd tan. Epi nan tout zòn Nò, Nòdès ak Nòdwès. Nan rejyon sa yo kèk gwoup debaz ap travay depi pase 20 ak 30 lane pou kabap pwodui pi byen epi pi plis nan fè elvay bèf, manman bèf, kabrit ak poul. Yo amelyore nitrisyon an ak estrateji lokal yo epi ak pwodui yo fè ann Ayiti yo. Nan Sidès la gen yon pwojè melanj sereyal lokal yo ak farin ble pou yo fè pen

6 15


Ayiti pale

Ann Ayiti majorite lekòl yo se lekòl prive yo ye, tankou Lekòl Legliz episkopal Sen Matye ki nan Leyogàn. Paran yo, ki pa gen yon djòb ki fiks, fè gwo tonton jefò pou kenbe timoun yo lekòl. Foto: Ermanno Allegri

yo fè òganizasyon pwodiktè yo mete ti lajan yo rantre a ansanm. Depi plis pase 10 lane, PAPDA ap travay ak pwodiktè kafe ki manm RECOCARNO, e li prevwa pou asosye yo ak lòt gwoup pwodiktè tankou pa egzanp pwodiktè lèt yo ak moun k ap fè transfòmasyon pwodui agrikòl yo, sitou fanm yo k ap fè farin mayi, konfiti, elatriye. Yo bay agwoekoloji a yon gwo api teknik, nan pwodui fètilizan natirèl, vè tè, elatriye. E poutèt sa, gen yon pwogram echanj ak Kiba pandan twa mwa pou peyizan yo kapab aprann epi boukante konesans nan agwoekoloji ak estrateji pwodiksyon.

15 7

ak lòt pwodui boulanjri, anplis pou chache vann pwodui lokal yo tankou yanm ak manyòk. Gen tou lòt eksperyans atistik ak konsyantizasyon ak kèk gwoup jèn ki gen fòmasyon nan teyat popilè epi gen lòt eksperyans tou sou kesyon pwodiksyon manje ak souvrènte alimantè a. Kiba kolabore tou nan fòmasyon Ayisyen yo ki enplike nan travay kominotè PAPDA a, ak kèk medsen, ekonomis ak animatè nan edikasyon popilè. Nan zòn Nò, yo akonpaye yon òganizasyon k ap okipe tè ki pap fè anyen yo, Tèt Kole, epi yo ba yo kèk konsèy ekonomik pou yo kapab fè pwodiksyon ansanm, anplis


Konstwi pwòp rezistans pa l sipasyon tout sosyete a nèt, sa fèt atravè eleksyon yo ki fèb epi ki pafwa gen magouy ladan yo, men ki toujou fèt. Menm la, nou wè popilasyon an koumanse fatige anpil ak dinamik sa. Sèlman pou bay yon egzanp pou nou kapab wè klas politik ki la jounen jodi a pa gen okenn krediblite: nan dènye eleksyon ki fèt nan peyi a pou chwazi prezidan, pa te menm gen yon milyon moun ki t al vote sou yon total kat milyon elektè ki genyen antou. « Anplis tout sa, nou wè nivo patisipasyon sosyete ayisyen an ki deja fèb, se sitou lè li resevwa kèk nan vyek ti sèvis piblik li jwenn yo tankou edikasyon, transpò, lasante, lojman, manje ak lòt ankò. Pou nou bay yon egzanp sou sa, peyi a pa menm gen yon estasyon machin piblik. Pandan kolera a t ap fè ravaj la, sèlman 10% nan ka yo te rive trete nan enstitisyon Leta yo ; men tout rès la, yo te lage li bay ONG ak lòt Leta ki ap kopere », se sa teknisyen MST ak Via Campesina rakonte. Sosyete ayisyen an- ki gen 10 milyon moun k ap viv sou yon tèritwa ki pi piti pase Leta Parayib ki nan nòdès peyi Brezil-, yo lage l pou kont li. Popilasyon an pap kapab patisipe kòmsadwa nan desizyon ki gen arevwa ak oryantasyon peyi yo, si yo pa jwenn minimòm ki nesesè Leta dwe ba yo. Pi bon fason pou popilasyon an -ki nan vil yo ak nan zòn riral yo- patisipe nan lavi sosyete a tankou pwotagonis/aktè tout bon vre, se nan pèmèt yo jwenn sèvis bonjan kalite, djòb ak lajan pou yo rantre. Men malgre yo gen tout rezon nèt pou yo ta kraze yon kite sa, sa nou rive wè sèke gen yon òganizasyon sosyal ki estriktire. Sosyete ayisyen an gen yon kilti ki solid anpil nan kesyon patisipasyon. Pwoblèm nan sèke elit yo ki ekzèse pouvwa a pandan dènye lane ki sot pase yo tounen tchoul yon bann règ « kominote entènasyonal la » ba yo pou òganize sosyete a nan avantaj enterè ki pa gen anyen arevwa ak bezwen reyèl popilasyon an , dapre evalyasyon teknisyen MST ak Via Campesina yo fè.

Rèv demokrasi a Sa pa yon sipriz lè nou wè kouman sosyete ayisyen an tonbe nan gwo dekourajman jeneral, fas ak oryantasyon politik la ak ekonomi an pran jounen jodi a. E sa ki pi mal, pou Mezzonato ak Patrola, ki manm MST, dekourajman sa

pa kite nou wè okenn pèspektiv chanjman, pa menm pou yon tan ki plizoumwen lwen. Ni jan Leta a òganize jounen jodi a pap rezoud pwoblèm estriktirèl sosyete a genyen yo, ni fason sosyete sivil la òganize pap pèmèt jouk jounen jodi a nou jwenn chimen chanjman an aklè. Jean Garry dakò, yon demokrasi tout bon dwe gen ladan l patisipasyon ak enklizyon, sa kontribye pou kore yon klima estabilite politik ki nesesè pou kreye ak distribye richès yo egalego. Men, ranfòsman demokrasi patisipativ la enplike pou pèp la tounen vin granmoun tèt li (rekipere souvrènte nasyonal li), lè pèp ayisyen an kapab pran desten li nan men li epitou sa enplike pou redui ekstrèm povrete a ki pral diminye vilnerablite pèp la nan pwosesis politik yo ak nan fòmasyon pouvwa a. Camille Chalmers ensiste ak tout fòs li pou di pèp ayisyen an te toujou lite pou demokrasi; epi chak fwa li lite pou gen demokrasi nan sistèm sa, pou louvri yon espas patisipasyon politik, li twouve l bab pou bab anfas enperyalis la. E nou kapab di peryòd lit pou demokrasi a te fini ak Aristide, apre koudeta yo te bay prezidan sa a pèp la te chwazi nan eleksyon kote li te fè 62% nan tout vòt yo. Apre sa, te gen yon kriz kredibilite ki te vin deklannche nan sistèm politik la. Moun yo pa kwè ladan l ankò paske sila ki prezante tèt yo kòm kandida, yo konsidere yo kòm moun ki vle vòlò Leta epi bay fanmi yo gwo djòb, se poutèt sa moun yo pa mobilize ankò. Yo te mobilize pou vote pou Jean-Bertrand Aristide nan lane 1990, epi pou René Garcia Préval nan lane 2006. « Fòk nou konprann enpòtans politik vòt sa te vle genyen, se te pou di non, nou pa vle okipasyon paske pou yo menm Préval ak Aristide se te marasa. Pou pèp la, vòt sa se te pou reponn envazyon militè a, gen yon gouvènman toutbon, men yo te fè erè paske kou Préval te monte sou pouvwa, li te marye kò li rapid rapid ak pwojè dominasyon an. Yo te mobilize; men apre sa, pa janm genyen okenn mobilizasyon elektoral ankò. Nan dènye eleksyon ki sot pase yo, kantite moun ki te mobilize pou ale vote te mwens pase 25% parapò ak total moun ki gen laj pou vote », se sa Chalmers fè remake. Lè li konsidere pwosesis politik la pou analize poukisa Ayiti rive jouk nan degradasyon politik ak ekonomik kote

8 15


Ayiti pale

sa ki sou Channmas la, devan palè gouvènman an tranblemanntè a te detwi a. Foto: Francisca Stuardo

9

li twouve l jounen jodi a, Camille Chalmers tounen nan lane 1986, nan epòk diktati Duvalier a te rache manyòk li, lè te gen yon gwo mobilizasyon epi yon gwo inite nan mouvman popilè yo. « Nan peryòd 1986-1991lan, te gen yon dinamis ekstrawòdinè nan mouvman sosyal yo ki te anime pwosesis lit la, pou te gen chanjman estriktirèl ki enpòtan nan sosyete a tankou refòm agrè, refòm politik, deba sou envestisman nan kredi estriktirèl, men vyolans koudeta 1991 te mete yon bout nan tout sa ». Chalmers di objektif koudeta 30 sektanm 1991 lan se te pou elimine pèp la kòm aktè politik. Piske mouvman an te fò anpil, yo te deplwaye yon bann agresyon kont mouvman popilè a ak sasinay (yo te touye anviwon 5.000 moun), ak pèsekisyon dirijan yo, nan detwi estrikti òganizasyon yo ki te pran 20 oswa 30 lane pou konstwi kèk koperativ.Lekòl fòmasyon yo, ansanm ak tout dòtwa yo ak sal klas yo, fòs lame yo te detwi tout nèt. Depi la yo te koumanse ak yon estrateji divizyon andedan mouvman popilè a, nan itilize koripsyon epi nan kreye kèk pwogram kote yo aplike yon estrateji “kreye yon pil ak yon pakèt pwojè”. Nou kapab wè sa nan jan sosyete a redui

15

Kan ki atire plis atansyon moun se

an miyèt moso akòz koripsyon. « Nou gen kèk kominote kote gen kat oswa senk aksyon lasante pou 7.000 moun, epi aksyon sa yo depaman san yo pa gen okenn relasyon youn ak lòt. Yo chak gen bayè pa yo yo dwe bay rapò, men yo pa gen okenn relasyon ak lòt yo. Se sa nou rele fann mouvman sosyal la, redui li an miyèt moso, sa te vin pi grav akòz divizyon ki te vin genyen sou koze Aristid la », se sa Chalmers esplike. Li eseye fè bilan gouvènman Jean-Bertrand Aristide la, ki te reprezanteyon dezyèm liberasyon pou pèp ayisyen an. Li difisil pou fè bilan sa paske, dapre Chalmers, fòk nou ta konsidere divès moman epi, nan chak moman, gen kèk kontradiksyon sosyal. Aristid gen kat moman ki depaman youn ak lòt. Nan lane 1991, li te makònen ak klas popilè yo, men li pa te gen yon pwojè ki byen òganize. Ou vin jwenn apre, yon Aristide ki sòti tounen Etazini nan lane 1995, ak lame meriken an. Twazyèm moman sa, se Aristide ki te retounen sou pouvwa a nan lane 2001 epi, sa pa gen lontan, Aristide ki tounen sòti nan Afrik disid nan lane 2011. « Se kat moman ki depaman e, petèt, nan konsepsyon tradisyonèl sou lidèchip, lè ou panse si li bon, pa bon oswa si li reskonsab dezòd sosyal la, se dinamik fondamantal la ki genyen ant li menm ak moman an », se sa li esplike, detan li ensiste pou di, dèyè fraz sa yo, lonbray Etazini toujou la. Chalmers ba nou yon egzanp sou sa : li di nan sektanm 1991, kèk jou anvan koudeta a, Aristide te òganize yon reyinyon nan Palè nasyonal pou li prezante pwopozisyon Fon monetè entènasyonal (FMI) te fè sou yon Plan ajisteman estriktirèl. Li te mande minis li yo pou esplike tout moun nèt ki sa pwopozisyon FMI an te gen ladan l. Li te fè yon reyinyon ak 800 òganizasyon nan Palè nasyonal ; yo te retransmèt reyinyon an nan televizyon epi yo te difize l sou tout radyo nèt. Deba a te dire prèske 12 zèd tan. Kat jou apre, yo fè koudeta a. Lè Aristide te retounen sou pouvwa, li te siyen akò ajisteman ak FMI san li pa te di anyen; okenn moun pa te konn anyen sou sa. Rezilta sa bay, sèke nan lane 1995 yo te rive detwi yon gwo pati nan mouvman popilè a ak nan mouvman k ap fè revandikasyon yo, epitou yo te detwi kapasite mouvman sa yo te genyen pou fè entèvansyon politik. « Gen anpil diferans ant yon moman ak yon lòt, men anpil moun bay yon


Konstwi pwòp rezistans pa l

Sony Estéus se direktè ekzekitif SAKS (Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal), ki se sèl òganizasyon ki travay ak radyo popilè yo ann Ayiti. Foto: Ermanno Allegri

Kèk radyo popilè pou mouvman popilè a Por Adriana Santiago Plezans twouve l a 200 kilomèt Pòtoprens, li chita nan nò Ayiti. Li se yon awondisman nan nò peyi a kote agrikilti a solid epi kote koperativ RECOCARNO gen yon jaden ki pwodui anpil. Men lè nou te fè yon ti kanpe Plezans, se pa te pou pale sou agrikilti men pito sou radyo kominotè yo. La, gen de (2) : youn se pitit mouvman sosyal peyizan an li ye, li pa fonksyone paske yo te vòlè jeneratris la; epi lòt la ap fonksyone byen, se jèn yo k ap dirije l, epi se ak lajan ki soti aletranje yo finanse l. Se yon gwo kontradiksyon ki gen nan yon ti vil ki tèlman piti. Men gen yon bagay ki sanble: radyo a se yon okazyon popilasyon an genyen pou li fè tande vwa l. Sony Estéus, direktè ekzekitif SAKS (Sosyete Animasyon KominikasyonSosyal) –ki se sèl òganizasyon k ap travay ak kèk radyo popilè pou fè edikasyon kominote riral yo nan bay nouvèl sou lokalite yo epi nan monte yon pwogramasyon sosyal-, eseye esplike fenomèn sa ann Ayiti. Estéus se youn nan fondatè SAKS ; òganizasyon sa, yo te kreye l -sa gen 19 lane- pou ede òganizasyon riral yo ak òganizasyon debaz yo kreye kèk estasyon radyo nan kominote yo kote ki pa gen okenn mwayen kominikasyon pou bay nouvèl. Men gen lòt inisyativ ki fèt akote tou, tankou pa egzanp inisyativ sektè prive, ONG e menm Legliz Katolik ki envesti tou nan kèk radyo. « Gen lòt ankò, yo ant 40 ak 45 radyo (ki manm rezo SAKS), gen 35 ladan yo ki plis kominotè epi lòt yo plis lokal », se sa li esplike. Yo estime chak radyo atenn ant 5.000 ak 10.000 moun, menm lè chif sa kapab depaman sòti nan yon radyo pou rive nan yon lòt. Pa gen dout sou sa, mwayen kominikasyon ki touche plis moun ann Ayiti se radyo a. Se li ki pi gwo mwayen kominikasyon epi se li ki pi popilè. « Genyen tou sitiyasyon analfabetis la ki fè radyo a vin tounen yon zouti oral, yon mwayen kominikasyon popilasyon an itilize anpil », se sa Estéus esplike. Kidonk, se yon

0 16


Ayiti pale SAKS travay tou ak kèk radyo prive, men ki nan nivo lokal, pou yo difize pwogram edikatif yo. « Nou gen yon estidyo kote nou anrejistre kèk pwogram sou tèm tankou anviwònman, lasante, dwa moun ak dwa fanm yo, anplis nou pwodui pwogram enfòmasyon tankou yon magazin chak semèn. Nou voye pwogram sa yo sou CD bay radyo kominotè yo, epi kèk radyo prive lokal enterese tou pou difize pwogram nou yo », se sa li esplike. Konsa, direktè SAKS la panse travay ki fèt depi 1992 la gen yon bilan pozitif. « Anvan radyo kominotè yo, majorite popilasyon an pa te kapab pale nan medya yo. Piske sosyete ayisyen an se yon sosyete ki mete moun sou kote, esklizyon sa ekziste tou nan domèn kominikasyon an. Ak radyo kominotè yo, kèk sektè tankou peyizan yo ak fanm yo gen pwòp vwa pa yo, pwòp mwayen pa yo pou kominike youn ak lòt epi pou fè tande vwa yo. Se yon gwo diferans ki genyen nan domèn dwa kominikasyon an, dwa lapawòl epitou dwa moun », se sa li di ak anpil fyète. Epitou, selon li menm, se yon mwayen ki efikas pou ranfòse òganizasyon sosyal yo. « Ak radyo yo, li posib pou pale tankou sitwayen, epi pou sèvi ak yo pou mande lasante ak edikasyon», se yon espas kote popilasyon an kapab òganize tèt li epi li kapab jere konfli sosyal yo.

Difikilte ki genyen pou kouvri tout tèritwa a Nan lane 1995, entènèt kòmèsyal la blayi ann Ayiti men, jouk kounye a, sila yo ki pi pòv pa jwenn aksè ak rezo enfòmatik la, sitou nan zòn riral yo. Depi twa lane, SAKS gen yon pwojè pou mete radyo kominotè an rezo sou entènèt, men sa difisil anpil paske koneksyon an pa bon menm epi li chè anpil. Koneksyon pou yon òdinatè koute anviwon 80 dola chak mwa, konpayi telefòn tou nèf la –ansyen konpayi Leta ki privatize- vin ak pwojè pou touche zòn ki pi lwen yo, sa ta kapab yon solisyon paske kounye a pri entènèt la fè rezo a pa rantab. Yon lòt pwoblèm ki genyen, sèke lwa Ayiti yo pa rekonèt medya kominotè yo. SAKS gen yon pwojè lwa epi l ap goumen pou Palman a apwouve l, pou legalize radyo kominotè yo epi konsa pou yo kapab jwenn sipò lajan nan men Leta ak atire moun oswa enstitisyon ki kab peye pou fè reklam pou yo. Jounen jodi a, radyo yo fonksyone ak anpil pwoblèm, se sitou akòz pwoblèm kouran an. Yo fonksyone ak batri epi ak jeneratris (dèlko), lè pa gen elektrisite piblik. « Chak radyo gen pwòp sistèm pa l, tankou enèji solèy, batri oswa jeneratris. Li difisil anpil pou jwenn gaz pou jeneratris yo akoz sitiyasyon ekonomik

16 1

mwayen ki efikas anpil pou fè edikasyon popilè sitwayen yo, sitou sila yo ki rete byen lwen yo. « Youn nan kritè nou genyen pou kore yon pwojè radyo, se pou gen yon òganizasyon ki kreye pwojè a. Pou nou, radyo a dwe kore òganizasyon sosyal la epi fè pwomosyon pou gen lòt òganizasyon andedan kominote a, pou kapab ede moun yo chanje sitiyasyon yo », se sa li kontinye di. E li ofri divès kalte sèvis. Pa egzanp, nan yon fanmi kote mari a ap bat madanm li, fanm nan ale nan radyo a pou denonse l. Lè gen chirepit ant frè, ant manm kominote a, mikwo radyo a sèvi kòm jij epi li sèvi tou pou konvoke reyinyon. « Anvan, fòk nou te voye yon lèt, akòz distans ant lokalite yo. Kounye a, ak yon espòt ki dire 30 segonn, plizyè santèn moun resevwa enfòmasyon yo. » Estéus rakonte SAKS te koumanse nan lane 1992, lè anpil òganizasyon popilè te reòganize tèt yo nan menm epòk koudeta militè a. « Pa te gen libète lapawòl, se te baboukèt : medya yo pa te kapab travay epi òganizasyon yo ak kominikatè yo te dwe fè enfòmasyon sikile. » Fas ak rejim kraze zo a, moun yo te koumanse fè enfòmasyon sikile nan ti liv, nan kasèt epi nan lòt fòm kominikasyon ki te gen nan epòk la. Kidonk, li te klè fòk nou te kreye kèk mwayen kominikasyon lokal tankou radyo, jounal ak ti piblikasyon andedan òganizasyon sosyal yo. Kidonk, Sony, ki alafwa jounalis ak edikatè, di SAKS te koumanse òganize kèk fòmasyon pou gwoup debaz yo tankou peyizan yo, fanm yo ak jèn yo, sou kesyon kominikasyon (jounalis, entèvyou, repòtaj). E se konsa mouvman radyo kominotè a te koumanse. Jounen jodi a, gen anviwon 40 radyo lokal kominotè- SAKS ede òganize- ki touche zòn ki pi izole epi ki pi lwen nan peyi a ; se òganizasyon yo menm ki dirije radyo sa yo nan kominote yo. Òganizasyon sosyal la pa gen entansyon ni pou kontwole ni pou finanse radyo yo. Li kreye epi founi kèk pwogram; men pou finansman an ak majorite pwogramasyon an, se reskonsablite òganizasyon sosyal la ki dwe kenbe ak kore radyo a. Kidonk, objektif la se pou kore fòmasyon ak edikasyon an, menm lè SAKS konn ede òganizasyon yo jwenn kèk mwayen finansman tou. Men, li vle rete yon enstitisyon akonpayman pou òganizasyon yo epi sèvi kòm yon pon pou kèk ajans ki enterese nan kore kèk pwojè radyo. Òganizasyon Estéus ap dirije a, anplis fòmasyon li bay, li fè kèk pwogram edikatif tou, li pote enfòmasyon, kèk pwogram mizik epi, sitou, li akonpaye kominote yo nan domèn kominikasyon ak dwa lapawòl. « Filozofi nou se sa : kominikasyon an se yon dwa, menm jan ak dwa moun genyen pou manje, pou gen lasante, elatriye. ».


Konstwi pwòp rezistans pa l De (2) radyo ki depaman youn ak lòt nan Plezans

Asosyasyon jèn pou devlòpman Plezans reskonsab pwogramasyon Radyo VWA PÈP LA FM Estereyo. Foto: Ermanno Allegri

radyo yo. Nan gwo vil yo, tankou Okap oswa Jeremi, gen yon rezo piblik kouran, men pa gen sa nan pi fò lòt zòn ki gen radyo kominotè yo», se sa li esplike. Gwo difikilte ki genyen pou dyaloge ak gouvènman an anpeche pouvwa piblik yo rekonèt enpòtans radyo kominotè yo genyen paske, pandan kanpay kont epidemi kolera a ki te touye 7.000 moun nan peyi a ant 2010 ak 2011, gouvènman an te mande SAKS pou difize kèk mesaj edikatif. « Yo rekonèt, men yo pa kore », se sa Sony Estéus denonse. Se poutèt sa y ap goumen pou yo jwenn rekonesans legal la epi pou blije yo ba yo yon sipò finansye.

Radyo VWA PEP LA FM Estereyo twouve l nan ri Desalin, nan nimewo 103, tou pre sant vil la. Orè radyo a, yo distribye l ant kominote a, men se jeneralman Asosyasyon jèn pou devlòpman Plezans (AJPD) ki domine l. Nan apremidi, nou jwenn Jean Wildet-Myrtch, ki gen 25 lane, ak Casséus Fanel, ki gen 24 lane, yo toulède chita arebò yon odinatè epi yo ap chwazi mizik pou yo pase nan radyo a. Yo pa prevwa okenn programasyon edikatif, yo pa gen bon lokal, men yo rekonèt yo kapab pase kèk mesaj pou moun vil la. Men se pa yon bagay ki fèt tou tan. Jèn yo pa menm konnen SAKS, epi tout moun wè klè kou dlo kòk y ap aprann tankou timoun ki sou ban lekòl: nan fè « b a ba », nan fè erè, epi pafwa yo rive fè sa byen. Pwoblèm nan, sèke Radyo Kominotè Plezans la emèt sou ond kout epi yo te kapab, anplis pase mizik, mete li osèvis òganizasyon ak edikasyon popilasyon an. Nou te planifye yon rankont, nan sant vil Plezans la, ak reprezantan radyo òganizasyon peyizan Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, pou yo te kapab mennen nou vizite radyo a; se te Sony Estéus, direktè SAKS, ki te kòdone vizit sa pou nou. Radyo a ap fonksyone depi 1996 gras ak fòmasyon epi ak ranfòsman òganizasyonèl SAKS ba yo ; gras ak finansman mouvman peyizan an ba yo tou. Nou te atann nou nou ta pral rankontre yon radyo ki ap fè yon travay ki difisil epi ki gen yon pwopozisyon ki vanse anpil sou edikasyon popilè ak òganizasyon sosyal ak sitwayen pou kominote yo ki pi lwen nan peyi a. Nou te fristre anpil lè lidè peyizan yo, Louis Origène ak Luc Wilson Charles, enfòme nou gen sis (6) mwa depi radyo a pa fonksyone, apre yo te fin vòlè jeneratris la. Si enèji a te deja yon gwo tèt chaje nan pi gwo vil yo, kidonk sa pi mal nan pwovens yo kote nou jwenn radyo kominotè yo ki pi enpòtan pou popilasyon an. Apre 14 lane ap sèvi kominote a nan bay òganizasyon peyizan an gwo koutmen, radyoTèt Kole pa kontinye rete pi gwo tribin popilè a ankò, epi moun yo pa resevwa ankò enfòmasyon ki te konn rakousi distans ki genyen ant zòn y ap viv yo. Kounye a, nenpòt ti asanble oswa ti reyinyon yo vle fè, se yon tèt chaje pou òganizatè yo. « Nou te òganize tèt nou pou achte yon dèlko tou nèf men nou dwe jwenn yon kote ki gen plis sekirite e petèt ki tou pre vil la pou nou mete l », se komantè sa Origène fè, detan li montre li kontrarye anpil. Anfen, lidè peyizan sa yo pa gen lòt bagay ankò yo rete pou fè : kounye a yo dwe panse sou jwenn yon antèn ki pi pisan.

2 16


Ayiti pale Yo te tou adopte yon ekonomi ki chita sou enpòtasyon ak ekspòtasyon yo. Sa vin fè tou yo te kreye yon Leta ki te koumanse ap aji kont nasyon an; premye sa Leta sa te fè, se detwi nasyon an ak tout potomitan li yo. Se twa potomitan ki te genyen nan epòk sa. Kreyòl ayisyen an, yo te defann moun pale l. « Lè m te piti, yo te konn bay sila yo ki te pale kreyòl nan lekòl gwo pinisyon. Se konsa nou te gade wè pale kreyòl, ki se lang nou tout nèt, se te yon bagay anòmal! », se sa Chalmers rakonte. Vodou a, ki se plis pase yon relijyon pou Ayisyen yo, se yon relasyon ak inivè a; yo te toupizi l. Gouvènman an te mande pou touye tout houngan yo, li te fè yo boule tout tanp yo nèt. Se te yon pèsekisyon san pran souf. E pou fini, kòdonatè PAPDA a kontinye, yo te lage koukouwouj tou dèyè sa nou rele lakou peyizan an ki se espas kote yo pwodui manje pou satisfè bezwen kominote a genyen. Ou toujou jwenn lakou peyiza an chita sou espas kominotè okenn moun pa kapab vann paske li pa la pou vann. Tout represyon sa yo vin bay kòm rezilta yon sosyete ki bloke, kote ni Leta a ni nasyon an pa rive devlope. Yon nasyon ki pa gen idantite. « Yon bò, ou gen yon Leta neyokolonyal k ap goumen toutan detan li vle imite Franse yo ; yon lòt bò, ou gen yon pèp ki toutafè diferan », se sa Chalmers di. Li denonse tou Leta a ki anpeche fanmi agrikiltè yo pwodui manje sou tè ki bon yo paske tè ki bon yo, yo dwe plante sou yo pwodui ki pou ekspòte tankou kann, kafe, kakawo, elatriye. Nan konsepsyon neyoliberal la, se ekspòtasyon an ki pèmèt elit yo fè akimilasyon. Sa te kapab yon eleman klè ki pèmèt nou konprann sitiyasyon blokaj la ki esplike tou yon ti kras kouman fòmasyon sosyal la te devlope. Rive Etazini nan peyi a (okipasyon meriken an) vin mete abse sou klou parapò ak sitiyasyon an. « Etazini te kenbe menm sistèm nan gras ak klas politik la epi ak fòs lame yo Wachintonn te kontwole ».

Liberasyon tout bon vre n ap chache a Depi lè sa, Etazini te mete li alatèt eksplwatasyon politik ak ekonomik Ayiti. Nan lane 80 ak 90 yo, Ayiti te vin tounen yon gwo enpòtatè manje ak divès lòt pwodui meriken ankò. Jounen jodi a, li se twazyèm pi gwo enpòtatè diri meriken, alòske tè li genyen yo kapab pwodui ase diri pou tout

16 3

entèpretasyon moral detan y ap kondane epi y ap akize. Men, fòk nou konsidere tout pwosesis politik yo ak tout aktè yo pou nou kapab konprann tout kontradiksyon yo ki genyen ant kat moman depaman sa yo ». PAPDA ensiste fòk nou konprann enkoyerans ki genyen nan desizyon Aristide te pran yo. Pa egzanp, li fè yon rezistans tou piti pou yo pa te privatize kèk antrepriz kle, tankou pa egzanp TELECO, men anmenmtan li pa fè okenn rezistans kont chanjman FMI te enpoze yo. Liberalizasyon finansye a ak liberalizasyon kòmèsyal la pwovoke yon gwo tonton katastwòf sosyal, ki vin fè richès yo ale yon sèl kote detan povrete a ap vale teren, sitou nan sektè peyizan an. « Kidonk, li difisil anpil paske patizan Aristide yo di li te reziste anpil kont privatizasyon yo, alòske nou menm nou di li te aksepte plan ajisteman an nan tout dimansyon finansye ak kòmèsyal li genyen. Poutèt sa, li difisil anpil pou nou fè yon bilan ki ekilibre », se sa Chalmers di. Konsa, Aristide vin tounen, nan anpil nan peryòd ki sot pase yo, yon eleman enpòtan ki divize mouvman sosyal la an miyèt moso. Se jounen jodi a mouvman popilè ayisyen yo koumanse ap sòti nan divizyon sa, nan polarizasyon politik sa. Men yon detay ki enpòtan : Ayiti pa te toujou yon peyi pòv nan tout istwa l. Chalmers esplike gen yon diskou yo konstwi sou peyi a, diskou sa kache anpil aspè enpòtan ki te kapab pèmèt nou konprann reyalite a. Li enpòtan pou konprann sa ki te pase lè yo te siyen plan ajisteman yo ak FMI, depi nan premye akò a Jean-Claude Duvalier (Bebe Dòk) te siyen nan novanm 1984. Depi lè a, se tout yon liy politik ki ap detwi yon gwo pati nan kapasite pwodiksyon nasyonal la, nan kapasite ekonomik la. Yo te kreye yon mas ouvriye ki ap touche yon vyek ti kras kòb, yon jan pou yo te kapab satisfè bezwen antrepriz ekspòtasyon yo genyen. Chalmers fè analiz sa : nan pwosesis konstriksyon sosyal Ayiti a, apre revolisyon 1804 la, Jean-Jacques Dessalines te eseye konstwi yon pwojè nasyonal nan repati tè yo, nan fè refòm agrè, epi nan defann enterè mas pèp la ; se poutèt sa yo te touye l. Te vin gen yon peryòd tranzisyon e, depi 1805, nou gen yon Leta neyokolonyal (ki vin tabli ankò yon sistèm kolonizasyon tou nèf) ki te toujou eseye konsève makònay depandans yo ak kapitalis mondyal la.


Konstwi pwòp rezistans pa l popilasyon an. Dominasyon ekonomik lan pa te sifi pou Etazini, fòk yo te fè entèvansyon politik nan peyi a si yo te vle konplete tout sik gwo manman eksplwatasyon an.Deja nan lane 1915, ven mil (20.000) merin te okipe peyi e yo te rete ladan l pandan 19 lane. Sòti 1957 rive 1986, diktati Duvalier a (François Duvalier ak pitit li Jean-Claude) te jwenn sipò nan men meriken yo sitou. Depi 1991, lè Ayisyen yo te viv yon ti moman lespwa avèk eleksyon Jean-Bertrand Aristide kòm prezidan, Etazini te kore plis pase 2 koudeta ak 3 okipasyon militè ann Ayiti. Okipasyon ki fenk sot fèt la se te lè tranblemanntè 2010 la, kote 23.000 merin te debake ann Ayiti. Mezzonato ak Patrola, ki se manm MST ak Via Campesina, konkli li difisil pou peyi a sove anba pi gwo opresè li genyen paske li la toutan ann Ayiti. Si Ayiti ta manke fè yon pa pou li sòti anba politik sa, l ap jwenn bonjan pinisyon. Koupe fache ak sistèm dominasyon sa, ki mache bradsibradsou ak yon elit nasyonal, se youn nan pi gwo defi sosyete ayisyen an genyen si li vle devlope yon pwosesis demokrasi patisipativ tout bon vre. PAPDA kwè gen 2 bagay ki dwe fèt pou pèp ayisyen an kapab reprann mayèt peyi li. Rekonstwi mouvman sosyal la epi relanse lit fondamantal yo tankou refòm agrè a, refòm sistèm edikatif la, rebwazman an, sistèm sante piblik la, elatriye. Poutèt sa, PAPDA pwopoze pou konstwi yon Asanble pèmanan mouvman sosyal yo ki ta kapab reyini chak twa mwa epi li ta kapab yon espas kote tout moun ta kapab defini kèk estrateji ki komen ak lokal (nan pwòp lokalite l) ki te kapab vin tounen pwopozisyon nasyonal. Lòt aks la se ta konstwi kèk pati politik. Pati ki tou nèf epi ki reyèlman chita nan mouvman ayisyen yo ki ta kapab genyen kèk pwojè politik ki diferan, kèk pwojè kòm nasyon, pwojè pou nou vin granmoun tèt nou ki ta kapab pèmèt peyi a sòti nan tchouboum li ye jounen jodi a.

Lè èd la pa ede Fòk nou fè yon refleksyon sou rekonstriksyon an pou nou reprann mayèt nasyon an. Sitiyasyon sosyal la tèt anba ann Ayiti, li marasa ak èd imanitè a ki fè peyi a tounen youn nan pi gwo sous lajan pou plizyè milye ONG k ap travay

ann Ayiti depi plizyè lane, men ki poko montre okenn rezilta ki pou rive pote yon lavi miyò pou moun yo yon jan ki dirab. Anpil ONG, majorite ladan yo sòti nan peyi etranje, yo travay san kòdinasyon youn ak lòt, yo mal itilize lajan an, sèl sa yo fè se asistana epi yo pa kreye okenn fason pou popilasyon an –ni menm Leta a- patisipe nan itilizasyon resous yo. Yo di gen anviwon 10.000 ONG. Se vre: 10.000 òganizasyon non gouvènmantal k ap travay ann Ayiti. Kantite lajan ak lòt resous k ap sikile nan pwojè enstitisyon sa yo wo anpil, epi anpil ladan yo nan peyi a depi plizyè lane. Malgre sa, sitiyasyon povrete a ak pwoblèm estriktirèl yo kontinye vin pi grav. Sa MST ak Via Campesina wè, sèke anpil nan ONG yo pwofiite sitiyasyon lamizè a pou yo kontinye ekziste kòm enstitisyon. Kèk done montre yon gwo pousantaj nan fon yo genyen yo, yo itilize l pou peye kad teknik ki sòti nan menm peyi ak entitisyon sa yo, sa vle di fon yo tounen ankò nan peyi kote yo sòti a. Sèlman 5% pase nan men Leta ayisyen an. Gen tout kalte pwojè: kay, edikasyon, manje, elimine vyolans, plis lòt ankò. Yo fè yo pou yon ti bout tan, epi ou ta di se yon bann ti moso pwojè kote sosyete sivil òganize a pa patisipe lè y ap fè inisyativ yo. Analis Ceiri a, Jean Garry, panse tou Ayiti se youn nan peyi nan mond lan kote gen plis ONG. Li klè sou sa lè li di : nou pa kapab devlope yon peyi ak ONG epi ak pwogram asistana. « Yon peyi devlope ak yon pwosesis kote y ap kreye epi distribye richès yo egalego. M konsidere ONG yo se biznismann lamizè yo ye ki tou pote, kòm yon andiplis, povrete dirab la », se sa li di. Carole Pierre-Paul Jacob, ki manm SOFA, di « envazyon ONG yo » ann Ayiti apre tranblemanntè 2010 la se yon katastwòf. Dapre li, òganizasyon entènasyonal sa yo ki ap travay nan ijans, anpil fwa yo vle mete yo sou tèt ONG debaz yo ki nan peyi a depi digdantan. « Nou rele sa ‘okipasyon’. Nou viv sitiyasyon sa chak jou men nou goumen kont okipasyon neyokolonyal la yo vle fè isi a. Sitiyasyon sa te ekziste deja anvan sa, men li vin pi rèd apre tranblemanntè a ». « Batay » kont Minista se yon egzanp rezistans mouvman tankou SOFA, ap mennen. Pierre-Paul Jacob rakonte

4 16


Ayiti pale

Yon batayon Sri Lanka ap bay sekirite nan yon kote y ap distribye manje, nan Leyogàn. Foto: UN Photo/Sophia Paris

e se menm kominote entènasyonal la ki ankouraje pou li rete konsa; 3) kominote entènasyonal la vle toujou defann pwòp enterè pa l paske sou chak grenn dola ki depanse nan rekonstriksyon an, mwens pase 10% ale nan avantaj ekonomi ayisyen an; 4) yo pa enplike Ayisyen yo ditou nan desizyon estratejik ki gen arevwa ak yo paske se etranje yo plis rele pou fè menm ti travay ki pi senp yo; 5) ONG yo bay aksyon imanitè ki pa gen gwo enpak yo plis priyorite, pase gwo pwojè estratejik yo. Men, malgre tout bagay sa yo ki pote anpil dekourajman, dènye mo Ayisyen Jean Garry di yo defini ki sa nannan rezistans pèp li a ye.Gen yon bann mouvman fanm, peyizan, inivèsitè, moun k ap travay sou teren an; avèk aksyon y ap fè epi ak kèk ti sèvis Leta bay, epi ak tout èd imanitè entènasyonal la, yo kapab kore inisyativ demokrasi patisipativ yo. Chalmers, reskonsab PAPDA, fè remake defi yo anpil, men gen yon gwo fòs tou. Yon fòs kiltirèl pèp la genyen.

16 5

yon fwa te gen yon reyinyon Mach Mondyal Fanm yo nan Kongo (ann Afrik), SOFA te pwofite okazyon sa pou denonse Minista ak tout fòs miltinasyonal yo ki bay konkou yo pou devlope pwojè dominasyon yo ann Ayiti. Nan lane 2010, li te nan peyi Brezil epi li te mande moun ki te prezidan peyi a nan moman sa, Luís Inácio « Lula » da Silva, pou li fè tout sa li konnen pou retire fòs lame brezilyen yo nan Minista. Pou SOFA, Minista pa ni plis ni mwens pase sa : yon fòs, yon branch lame kolonizasyon an. Se sistèm neyoliberal sa ki ap detwi peyi a depi lane 1980, detan Minista ap jwe wòl bra ame fòs dominan entènasyonal la. « Nou gen sa klè nan tèt nou », se sa Carole Jacob di. Menm devan reyalite sa, Mezzonato ak Patrola fè remake wòl ONG yo se pa pou ranplase Leta a. Kèk aspè tankou edikasyon, enfrastrikti debaz yo (wout, sèvis ijyèn, kouran elektrik, dlo), lasante ak agrikilti, se sosyete ayisyen an menm ki dwe kòdone yo ak api Leta ki dwe òganize sa. Men, piske Leta a pa ekziste, ONG yo kontinye ap montre « kòmsi» se yo menm ki pran plas Leta a, detan y ap vann imaj lamizè a yon jan pou yo kontinye ap fè lajan. E pwoblèm yo pa rete la. Anviwon 3 lane apre tranblemanntè a, yon gwo pati nan peyi a toujou anba dekonb. E pou nou esplike sitiyasyon sa, nou kapab konsidere kèk faktè ki ale pi plwen pase katastwòf natirèl la. Anvan tranblemanntè a, Ayiti te deja gen gwo pwoblèm politik, sosyal ak ekonomik. Yon gwo pati nan sipò finansye entènasyonal yo te anonse a, pa janm rive. Anplis, gen pwoblèm politik andedan peyi a tou ant ekzekitif la ak lejislatif la ki anpeche pwosesis administratif peyi a byen mache, sa vle di enstablite politik la anpeche ti inisyativ yo vanse kòmsadwa. Menm si nou obsève gen kèk òganizasyon entènasyonal non gouvènmantal ki ap sòti ann Ayiti, Camille Chalmers di gwo enstitisyon yo poko ap kite peyi a rapid konsa paske anpil lajan gen pou rantre ann Ayiti. Analis Jean Garry, ki manm Ceiri, site pi gwo rezon ki fè anpil pwojè rekonstriksyon Ayiti apre tranblemanntè a toujou rete nan nivo pwojè senpman. Men rezon yo: 1) divès aktè kominote entènasyonal la poko mete yo dakò paske chak aktè gen pwòp objektif ak metòd pa li; 2) sosyete ayisyen an fèb,


Konstwi pwòp rezistans pa l

Otomeka, yon kan solidarite Adriana Santiago Anpil moun ki kouri vini gade, cheve yo gen ne ki gen tout kalte koulè. Inifòm yo byen pase epi pwòp. Nan lari yo ki chaje ak pousyè, yon très ki byen fèt fè cheve yo vin bèl, sitou cheve yo ki pa vle pran peny. Très ble ak zong wouj. Depi yo tou piti, medam ayisyen yo kokèt epi ou wè salon kwafi nan chak kwen nan lari nan tout peyi a. E sa pa diferan nan youn nan 758 kan ki abrite anviwon 519.000 moun ki pa gen kay. Otomeka se pi gwo kan ki ki te genyen apre tranblemanntè a epi li te abrite jouk 15.000 moun anba tant twal yo.Jounen jodi a, gen «sèlman »1.000 fanm, anviwon 4.500 moun k ap viv ladan l. Kantite a ap diminye paske yo te rete sou 2 teren prive- youn bò kote lòt- epi gen youn nan mèt teren yo ki rive fè popilasyon sa kite sit la ak sèlman rad sou po yo pou al chache lòt kan ki pafwa pi sal; propriyetè sa rive fè sa nan bay popilasyon an yon vyek ti kantite kòb epi ak anpil menas. Menm lè Otomeka te gwo anpil epi danjere paske te gen anpil delenkan ki sot Site Solèy –katye ki gen plis vyolans nan Pòtoprens- ki te kache ladan l; men te gen kèk ONG ak enstitisyon tankou Lakwa Wouj ak Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon (OIM), anplis lòt òganis Nasyonzini, ki te travay ladan l. Chèf kan an, Dominique Kene, regrèt anpil dèske òganis èd entènasyonal sa yo aji jan yo pi pito paske yo pa konnen bezwen reyèl popilasyon an genyen, anplis sitiyasyon ijans la. Men, li fè remake gen kèk òganizasyon non gouvènmantal ki konnen yon ti kras teren an pi byen epi yo fè yon travay ki makònen ak reyalite ayisyen an.

San lekòl epi san djòb A Yo di jèn yo òganize tèt yo tou nan komite, detan yo mete aksan sou fòmasyon pwofesyonèl ak lekòl . Men, pa gen lekòl pou tout moun epi lekòl ki genyen yo lwen oswa yo prive. Men, nan Otomeka, tankou jan m sot di la, nou kapab wè kèk timoun ki byen

Otomeka se pi gwo kan ki te genyen. Jounen jodi a, mwens pase 5.000 moun ap viv ladan l toujou. Foto: Ermanno Allegri

6 16


Ayiti pale

Y ap rete tann Sa dirijan yo vle fè nou konprann, sèke yo toujou ap rete tann sa Leta oswa gwo ONG yo pral di. Yo di yo pre epi yo byen òganize pou fè kòmès oswa yon lòt kalte aktivite men yo di manke akonpayman. Yon lòt egzanp se pwojè pou retire fatra ki ap monte pil sou pil ozanviwan yo, men yo pa jwenn okenn sipò. Pwojè sa te kapab kreye kèk djòb pou yon bon valè Ayisyen k ap viv nan kèk zòn nan vil la. Otomeka, omwens mwatye nan kantite moun ki toujou rete ladan l, fè pati yon òganizasyon ki pi gwo, ansanm ak sèt lòt kan: Pak Kolofe, Henfrasa, Palais de l’Art, Haut-Georges, Bas-Georges ak Emmanuel Bonnefil. Objektif yo se pou mete tèt yo ansanm pou gen plis fòs epi jwenn plis benefis. Nan kan yo, anpil fanm ak jèn medam yo rive òganize tèt yo paske y ap chache fè kòmès epi jwenn mikwokredi. Diskou lidè a fè a depaman ak sa k ap pase nan reyalite a. Sa nou wè nan yon premye koutje nou fè, sèke pa gen anyen ki vre ditou nan tout sa li di a. Nou wè yon bann moun ki pap fè anyen epi yon ti kòmès enfòmèl kote yo vann kèk ti bagay, sitou chabon. Lè nou chache fanm yo, menm fanm yo di nou te gen yon atelye pou fè atizana ak lòt aktivite, men tout sa te fonksyone tankou yon anmizman, plizoumwen tankou yon òganizasyon ekonomi solidè. Sa nou wè, sèke dirijan yo dwe montre gen yon òganizasyon ki solid, men nan reyalite a sa ki genyen se yon gwoup ki ap fè kou l konnen pou pwoteje tèt li.

Lè nou poze fanm yo kesyon sou sa y ap soufri kòm fanm, piske anpil òganizasyon soyal lokal konsidere yo se potomitan peyi a, yo fòme yon sèk ki antoure nou. Yo di y ap rete tann, y ap rete tann sèlman. Nou wè rapid rapid « rete tann » se yon aktivite pèp sa k ap soufri a fè toutan. Youn nan medam sa yo leve tèt li gade solèy, pandan l ap esplike « paske nou gen fòs pou travay, men nou pa gen okenn posiblite pou sòti nan sitiyasyon sa pou kont nou ». Yo esplike majorite ladan yo pa gen mari, y ap lite pou kont yo pou bay pitit yo manje. « Isit la se tankou yon lanfè. Lè lapli tonbe, dlo antre nan tant yo epi anpil ladan yo dwe rete ak timoun yo chita sou jenou yo pandan tout nwit la pou yo pa tonbe nan dlo a, epi lè gen chalè menm se yon lòt pwoblèm ». Lasante a menm se yon tèt chaje paske gen anpil moun ki soufri anba lafyèv, dyare epi ki anemi. Men pa gen okenn mwayen pou geri yo paske lasante se pa yon sèvis piblik li ye. Sa ki bay yo yon ti souf, se kèk pòs sante, lopital ki anba tant twal yo tou, epi èd entènasyonal yo bay nan lòt kan ki tou pre yo. Yon gwo pati nan swen lasante yo bay gratis, se Medsen San Fwontyè ak Brigad medsen kiben yo ki bay yo. De (2) lane pase apre tranblemanntè a, epi yo poko konstwi okenn lopital an beton.

Yo pa gen okenn lespwa sou èd k ap sòti aletranje Prezidan konsèy fanm Otomeka yo, Luisimon Marie Nesline, se yon fanm ki vanyan, ki sanble li tou pre pou batay tèlman li gen fòs ak kouraj, men li montre li pa gen anpil lespwa lè nou te fikse l pandan nou t ap fè repòtaj sa; li pa gen lespwa sitou nan èd ki pral vini sòti aletranje. Jan li gade nou, se tankou si li kwè ti koze l ap fè ak nou an pap bay okenn rezilta. Luisimon di nou gen anpil fòs men manke gen òganizasyon ak mwayen pou kore aksyon yo yon jan ki efikas. « Nou deja pèdi yon bon valè fanm ki te òganize nan Otomeka paske yo te ale nan lòt kan ». Luisimon konsidere ankourajman chèf Dominique ba yo pou fè kòmès ak mikwokredi, se pou yo kapab kenbe senpman, se kèk aktivite sikososyal, kèk inisyativ ki pa pèmèt yo reyèlman rive viv kòmsadwa. Plis pase 2.000 jèn ak granmoun, ki gen laj pou travay, toujou rete nan Otomeka. Majorite ladan yo pa gen djòb. E yo pataje antre yo tout sa yo genyen paske èd entènasyonal ofisyèl la pati kite kan an depi 31 mas 2010. Sa nou kapab wè nan riyèl yo, se kòmès enfòmèl kote y ap vann tout kalte bagay, sitou manje (san okenn kondisyon ijyèn) ak kèk moso chabon nan sak ki fèt an plastik. Nan

16 7

abiye pou ale lekòl, ak ne yo nan tèt yo. Se yon bèl kontradiksyon ki montre fòs Ayisyen an, menm si li pa gen djòb li fè jefò pou peye yon lekòl ki bon pou mete timoun li yo. Se yon gwo koze lè w ap gade timoun yo ak inifòm yo sou yo k ap sòti anba tant ki tou chire ki pil sou pil. Timoun ki pi piti yo dwe chache bon wout pou mache oswa yo blije mache nan labou ak soulye yo ki byen netwaye. Se kèk sèn ki fè nou tris, men ki pote lespwa tou. Lekòl piblik yo toujou rete lwen parapò ak kote yo rete ; piske yo pòv anpil, yo pa kapab peye lekòl la oswa transpò a. Dirijan yo di gen kèk pwofesè ak fòmatè k ap viv nan kan an. Menm si, lè ou fè yon premye ti koutje, ou pa dekouvri okenn estrikti kote yon lekòl oswa yon atelye pwofesyonèl kapab fonksyone. Men Dominique ensiste pou di jèn yo, se ONG yo ki te ba yo fòmasyon pou yo te kapab fè kèk travay, men chomay la ap fè laraj nan Otomeka epi ti riyèl yo chaje ak jèn ki pap fè anyen yon gwo jou madi nan mwa desanm.


Konstwi pwòp rezistans pa l yon peyi kote gen pwoblèm kouran se yon tèt chaje, chabon sèvi pou bay limyè, pou fè manje epi pou chofe moun yo nan nwit. Youn nan aksyon ki pi enteresan ki gen nan kan an, se pwojè « Elektrisite san fwontyè » ki mete anpoul limyè solèy nan kan yo, sitou bò twalèt yo, pou kapab prevni kadejak ki konn fèt nan nwit. Nou kapab wè anpoul sa yo non sèlman nan Otomeka men tou nan anpil kan ki simaye nan vil la. Deplase yo te kreye yon komite kòdinasyon pou yo bay tèt yo sekirite; komisyon sa gen ladan l yon komisyon sekirite, fòmasyon ak ekonomi. Nan gwoup sekirite a, yo di gen fanm ladan l paske yo enterese anpil pou rezoud yon pwoblèm fanm yo sitou plis soufri, kesyon kadejak la. Lè nou poze gason yo kesyon sou sa, yo ensiste pou di pa gen pwoblèm kadejak nan kan an, malgre tout sa ki di nan nouvèl yo ak nan rapò yo ki fè konnen Otomeka se youn nan kote fanm yo sibi plis kadekak. Medam yo pa di anyen, men yo pa nye sa. Fòk nou di sistèm patriyakal la fò anpil epi li toupizi medam yo. Men, chak jou yo okipe fonksyon ak wòl ki pi enpòtan kote yo pran desizyon.

Governo não dá nem a água Lè ou foure kò ou nan mitan pil tant sa yo, youn nan premye bagay ou wè se yon gwo tonton sitèn. Li fasil pou sonje teknoloji altènativ sitèn plak yo ki vin tounen youn nan politik gouvènman brezilyen an genyen pou zòn ki plizoumwen arid yo (kote pa gen anpil dlo) ak pwogram Yon milyon sitèn. Rezèvwa sa yo kapab bay yon fanmi ki gen 5 moun ladan l bonjan dlo, moun sa yo rekòlte dlo lapli nan rezèvwa yo pou yo kapab itilize l nan sezon sechrès. Se dlo pwòp, gratis, se bon dlo pou fanmi sa yo? Yo twonpe tèt yo. Se yon sitèn ki konstwi ak èd entènasyonal, wi; men kounye a, se yon antrepriz ki kenbe l plen ak dlo yon kamyonsitèn pote ki sòti nan Laplenn Kildesak, anviwon 20 kilomèt nan nò Pòtoprens. Dlo sa pa trete, ni yo pa fè tès pou konnen si moun kapab bwè l. Se yon komite ki òganize jesyon dlo a. Se yon bon bagay. Tout moun bay yon ti kòb pou dlo a. Moun ki gen plis bay plis, e moun ki gen mwens pafwa pa bay anyen. Men se yon enstriman pouvwa li ye nan ti espas sa (“mikwo-pouvwa”), paske pa gen asanble, sa kapab rive jouk nan yon relasyon pouvwa ak opresyon. Gen tou solidarite nan moman ki difisil yo, nan moman ijans yo, men apre twa lane li prèske enposib pou yo pa ta pwofite “mikwo-pouvwa yo”, tankou jan filozòf franse a Michel Foucault te kapab di sa.

Sa nou wè nan riyèl Otomeka yo, se yon bann moun ki pap fè anyen, k ap jwe domino, men nou pa wè y ap bwè kleren ni yo pa sanble ak moun ki dwoge. Kèlkilanswa jan sa ye, gen delenkans nan kan an. Delenkan yo ak moun ki dwoge ki sòti Site Solèy -ak nan lòt katye yo konsidere ki danjere nan Pòtoprens- ale viv la. Li sanble se yon abitid kriminèl yo genyen pou ale mawon nan gwo kan yo, e sa pa diferan nan kan Otomeka a. Tant ki genyen yo, se prèske menm sa èd entènasyonal la te ba yo. Ou kapab wè sou yo logo USAID, UNICEF, ONU, elatriye. Apre twa lane, tant sa yo vin tounen anyen: yo dechire, yo rapyese, yo refè yo ak moso bwa pou lè kapab sikile andedan yo. Men yo pa fèt pou fanmi ki gen senk oswa sis moun viv andedan yo jouk jounen jodi a. Yo sal, yo san ijyèn, yo pa gen okenn entimite ladan yo; konbyen mil moun ap viv ladan yo tankou zannimo. Jouk ki lè sa ap kontinye konsa?

Chèf kan Otomeka a, Dominique Kene. Foto: Francisca Stuardo

8 16


Nou di mèsi pou kolaborasyon yo : Brigad medikal kiben ann Ayiti Lakwa Wouj Kolonbi MST – Mouvman travayè riral san tè Mize Panteyon nasyonal Ayiti Obsèvatwa rekonstriksyon an PAPDA – Platfòm ayisyen k ap plede pou yon devlòpman altènatif


Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.