"Amerik Latin ak Tout Moun e pou Tout Moun" Deklarasyon Lide Kominote Yo

Page 1

Amerik Latin ak tout moun e pou tout moun. DEKLARASYON LIDE KOMINOTE YO


“Superando las fronteras de la exclusión.”


AMERIK LATIN PA NOU

Nan vil Meksil la nan mwa Me 2015, nou te rankontre lidè kominotè yo ki soti nan kominote iregilye yo ki nan kondisyon povrete, ki soti nan 18 pey nan Amerik Latin. Nou konsyan ke malgre distans ki separe nou ak frontyè yo, nou gen plis bagay ki ini nou ke sa ki separe nou yo. Nan non kominote nou yo ak milyon latinoameriken ki viktim povrete epi avek yon objektif pou yon demen miyo, nou fè deklarasyon sa ansamn. Nou rekonèt ke Amerik Latin nou a se yon rejyon ki rich nan resous ak divesite. Epi nou fyè paske nou fè pati de tè sa a ki genyen yon pèp kap lite, ki malgre difikilte istorik, ki ap fè fas ak yon defi pou konstwi yon Ameril Latin ki gran, ki diy, egalitè epi ak jwa. Malgre tout richès yo, Amerik Latin la se yon rejyon ki enjis. Sosyete nou an bay plis priyorite ak enterè prive, sou devlopman entegral sitwayèn ak sitwayen yo. Nou se rejyon ki pi pa egal nan mond la. Nan sosyete nou a, kalite vi yo depan prensipalman sou kapasite ekonomik chak moun, epi yon gran majorite nan popilasyon an rete ekskli, e ki koz ke dwa moun yo afebli. Nan sans sa, nou enkyete nou sou debilite ki genyen nan demokrasi nou. Yo pa kite nou garanti espas kote sitwayen ak sitwayèn kapab rankontre nan kondisyon egalite ekonomik, politik e sosyal. Jodia nou se anpil moun ke yo pa pran an konsiderasyon.

PANSE NAN FITI KI DIFERAN

Kom nou te manifeste lè nou te reyini nan Lima an 2011, nan Dezyèm Rankont Latinoameriken Lidè Kominotè yo, nou repete bezwen nou genyen pou nou prezante nouvo fòm nou panse pou fiti ki kòmanse avek konpreyansyon prezan. Epi nou vle motive tout pèp latinoameriken pou konstwi ansamn yon nouvo sosyete ki pi baze sou byennèt tout moun.

“Superando las fronteras de la exclusión.”

Pag. 1


Nou ap travay pou nou kapab genyen sosyete dwat ki genyen pou prensip rèkonnet sitwayanite kòm yon kondisyon egal. Kote tout moun kapab viv ak dignite e patisipe aktivman nan retire lide envidiyèl ak privatizatè pou bay avansman ak devlopman nouvo dinamik ki baze sou solidarite ak fraternite. Pou rezon sa, nap revandike nesesite pou nou oganize ak travay pou dwa sitwayen epi pou nou kapab genyen yon vil ak antouraj riral. Tankou yon nouvo manyè pou pwomouvwa, respekte, defan e realize dwa sivil, politik, ekonomik, sosyal, kiltirel ak anvironmantal garanti pa yon enstriman rejyonal ak entènasyonal sou dwa moun.

Nou vle yon Amerik Latin pou tout moun. Nou rekonèt kom aktè pwotagonis nan konstriksyon Amerik Latin. Eksperyans kominotè nou asire ke travay ansamn, solidarite ak òganizasyon se baz pou afronte defi transfòmasyon sosyal ki nou vle patisipe depi devlopman kominote nou, nan kowòdinasyon avek inisiativ popile yo, e anplis ak aktè ki patisipe nan defi pou chanjman an.

KOMINOTE IREGILYE YO AK DEMANN NOU YO

Nou rekonnèt kominote iregilye nou yo an kondisyon povrete se manifestasyon ki pi ekstrèm de yon dinamik estriktirel sou inegalite sosyal. Amerik Latin se yon rejyon de vil yo san sitwayen yo e sitwayen yo san vil. Nou se 113 milyon latinoameriken ki abite nan kominote sa yo kote dwa moun yo fèb. Nan kontradiksyon ak dwa sa yo, kominote nou yo karakterize pa yon iregilarite nan posesyon tè yo. Teren kote nou abite yo, yo konsiderel tankou yon marchandis sou enteret prive avan dwa moun ki okipel ak veyel pou devlopman li. Difikilte yo pou regilarize teren yo, segregasyon sosyal e mank kapasite pou gouvènman pou reponn ak enteret epi nesesite popilasyon nou yo, yo mete nou nan sitiasyon eksklisyon sosyal ki pa pemèt nou aksede avek byen nou yo ak sèvis ki pa asosye avek dwa nou tankou edikasyon, sante, sekirite sosyal, ak lot.

“Superando las fronteras de la exclusión.”

Pag. 2


Nou vle moun yo konpran, nou abite nan teren iregilye paske se sèl opsyon yo ba nou. Si nou konekte sou yon priz kouran, se paske nou pa genyen akse pa rapò ak fason regilye ak sèvis basik yo. Nou vle diferan leta yo regilariza itilizasyon teren yo pou nou kapab aksede avek yon manyè ki jis e ak sekirite san nou pa viktim espektakilasyon mou k ap vann teren yo. Li enperatif pou nou pran an konsiderasyon leta ki konpromet yo nan yon manyè ijan pou bay sèvis basik ak tout kominote e garanti sante ak edikasyon piblik, gratis ak kalite. Nou bouke we politik abitasyonel ki predetemine rentabilite ekonomik. E ki fistre rèv fanmi nou, paske li separe nou epi li voye nou lwen de kote nap travay yo,epi pou abite nan kay ki de movez kalite.Pa genyen politik abitasyonèl efektiv san patisipasyon kominote yo . Nou pa selman moun ki se koupab de ensekirite ki afekte rejyon nou, sino nou soufri pwòp konsekans nou yo. Nou pa genyen sekirite prive, kamera vijilans ni alam, tankou yon minotrite. E nou pa vle. Sa nou exije se yon system jistis ak sekirite piblik ki pa kont nou men garanti byennèt pou tout sitwayen yo. Nou vle yon politik ki pi pre sitwayen. Nou konnen pa pwòp eksperyans nou ke, nan kominote yo se preske tout tan nou genyen absans total leta. E si politisyen yo paret, se selman avan eleksyon; apre yo eli nou pa wè yo ankò. Pou pran meyè desisyon, nou we esansyel ke tout nivo nan sektè piblik rekonèt reyalite nou. Ke yo kapab vinn vizite nou pou you kapab konpran koman nap viv e nan ki kondisyon. Epi politisyen yo kapab we ke koripsyon ki privilije nan enterè sektè prive a provoke direkteman yon mank aksè ak edikasyon, sante, dlo, elektrisite ak lòt. Epi sa yo genyen repèkisyon nan devlopman entegral chak moun, spesyalman timoun yo. Fok nou fini avek koripsyon, kreye leta transparan ki kapab rann kont. Pou tèt sa, nou panse li endispansab e ijan atikilasyon ant diferan sektè nan gouvènman ak kominote yo nan planifikasyon, ekzekisyon politik piblik ki ap genyen enpak nan kominote yo. Nou repete, san patisipasyon kominote yo nan solisyon yo, pa genyen politik efektiv ki posib. Definitivman, sa nap exije se egzakteman se ke nou kapab akonpli dwa ke nou genyen kom sitwayen.

“Superando las fronteras de la exclusión.”

Pag. 3


ANGAJMAN NOU

Kom nou vle koyeran nan sa ki siyifi ak eksesis sitwayanite, nou ap prezante angajman nou ke nou konsidere nesesè pou garanti objektif ki akonpli ak dwa ke nou ekzije. Nou konsyan de yon kostriksyon yon sosyete pou tout moun se yon responsabilite ki pataje ak diferan aktè nan sosyete a. Pou tèt sa, nou pran angajman patisipasyon sitwayen, ke nou konpran tankou enplikasyon konsyan, aktif ak pwoposisyon sou tèm ki gen enterè piblik. An plis, nap asime angajman yon patisipasyon ki òganize, ke nou konpran òganizasyon kominotè tankou yon fòm travay guide pa yon moun kap viv nan kominote iregilye nan tout kontinan, epi ki reprezante enterè e nesesite komen. Nou vle plis abitan ak kominote ki konnen zouti nesesè pou exije dwa yo, akonpli responsabilite yo epi fè pati nan pwosesis aksyon kolektif yo. Nou kwe nan dyalòg ouvè ak sinserite antre nou ,avek gouvènman yo epi otorite lokal yo ak nasyonal epi avek lòt aktè nan sosyete a epi nap konpwomèt nou pou nou pwomouvwa. Nou rekonèt ke sa se zouti fondamantal pou konstwi yon vizyon de sosyete ki reyèlman enkli nan enterè tout moun.

Nou bouke ak detounman fon yo e desisyon pasyel yo, nou angaje a siyale epi denonse ka koripsyon yo. Respè pou dignite moun e pou regilasyon legal dwe se yon prensip ki gide aksyon gouvènman yo ak enstitisyon yo ki dirije nan non tout sitwayen yo. Nou vle genyen yon wol aktif nan desen abitasyonèl yo ki adekwa e ki enkli tout moun, ki pran an konsiderasyon dives mekanis patisipasyon kominotè. Lè nou gade timoun yo nan kominote nou yo avek yon potansyèl enòm, e ke nou vle yo genyen yon vi meyè ke nou. Nou santi avek devwa pou bay yo yon edikasyon adekwa sou dwa ak obligasyon kom sitwayen e sitwayèn aktif, ki genyen kapasite pou pote nan konstriksyon yon sosyete ki jis ak egal. Nou konpran ke nou manke kèk zouti pou nou akonpli ak tout sa yo, pou sa nou konpromet a kapasite tèt nou e enfòme tèt nou, e pou nou kapab pataje konesans sa yo ak tout lot kominote avek yon sitiyasyon similè.

“Superando las fronteras de la exclusión.”

Pag. 4


Nou konnen se yon lit ki ini nou avek gran majorite pèp latinoameriken an. Pou tèt sa, nou konpromet pou kreye lyen yo ak lot òganizasyon e inisiatif ki gen karaktè nasyonal, regyonal, ak entenasyonal avek moun nap pataje defi yo. Yon sosyete pi jis, solidarite ak egalite se responsabilite tout sitwayen ak gouvènman nan rejyon an. Nou reyini la, nou vle egzije avek fòs ke nou reprezante kominote kote nou soti yo. Nou vle istwa pa kenbe ni repete ak espwa nan lavni nou, lè nou siyen deklarasyon sa a nou pran angajman pou'n bati yon Amerik Latin ak tout moun e pou tout moun.

Vil Meksik, 22 me 2015.

países participantes Argentina Bolivia Brasil Chile Colombia Costa Rica

“Superando las fronteras de la exclusión.”

Ecuador El Salvador Guatemala Haití Honduras México

Nicaragua Panamá Paraguay Perú República Dominicana Uruguay Venezuela

Pag. 5



Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.