Akayé rapó vizyon

Page 1



AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a. Pran leson sou sa k pase deja Fòje sa k pral vini Ede popilasyon an vin endepandan

Editè rapò Vizyon an Sonia R. Chao, Envestigatè prensipal, Manm Fakilte Asistan Rechèch epi Direktè Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote (CUCD) nan Lekol Achitekti nan Inivѐsite Miami Soumѐt: 30 novanm 2014

Komisyon nan Nasyonzini sou Anviwònman ak Devlopman (WCED), nan rapò li prepare an 1987 ki te rele Avni Nou Tout defini devlopman dirab kòm yon: “ devlopman ki ede nou ak sa nou bezwen kounye a san sa pa deranje jenerasyon pi devan yo nan jan yo pral okipe tèt yo.”


Pwovèb Ayisyen

Pwovèb Ayisyen Bondye di ou. fè pa ou, M a fè pa m.

Men anpil chay pa lou.

Kay koule twonpe solèy men li pa twonpe lapli.

“Travay kontinyel achitekti se kreye metafò ki enkopore nan egzistans lom, , ki ka konkretize epi fòme prezans li sou latè. Imaj achitekti reflete epi eksprime lide ak imaj lavi…Batiman yo, ak vil yo pèmèt nou òganize, konprann epi sonje sa reyalite ki san fòm ye, epi alafen, rekonèt epi sonje ki moun nou ye. Achitekti ede nou plase tèt nou nan kouran kilti ki pa janm fini a.”

Steven Holl, Juhani Pallasmaaa, Alberto Perez-Gómez Penti: Armando Montero



Copyright © 2014 Sonia R. Cháo ak lòt ekriven pou tèks yo te prepare. Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote (Center for Urban and Community Design) Libreri Kongrѐ: : 0-9754506-4-6 Tout dwa rezève. Pesonn pa gen dwa sèvi oswa kopye okenn seksyon nan liv sa san yo pa gen pèmisyon Editè a, esepte si se yon analiz y’ap fè sou li. Yo fè tout efò pou jwenn otè ki gen dwa rezève pou tèks ki parèt nan liv sa a. Yo va korije erè ak bagay ki manke nan pwochen edisyon liv la. Moun ki bezwen ransèyman kapab kontakte Center for Urban & Community Design, University of Miami, School of Architecture [arch-cucd@miami.edu].


Fondasyon ki Patwone travay sa a W. K. Kellogg Foundation Barr Foundation Kote ki resevwa don sa a Sonia Chao, Envestigatè Prensipal, Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote (CUCD) Inivèsite Miyami Lekol achitekti Ekip CUCD Ekip ki prepare Plan Rejyonal sa a Sonia Chao Gustavo Sanchez-Hugalde Max Zabala Ekip ki prepare Plan vil la Jaime Correa Steven Fett Armando Montero Ekip ki prepare Plan batiman yo John Onyango Derrick Smith Kòdonatè lokal Gilda Charles Jean Samson Edouard Jean-Louis Henri Jourline Kotak kominikasyon Max Zabala Kontak lokal Pierre Imbert

Kolaboratè Vocational Centers YouthBuild International Laurie Bennett David Burch Tim Cross Peter Twitchell Building Systems Jackie Génard Génard & Associates, LLC. Haitian Historic Resources Boukman Mangones Shulman + Associates Konsiltan Civil Engineering and Sustainable Infrastructure Joseph DeLuca Crabtree Group, Inc. Desinatè Anthony Calzadilla Remèsiman Espesyal Aintzane Celaya-Garcia Tim Cross Robin Bachin Laurie Bennett David Burch Jaqueline Burkett Alix Cantave Ruddy Cornielle Joanna de Velasco Dana François Rose-May Guignard Barbara Gutierrez Jean Samson Edouard Jackie Génard

Pierre Imbert Jean-Louis Henri Jourline Honorable Mayor Gérald Larochelle Eléonore Labattut Boukman Mangones Dr. Marie Guerda Nicolas Dr. Jean Pierre Ana Maria Santana Honorable Mayor Wilson Kristin Winters Anplaye ki bay Sipò yo Stacey Campbell Ivonne de la Paz Manuel Paulino Donna Struthers Chenique Wilcox Andreina Zambrano Moune ki assiste nan Rechèch Claudia Arosena Erik Sven Broberg Rogelio Cadena Katherine Flores Shushanik Ghazaryau Jessica Huang Li Jianwei Brenna Johnson Katia Koroleva Ana Luiza Leite Joshua Loighon Emma May Ehsan Sheikholharam Georgia Safos Elizabeth Stanton Jessica Tsiris


6


7


8

Men sa ki nan liv la I.

Oganizasyon ki finanse Inisyativ sa a

II.

Egzaminasyon sou fason Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote a òganize

III.

Ki sa yon Charèt ye?

IV.

Ki sa yon rapò vizyon/ Plan ye?

V.

Objektif Inisyativ Ayiti: Rapò Vizyon/ Plan Akayè a

VI.

Entwodiksyon sou kisa Inisyativ Ayiti a ye Sonia Chao a. Zòn Etid la: Plenn Akayè ak zòn ki pre l yo b. Misyon Inisyativ Ayiti a c. Wòl santral moun ki ret nan zòn nan ak fason yo kab pran pa d. Detay sou aktivite Inisyativ la • Apèsi global • Fason yo travay sou vizyon an • Pwoblèm nan preparasyon plan yo • Sa nou vle reyalize ak fason nou vle reyalize yo • Sijè ki pi empòtan a konsidere pou ekip rejyonal la, ekip lavil la, ak ekip batiman yo.

VII.

Inisyativ Ayiti: Plan/Rapò vizyon sou Akayè a. Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal Kowὸdone tout bezwen, resous yo ak rezilta sa kap bay: Plan vizyon pou Akayè Sonia Chao, Gustavo Sanchez-Ugalde, Max Zabala Rapò Enjenyè yo Joseph DeLuca


9

Echèl vil la Touris agrikòl nan Akayè ak Kotdèzakaden Armando Montero Plan vil la: Semans pou angajman sivik lavi sitwayen yo Zòn ki konsène nan etid la: Akayè - Koray - Lili Jaime Correa Yon nouvo enfrastrikti sivik pou sitwayen yo Steven Fett b.

Gwoup plan pou bati rapid Echèl konstriksyon Kay Ayisyen, yè, jodi a ak demen Derrick Smith Plan pou konstriksyon ki rezistan: Metòd konstriksyon pou komin Akayè John Onyango Kalkile konbyen konstriksyon an koute Jackie Genard

VIII.

Plan daksyon Priyorite ak pwochen etap pou yo pran Sonia Chao

IX.

Rezime egzekitif Sonia Chao

X.

Sipleman a. Lis patisipan yo b. Lis ONG k’ap travay nan zòn Akayè c. Haiti Initiative Reference Manual




12

Òganizasyon ki finanse Inisyativ la

Fondasyon W.K Kellogg (WKKF) (Fondasyon Kelòg), se yon fondasyon prive endepandan ke Will Keith Kellogg fòme depi 1930. Will Keith Kellogg seyon se premye moun ki te kòmanse fè sereyal nan peyi Etazini. Fondasyon Kelòg se youn nan pi gran òganizasyon ki ede moun nan peyi Etazini. Òganizasyon an kwè ke tout timoun dwe jwenn posibilite pou yo rive lwen nan lavi a. WKKF travay nan diferan kominote pou kreye posibilite pou timoun ki pa gen sipò kapab reyalize tout potansyѐl yo nan lekòl, nan travay, epi nan lavi. Fondasyon Kelòg gen biwo santral li nan Battle Creek Michigan. Li travay toupatou nan peyi Etazini menm nan tribi endepandan endyen nan peyi a. Yo pòte plis atansyon sou kote ki gen anpil moun ki pòv epi kote timoun fè fas ak anpil difikilte ki anpeche yo reyisi nan lavi a. Kote WKKF bay plis enpòtans nan Etazini se Michigann, Misisipi, Nou Meksiko, Nou Òleyan epi nan lòt peyi tankou Meksik ak Ayiti. Si w bezwen plis ransèyman al sou sit sa a: www.wkkf.org.

Fondasyon Barr se yon fondasyon yo fòme an 1997, li chita nan vil Boston. Se youn nan pi gran fondasyon nan zòn Nou England. Yo gen plis pase $1.4 bilyon dola epi chak ane yo fè kado prèske $60 milyon dola nan sibvansyon sѐlman. Sibvansyon domestik Fondasyon an konsantre plis nan kreye bon jan lekòl pou timoun, bay kout men nan pwoblèm chanjman klima, epi amelyore fason moun selebre kilti yo. Depi 2010 fondasyon an ap chèche mwayen pou envesti nan lòt peyi, sitou nan zòn riral ann Ayiti, nan kèk kote ann Afrik, epi ann End. Nan tout travay fondasyon an ap fè, nou suiv manman prensip manm fondatѐ nou yo, nou eksprime kwayans nou sou sa ki imanis efikas, epi nou eksplike kouman nou transmѐt misyon nou ki se, pou n bay sèvis. Sa gen la dan angajman nou pran pou nou goumen pou nou fè bon travay, pou nou envesti nan lidè, pou nou aji ak semplisite , pou nou toujou vle aprann, pou nou travay pou yon demen miyò, epi pou nou pa pè pran chans. Si w bezwen plis ransèyman, ale sou sit sa a: www.barrfoundation.org.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



14

Ransèyman sou Òganizasyon an

Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote (Center for Urban and Community Design (CUCD)) Inivѐsite Miyami, Lekòl Achitekti Dat Sant la Fòme: Inivѐsite Miyami: 1925; Lekòl Achitekti [Inivѐsite Miyami]: 1983; Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote [Lekòl Achitekti, Inivѐsite Miyami]: 1992. Misyon Sant la Ankouraje yon apwòch ki mande kolaborasyon tout branch ki soutni prezèvasyon, amenajman, epi kreyasyon kominote ak kay ki solid epi ki dirab. Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote (The Center for Urban & Community Design (CUCD)) ap travay pou kowòdone sa moun ki nan yon zòn bezwen ak pwojè yo vle reyalize ak filozofi ak objektif Lekòl Achitekti an y ap fè rechèch pandan y ap anseye etidyan epi pandan y ap bay sèvis. Sa ankouraje lide ki soti nan tout branch ak aksyon nan domèn rezistans, plan ki dirab ak devlopman ki dirab, prezèvasyon istorik, ak patisipasyon popilasyon an, tou sa pandan n ap kolabore ak angajman Inivèsite a pran anvè vwazen lokal ak vwazen ki nan lòt peyi ki pa twò lwen ak patenè li yo epi pandan l ap pataje ak elèv, ak fakilte, ak pwofesyonèl ki fè Imaj plan ak biwo leta epi ak popilasyon an, konesans, rechèch, aktivite k ap fèt nan pwojè a epi sa yo dekouvri. Rezime tou kout Yo kreye CUCD a an 1992 pou fè fas ak dega sosyal, dega ekonomik, ak valè kote ki te kraze apre siklòn Andwou a. Depi lè yo kreye CUCD a, òganizasyon an bay sèvis li antan kòdonatè epi manman aktivite li nan aksyon sivik li se bay sèvis kominotè atravè inivèsite yo. Depi lè sa a, Sant lan swa

ede swa kolabore ak fakilte, ak ansyen elèv, ak elèv nan fè rechèch, nan pibliye liv epi nan patenarya ak kèk kominote; pandan òganizasyon an bay chak gwoup sa yo mwayen pou yo travay dirèkteman ak vwazen yo epi ankouraje moun bati plan ki dirab. Òganizasyon CUCD a ede kominote toupatou sou latè, pou apiye misyon lekòl la pou l prepare etidyan pou yo vin lidè nan yon anviwònman pwofesyonèl. Prensip fondamantal ὸganizasyon an se ankouraje moun kreye plan kay ak kominote respekte anviwònman an, ki ankourage egalite sosyal, epi ki endepandan ekonomikman. Metòd charèt la se yon bon metòd pou sèvis li bay, sitou nan zòn ki manke sèvis yo. CUCD sipòte moun k ap prezante kolòk ak senpozyòm, yo ede gaye enfòmasyon ki soti nan rechèch ki an rapò ak tout domèn nan kesyon Plan dirab, ke anpil fwa popilasyon ak pwofesyonèl ki nan zòn nan wè kòm yon bagay apa. Kon sa, CUCD konbine plan dirab, tout kote, epi li pote konesans akademik sa a nan kominote a pandan l ap kolabore yon fason estratejik ak ONG, ak gouvènman, ak gwoup sitwayen, ak sistèm lekòl leta, epi ak asosiyasyon pwofesyonèl. Sant lan kontinye devlope kèk fowòm pou analize epi pou diskite poblèm anviwònman, poblèm sosyal, epi lὸt poblèm ki pose nan plan ki dirab epi ki rezistan, nan zòn ki gen tamperati ki fè cho ak zòn ki pre rejyon twopikal la. Rezime Ògnizasyon an Non: Center for Urban & Community Design (CUCD) tradui kὸm Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote. Tip: Akademik Inivèsite kote yo ye a: University of Miami Fakilte nou ladan an Fakilte: Achitekti Direktè: Sonia Chao Ak ki moun nou travay Nan tout zòn twopikal la; Anpatikilye, Nan Sid Florid,

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Coconut Grove Map (Miami, Florida), University of Miami School of Architecture, Professor Rocco Ceo


16

Santa Barbara, Sen Domeng, Repiblik Dominiken Charèt ak Gran Plan an

San Sebastian, Florida Charèt ak Plan vizyon an

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Riviera Neighborhood, Coral Gables, Florida Charèt ak Plan vizyon an


18

CUCD òganize yon koleksyon manje nan bwat chak ane. Elèv ki nan pwogram achitekti yo nan Depatman Achitekti nan Inivèsite Miyami ak Manm fakilte yo kolabore ansanm, yo fòme ekip pou fè konpetisyon youn ak lòt. Yo te fè Camilus House kado tout bwat manje yo te itilize pandan aktivite sa a, Camilus House se yon òganizasyon ki pa la pou l fè lajan ki ede moun ki pòv ak moun ki pa gen kay nan Miami-Dade County.

Charèt teyat “Coconut Grove Playhouse” la

Charèt teyat “Coconut Grove Playhouse” la

Charèt Menchaca

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Piblikasyon CUCD yo


20

Kalite bildin Quissqueyana

A. B. C. D. E. F. G. H. I. J.

Lekòl Elemantè ki la deja Akademi bizbòl Bibliyotèk Lekòl segondè Estad Bizbòl ak Imaj li Seksyon pou fè antrènman frape boul ak baton Vestyè Boutik krèm Quizqueyana Gazuense

K. L. M. N. O. P. Q. R. S. T.

Sant Kiltirèl Zòn magazen Ovando Jaden Piblik Gazebo Biwo Polis Legliz Legliz kominotè Klinik swen sante Pisin piblik

Gazcuense Ovando

Valè chanm a kouche

Konbyen m2 anndan

Konbyen m2 dey

Konbyen bildin

Konbyen bildin komèsyal

Sou-Total

3

63

14

8

8

24

4

63

14

4

0

16

2

49

14

1

1

3

2

49

14

3

0

12

3+1

79

41

16

0

64

4+1

125

60

2

0

8

3+1

95

55

4

0

16

Totals

143

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a

Santa Rosa, Mexico Charèt, Gran Plan an epi Imaj yo


Santa Rosa, Mexico Charèt, Gran Plan an epi Imaj yo

CUCD te òganize yon senpozyòm an 2007, Anba solèy la: Tradisyon ak inovasyon nan Achitekti dirab ak nan Preparasyon plan vil te abouti a yon piblikasyon ki te jwenn finansman nan men “National Endowement of the Arts” an 2012 (Imaj dokiman sa nan paj 19 ak lòt dokiman CUCD pibliye).


22

Nan Basen Karayib la ak Nan Amerik Latin; Kominote ak lidè K ap fè tout efò pou yo reyalize konsepsyon plan dirab devlopman dirab oubyen gen kèk k ap diskitite afè adaptasyon ak resitans poutèt nivo lanmè a k ap monte epi efè sa kab fè; sou zòn kote moun pa gen mwaye; zòn istorik/ zòn kote anviwònman an frajil/ zòn kote lavi moun kab an danje.

Ki kote Toupatou sou latè

Nou travay avèk Biwo Leta, Dirijan & Ofisyèl/ONG lokal/ONG Entènasyonal/ Gwoup devlopman kominotè/ Inivèsite nan Peyi Etazini ak lòt Inivèsite Entènasyonal/ Asosiyasyon lokal.

Sa Sant la konsantre sou yo Patisipasyon kominotѐ a; Prezѐvasyon patrimwan Istorik; Plan ki dirab epi ki rezistan; Rechèch ak Edikasyon.

Nou se Yon gwoup ki varye, 1 a 5 oswa 5 a 10 (Manm fakilte, anplwaye, ak etidyan). Sa nou fè Nou pran inisyativ pou nou fѐ plan ak bati kay ak plan ki dirab (o nivo lavil ak o nivo kay yo); nou ekri gid pou bati ki specific a chak katye plan kay ki pa twὸ chѐ; konsepsyon rejyonal ak konsepsyon pou lavil; rechèch sou regleman ak itilizasyon tѐ lavil, ak gid pou suiv rѐgleman sa yo; nou fѐ tout rechѐch sou relasyon chanjman klima, dlo lanmѐ kap monte anvayi tѐ abitan yo an plis de achitekti ak ibanis; adaptasyon, rezistans epi rediksyon danje. Konesans nou ofri moun Dirabilite pou lavil; modènizasyon banlye; prezèvazyon istorik; konsepsyon rezistan, konsepsyon pou lavil; kòd pou lavil ki chita sou fòm; devlòpman ak revitalizasyo; lojman ki pa chè; asistans teknik/kapasite teknik.

Kouman nou travay Sant la ὸganize pou: manm fakilte, etidyan, etidyan ki nan estaj, ak lòt moun k ap travay a plen tan, a tan pasyѐl, epi konsiltan. Etidyan SOA jwenn kredi pou tan yo pase nan aktivite sant la.

Zouti ak Pwodui Charèt, Rechèch, Don, Piblikasyon, Règleman kòd ak plan; NCARB/IDP Sipèvizyon Etidyan ki nan Estaj, Prezantasyon Konferans, Kolaborasyon ak Etidyan, ak Ansyen Etidyan pwofesѐ Fakilte SoA, epi ak Biwo Patisipasyon sivik ak Patisipasyon kominotè nan UM. Valè tan aktivite yo konn pran Varye (Ant yon semès ak 18 mwa tipikman). Objektif sant lan Objektif sant lan - se pou makònen sa zòn nan bezwen ak sa ki merite fèt nan pwojè a ak filozofi edikasyon ak objektif Fakilte Achitekti a; sèvi ak rechèch, ansèyman, ak sèvis, ankouraje lide ki marye plizyè domèn ak aksyon nan zafѐ prezèvasyon, dirabilite/rezistans epi patisipasyon sivik; Ranfὸse angajman Inivèsite a fas ak vwazen patnè lokal li yo nan emisfè a pataje konesans ak etidyan yo, rechèch, aktivite pwojè ak dekouvèt ki fèt epi ak anseyan, pwofesyonèl ki desinen plan, ak enstitisyon ki nan yon minisipalite epi ak popilasyon an.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Pwojè kifѐt an 2013-2014 • W.K. Kellogg Foundation & Barr Foundation: Haiti Initiative • National Endowment for the Arts: Under the Sun Publication • OCCE and CUCD: Overtown Historic Resources Research & Mapping Project • Miami-Dade Housing Finance Authority: Design Guidelines • J. P. Morgan Chase Foundation & Jessie Ball DuPont Foundation: Allapattah Charrette. Egzanp pwojè nou deja fè (2005-2012) Coconut Grove Playhouse Rehabilitation Charèt; Santo Domingo: Santa Barbara Historic District; Town of Lake Park: Downtown Revitalization, Masterplan & Design Guidelines: Habitat for Humanity; Case Study House - Pre-fabricated Affordable Housing for North Dade; Turning Point Baptist Church and Community Center; Haiti 2010 Charrette. Ou kab kontakte nou la a Center for Urban & Community Design (CUCD) University of Miami School of Architecture 1223 Dickinson Drive Building 48-E Coral Gables, Florida, 33146-5010 Phone: (305) 284-3439 Web: www.arc.miami.edu/cucd Email address(es): schao@miami.edu arch-cucd@miami.edu


24

Ki sa yon Charèt ye?

Yon Charèt se yon aktivite kote kèk moun ak kèk ekspè nan plizyè domèn met tèt ansanm pou yo idantifye yon pwoblèm yon pwojè epi pou yo diskite kouman yo kab rezoud pwoblèm sa yo. Se bon lè pou tout moun ki enterese nan zòn pwojѐ a travay ansanm an ti gwoup pandan on ti bout tan pou yo bay achitèk yo fidbak ak lὸt lide sou travay y ap fè a. Se nan ti bout tan rankont sa yo ke kominote a ka bay opinyon l’ ak lide l’ sou sa li ta renmem wѐ lan zὸn lan. Lѐ sa, pwofesyonѐl ki nan diferan branch ka idantifye sa popilasyon dakò fè ak sa yo pa dakò fè pou yo kab rive prepare yon plan ki reyalizab.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



26

Ki sa rapò yon vizyon ye?

Rapò sou yon vizyon se rezime enfòmasyon yo ranmase nan yon charèt, se enfòmasyon ki soti nan rechèch, nan analiz, nan rankont anvan ak pandan charèt la kote moun bay kèk rekòmandasyon dapre enfòmasyon sa yo ke yo jwen. Apre sa rapò a idantifye kèk anplasman epi kèk fason

pou bati ki kab ede mete lide sa yo ann aplikasyon nan, yon fason ki pran an kosiderasyon, ki konplemante epi konekte ak bezwen popilasyon an pandan n ap ankouraje respè pou lanati ki antoure kote nou pral fè pwojè a.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



28

Pou ki sa nou prepare rapò vizyon sa a?

Rezon ki fè nou prepare rapò sa se pou fè yon rezime tout konesans nou ranmase nan travay nou fè ann Ayiti a, travay ki baze sou rechèch nou fè, sou analiz nou fè, sou travay nou fè anvan charèt la ak moun nan zòn nan, sou travay nou fè apre charèt la, sou lòt rankont nou fè ak moun ki gen aktivite biznis oswa lòt aktivite y ap mennen nan zòn nan epi sou lòt plan zòn nan nou te fè. Kon sa nou kab fè kèk rekòmandasyon dapre ransèyman nou ranmase yo. Rekòmandasyon yo idantifye kote pou bati ak mòd kay pou bati ki kab mennen bon jan devlopman nan plenn Akayè a, tout pandan nap bay respè, pou lanati, pou fason yo bati epi pou kilti rejyon an. Chak rekòmandasyon kab kontribiye yon fason pozitif nan karaktè zòn nan, epi rekòmandasyon sa yo kab balanse devlopman ekonomik ak pwoteksyon resous natirèl, ak egalite sosyal, ak ampil kouraj, epi ak bon jan amelyorasyon nan jan tout moun viv.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



30

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



32

Inisyativ Ayiti: Entwodiksyon

Sonia Chao, AIA, Pwofesè Rechèch Adjwen nan Lekòl Achitekti nan Inivèsite Miyami (UM/SoA), epi Direktè (CUCD) nan UM/SoA Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote Zòn Etid la: Plenn Akayè a Zòn Etid la: Akayè - rejyon plenn yo Komin Akayè a chita sou 408.73 km2 (Kilomèt kare), nan depatman Lwès la, a yon distans 32kilomèt ak Pòtoprens, epi zòn nan gen yon popilasyon 118,501 (2009) ki vle di pou chak km2 gen 290 moun. Zòn sa a gen plizyè nesesite ak plizyè opòtinite. Zòn nan rich ak bote natirèl, ak eritaj kiltirèl ak relijye, anpil fwa sa soti nan enfliyans Afriken ak enfliyans Franse. Gen anpil atis ak moun ki fè travay atizanal ki aprann sa pou kont yo. Zòn ki pre lanmè yo atire touris, menm jan ak fèt yo fete chak ane a, le 18 me, fèt kreyasyon drapo Ayisyen ble e wouj Katrin Flon te koud la an 1803, nan dènye jou kongrè a nan Akayè, epi anvan Ayiti vin dezyèm Repiblik nan zòn nan an 1804 Rejyon an divize an 2 gran zòn: Yon zòn kote gen yon seri mòn apik, ki gen plizyè ti bouk, ki chaje ak moun, epi, yon zòn plat, ki gen bodmè a ak plenn nan, se la vil Akayè a chita ak yon popilasyon 14,702 moun (2009), ak plizyè lòt ti vil ak ti bouk. Yo te bay zòn sa a ti non “Grenye Haiti”, se sou kilti latè rejyon sa a konte pou aktivite ekonomik li. Wout nasyonal la sèvi kòm kòd lonbrik ki konekte Akayè ak Pòtoprens nan direksyon Sid epi ak Senmak nan direksyon Nò. Inisyativ sa a konsantre plis sou zòn bò lanmè nan plenn nan zòn sa a ant Akayè ak Kotdèzakaden epi nou analize plizyè poblèm tankou: koneksyon ant diferan rejyon yo ak posiblite mennen kèk aktivite biznis nan zòn nan; touris ki

enterese nan afè ekoloji, agrikilti, ak aktivite kiltirèl; kay ak anplasman istorik yo, epi règleman pou bati kay ki dirab epi ki bay bon pwoteksyon. Yo te chwazi 3 zòn diferan pou fè etid sou yo: Akayè (yon gran vil), Koray (yon zòn riral), ak Lili (yon ti vil). Rekòmandasyon rejyonal yo nan avantaj ni moun ki nan zòn ki sou mòn yo ni moun ki nan zòn ki nan plenn yo. Misyon Inisyativ Ayiti a Misyon Inisyativ Ayiti a se te idantifye mwayen pou bati ki kab pote chanjman pozitif nan rejyon an pandan y ap respekte istwa zòn nan, resous ki bati ak resous natirèl zòn nan, epi karaktè rejyon an. Travay sa a ki fèt an tèt ansanm analize sa moun ki nan zòn pre lanmè yo ta bezwen epi Rapò vizyon nou reyalize va sèvi kòm plan devlopman dirab pou lòt rejyon nan zòn nan epi sa va sèvi tou kòm gid pou envestisman piblik, envestisman prive ak envestisman filantwopik ni pou kounye a ni pou pi devan. Wòl santral patisipasyon moun nan zòn nan Nan ane ki pase yo, gen kèk ONG, kèk pwofesyonèl, kèk biwo leta byen dispoze prezante kèk solisyon, kèk ladan yo rive jwenn siksè nan afè swen sante, nan edikasyon, nan jan pou bati kay, nan kreye travay; men majorite ladan yo pa dirab. Pa gen anpil nan inisyativ sa yo ki sot lòtbò ki pwofonde nan kilti ayisyen an, ni nan enfrastrikti pwofesyonèl oubyen enfrastrikti sosyal peyi a. Tipikman yo pa analize yon fason global tout nesesite yon Ayisyen genyen epi poutèt sa yo pa gen anpil chans bay bon rezilta. Met sou sa, anpil modèl sa yo pa kab fèt lòt kote san pa gen yon sous finansman k ap sot lòt kote pou kontinye finanse yo. Sa k vin rive, kèk nan pwojè sa yo sispann nèt depi ONG yo pati. Leson nou aprann yo klè: aktivite ki pa gen moun zòn nan ki gen konesans zòn depi nan kòmansman pwojè a, aktivite ki pa gen moun zòn nan k ap pran pa nan desizyon yo oswa ki pa antrene moun epi kreye patenarya ak Ayisyen pou fè pwojè a mache pou lontan. Aktivite kon sa limite nan

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



34

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



36

rezilta yo ka bay, nan chanjman yo ka fè, nan valè tan yo ka dire. Nou bezwen yon egzanp ki mache - youn ki makònen tradisyon ak nouvo dekouvèt ansanm ak espè epi ak moun nan zòn nan; youn ki byen detaye, youn yo kab kopye fasil epi ki konekte ak kilti peyi a. Objektif pwojè sa a se te pou kreye yon modèl ki dirab, epi ki pran tout bagay an konsiderasyon. Poutèt sa, depi nan kòmansman pwojè sa a nou te envite tout moun vin pran pa, nou te entegre moun tout branch, epi nou te sèvi ak yon taktik ki gen plizyè apwòch; yon taktik kote nou sèvi ak metòd ki dirab, lide ki nouvo kote moun zòn nan ak kèk espè te pran pa nan devlopman lide sa yo, nou konsidere tradisyon peyi a tou ak jan moun ap viv kounye a. Manman lide nou sèvi pou Inisyativ Ayiti a se zouti nou te kreye nan ti charèt (ti chita pale) nou te fè a ak tout moun, kote nou mete tout resous ak tout lide nou genyen ansanm, pandan n ap ogmante posiblite pou moun nan zòn nan antre fon nan reyalizasyon lide ki dèyè pwojè a. Tout sa baze sou patisipasyon sivik ak responsablite tout sitwayen. Moun nan zòn nan te pran pa nan prepare yon plan pou avni zòn nan epi ekip planifikasyon an sèvi ak lide enpòtan yo te bay yo; pou travay sou sa moun nan zòn nan vle menm ak sa yo vle an jeneral - pou zòn rejyonal yo, pou vil yo, epi pou moun yo pèsonèlman. Nan sesyon nou fè pou prepare plis moun (sesyon pou enfòme moun, ak sesyon pou fòme moun), tout moun ki pran pa nan sesyon sa yo te jwenn plis zouti ki va pèmèt yo kolabore youn ak lòt, kolabore ak popilasyon an, ak ONG yo, ak gouvènman an, pandan y ap travay ansanm pou reyalize kèk objektif alontèm. Kòdonatè lokal ak moun ki la kòm kontak jwenn bon kout men lè moun nan zòn nan met men nan travay la Detay sou aktivite yo Aktivite prensipal pwojè a chita sou rankont preparasyon nou

te fè pandan kat vwayaj. Nan chak rankont sa yo nou make nan ki kondisyon chak zòn ye, nou make sa chak zòn genyen epi sa yo manke, epi vwayaj sa yo pèmèt ekip k ap travay sou plan an pale dirèkteman ak lidè nan zòn yo, ak moun nan popilasyon an. Te gen plizyè kalite rankont, ak rankont pou diskite kèk lide ak kèk enstitisyon nan zòn nan epi ak moun nan kèk zòn, te gen mini-charèt ak tout moun k ap mennen aktivite nan zòn nan. Tout rankont sa yo te pèmèt ekip k ap prepare plan yo ranmase done ak plizyè lide diferan. Rezime Gras a sipò Fondasyon Kelòg ak Fondasyon Bar, pwojè a kὸmanse ak yon vwayaj preparasyon ann Ayiti nan mwa jiyè 2013, pou reyinyon òganizasyon ki resevwa fon nan men Kelòg. Nou vin fè yon lòt rankont ankò nan fen mwa d out 2013. Rankont sa a te pèmèt tout ekip k ap travay sou plan an al vizite plizyè lokalite nan plenn nan swa nan machin, swa nan batiman. Ekip la rankontre ak reprezantan, ak lidè chak zòn, epi ak moun ki rete nan chak zòn, pandan reprezantan fondasyon yo te la, epi yo te kòmanse ranmase done pou yo kab konprann pi byen sa chak zòn bezwen, ki enkyetid yo genyen, epi ki sa zòn ki nan plenn yo ka reyalize. An tou, ekip la fè sis vwayaj ann Ayiti (2013: Faz anvan charèt yo: Out/sektanm, oktòb, desanm epi an 2014: Faz Charèt la: Mas; Faz apre charèt la: jen, ak oktòb). Pandan 2 lòt okazyon, yon manm ekip k ap prepare plan an, te ale nan yon rankont òganizasyon Kelòg finanse ann Ayiti (jiyè ak desanm 2013). Apre sa, an 2012, 2 manm ekip la ale ann Ayiti pou y al rankontre ak moun k ap mennen aktivite nan zòn yo pou ekip la kab konn ki sa yo vle pou l kab define sou ki sa plan sa pral chita. Pandan vwayaj ekip k ap prepare plan an menm jan ak, pandan vwayaj inisyal anvan yo te bay oken fon an 2012 la, ekip la te fè plizyè rankont ak lidè nan zòn yo, ak ONG

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


yo, epi ak kèk moun ki bay kout men nan pwojè a. Nou te òganize 3 mini-charèt, kote te gen ant 60 a 70 moun ki te prezan. Pandan tout tan n ap travay sou pwojè Inisyativ la, medam yo vin pi enterese de jou an jou. Te gen 7 rankont pou òganize jan gwoup yo pral travay, omwen youn pou chak vwayaj ekip ki t ap travay sou devlopman plan, chak rankont yo te gen prèske menm valè moun ki te vin ladan yo. Nan mwa jen, moun nan zòn nan te òganize kèk rankont ansanm ak “YouthBuild” yon òganizasyon entènasyonal, pou yo te kab wè pi byen kouman yon Lekòl Metye ta kab sèvi tout rejyon an nèt. Nan atelye mini-charèt ki te fèt nan 2èm, 3èm ak 4èm vwayaj la, nou te òganize yon sesyon SWA(O)T (se metòd pou evalye fòs, feblès, opòtinite, ak potansyѐl pwoblѐm) pou ankouraje moun nan zòn nan pran pou aktivite yo, pou idantifye sa tout moun vle reyalize ki menm, epi pou wè sa moun nan zòn nan panse sou plas. Akòz sesyon SWA(O)T say o, men kèk lide moun nan zòn nan yo te prezante: Akayè • Yon branch inivèsite - ki konsantre sou syans konpitè ak devlopman • Yon Mize sou Istwa drapo Ayisyen an ak Revolisyon Ayisyen an • Nouvo endistri • Netwaye bildin istorik yo • Ouvè yon sant pou Kiltivatè • Ranje mache a ak zòn ozalantou mache a • Kreye yon sant espòtif • On sant pou konvansyon • On sant pou timoun • Ouvè yon bank mikwokredi • Amelyore Otèl yo ak Pò a • Vann pwodui lokal sèlman

Koray • Refè Wout Nasyonal la • Fè Koray vin yon kote ki rale touris • Re-konekte ak wout Nasyonal la • Re-konekte pon sou ri Kolonyal la • Amenaje Sant espòtif la • Bati yon klinik/Lopital oubyen yon ti sant sante • Lekòl enfimyè • Mize - Lakou • Pwogram Edikasyon • Re-pentire, repare, epi amelyore lari yo • Sant Agrikilti - aktivite touris nan chan bannann ak pit • Inivèsite Kolonyal • Chèche konprann pwoblèm dlo a - pwoblѐm dlo nou genyen chak sezon, ak valè dlo moun bezwen pou kay • Fè yon reklam “respekte tèt ou” • Repare mache a epi amelyore li • Vin ak mwayen pou bay kouran ki dirab Lili • • • • • • • • • •

Pwoblèm dlo potab Pwoblèm jete fatra Poblèm dlo potab Bati yon mache pwason Bati yon sant espòtif kote teren foutbòl la ye a Ouvè yon sant pou aktivite atistik Bati on lekὸl/ sant pou moun aprann lapѐch ak aktivite o zalantou yo Bati yon Obèj Bati pon sou wout Kolonyal la Netwaye arebò lanmè a

Bati twalèt piblik ak kote pou moun benyen Pou kore demann moun nan zòn nan te genyen, nou te mande lidè nan zòn nan bay lide yo tou. Konesans yo te genyen sou sa k ap pase nan chak zòn te pote anpil eklèsisman nan demann yo. Apre chak vwayaj, reprezantan ekip k ap prepare


38

University of Miami School of Architecture Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote, Inivèsite Miyami

Sonia R. Chao, Asistan rechéch epi Direkté Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote, Inivèsite Miyami

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Opposite page: Initial invitation to communities to participate in the initiative Initial project description submitted to local leaders and civil society members


40

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



42

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



44

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



46

plan an te prezante yon rapò bay manm fondasyon an, swa ann Ayiti oubyen Miyami. Met sou sa, nou te tou kὸmanse ou dyalὸg ak Komite entèmisteryèl pou amenajman teritwa a ann Ayiti ki te etabli pandan youn nan vwayaj yo, pou n te kab jwenn plis ransèyman, epi pou n te kab fè lidè, òganizasyon ki bay sèvis nan zòn ak lòt òganizasyon ki nan rejyon an enterese nan sa n ap fè a epi mete yo okouran sa nou vle reyalize. Tanzantan nou voye imel oubyen nou telefone yo pou nou mete yo okouran pwogrè nou fè.

desen plan yo bezwen pou pwochen faz travay la. Rezilta tout travay sa yo pwodui yon Liv resous 615 paj pou pwojè Akayè Ayiti a - yon resous ki la kounye a pou ede ekip k ap prepare plan yo epi ki kab itil lòt moun pi devan. Kòdonatè lokal yo ki te ede nan fè rechèch yo, men sa ki pi enpòtan an, sѐke yo kolabore ak reprezantan lokal la epi ak reprezantan kominikasyon an pou tabli kontak epi kontinye kontak ak dyalòg ak popilasyon an, epi tou pou òganize tout rankont ki gen rapò ak pwojè a nan tout rejyon an.

Jan n travay sou vizyon an FAZ ANVAN CHARÈT LA Rechèch, Preparasyon kad, Pale ak moun zòn nan, rankont ak atelye mini-charèt.

An menm tan tou, konvèsasyon ant ekip k ap prepare plan an, ant CIAT, ak “Youthbuild International” ranmase anpil ransèyman yo te bezwen epi anpil moun vin enterese nan plan pou pwojè a. Distans faz sa a te fini, ekip k ap travay sou plan an te byen konprann ki sijè ki te enterese moun nan zòn nan, ki sa moun nan zòn nan t ap atann, ki sa plan sa ka pote pou zòn nan, epi ki difikilte ki kab prezante devan yo.

Nan premye faz demach preparasyon vizyon an te gen yon faz rechèch, nou ranmase done, nou prepare kèk kad, epi nou pale ak moun zòn nan. Faz sa a dire 8 mwa. Nou al an vizit, nou chèche dokiman sou kèk sit, nou òganize kouman pou moun nan zòn nan pran pa nan aktivite yo ak kòdonatè lokal yo, nou fòme kèk moun, epi nou fè plizyè atelye pou popilasyon an, kèk mini-charèt, nou fè kèk sesyon SWA[O] T, epi, nou òganize rankont ak lidè nan gouvènman an ak kèk lidè lokal. Atravè rechèch, rankont ak popilasyon an, analiz done nou ranmase pandan rechèch yo ak faz anvan charèt yo, ekip k ap travay sou pwojè a fè preparasyon pou faz charèt la. Moun nan zòn nan pataje lide yo epi kèk fwa yo menm fè desen sa yo vle reyalize yo. (Gade nan apendix la) Apre sa ekip k ap prepare plan an al montre Imaj moun nan zòn nan trase nan rankont ak popilasyon nan chak nini-charèt oubyen nan sesyon travay yo epi yo jwenn bon jan konsèy lè kon sa. An menm tan tou, ekip k ap prepare plan an ak Asistan k ap fè rechèch yo konplete rechèch yo gen pou yo fè ak premye

FAZ CHARÈT Prepare moun, Pale ak moun zòn nan, fè Mini-Charèt, Charèt Teknik Faz charèt la chita konsantre ‘l plis sou ranmase plis ransèyman nan men moun nan zòn nan (Mini-Charèt nan mwa d mas nan mitan pwojè a) epi pase men de fason teknik nan lide yo ranmase (Charèt teknik ak komite plan an, nan mwa d Me) pandan mini-charèt ki te fèt nan mwa d mas la. Yo te mande moun nan tou zòn Akayè yo pou yo gade travay la epi pou yo te di ki sa yo te vle ajoute nan plan ki te fèt pandan ekip plan an t ap prepare pou al nan yon charèt teknik. Charèt sa a ki te dire yon semenn te gen ladan Ekip k ap travay sou plan an, kèk konsiltan pwofesyonèl, kèk istoryen, kèk kolaboratè, Etidyan nan pwogram Lisans ak Metriz nan Fakilte achitekti nan Inivèsite Miyami, Asistan Rechèch Diplome nan CUCD ak tout moun ki konsantre sou amelyorasyon konsèp yo epi sou kòmanse prepare desen final plan pwojè a.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Liquifaction Hazard Zones

Multi-Hazard Zones

Landslide Hazard Zones

Flood Hazard Zones

Flood Hazard Zones

Drought Hazard Zones


48

During the Pre-Charèt phase, Design Team members documented the region, taking over 2,000 GPS located photographs which were later referred to during the subsequent phases of work.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



50

FAZ APRE-CHARÈT Pale ak moun nan zòn nan, Prepare desen plan an, ak Rapò vizyon an Pandan faz apre-charèt la, gen 2 vwayaj ki fèt, tou de se te pou al pale ak popilasyon an. Pandan dènye vwayaj nan rejyon an, ekip k ap prepare plan an te pataje rekòmandasyon ki t ap devlope yo ak tout zòn yo epi ak lidè zòn sa yo pou asire rekòmandasyon yo toujou rete menm ak sa moun nan zòn sa yo te vle ak sa yo te gen kòm vizyon, epi yo te rezèvwa dènye benediksyon popilasyon an ak dènye lide yo genyen, anvan nou soumèt plan yo bay 2 òganizasyon ki finanse travay la. Rapò Vizyon Akayè Ayiti a prezante vizyon popilasyon an ak Imaj pou plan vil ki baze sou gwosè kay zòn lokal yo- sou zòn rejyonal yo, sou vil la. Rapò Vizyon an se yon gid pou devlopman dirab nan plenn Akayè- ak nan zòn bodmè yo. Malgre inisyativ sa konsantre plis sou zòn plenn nan, anpil nan rekòmandasyon yo pale de pwoblèm ki gen nan mòn yo tou. Pwoblèm nan preparasyon plan an Anviwònman natirѐl Debwazman ann Ayiti, ki gen rapò dirèk ak pwodiksyon chabon an, se yon pwoblèm ekolojik ki serye anpil ki mete polisyon nan lè a ak ewozyon nan tè a. Si yon moun deside pou l pa okipe pwoblèm klima a kab genyen akòz debwazman nan peyi a, kèlkeswa sa k pase, jan bagay yo ye kounye a ak pwoblèm ekonomik yo k ap kontinye pwoblèm klima a ap toujou raple nou sa. Nan yon rejyon tankou Akayè, ki depann de agrikilti, ewozyon tè a se yon pwoblèm k ap vin pi grav de jou an jou. Pwoblèm sa a gen efè sou kalite tè a, epi sa vin fè efè sou rekòt plantasyon yo. Asire gen ase manje pou popilasyon an manje se yon pwoblèm pou tout moun nan rejyon an, rekòt ap bese, tè jaden bay mwens rannman, kalite tѐ a deteryore epi popilasyon an ap ogmante.

Nonsèlman tè a malad, lanmè a soufri konsekans yo tou, lè dlo desann nan lanmè ak tout kalite salte pou polye lanmè a ak tout sa ki viv ladan. Met sou sa, mang yo ap disparèt, y ap peche twòp pwason nan zòn plat yo, sa vin lakòz nou pèdi plis bagay ki te konn viv nan lanmè. Alalong sa pral fè gen mwens manje pou moun ki ret pre lanmè nan rejyon an epi sa ap lakòz yon ekosistèm ki pa an sante. Kit se debwazman nan mòn yo ki fè vin gen plis inondasyon nan plenn yo, kit se detwui yo detwui chan mang bò lanmè yo ki konn pwoteje ze tout kalite bèt ki viv nan lanmè a ki epi ki pwoteje zòn pre lanmè yo kont ewozyon, epi tou ki ampeche lanmè antre twòp sou tè pre lanmè yo; fason n’ap pѐdi resous natirèl nan rejyon an se yon danje pou tout moun, pou tout sa moun plante, pou tout bèt ak plant, on sitiyasyon ke chajman klima vin pi mal pral fè. Lokalite yo ak Mank enfrastrikti Mank enfrastrikti lokal ak nan rejyon an anpeche pwogrè tout jan. Sa gen efè sou ekonomi an, sou sante moun, epi sou jan moun ki rete nan rejyon Akayè a viv. Sistèm elektrisite, sistèm dlo potab, sistèm pou jete fatra, fason pou pyeton ak machin sikile, tout sistèm sa yo swa yo pa egziste swa yo pa byen mache. Pou jan rejyon sa pre pòtoprens ki chaje ak moun, popilasyon Akayè ap kontinye ogmante epi difikilte zòn nan genyen kounye a ap vin pi grav; epi sa kab mennen anpil pwoblèm sante ak kriz ekonomik. Nan ane ki sot pase yo, zòn nan te konsidere on zὸn riral lan jan kay yo te bati; sѐ jou si, sa kòmanse chanje pou yon seri kay ki sanble, ki gen kloti, epi kote chak lakou vin endepandan epi yo bati kay sou kay. Pwoblèm papye tè vin konplike planifikasyon nan zòn nan, swa pou bati pwojè, swa pou idantifye kote ki disponib pou konstwi kote pou bay sèvis. Tout rejyon an bezwen sistèm swen sante ak rezo lekòl ki gwo ase pou rejyon an, soti nan mòn rive nan plenn. Anpil

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Climate Change Vulnerability Index 2014. Source: www.maplecroft.com


52

fwa fi ansent ki sot nan mòn mouri pandan yo sou wout pou y al nan yon klinik ki nan yon plenn. Yon senp ti enfeksyon oubyen yon marengwen ki mòde yon timoun kab touye timoun nan epi yon kiltivatè ki fè yon aksidan pandan l ap travay kab mouri…tout sa, san rezon. Klinik ra, epi pa gen okenn lopital pou trete moun ki fè gwo aksidan nan tout rejyon an. Yo bezwen plizyè klinik sou wout Nasyonal la ak wout ki mennen nan mòn yo. Yo bezwen klinik tou nan zòn ki pa jwenn anpil swen sante tankou Koray. Menm jan an tou, pa gen okenn inivèsite nan tout rejyon sa a. Jèn yo dwe vwayaje swa al Pòtoprens swa al Senmak pou yo al nan Inivèsite. Nan mòn yo sa pi grav toujou, pou kounye a pa gen yon grenn lekòl segondè, anpil nan jèn yo kite lekòl apre yo fini ak klas elemantè. Kèk ladan yo oblije kite lakay yo pou y al lekòl lòt kote, ki vin mennen lòt pwoblèm tankou poblèm dwòg, poblèm gang, oubyen pwoblèm ansent twò bonè. Li lè pou gen yon Inivèsite nan rejyon an ak lòt kalite lekòl tankou lekòl pwofesyonèl. Yon lòt gwo pwoblèm pou moun Akayè se pwoblèm mank travay. Kreyasyon lòt sektè tankou nouvo fòm agrikilti ak nouvo fòm touris se kapab kèk solisyon ki senp, ki kab fèt tousuit, epi ki kab pwofitab. Aktivite jaden ki gen kounye a yo ap toufe paske manke kote pou anbale pwovizyon yo, pa gen frijidè, pa gen enstalasyon pou distribiye manje yo, poutèt sa anpil pwovizyon peri distans yo rive nan mache. Rejyon an manke kote ki gen aktivite kiltirèl epi resous istorik li yo anpil fwa yo ret la ap kraze. Pa gen anpil plaj piblik, epi sa ki genyen yo piti epi yo pa gen twalèt ak lòt bagay pou moun sèvi. Pou rezon sa yo, ekonomi Akayè ap bese, resous natirèl li yo ap disparèt, pa gen ase lekòl, epi sistèm sante piblik ak sèvis pou moun ki nan bezwen nan zòn nan an danje. Objektif ak prensip Objektif pwojè sa a se pou devlope yon mach a suiv pou sa

ki kab fèt ak fason pou mete ann aplikasyon solisyon pou pwoblèm sa yo ak lòt difikilte pou fѐ plan pwojè a, ak lide pou nou pwopoze yon mwayen pou fè devlopman dirab, ki chita sou prensip egalite sosyal, sou devlopman ekonomik, ampil kouraj, epi sou pwoteksyon anviwònman an. Nou rekonèt gen tout yon seri difikilte nan preparasyon yon plan kon sa, nan chèche solisyon pou rezoud difikilte sa yo Inisyativ la divizize travay la an 3 kategori: Yon plan rejyonal, yon plan pou vil la ak yon plan konstriksyon batiman/ kay. Repatisyon sa a kab prezante sou fòm sa yo tou, sa nou vle fè alontèm, sa nou pap pran twòp tan pou n reyalize, ak sa nou vle reyalize tousuit. Oubyen tou kote mwayen pou travay sou sa nou vle reyalize yo mande pou konte sou gouvènman santral la ak gouvènman lokal yo (nan rejyon an), ak gouvènman lokal la, koperativ biznis yo, ak sosyete sivil la (vil la), epi finalman ak tout rès popilasyon an (batiman/ kay). Topik konsantrasyon pou rejyon yo, pou vil yo epi bati ekip yo Bati ekip sou plan rejyonal Travay ekip rejyonal la konsantre sou idantifye fason pou amelyore sistèm enfrastrikti yo, repare domaj debwazman an, kontwole dlo inondasyon yo, sijere fòm elektrisite ki dirab, chèche kote pou moun pare move tan, fè konnen ki bon aktivite ekonomik moun ta kab mennen, epi idantifye kote pou yo ta mete sant rejyonal kote gen lekòl, swen sante, oubyen mwayen transpò ki ta kab itil tout rejyon an. Yo idantifye sèten distrik, swa pou trete dechè oubyen pou fè rechèch. Yo pwopoze yon sistèm wout ak kèk rezo enfrastrikti, wout pou pyeton ak bisiklèt, yon sistèm taksi sou lanmè, yon pò ki amenaje ak kèk kote pou batiman kwochte ki pi piti epi kèk sant distribisyon ak kèk sant echanj. Sistèm sa yo kab konekte ti vil yo youn ak lòt, yon aktivite touristik ak yon lòt, epi yon sant komèsyal ak yon lòt. Yo pwopoze sant

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



54

edikasyon rejyonal, sant transpò, sant sante, kote pou anbale manje epi stoke manje, tout nan pozisyon estratejik. Aktivite sa yo touche sekirite, sante piblik, byennèt sosyal, pwosperite ekonomik, epi posiblite pou plis moun jwenn travay. Ekip sa a mande yon bagay enpòtan, lè vil la ap grandi pou l pa elaji, pou elajisman an konsantre, pou l fèt nan kote ki deja bati oubyen pre wout prensipal la. Apwòch sere sa a ap ede fè prediksyon pou agrandisman zòn yo epi prezève pi gwo pòsyon tè pou gran aktivite nan rejyon an: agrikilti. Nouvo aktivite touris, eko-touris, touris ki enterese nan aktivite kiltirèl ak nouvo agrikilti dirab kab bay zòn nan yon bon bourad. Ekip sa a pwopoze yon nouvo sant endistriyèl anba nan pye mòn yo pou kreye nouvo kalite travay ak yon nouvo vil, nan direksyon Nò Lili pou bay moun ki deja la yo rete, ak moun k ap vin abite nan zòn nan. Finalman, entwodiksyon aktivite ki dirab, tankou yon baraj idwo-elektrik, sant elektrik ki sèvi ak van, oubyen kote ki sèvi ak fatra pou fѐ materyo konstriksyon, chan banbou, epi, pwoteksyon resous natirèl yo va mete zòn nan sou wout pwosperite, sante ak sekirite nan rejyon an. Ekip pou plan vil la Nan mitan tout kominote ki an sante gen yon vi sivik. Gras a konesans popilasyon an ak lidè yo pandan plizyè atelye preparasyon, pwojè sa idantifye estrateji pou plase tout pre klinik ki deja la yo oubyen klinik yo pwopoze, kèk lekòl ak lòt sèvis piblik nan mitan vil yo, sitou pou ankouraje plis moun pran pa nan aktivite piblik yo. Popilasyon an vin gen plis ‘fyète pou zòn yo’ epi yo sijere ki kote pou mete anpil nan sèvis ki nesesè yo pou plis moun kab jwenn sèvis sa yo oubyen moun ki pa rive jwenn ase sèvis. Met sou sa, pou vil yo, yo pwopoze solisyon ki pa dwe pran twòp tan pou bay kouran ki renouvlab epi ki dirab. Yo idantifye nouvo kote pou mete nouvo plas piblik, nouvo mache, anplasman pou fè echanj, zòn komès, amizman, plas piblik, oubyen waf tou, nan sèten ka yo pwopoze amelyore kote ki deja bati. Estrateji yo pale de sa zòn yo bezwen san

bliye resous natirèl yo, devlopman ekonomik ak tradisyon kiltirèl. Met sou sa toujou, yo pwopoze pou parèt ak nouvo fòm touris, ki gen rapò ak agrikilti, ekoloji, aksyon dirab ak prezèvasyon kilti, eritaj, selebre kote drapo peyi a te fèt, epi tradisyon apa zòn riral yo genyen, rezon an se pou kab gen plis kalite touris ki vini nan zòn nan ki va pèmèt moun ouvè anpil ti biznis. Ekip Sou Plan Konstriksyon Batiman/ Kay Jwenn bon kay pou moun rete se yon pwoblèm nan tout peyi a. Moun ki pa gen anpil konesans, ase zouti oubyen ase resous, se yo ki bati majorite kay. Jounen jodi a, modèl kay moun kontinye ap bati meprize klima lokal la ki kὸz kalite vi moun ki rete nan kay sa yo on ti jan dezagreyab, kay yo cho, yo imid, epi yo depann de aparèy ki koute anpil lajan pou fè yo mache. Yo prepare kèk plan kay ki pral kab sèvi pou plizyè aktivite ak kay pou moun rete ansanm ak moun zòn nan epi rezilta sa bay se ‘plan kay ki fasil pou bati’. Kay sa yo pran tanperati zòn nan an konsiderasyon, valè solèy ki bat kay la, jan lè rantre soti nan kay la, pou amelyore kondisyon vi moun ki rete nan kay la, epi evite depann so yon pakèt aparèy chè. Plan kay sa yo pran an konsiderasyon seri bezwen fanmi an genyen epi li bay bon jan esplikasyon ak Imaj sou kalite kay yo ak fason pou bati ki ka kenbe anba siklòn oubyen tranblemanntè kote kay la bati ak materyo ki nan rejyon an oubyen ak altènatif ki nouvo. Gen yon seksyon nan rapò a ki pale de plan ki solid, chèche enèji ki dirab ki pa mande anpil teknoloji, chèche dlo, epi kreye sistèm twalèt; posiblite sèvi ak sistèm idwo-elektrik; epi chèche fason ki dirab pou fè agrikilti nan mitan vil yo. Ekip k ap prepare plan an pale de sa ak kèk ONG ann Ayiti posibilite pou yo kreye yon pwogram pou aprann metye ki bay yon ‘sètifika’ oubyen yon lekòl pou aprann metye ki konsantre sou sitèm pou bati kote yo kab antrene moun ki gen ladrès pou bati gwo pwojè, sa kab bay ekonomi lokal yo yon bon bourad.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a



56

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal


58

Kowòdone tout bezwen, resous yo ak rezilta sa kab bay: Plan Vizyon pou Akayè

Anpil nan zòn riral ann Ayiti yo se bon egzanp devlòpman dirab, nan jan yo bati jenetikman yo gen tout eleman yo bezwen pou kreye yon kominote ki gen aktivite epi k ap byen mache. Gen plizyè egzanp kon sa nan Komin Akayè a. (Pou plis enfòmasyon al nan seksyon sou vil nan rapò sa a.)

Sonia Chao, AIA, Pwofesè Adjwen Rechèch nan Lekòl Achitekti Inivèsite Miyami, epi Direktè (CUCD) nan UM/SoA Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote; Gustavo SanchezHugalde, Achitèk, Urban Designer epi Adjwen Rechèch CUCD; epi Max Zabala, Achitèk, Desinatè plan vil epi Adjwen Rechèch CUCD

Kominote yo tou bezwen bonjan ranfòsman tankou aktivite sosyal, aktivite ekonomik, aktivite kiltirèl epi bon jan rezo enfrastrikti oubyen bon jan sistèm, ki kab mennen devlopman ekonomik, pwoteje lavi moun, epi amelyore lavi popilasyon an an jeneral.

Plan vil se youn nan pi gran bagay moun reyalize sou tè a, chak nouvo pa se yon refleksyon istorik anbisyon pèp sivilizasyon an. Anpil fwa, gen gwoup moun ki bati yon kote sanzatann, pa aza, anpil fwa se kon sa sa fèt nan zòn riral yo. Kèk lòt fwa yo suiv plan oubyen fòm kay yo eritye. Nan anpil kote bodmè nan karayib la kote kolon yo te debake an premye, se kon sa moun bati. Ofiamezi, ti pa ti pa, achitèk, enjenyè, politisyen, lidè relijye, ak dirijan swen sante se yo ki te konn gide vizyon plan vil yo, ki te konsantre sou fòm espas la, sou jan moun boule ak moun, sou lanati ak jan anviwònman an bati, sou komès oubyen defans. An jeneral, kominikasyon nan listwa, ant moun ak sa yo bati, jan yo bati vil, ak domèn lanati a, ransèyman sa bay bon jan leson ki kab sèvi kòm machasuiv nan jan achitèk ak moun ki travay sou plan vil reflechi kounye a. Pou jwenn orijin karakteristik kèk vil, ki gen ladan estrateji yo te sèvi lontan ak sa yo sèvi kounye a, anpil fwa yo bay prèv konsekans fason yo te sèvi ak resous natirèl yo sou yon bò, epi sou lòt bò, kouman sa gen enpòtans lè moun te pran san yo pou yo planifye, kote modèl la ankouraje moun sèvi ak sa yo te genyen, modèl la pa pran anpil espas, li sèvi pou anpil aktivite, epi se kote moun kab mache pou yo sikile. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Sa Komin Akayè a ka ofri ak sa Komin Akayѐ a “Grenye Ayiti” bezwen Komin Akayè a lokalize a 32kilomèt nan direksyon Nòdwès Pòtoprens, epi zòn nan mezire 393.6 kilomèt kare, An 2003, popilasyon komin sa te a 102,639 moun. Orijinalman, yo te rele Akayè Kayaha, apre sa yo te rele l Akaha lè kolon franse yo te la. Kounye a rejyon an divize an 6 seksyon: Montwa, Fonbastyen, Boukasen, Dèvaz, Matye, Delis, ak yon zòn ki rele Katye Senta. Yo klase tout rejyon sa a tou an 2 seksyon apa: zòn nan mòn ak zòn nan plenn. (Pwofèt, 2008). Seksyon komin nan ki nan plenn nan konn gen inondasyon ladan, akòz mòn apik ki vin ateri nan bouch rivyè yo. Plis ane yo ap pase plis dlo desann a vitès, rezon ki lakòz sa sitou se debwazman. Bagay ki lakòz anpil gwo dezas nan zòn nan se inondasyon, pandan gwo mòn yo ap pwoteje zòn nan kont siklòn (lè siklòn yo pran direksyon Lès yo abitye pran an), epi tou pandan rejyon an lwen de zòn kote kab gen tranblemanntè ki sèkle peyi a. Apre tout pawòl sa yo, gen kesyon kalite tè ki anba rejyon an, zòn ki nan plenn yo tou gen yon pwoblèm ak likefaksyon (se lè tè nan yon zòn nan pa kab sipòte okenn gwo kay oubyen pwa lou lè dlo chita anba tè a) sitou, si ta gen yon tranblemanntè ki pase nan ti fay Kabarè a.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal


60

Anpil nan vil riral ann Ayiti yo, zòn andeyò yo, ak ti bouk yo se bon egzanp devlopman dirab, ak tout sous jenetik ki gen tout sa yo bezwen pou yo devlope epi pou y ap byen mache. Gen plizyè egzanp kon sa nan Komin Akayè a.

Komin Akayѐ a “Grenye Ayiti” INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Zòn ki pi fasil gen inondasyon. Sous: Charèt/CUCD Ayiti 2010

Plenn ki kab tounen labou. Sous: Charèt/CUCD Ayiti 2010


62

Popilasyon ki jwenn kote pou y al pran swen sante. Sous: United Nations Stabilization Mission in Haiti (MINUSTAH GIS), UNFPA, PAHO Haiti Health Facilities master list. Map production: Public Health Information and Geographic Information Systems (GIS) World Health Organization

Rezo enfrastrikti ki deja la. Sous: Charèt/CUCD Ayiti 2010 INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Rejyon Akayè a se kote yon nasyon te fèt epi se la yo te fè drapo li.

Kat kote yo plante. Sous: Charèt/CUCD Ayiti 2010


64

Malgre sèvis leta ak enfrastrikti nan tou zòn sa a an jeneral swa yo twò ansyen swa yo merite repare, oubyen yo pa egziste ditou, zòn nan mòn yo manke wout sitou, yo manke swen sante, ak inivèsite, sa vin mete plis presyon sou ti resous ki genyen nan plenn yo. Malgre komin nan pre kapital la, se yon sèl wout ki desèvi tout rejyon an, wout nasyonal la. Li travèse tout komin nan epi li sèvi tankou yon kòd lonbrik ki konekte kapital la ak Sen Mak pandan li konekte tout lòt ti vil ak ti bouk ki sou wout la. Lè gen lòt wout, anpil fwa se wout tè, wout wòch, sa konn fè kèk nan wout mòn yo danjere anpil nan kèk kote. Idantite rejyon an konekte ak yon bagay ki istorik anpil ki rive yon kote ki pa twò lwen Koray. Nan zòn sa a, se la yo te koud premye drapo ki fè pèp Ayisyen an pran endepandans li nan men Lafrans epi se la yo te monte drapo a. Gen lòt sit istorik tankou moniman Desalin nan, kay Katrin Flon an, ak zòn Grann Giton an. Gen kèk lòt ti zòn istorik ki an rapò ak komès sik nan rejyon an, gen youn ki pre Montwa ak yon lòt pre Koray. Nan ane katreven katreven dis yo, te gen zòn kote touris te konn al vizite sou tout zòn bò lanmè a, kote touris yo peye yon pri pou tout sèvis yo bay touris yo pandan vakans lan. Pandan plizyè santèn ane, bon tè jaden Akayè a, se te yon plenn ki domine tout plenn, sa te vin bay zòn nan ti non “Grenye Ayiti”. Zòn sa a te konn bay kann, bannann, mango, tabak, kafe epi pwason. Se agrikilti ki manman aktivite zòn sa a. Malgre sa kiltivatè yo ap fè fas ak anpil pwoblèm paske tè a pa ka bay bon rannman, gen anpil inondasyon, epi manke mwayen pou distribiye manje yo pwodui yo, ak kote pou vann manje yo. “Twaka popilasyon an depann de agrikilti pou manje yo manje oubyen pou yo vann” epi sektè agrikilti a anplwaye de tyè nan valè moun ki ka travay ann Ayiti. (Icart, 1999) Anpil fwa moun fè jaden sou ti bout tè ki apeprè yon ekta pou chak fanmi, kote yo INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

plante pou yo manje, epi pou yo vann. Pa gen anpil jaden ki depase 12 ekta. Anpil fwa Ayisyen sèvi ak yon metòd plante ki pa yo ki rele aborikilti, kote yo plante fri ak plant ki grandi anba tè, tankou manyòk (yon kalite pen tradisyonèl ki ranplase sa yo fè ak grenn farin nan). Yo travay tè a ak zouti moun sèvi alamen. Se ra pou sèvi ak bagay pou raboure tè a oubyen bèt pou raboure tè a paske sa koute twòp lajan. (Tcheke Seksyon Echèl vil la nan rapò sa a pou jwenn enfòmasyon ak rekòmandasyon ki nesesè) Etid la ap fèt: Akayè, Koray ak Lili Rejyon an gen twa kalite gwoup ki vin ret nan zòn nan; fòmèl, net epi enfòmèl. Akayè se egzanp yon vil bodmè ki istorik, ki gen yon plan trase fòmèl nan mitan vil la kote ri yo an paralèl epi li gen tout yon seri kay. Fason vil la trase a se tankou yon sistèm mezi franse ‘apan’ ki melanje ak yon fòm plan vil ki fòmèl ki komen toupatou sou latè a epi nan listwa. Gen mezon komès epi gen espas piblik. Sa k fè idantite vil la se ti kay an bwa l yo ak gran kay ki nan estil Vitoryèn yo tou. Si yo te repare anpil nan kay istorik sa yo, yo ta kab kreye yon distri ki sèvi pou aktivite ki attire vizitè epi, yon sous pou fè lajan pou zòn nan, kote ta gen nouvo aktivite pou touris epi anpil biznis. sou yon wout ki pase nan mitan tè jaden yo. Zòn sa a manke anplasman pou biznis ak espas piblik. Kote k te gen bèl lakou ak tout yon seri ti kay, ap disparèt tanzantan epi y ap bati kay an blòk nan kote sa yo, gwo kay ki klotire. Gran kloti wo sa yo se pou pwoteje kay prive sa yo, men yo pa atiran pou jan popilasyon an fonksyone. Nouvo mezon komès ak espas piblik, reparasyon espas piblik ak moniman ki deja la yo, epi bati kloti ki pa twò bloke moun tout arebò lari a, tou sa kab fè zòn riral sa a vin pi ge. Dènye kalite popilasyon an se Lili li ye, se nan mitan rejyon an li ye. Li chita sou yon pant epi gen anpil moun ki rete la.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Rezime rekòmandasyon anndan oubyen ozalantou vil Akayè


66

Rezime rekòmandasyon anndan oubyen ozalantou zòn riral vil Koray INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Rezime rekòmandasyon anndan oubyen ozalantou zòn Lili


68

Zòn sa se yon zòn kote pechè yo rete, moun bati ti kay yo kote yo jwenn, kontrèman ak jan kay bati an ranje. Lili se tout yon seri lakou ki konekte ansanm kote moun deplase apye pi souvan epi pa gen anpil gran wout ki kwaze la. Ti zòn sa a ta merite yon ti lòd, ak kèk sèvis piblik, ak kèk enfrastrikti yo bezwen anpil. Resous bò lanmè yo an danje kounye a poutèt sa fò moun nan zòn nan re-evalye jan y ap fè lapèch kounye a pou yo kab pwoteje kote pwason yo ponn ak kote yo grandi epi asire moun pa peche twòp pou sa pa bese aktivite pechè yo pi devan. Pou jan tout moun konn tout moun nan zòn nan ak jan ti vil la plase sou bò lanmè a, li nan bon pozisyon pou l devlope komès lapèch la epi kreye plis aktivite komès, nan kreye aktivite ak biznis ki an rapò ak komès lapèch la, pandan y ap pwoteje resous natirèl yo. Prezantasyon vil la nan rapò vizyon an prezante kèk rekòmandasyon byen detèmine pou chak nan lokalite sa yo y ap analize yo. Nou kab sèvi ak menm rekòmandasyon sa yo pou lòt kote ki menm ak zòn sa a. Malgre sa, objektif ak rèv nenpòt zòn lokal konekte ak pa zòn ki sou kote yo, se la yon plan rejyonal kab prezante yon vizyon ki kowòdone pou tout zòn yo. Rezon Plan rejyonal la Nan ka komin Akayè a, fò n ranfòse idantite zòn nan ki konekte ak agrikilti, epi fò n pwoteje baz ekonomik sa a epi ogmante l tou yon fason ki dirab. Met sou sa, relasyon ant sa ki natirèl ak sa yo bati fèt pou etabli sou baz respè pou anviwònman an, sou yon ekonomi ki baze sou agrikilti, epi sou lide kote nou okouran si nou bati san kontwòl sa ap detwui tou de. Sa vle di gen nesesite pou fè devlopman nou kab predi epi ki sansib anndan rejyon an, nan vil li yo, yon fason ki byen kowòdone. Entwodiksyon tout yon seri sitèm enfrastrikti nan zòn nan gen yon enpòtans kapital nan devlopman rejyon an, nan pwosperite zòn nan epi pou rezon sante piblik tou. Yon plan k ap gide aplikasyon tout objektif sa yo se yon plan ki enpòtan anpil. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Yon Plan Rejyonal va sèvi kòm manman zouti pou asire objektif sa yo. Yon Plan rejyonal trase zòn pou devlopman riral ak devlopman iben kon sa plan an tabli yon plan travay pou devlopman moun kab predi. Sa idantifye tou yon konbinezon sistèm enfrastrikti ki nesesè pou pwoteje resous natirèl ak tè jaden nan rejyon an alontèm. Epi sa pwoteje tè ki la pou asire espansyon endistri, edikasyon ak aktivite kiltirèl. Yon plan rejyonal ki gen pwen komen ak seksyon kote youn konplete lòt fè sa posib pou lidè nan gouvènman - ni sa ki lokal ni sa ki nan kapital la - pou yo kowòdone travay y ap fè, pou yo fè sa ki merite fèt anvan, epi alafen lè yo mete estrateji yo ann aplikasyon, sa va pèmèt sitwayen nan zòn nan reyisi nan sa y ap fè. Kon sa sitwayen yo va konstwi yon meyè avni pou tèt pa yo ak fanmi yo, sitou gras a preparasyon byen fèt sa yo ki byen kowòdone epi ki santre sou tout rejyon an kote estrateji yo itilize mache ansanm youn ak lòt. Dapre konsèp la, plan rejyonal sèvi kòm abit ant plan devlopman nasyonal ak plan vil yo, epi plan sa a k ap prezante yon fòm pou kowòdone travay yo epi pou ajiste plan lokal yo sou tout bò, pandan y ap bay popilasyon anplis posiblite pou yo di sa yo vle pou vizyon zòn yo a. Kon sa planifikasyon rejyonal la kab fè yon gwo travay lè l konekte règleman nasyonal ak resous lokal, ak sa ki nan plan lokal yo ak objektif lokal yo. Met sou sa plan rejyonal la kab sèvi kòm kouvèti kote yo kab kowòdone tout aktivite ladan, kote rezilta yo kab nan avantaj yon pi gran pòsyon popilasyon an. Planifikasyon rejyonal pran an konsiderasyon aktivite moun ap mennen chak jou ki fè yo deplase kite zòn pa yo, swa pou travay, swa pou y al achte, swa pou amizman, swa pou yo jwenn sèvis leta, swa pou y al lekòl. Pou rezon sa yo, si pa gen yon gran plan rejyonal ki kreye mwayen


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Plan Vizyon rejyonal Akayè


70

Relasyon ant bagay natirèl ak sa yo bati baze sou respè pou anviwònman an epi sou sipò pou ekonomi agrikòl la, epi konpreyansyon lè moun bati kay san kontwòl sa detwi tou de

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

A Regional Plan delineates areas for urban and rural growth and thus establishes a roadmap for predictable growth.


72

deplasman natirèl, mwayen transpò, sèvis leta, epi kreye sant rejyonal nan mitan vil yo, menm si yon sèl vil ta fè bon jan planifikasyon pou kont li sa kab pa ede l rive devlope mwayen ekonomik ak mwayen sosyal li. Yon plan rejyonal gen plizyè fasad, li gen plizyè dimansyon, epi li baze sou fondasyon kolaborasyon ak kolaborasyon ki djanm, epi li baze tou sou objektif ki klase dapre efè yo genyen epi jan yo kab ede plis moun. Nan zòn riral yo, planifikasyon rejyonal enpòtan anpil epi sa kab mennen chanjman, pwosperite, ak devlopman ekonomik. Poutèt sa, planifikasyon rejyonal enpòtan anpil, paske sa mache yon jan ki kab konekte diferan aspè nan lavi moun ki makònen ansanm. Plan rejyonal la fè sa lè l pran an konsiderasyon tout sa yon zòn bezwen parapò ak sa tout yon rejyon bezwen, nan resous natirèl li, kote yo ye a, rive sou enfrastrikti ki ta nesesè pou fè tout mache byen tout bon. Planifye pou devlopman yon sèl ti vil oubyen yon ti bouk se yon bon lide pou chèche reyalize, planifikasyon rejyonal ranfòse lide a epi kontinye ak lide a. Se dwa chak sitwayen pou l redi travay pou ni li ni fanmi li kab viv pi byen, li dwe travay pou sa ak respè pou sa k ap pase nan zòn li, nan anviwònman an, epi fò l pòte atansyon a valè sosyal yo, epi a tradisyon yo. Youn nan kondisyon preliminè pou yon zòn jwenn anpil siksè se jan sitwayen pran pa nan sa ki merite fèt nan zòn nan ak jan yo pran responsablite yo. Lè moun zòn nan pran pa nan sa k ap fèt, yo vin chita pale epi yo pote kole nan travay ak biwo leta yo, sitwayen kab ede vanse objektif tout moun genyen pou yo rive jwenn pwogrè. Kolaborasyon enpòtan anpil. Respè pou lwa yo ak fè moun suiv lwa yo enpòtan anpil. Wòl gouvènman an se pou ankouraje sitwayen jwenn siksè ekonomik, jistis sosyal, ak pwoteksyon, pandan gouvènman an ap bay enfrastrikti ki nesesè pou asire sante jeneral tout moun nan sosyete a, byennèt yo ak pwoteksyon resous natirèl yo pou tout moun. Se responsablite tout sitwayen INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

tou pou yo suiv lalwa ak règleman yo. Se travay kolektif sa a k ap fè n rive reyalize ‘vizyon’ sa a. Plan Vizyon Akayè a: Echèl Rejyon an, Echèl vil la epi Echèl kay yo = Inisyativ pou pi devan, Pou pa twò lontan epi pou toutsuit Plan vizyon Akayè a se yon seri rekòmandasyon byen detaye ki makònen 3 diferan manman plan devlopman: plan rejyonal la, Plan vil la, Plan pou konstwi a. Chak nan plan sa yo gen yon valè tan y ap reyalize yo, kit se nan yon ti bout tan, kit sa kab pran yon ti tan, kit sa kab pran anpil tan, yo kab konsidere plan sa yo tou kòm, ti pwojè, pwojè medyòm epi gwo pwojè kote gouvènman an kab pran plan sa yo, gouvènman lokal yo, koperativ lokal yo ak ONG yo, oubyen tou sitwayen yo. Chak plan sa yo gen objektif pa yo epi yo gen pwen pa yo men yo mache ak lòt plan yo tou yon fason ki byen kowòdone epi kote youn sipòte lòt. Plan vizyon rejyonal Akayè mete tout plan sa yo ak objektif yo ansanm, epi li pwopoze yon chemen pou pwogrè ki lojik ki reponn ak tout kalite nesesite moun nan zòn nan, reyalite anviwònman an ak anbisyon ak bezwen moun zòn nan genyen ni pou kounye a pandan y ap chèche yon pi bon avni pou pitit yo. Plan Vision Rejyonal Akayè a - yon plan ki gen tout moun Planifikasyon rejyonal se pa bagay moun kab reyalize san lòt moun pa mele, nan yon kote prive ki fèmen, ki lwen kote ki konsène plan an. Se pa yon plan moun kab reyalize tou san moun nan zòn nan mèt biznis zòn nan pa enterese nan plan an epi bay lide yo pou prepare li. Poutèt sa, pou reyalize travay sa a, nou chèche lidè nan zòn nan, ONG nan zòn nan, ak mèt biznis yo pou yo vin travay ansanm pou prepare plan an epi se yo ki gide fason plan an konstwi. Metòd yo eseye deja ki mache, espètiz pwofesyonèl, tradisyon lokal, sa zòn yo bezwen kounye a ak sa yo ka bezwen pi devan dapre sa moun nan zòn nan yo di, nou mete tout lide sa yo ansanm pou fòme yon nouvo vizyon ki va pèmèt tout moun nan plenn Akayè pou yo konprann,


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

fason yo kab predi jan rejyon yo a gen posiblite devlope. Chanjman sa a pral fèt pandan yon sèten tan, epi l ap fèt ofiamezi. Chanjman kon sa kab fèt ak pèseverans epi, ak kolaborasyon ant gouvènman santral la, ak gouvènman lokal la, ak lidè ak sitwayen zòn yo. Sa va kreye yon anviwònman kote tout bagay ap mache ansanm ak yon anviwònman ki dirab pou jenerasyon sa a ak sa k ap vin dèyè yo. Plan vizyon rejyonal pou Akayè: evalyasyon fòs, feblès, avantaj ak difikilte pwojè a Rekòmandasyon sa yo se rezilta plizyè rankont piblik, reyinyon, atelye, ak vizit sou sit yo plis rechèch nou fè depi davans, koze nou fè ak lidè lokal yo, rezilta sèvis konsiltan ak sèvis pwofesyonèl, konesans akademik epi nan sèvi ak metòd yo deja sèvi ki mache byen. Nou devlope lide yo ak konsèp yo dapre sa ki konsène moun nan zòn nan, demann yo te fè, ak sijesyon popilasyon an ak sijesyon lidè yo. Nan vizit nan diferan lokalite yo epi nan atelye piblik ak popilasyon an, lidè lokal yo epi ekip k ap prepare plan an idantifye pwen fò sa yo, pwen fèb sa yo ak sa lokalite yo posede oubyen sa ki lakòz pwoblèm: •

• • • • •

Mank enstitisyon (tankou nesesite pou gen plis inivèsite, ak plis lekòl, plis lekòl segondè, Lekòl metye, sant rechèch, epi sikisal inivèsite ak nesesite pou gen plis sant swen sante pou ede fi ki ansent, pou fè operasyon, pou trete moun ki gen maladi ki kontajye.) mank sistèm enfrastrikti k ap byen mache (sistèm transpò machin ak sistèm transpò pa bato, kontwòl inondasyon, dlo potab, sistèm egou, ranmase fatra, elektrisite, eksetera) mank abri nan rejyon an; move kondisyon anviwònman an epi dega ki kab fèt sou anviwònman an pi devan; debwazman, fason pou pwoteje anviwònman an;

• • • •

• •

move efè sa genyen lè moun bati twòp ak jan kay yo rantre sou tè ki te konn sèvi pou fè jaden; devlopman ekonomi ki p ap byen mache epi manke travay posiblite pou devlope lòt biznis, faktori, agrikilti/ elvaj pwason epi aktivite touristic wòl aktivite touris ak fason aktivite sa a konekte ak agrikilti ki idantite rejyon an ansanm ak kolaborasyon nan pwoteje resous natirèl rejyon an ni sou tè si sou lanmè. faktè ki afekte kalite lavi a kounye ak sa nou vle pi devan; epi tout yon sere fason pou konbat sitiyasyon nou gen kounye a.

Plan Rejyonal Vizyon Akayè a: Faz pou kòmanse fè sa ki nan plan an - Ranfòse patenarya a pou pi devan Plan vizyon Rejyon Akayè a gen tout yon seri rekòmandasyon ladan li ki mande plis kolaborasyon ant gouvènman santral la ak gouvènman lokal la, òganizasyon ki pa la pou fè lajan, gwoup sitwayen, popilasyon an, pwofesyonèl/ teknisyen ki defini paramèt yo epi defini zouti ki pral sèvi pou aplike sa ki nan plan ak diferan faz ki pral prezante yo. San kolaborasyon ak koperasyon tout lidè yo san rete, kolaborasyon gwoup ki defann kèk kòz, epi moun nan zòn nan, kèlkeswa sa vizyon an ye a li p ap fè yon pa, menm si fason yo te travay sou vizyon an te fè anpil moun vin enterese ladan, yo pran angajman pou yo travay sou li epi menm si vizyon te gen yon mwayen pou popilasyon an bay lide yo ak anbisyon moun tout zòn. Kèk komite ki gen moun ki soti nan chak gwoup k ap defann yon kòz, kèk lidè, kèk enstitisyon epi kèk gwoup sitwayen, kapab ede vanse ak objektif yo epi komite sa yo kab aji pou fasilite tèt ansanm travay la bezwen tout tan pou l vanse, kèlkeswa moun ki sou pouvwa a oubyen ki pati politik k ap dirije. Kon sa, chak gwoup gen enterè pa yo epi yo gen lapawòl. Patenarya sa a pa fèt pou diminye wòl lidè yo oubyen wòl


74

enstitisyon yo okontrè tout gwoup kolaboratè sa a dwe ba yo fòs paske yo vin gen yon gwoup ki dakò kolabore pou poze kèk aksyon. Plan vizyon Rejyonal Akayè - Kat objektif prensipal Plan vizyon Rejyonal Akayè a gen kat objektif prensipal: Rezistans klima a, Devlopman ekonomik ak devlopman sosyal, Amelyorasyon nan jan moun viv, Konsèvasyon anviwònman an epi repare anviwònman an. I. REZISTANS KLIMA A Plan vizyon Rejyonal Akayè a se pou redui jan zòn nan ap akselere chanjman klima a oubyen jan zòn nan sibi efè chanjman klima a. Objektif: • Bese posiblite gwo dega inondasyon lakòz, ewozyon tè a ak ewozyon zòn bodmè a, debwazman kote moun rete, kote ki gen kay ak kote bèt rete; • Kreye yon balans nan jan rivyè yo koule, relasyon dlo a ak zòn bodmè a epi efè dlo a fè sou moun ki ret nan tèl zòn, sou moun ak bèt, sou tè moun ak sou pwopriyete moun; • Fè pwomosyon epi prezante solisyon altènatif Pou dlo pwòp, konstriksyon twou ego, sou enèji kòm altènatif, ki fè mwens efè sou pwopriyete yo epi ki kreye nouvo travay nan biznis enèji renouvlab la. Plan vizyon rejyonal Akayè - Lis bagay yo kab fè 1. Debwazman ak Ewozyon Akòz debwazman moun te konn fè ak debwazman y ap kontinye fèt toujou sou mòn yo, kote k te gen bon tè jaden vin pa ka bay rannman poutèt bon valè labou ki desann nan plenn yo lè dlo lapli desann. Labou a swa chita nan plenn nan oubyen li desann al nan lanmè, epi sa fè ravin yo vi pi wo. Lè lapli tonbe, ravin yo vin pa kab kenbe epi dlo nan ravin yo debòde al antre nan jaden, nan kay epi nan ti vil yo. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Inondasyon kon sa konn lakòz moun mouri, bèt mouri, moun pèdi jaden ak kote k te gen pye bwa, sa detwui anviwònman an tou epi sa polye dlo lanmè a. Pou diminye danje kon sa, fò gen plizyè travay ki pou fèt, kèk sou plan rejyonal, kèk nan vil la menm, epi kèk lòt nan jan yo bati kay yo. 2. Ranje kote rivyè yo pase Ravin yo dwe konsève wout dlo a suiv la, lè yo konsève pwofondè nòmal ravin nan. Met sou sa, sab ki nan ravin nan se bon sab ki kab sèvi pou bati kay. 3. Ranfòse kote rivyè a fè koub Nan travay pou refouye ravin yo, nan kèk ka y ap oblije ranfòse kote rivyè a fè koub yo nòmalman. (Gen plis detay sou estrateji pou ranfòse kote rivyè a fè koub yo nan seksyon rapò enjenyè yo.) 4. Ranje zòn bodmè yo epi kontwole yo a. Fò yo evite moun koupe pye mang bò lanmè yo paske non sèlman sa fè efè sou ekosistèm nan ki sèvi kòm kay pou tout kalite bèt, chan mang yo pwoteje tè a tou lè gen move tan ak dezas tankou siklòn oubyen lè dlo lanmè a monte. b. Fò yo ankouraje pwoteksyon plantasyon mang yo pou evite ewozyon nan zòn bodmè yo epi pou evite moun pèdi tè yo genyen ki pre lanmè. c. Fò yo evite privatizasyon zòn bodmè a epi d. Fò yo ankouraje pou popilasyon an gen mwayen sèvi ak zòn bodmè yo epi lè sa posib se pou leta rekipere yo. 5. Fason pou evite inondasyon ak ewozyon epi kote yo pwopoze pou mete baraj kontwòl yo a. Yo rekòmande mete baraj kontwòl diferan gwosè nan diferan branch drenaj men pa nan ravin nan menm. Yo dwe ranfòse kote ravin nan fè koub men kite l koule desann san rete.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

I./1. Debwazman ak Ewozyon

I./2. Amenaje ravin yo

I./3. Ranfòse kote rivyè fè koub

I./4. Amenajman bodmè a epi kontwole li


76

I./5. Evite inondasyon - Kote yo pwopoze pou mete kontwòl pou inondasyon

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

I./5. Evite inondasyon - Kote yo pwopoze pou mete jeneratè ki sèvi ak van


78

b. Kote gen plizyè branch drenaj ki rankontre nan mòn yo yo kab enstale yon pi gwo baraj kontwòl. c. Baraj kontwòl yo gen kapasite pou yo kontwole gran lapli, kon sa yo kab kenbe ase dlo pou wouze jaden oubyen pou bwè, epi tou yo kab sèvi pou pwodui kouran elektrik. d. Travay sa yo ofri posiblite pou bati sistèm kontwòl dlo ki sofistike anpil avè yon nivo teknoloji byen ba, epi yo gen kapasite pou fè gwo chanjman sou tè zòn nan sou ekonomi zòn epi sou tout rejyon an.

7. Sous enèji renouvlab - Kote yo pwopoze pou mete yon enstalasyon kouran ki fèt ak van a. Gen posiblite nan zòn nan pou monte yon enstalasyon pou fè kouran elektrik ak van. Kote sa yo pa twò lwen epi yo dwe bati anplasman sa yo kòm solisyon alontèm. b. Yo dwe chèche lòt mwayen pou fè kouran elektrik pou vil la ki kab sèvi tousuit oubyen anvan twò lontan nan devlopman pwojè sa a. (Yo analize rekòmandasyon sa yo plis oubyen yo bay plis detay sou yo nan seksyon rapò enjenyè yo.)

6. Abri pou ka dezas - Kote pou yo mete yo ak kote y ap desèvi a. Pou jan gen gwo dezas nan zòn nan souvan, epi lè n sonje yon etid MIT fè sa pa gen lontan kote yo sijere mete Abri pou ka dezas nan rejyon kote gran rivyè pase nan peyi a, yo dwe bati abri kon sa nan tout plenn Akayè a an patikilye, paske se zòn sa a ki pi an danje. Abri sa yo kab sèvi pou plizyè lòt aktivite, epi yo kab a dispozisyon tout moun ki rete a yon distans 2.5 kilomèt de kote sa yo. b. Yo dwe bati abri kon sa pi wo pase nivo inondasyon ki fèt sou yon peryòd 100 lane, yo va bati yon ranp pou moun kab rantre nan abri sa yo rapid pou pwoteje lavi moun ak bèt yo genyen. Chak abri dwe gen yon depo ki byen take epi ki gen manje ki ka sèvi nan ka ijan, dwe gen dlo ladan ak atik premye swen. c. Abri a dwe gen tout resous ki nesesè, li dwe gen yon sitèn pou ranmase dlo lapli, epi panèl solè ki enstale sou do abri a pou bay kouran. d. Yo kab sèvi ak seksyon anba abri a kote gen bon lonbraj jan yo vle kòm yon zòn piblik depi sa pa deranje moun k ap antre anlè nan abri a lè ta gen yon dezas. Yo kab sèvi ak Abri a tou pou òganize rankont, fèt, lè pa gen okenn move tan.

II. Devlopman sosyal ak devlopman ekonomik Plan vizyon rejyonal Akayè a se pou reyalize kapasite sosyal ak kapasite ekonomik rejyon an ak moun ki rete ladan.

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Objektif: • Fasilite devlopman ki nesesè pou kore biznis k ap fèt nan zòn nan, aktivite touris epi sektè agrikòl yo epi sant kote gen tout enfrastrikti yo; • Mentni epi ranfòse koneksyon ant rejyon yo nan amelyore aksè pou moun jwenn opòtinite ekonomik ak posiblite pou kreye diferan biznis; • Kreye posiblite pou sektè travay la ogmante, devlopman ti biznis, epi amelyore ladrès anplwaye yo; • asire yo gen bon sistèm transpò, swa atè swa sou lanmè oubyen tou de; epi, • pwopoze kote pou pyeton mache ak kote pou bekàn woule ki an sekirite. Plan vizyon rejyonal Akayè - Lis bagay yo kab fè a. Yo kreye kèk Nouvo sant komèsyal rejyonal pou sèvi tout zòn nan; Yo dwe konstwi yo pre kafou wout ki rantre Akayè a epi tou nan kafou pou rantre Lili a paske se kote sa yo ki gen plis moun epi wout ki deja la yo fasilite rantre soti nan zòn sa yo.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

I./5. Fason pou evite inondasyon ak ewozyon

I./5. kote yo mete baraj kontwòl yo

I./5. Baraj kontwòl yo gen kapasite pou yo jere gwo gwo lapli, yo bab konsève dlo pou moun wouze jaden ak dlo pou bwè, epi gen posiblite pou yo sèvi pou fè kouran idwolik.

I./6. Kote Abri pou ka dezas sitiye epi ki kote yo desèvi


80

I./6. Abri pou ka dezas Sous: Rapò MIT / Leslie Voltaire INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

I./7. Gen posiblite pou yo fè gran enstalasyon pou fè kouran ki renouvlab ak van nan zòn sa a.


82

b. Rejyon sa a bezwen yon gran sant komèsyal, ki gen sistèm depo ki sèvi kòm frijidè ak kote pou anbale manje pou kreye plis travay nan domèn agrikilti pandan y ap redui valè manje ki pèdi. Si yo mete gran sant komèsyal sa a sou wout nasyonal la pre kote pou antre Lili a epi pre kote lokalite nan mòn yo epi pre tout tè jaden ki tout otou zòn sa a, nouvo lokal sa a kab kore mache yo fèk bati nan pò Akayè a, pò a tou kab vin sèvi kòm yon kote pou distribiye machandiz nan lòt zòn nan peyi a epi pi devan nan lòt peyi ki pre, an menm tan tou pò a ap sèvi moun nan zòn nan ak touris ki kab vin nan zòn nan. c. Bati yon lòt wout pou gwo kamyon k ap sot Akayè al Pòtoprens, Akayè ak Lili epi bati Sant Komèsyal la nan pye mòn yo sou wout nasyonal la egzakteman ant Akayè ak Lili. d. Ouvè nouvo kalite travay, nan domèn materyo konstriksyon, fè jaden banbou, fè manje nan bwat, epi kreye aktivite eko-touris ak agwo-touris, ak aktivite pou bay sèvis nan otèl ak vwayaj pou touris. e. Kreye yon rezo wout pou pyeton nan plenn nan, ak kote pou moun mache epi monte bekàn ak aktivite pou transpòte moun sou kab pou al nan mòn yo, aktivite sa yo kab kreye nouvo biznis tankou sèvis pou lwe tout kalite bagay pandan sa ap ogmante oubyen konekte aktivite touris kab fè. f. Ogmante valè tè ki kab sèvi pou fè jaden. Kreye teras nan pye mòn yo, nan tout rejyon an, sa kab kreye nouvo kote pou fè rebwazman ak jaden, epi sa ap ogmante kapasite nan domèn agrikilti a epi sa ap pote gran rannman, tankou kontwòl dlo, kontwòl ewozyon ak kontwòl inondasyon, san konte, repare balans lanati nan rejyon an. g. Ankouraje nouvo biznis nan sektè enèji altènatif la, biznis ki gen rapò ak pwoteksyon anviwònman an ak resiklaj fatra ak resiklaj fatra ki ka pouri. Sektè sa yo sèvi ak mwens resous epi yo kreye yon anviwònman ki INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

pi pwòp epi moun kab konte sou sous enèji sa yo plis, materyo konstriksyon yo pi bon mache tou, pandan y ap sèvi ak bagay moun jete pou fè materyo sa yo: plastik ak papye ki sèvi deja oubyen fèy ak po manje. Yo kab bay moun kèk avantaj pou ede yo kreye biznis kote yo kab ranmase fatra pandan kèk lòt biznis kab travay ak fatra sa yo pou yo kab sèvi avè yo ankò. Plis sektè sa a grandi, kesyon sèvi ak chabon an ap bese epi ak espwa n ap kab elimine sa nèt. Lè n ap respire a ap pi pwòp epi va gen rebwazman nan tout zòn nan. 1. Konstwi wout Wout ki deja la yo Rezo wout ki nan zòn Akayè a fini epi kèk pati ladan nan diferan etap pou yo fini. Gran wout la se wout pou machin kouri a vitès kote vitès la pa chanje menm nan seksyon kote wout la pase nan zòn ki gen anpil moun ki ret la, men, wout sa a asfalte. Kèk nan wout ki nan Imaj sa a se kote yo netwaye pou machin pase, kèk nan wout yo se wout tè, epi kèk ladan yo se wout asfalte. Kèk nan ti pon yo deja kraze apre yon sèten tan akòz inondasyon, kèk kote bezwen pon, men pa t janm te gen pon kote sa yo. Yo abandone ansyen wout tren an nèt. Y ap sèvi ak wout tren an kòm wout machin kounye a, oubyen kòm wout pou pyeton. Pou zòn ki nan mòn yo, bouk yo pa konekte ak wout nasyonal la menm ni yo pa konekte youn ak lòt. Rezo wout yo pwopoze a a. Yo rekòmande ranje wout ki deja la yo, epi amelyore wout kote pa gen wout ditou, tankou yon nouvo wout ki va konekte zòn nan mòn yo ak zòn nan plenn yo ak wout nasyonal la, epi amelyore wout istorik ki pase nan mitan vil Akayè a tou. b. Plan wout prensipal yo fèt lè y ap travay sou plan vil la pou majorite wout prensipal yo. Yo dwe sèvi ak rekòmandasyon moun fè nan plan rejyonal la kòm machasuiv pou devlopman nan zòn nan.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Kote yo bati majorite kay, wout prensipal, se kote popilasyon an gen chans pataje ansanm. Poutèt sa, fò yo planifye wout sa yo byen pou moun kab jwenn kote pou yo mache epi pou machin jwenn ase espas pou yo sikile. Pou fè wout la sanble kote pyeton kab pase yo sèvi ak yon konbinezon fasad ak gadinaj pou lari. Men, sa sèlman pa kab kreye kote pyeton santi yo alè pou yo mache si pa gen plan pou fason machin sikile nan zòn nan ak kontwòl sou valè machin ki sikile sou wout yo. Afiche limit vitès machin yo pa vle di anyen si pa gen mwayen pou kontwole sa tout tan. Anpil faktè fizik enfliyanse valè machin ki kab sikile. Kèk nan faktè sa yo se lajè liy machin yo, espas yo kite pou machin estasyone, distans ant mitan lari a ak mitan machin nan, koub ki pi etwat.

2. Bati wout- Kote pou travèse rivyè a a. Majorite wout prensipal yo dwe travèse ravin ki la a. Mwayen pou travèse ravin nan ap diferan, tou depan valè tan sa mande pou fè travay la, règleman sou valè machin ki pral pase, nan ki pwen yo bezwen sèvi ak kote sa a, kote wout la pase epi si gen kòb ki disponib pou fè travay la dapre plan devlopman an, si se yon travay yo bezwen tousuit, apre yon sèten tan oubyen pi devan. b. Yo bay plis detay nan seksyon enjenyè yo prepare nan rapò a. Imaj ki nan seksyon sa a montre kote wout k ap travèse rivyè a merite yon travay. 3. Bati wout – Sistèm taksi yo pwopoze a a. Pou jan pa gen ase wout ak kote pou moun mache a pye lanmè a ka sèvi kòm yon lòt sistèm transpò altènatif ki pa koute chè epi ki pratik. Sa kab ajoute sou sèvis tap tap yo nan rejyon an. b. Yo dwe mete anplas yon sitèm taksi sou lanmè pou konekte tout ti zòn ki sou bodmè nan zòn Akayè a.

Sa ap fasilite moun pou y al plizyè kote, pou yo al dèyè kèk sèvis oubyen dèyè travay. 4. Bati wout- Taksi sou lanmè a. Dapre sa moun di nan rankont yo ak lè n al vizite diferan zòn ki kapasite pwodui anpil manje nan zòn Akayè. Men, difikilte pou stoke manje yo, pou distribiye yo oubyen pou fè echanj se yon pwoblèm lojistik/ transpò. Men kèk nan pwoblèm yo: manke bon wout pou transpòte machandiz, pa gen anpil kote pou bay manje a oubyen pou espòte li, pa gen kote pou kenbe manje yo fre, pa gen ase kote pou achte re-vann epi kote k genyen yo pa byen òganize. b. Lòt pwoblèm nan se distans pou deplase al vann pwovizyon yo, ki vin pi mal toujou paske pa gen kamyon ki gen frijidè oubyen kote ki pa gen imidite pou stoke machandiz yo. c. Apa de amelyorasyon yo dwe fè nan wout yo ak nouvo wout yo dwe bati, fò yo kreye yon sistèm transpò sou lanmè pou konekte 3 gwo zòn ki pre lanmè kote kòmanse gen anpil aktivite komès. Met sou sa, yo dwe kòmanse ouvè depo 3 kote sa yo pou stoke epi distribiye machandiz. Yo va agrandi depo sa yo lè sa nesesè. Yo dwe transpòte manje sot nan mòn yo sou wout yo amenaje yo, swa al nan mache Akayè a, swa al nan sant komèsyal yo pwopoze bati nan Lili a. Apati sant komèsyal sa yo, yo kab transpòte machandiz yo al nan depo nan 3 sant distribisyon ki bò lanmè yo. Yo kab mete youn nan sant distribisyon sa yo nan Monwi oswa pre Monwi, yon lòt nan kote yo pwopoze pou bati pò nan Lili a, epi lòt la nan pò ki deja nan vil Akayè a. Yo va konekte twa sant distribisyon sa yo ak wout nasyonal la, epi atravè wout kamyon an si yo rive bati li, epi sou wout prensipal yo, epi nan batiman taksi yo. Yon seri sant distribisyon ak depo ki gen waf pa yo apa kab soutni aktivite gran sant distribisyon nan Lili a ak sa ki sou waf Akayè a. Kote sa yo ki bati pre lanmè a kab gen waf pa yo pou anbake oswa debake machandiz pi


84

Enstalasyon wout - Rezo wout ki deja la

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Enstalasyon wout - Rezo wout yo sijere


86

Enstalasyon wout - Pou travèse rivyè

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Enstalasyon wout - Sistèm transpò piblik sou dlo yo sigjere


88

fasil. Taksi sou lanmè yo kab al Pòtoprens ak Sen Mak tou. Epi yo kab al nan lòt zòn ann Ayiti, yo kab menm al nan peyi etranje, kon sa yo va fasilite enpòtasyon ak espòtasyon machandiz. III. AMELYORE FASON MOUN VIV Plan rejyonal vizyon Akayè a gen kòm objektif pou amelyore fason moun viv nan rejyon an. Objektif: • Asire gen devlopman k ap fèt (nouvo devlopman - refè devlopman ki deja la) rive konplete prensip fondamantal zòn ki sipòte tèt yo; • kreye zòn ki byen fèt pou moun ret la, kote yo jwenn bon jan sipò sosyal, sipò ekonomik, sipò enstitisyon kiltirèl, rezo enstitisyon ak rezo enfrastrikti; • Ankouraje amoni sosyal lè va gen plis lekòl pou timoun, plis swen sante, plis travay, plis sèvis ak lòt biwo, espesyalman pou moun ki ret nan zòn defavorize yo, kote k gen anpil moun ki rete la, epi nan zòn ki lwen lavil la; • Asire gen tout kalite kilti nan rejyon an; • Ankouraje devlopman ak renouvèlman zòn ki defavorize yo; epi, • Ogmante patisipasyon moun nan zòn nan aplikasyon Plan Vizyon Akayè a sou plan lokal. Plan Vizyon rejyonal Akayè a: Sa ki pou fèt 1. Plan Vizyon rejyonal Akayè a - kat ki sijere kouman yo kab sèvi ak tè nan zòn nan Yon Plan Vizyon rejyonal ede lidè yo ak biwo yo etabli sa ki priyorite pou yo epi imajine devlopman komin nan pandan yon sèten tan. Plan rejyonal yo gen objektif pou pi devan, epi objektif sa yo se pou tout popilasyon an, lide a se pou kowòdone devlopman yon fason ki klè pou tèl rejyon nan enterè tout moun ki ret nan zòn nan. Vizyon alontèm sa a enpòtan anpil pou sante, pou pwosperite epi pou ekonomi tout komin nan. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

a. Plan Vizyon rejyonal Akayè a sèvi ak lide lidè ak lide moun ki ret nan zòn nan epi li gen aksyon dirèk pou reponn a lide sa yo nan sa yo rekòmande kòm aksyon. Premye etap la se ratifye dokiman sa a epi kòmanse sèvi ak rekòmandasyon yo nan plan santral ak plan lokal yo. b. Zouti ki pi enpòtan nan yon Plan Vizyon rejyonal se kat pou itilizasyon tè nan zòn nan. Se yon rezime estrateji yo epi kat la montre sa ki deja ap fèt ak sa yo sijere ki pou fèt Kòm devlopman nan tout yon rejyon, sa se pou gide devlopman moun kab imajine ki kab fèt nan tout zòn nan. Yo divize manman sektè nan zòn nan an 2 kategori prensipal: Sektè pou prezève Resous natirèl ak kote pou moun rete, kit se nan yon zòn lavil kit se nan yon zòn riral. 2. Kote moun rete - Lavil a. Nan Plan Vizyon rejyonal Akayè a, kote moun deja rete, ki deja sanble lavil ak bon valè moun ki ret la, oubyen ki gen posiblite sa a, yo klase yo kòm “Vil”. b. Vil yo deja fin bati epi kèk fwa moun fè plan bati plis sou sa ki te deja la, oubyen fò yo pwoteje vil yo, oubyen repare yo, oubyen yo poko fin bati yo. Yo atann popilasyon nan vil yo ogmante lè kon sa sa vin mete plis presyon sou enfrastrikti ki deja la ki tou fèb la oubyen ki pa menm egziste a. Poutèt sa kote sa yo dwe gen pi gran priyorite nan pwojè devlopman an ak pwojè amelyorasyon enfrastrikti yo. c. Gen anpil bagay ki defini karakteristik yon vil, topografi li, kote vil la chita, nan ki epòk yo te fonde li, bagay natirèl ki ozalantou vil la, epi koutim moun nan vil la. An jeneral, se gran vil yo ak ti vil yo ki gen plis moun. Gen moun ki vin ret nan kote sa yo yon fason fòmèl genyen ki vin ret la sanzatann; youn nan fason sa yo moun pa kab predi ogmantasyon nan popilasyon vil la, deplasman sa yo fèt natirèlman. Nan lòt fason an moun kab fè prediksyon sou valè moun k ap ogmante popilasyon an.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Enfrastrikti wout - Pwopozisyon Bato Taksi


90

d. Nan zòn Akayè a, nou idantifye 3 fòm vil epi yo va sèvi pou fè etid nan kote sa yo. Nou analize ka sa yo an plis detay epi nou sèvi avè yo pou devlope kèk etid nan seksyon sou plan vil la. Met sou sa, nan seksyon konstriksyon an nan rapò sa, yo mete kalite konstriksyon ki matche ak chak kalite zòn epi ak gwosè zòn nan (egzanp kay nan vil ak kay nan zòn riral/ fòmèl rive sou enfòmèl) Konsèp la sijere menm jan yon pechè gen zouti byen detèmine pou sèvi lè l bò lanmè, ki pa menm ak sa moun ki nan mòn sèvi pou fè lachas, se menm jan an tou yon chan mang ki pre lanmè gen travay pa li ki pa menm ak travay yon forè oubyen yon savann, menm jan an tou gen yon rapò lojik ant gwosè yon vil, fason li òganize, idantite li, epi gwosè ak kalite kay yo bati ladan li. e. Chak segman dwe ajoute sou karaktè yon vil epi yo pa dwe gate idantite vil la. Sa montre gen yon koneksyon ant rejyon, vil, ak gwosè kay yo, epi gen yon relasyon nòmal ki gen rapò ak kote; kit yon moun ap konsidere kalite wout, jan yo sèvi avè l, aktivite komès moun mennen, epi gwosè chak kay ak sa yo sanble. 3. Kote moun rete - Agrandisman vil la a. Yo klase kèk zòn nan Sektè vil k ap agrandi paske yo kab soutni devlopman miks pou jan yo pre yon vil ki deja la, yon ti vil, yon ti bouk, oubyen nan zòn kote yo pa kab fè jaden. b. Sektè vil k ap grandi dwe fè kalkil sa yo pral bezwen nan rejyon an pou lè vil la ap grandi nan pwochen 30 an yo. Kalkil sa yo dwe gen fason yo pral balanse sa zòn yo manke, sa moun kab fè ak espas lib ki nan zòn nan oubyen ki sèvis yo pral mete nan espas sa yo, espas sa yo kab pa anpil epi yo kab bezwen yo pou agrandi vil la. c. Agrandi yon vil oubyen agrandi yon gran vil, yon ti vil, oubyen yon ti bouk fèt pou byen kowòdone, lide a se pou asire tout agrandisman nan zòn nan bon pou gwosè li ak fòm li. Fò yo kreye biwo ki bay sèvis piblik INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

oubyen enfrastrikti, sèvis gratis, ri kote moun kab mache, kote yo pap kofre sistèm ki deja egziste yo, ni yo pap kraze resous natirèl yo tou. (Nan rapò sa, yo devlope Sektè devlopman vil la plis toujou nan nivo plan vil ki nan seksyon Gwosè vil la epi nan nivo achitekti nan seksyon Gwosè konstriksyon an.) d. Moun dwe respekte sa ki pi enpòtan nan aspè vil ak nan aspè achitekti yon kominote ki deja egziste genyen. Sa fè kote sa yo parèt konplè epi yo ini. e. Fò yo amelyore jan tout bagay konekte ak jan youn antre nan lòt, pou akomode espas vèt yo, kote pou moun mache epi kote pou yo monte bekàn. f. Fò yo entwodi transpò piblik oubyen fò yo amelyore sistèm ki deja la yo, yo kab deja bezwen amelyorasyon epi ofiamezi popilasyon an ap ogmante. 4. Kote moun rete - Sektè riral a. Yo klase kote gen gwoup moun k ap fè jaden kòm Sektè riral oubyen zòn kote yo kab bati men pa anpil pou asire yo sèvi ak zòn nan pou aktivite agrikilti. b. Yo dwe devlope Sektè riral sa yo tankou yon ti vil oubyen yon ti bouk pou respekte jan sa te abitye fèt istorikman epi jan sa konekte ak idantite zòn riral ann Ayiti. c. Nan zòn ki elwaye yo, yo kab oblije rezoud pwoblèm enfrastrikti pou dlo pwòp ak dlo sal nan kote yo bati yo jiskaske yo kab regle sa sou plan rejyonal, lè yo va desinen plan, lè va gen ase lajan pou bati l, epi lè y ap kab bati plan kon sa. (Al tcheke nan Seksyon Rapò enjenyè a pou wè rekòmandasyon yo.) 5. Kote moun rete - Konstwi nouvo vil a. Gen posiblite pou bati yon nouvo vil sou pòsyon tè ki ant Lili ak Monwi. Si n al dèyè yon kalite devlopman kon sa, fò yo bati l yon gason pou l gen tout sa ki nesesè, pou l dirab, pou l sanble yon kote moun vle rete epi pou l ka sanble ak yon kote ki nan yon zòn agrikòl epi ki riral.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

b. Nouvo vil la dwe sanble ak zòn riral nan rejyon an kote moun abitye deplase a pye. c. Imaj plan vil la dwe swa epi fò l gen yon idantite ki klè yon idantite kolektif ki baze sou istwa rejyon. d. Plan nouvo vil la dwe gen espas piblik, plas piblik, epi fò l gen kote pou moun al mache bò lanmè ak plaj piblik pou moun zòn nan. e. Imaj plan vil la dwe kondanse, epi fò gen bon transpò piblik (ni atè nan taksi sou lanmè), epi fò moun kab sikile apye oubyen sou bekàn. f. Nouvo vil la dwe gen yon bon melanj diferan espas (paregzanp zòn rezidansyèl, zòn komèsyal, zòn pou otèl, biwo leta, epi tout yon seri kay (lokasyon, zòn lavil, zòn riral). g. Nouvo vil la dwe antoure ak tè jaden, yo dwe reamenaje chan mang ki nan zòn bodmè yo epi prezève resous natirèl yo. h. Nouvo vil la dwe gen plan pou enstale sistèm twou ego ki dirab, epi re-sèvi ak dlo lapli ak dlo sal. i. Yo dwe chèche espas ki gen anpil pye bwa epi yo dwe jere yo pou yo kab ranpli kondisyon ekolojik yo, espas moun k ap distrè yo ladan, epi kote yo kab fè jadinaj epi mete twalèt piblik la. j. Pou asire vil la kab sipòte tèt li epi li la pou lontan, moun nan zòn nan dwe plante manje pa yo, vin ajoute sou aktivite jaden ki deja ap fèt nan rejyon an. 6. Kote moun rete - Distri espesyal a. Yo dwe rele kèk zòn Distri Espesyal, kote ki gen kèk sèvis oubyen kote ki gen kèk enfrastrikti akòz gwosè yo, pou ki sa yo la, oubyen jan yo bati, yo pa kab fè yo fè pati vil la. b. Kat Distri Espesyal nan rapò sa a montre kèk distri espesyal ki konekte ak gran sèvis enfrastrikti yo, tankou: • Zòn kote gen rezèvwa dlo ak sistèm pou pirifye dlo • Zòn kote yo netwaye dlo yo deja sèvi

Men kèk lòt posiblite Distri espesyal: • Lokal espesyalize, Sant rechèch Inivèsitè sou bèt ak plant lanmè, Sant rechèch Akwaponi ak Pwasonnri nan yon gwo kay abandone nan zòn Lili a. Epi, si yo bezwen sa: • Distri espesyal pou Konpayi ki fè anpil bri, vibrasyon, oubyen ki bay anpil movèz odè kote yo travay. • Prizon esepte sa ki nan biwo polis yo • Kote ki achte metal izaje, kote ki ranmase fatra ak kote yo jete fatra, Sant resiklaj • Antèn telefòn • Kote ki gen min 7. Kote moun rete - Sant Rejyonal yo a. Yo mete Sant Rejyonal yo nan zòn kote kab gen zòn pou biznis ak katye pou moun rete tou paske yo deja pre yon sistèm transpò rejyonal (wout Nasyonal). b. Sant Rejyonal sa yo kab sèvi kòm sant distribisyon pou machandiz y ap enpòte, machandiz y ap espòte epi pou stoke machandiz tou, pou vann, pou achte, paske Sant rejyonal yo pre wout nasyonal la epi yo pre ti vil ki nan mòn yo. Sant sa yo kab kreye travay ak yon vi sosyal ki o sèvis tout rès popilasyon an. c. Sant Rejyonal sa yo la tou pou kreye gran Inivèsite ak gran sant Medikal pou tout moun ki rete nan Komin Akayè. d. Rapò Enjenyè yo mande pou yo plase Sant Rejyonal sa yo kote gen plis nesesite pou gran enfrastrikti, pre kote anpil moun rete, pou yo kab sèvi plis moun nan popilasyon an posib, ni kounye a ni pi devan. e. Nan seksyon plan vil la yo prezante yon Imaj pou montre sa Sant sa yo ap sanble lè yo bati. (Al gade: Sant Rejyonal Akayè-Lili yo)


92

Sektè kote moun rete - Sektè kwasans nan lavil

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Sektè kote moun rete - Sektè kwasans nan lavil


94

Sektè kote moun rete - Sektè riral

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Sektè kote moun rete - Devlope nouvo vil


96

Sektè kote moun rete - Distri espesyal

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Sektè kote moun rete - Sektè anbranchman rejyonal


98

A. 2 Nouvo sant rejyonal a. Mete 2 san rejyonal nan zòn ki byen chita tou pre wout nasyonal la, nan bon pozisyon, kote deja gen anpil moun ki ret la, epi kote Wout Nasyonal la kwaze ak lòt ti wout ki mennen nan zòn kote moun pa jwenn anpil sèvis nan mòn pre Lili epi pre Akayè. Chak sant sa yo va ofri plizyè sèvis ki ka itil tout kalite moun nan komin nan. b. Kote Wout Nasyonal la al rankontre ak wout ki mennen Akayè a, yo kab bati yon San Rejyonal Akayè la, kote mache a ye a. Sa ta kab fè kote sa vin pi fòmèl. Sa ta kreye yon nouvo plas piblik ki gen lonbray anba kèk gwo pye bwa pou moun ka pi alèz epi pi konfòtab lè y ap achte. Sou plas kote mache a ye a, yo kab enstale kote pou moun bwè dlo ak ban pou moun chita lè mache a ovè oubyen lè espas la ap sèvi pou lòt aktivite piblik. Yo va enstale yon Sitèn dlo nan rantre wout ki mennen nan vil Akayè a k ap gen panèl solè sou tèt li, sitèn sa se pou Sant rejyonal Akayè a. Yo kab mete l sou pa lòtbò lari a kote gen yon nouvo estasyon otobis ki kouvri, la tou gen yon nouvo lokal pou machin k ap vwayaje pran ti pòz pandan yo sou wout. Lokal sa a ap gen twalèt piblik ladan. Zòn sa a an jeneral se yon bon kote pou mete yon ti Otèl. Apre yon sèten tan, kay nèf yo bati ki bay fas sou lari a pre mache a kab sèvi pou fè komès, chòp ak kafe bar. Nan lekòl ki nan zòn nan yo kab konstwi yon ti plas ki pi piti pou paran vin depoze timoun lekòl epi vin chèche yo, sa ap pi fasil pou yo epi sa ap pi an sekirite pou timoun yo. Yo kab bati yon nouvo bildin pou sèvis kominotè sou plas sa a pou konplete Plas Prensipal Sant Rejyonal Akayè a epi bildin sa se kapab yon nouvo legliz ak tout yon seri lòt bilding ki sou kote l. c. Tou pre Sant Rejyonal Akayè a yo kab bati yon Abri pou ka ijan. Yo dwe bati l sou poto, epi kote pou moun rete a dwe pi wo pase nivo dlo a te rive nan dènye 100 ane ki sot pase yo, epi yo dwe bati l solid INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

pou l pa kraze si ta gen yon tranblemanntè oubyen yon siklòn. Lè yo p ap sèvi ak abri sa a pou ka ijan yo kab sèvi ak abri a pou mennen lòt aktivite, li kab sèvi kòm yon sant resous oubyen kòm biwo pou koperativ Agrikilti oubyen koperativ Kouran pou kiltivatè ki nan zòn nan. Yo dwe kapab idantifye Abri sa yo byen lwen, poutèt sa fò yo pentire yo yon koulè vif oubyen bati yo yon fason pou moun rekonèt yo fasil. d. Sant Rejyonal Lili a kab sèvi pou mennen lòt aktivite tankou: yon gran sant sante ki gen yon matènite ladan, ak yon seksyon pou trete moun ki blese grav, epi yon seksyon pou trete moun ki gen maladi kontajye; yon lekòl metye kote yo kab mennen tout kalite lòt aktivite; yon mache kote yo kab stoke machandiz nan gwo chanm fwad, kote pou anbake machandiz sou trelè, ak yon kote pou prepare manje konsève; yon ti estasyon polis, yon ti pak piblik tou piti. Kòm se yon kote anpil moun pran kamyonèt pou al nan tout direksyon ap gen yon estasyon otobis ki kouvri epi sou kote l yon anplasman pou chofè pran ti repo lè y ap fè wout long, ap gen twalèt piblik la. Pi devan yo kab bati magazen nan espas ki sou kote Sant Rejyonal ak sou wout nasyonal la pou yo pwofite aktivite k ap pase nan Sant sa a paske li byen plase. e. Apre yon sèten tan yo kab bati lòt anplasman nan zòn nan ki ofri kèk sèvis piblik moun nan zòn nan kab bezwen. f. Sant sante yo bati a dwe bay Omwen yon sèvis Nivo V pou pran ka granmoun ak timoun ki blese grav, kote yo kab evalye, estabilize, fè dyanostik, epi transfere pasyan al pran swen ki pi konplike. Yo kab fè operasyon la tou ak sèvis pou ka ki grav nèt epi omwen fò yo gen doktè a dispozisyon lopital la, yon enfimyè ki fòme pou okipe ka ki grav anpil ak doktè ki disponib lè pasyan yo rive lopital la nan Seksyon Ijans lan. Pou jan gen maladi kontajye nan zòn nan sitou nan dènye 10 an ki so pase yo, yo rekòmande pou ta gen yon


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

seksyon pou maladi kontajye. Dwe gen yon twazyèm seksyon pou, pou timoun ak sèvis matènite sitou sèvis akouchman, espesyalman paske pa gen okenn kote kon sa nan tout mòn nan epi gen youn nan twa wout ki sot nan mòn nan ki mennen nan lokal sa a. g. Zòn nan bezwen inivèsite anpil, epi lekòl segondè nan mòn yo, se yon sèl ki gen kounye a; yon lekòl metye ki lokalize yon kote santral ki kab fòme moun k ap aprann metye ak atizan; epi kèk sikisal pou inivèsite ki kab pran avantaj sistèm agrikilti a ak aktivite sou lanmè yo pou ofri pwogram espesyal ki kap kore sektè travay la k ap devlope a ak travay moun nan zòn nan. h. Yon lekòl metye ki sèvi pou lòt aktivite kapab ede estabilize Sant Rejyonal Lili a. Yon kote kon sa kab fòme moun nan zòn nan nan aktivite komès ki konekte ak djòb ki gen kounye yo oubyen djòb ki pral vini pi devan, tankou aktivite touris, swen sante, enèji vèt, epi nan konstriksyon. Lè w prepare moun ki deja la pou travay sa pèmèt sektè travay yo fè lajan, kon sa yo kreye plis travay toujou. ONG entènasyonal yo, lidè lokal yo, ak kote k ap bay sèvis nan zòn nan tout ansanm yo kab deside ki pwogram y ap ofri nan Lekòl Metye sa yo epi yo kab antann yo pou yo fè lekòl la mache pantan lontan. i. Nan zòn kote Sant Rejyonal Lili a plase a dwe gen yon lòt abri pou ka ijan. Yo dwe konstwi li sou poto, kote pou moun rete a dwe pi wo pase nivo dlo a te rive nan dènye 100 ane ki sot pase yo, epi yo dwe bati l solid pou l pa kraze si ta gen yon tranblemanntè oubyen yon siklòn. Abri sa kab sèvi kòm yon sal reyinyon kote yo fab fè kou tou pou anpil moun; fè reyinyon ak fèt pou mou nan zòn nan; yo kab sèvi avè l kòm yon sal reyinyon pou koperativ Agrikòl oubyen koperativ Kouran pou kiltivatè ki nan zòn nan; yo kab sèvi avè l tout pou rankont gwoup legliz oubyen lòt gwoup. j. Yo kab mete sikisal yon inivèsite nan vil Akayè a

epi yon lòt anfas Sant Rejyonal Lili a. Kon sa yo kab pèmè plis moun nan zòn nan rive fini lekòl yo epi rive akonpli sa yo kapab, kon sa y ap gen posiblite jwenn plis kalite djòb. Yo kab fè lide bati yon dòtwa pou etidyan nan lokal sa a, si yo ta vin bezwen sa. k. Zòn nan mòn yo bezwen yon lekòl segondè ak pwofesè ladan epi yo bezwen yon klinik k ap fonksyone ak anplwaye ladan. Yon paterya Prive/Piblik kab rann objektif sa yo posib tousuit. B. Enfrastrikti Dlo - Sitèn dlo potab epi kote yo distribye dlo a. Dlo potab enpòtan anpil pou yon sosyete ret an sante, epi nan rejyon Akayè pa gen ase dlo potab. b. Apa de metòd pou konsève dlo lapli yo analize nan seksyon sa, yo dwe chache kote pou mete kèk sitèn dlo epi yo dwe planifye davans. c. Nan mòn ki nan zòn Akayè yo deplasman pa fasil akòz fòm teren yo, men nan plenn Akayè a tè yo pi plat, sa ka diminye presyon dlo a. Pou gen bon jan presyon nan dlo a fò gen yon pant ki omwen 40 mèt a kote moun pran dlo a, kon sa sitèm pou pirifye dlo epi pou mete l nan sitèn p ap kab pre kote y ap bay dlo a. d. Gran sistèm distribisyon dlo potab nan tout yon rejyon se bagay ki koute chè epi gen lontan depi y ap travay sou yo. Yo etidye kèk lòt metòd moun kab sèvi avè yo tousuit oubyen apre yon sèten tan. (Yo esplike metòd sa yo an plis detay nan seksyon Rapò enjenyè yo.) C. Enfrastrikti Dlo - Tretman dlo yo deja fin itilize epi kote yo distribiye dlo a. Sistèm pou ranmase epi netwaye dlo moun deja sèvi nan tout yon zòn, fò yo idantifye kote yo pral mete yon sistèm kon sa depi davans. b. An prensip, yo dwe plase sistèm ki netwaye dlo


100

moun deja sèvi a yon distans 150 mèt de limit kote moun rete, epi sistèm nan dwe plase pi ba pase kote yo sèvi dlo a. c. Nan rejyon Akayè, meyè kote pou enstale yon sistèm pou netwaye dlo moun deja sèvi se ta pre zòn bodmè yo, sa enpòtan pou yo fè yon bon plan pou yon sistèm kon sa pou evite polisyon lanmè a ak degradasyon kote touris ta kab vin vizite. d. Gen plizyè sistèm pou netwaye dlo moun deja sèvi yo ta kab met anplas tousuit oubyen anvan lontan oubyen pi devan. (Yo esplike metòd sa yo an plis detay nan seksyon Rapò enjenyè yo.) IV. OBJEKTIF PLAN REJYONAL VIZSYON AKAYÈ SE POU AMELYORE EPI KONSÈVE RESOUS NATIRÈL REJON AN NAN JAN YO KONSÈVE ANVIWÒNMAN AN AK JAN YO REPARE LI Objektif yo: • asire pwoteksyon ak amelyorasyon anviwònman nan zòn nan, sa ki deja bati ak anviwònman istorik zòn nan, bèl gadinaj zòn nan, zòn bòn lanmè yo, gran rivyè yo, ti rivyè yo, kanal dlo yo; • idantifye kote ki apwopriye ak kote k ap devlope nan zòn lavil yo oubyen devlopman zòn riral yo, kon sa n ap frennen posiblite pou bati bidonvil nan kote ki gen bon tè jaden ak lòt resous natirèl; • ankouraje moun sèvi ak kote ki te deja bati epi; • chèche amelyore anviwònman nan pwoteje tè yo poko bati sou yo epi, lè sa kapab fèt, sipòte epi amelyore divèsite nan anviwònman atravè pwoteksyon kay bèt ak espès bèt epi kreye kote pou bèt rete nan zòn ki gen anpil debwazman, ewozyon nan zòn bodmè ak ewozyon tè nan plenn; • konsève kote pye bwa kab pouse epi mete yon seri espas vèt kote moun kab ale alèz, espas ki kab sèvi sitwayen nan rejyon an pou plizyè aktivite; epi INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

chèche plizyè mwayen pou konsève dlo lapli, epi resikle bagay nou jete pou n kab gen yon anviwònman ki pi pwòp epi pou n kab kreye djòb nan komès vèt la, pandan n ap ogmante manyen ki dirab pou kontwole fatra ak dlo.

Plan vizyon rejyonal Akayè - Lis bagay yo kab fè 1. Kontwòl zòn bodmè yo a. Pwopozisyon pou pesonn pa fè anyen sou yon distans 100 mèt anvan limit lanmè a pou kite pye mang donnen bò lanmè a, pwoteksyon bit sab ki bò lanmè yo epi rezève kote pou piblik la al nan lanmè. Kite moun ki pral fè lapèch pase ak moun ki pral fè yon aksyon sivik. b. Bon distans pou yo kite moun bati kay se 100mèt apati bò lanmè a pou evite inondasyon lè gen lapli, lè lanmè a monte oubyen si ta gen yon sounami. 2. Ranfòse kote rivyè fè koub Pou pwoteje lavi moun nan inondasyon: a. Egzije tou konstriksyon nouvo kay nan plenn nan bati tou kalite kay pi wo pase pi wo nivo dlo te rive nan inondasyon ki tout inondasyon ki fèt nan dènye 100 ane yo. b. Fè moun bati kay a 100 mèt apati mitan ravin nan. c. Evite konstwi wout ki monte sou lòt (konstriksyon oswa oubyen site swa lavil swa andeyò) nan yon distans 100 mèt. Pou retabli kote plant ak pye bwa tap pouse oubyen pou pwoteje tè jaden kont inondasyon: a. Idantifye epi make distans yo kite bò rivyè a kòm pwoteksyon ak tout kote yo oblije repare ravin nan. b. Nan zòn ki arebò rivyè a, kite plant grandi la oubyen fè jaden sèlman ak danre ki pap pèdi nèt sizoka gen inondasyon. 3. Sektè prezèv natirèl - Zòn pwoteje ak tanpon a. Sektè zòn yo pwoteje pou anviwònman se zòn yo


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Enstalasyon dlo - Kote pou yo konsève dlo potab ak kote pou yo mete sèvis la


102

Enstalasyon dlo - Kote pou yo konsève dlo potab ak kote pou yo mete sèvis la

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Enstalasyon pou dlo sal - Tretman ak sèvis pou dlo sal


104

ta dwe ap pwoteje, men yo kab poko met zòn nan anba pwoteksyon kont moun k ap bati. b. Zon yo entèdi moun bati obyen zòn ki sèvi kòm espas pwoteksyon ki pre ravin epi bò lanmè a epi rebwazman, pou evite inondasyon epi pou prezève jan yo ye a kòm espas natirèl pou sante anviwònman an an jeneral epi pou sante popilasyon an. c. Ravin ki pi laj, kote se plizè branch rivyè ki vin tonbe ladan, fò yo pa kite moun bati a omwen 100 mèt distans apati mitan ravin nan pou pwoteje lavi moun ak pwopriye yo. d. Bò ravin ki pi piti yo ta dwe anpeche moun bati a omwen 50 mèt apati mitan ravin nan. e. Poutèt jan nivo lanmè a ap monte toupatou sou latè, yo ta dwe egzije pou moun pa bati a yon distans 100 mèt apati kote lanmè rive a. Distan zòn pwoteksyon sa a va ankouraje popilasyon an gen kote pou yo al nan lanmè san anyen pa anpeche yo, epi sa ap kite espas pou pye mang pouse bò lanmè a nan kote yo kab pouse. Distans sa a ap pèmèt yo konsève tè ki pre lanmè a epi pwoteje Il yo kont nivo dlo lanmè a k ap monte a. Yon lòt rezon ki fè yo dwe kite chan mang pouse ankò bò lanmè a se paske sa pwoteje lavi bèt lanmè nan zòn nan, sa k ap fè gen plis kote pou moun al fè lapèch si yo byen kontwole sa men tou sa ka atire touris ki enterese nan anviwònman vin vizite zòn nan. (Al tcheke seksyon agwo-touris la Nan rapò sa a si w bezwen plis ransèyman.) f. Rekòmandasyon pou kreye zòn pwoteksyon sa yo mande plis kolaborasyon ant gouvènman santral la ak gouvènman lokal la ak biwo ki reprezante yo chak, epi ak ONG lokal ak ONG entènasyonal, gwoup sitwayen, sosyete sivil la, epi teknisyen nan anviwònman pou detèmine ki meyè fason nou kab mete estrateji sa yo ann aplikasyon, idantifye chak kote yo kab kreye zòn pwoteksyon sa yo ak dimansyon distans zòn pwoteksyon an epi si yo kab INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

enpoze restriksyon sa a sou kote sa yo sou tout zòn bodmè a ak sou bò rivyè yo. Desizyon final sou distans zòn pwoteksyon an va depann de: topografi zòn nan, kondisyon tè a, mèt tè yo, posiblite pou popilasyon an kab al nan plaj piblik, epi danje inondasyon ka lakòz. 4. Sektè zòn pwoteksyon - Kote ki rezève pou fè jaden Zòn Akayè nan yon sitiyasyon apa, nonsèlman paske zòn nan kab pwodui ase manje pou zòn nan, men zòn nan kab voye manje al nan lòt zòn epi al vann aletranje. a. Plenn Delta yo, zòn tè plat kote toujou gen posiblite pou inondasyon fèt ladan epi ewozyon, se debwazman moun fè nan mòn yo ki plis lakòz sa. Entwodi yon kalite plantasyon ki fèt an fòm eskalye sou pant mòn, sa ap ogmante valè jaden ki nan zòn nan, fè tè nan mòn nan pi estab, epi ralanti dlo k ap desann sot nan mòn nan al nan plenn nan. Estrateji sa a dwe fèt an menm tan y ap fè reyabilitasyon nan tout sistèm ekoloji a nan tout rejyon an kon sa va gen yon balans ant aktivite jaden ki bay manje epi kreye aktivite komès ak anplasman yo pwoteje pou kenbe anviwònman an an sante. b. Gran vil, ti vil ak ti bouk ki vle devlope pi devan dwe pwoteje kote yo genyen ki fè bon jaden epi elaji kote ki bay rannman yo pou diminye efè y ap fè sou anviwònman an. Plis pri kouran ap monte, sa pap fasil pou voye manje al vann byen lwen, epi vil ki pa gen zòn kote yo kab fè jaden ladan yo ap gen anpil difikilte bay tèt yo manje. Se sa k fè teknik pou fè jaden byen, wotasyon danre, konsèvasyon sòl, bon sistèm irigasyon ki mache epi moun kab konte sou li, tout se bagay ki nesesè. c. Byen prezève epi byen kontwole Sektè agrikòl la, sa kapab kreye posiblite nan domèn eko-toutris ak agwo-touris la, epi sa kab atire touris ki vin kòm volontè nan zòn nan. (Ale nan seksyon Agwo-touris ki nan rapò sa a)


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Kontwòl zòn bodmè a - Zòn pwoteksyon bò lanmè a


106

Ranfòse bò ravin nan

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Kote pou dlo ale lè ravin nan debòde


108

Sektè rezev natirèl la - Zòn pwoteksyon an

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Sektè rezev natirèl la - Zòn ki rezèv pou fè jaden


110

d. Estrateji sa yo pi byen mache sou plan rejyonal lè yo kreye Sektè ki rezève pou agrikilti epi Sektè ki rezève pou kite plant re-pouse ladan yo. Sektè ki rezève pou kite plant re-pouse ladan lan dwe gen tout plant lokal yo, ti pye bwa, gwo pye bwa, epi sa ka bon pou jaden yo fè nan mòn sou fòm eskalye yo, ki anpeche inondasyon ak ewozyon, lè yo fin met kontwòl sou dlo. Bibliyografi Prophete, Joseph M.Ed. 2008. Dictionaire Historique et Geographique des Communes d’Haiti 3rd Edition, p. 27-29 Icart, Eric and James and Trapp. 1999. “Agricultural and Food Price Policy in Haiti.” Social and Economic Studies 48 (3): 154-155.

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Overview of Vision Report Regional Team Recommendations


112

Komin Akayè Rapò Enjenyè a

Sa ki lakòz inondasyon plis dapre Imaj yo pran atè ak Imaj yo pran anlè, se labou ki bloke kanal yo ak rivyè yo, sa se yon bagay ki rive souvan nan kote ki gen kòn alivyal yo, kote dlo k ap koule chanje wout yo, se kon sa sa tout branch ravin yo kreye kòn alivyal la.

Joseph DeLuca, Enjenyè Sivil, Paul Crabtree & Associates and Adjwen Rechèch CUCD

Siklòn konn lakòz inondasyon tou nan zòn plat ki pre lanmè yo. Lè moun ap bati fò yo pran sa an konsiderasyon.

Kontwòl inondasyon epi kontwòl ewozyon: Jan sa te ye ak jan sa ye konye a Rejyon Akayè a gen 2 zòn jeyolojig byen distenge. Zòn nan mòn yo ki gen mòn apik epi ravin, se yo ki kreye gwo kouran dlo lapli k ap desann ak fòs epi k ap transpòte labou. Gen anpil zòn ki tonbe anba debwazman oubyen destriksyon plant, ki vin fè plis dlo koule desann epi anpil labou desann tou. Gwo pwoblèm ki genyen lè lapli tonbe nan mòn yo se lè dlo kraze wout ki mennen moun nan mòn yo desann nan plenn nan kote se la y al vann rekòt yo fè epi dlo a desann ak bon tè jaden yo, tou sa diminiye sou rekòt yo fè konye a ak rekòt yo ka fè pi devan.

Sijesyon sou fason pou kontwole inondasyon ak ewozyon Rejyonal 1. Mete sak sab a dispozisyon zòn nan [Gouvènman] 2. Anenaje kote rivyè yo pase, wete labou, anpile materyo pou fè dig, pou bati kay epi pou repare zòn bodmè yo. [Pwojè lokal] 3. Konstwi baraj ki fèt pou kontwole ewozyon nan ravin nan mòn yo, epi enstale pon ki fèt an fòm kivèt nan dlo ki travèse wout nan zòn riral yo kote konn gen inondasyon. [Pwojè lokal] 4. Fè enjenyè prepare yon rapò sou inondasyon nan zòn nan pou idantifye kote ki gen inodasyon yo ak kote yo dwe ranje. [ONG oubyen Gouvènman an] 5. Rebwaze kote nan mòn ki debwaze nèt swa. Yo kab lage semans pa avyon oubyen itilize lòt metòd. [Gouvènman an] 6. Bati baraj pou konwole inondasyon nan pwen kle nan rivyè yo ak kanal ki kab sèvi kòm kote pou konsève dlo pou wouze jaden epi kote pou bare dlo pou fè kouran. [Gouvènman an]

Bitasyon nan plenn ki pre lanmè nan rejyon an chita sou yon kòn alivyal (ki sanble yon gwo evantay lè yo pran Imaj l anlè nèt) ki pran plizyè mil ane pou l fèt. Se labou ki sot nan mòn yo ki kreye kòn alivyal sa a. Dlo lapli desann sot nan mòn epi dlo a pase al nan rivyè epi nan ravin yo. Gen 2 rivyè sou kòn alivyal la, rivyè Obri ak rivyè Matye. 2 Rivyè sa yo ranmase ti rigòl dlo k ap koule sot nan mòn yo atravè tout yon seri kanal pou pote dlo al wouze jaden nan plenn nan pre lanmè a. Si tèlman gen kanal ki mennen dlo nan jaden yo gen de fwa rivyè a seche nan sezon sechrès. Lè gwo lapli tonbe nan mòn yo rivyè yo ak ravin yo debòde, dlo desann, fatra desann, labou desann. Imaj yo pran nan satelit montre kote rivyè yo debòde al pase nan jaden, al pase nan vil yo. Inondasyon lakòz anpil moun mouri epi kiltivatè fè gwo defisi kòm nou ka wè sa nan Imaj #1 an. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Gran vil, Ti vil, ak Ti bouk 7. Sèvi ak sak tè pou kontwole dlo nan kanal ki nan mitan vil yo. 8. Kreye kanal oubyen amenaje kanal ki pre kanal natirèl ki pase nan mitan vil yo epi pa kite moun bati ladan yo oswa pre yo. 9. Amenaje wout yo lè yo fin enstale kanal anba tè a pou pèmè plis dlo lapli pase. Fè chanjman nan kote pou travèse


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

SHORT TERM STRATEGY, SANDBAG BANKS WITH MATERIAL FROM MAIN CHANNEL

LONG TERM STRATEGY, REMOVE SEDIMENT FROM CHANNEL TO INCREASE CAPACITY & EVALUATE CHECK DAMS

Imaj 1 Yon gwo kanal k ap debòde. Egzanp kèk fason pou srezoud pwoblèm sa a.


114

lari yo epi enstale twotwa ki wo. Sèvi ak brik ki souse dlo a lè sa posib pou plis dlo kab al anba tè. Zòn Riral 10. Bati baraj pou ralanti dlo epi ki kontwòle ewozyon nan ravin ki nan mòn yo, epi enstale pon ki fèt an fòm kivèt nan dlo ki travèse wout nan zòn riral yo kote konn gen inondasyon. Gwosè kay 11. Bati nouvo Biwo Leta yo ak yon planche ki fini nèt ki 0.5mèt pi wo pase nivo planche yo egzije kounye a. 12. Bati tout nouvo kay ak planche ki fini nèt ki .03 mèt pi wo pase nivo planche yo egzije koune a. 13. Deplase biwo leta yo nan zòn ki abitye gen inondasyon. Sijesyon Detaye Seksyon sa gen Imaj ak Imaj kòm sijesyon Mete sak sab Rezon ki fè yo mete sak sab nan kèk kote sou bò yon rivyè oubyen yon kanal ki konn abitye debòde se pou ogmante valè dlo ki pase nan yon sèten seksyon. Baraj Kontwòl Yo itilize baraj kontwòl pou yo kenbe dlo epi ranmase sediman. Yon seri baraj kontwòl nan yon ravin oubyen nan yon kanal dlo ka redui kantite dlo a nan yon tanpèt epi redui transpòtasyon sediman k ap desann epi ki ka domaje kanal yo ak byen moun. Nou montre prensipal karakteristik divès fòm baraj kontwòl nan tablo pi ba a. Nou montre Imaj divès fòm baraj kontwòl tou. Pou dlo oubyen ravin ak gwo kouran epi ki gen gwo vitès nou rekòmande baraj kontwòl ki fèt ak wòch oubyen ak beton. Tout baraj kontwòl yo ta dwe gen yon devèswa pou pèmèt dlo koule lib epi kontwole nivo dlo yo kenbe dèyè baraj kontwòl INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

la. Yo ta dwe bati baraj kontwòl yo nan yon nivo ki pi ba pase bò ravin nan pou anpeche dlo a depase bò ravin nan sizanka ta gen yon tanpèt. Yo pa ta dwe itilize baraj kontwòl nan pant ki pi gwo pase 15%. Pou pant ki pi gwo pase 15% yo ta dwe itilize lòt metòd pou kontwole ewozyon. Ti baraj pou kontwole inondasyon, rezèv dlo epi kouran idwolik Rivyè Matye ak rivyè Obri se rivyè rejyon an. Yo dwe fè yon etid jeyoteknik ak yon etid idwolik pou wè ki kote yo ta kab mete kèk ti baraj - yo abitye bati nan pye mòn. Gran pant ki nan kanal rivyè a yo elimine posiblite pou bati gwo baraj pre pant ki pi wo yo. Baraj kab ede kontwole inondasyon, yo kab kenbe dlo ki kab sèvi pou wouze tè oubyen pou sèvi nan kay, epi yo kab sèvi pou fè enpe kouran. Lè yo wouze dlo nan plenn yo plis sa kab ogmante nivo dlo anba tè a pou kab gen dlo nan pi yo epi pou anpeche dlo lanmè a vin antre anba tè a. Chanjman klima a pral chanje tan an, men sa poko klè si tan an pa menm jan li te ye anvan an si sa kab nan avantaj zòn nan oubyen si sa kab detwui zòn nan, men si gen baraj dlo pou kontwole dlo epi kenbe dlo a an rezèv kit valè lapli ki tonbe a ogmante ki li bese. Kwak anpil kote sou latè bati mwens baraj pou pwoteje rivyè ak kabann rivyè yo, distans ant kote pou bati baraj yo ak bodmè a tèlman kout, ou pa jwenn sitiyasyon sa a tout kote, avantaj baraj yo ap plis pase dega sa ta kab lakòz sou anviwònman an. Imaj kat jewografik rejyon an ki nan rapò sa a montre kèk kote yo ta kab bati kèk ti baraj ak kèk rezèva dlo. Dlo potab: Jan sa te ye lontan ak jan sa ye kounye a Nan zòn riral yo ann Ayiti moun ki pa gen kote pou y al pran dlo tiyo al chèche dlo pou yo bwè nan pi ki san pwoteksyon (5%), sous dlo ki san pwoteksyon (37%) epi rivyè (8%). Nan zòn lavil moun ki pa jwenn dlo ki sot yon bon kote achte dlo nan boutèy pou yo bwè (20%), nan doum sou bourèt (4%) epi nan pi ki san pwoteksyon (3%). Dlo yo vann nan boutèy oubyen nan ti sache plastik se dlo ki trete, se konpayi prive


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

PATI KI RESPONSAB POU FINANSMAN AK APLIKASYON GOUVÈNMAN SANTRAL LA VIL, VILAJ, BOUK OUBYEN LOJMAN KOPERATIF ONG PWOPRIYETÈ TÈ PRIVE Imaj 2 Fèy de wout pou planifikasyon kontwòl inondasyon ak ewozyon.


116

Imaj 3 Fason pou mete sak sab sou bò kanal yo

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Karakteristik Tip

Dire sèvis nou prevwa (ane)

Materyo prensipal yo itilize kòm dig

Efikasite sistèm nan pou l bloke dlo a

Frekans mentyen ak lajan sa ka koute

Valè lajan sa kab koute

Fasilite pou konstwi

< (mwens ke) 1 an

a) Tè / sab - San sachè - Ranpli sachè

Fèb

Wo

Ba

Fasil

Fèb

Wo

Ba

Fasil

b) Bwa

Fèb (Mwayèn - si yo mete yon kouvèti ki pa kite dlo pase)

Wo

Mwayèn

Mwayèn

a) Wòch degrennen/ gwo wòch

Fèb (Mwayèn - si yo mete yon kouvèti ki pa kite dlo pase)

Wo

Mwayèn

Fasil

b) Wòch yo anpile oubyen sa yo ranje youn sou lὸt

Fèb (Mwayèn - si yo mete yon kouvèti ki pa kite dlo pase)

Mwayèn

Mwayèn

Fasil

a) Beto pre-fabrike Blòk yo poze

Bon

Ba

Wo

Mwayèn

b) Beto yo pre-fabrike Sistèm beton yo fè an panèl

Bon

Ba

Wo

Difisil

c) Beton yo koule sou plas

Bon anpil

Ba

Wo

Difisil

1 - Tan ki kout < 2 an

2 - A tan mwayen

3 - Pou pi devan

2 a 5 an

> (plis ke) 5an

Imaj 4 Karakteristik diferan kalite ti baraj

Imaj 5 Baraj ki fèt ak sak sab

Imaj 6 Baraj ki fèt ak bwa

Imaj 7 Imaj 8 Baraj ki fèt ak wòch yo anpile Baraj ki fèt ak gabyon

Imaj 9 Baraj ki fèt ak blòk an siman


118

lokal ki vann yo. Anpil fwa yo itilize yon kalite tretman ki rele revè osmoz pou trete dlo a [Wikipedia]. Yo enpòte kèk dlo nan boutèy tou espesyalman apre tranblemanntè 2012 la. Sistèm pou netwaye dlo ki rele revè osmoz la se yon mwayen ki koute chè epi sa mande anpil kouran, epi tou boutèy dlo plastik yo fè anpil fatra ki vin yon gwo pwoblèm nan rejyon an. Maladi moun pran nan dlo se youn nan sa ki lakòz anpil moun malad nan peyi a. Plis popilasyon ap agrandi san kondisyon sanitè yo pa amelyore, ap gen plis k ap mouri poutèt maladi yo pran nan dlo yo bwè. Youn nan pi gran nesesite pou amelyore lavi moun ak kondisyon ekonomik yo se jwenn bon dlo pwòp pou bwè. Sijesyon pou jwenn bon dlo pwòp pou bwè Valè tan sa ka pran Rejyonal 1. Prepre règleman nasyonal sou kalite dlo ki baze sou estanda Òganizasyon mondyal lasante oubyen Ajans pou pwoteksyon anviwònman nan peyi Etazini epi tabli sèvis laboratwa pou teste dlo ki menm toupatou epi ki gen lisans pou sa. 2. Tabli pwogram pou bay gran vil, ti vil ak ti bouk mwayen pou prete lajan a yon to enterè ki ba anpil pou bati system pou trete dlo. 3. Bati rezèvwa ki byen plase pou bay popilasyon an dlo sous ki pa polye. Gran vil, ti vil ak ti bouk 4. Distirbiye filtè pou moun sèvi lakay yo oubyen nan lakou kote yo rete epi aprann yo sèvi avè yo 5. Enstale pi sou kèk katye kote yo trete dlo a epi mete l nan ti sitèn pou bay moun bon dlo pou yo bwè. Enstalasyon sa yo dwe mache ak panèl solè kon sa yo p ap bezwen ni dèlko ni gaz pou yo mache. 6. Kreye yon sistèm pou distribiye dlo, pou trete dlo a, pou mete dlo a nan sitèn ki lokalize yon kote wo pou bay dlo INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

a presyon pou l ka pase nan al tiyo ki plase nan lari nan diferan katye ak nan kèk biwo leta. 7. Ogmante kapasite pou bay tout kay ak biwo leta dlo pou konplete sistèm distribisyon dlo a. Enstale plizè Sitèn byen wo ak gwo tiyo pou distribye dlo a. Zòn riral 8. Distribye kit pou fanmi trete dlo, aprann yo sèvi avè yo epi aprann yo fè antretyen kit yo. 9. Bati pi atezyen prive. Pi sa yo p ap mande pou yo trete dlo a si dlo anba tè a pa polye. Pi sa yo dwe fèmen nan bwat fè oubyen plastik epi o minimòm fò yo fouye yo a 15 mèt de pwofondè apati premye kote twou a ye nan tiyo ki anba tè a. Gwosè kay 10. Fouye pi kote yo trete dlo a epi mete l nan sitèn pou yon seri kote an patikilye tankou lekòl ak lopital. Kèk detay sou sijesyon yo Sistèm tretman dlo ki mache ak filtè sab pou yon sèl fanmi [Sa moun ka fè tousuit] Yo kab bati sitèm pou netwaye dlo ki fèt ak sab pou redui valè moun ki mouri nan zòn kote pa gen dlo pwòp oubyen kote dlo nan boutèy koute twòp lajan. Sistèm kon sa kab netwaye dlo sous, dlo ki sot nan pi oubyen dlo rivyè. Yo vann filtè sa yo tout gwosè. Yon sistèm konplè kote $60 US. Yon sistèm ki sèvi kòm demonstrasyon $35 US. Yon palèt ki gen 15 filtè konplè $850 US ($56 chak). Yon palèt 50 filtè kò a sèlman $1,7000 US ($34 chak). Yon kontenè 40 pye 2,250 filtè kò a $76,500 US ($34 chak). Sa pa konte sa sa ap koute pou transpòte yo sot Grand Rapids, Michigann, oubyen frè ladwann. Si yo pa fè moun peye pou enpòte filtè yo, yo kab pote palèt yo oubyen kontenè a Ayiti chak a $60 US ak tout pri transpò a ladan. Yon moun kab sèvi ak filtè sa yo pandan 10 an epi yo kap trete 47 lit dlo chak inèd tan, fò w fè yon kanpe tanzantan.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Imaj 10


120

Yon filtè kab trete dlo pou yon fanmi ki gen 8 a 10 moun ladan pou valè dlo yo ka bwè nan yon jounen a $0.03 pa jou. Yo bay moun fason pou sèvi ak filtè sa a ak fason pou yo mentni li an kreyòl. Gade nan apendis B a pou plis detay. Sistèm pou ponpe dlo epi trete dlo a ak pano solè tousuit – Konpayi “Sunspring” Men yon solisyon pou prepare bon dlo pwòp tousuit pou lopital ak lekòl, se yon pi ki gen yon sistèm pou trete dlo. Youn nan sijesyon yo se yon sitèm ki vin ak panèl solè ki fè ponp dlo nan pi a mche epi ki trete dlo a an menm tan. Sunspring se yon konpayi ki sèvi ak teknologi manbràn Zeeweed GE a nan yon sistèm ki fè tout bagay poukont li, men sa ki ladan: • 1 GE Modil Manbran Iltrafiltrasyon • 2 Modil solè • 4.5 gpm ponp • Filtè • Dlo ki soti nan twalèt • On plat aliminyòm 24 pous dyamet • Sa ki ladan (Yo mande yon lòt 4 pye anwo pou mete panèl solè a) • Liv enstalasyon ak fòmayon • Ekipman pou fè antretyen • Zouti • Kontwòl otomatik ak kontwòl solè Aparèy sa a ka pwodui 10,000 - 20,000 lit dlo pa jou, sa ase pou 70 a 140 moun itilize kote chak itilize 150 lit dlo pa jou. Aparèy la fè tout bagay pou kont li, sèl sa l bezwen se pou yo enstale l yon kote atè epi konekte l nan yon pi. Aparèy sa mande pou yon moun gen plis fòmasyon pou mentni li pase sistèm ki filtre dlo ak sab la. Pi ki santralize epi tretman dlo ki soti anba tè a Lè zòn nan pare pou ba moun sèvis dlo potab lakay chak moun epi nan tout zòn, nan maman tiyo ki pase anba tè INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

oubyen nan yon rezo, yo rele sa yon sistèm santral. Sistèm distribisyon dlo santral kab sèvi ak dlo rivyè oubyen dlo yo rale anba tè. Dabitid men ki jan yo trete dlo ki so anba tè a: yo pran dlo ki sot nan yon pi atezyen, dlo a pase nan yon sitèn anvan l yo filtre li, apre sa dlo a al nan yon lòt sitèn apre yo fin dezenfekte li ak klorin. (gade Imaj 13 la) Pou yo mete dlo nan yon lekòl, yon lopital oubyen nan yon enstalasyon piblik kote yo pran dlo a nan yon pi atezyen epi mete l nan sitèn dlo a presyon, yon sistèm kon sa kab koute $25,000. Yon sistèm kote yo pran dlo a nan yon pi atezyen pou distribiye l bay 1000 moun kote yo mete dlo a nan sitèn byen wo san pri manman tiyo pou fè distribisyon yo pa ladan, yon sistèm kon sa kab kote ant $150,000 US a $350,000 US. Anvan nou sèvi ak sistèm pi atezyen an, fò yo fouye yon premye pi atezyen kòm tès epi fè diferan tès sa yo nan pi a: • Ponpe dlo a pou wè si pi a ap kapab bay valè dlo yo bezwen an. Yo kapab sèvi ak plizyè pi si distans kòn depresyon pou chak pi yo mwens pase distans ant chak pi. Yo sijere yon distans 160 mèt ant chak pi atezyen. • Yo dwe fè yon seri tès pou wè nan ki kondisyon dlo a ye lè l fèk soti anba tè a pou yo kab wè ki kalite netwayaj y ap gen pou yo fè. Nan rejyon sa a fò yo teste ki valè sèl ki gen nan dlo a, pou yo fè yon tès kon sa fò yo ponpe dlo a pandan 24 èdtan pou wè si lè yo ponpe dlo a sa pap rale plis dlo sèl vin nan dlo y ap ponpe a. • Yo dwe plase pi a lwen lò bagay ki kab polye dlo nan pi a. Yo sijere moun fouye pi atezyen lwen fòs spetik, lwen twou watè ak lòt kote ki gen dlo sal, omwen 300 mèt a distans pi a si sa posibDwe gen gran distans ant pi atezyen an ak kote moun ap sèvi ak pi a nan gran biznis


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Imaj 11 Hydraid Sand Water Filtration Unit

Imaj 13 Groundwater Potable Water Treatment Schematic

Imaj 12 Sunspring Membrane Water Treatment Unit


122

oubyen nan gran jaden. Yo dwe fouye pi atezyen dapre esplikayon ki parèt la a (Al gade Imaj 14 ak Imaj 15): • Tiyo ki desann nan pi a dwe yon tiyo fè oubyen yon tiyo plastik. • Yo dwe simante ankadreman kote tiyo pi a desann anba tè omwen a 10 mèt de pwofondè. • Tèt pi a dwe gen yon kouvèti enpèmeyab ak yon kote pou lè pase ki kouvri ak til. • Yo dwe fouye pi a a 30 mèt de pwofondè apati kote pryemye twou nan tiyo k ap rale dlo a monte a si sa posib pou evite dlo sal rive kote dlo a ap rantre nan tiyo pi atezyen an. Si yo jwenn ak wòch oubyen ak tè di anvan yo rive distans sa a, epi premye twou nan tiyo a a yon distans 15 pye oubyen plis pas sa, nou mèt trete dlo a kòm dlo pi si tès yo fè sou dlo a bay rezilta negatif pou tras salte ki soti kote moun ap mache a. Si se pa sa, yo dwe trete dlo sa tankou yo ta trete yon dlo rivyè. Imaj ki nan paj anfas la montre yon pi atezyen ki byen enstale. • Ankadreman kote tiyo pi atezyen an ye a dwe kouvri ak yon kouvèti an beton omwen 2 mèt an dyamèt tankou nan Imaj 13 la • Men ak ki sa pou yo netwaye dlo a (gade Imaj 13 la): • Yon filtè pou 10 mikwonn pou fè dlo a pase anvan yo trete dlo a. • Yon dènye filtè ki kab wete bakteri, viris ak kis a yon nivo lòg 3.5. • Yon seksyon pou mete klowòks nan dlo a kote yo sèvi ak klowòks ki dilye ki kab pwodui dlo trete ak youn pou chak 5 pati pa milyon. (Gade Imaj 16 la) • Yon tank a presyon ki kab kenbe yon ti valè dlo ki pa anpil pou anpeche ponp ki nan pi a mache twò rapid oubyen yon gwo sitèn ki plase byen wo (Gade paj 17 la). INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Solisyon alontèm pou zòn lavil yo se netwaye dlo ki tonbe atè: Netwayaj dlo yo pran atè pi konplike pase netwayaj dlo yo pran nan pi jan yo montre sa nan Imaj 18 la.

Enstalasyon pou distribiye dlo ki netwaye dlo yo ranmse atè mande gwo envestisman, sa mande sèvis enjenyè epi sa mande moun ki gen ladrès espesyal nan afè bati kay. Dabitid sa pran youn a de ane preparasyon ak travay enjenyè anvan yo kòmanse bati izin kon sa. Yon enstalasyon ki pa twò gwo pou yon vil ki gen 5000 a 10000 moun kab koute ant $2.50 a $5.50 pa lit dlo yo trete pa jou ak tout frè pou mete dlo yo trete a nan sitèn. Meyè a se 2 a 3 jou. Pri sa yo pa konte depans pou manman tiyo ki sèvi pou distribiye dlo a. Manman tiyo a konn koute ant $150 US a $200 US pa mèt ki enstale pou tiyo ki 225 milimèt an gwosè. Pou bati yon sistèm santral ki trete dlo a epi mete l nan sitèn pou bay tout moun nan zòn nan dlo fò gouvènman an ta ede, swa bay lajan an sou fòm yon don, swa prete lokalite a lajan an a yon enterè byen ba pou yon bon bout tan. Lide sa a se yon lide pou rejyon anvizaje pou pi devan, pou yo ta bay tout moun ki gen kay ak yon pwopityete dlo. Netwayaj dlo moun deja sèvi Jan sa te ye ak jan sa ye kounye a Pa gen oken prèv ki montre zòn sa te janm gen yon sistèm pou ranmase epi trete dlo moun deja sèvi. Sanble majorite kay moun, biwo leta ak biznis yo pa gen sèvis dlo. Dapre enfòmasyon ki disponib tout dechè moun jete se atè kon sa yo lage yo, oubyen yo lage yo nan rigòl oubyen nan kote yo jete pil fatra. Se sa k fè dlo ak marengwen pote anpil maladi. Tè a ak dlo ki anba tè a fin kontamine ak dlo sal moun jete. Se byen posib nivo polisyon nan yon zòn gen rapò dirèk ak nivo popilasyon an. Anpil moun deja ap


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Imaj 14 Konstriksyon yon pi dlo


124

Imaj 15 Detay sou tèt pi a (Paj anfas la) INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Imaj 16 Chlorination Feed Tank & Pump Detail


126

Imaj 17 Ground Mounted Community Storage Tank

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Imaj 18


128

sèvi ak kèk watè yo fouye ak kèk ki gen fòs septik; men ganlè kilti peyi a pa fin twò asepte sistèm latrin nan, sa vle di latrin yo te konn bati anvan yo pa t mache byen. Poupou moun kab gen tout yon seri mikwòb ki kab fè moun malad, tankou viris, bakteri, ak ze parazit. Mikwòb ki nan watè moun kab antre nan kò yo nan manje yo manje, dlo yo bwè, nan kouvè yo manje, nan kiyè yo kuit manje, epi lè moun kole kò yo ak bagay ki deja kontamine. Se kon sa dyare, kolera ak tifoyid gaye epi yo lakòz gwo maladi epi lanmò lè gen gwo dezas oubyen gwo ka ijan. Gen kalite mouch (ak ravèt) ki renmen al nan watè moun oubyen ki kale pitit nan watè moun, bèt sa yo kapab deplase ak matyè sou kò yo, men pa gen okenn prèv ki montre se sa ki fè maladi konn gaye. Kote ki gen anpil mouch moun gen plis chans pou yo pran maladi trakoma ak Imajtri Chingela. Vè nan vant (tout kalite vè), moun pran sa nan tè ki kontamine ak watè moun epi maladi kab gaye rapid nan kote moun poupou atè epi lò moun pye atè ap pase kote sa yo. Kalite enfeksyon sa yo fè moun fè anemi ak malnitrisyon, epi sa fè moun pi vit pran lòt maladi tou. Maldi nan trip ki rele chistomyaz la, se vè ki rete nan venn ki anndan trip ak nan fwa moun ki lakòz li. Se nan poupou moun maladi a sot sou yon moun al sou yon lòt. Pou bèt sa a fè pitit, fò poupou a al tonbe nan dlo, se la ze vè sa kale. Apre sa li pase yon etap tankou yon kalmason nan dlo epi apre sa li vin tounen yon lava k ap naje. Parazit sa enfète moun lè l kontre ak po moun (k ap jwe, k ap naje) nan dlo ki kontamine. Timoun sitou fasil pran tout enfeksyon sa yo, sitou lè yo anba presyon poutèt yo siniste apre yon dezas, lè yo rete nan kan ki chaje ak moun epi lè yo soufri malnitrisyon. Malgre gen kèk prekosyon moun kab pran pou evite maladi gaye nan matyè fekal (paregzanp mete klowòks nan tout dlo, bay moun kote pou lave men yo ak savon) ; sa ki pi enpòtan se pou moun fè bezwen yo nan yon latrin epi pa kite mayè fekal gaye oken kote. Sa enpòtan anpil pou kreye yon sistèm ki dirab nan INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

rejyon an pou netwaye dlo moun deja sèvi ki gen dechè pou redui valè moun k ap malad ak sa k ap mouri. Met sou sa enpòtan pou ekonomi a pou amelyore kondisyon sanitè yo si rejyon vle atire touris epi enpòte manje yo rekòlte nan zòn nan. [W.H.O. Sante anviwònmantal nan ka dezas] Difèt pa gen oken sistèm pou netwaye dlo ki gen dechè moun sèvi deja epi difèt pa gen mwayen pou konstwi sistèm kon sa, se byen posib sèvis sa yo ap tonbe nan kategori aktivite rejyon vle mennen pou pi devan ann di ant 10 a 50 an kon sa. Akoz de sa fò yo met sou pye kèk plan pou reyalize tousuit ak kèk pou reyalize anvan lontan pou redui danje maladi kab lakòz kounye a poutèt mank latrin ki nan rejyon an. Pi gwo defi pou met an plas sèvis sanitè: • Valè sa koute pou bati sistèm kon sa. • Dapre kilti peyi a jan moun pi pito al fè bezwen yo nan lakou olye yo sèvi nan latrin. • Mank espas pou bati latrin lakay moun • Edike moun sou danje maladi lakòz move kondisyon sanitè. • Edike moun sou fason yo dwe sèvi ak kote yo fè bewen yo epi kòman pou yo kenbe l pwòp. • Fòmasyon pou moun k ap bati latrin. Pou tout sistèm y ap bati pou yon lokal an patikilye, rapò sa sijere yo separe dlo gri y ap jete ki soti nan [lavabo, nan rad lave, nan douch] ak dlo nwa y ap jete ki gen [matyè fekal], sa redui valè depans yo ak jan sistèm nan konplike pou solisyon pwoblèn swen sanitè ak swen sante kritik sa ki gen rapò ak matyè fekal moun. Yo sijere moun jete dlo gri nan twou ki filtre matyè fekal la jan yo esplike sa nan rapò sa a epi pou yo trete dlo nwa jan yo dekri sa nan rapò sa a. Yo sijere 2 kalite latrin pou rezoud pwoblèn sanitè a tousuit: Latrin yo amelyore jan lè pase ladan yo ak Latrin konpos doub seksyon. Latrin konpos doub seksyon an pi bon pou


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

zòn riral yo paske yo kab sèvi ak konpost la nan jaden. Lòt sijesyon an se bati sistèm fòs septik pou nouvo konstriksyon epi pou reamenaje kay ki deja bati ki gen ase espas nan lakou a. Sistèm sa a trè bon pou moun kab kòmanse al sèvi ak twalèt anndan kay. Dapre ransèyman yo pran pandan charèt yo anpil moun ta renmen gen twalèt ijenik. Solisyon alontèm nan zòn lavil yo se bati sistèm tou ego ak sistèm pou netwaye dlo ki gen dechè kote yo jete dlo yo fin netwaye yo nan lanmè oubyen yo sèvi avè dlo a pou wouze jaden oubyen pou fè lòt bagay avè l. O minmòm sa ap pran 3 a 5 an pou planifye yon pwojè kon sa ak yon lòt 3 a 5 an pou bati li menm si lajan ta disponib jodi a menm pou bati yon sitèm twou ego pou trete dlo sal ak dlo ki gen dechè pou yon zòn tankou Akayè. Sijesyon pou bati sistèm pou netwaye dlo sal epi Fason pou reyalize sa Rejyonal 1. Edike moun sou danje maladi ak danje ekonomik lè pa gen bon kondisyon sanitè. 2. Fòmasyon sou jan pou bati ak jan pou sèvi ak fòs septik, latrin yo amelyore jan lè pase ladan yo ak Latrin konpos doub seksyon 3. Ajoute pwogram nan kourikoulòm lekòl metye a sou kouman pou bati sistèm pou trete dlo sal ak jan pou mentni yo. 4. Chèche finansman sou fòm don ak lajan prete pou bati sistèm pou netwaye dlo sal ak dlo ki gen dechè nan vil yo. Gran vil, ti vil, ak ti bouk 5. Enstale latrin yo amelyore jan lè pase ladan yo ak Latrin konpos doub seksyon. 6. Esntale fòs septik ak anplasman pou filtre dechè nan biwo leta ki deja la yo epi nan nouvo biwo yo. 7. Mete twalè piblik pre mache yo epi nan sant touris yo.

Zòn riral 8. Enstale Latrin konpos doub seksyon. Gwosè plan an 9. Fè plan pou nouvo twalèt ijenik ak sistèm fòs septik lè gen kote pou mete yo. 10. Enstale latrin yo amelyore jan lè pase ladan yo ak Latrin konpos doub seksyon nan tout kay ak lakou. Detay sou fason pou trete dlo moun deja sèvi Latrin yo amelyore jan lè pase ladan yo (Zòn lavil ak zòn ki pre lavil) Teknoloji a: Latrin yo amelyore jan lè pase ladan yo fèt pou redui 2 pwoblèm nou jwenn nan sistèm latrin tradisyonèl: move odè ak jan yo kale ti bèt. Yon latrin yo amelyore jan lè pase ladan pa menm ak yon latrin tradisyonèl paske li gen yon tiyo pou fè lè rantre ladan ki kouvri ak yon til pou anpeche mouch antre. Van ki pase nan tiyo a kite odè nan latrin nan soti. Kon sa lè fre rantre nan twou latrin nan epi latrin nan pa santi ankò. Tiyo ki mennen lè antre nan twou latrin nan jwe yon wòl enpòtan nan kontwòl mounch. Limyè atire mouch, si latrin nan fè nwa, mouch yo ap vole pase nan tiyo a al nan til ki kovri tiyo a epi y ap kole nan til la epi y ap mouri dezidrate. Femèl mouch, k ap chèche kote pou yo ponn ze yo, odè ki nan tiyo a atire yo men til ki kouvri tiyo a anpeche yo rantre. Yo kab bati Latrin yo amelyore jan lè pase ladan yo ak doub seksyon tou. Larin kon sa gen 2 twou ki pa fon, chak gen tiyo pa yo pou lè rantre anndan yo, men se yon sèl ti kay yo bati. Beton yo koule atè nan latri nan gen 2 twou pou moun fè bezwen yo, youn sou chak twou yo, men se ak yon sèl twou a yo sèvi alafwa. Lè premye twou a plen, yo kouvri li epi yo kòmanse sèvi ak lòt twou a. Apre 2 an kon sa yo kab wete matyè ki nan premye twou a san pwoblèm pou sèvi avèl kòm fimye. Yo kab sèvi ak premye twou a ankò lè dezyèm twou a plen. Yo kab rekòmanse fè menm bagay la pandan lontan. Valè kòb sa koute: Yon latrin yo amelyore jan lè pase ladan l ki gen yon sèl twou kote ant


130

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Imaj 19 Ventilated Improved Pit Latrine


132

US$70 a $400, pandan youn ki gen 2 twou koute an $200 a $600 US. Pri sa yo se pou materyo (60 a 80%), transpò (5 a 30%) epi mendèv lokal (10 a 25%). Pri final la ap depann de gwosè twou a; sa yo kouvri anndan twou a avè l la, jan yo koule beton an ak jan yo bati ti kay la; sa depan tou si materyo yo disponib nan zòn nan; epi konbyen yo vann materyo nan zòn nan. Kote yo kab sèvi ak latrin kon sa: Nan kay ki nan zòn riral ak nan zòn lavil. Fason pou sèvi ak fason pou mentni Latrin Fason pou sèvi ak yon latrin fasil epi fò yo netwaye beton an tanzantan ak dlo epi ak dezenfektan pou wete kras matyè fekal ak pipi. Fò yo toujou fèmen pòt latrin nan pou toujou fènwa anndan l. Yo pa dwe janm kouvri tiyo ki al nan twou latrin nan paske sa kab anpeche lè rantre. Fò gen papye ki fèt pou moun siye dèyè yo nan latrin nan. Moun pa dwe lage bagay ki pa p fonn tankou, wòch, moso boutèy, plastik, moso twàl, eksetera nan twou latrin nan paske sa redui valè matyè fekal latrin nan ka kenbe epi sa ap anpeche yo sèvi ak aparèy pou netwaye latrin nan. Chak mwa yo dwe tcheke beton yo koule atè a pou wè si l pa fele, epi fò yo tcheke tiyo ki desann nan twou a ak til ki sou tèt li a pou wè si yo nan bon kondisyon, repare yo si sa nesesè. Ti kay la kab mande reparasyon tou (espesyalman si l koule kèk kote). Fè dlo lapli koule lwen latrin nan. Lè matyè fekal ki nan latrin nan rive a 0.5 mèt anba beton an, fò w fouye yon nouvo twou latrin epi kouvri lòt la ak tè. Yo kab netwaye latrin nan tou ak gwo kamyon a ponp. Lè se moun nan yon sèl kay ki sèvi ak yon latrin, fò moun nan kay la netwaye latrin nan oubyen moun k ap travay nan kay la. Si gen moun nan plizyè kay k ap sèvi nan menm latrin, fò yo òganize yo pou moun nan chak kay gen tou pa yo pou netwaye latrin nan, kon sa pa p gen diskisyon. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Si se pa kamyon ki vin netwaye latrin nan, yo kab fè moun al netwaye yo alamen, men fò yo fè sa apre yo fin kite latrin nan fèmen san pa gen moun ki sèvi ladan pandan 2 an. San pa sa, fò yo fouye yon lòt latrin lè premye a plen. Si se ak latrin ki gen de twou moun ap sèvi, fò moun k ap sèvi ak sistèm sa yo konprann yo byen pou yo kab konnen jan pou yo jere l. Fò yo edike moun k ap sèvi ak latrin sa yo sou sijè tankou pou ki sa yo sèvi ak yon twou nan latrin nan sèlman jiskaske li lè pou sèvi ak lòt la; prekosyon moun dwe pran pou devide latrin sa yo; epi jan yo dwe sispann sèvi ak twou ki plen an pandan 2 an anvan yo devide li. Moun k ap itilize latrin sa yo dwe konnen ki lè yo dwe kòmanse sèvi ak dezyèm twou a ak kouman pou yo devide li, menm si se pa yo ki pral devide li. Si se moun ki nan sektè prive ki pral fè travay sa a, yo dwe montre travayè yo kouman sistèm nan mache ak fason pou netwaye li. Chak moun ak wòl yo jwe Chak moun

Wòl yo

Ladrès nesesè

Itilizatè.

Kenbe latrin nan pwòp, enspekte epi fè ti reparasyon, Devide kote ki plen an epi sèvi ak lòt la, fouye yon nouvo twou epi chanje latrin nan.

*

Ouvriye lokal (pou blae/ pou netwaye Pou bwote).

Fouye twou, transfere kò latrin nan, nan latrin doub kabin Devide kote ki plen an epi sèvi ak lòt la, fouye yon nouvo twou epi chanje latrin nan.

Ladrès de baz.

Bòs mason lokal. Depatman Sante.

Ladrès teknik. Kontwole latrin yo ak fason moun sèvi ladan yo; fòme moun k ap sèvi nan latrin yo sou ijyèn.

Byen kalifye.

* Senp (Pafwa as mande pou yo antrene fi ak gason apa pou moun kab chanje abitid yo).


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Demann teknik O&M Aktivite ak valè fwa ou fè yo

Materyo ak derechanj

Zouti ak Ekipman

Dlo, savon.

Bwòs.

Dlo.

Yon branch bwa oubyen yon bwòs ki fleksib.

Siman, sab, dlo, klou, materyo lokal.

Bokit oubyen yon bòl, tiwèl, goyin, mato, kouto.

Chak jou Netwaye twou a, kote pou chita a ak; tout latrin nan. Chak mwa Enspekte beton atè a ak til la. Chak 1 - 6 Mwa Netwaye til la ak anndan vantilatè a.

Yon lè kon sa Repare kote yo chita a, tiyo kote lè pase a, til la.

Tou depan gwosè li ak valè moun ki sèvi avè l. Fouye yon twou, transfere beton an ak rès ti kay la (si w ka fè sa).

Sab, petèt siman, brik, klou ak lòt materyo.

Chanje al nan nouvo twou a lè ansyen twou a plen.

Devide ansyen twou a si w ka fè sa).

Shovels, picks, buckets, hammer, saw, etc. Pèl, bokit, Bourèt eksetera.

Alamen: Lave ak aparèy: Dlo ak pyès derechanj pou aparèy la.

Alamen: Pèl, bokit. Ak aparèy: ekipman pou devide latrin nan.

Poblèm ki ka prezante • Beton yo koule sou latrin nan kab pa fin solid poutèt yo pa sèvi ak materyo yo te dwe sèvi, oubyen yo pa t kite beton an seche; • Solèy oubyen gaz ki soti nan twou latrin nan chire til yo mete sou bouch tiyo ki desann nan twou watè a fasil paske kalite a enferyè; • Latrin ki mal plase, dlo kab anvayi yo oubyen yo kab pa ka byen kenbe; • Timoun kab pè sèvi ak latrin kon sa poutèt fè nwa anndan yo, oubyen paske yo pè tonbe nan twou latrin nan; • Si twòp solèy rantre nan ti kay latrin nan, sa ap atire anpil mouch bò bouch latrin nan lè yo wè solèy la epi yo kab vole rantre nan ti kay la, epi sa kab kraze konsèp latrin VIP a; • Latrin ki sèvi ak chalè solèy la pou yo fè lè pase nan tiyo ki fè lè antre soti nan twou anba latrin nan, olye yo sèvi ak van k ap vante, latrin sa yo kab gen pwoblèm odè leswa ak bonè nan maten. • Kèk fwa mi ki separe latrin ki gen 2 twou yo konn koule paske mi an pa enpèmeyab oubyen tè likid pase nan kalite tè sa a fasil; • Nan kote tè a di anpil sa kab pa posib pou fouye yon bon twou; • Sa pi bon si twou watè a pa kontre ak dlo ki anba tè a epi yo dwe bati latrin 15 a 30 mèt yon rivyè oubyen yon basen dlo; • Latrin VIP yo pa anpeche marengwen kale nan twou watè a; • Latri VIP yo koute plis pase latrin senp yo epi moun nan zòn nan kab pa ka fè gwo depans kon sa ; • Kilti peyi a konsènan jan moun jere matyè fekal kab anpeche moun netwaye latrin lakay yo, men dabitid gen moun nan zòn nan yo kab peye pou fè travay kon sa. Men kote ransèyman sa a soti : Smet et al. (1988); Wegelin-Schuringa (1991); Franceys, Pickford & Reed (1992).


134

Latrin konpòs doub konpatiman (Zòn andeyò ki pre ak zòn andeyò ki pa twò pre) Teknoloji a Latrin konpòs doub konpatiman genyen de konpatiman (ki byen fèmen pou dlo pa koule) pou resevwa matyè fekal. Pipi ale yon kote apa, paske anndan konpatiman yo dwe rete sèk. O depa, gen yon kouch materyèl òganik yo mete anndan konpatiman an pou absòbe matyè, epi chak fwa yon moun fin twalèt, matyè fekal la kouvri ak sann (oswa poud bwa, fèy seche oubyen matyè vejetal) pou diminye move sant epi retire imidite. Epi tou materyèl òganik la garanti ase nitwojèn rete nan konpòs la pou l ka sèvi kòm bon jan angrè. Lè premye konpatiman an twa ka plen, li ranpli nèt ak pousyè tèt sèch, epi sa ki ladan an vin kapab dekonpoze san l pa bezwen lè oksijèn pou sa. Lè sa a, dezyèm konpatiman an vin sèvi, e lè li vin twa ka plen tou, yo ka netwaye premye konpatiman an (menm alamen) epi yo ka sèvi ak sa k te ladan an kòm angrè. Konpatiman yo dwe ase gran pou yo ka kenbe matyè fekal yo ase lontan jis yo vin pa ka bay maladi ankò (omwen 2 an). Yo dwe bati yo pi gran sal pou kouvri de konpatiman sa yo, epi chakenn nan yo dwe gen yon twou ki ka fèmen byen. Latrin nan kapab fèt nenpòt kote paske konpatiman yo pa kite dlo pase, kon sa pa gen danje pou polisyon nan zòn nan. Kote ki gen gwo tèt wòch oubyen nap dlo ki wo, konpatiman yo ka fèt anlè. Yon tiyo vantilasyon kapab kenbe sistèm lè a aktif, paske sa enpòtan pou konpòs la. Latrin doub konpatiman yo byen mache nan peyi tankou vyetnam ak nan Amerik santral la (Salvadò, Gwatemala, Ondiras, Nikaragwa). Prensipal aktivite O&M O depa, gen materyèl òganik yo mete anndan konpatiman an pandan l vid, pou absòbe matyè (se kapab sann oubyen lacho), yon fason pou materyèl sa yo kapab absòbe tout sa ki likid, epi pou evite matyè fekal pa kole nan atè a. Chak fwa yon moun fin sèvi ladan oswa nenpòt lè sa disponib, yo ajoute poud bwa ak materyèl òganik. Lè se pipi, li ale yon INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

lòt kote epi li dilye anpil fwa nan 3 a 6 pati dlo anvan pou yo sèvi avè l kòm angrè. Dlo ki sèvi pou netwayaj pa dwe ale nan latrin nan paske l ap mouye bagay anndan latrin nan. Lè konpatiman an twa ka plen, yo nivle sa ki ladan an ak yon baton epi yo fin plen li nèt ak pousyè tè epi yo sele bouch tou a. Lè sa a yo wete sa ki nan dezyèm konpatiman an ak bokit ak pèl. Apre sa li vin vid pou moun sèvi ankò. Matyè yo wete nan dezyèm konpatiman an kapab sèvi kòm angrè. Yo kab plante plant ki repouse ti bèt (tankou sitwonèl) nan alantou latrin nan, pou diminye kantite mouch ak ti bèt ki la. Yo dwe kontakte moun ki sipoze sèvi ak teknoloji pou konpatiman nan latrin yon fason pou konnen èske se yon sistèm ki aseptab nan kilti moun sa yo, epi tou èske moun yo vle e èske yo kapab kenbe sistèm nan kòrèkteman pou fè l byen mache. Ajans pwojè a dwe bay bon jan sipò pou yo sèten moun ki pral sèvi ak sistèm nan konprann li epi yo kab fè l mache kòm sa dwa. Sources: Winblad & Kilama (1985); Franceys, Pickford & Reed (1992).

Chak moun ak wòl yo jwe Chak moun

Wòl yo

Ladrès nesesè

Itilizatè/ Moun nan kay la.

Sèvi ak latrin, netwaye pipi, ede kenbe latrin nan pwòp, enspekte epi fè ti reparasyon, ede netwaye fòs la epi travèse sou lòt fòs la.

*

Local mason.

Konstwi epi repare latrin.

Ladrès teknik.

Local pit emptier.

Devide fòs la epi travèse nan lòt la, tcheke sistèm nan epi fè ti reparasyon.

Ladrès teknik.

Òganizasyon k ap ede.

Chèche konnen si latrin doub kabin nan bon pou zòn nan , suiv kouman moun ap sèvi ak latrin yo ak ki prekosyon sanitè yo pran, fòme moun k ap sèvi ak latrin yo ak atizan lokal yo.

Byen kalifye.

* Senp (Pafwa as mande pou yo antrene fi ak gason apa pou moun kab chanje abitid yo).


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Kote pou chita a

Tè chèch

Konpatiman plen Konpatiman vid

Konpos Pay

Sab Gravye

Imaj 20 Latrin konpòs doub konpatiman


136

Demann teknik O&M Aktivite ak valè fwa ou fè yo

Materyo ak derechanj

Zouti ak Ekipman

Dlo, sitwon, sann dife.

Bwòs.

Chak jou Netwaye tout latrin nan ak bwat la. Jete pipi ki nan bokit la.

Apre chak itilizasyon oubyen lè w kapab. Simen sann dife oubyen lòt bagay òganik.

Sand bwa oubyen lòt bagay òganik.

Yon bokit pou mete materyo yo, yon ti pèl.

Chak mwa

Fòs septik ak fòs dlo dirèk anba latrin (ke yo rele akwa privi) (Pou Konstriksyon entèmedyè ak novo Konstriksyon nan bouk oswa la vil))

Enspekte latrin nan ak gwo bwat la. Lè sa nesesè. Enspekte atè a, rès latrin nan ak bwat yo.

Siman, sab, dlo, klou, materyo lokal

Bokit oubyen yon bòl, tiwèl, goyin, mato, kouto, bourèt.

Sèvi ak Oumous.

Oumous.

Pèl, bokit, brouèt.

Tou depan gwosè li ak valè moun ki sèvi avè l Fèmen tout bwat la mete l a nivo epi ajoute tè.

Kèk pwoblèm posib • Moun k ap sèvi ak sistèm nan pa konn ki jan pou yo fè l mache byen, epi yo kite matyè ki ladann nan mouye, sa ki lakòz konpatiman an vin bay movèz odè epi sa difisil pou netwaye; • Moun k ap sèvi avè l yo tèlman anvi sa ki nan latrin nan sèvi kòm angrè, yo pa tann ase tan pou konpòs la vin yon bagay ki pa ka bay maladi; • Latrin konpòs doub konpatiman itil sitou kote moun enterese sèvi ak watè/poupou moun kòm angrè; • Latrin konpòs doub konpatiman pa twò apwopriye pou kote yo sèvi ak dlo pou netwaye dèyè.

Dlo, bagay òganik ki kab absòbe.

Netwaye bwat la, ouvè kote moun akoupi a Lage 10 cm bagay òganik ki absòbe ladan anvan w sèvi ladan. Sere oumous la yon kote oubyen sèvi avè l dirèkteman.

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Pèl ak bokit.

Teknoloji Fòs septik ak fòs dlo dirèk anba latrin gen yon sistèm fòs ki kenbe dlo ak youn oswa de konpatiman. Gen yon tiyo ki konekte ak twalèt la ki flòch dechè yo nan fòs la. Si fòs septik la anba latrin nan, matyè yo tonbe dirèkteman nan fòs la atravè yon tiyo ki plonje nan yon kouch dlo (akwa privi). Si fòs la lwen kote latrin nan ye a (fòs septik), twalèt la gen yon tiyo an fòm U. Men okenn nan sistèm yo pa debarase ak matyè yo: yo sèlman ede kenbe matyè solid separe ak matyè likid. Gen sèten pati solid ki rete ap flote nan dlo, e yo rele yo kim, alòske gen lòt pati ki koule ale nan fon kote bakteri dekonpoze yo epi yo fòme yon depo ki rele labou. Dechè likid k ap koule sot nan fòs la danjere pou sante menm jan ak dlo sal k ap koule e yo ta dwe debarase avè l swa nan fè l ale anba tè swa nan konekte l ak tou rego. Yo dwe retire kantite matyè ki vin fè pil nan fòs la yon fason regilyè, an jeneral yon fwa chak 1 a 5 an, tou depan de gwosè fòs la, kantite moun k ap sèvi nan twalèt la, ak fason yo sèvi ladan. Si dlo moun sèvi nan kay ale nan fòs la tou, y ap bezwen yon pi gwo fòs. Si tè a pa bwè dlo fasil, oswa si


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Fòs septik

Imaj 21 Fòs septik

Soakaway


138

nap dlo anba tè a pre, yo kab bezwen konekte fòs la ak yon sistèm tou rego depi sa posib. Chak fòs dwe gen sistèm ayerasyon pou pèmèt metàn ak lòt gaz movèz odè pase. Se bakteri ki kreye gaz yo pandan dekonpozisyon dechè yo, e metàn nan sitou se yon gaz ki pran dife fasil e li ka menm eksploze si l rete konsantre nan fòs la. Fòs septik yo pi chè pase lòt sistèm sanitasyon sou plas e yo bezwen pi plis kantite dlo. Akwa privi yo koute yon ti kras mwen chè e yo bezwen mwens kantite dlo pou yo flòch. Pri sa koute o depa: $90 - $375 Ameriken (pri sa enkli pyes ak mendev). Kote sa ka sèvi: andeyò oswa lavil kote ki gen dlo. Kantite dlo pou chak fwa moun ap flòch: 2 - 5 lit dlo, si se vide yo vide dlo a oswa si se nan yon akwa privi. Sources: Kaplan (1991); Wegelin-Schuringa (1991); Franceys, Pickford & Reed (1992).

Aktivite O&M prensipal la Netwayaj twalèt la yon fason regilyè ak yon kantite savon rezonab p ap fè twalèt la anyen, men si nou sèvi ak twòp detèjan oubyen pwodui chimik, sa ka deranje pwosesis biyochimik ki pou fèt nan fòs la. Nan akwa privi yo, dwe gen yon nivo kantite likid ki wo ase, pou kenbe fon kote tiyo a chita a omwen a 75 mm anba nivo likid la. Yo ta dwe vide yon bokit dlo nan tiyo ki vide dlo a, chak jou pou kenbe dlo a a nivo, epi pou netwaye kim k ap flote nan fon tiyo a, kote mouch ka miltipliye. Lè yo ajoute labou nan yon nouvo fòs, sa ap garanti prezans mikwo-òganis epi l ap ranfòse dijesyon ekskreman yo san prezans lè. Sa nesesè pou gen enspeksyon wotin, yon fason pou verifye èske yo bezwen wete enpe labou epi pou garanti ni antre a ni soti a pa gen blokaj. Yo dwe netwaye fòs la, yon fwa li gen matyè solid ki atenn nivo mwatye oswa de tyè wotè tou a ant nivo dlo a ak fon tou a. Bon jan òganizasyon sistèm nan prevwa kèk sèvis konfyans pou netwaye fòs la, avèk garanti gen pwofesyonèl ki disponib pou konstriksyon ak reparasyon, epi pou kontwole kote y ap jete labou yo. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Moun ki konsène ak wòl yo Chak moun

Wòl

Ladrè sa mande

Moun k ap sèvi.

Flòch twalèt la, kenbe l pwòp, enspekte kote pou lè pase yo, kontwole sa ki nan tank lan, kontakte lameri oubyen lòt òganizasyon ki ka fè sa pou netwaye fòs yo lè sa nesesè, epi make nan ki dat netwayaj la te fèt.

Ladrès senp.

Sèvis asenisman.

Netwaye fòs la, tcheke fòs la ak twou pou lè pase, fè reparasyon ki nesesè.

Ladrès tenik.

Ajans.

Sipèvize fason fòs la travay ak ekip k ap netwaye l, fè fòmasyon pou ekip la.

Kalifikasyon wo nivo.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Egzijans teknik O&M mande Aktivite ak kantite fwa yo fèt chak jou

Materyèl ak pyès de rechanj

Zouti ekipman

Dlo.

Bwòs, dlo ak abri.

Dlo.

Baton

Debouche tiyo an U a.

Dlo.

Bwòs oswa lòt materyèl ki fleksib.

Repare platfòm pou akoupi oubyen chita a, tiyo an U a oswa abri tant lan.

Siman, sand, dlo, klou, materyo konstriksyon lokal.

Bokit oubyen kivèt, tiwèl, si, mato, kouto.

Kòd oubyen fil metalik, tuil, bout tiyo.

Sizo oubyen zouti pou koupe fil kab, pens, si.

Dlo, gaz, lwil, eks

Kamyon sitèn pou vakyòm (gwo oubyen piti), oswa ekipman MAPET.

Chak jou Netwaye platfòm pou moun akwoupi oubyen chita a Chak mwa Enspekte atè yo, gwo enstalasyon yo ak konpatiman yo. Yon fason regilyè Nou dwe asire tiyo ki nan antre a pandye nan dlo toujou (pou aqwa privi yo). Kèk fwa kon sa

Chak ane Kontwolte tiyo kote van a pase a

Chak 1 a 5 an Netwaye fòs la.

Pwoblèm ki ka prezante Plizyè pwoblèm kapab prezante paske yo pa t pòte atansyon ase sou jan y ap elimine dlo sal; • Gwo kantite eskreman k ap desann ale nan fòs la kapab deranje matyè solid ki te deja tabli la, e sa ka vin ogmante pou yon ti tan kantite matyè solid ki nan dlo a; • Si yo pa fè antretyen nan akwa privi a pou dlo a rete sele, fòs la ka vin gen fuit e sa ap lakòz ti bèt kale epi movèz odè ap leve; • Sistèm sa a pa mache kote dlo ra, epi pa gen ase mwayen lajan pou konstwi sistèm nan, oubyen kote pa gen fason pou yo netwaye fòs la; • Si pa gen ase espas pou sifone matyè a oubyen pou fè drenaj, yo dwe fè ti tou rego; • Bagay moun konn ajoute nan fòs septik (tankou levi, bakteri ak anzim), yo abitye vann anpil fwa pou “dijesyon kim ak labou, ak pou “evite moun ponpe twòp”, bagay sa yo pa gen bon rezilta. Twalèt anndan ak fòs septik ak chan enfiltrasyon (Lekòl, bilding piblik, nouvo konstriksyon) Teknoloji a Teknoloji sa a pi byen mache pou twalèt anndan ki jwenn dlo apati sistèm plonbri. Plonbri anndan an dwe byen ayere epi tout aparèy yo dwe gen tiyo plonbri pou anpeche movèz odè antre kote moun yo. Nan sistèm sa a gen fòs septik doub konpatiman ki pa kite dlo pase, ansanm ak yon chan enfiltrasyon. Fòs septik la bay premye tretman an epi chan enfiltrasyon an bay dezyèm tretman an ak dezenfeksyon. Se yon teknoloji yo konseye moun fè nan nouvo konstriksyon modèn, nan lekòl, nan konstriksyon piblik ak nan twalèt ki nan zòn ki gen mache, kote pwofondè dlo anba tè omwen 1.5 ak 2 mèt. Yo presize gwosè li ka ye pou kay ki fèt pou yon fanmi senp ak Lakou yo ki fèt an jeneral pou plizyè fanmi Sizing and diagrams are provided


140

Imaj 22 Sistèm septik pou yon sèl fanmi INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Imaj 23 Sistèm fòs septik pou plizyè fanmi oswa yon Lakou


142

for single family homes and a typical multi-family Lakou. Pou lòt konstriksyon, yo dwe detèmine gwosè twalèt la dapre gwosè konstriksyon an ak kantite dechè nan dlo y ap jete. Gwosè a baze sou dechè k ap soti nan watè sèlman paske yo kalkile dechè k ap soti nan evye, nan lavabo ak nan douch ale nan yon fòs apa, pou sa yo. Teknoloji sa a mande pou gen plis tè pase sa yo te bezwen pou lòt teknoloji nou te dekri avan yo, men li pèmèt yon pi wo nivo tretman pou yo ka prezève kalite dlo ki anba tè a. Prensipal aktivite O&M Sèl aktivite yo egzije kòm antretyen se wete labou nan fòs septik la. Se yon antretyen ki dwe fèt chak 5 an. Antretyen sa a mande pou gen yon kamyon a ponp k ap wete labou a epi transpòte l nan yon plas pou dechè ki pa yon danje pou moun. Yon plas pou dechè san danje se kapab yon enstalasyon pou konpòs, yon izin pou tretman dechè oswa yon ti kannòt ki ka pote labou al jete nan fon lanmè. Nan ka sa a, sèl blokaj pou teknoloji a, se mank sèvis ki ta ka ponpe sa ki nan fòs septik yo, men sa a gen dwa yon nouvo aktivite endistri nan zòn nan. Tou rego santral ak tretman dlo sal nan zòn lavil (Akayè, Lili, Sen Meda, eks.) Teknoloji ak ekonomi Solisyon manch long pou sèvis sanitè nan zòn lavil yo se tou rego santral ak izin tretman dlo sal santral. Lajan sa koute pa tèt moun pou fè tretman dlo sal diminye dapre kapasite plan tretman an e dapre kalkil pou kantite mèt kib dlo sal ki bezwen trete chak jou. Moun vin plis fye yon konpayi tou lè konpayi a sa a vin ogmante dapre moun k ap opere l yo se bon pwofesyonèl epi gen ase lajan disponib pou jere konpayi sa a. Sistèm ranmase dlo nan tou rego ta dwe yon sistèm ki an pant pou kite dlo a koule. Nan zòn kote dlo anba tè a pre INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

tè a, li enpòtan pou yo mete sistèm ki pa kite dlo filtre, yon fason pou dlo anba tè a pa ale nan sistèm nan. Si gen twòp dlo ki filtre anba tè a nan sistèm nan sa ka chaje kapasite izin pou tretman dlo sal yo twòp. An jeneral sistèm ranmanse dlo sal fèt swa avèk tiyo PVC swa avèk kondui an beton. Pi fò nan kondui sa yo mezire 225 milimèt avèk kèk bout nan yo ki pi laj nan kote ki bezwen plis matyè ak dlo pase. An jeneral bouch tou rego espase youn de lòt a yon distans 150 mèt, pou fasilite netwayaj kondui yo epitou yo betone. Lajan sa koute pou fè apeprè 225 kondui se 100 dola ameriken pa mèt, e chak bouch tou rego koute 1,500 dola ameriken. Kon sa sistèm trete dlo sal ki koute mwens epi ki pi fasil pou fè mache se letan yo. Sèten letan pa menm bezwen elektrisite pou yo mache. Yo rele yo letan sikonstans. Epi sa mande yon gran espas tè. Letan ki ayere bezwen kouran pou yo fonksyone e yo pa bezwen twòp espas tè. Yon solisyon ki nan mitan pou tou de bagay sa yo, nan yon zòn ki toujou gen van bò lakòt la, se ta yon letan ki ayere ki sèvi ak elis pou brase lè. Pou opere yon sistèm letan sa pa mande yon nivo ladrès ki elve ni anpil lajan ni anpil elektrisite. Lè gen tranblemanntè ak siklòn, sa pa briding yon letan. Si pa gen ase tè pou fè letan, yon lòt posiblite se teknoloji ki aktive ak labou. Teknoloji sa a sèvi ak rezèvwa oubyen tranche ki simante ak gran kantite ayerasyon sou fòm ponp k ap voye lè. Mòd teknoloji sa a gen divès kalte ladan ak divès moun ki ofri li, men an jeneral se menm etap yo. Teknoloji sa a mande yon wo nivo ladrès pou yo opere l epi l koute pi chè. Lè fini tou li bezwen anpil elektrisite. Sistèm sa yo plis ka sibi domaj tranblemanntè ak siklòn. Li pi bon si yo kòmanse planifye enstalasyon pou tretman dlo sal ak sistèm tou rego santral pi bonè posib, nan pi gwo zòn ki pre lavil Akayè a. Men sèten egzijans sa mande pou premye travay planifikasyon sa a:


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Imaj 25 Imaj yon pòsyon melanj yon etan ki ayere sou tèt li (40 ekta)

Imaj 26 Sa yon enstalasyon aktif pou labou sanble lè w gade depi anlè(prèske 4 kawo tè)

Imaj 24 Yon fòs pou resevwa dlo ki sot nan evye, lavabo ak douch


144

• • • • • • • • •

Chèche ki limit ki genyen pou zòn kote sèvis la ap enstale a Fè yon topografi anviwon yon demi mèt zòn pou sèvis la Fè yon estimasyon plizoumwen egzat 20% pou san moun ki nan zòn kote sèvis la ap ye a Yon premye etid ta montre enfòmasyon ki pi ba yo kòm premye etap pou reyalize pwojè sa a: Rekòmandasyon pou teknoloji sou tretman dlo sal la Chèche yon premye dimansyon pou enstalasyon tretman dlo sal la pou kab konnen konbyen sa ka koute Chèche jwenn kote yo ka bati enstalasyon an ak zòn ki gen ase tè y ap bezwen pou sa Estimasyon kantite lajan yon sistèm ranmase dlo sa ak enstalasyon pou tretman dlo sal ka koute. Estimasyon pri pou sistèm yo ak metòd yo rekòmande pou finansman jesyon enstalasyon yo.

Nan Etazini, yo bezwen apeprè 10 an, kòmansman etid pwojè kon sa rive nan finisman pwojè a, ansanm ak finansman pou pwojè a. Kouran Istwa ak kondisyon pou kounye a Prèske pa gen elektrisite ditou nan zòn nan. Chabon se prensipal bagay moun sèvi pou fè manje e se youn nan gran kòz debwazman nan peyi a. Prensipal bagay ki bay kouran se dèlko. Gaz pou machin ak dèlko chè paske se enpòte yo enpòte sa. Gen kèk kote yo gen pano solè ki limite pou kèk ti boutik, kèk legliz, kèk lekòl ak kèk lopital. Akoz pa gen yon sistèm byen chita pou kesyon elektrisite a, sa a se yon gwo andikap pou devlopman ekonomik nan zòn nan ak amelyorasyon ekonomi moun yo. Ti sa yo rantre nan travay latè ak fè lapèch gen anpil limit paske yo pa gen sistèm refrijerasyon. Konpayi endistriyèl ak aktivite touris bezwen kouran pou yo mache. Teknoloji yo rekòmande ak fèy de wout 1. Yo ta dwe limite kesyon sèvi ak gaz akoz li chè epi yo pa INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

gen sa sou plas, men li bon pou lè y ap fè manje. Kewozèn oubyen gaz blan ta dwe ranplase chabon akoz koze sèvi ak chabon an aji anpil sou anviwònman an. Li pi bon tou pou moun sèvi ak fou ki mache ak sistèm solè. 2. Sistèm elektrisite ki fèt ak aparèy ki brase lè ansanm ak pano solè, se sa yo rekòmande pou kouran ni nan kay prive ni nan komès ak biwo piblik. 3. Yo bezwen dlo ki chofe nan solèy pou sanitasyon, transfòmasyon manje ak lòt transfòmasyon endistriyèl. 4. Matyè biyolojik nan agrikilti ak boule fatra, se bagay yo dwe sèvi pou transfòmasyon endistriyèl ak kesyon elektrisite. 5. Yo ta dwe sèvi ak jeneratris ki transfòme vag lanmè, aparèy ki pwodui kouran ak dlo oubyen ak van pou yo devlope yon griy santral pou elektrisite nan zòn lavil yo. Yo ka sèvi ak plas estokaj ki ponpe dlo pou bay elektrisite e sa pa depaman ak kontwòl dlo ak rekòmandasyon nan ka inondasyon pou lè y ap konstwi baraj. Gen kat jewografi sou mouvman van ki montre kote k gen mòn gen yon mwayèn vitès van ki pa depatman ak gwo pwodiksyon elektrisite apati van. 6. Yo ta dwe sèvi ak gaz metàn pou mete kouran nan enstalasyon pou tretman dlo sal yo. 7. Sèvi ak limyè lari ki soti nan pano solè pou klere zòn piblik yo. Gen yon konpayi lokal ki prepare limyè lari ki sèvi ak pano solè ann Ayiti; Limyè yo menm gen kèk kote pou chaje telefòn. Amelyorasyon nan kesyon transpò Istwa ak kondisyon pou kounye a Zòn nan gen yon rezo gran wout, ri ak wout riral ak ti chemen ki deja egziste (gade nan kat pou transpò a). Kat pou transpò a montre kèk mwayen pou transpò ki deja egziste epi li pwopoze kèk nouvo mwayen ki konekte ak sistèm nan. Wout pou transpò nan zòn plenn yo gen yon kalite 3-5 pou san an jeneral, e sèl obstak nan ka sa a se rivyè, sous dlo ak wout wòch. Nan zòn mòn yo pant yo se 15 pou san an jeneral gen anpil pant nan wout yo e pou rive


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal


146

Kat jewografi sou mouvman van yo montre kote k gen mòn gen yon mwayèn vitès van ki pa depatman ak gwo pwodiksyon elektisite apati van.

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Klinik Zanmi Lasante nan Tomonn. Sistèm elektrisite ki fèt ak aparèy ki fè kouran ak van ak sa ki fè kouran ak pano solè, se sa yo rekòmande pou kouran ni nan kay prive ni nan komès ak biwo piblik.

Yo ta dwe limite kesyon sèvi ak gaz akoz li chè epi yo pa gen sa sou plas, LANP-SELILÈ se dènye sistèm limyè lari ki sèvi ak pano solè ki fèt ann Ayiti. Konpayi ki fè l men li bon pou lè y ap fè manje. Li pi bon tou pou moun sèvi ak fou ki la se ENERSA. Li gen plas pou chaje 8 telefòn an menm tan. Moun ka chaje jiska 50 selilè mache ak chalè solèy la. pa jou ladan.


148

anwo, yo travèse plizyè wout wòch, plizyè ravin ak koub sere pou rive anlè. Lapli konn desann ak tout tèt nan wout pant yo. Wout yo deja an movèz eta mete sou dlo lapli a, sa vin rann yo danjere. Rekòmandasyon pou transpò Pati rapò sa a kon antre sèlman sou rekòmandasyon pou wout nan pant ak wout nan plenn ki pa asfalte. Lide a se fè rekòmandasyon pou pi bon kondisyon transpò nan wout ki egziste deja ak wout yo sigjere yo dapre topografi a ak kondisyon jewolojik yo. 1. Yon solisyon yo pwopoze pou wout andeyò ki travèse ravin oswa ravin dlo lapli lave kite dan wòch se kafou ki gen ti kras dlo. Kafou ki gen ti kras dlo se yon kote ki koute mwen chè pase fè pon. Tèm ti kras dlo a vle di lè gen tanpèt yo ka travèse menm lè dlo desann. Gen de prensipal kategori nan kafou ki gen ti kras dlo, kafou ki ayere ak kafou ki pa ayere. Kafou ki pa ayere bon anpil pou ravin a sèk kote gen dlo sèlman lè gen tanpèt oubyen dlo k ap koule a piti anpil, sa ki pèmèt moun oubyen machin travèse yo san danje. Kafou ki gen ti kras dlo ki ayere pi bon kote nivo dlo a nòmal epi li kouri twò vit oubyen li twò fon pou moun oubyen machin ta pase. Yo kab mete swa wòch, swa beton nan kafou yo pou evite lapli bwote tè a. 2. Wout nan mòn ki an pant fasil pou dlo bwote tè a desann oswa pou gen glisman teren. Gen sèten kote natirèl ki konn lakòz tè a vin glise lè l mouye. Imaj nimewo 28 montre yon pòsyon wout nan mòn ki konstwi yon fason pou diminye pwoblèm dlo bwote tè ak glisman teren lè gen tanpèt. Yo dwe antoure bò wout yo ak dren epi yo dwe asfalte yo ak materyo ki p ap vin glise lè wout la mouye. Yo dwe prepare yon fòs pou drenaj nan pant bò kote wout la, yon fason pou drene dlo a pa anba wout la. Lajè wout la dwe omwen 6 mèt yon fason pou pèmèt 2 machin kwaze pandan yo chak woule ak yon distans 1 mèt pa rapò a bò wout la.

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl Rejyonal

Imaj 26 Blòk beton ki pa t ayere ki vin di

Yon seksyon wout tipik Imaj 27 Imaj yon kafou ak ti kras dlo ki ayere

Imaj 28 Pòsyon wout nan mòn


150

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la


152

Touris agrikòl nan Akayè ak Kotdèzakaden Armando Montero, konferansye, asistan rechèch CUCD, asistan rechèch, Fakilte Achitekti, Inivèsite Miyami (University of Miami) Entwodiksyon Malgre istwa pèp ayisyen se yon istwa chaje ak represyon, povrete ak dezas, swa dezas moun lakòz swa dezas natirèl, pèp Hayisyen rive nan pòt pou yon nouvo depa. Kounye a sa depann de yo pou yo louvri pòt sa a. Gen yon ansyen pwovèb Ayisyen ki di: Moun ki bezwen deyò, chache chemen pòt. Se yon pèp ki toujou ap lite. Yo te fè gwo batay pou pran endepandans yo nan men Lafrans. Apre yo vin genyen dènye batay yo kont Lafrans, jJeneral Desalin te di yon bagay nan Deklarasyon pou Endepandans lan: “Nou batay pou n vin lib, ann rete lib” (1). Deviz Ayiti “Men anpil chay pa lou” kapab ouvri wout pou devlopman ekonomik ki dirab nan mitan tout kouch sosyal, yon bagay ki ka kase chenn ki mare volonte ak rèv moun. Istwa tapaj ekonomik, sosyal ak politik Ayiti, ki makònen ak dezas natirèl youn apre lòt, kontinye ap fè represyon sou lavi pi fò moun nan peyi a. Sa k pi grav la se kesyon pa ka manje a avèk prèske mwatye nan popilasyon an (44.5 pou san) ki pa jwenn ase manje (2) malgre yon ogmantasyon nan enpòtasyon manje nan peyi a depi 1992. Yon peyi ki te kὸnn mennen nan le mond antye nan ekspòtasyon kafe, sik, tabak ak kakawo, vin twouve l kounye a depann prèske nèt de èd peyi etranje. Rekòt ann Ayiti pami rekòt ki pi ba nan Karayib la ak Amerik latin. Jaden plantasyon yo piti, INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

an jeneral mwens pase 1/3 kawo tè e se apèn si fanmi ki rete sou plantasyon an jwenn ase pou yo manje. Kounye a, mwens pase 40 pou san manje ke peyi a bezwen fèt nan peyi a, e sa yo ekspòte nan agrikilti se sèlman 5 pou san pwodiksyon total la (3). Li posib pou pwodiksyon peyi a ogmante, men gen anpil faktè ki depann pa sѐlman de lanati, men tou de aktivite moun fè, ki anpeche kiltivatè Ayisyen pwogrese. Kiltivatè yo travay latè pou kont yo, san yo pa jwenn okenn èd teknik ni okenn efò nan men leta. Yo anba menas dezas natirèl tankou tanpèt, sechrès, inondasyon, tranblemanntè tè ak epidemi, avèk sèlman kèk zouti ansyen, san teknoloji. Plis pase mwatye tè an Ayiti se mòn, avèk pant ki plis pase 40 pou san inklinezon. Sa vin kite sèlman 28 pou san tè ki ka fè jaden (3). Akoz pi fò peyi a depann de chabon, debwazman kontinye ap fè dlo bwote bon tè yo, yon bagay ki diminye plis toujou nan pwodiksyon agrikilti. Kòm yo pa gen kredi agrikòl, sa anpeche yo achte semans oubten envesti nan teknoloji ki ta ka ede pwodiksyon an anpil anpil. Menm lè kiltivatè yo ta rive simonte tout obstak sa yo, epi yo ta fè plis pwodiksyon, y ap toujou nan yon konpetisyon ak pwodui enpòte ki soti aletranje epi ki koute mwens lajan, tankou diri. Lòt bagay ankò se mank bon jan enstalasyon pou sèvi zòn agrikὸl yo ki deja izole. Pèt lè gen rekòt, akoz yo pa ka vann pwodui yo byen vit anvan yo gate, se yon lòt pwoblèm ki kenbe pwodiksyon an. Pa gen anpil izin santral pou transfòmasyon pwodui yo anvan yo gate, e prèske pa gen sistèm refrijerasyon nan zòn andeyò yo. Anpil moun kite zòn andeyὸ sa yo pou y’al rete lavil akoz yo bezwen siviv, anba lafen. Nan ane 2013, malgre anpil moun te mouri nan tranblemanntè 2010 la, te gen plis pase 56 pou san moun ki t ap viv nan zòn lavil yo (4) kote gouvènman, sèvis lasante, edikasyon, ak òganizasyon kab bay èd yo ye. Akoz moun yo pa jwenn sèvis yo bezwen nan zòn andeyò, yo kontinye kite zòn lan yo pou al rete lavil.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Touswit apre tranblemanntè a, anpil èd imanitè rive ann Ayiti. Anpil enstitisyon tankou gouvènman, fondasyon ak kèk moun ki gen bon entansyon te bay plizyè milyon dola pou kreye bon ekonomi ki santre sou travayè imanitè ak ONG. Rive ane 2013, twazan apre tranblemanntè a ki te devaste peyi a, peyi Etazini te bay Ayiti 1.4 bilyon dola Ameriken. Rive ane 2014, finansman total Ayiti jwenn ki soti divès kote te depase 3 bilyon dola, e 327.630.198 dola Ameriken ladann se te finansman pou èd manje (5).

Menm jan an tou, nan yon pi gwo nivo, pwojè jwenn finansman, yo fèt, yo jere jis tan yo rive nan yon pwen ki montre pa t gen okenn fòmasyon pou jesyon ak antretyen ki te fèt, oubyen yo vin abandone pwojè a paske yo t ap tann nouvo finansman. Pa egzanp, yo ka finanse yon pwojè pou elvaj tilapya, li ka byen konstwi epi li sanble l ap mache pandan yon moman, men kon sa tou yo ka kite l tonbe yon ti tan apre, akoz nan finansman pwojè a yo pa t prevwa lajan pou fòmasyon mendèv ak antretyen pwojѐ a.

Se pa tout nan èd ki yon benefis pou devlopman ak reparasyon yon peyi sou yon tan long. Èd ijans ak èd imanitè se bagay ki nesesè lè gen kriz yon kote, men se pa bagay ki kab kreye devlopman ekonomik ki dirab. Òganizasyon k ap ede pa toujou konnen istwa, kilti ak sosyete kote y ap ede a. Si yon moun ap kondi sot Pòtoprens al Akayè, y ap jwenn anpil pano solè pou vann nan makèt yo. Sa a gen dwa se rezilta teknoloji yo met sou pye san pa t gen yon fòmasyon apwopriye, ansanm ak fòmasyon sou vrè valè teknoloji sa a ak fason pou yo sèvi avè l byen. Yon èd kon sa, ki ta sanble lojik pou yon Fondasyon ki aletranje, pa vrèman anbrase pwoblèm yon fanmi k ap chèche manje oubyen tou yo jis pa konn sa pou yo fè ak kouran pano solè ofri. Konsekans lan, sèke fanmi sa yo vann pano solè yo pou yo ka achte manje - paske se sa ki priyorite pou pi fò moun.

Se vre Ayiti toujou bezwen anpil èd. Gen kèk pwogrè ki fèt, men gen anpil bezwen toujou, sitou nan zòn rekonstriksyon ak enstalasyon sèvis. Gen efò ki bezwen fèt pou fòme moun yo yon fason pou yo ka pa konte sou èd aletranje men pou yo fè peyi a pwodui pou l kab depann de tèt li, jan sa te ye anvan pou peyi sa a. Difikilte finansye Ayiti sèvi leson pou pran yon lòt wout ak peyi a. Anpil moun pale de rekonstriksyon apre tranblemanntè a, men se yon nouvo chemen, yon nouvo kilti, yon lespri tèt ansanm, ki dwe monte soti anba pousyè ak dekonm devastasyon an. Bagay ki dwe kreye apati resous ak enfliyans ki sot lòt kote, men sitou apati bon jan eleman ou jwenn toupatou ann Ayiti nan kilti ak istwa peyi, espesyalman nan komin Akayè.

Lè yon moun ap gade bidonvil ki antoure kapital Pòtoprens, sa montre ki jan lojman toujou yon priyorite. Malgre sa, pa twò lwen kapital la, gen nouvo lojman modèn, ki fèt nan espas ki izole, ki sanble ak plan kay riral nan Etazini. Pi fò pwojè sa yo vid, malgre yo siperyè konstriksyon enfòmèl, paske yo pa konsidere kilti ak tradisyon ayisyen nan fason vil yo fòme, e sitou yo pa konsidere jan kay familyal fèt ann Ayiti. Sa tou se akòz yo pa konnen sèten tabou kiltirèl nan peyi a, yo p ap jwenn ekri okenn kote. Nan peyi d Ayiti, gen yon plas pou chak bagay e chak bagay gen plas yo. Anplis sa, kwayans relijye ak tradisyon toujou di kote bagay yo dwe ye.

Fὸm tè a Akayè se yon tè ki bèl anpil, men li gen lo pwoblèm li tou. Se tankou yon woz ki anviwonnen ak pikan. Mank pyebwa ak pwoteksyon tè a, lakòz tè sa a degrade, lè gen move tan e vin pa gen anyen pou fè plant grandi. Lè gen gwo lapli, ti kras tè ki te rete a glise desann, sa ki lakòz tè a pèdi plis nourisan, e sa vin fè li pa pwodui pou ta pèmèt plant ak pyebwa leve. Ak pwoblèm ewozyon an, tè a vin pa ka kenbe dlo ankò, e sa vin lakòz plis ewozyon, ak plis danje pou gen glisman teren ak inondasyon. Lè tè a toutouni, li lage kabòn li a bay


154

lè a olye pou l ta konsève li, e sa kontribiye nan chanjman klimatik la - sa a se yon lòt fòs k ap degrengole, kiltivatè ann Ayiti dwe pran an kont tou. Si gen bon aksyon ki byen planifye, pwoblèm Akayè yo kapab chanje an solisyon dirab. Chanjman an nesesè pou moun Akayè ka siviv epi pou ekonomi yo devlope. Dekonm destriksyon kapab tounen kay; inondasyon k ap touye tout moun sa yo kapab tounen sistèm irigasyon ak sous pou elektrisite, epi fatra moun jwenn tout kote yo kapab tounen materyèl pou konstriksyon ak konpòs pou nouri tè a. Tou patou, gen posiblite pou n chanje yon pwoblèm oubyen yon bagay ki pa itil, pou fè yo tounen avantaj itil. Akayè se yon enspirasyon nan plizyè fason. Malgre pa gen kouran, dlo, sistèm twouego ak lòt sèvis piblik, sa pa anpeche moun yo toujou ap souri. Nan plizyè fason, kalite lavi nan sosyete sa a bon, si l pa pi bon menm pase anpil sosyete ki pa gen tout pwoblèm ekonomik sa yo. Kòm Ayisyen pa gen tout jwèt teknolojik ki nan sosyete modèn nan, yo chita devan lakay yo, pale ak fanmi yo, ak vwazen yo leswa; Sa a se lekontrè total koutim anpil moun nan nouvo soyete Ameriken an. Kwasans ekonomik nan Akayè kapab rann kalite lavi moun ki rete nan zòn nan pi bon, toutotan yo rekonèt sa kòm valè fondamantal. Pou kenbe yon nouvo ekonomi, pa gen okenn enterè ekonomik ki ka pi wo pase respè pou lavi, ni lavi moun ni tout lòt fòm lavi, tankou plant, bèt, lanmè, latè... Chak grenn aksyon enpòtan. Menm ti chanjman ki pi piti yo gen dwa rive byen lwen tou patou - tankou plante yon jaden - “Sa ou plante se li ou rekòlte”. Pou peyi a siviv sa depann de sèvis tout ekosistèm nan. Leson sa a dwe byen chita nan tèt tout moun, jenn moun kou granmoun aje, si nou bezwen yon bèl demen pou peyi a. Gen yon gran ekonomis Chilyen ki rele Max-Neef ki bay INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

senk rezònman ak yon valè fondamantal ki dwe akonpli youn apre lòt pou yon ekonomi ki dirab. Men yo: 1. Ekonomi an dwe sèvi pèp la, se pa pèp la ki pou sèvi ekonomi an 2. Devlopman konsènen moun, li pa konsènen bagay 3. Kwasans pa menm bagay ak devlopman e devlopman pa oblije bezwen kwasans 4. Pa gen ekonomi ki posib si pa gen sèvis ekosistèm 5. Ekonomi se yon ti sistèm anba yon pi gwo sistèm – ki rele biyosfè - sa vle di kwasans definitif Moun Akayè bezwen chanjman yon fason pou yo kreye opòtinite epi pou yo soti nan sitiyasyon sèlman chèche siviv la. Dwe gen yon nouvo ekonomi ki kreye. Finalman, pou gen chanjman itil, yo dwe gade anndan zòn nan menm, fè yon lis sa ki itil ak sa ki pa itil, bliye sa ki pase, epi gade devan. Se lè sa a sèlman yo ka akonpli yon reyalite ki chita sou lespri Akayè a, menm lespri ki te kreye drapo ki reyini tout Ayisyen kòm fi ak gason ki lib. Agrikilti se yon pati enpòtan nan Akayè - se tankou yon dezyèm lang pou pi fò moun e se yon aspè fondamantal nan devlopman ekonomik ak pwogrè zòn nan. Jenn yo nan Akayè se tankou semans ki pral fè rekòt nan lavni. Gen bon semans nan Akayè, e tè a se yon tè rapò. Yo ka aplike transfòmasyon ki fèt nan agrikilti pou devlopman ekonomik tou, sa vle di chwazi rekòt la, prepare tè a, plante semans yo, wouze plant yo, rekòlte pwodui a. Men, li enpòtan tou pou nou konprann yon agrikilti ki dirab kapab rive fèt sèlman si nou gen prensip ki dirab. Menm jan an tou, yon ekonomi dirab baze sou prensip ki dirab. Ki sa n plante? - Yon konvesasyon ak Kominote a Nan yon dyalòg ki fèt ak manm kominote a, nan fowòm lib, nan tout komin Akayè a, moun zòn nan pa ezite pale klè sou pakèt pwoblèm yo ni anvan ni apre tranblemanntè tè a.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Pou sektè agrikòl la, sa ki enpòtan anpil se fòmasyon ak antrènman sou nouvo teknoloji yo. Abitan ap chèche lòt metòd diferan de metòd tradisyonèl y ap sèvi depi syèk. Teknik y ap sèvi kounye yo se bagay yo te konn sèvi nan moman tè a te rich ak nitiman, rekòt yo te rezistan epi yo te byen mache ak anviwònman an. Kounye a yo enterese nan nouvo teknik ki anrichi tè a epi ki konsève dlo; se de bagay ki enpòtan anpil pou zòn nan. Nan sesyon atelye ki fèt, moun ki nan domèn lapèch di yo bezwen fòmasyon sou nouvo teknik nan domèn nan. Pechè toujou ap konte sou ti kannòt ak metòd lapèch ansyen, e se yo bagay ki fè yo pa ka ale lwen nan lanmè. Kòm konsekans, pati lanmè kote yo ka rete a vin gen twòp lapèch ki fèt ladan. Kantite pwason resif ki konn repwodui vin bese, e sa rann li pi difisil pou yo fè yon bèl joune lapèch. Pou tout sektè nan agrikilti a, moun yo bezwen kapab konsève rekòt yo epi transfòme yo. Anpil patisipan nan atelye a pale de bezwen yo genyen pou “izin transfòmasyon”, pou yo ka jere rekòt anplis yo sou plas, anvan yo gate. Sistèm refrijerasyon tou se yon pati enpòtan, sitou pou domèn lapèch. Pou lapèch ak agrikilti ka byen devlope nan zòn nan, moun bezwen elektrisite ak sistèm refrijerasyon. Moun yo ta sipoze kapab jwenn bon jan elektrisite ak sistèm refrijerasyon, yo ka konte sou yo, paske sa enpòtan pou kwasans ak devlopman endistri lapèch ak agrikilti nan zòn nan. Tè a k ap degrade ak pwoblèm jwenn dlo se gwo tèt chaje tou pou abitan. Malgre yo jwenn ase lapli, akoz tè a pa ka kenbe dlo a, sa vin bay gwo difikilte ant sechrès ak inondasyon. Abitan yo pa fin wè fouye kanal irigasyon pou dlo a ka ale divès kote kòm yon bagay yo ka konte sou li oubyen ki ka rezoud pwoblèm yo.

Kiltivatѐ yo pale de sipò yo pa jwenn ase nan men ajans yo, ak mank teknoloji ak kredi ki nesesè pou yo chanje ansyen sistèm y ap sèvi pou yo jwenn rannman nan rekòt yo. Sa ki plis lakòz se tout sèvis gouvènman an ki konsantre nan Pòtoprens. Pandan tranblemanntè tè a, ajans nan gouvènman santralize a tankou Ministè Agrikilti ak Resous natirèl te pèdi tout rejis papye, achiv ak dokiman ofisyèl, ansanm ak pèsonèl enpòtan pou sèvi tout peyi a. Yon abitan ki bezwen enfòmasyon, achte tè, fè papye tè, sa ka pran plizyè mwa oswa plizyè ane. Enstalasyon ki pa egziste tou se yon pwoblèm pou tout moun. Wout yo pa nan bon kondisyon e yo danjere, sitou lè w pral nan zòn mòn. Prèske pa gen sèvis dlo ak kouran. Pa gen okenn sistèm tou rego oswa enstalasyon pou tretman dlo, kouran se yon lè kon sa e se pa tout kote, mank nan bagay sa yo gen konsekans negatif sou abitan ak rekòt yo. Finalman, sèten sitwayen pale sou plas piblik yo bezwen pou lè yo yo bezwen detann yo. Gen lòt ki pale de krent yo genyen pou yo pa vin privatize plaj piblik yo, avèk devlopman k ap fèt bò lakòt la. Touris Prensipal kote touris yo ale nan zòn nan se estasyon bòdmè yo. Abityèlman yo devlope estasyon bòdmè sa yo akoz mank sekirite ak ekipman nan kominote ozalantou yo, e sa kòm kreye yon mi ki kache yon paradi, kote tout sa touris yo bezwen, yo jwenn yo la, san yo pa bezwen ale pa lòtbò mi an. Moun ki vizite estasyon bòdmè sa, yo pa fasil kite konfò ak sekirite yo jwenn la a. Gen ajan sekirite ak zam nan antre a ki plis ranfòse enpresyon moun sa yo genyen: pa lòtbò mi an, manke sekirite. Malerezman, malgre estasyon bòdmè sa yo atire vizitè, yo limite depans dirèk touris la te ka fè ak rankont yo avèk moun zòn nan. An jeneral, moun kwè gen posiblite pou zòn nan atire plis touris, ki kab yon avantaj pou otèl ki deja byen chita nan zòn lakòt la. Men, yo


156

neglije posiblite pou lòt ti aktivite akèy ki ta ka genyen. Yon bon fòmasyon nan sektè sa a ta enpòtan anpil nan sans sa a. Nan zòn lan, yo prèske pa bay enpòtans ak posiblite pou eko-toutris ak agwo-touris. Alòske sèten patisipan ki te reprezante kèk otèl lokal te pale de posiblite pou ekotoutris la, pèsonn pa t pale de agwotouris. E poutan, “touris alèkile vle peye pou prezève anviwònman natirèl ak sosyal yo bezwen dekouvri. Agwotouris se fason ki pi dous pou yo devlope touris ki dirab nan zòn andeyò epi li sèvi kòm touris sou plantasyon; moun konsidere agwotouris tankou yon fòm touris riral ki an rapò ak agrikilti. Vizitè vin aprann fòm peyizaj kiltirèl, pwodui lokal, manje tradisyonèl ak mòd lavi toulejou popilasyon an, ansanm ak eleman kiltirèl ak vrè karakteristik zòn nan, etan yo montre respè yo genyen pou anviwònman an ak tradisyon kote a. Agwotouris rasanble fòs pwodiksyon, kilti ak devlopman yon zòn, epi l kontribiye nan devlopman sosyal ak devlopman dirab ekonomi ak anviwònman zòn andeyò yo.” (Faganell, 2011) Anplis prezantasyon Akayè ki nesesè ansanm ak nouvo posiblite natirèl ki genyen nan karakteristik riral Akayè, li enpòtan tou pou n soulve gwo obstak ki gen nan zòn ki bloke pwogrè l ak devlopman li. Obsèvasyon ki fèt alafwa sou plas epi nan diskisyon ak moun zòn nan montre manke atraksyon pou touris, ak plas pou yo ale manje oubyen achte. Touris ki vizite zòn nan pa ka konte sou transpò piblik, epi tou prèske pa gen tretman medikal ann ijans. Asenisman bay a panse, fatra tout kote - sou bò wout yo, sou plas piblik yo, nan plaj yo ak bò rivaj yo, e jan moun wè sa, sèke menas maladi a fò. Kwasans yon ekonomi agrikòl Sa pou moun plante depann de sezon an ak sa abitan an bezwen. Pa gen okenn rekòt senp ki ka kenbe yon vilaj oubyen tout komin nan pou kont yo, pa menm pou yon segonn. Lè gen diferan rekòt sa fè gen divès kalte manje pou yon nitrisyon konplè e ki byen balanse pou kò moun. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Epi tou, pou kenbe kwasans kò ou ak devlopman li, ou bezwen bay ni kò w ni lespri ni nanm ou manje. Nan ka komin Akayè se nesesite pou gen bon etablisman ki matche bezwen kò yon moun. Akayè bezwen manje ak anpil efò ki dwe fèt pou fè komin nan vin gen yon ekonomi dirab - sa vle di yon kò ki an bòn sante k ap fonksyone kòm sa dwa. Lè yon moun mete zòrèy li alekout popilasyon an, li pran nòt sou sa li bezwen, kon sa moun sa a kòmanse triye semans li dwe plante pou l ka jwenn rezilta l ap chèche a. Gen kat kategori (rekòt) enpòtan yo pwopoze pou konble bezwen zòn nan genyen. Men se sitwayen zòn nan ki dwe plante semans yo epi pran swen semans sa yo nan tè y ap repare a. Semans 1 Travay sou pwoblèm mank sekirite ki genyen nan manje a. Solisyon pou amelyore chan semans yo ak divèsite nan semans yo enpòtan. Amelyorasyon sistèm distribisyon ak transfòmasyon manje yo epi fè moun jwenn yo nesesè. Yon fòmasyon ki enpòtan sou teknik agrikòl ki dirab, nenpòt kiltivatè kapab aplike nan pi ba nivo a, pou nenpòt ti moso tè a. Konsèvasyon tè a ak teknik pou rann li rich nesesè pou yo kab en plis chan semans menm jan ak pi bon teknik pou jere dlo. Zòn lakòt Akayè kapab bay bèt lanmè an kantite depase si yo byen jere zòn sa yo. Zòn mang yo, kwak yo pa anpil, men yon bezwen pou yo mete yo kanpe ankò epi pwoteje yo. Fòmasyon sou enpòtans pou moun konsève pwasonnri se kle pou endistri lapèch la reyisi. Menm jan ak agrikilti, moun bezwen sèvi ak nouvo metòd pwodiksyon yo, tankou pwojè akwakilti ki ka pwodui langous, pwason, ekrevis ak lanbi an kantite, yon fason pou wete chay lou ki sou do pwason ki nan resif sou anndan yo. Semans 2 Travay sou pwoblèm mank sèvis swen sante ak enstalasyon enpòtan. Pi bon disponibilite klinik ak sant ijans pou swen


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

sante ap yon avantaj ni pou popilasyon an ni pou touris ak vizitè ki vin nan zòn nan. Ansanm ak klinik yo, lopital yo ak sant ijans yo, pwojè ki amelyore asenisman ak dlo potab enpòtan pou kontwòl epidemi. Pi bon wout kapab amelyore sekirite epi redui ka lanmò aksidan konn lakòz. Semans 3 Travay sou pwoblèm mank fyète pou peyi a. Lè moun gen yon idantite sosyal epi yo santi yo fè pati yon gwoup, sa elve espri a ak panse a. Sa fèt sitou gras a enstitisyon ki ranfòse lafanmi, rezo sosyal, epi ki travay pou yon menm objektif. Devlopman espas sivik ak espas sosyal, kreyasyon fèt chanpèt ki montre avantaj zòn nan genyen, tout sa ede kreye solidarite epi ogmante devlopman touris ak devlopman ekonomi a. Lè moun zòn nan byen fòme sou enpòtans ki genyen pou kenbe zòn piblik yo pwòp epi pou yo prèt pou bay asistans pa yo, sa ba yo yon santiman fyète sivik. Semans 4 Travay sou pwoblèm mank nan edikasyon, fòmasyon ak sans biznis. Yo bezwen aprann sèvi tèt yo byen pou yo ka pi byen sèvi popilasyon an. Devlope bon opòtinite nan edikasyon, ogmante konesans epi ankouraje moun nan Akayè fè tèt yo travay, ankouraje yo genyen yon sans biznis, sa ap vin fè yo gen bon metriz, y ap vin endepandan, y ap gen libète total epi y ap fè pwòp pwodiksyon yo. Preparasyon tè a Teknik jaden tradisyonèl yo mande pou laboure tè a ak yon bann bèf k ap trennen yon chari oswa lòt bèt ki ka rale bagay sa yo, epi sa depann de kondisyon tè a. Yon abitan kapab laboure yon ka kawo tè pa jou. Se yon travay ki rèd. Nan teknik sa a yo koupe tè a byen fon epi yo vire l an menm tan. Se yon teknik yo fè menm jan prèske tou patou sou latè. Se yon teknik ki ansyen menm jan ak lè yo

te konn blese yon moun, fè l senyen pou yo ka geri yon maladi l genyen. Jodi a nou konnen lè yo laboure è a fon kon sa, sa fini pa degrade kalite tè a, e sa redui rannman semans yo, sa fè ewozyon an antre pi vit akoz drenaj pa fèt byen epi sa diminye kapasite tè a pou konsève kabòn li ki ale nan lè a. Sa mande plis irigasyon tou akoz tè a pa ka kenbe imidite an epi li vin bezwen pi plis angrè ak lòt pwodui chimik, bagay kamyon vin lage, pou yo ka jwenn yon nivo rannman aseptab. An verite sa a pa dirab jan moun ta vle panse a. Travay latè ak teknik modèn eksplwate sa ki nan lanati an jeneral. Yon agrikilti ki dirab ogmante kalite tè a sou plan òganik epi li sèvi ak transfòmasyon natirèl nan limit plantasyon yo atravè resiklaj oubyen transfòmasyon dechè ak vye pwodui fè yo tounen konpòs ak limon. Sa fè tè a grandi. Agrikilti ki dirab gen plis rezilta lè li fèt an ti kantite men avèk divèsite yon fason pou diferan plant yo ak divès bèt yo kapab aprann viv nan yon menm anviwònman. Sa soti nan zòn nan e sa benefisye zòn nan. Prepare tè a pou kwasans sosyoekonomik ak ekonomi dirab se tankou plante semans. Ayiti soufri anba siyon byen fon chari trase non sèlman nan tè a men tou nan baz anba tè a. Chari a kite souvni anmè doulè ak soufrans pou plizyè jenerasyon. Anpil fwa nan istwa Ayiti, yo laboure li. Yo vire tè sosyal, ekonomik ak politik li devan dèyè, ti kras pati ki rete a pa pwodui anpil, li montre tè a ak lapenn ansanm ak ti kras nourisan ki rete a ki lage anba van tan an k ap wonje kapasite l genyen pou l kenbe tèt li. Kwasans ekonomik ki dirab, menm jan ak nan agrikilti, konstwi tè sosyoekonomik la. Li òganik, li an rapò ak zòn nan epi l fè pwomosyon devlopman moun sou devlopman byen. Li ankouraje moun fè imajinasyon yo travay epi aprann prensip biznis depi alabaz. Menm jan ak konpòs ki


158

anrichi tè a nan sèvi ak materyèl òganik ki deteryore, lè yo sèvi ak depo valè sosyal, politik ak ekonomik nan Akayè, sa bay nourisan ki nesesè pou pouse kwasans ekonomik la. Chak pwoblèm prezante yon opòtinite. Pou prepare tè sosyoekonomik la, sa mande pou egzaminen kondisyon li kote yo dwe make ni sa ki pozitif ni sa ki negatif. Sa mande pou fè koreksyon sa ki pa bon nan popilasyon an, yon fason pou lide ka jèmen san kè kase epi pou yo jwenn plis rezilta posib ki dirab e ki ka mennen moun yo vin fè pwòp reyalizasyon pa yo, nan libète pou tout moun.

yo, e plis bezwen sa yo poko ka jwenn satisfaksyon, plis dezi moun nan ogmante pou yo. Bezwen pou kwasans yo, an jeneral, se aksyon ki mennen nan pwòp reyalizasyon pèsonèl yon moun ki satisfè yo. Yerachi ki gen nan bezwen yo egzije pou bezwen de baz ki pi fondamantal yo satisfè anvan bezwen pi wo nivo yo. Kwasans ekonomik p ap kab dirab san efò ak sakrifis moun k ap benefisye l yo. Se pa kado materyèl oswa lajan ki ka fè bagay sa a. Kado byen materyèl fè moun vin depandan konesans rann yo lib.

Sa a se pa maji, se bon sans. Teyori Maslow sou sa moun bezwen ki te devlope an 1943 deklare moun gen motivasyon natirèl pou yo satisfè sèten bezwen. Li dekouvri senk bezwen ki motive moun epi l separe yo an de kategori: bezwen de baz ak bezwen pou kwasans. Malgre yo byen koni men yo souvan kritike yo, nou mete yo pi ba a tankou yon lis nourisan enpòtan ki nesesè pou kwasans ak devlopman.

Kwasans latè = Kwasans ekonomi Bagay ki priyorite pou tout moun nan Akayè se fè konsèvasyon ak prezèvasyon tè ak dlo. San efò sa yo, byennèt popilasyon an p ap ka kenbe. Sekirite manje ap kontinye diminye epi dezas inondasyon ap vin pi grav, paske sa a se sèl fason tè a genyen pou l fè konnen sa l bezwen epi pou vin gen ekilib.

Kategori bezwen ki motive moun soti nan sa ki pi ba nivo rive nan sa ki pi wo nivo: 1. Bezwen byolojik ak bezwen fizik - lè, manje, bwason, lojman, chalè, fè bagay, dòmi 2. Bezwen pou sekirite - pwoteksyon kont eleman nan lanati, sekirite, lòd, lalwa, estabilite, konbat laperèz. 3. Bezwen sosyal - zanmitay, entimite, afeksyon ak renmen; nan men kòlèg, fanmi, zanmi, ak relasyon womantik 4. Bezwen estim - akonplisman, metriz, endepandans, sitiyasyon, pouvwa, prestij, respè pwòp tèt yon mounl ak respè nan men lòt moun 5. Bezwen pou pwòp reyalizasyon pèsonèl yon moun reyalizasyon kapasite pèsonèl yon moun, akonplisman pèsonèl, rechèch pèsonèl pou kwasans ak gran eksperyans

Fè teras Abitan bezwen tè ki ka kiltive pou yo plante manje, ansanm ak dlo ak semans pou yo plante a. Tout bagay sa yo limite anpil. Akayè gen chans li se yon plèn ki nan pye plizyè mòn e ki pwodui karann senk pou san bannann ak fig moun manje nan Pòtoprens. Se anviwon 10 pou san tout tè ki gen nan komin nan. Rès 90 pou san se nan pant nan tèt mòn yo ye, e sa rann agrikilti difisil anpil fwa ladan yo.

Bezwen de baz yo (bezwen fizyolojik, sekirite, renmen ak estim pèsonèl) bay moun motivasyon lè yo pa ka jwenn INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Pant rèd yo ak mank pyebwa lakoz dlo koule desann sot nan mòn yo ale nan rivyè ak sous dlo ki rive jis nan plèn nan. Anpil nan dlo ki koule al nan rivyè nan Akayè, yo detounen yo pou fè yo sèvi nan agrikilti. Lè gen gwo lapli, rivyè yo desann epi sa konn lakoz move inondasyon danjere ki pran tè a bwote al nan lanmè. Anpil fwa, inondasyon sa yo se gwo katastwòf ki menase lavi moun ak semans ki nan tè.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Imaj sou bwa aparèy pou laboure nan tan mwayennaj (Domèn piblik, 1)


160

Dapre rekòmandasyon ki parèt nan lis Rapò rejyonal konsepsyon teknik la, yo sigjere pou yo repare wout rivyè yo konn suiv la. Pou sa fèt yo jis bezwen retire tout depo wòch ak labou ki nan wout pasaj rivyè yo. Dapre lòt rekòmandasyon ankò, yo dwe sèvi ak baraj pou tcheke epi kontwole inondasyon, pou yo ka diminye pwoblèm inondasyon an. Se yon seri entèvansyon ki ka fè gen pi plis irigasyon pou semans nan zòn nan. Nan mòn Akayè, fè jaden sou teras kapab ede rezoud pwoblèm kontwòl depo wòch ak tè ak kontwòl inondasyon an. Jaden sou teras se yon aktivite dirab yo sèvi nan zòn Ekstrèm Oryan ak ann Amerik, pandan plizyè syèk. Teras yo ka fèt yon jan pou ralanti dlo a, pou trape depo yo epi pou kreye bon tè plat ki gen valè sou tèt pant, epi yo ka sèvi pou pwodiksyon. Fè teras sou tè ki elve kapab diminye pwoblèm nan basen vèsan, anpeche kanal irigasyon yo vin bouche pèmèt tè a filtre dlo a pi byen, epi wòch ki nan plèn yo ki konn kenbe dlo yo kapab rechaje. Ak èd Fon entènasyonal pou devlopman agrikòl (IFAD ann angle), yon ONG alman ki rele Welthungerhilfe, ansanm ak Pwogram Alimantasyon mondyal, gen yon kowalisyon kiltivatè nan vale Nan Kare, nan depatman nòdwès, ki ap trvay men nan men pou repare basen vèsan yo a (7). Se yon demach pou restore basen an totalman, kote yo trete pati siperyè basen an ak kanal irigasyon ki anba yo epi ki sèvi plèn yo tankou yon sèl sistèm. Reparasyon ak netwayaj kanal irigasyon yo fèt pou dlo a ka vin koule ankò epi teras yo fèt anlè basen vèsan an pou diminye ewozyon epi sa restore sistèm nan e rekòt yo vin ogmante ak rannman ki pèmèt kiltivatè yo rantre plis. San bon jan irigasyon, abitan yo te konn plante youn ak de rekòt pa seson. Mank irigasyon ak dega tanpèt fè, tankou inondasyon, te konn lakòz rannman an fèb. Apre reparasyon an, dapre rapò IFAD, abitan yo rive plante jiska 4 rekòt ki ede INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

yo vin jwenn pi plis rannman ak pi bon revni. Moun ka aplike leson yo pran nan pwojè sa a ki reyisi a, nan ka Akayè. Non sèlman teras o amelyore kontwòl dlo ak tè a men anpil kote sou latè, yo fè peyizaj nan andeyò yo vin pi bèl. Jaden teras tankou pa ansyen Enka yo nan “Machu Pichu” oswa teras diri “Hani” nan Lachin, se bagay moun konsidere kòm mèvèy ki merite pou moun wè yo. Pou Akayè, yon gran peyizaj oswa yon jaden teras te ka vin fè pati zòn ki antre nan agwotouris ak ekotouris. Teras an bankèt se fòm teras ki pi ansyen ki genyen e yo sèvi avè yo nan tè ki sou pant. Yo fòme bann tè ak fas vètikal an pant. Gen plizyè sistèm jaden teras diferan. Gen sistèm mouye yo konn jwenn nan Ekstrèm Oryan ki plis sèvi nan kilti diri alòske sèten lòt se chan sèk ki sèvi pou kilti gren ak lòt semans. Swa yo kenbe dlo a epi yo bwè dlo pou anpeche depo glise desann oubyen yo detounen dlo a pou voye l nan kanal drenaj ak irigasyon. Sistèm yo rekòmande depann de jan tè a an pant ak kondisyon tè a tou. Gen anpil konbinezon ki posib. Teknoloji agrikilti sou tè an pant Òganizasyon Nasyonzini pou manje ak agrikilti devlope yon teknoloji pou agrikilti nan tè ki an pant (Slope Agriculture Land Technology - SALT) yon metòd kilti pou zòn ki fasil gen ewozyon ak ki an pant. Sa pèmèt abitan kenbe tè a estab epi anrichi tè a yon fason pou yo ka fè manje leve ladan (7). Yon avantaj sistèm SALT a genyen se kapasite pou fè tè a grandi avèk rès ki rete nan yon rekòt yo sèvi ak grèf plant ki fikse azòt tankou “Leucaena” yon ti pyebwa tou piti ki grandi vit nan fanmi legim yo. Li sitou itil pou repare tè, li gen anpil pwoteyin. Li kapab fè pwodiksyon materyèl byolojik nan nivo 2 000 a 20 000 kg/ha/pa ane ak pwodiksyon bwa nan nivo 30 a 40 m3/ha/pa ane. Lè li konbine ak vetivè, li bay bon rezilta nan diminye ewozyon ak depo k ap glise ale.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Egzanp inondasyon ki fè gwo dega (Associated Press)

Konbinezon forè pwoteksyon, kontou pye fwi, teras, rezèvwa ak ak Swip se bagay ki abityèl nan efò konsèvasyon tè ak dlo, nan plantasyon sou mòn (Ideas for Action IRR, 1992)

Egzanp teras an bankèt nan Pewou ak nan Lachin. (Montero)

Divès metòd (Ideas for Action IRR, 1992)

teras

komen


162

Preparasyon tè a (Ideas for Action IRR, 1992)

Ranje plant ki pote nitwojèn (Ideas for Action IRR, 1992)

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Wotasyon rekòt (Ideas for Action IRR, 1992)

Ogmantasyon pwodiksyon rekòt avèk le tan (Ideas for Action IRR, 1992)


164

Preparasyon tè a ak plante plant ki fikse niwtojèn Sistèm nan sigjere pou yo plante tout pyebwa ki fikse azòt tout alantou liy pant lan. Yo ka detèmine distans ant ranje pyebwa yo dapre diferans vètikal ki genyen ant kontou yo. Yo ka espase ranje yo a entèval ki pa depase yon mèt nan wotè pou ka gen yon kontwòl serye sou ewozyon. Kilti a diferan lè yo mete yon bann tè ki gen semans definitif, apre yo mete youn ki gen semans pou yon tan mwayen, apre yo mete yon lòt ki gen semans pou yon tan tou kout. Yo fè wotasyon ak semans yo e yo kite kèk bann tè an jachè. Semans ki fikse nitwojèn yo bezwen pou yo koupe yo regilyèman epi ka sèvi avè yo tankou angrè vèt pou anrichi tè a. Yo travay tè a mwens posib epi sèlman pandan tan ki nesesè pou plante semans yo. Plis sistèm nan ap vin gen matirite, depo yo ak konpòs yo vin fòme yon kouch ki rich ak bon tè pou ogmante pwodiksyon rekòt la. Teknik SALT la kapab sèvi ak lòt sistèm teras pou kenbe dlo a oswa detounen dlo kote yo bezwen l la. Yo rekòmande pou moun trase teras yo yon fason pou yo pare pou chanjman klimatik. Gen yon kantite etid ki sigjere pou yo plante semans ki kòm elastik ki kapab adapte oswa ki kapab reziste a fòs chanjman klimatik yo. Yon semans kon sa se mango, ki te rive pwodui 11 milyon dola revni an 2011 (9). Pwoteksyon mang = Kwasans pwason = Elvaj pwason = Kwasans ekonomi Restore forè mang epi pwoteje yo sou tout Kotdèzakaden an se yon etap nesesè pou repare sistèm maritim nan ak pwasònri nan zòn nan. Forè mang yo fòme yon baryè natirèl kont onn tanpèt ak van fò ki mache ak tanpèt twopikal ak siklòn. Sistèm yo genyen ki pouse rasin anlè epi ki ankre nan fon an se yon sistèm ki bay estabilite ak rezistans kont van ak vag lanmè. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Mang yo pwoteje kòt la kont ewozyon tè yo paske yo gaye aksyon vag yo sou rivaj la. Rasin founi yo genyen yo kenbe depo sab ak wòch epi apre yon sèten tan depo sa yo vin fòme tè solid. San mang yo, depo yo ak lòt matyè polisyon ki soti nan tè a t ap koule desann ale tou pre resif bò dlo a epi yo t ap devaste Koray yo, yon bagay ki t ap lakòz ekosistèm nan vin degrade. Mang yo bay manje ak abri pou divès espès pwason ak lòt kristase ansanm ak kèk zwazo oswa lòt kalte bèt. Espès ki devlope nan forè mang yo se espès ki rich epi ki divès, e sa vin fòm yon ekosistèm ki konplè eki byen balanse. Debri fèy mang yo pwodui ansanm ak lòt depo debri sa a trape vin sèvi kòm prensipal sous manje pou tout espès yo soti nan pi piti a rive nan pi gwo a ki konn dèyè manje lòt bèt la. Gen bakteri ki dekonpoze debri sa yo epi ki vin devni bon nourisan nan dlo a òganis yo sèvi nan kòmansman chèn alimantè a. Fason rasin nan konplike a kreye kèk zòn enpòtan pou pèmèt ti pwason resif devlope e li sèvi tou kòm teren lachas pou sèten bèt ki manje lòt bèt. Anpil pwason resif ponn ze nan forè mang yo epi ti piti yo jwenn sekirite nan fason rasin nan ye a. San forè mang nan, ti pwason yo gen mwens chans pou yo siviv. Sa antrene pechè vin pa jwenn anpil pwason pou yo peche. Pami divès espès ki nan ka sa a, genyen pwason “vivano” (Snapper) ak pwason “mewou” (grouper) pechè zòn nan toujou konn ap chèche. Petèt pi gwo valè mang yo se kapasite yo genyen pou yo konsève diyoksid kabòn. Nan yon etid ki pibliye nan Nature Geoscience, Daniel Donato ki nan Sèvis forè nan Depatman agrikilti ameriken deklare mang yo konsève ant de ak kat fwa kabòn forè twopikal yo kapab konsève nan labou pwès ki alantou pyebwa a. of the US Agriculture Department’s Forest Service stated that mangroves store two to four times the carbon that tropical rainforest can store in the thick muck that surrounds the tree. Depo pwès sa a ki fèt ak labou ak limon pa gen anpil oksijèn ladan.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Forè mang abityèl (www.mangrove.net)

Yon dyagram ki montre wòl enpòtan pye mang nan ekoloji a ak jan li diminye danje sou lakòt la (IIRR 1993) Sa a montre kote ki gen mang yo kòm si yo koupe kote sa a (National Geographic.com)


166

Rekòmandasyon pou komin Akayè Yo rekòmande pou moun restore forè mang yo tout sou lakòt Akayè, e sa kore efò òganizasyon elve yon pwason Fabien Cousteau fè pou pwoteje lakòt la. Òganizasyon Cousteau a, Elve yon pwason, “re-plante” kèk espès enpòtan ki soti nan dlo pou ni plant ni bèt nan anviwònman yo souliyen yo e ki ka gen bon konsekans pozitif. Nan labè Benè, Elve yon pwason ede moun yo devlope yon pepinyè pye mang. Efò kon sa pa sèlman ede nan restore anviwònman an, men tou li bay kominote a djòb ki nesesè. An reyalite, ti kantite mang ki rete nan Akayè a an danje. Moun koupe pyebwa yo an gran jan pou yo fè chabon yon lòt viktim ankò nan mank ekonomi anpil fanmi nan zòn nan k ap chèche siviv. Akwakilti = Elvaj pwason = Kwasans ekonomi a Avèk 70 pou san sifas latè ki se dlo epi yon popilasyon k ap devlope epi k ap goumen pou chwazi kote ki pi bon pou yo abite, nou oblije al chèche manje nou nan lanmè. Kòm kantite pwason yo diminye anpil, kounye a moun bezwen elve bèt lanmè de plizanpli. Gen akwakilti tradisyonèl ki ede anpil nan kesyon manje bèt lanmè, men sa gen konsekans sou anviwònman an. Akwakilti PA pral rezoud pwoblèm twòp lapèch lakòz yo. Yo dwe mete restriksyon sou gwosè pwason ak limit kote moun ka peche yo, si yo bezwen pou pwason vin peple ankò, sitou nan zòn resif pa anndan nan Akayè. Si sa pa fèt anvan lontan, ekonomi zòn nan ap pran gwo move kou. Akwakilti kapab ede wete presyon sou do moun yo epi pèmèt pwason repeple si li fèt ansanm restriksyon nan kesyon lapèch kote gen ranfòsman lwa sou restriksyon sa yo. Pa gen manti nan sa: lakòt Akayè gen twòp lapèch ki fèt. Resif yo vid ak pwason malgre yo gen bèl koray. Pou akwakilti mache nan Akayè, li dwe fè pati yon plan rejyonal global. Li dwe gen patenarya ak lòt konpayi pou byen bòde INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

pwoblèm anviwònman an. Li dwe respekte anviwònman an e l dwe kontribye nan redrèsman ekonomik ak redrèsman sosyal zòn nan. Pwojè nan akwakilti ta dwe montre yo gen ni valè ekonomik ni valè pou anviwònman an, paske youn pa ka devlope san lòt. Bon jan kontwòl ak planifikasyon mennen bon jan ekonomi Toupatou sou latè yo enterese nan akwakilti ki dirab, ki responsab. Konsèy pou bon planifikasyon nan akwakilti (Aquaculture Stewardship Council - ASC) ki te kreye an 2010 kòmanse devlope tankou nimewo 1 nan pwogram sètifikasyon ak gwo non pou konpayi ki pwodui manje ki soti nan elvaj bèt lanmè. Premye wòl ASC se kontwole estanda jeneral pou yon akwakilti responsab. ASC kòmanse nan dyalòg sou akwakilti World Wildlife Fund (WWF) dirije. Akwakilti entansif ki sèvi ak ti kras teknoloji, se sa ki bon pou lakòt Akayè. Bon pwojè dirab ki valab ni pou ekonomi a ni anviwònman an kapab ede nan devlopman ekonomik zòn nan. Dapre Greenpeace International, bon akwakilti ki dirab kapab egziste sèlman si: • • • •

• •

li ale nan direksyon manje ki soti nan plant epi ki chita sou yon agrikilti dirab; li pa sèvi ak pwason kòm manje oubyen manje pwason ki fèt ak lwil pwason, ki soti nan pwasonnri ki pa dirab epi ki pa yon gaspiyaj pwoteyin ki soti nan pwason; li pa sèvi ak jenn ti pwason yo peche; li sèlman sèvi ak espès pwason ki soti sèlman nan gran lanmè, oubyen yo pran nan filè, nan ekliz ak lòt sistèm ki menm jan an (si yo gen espès ki pa fèt tou pre, yo ta dwe mete yo sèlman nan fòs yo fouye sou tè); li pa gen konsekans negatif sou anviwònman an pou sa ki konsènen dechè ak vye dlo nan zòn alantou yo; li pa gen konsekans negatif sou bèt ak pyebwa nan zòn nan, ni li pa yon danje pou bèt yo;


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Chan mang tou pre Akayè - pechè pwason k ap travay tou pre pye mang. Gen prèv kote y ap koupe pye mang – mangliye ki egziste nan fon sa a. (Google Earth)

Gwo gwo ewozyon sou rivaj Akayè akoz vag lanmè yo, paske yo koupe tout pye mangliye yo. Sa a se youn nan move konsekans ki soti nan debwazman e se konsekans ki rete lontan.


168

li pa sèvi ak pwason oubyen manje yo transfòme jenetikman; li sèvi ak dansite popilasyon ki diminye nivo danje pou maladi ta transmèt; li pa gaspiye resous lokal tankou dlo potab ak rak pye mangliye; li pa yon menas pou sante moun, epi tou li kore devlopman ekonomik ak byennèt kominote lokal yo sou anpil ane.

n vin ak nouvo mezi kontwòl ak devlopman akwakilti. Gen nouvo devlopman nan akwakilti nan ane 80 yo ki vin pèmèt moun tabli premye biznis elvaj lanbi ki janm genyen nan Zil Tik (Turks and Caicos). Elvaj lanbi nan zile sa a, li nan vil Providenciales epi l chita sou plis pase 3 kawo tè an fas lanmè a. Li gen 48 basen bò rivaj ak 20 kawo nan fon dlo a ansanm ak 150 anklo. Yo te reyisi elve 2 milyon ti lanbi bò rivaj nan 48 basen epi apre yo mete yo nan fon dlo pou yo grandi nèt.

Lanbi Kapasite pou devlope akwakilti ni sou latè ni nan lanmè, nan Akayè, se yon bagay enpòtan. Sa kab vin yon gwo pati enpòtan nan kesyon Agwotouris nan zòn nan. Kòtdèzakaden ansanm ak bèl plaj li yo gen bon jan pwoteksyon gras ak zile Lagonav ki nan fon lanmè a. Nan pi fò kote, dlo ki pa fon ki bò rivaj tonbe byen rapid nan resif byen fon e menm pi lwen nan pwofondè ki depase 2000 pye. Dlo kalm ki byen pwoteje nan lakòt yo fè zòn sa a ansanm ak komin nan yon kote rèv pou elvaj lanbi epi pou fè enstalasyon akwakilti bò rivaj, paske se yon sistèm fèmen ki filtre dlo sale lanmè a epi ki resikle li san sa pa twò aji sou anviwònman an.

Nan lanati, ze yo kale epi yo tounen yon kalite lav moun ka wè nan mikwoskòp. Lav sa yo rele velijè, yo drive nan kouran dlo a pandan 2 a 3 semèn, epi finalman yo al enstale atè anba lanmè a sou fòm ti lanbi ki fenk kite etap lav la pou yo grandi. Valè lanbi ki rive chape nan lanati a piti anpil. Velijè vin fè pati chenn alimantè a pou lòt bèt dlo. Kou ti lanbi yo fin transfòme, ak tout ti koki yo ki tou frajil, yo tounen manje fasil pou krab, reken, mewou ak lòt molisk.

• • • •

Elvaj lanbi Youn nan pwojè akwakilti ki posib se tabli yon elvaj lanbi. Lanbi te yon manje prensipal nan Karayib la anvan Kristòf Kolon. Nan dènye tan sa yo li tounen yon manje liks epi li vin deplizanpli popilè. Kantite lanbi ki genyen prèske fin disparèt. Nan anpil kote e Ayiti se youn nan kote sa yo, yo konsidere moun peche yo twòp, dapre evalyasyon ki fèt nan “NOAA Fish Watch”. Inyon Entènasyonal pou konsèvasyon lanati deklare lanbi se yon espès ki prèske disparèt sou mache a, nan Konvansyon ki te fèt sou komès entènasyonal pou espès ki an danje (Convention on International Trade in Endangered Species, CITES). Avèk presyon ki genyen tout tan sou espès moun sèvi pou manje ansanm ak kantite lanbi ki egziste k ap diminye, se yon bagay ki enpòtan anpil pou INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Rechèch yo fè nan konpayi Caicos Conch Farm ak nan Enstitisyon Oseyanografi Harbor Branch inivèsite FAU a (FAU’s Harbor Branch Oceanographic Institution-HBOI) montre valè ti lanbi yo elve nan basen/letan ki rive chape plis pase 95%. Posiblite ki genyen pou soulaje presyon sou popilasyon lanbi sovaj yo nan fè elvaj lanbi nan basen epi posiblite ki genyen pou refè popilasyon lanbi yo tounen jan l te ye anvan nan dlo Akayè yo, se bagay ki tou la pou nou pwofite. Dapre sa yo fè konnen, elvaj lanbi ki fèt nan basen chè anpil epi li pa bay benefis, epi lanbi a pran twòp tan pou li devlope lè yo konpare l ak lòt espès pwason epi yo di sa mande anpil anpil kòb. Yon bon valè nan depans ki fèt pou pwodui lanbi, se nan pati kouvez la (kote ze yo kale a) li pase. Nan sèten ka, sa te ka pi byen mache/reyalize pou moun ki fenk antre nan pwodiksyon lanbi pa chache gen pati kouvez la, pou yo achte ti lanbi nan diferan etap


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Example of Queen Conch (http://www.nmfs.noaa.gov)

Overfishing of juvenile conch is evidenced along the shoreline, in particular in the fishing village of Luly. (Montero)

Caicos Conch Farms (Google Earth)


170

nan men yon kouvez ki byen chita tankou konpayi Caicos Conch Farm. An 2001, yo te fè yon etid fezablite; yo sèvi avèk diferan sitiyasyon pou kwasans ti lanbi yo achte nan kouvez nan yon konpayi elvaj ki gen 20 basen oubyen 20 kaj. Analiz la te baze sou depans ki fèt deja nan konpayi Caicos la, ni mendèv tou. Rezilta yo varye an maj brit soti 67 pousan pou pi wo pou devlopman nan kaj jouk lanbi yo vin gen gwosè nòmal 16 santimèt pandan 19 mwa rive 15 pousan pou devlopman nan basen jouk lanbi yo vin gen gwosè nòmal 16 santimèt. Sa enpòtan pou n remake pri mendèv nan zile Turks and Caicos (Zil Tik) nan lè rapò a te 5 dola ameriken pou 1 èdtan. Nan peyi tankou Ayiti, lè n ap gade salè kounye a, pri mendèv la te ka redui anpil, ki rann afè a pi rantab toujou. Piske devlopman lanbi fèt dousman, sa konn pran lanbi yo 4 a 5 ane pou yo grandi vin gen yon gwosè 16 santimèt ki bon pou yo vann nan mache, nou te bezwen yon wotasyon pi rapid e nou jwenn li. Konpayi Caicos Conch Farm reyisi fòme yon nich nan maketin nan pou ti lanbi pi piti a 2 an. Yo rele l eskago lanmè e li vann pou 4 fwa pri lanbi yo peche nan lanati kounye a. Yo voye vann yo oz Etazini. Konpayi Caicos Conch Farm rive kontinye egziste, kounye a l ap chache vin pi gwo. Pou yo redui kèk nan difikilte yo, yo refòmile plan dafè yo. Sa yo gen nan objektif akoutèm yo se ogmantasyon ak divèsifikasyon pwodui yo. Pou yo pran avantaj kapasite yo genyen an, yo gen plan pou yo komèsyalize ti lanbi bay elvè ki kapab vann yo sou mache a kou yo fin grandi oubyen yo kab tounen vann yo ak benefis bay konpayi Caicos Farm. Yo va fè elvaj pwason tou nan kaj nan lanmè, yo prevwa chak kaj sa yo va pwodui 70 tòn metrik pwason nan yon ane. Yo va plase kaj yo pa deyò liy resif yo kote kouran dlo kapab bwote dechè popilasyon konsantre pwason yo pwodui. Gen lòt devlopman toujou nan elvaj lanbi ki pral vini. Nan INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

lanati, nan sèten sikonstans ki ra, gen apeprè yon lanbi sou 1000 ki pwodui yon pyè yo rele pèl. Pami pyè sa yo, se sèlman yon ti ponyen ki pyè presyez. Sa ki pyè presyez yo, moun ap mande pou yo anpil, kon sa mennen pri ki tankou pri dyaman. Nan Enstitisyon Oseyanografik Harbor Branch inivèsite FAU a, Doktè Héctor Acosta-Salmón ak Doktè Megan Davis gen tan devlope yon teknik pou kiltive pèl lanbi. Yo gen tan pwodui plis pase 200 pèl kilti nan sèvi ak teknik yo devlope yo. Teknik yo fenk devlope pou moun kiltive pèl nan lanbi a pa mande pou yo sakrifye lanbi a yon fason pou yo rekòlte pèl la. Chans pou lanbi a li rete vivan toujou, li a 100 pou 100, epi li va pwodui yon lòt pèl ankò apre yo fin rekòlte premye pèl la. Inivèsite HBOI ap travay avèk enstiti Gemological Institute of America (GIA) pou yo fè tès laboratwa apwofondi sou pèl ki kiltive nan lanbi. GIA deja di plizyè nan pèl yo egzaminen yo se pyè presyez bon kalite yo ye toutbon vre. Sèvi ak teknik sa a pou kiltive pèl vle di popilasyon an kapab pwodui yon gwo pousantaj pèl. Pou n pi byen konprann sa, yon pèl yo kiltive nan lanbi kapab pote plis pase 400 fwa pri vyann lanbi a e lanbi a kapab pwodui plizyè pèl anvan yo touye l. Posibilite pou bati yon sikisal “Queen Conch” Lanbi se yon manje ki estab nan rejim alimantè (mòd manje) pi fò Ayisyen, sitou pou sila yo ki rete nan lòt kòt yo. Akayè gen yon gran kantite pechè lanbi k ap reponn a demann sa a. Poutèt sa, lanbi gen rapò dirèk ak pwogrè ekonomik zòn Akayè a. Se yon bon ide pou nou jwenn divès mwayen pou pwoteje mwayen egzistans sa a sou yon plan akoutèm ki kout anpil pou byen sante ekonomik zòn nan. Devlopman sektè lanbi Akayè a kapab benefisye lòt avantaj ankò, ki pi gwo pase maj brit li kapab pwodui a. Lanbi gen yon gwo enpòtans pou egzistans divès bèt ak plant nan


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

lanmè a e yo fè yo pati esansyèl nan chenn alimantè nan lanati a. Tout bagay nan lanati lye youn ak lòt. Nou pa kab elimine yon espès san sa pa fè yon sèten efè sou lòt yo. Si nou gade imaj la sou yon plan antye e dirab, e si nou gade travay tèt ansanm nou kapab mete sou pye, n ap wè benefis yo la, byenke se pa benefis lajan. Pou Akayè, elvaj lanbi vle di genyen kapasite pou pwodui grann kantite lanbi pou moun zòn nan manje epi pou voye vann lòtbò, posiblite/kapasite pou yon sektè pèl ki kiltive nan lanbi, ak retou popilasyon lanbi natif natal la. Demann ameriken pou lanbi pa satisfè kounye a poutèt divès regleman ki mete limit sou aktivite rekòt pwodui sa a toupatou sou latè. Etazini enpòte apeprè 78% vyann lanbi ki genyen sou mache entènasyonal la. Dapre kalkil ki fèt, demann lanbi sou mache a an 2010 te 1.500 tòn pou yon ane. Yo te enpòte apeprè 460 tòn metrik oz Etazini an 2004, avèk majorite espòtasyon an te soti Zil Tik. Chif sa a an bès parapò ak yon wos ki te rive 2.260 tòn metrik an 2003 lè Sendomeng ak Ondiras te pote plis pase 50% òf pou Etazini a. Poutèt yo mete lanbi nan kategori bèt ki an danje pou yo disparèt, se sèlman 500 tòn metrik ki te disponib pou espòtasyon soti nan mache Karayib la. Si yo louvri kad elvaj lanbi pou kiltive sèten espès pwason tou tankou kobya, mewou oubyen vivano, sa kab ogmante espòtasyon pwodui ki pral oz Etazini. Etazini enpòte 90% fwidemè moun nan peyi a manje. An 2012, enpòtasyon sa yo te rive yon valè 14 milya dola an tou. Men, sa ki pi enpòtan toujou, sèke 50% enpòtasyon sa yo soti nan konpayi ki fè elvaj bèt lanmè. Lanmè kouvri plis pase 73% sifas latè. Se yon bagay ki lojik pou yo devlope plis pratik akwakilti (elvaj bèt akwatik) ki dirab pou nouri popilasyon an k ap ogmante jou an jou. Pozisyon jewografik Akayè kapab fè Ayiti tounen yon peyi ki kab jwe yon wòl dirab nan aktivite elvaj mondyal nan lanmè. Rekòt akwakilti nan lemonn antye pou 2013 te

depase 58 tòn metrik avèk yon valè total ki depase 100 milya dola. Elvaj pwason a najwa Dlo fon ak kouran dlo fò tou pre kòt Akayè kreye bon jan anviwònman pou konpayi pisikilti (elvaj pwason) dirab paske yo redui efè ekolojik ki konn akonpaye aktivite elvaj pwason a najwa. Kobya ki nan Imaj pi wo la a, yo reyisi fè elvaj yo nan kaj nan lanmè e yo se bon kandida pou akwakilti nan Akayè. Yo se gwo pwason fon lanmè ki kapab rive mezire 2 mèt longè epi yo kapab rive gen yon pwa 150 liv. Elvaj kribich Elvaj kribich se te yon ti antrepriz tou piti agrikiltè te konn antreprann lontan sou kòt Azi di Sidès. Apre plizyè ane, aktivite sa a vin fè pwogrè ak teknoloji, sitou nan teknik pou ogmante popilasyon kribich an grann dansite. Sa vini avèk tout yon seri enkonvenyan; sa ki pi rèd la se efè sa genyen sou ekosistèm ki nan alantou konpayi elvaj la. Gwo dansite kreye grann kantite toksin ak dechè ki afekte popilasyon bèt lanmè sovaj nan zòn nan. Kale kribich epi elve kribich pou fè komès se yon aktivite ki kapab fèt ni nan anviwònman dlo dous ak nan anviwònman dlo sale. Gen divès nivo pwodiksyon, e yo chak mande pi gwo teknoloji tank rezilta komèsan yo vle bay la ap ogmante. Nan pi fò peyi soudevlope, kote pri tè pa twò enpòtan nan kesyon an, epi pri teknoloji pa alapòte kiltivatè, yo adopte yon apwòch ki pi dirab, e yo rele apwòch sa a “akwakilti estansiv”. Akwakilti estansiv depann plis sou fòs ak evènman natirèl pou pwodiksyon kab fèt, tankou marewot, marebas (wotè lanmè a, lè l monte oubyen lè l desann), sezon lapli ak sezon sèch, ak divès faz lalin nan, olye pou yo imite fòs ak evènman natirèl sa yo gras a teknoloji pou pwodiktè yo reyalize rezilta y ap chache yo. Nan elvaj kribich, akwakiltè


172

Elvaj kobya nan kaj anba lanmè (NationalGeographic.com)

Sou kòt Karayib o Panama, akwakiltè (elvè pwason) Brian O’Hanlon ap bati yon kouvez a grandechèl pou ede yon nouvo kalite akwakilti nan fon lanmè. (NationalGeographic.com)

Ti konpayi elvaj kribich (www.orissafisheries.com)

(www.orissafisheries.com)

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Pami plizyè milyon ze, se sèlman kèk mil pwason ki resi rete an vi. Yo elve ti kobya nan basen anndan kay jouk yo vin gwo ase yo transfere yo nan fon lanmè. (NationalGeographic.com)


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Akwakilti ki dirab (www.wetlands.org)


174

sèvi ak kouran dlo natirèl ak mawewot, marebas pou nouri kribich epi kapte yo. Nan sèten zòn, yo fè elvaj kribich nan basen pandan sezon lapli epi yo ranplase yo ak diri pandan sezon sèch, e nan kèk lòt kote ankò, tankou Azi di Sidès, kribich dlo dous ak diri egziste ansanm nan menm jaden kote youn depann de lòt. Akwakilti estansiv se yon aktivite ki sèvi ak plizyè pwosesis natirèl e ki devlope yon seri aksyon kowòdone avèk ekosistèm l ap ede mentni an. Pou yon ti akwakiltè, lè depans pwodiksyon an piti ak lè pri mendèv la ba se yon avantaj enpòtan sa ye pou akwakilti estansiv. Anviwònman an benefisye tou. Konpayi ki fè elvaj kribich anpil kote sou latè a, yo enstale yo tou pre lanbouchi (bouch kote larivyè al vide nan lanmè) kote kribich rete natirèlman. Lepli souvan, akwakiltè pwoteje lanbouchi yo, epi yo plante mang oubyen lòt plant natif natal nan lanbouchi yo pou yo kab devlope yo. Akwakiltè sa yo tounen gadyen k ap voye je sou ekosistèm y ap ede pwoteje yo. Kribich manje nouriti rak pye mang yo rasanble yo; nouriti sa yo fè yo pwofite anpil. Kon sa, angrè ki fò, oubyen pwodui chimik pa nesesè pou pwosesis la. Sistèm kon sa, non sèlman yo bay kribich ki pi an sante e ki gen bon gou, men tou yo pwodui yon ekosistèm ki nan bon eta. Piske yo pwoteje pye mang pou elvaj kribich, pye mang yo va ede tout yon dividal lavi lòt bèt tou ki nan avantaj resif, nan avantaj pechè yo, nan avantaj zòn nan. Nan plantasyon estansiv sa yo, yo pa fè dlo letan an ale, men akwakiltè yo pito peche kribich paske kribich an mouvman natirèlman pandan sezon lalin. Si n ap gade sistèm akwakilti estansiv ki sèvi ak ti teknoloji, ki vle di sistèm ki bay ti dansite pwodiksyon kribich pou chak mèt kare, zòn olon kòt Akayè a, Côte des Arcadins, kote ki gen yon rès rakbwa mang k ap redui rapid, se yon zòn ki ta dwe pwen santral aktivite sa a, a kondisyon nou replante yon bon valè pye mang epi nou sèvi ak yo kòm yon eleman ki rantre nan biyofilt la, kòm yon pirifikatè dlo ki soti INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

nan tou rego. Kon sa, pye mang yo pwoteje, epi yon nouvo sektè kribich kapab bay bon rannman. Elvaj kribich sou tè Poutèt lanmè a tou pre kòt Akayè a, sa fè l bon nèt pou pwodiksyon kribich dlo sale nan basen yo fouye nan tè. Basen kon sa ta kab chita tou pre rivaj nan zòn ki kapab jwenn alimantasyon dlo lanmè yon fason ki pa koute chè. Sistèm ki pi senp lan e ki koute mwens lan te ka sèvi ak kouran dlo lanmè a k ap monte desann pou plen basen yo ak dlo epi pou wete dlo nan basen yo. Epi tou izin pwodiksyon kribich yo gen dwa sèvi ak ponp mekanik, men sa ap mande depans pou enstalasyon, pou fè yo mache epi pou repare yo. Edikasyon ak rechèch: Inivèsite akwakilti ak sant rechèch - Enstiti Entènasyonal Pou Lapèch nan Lanmè ak Syans Lanmè Genyen pwopriyete ki disponib olon kòt Akayè a, ki bon kote pou yo tabli yon Enstiti Entènasyonal pou Lapèch nan Lanmè ak Syans Lanmè, yon kote pou fòmasyon, ansèyman siperyè, ak rechèch. Travay enstiti a kapab alatèt efò k ap fèt pou tabli yon sektè akwakilti nan zòn nan epi amelyore lapèch ann Ayiti. Li kapab montre pechè nan zòn nan kouman pou yo vin akwakiltè, ansanm ak gadyen pwotektè anviwònman an tou. Dirabilite ak pwogrè finansyè mache men nan men nan sektè sa a. Se bon jan okazyon “montre yon nonm peche pwason” an e se yon okazyon peyi a bezwen kou tè sèk k ap tann lapli. San rechèch sa a, nou konsidere l kòm yon avantaj pou tout kominote a nèt, men tou, kòm yon demach ki nan pi gran enterè peyi a. Daprè sous ki sou teren, yon kote an patikilye ki bon pou sant rechèch sa a chita egzakteman sou bò sid Lili. Se yon pwopriyete leta sezi. Tè sa a ki te pou yon ansyen dilè dwòg yo voye tounen kote leta t ap chèche l la, kounye a li rete tou vid. Se yon gwo moso tè ki bò lanmè epi li gen yon


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Yo kapab transfòme pwopriyete leta nan sid Lily a pou fè l tounen yon etablisman rechèch e edikatif (Google Earth)


176

konplèks plizyè bilding ak yon gwo basen ki byen pwoteje, kon sa li ofri mwayen pou moun rapid pou moun antre nan zòn rechèch bò kòt la. Met sou sa, gen ase tè nan alantou a pou yo fouye plizyè basen, mete pondez ak lòt enstalasyon. Mwayen sa yo ta fè kote sa a meyè plas ki genyen, e si yo rive jwenn vrè patnè pou fè etablisman rechèch sa a mache, etablisman sa a ka tounen yon sant edikatif klas mondyal.

motè dizèl a wot konpresyon an te deklare motè dizèl te ka mache ak luil vejetal (luil ki soti nan plant) olye de gaz fosil (gaz ki soti nan restan bèt ak plant). Avèk pi fò machin a motè, sant pwodiksyon, ak lòt enstalasyon izin ann Ayiti ki mache ak gaz dizèl, kapasite Ayiti genyen pou li tire luil nan fèy alg ta ka ofri yon altènatif vyab e dirab nan plas gaz fosil, epi li ta ka fè pati peyi ki atire aktivite eko-touris.

Inisyativ sa a kapab tounen yon travay kolaborasyon ki rasanble plizyè inivèsite ak sant rechèch nan tout Karayib la ak sou tout latè a. Pi bon inivèsite nan branch sa a, tankou University of Miami Rosenstiel School of Marine and Atmospheric Science, Florida Atlantic University Harbor Branch Oceanographic Institute, University of the Virgin Islands, ak antrepriz prive ki fè rechèch tankou konpayi Caicos Conch Farm te ka kolabore. Etidyan inivèsite ayisyen te ka jwenn aksè fasil pou esperyans ak fòmasyon sou teren nan sijè ki gen rapò ak akwakilti ak akwaponi, de endistri ki enpòtan anpil pou pwogrè peyi a, pou kwasans ekonomik peyi a epi pou prezèvasyon resous natirèl li.

Akwaponi pou Ti antrepriz e Mwayèn Antrepriz ann Agrikilti Akwaponik se yon sistèm pwodiksyon manje ki melanje akwakilti (elvaj bèt lanmè) avèk idwoponik (kilti plant nan dlo oubyen san tè). Se yon ansyen teknik yo sispann itilize depi byen lontan pou ranplase l ak agrikilti konvansyonèl ki mande “laboure tè a”. Moun Aztèk yo te pami sivilizasyon ki te parèt ak kilti sou tè atifisyèl nan dlo fètil.

Biyogaz ak fèy alg pou fè remèd Gen anpil posiblite pou Akayè tounen pi bon kote pou tretman biyogaz gras a akwakilti. Alg se plant ki kapab kiltive fasil nan letan. Teren vas tou griyen nan solèy, se pa bagay ki ra, epi nan zòn Akayè a, plizyè ane dechoukaj pyebwa lakòz sitiyasyon vin tankou savann chèch ki gen ti pyebwa ak pye pikan. Kondisyon sa yo rann zòn nan bon nèt pou kiltive alg epi pou esplwate enèji solèy. Kondisyon ki nesesè pou al pouse se bagay ki tou senp: limyè solèy, manje sou fòm (ke yo rele tou gaz kabonik), epi dlo. Avèk kondisyon sa yo, pye alg kapab pwodui luil plis pase 50% sa yo peze. Epi tou pye alg se youn nan pami plant ki pouse pi vit yo. Luil la kapab sèvi pou yo fè biyogaz ak lòt pwodui pou yon bon valè sektè tankou pwodui famasetik, ak pwodui bote. Rudolf Diesel yo di ki te envante INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Akwaponi te limite nan jan yo sèvi avè l nan yon kad tou piti, men li vin ogmante pa twò lontan nan kad enstalasyon komèsyal. Genyen anpil avantaj nan fè akwaponi olye de agrikilti konvansyonèl, sa ap sitou itil pou kiltivatè Akayè. Sistèm akwaponik kapab ede diminye pwoblèm ki genyen kounye a nan kesyon degradasyon tè, alimantasyon dlo ak valè tè ki ka fè jaden ki disponib. Yo kapab sèvi ak teknoloji a nan yon nivo konsomasyon (endividyèl) oubyen nan yon nivo komèsyal. Yo kapab monte li avèk materyèl ki deja soulamen nan zòn nan epi tou li adaptab anpil. Akwaponi bay pi bon rezilta pase kilti konvansyonèl. Se yon sistèm fèmen ki sèvi ak 90% mwens dlo, li mande mwens travay mendèv pou mentni pwodui rekòt, epi li kapab pwodui ni pwoteyin animal (pwoteyin ki soti nan bèt), ni pwodui vejetal (legim) nan menm sistèm nan. Yon sistèm akwaponik kapab pwodui jiska 4 fwa plis manje pou yon ekta pase lòt sistèm pwodiksyon manje. Yon sistèm akwaponik ki chita sou yon sipèfisi 500 mèt kare (5 a oubyen 0,05 ekta) kapab pwodui jiska 5 tòn metrik


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

(oilgae.com, MCT Photo Service)


178

pwason ak 5 tòn metrik legim oubyen biyomas chak ane. Legim yo ak pwason yo ansanm ak kwasans yo (anviwònman kote plant yo ak bèt yo ap devlope ansanm) aji an senbyoz. Dlo ki chaje nouriti ki soti nan poupou pwason tonbe sikile, epi bakteri ki nan tè anba dlo a nitrifye dlo a (mete nitrat ladan). Plant yo absòbe nouriti ki nan dechè a, kon sa li fè pwason yo jwenn dlo pwòp apre sa pwosesis la rekòmanse a zewo. Piske yo pa kab sèvi ak pwodui chimik nan yon sistèm ki gen pwason, akwaponi se yon sistèm ki tou natirèlman òganik. Nou kapab jwenn anpil plan ak ide pou konstriksyon sistèm nan sou entènèt. An jeneral, gen twa kategori e touletwa gen yon rezèvwa oubyen yon basen kote yo mete pwason yo. 1. Teknik Kilti sou Fim Nitritif (Teknik NFT): se yon teknik yo jwenn anpil nan pi fò sistèm idwoponik komèsyal epi yo sèvi avè nan sistèm akwaponik avèk kèk ajisteman. Dlo ki chaje nouriti ki soti nan akwaryòm nan filtre nan kèk biyofilt epi apre sa li distribiye nan yon nas ki fen anpil oubyen rasin plant yo flite l an ti kantite tou piti ki mezire. Plant yo pran nouriti yo ki nan dlo a, epi dlo a tounen al jwenn pwason yo. 2. Kilti nan Dlo Fon: se yon sistèm ki sèvi ak rado lepli souvan an polistirèn avèk kèk twou ki kab kenbe po ki fèt ak tuil naylonn sou kanal dlo yo konstwi. Rasin plant yo pandye desann nan dlo a pou yo rale nouriti. Dlo akwaryòm nan pase nan yon sistèm filtrasyon epi nan kanal dlo yo pou l al nouri plant yo anvan l tounen al jwenn pwason yo. 3. Sistèm Medyabèd: se yon sistèm ki sèvi ak kèk milye kilti, an jeneral gravye oubyen lòt materyèl avèk yon gwo sifas. Yo ponpe dlo nan milye kilti a pou plen li ak dlo 1 pous a 2 pous wotè sou tèt sifas la. Yon sistèm ki pa mekanik, tankou yon sifon, +* koule dlo a kou dlo a rive wotè sifon an. Pwosesis la pran ant 15 ak 30 minit pou l rekòmanse ankò, toudepan de modèl sistèm nan. Sistèm anvayisman ak drenaj la fè vin gen oksijèn pou rasin yo. Apre yo fin fè anpil esperyans ak sistèm medyabèd yo INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

pandan plizyè ane, sistèm sa yo parèt rantab e fyab epi yo pa mande anpil travay pou antreteni yo. Pwofondè milye kwasans yo an jeneral se 10 a 12 pous. Yo deja montre reyisit nan zòn twopik yo, paske yo kiltive divès kalite rekòt ak sistèm sa yo. Pami plant ki kapab pouse nan sistèm sa yo nou jwenn: fèy tankou bazilik ak origan. Yon lòt avantaj nou jwenn nan sistèm medyabèd yo sèke gwo plant kapab pouse nan sistèm sa yo k ap bezwen yon chapant pou kore rasin yo. Pami plant sa yo genyen: tayo, gonmbo, kawòt, leti, tomat, piman, bwokoli, chou, bòk chòy, konkonm, diri, berejèn, chou frize, melon, radi, skwach, frèz, bètakad. Teknik Kilti sou Fim Nitritif (Sistèm NFT) Plant ki nan yon sistèm NTF yo chita nan kanal ki fèt ak tiyo PVC. Yon ti kouch dlo ki chaje ak nouriti koule sot nan akwaryòm nan pa mwayen pezantè nan tiyo yo, dlo a pote nouriti ak oksijèn plant yo bezwen pou yo byen vini. Gen 2 fòm enstalasyon prensipal ki egziste, toulede gen plizyè varyete. Metòd ki pi senp lan se mete kanal yo anwo akwaryòm nan pou yon ponp ponpe dlo a sot nan akwaryòm nan al nan kanal yo epi pou dlo an koule desann nan akwaryòm nan pa mwayen pezantè. Nan yon sistèm revè, dlo a koule sot nan akwaryòm nan pou l al nan kanal yo pa mwayen pezantè, apre sa ponp lan ponpe l monte tounen nan akwaryòm. Ann akwaponi, sistèm NFT yo mande lòt filtrasyon biyolojik anplis. Sa ki fè sa se mank volim dlo ak etandi sifas ki nesesè pou bakteri nifrifikasyon chanje amonyak ki nan poupou pwason yo an nitrat plant yo kapab itilize. Sa pa nesesè nan sistèm medyabèd yo. Gravye ki nan sistèm sa yo ofri etandi sifas ki neseè pou bakteri yo, epi tou li filtre tout kò solid ki te ka bouche sistèm nan si pat gen gravye ladan. Dimansyon tiyo ki sèvi pou akwaponi dwe pi gwo pase sa yo itilize nan sistèm idwoponik yo kote poupou pwason ak kò solid pa nan sistèm nan. Kwak sistèm NFT yo se yon lòt opsyon ann akwaponi, yo bezwen plis travay antretyen nan filtè yo pase sistèm medyabèd yo.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Aztèk yo fè plant grandi sou rado (Imaj sa a pou domèn piblik)

Sistèm NFT – Akwaponi nan lakou kay

Sistèm ayewoponi vètikal (Pond Trade Mag.)

(US Aquaponics)


180

Sistèm akwaponik Inivèsite Virgin Islands lan Se depi lontan yo rekonèt Inivèsite Virgin Islands kòm yon lidè nan akwaponi twopikal epi li ofri kou ki dire yon semèn ki santre sou teknik akwaponik sèlman. Doktè J.E. Rakocy trase plan yon sistèm ki fèt ak rezèvwa, filt, klarifikatè, ak degresan pou alimante sistèm rado byen long nan domèn nan, (Li anèks la pou plis enfòmasyon detaye.) Sistèm sa a, pandan plizyè ane yo pran san yo pou yo byen dokimante li, e li parèt s e yon sistèm ki kapab travay byen e ki bon pou klima twopikal la. Pozisyon li Sent Kwa, Il Vyèj pa twò lwen lanmè a gen menm kondisyon nou jwenn sou kòt Akayè a, sa fè l se yon bon egzanp pou ti sistèm ak mwayèn sistèm akwaponi pou rejyon an. Plan sistèm UVI pou yon tè ki gen yon etandi 0,05 ekta Eleman ki fòme sistèm nan: • Kat rezèvwa pou elvaj pwason, • De klarifikatè silendrik an fòm kone, 7,8 m3 chak, • Kat rezèvwa filt, 3,8 m3 chak, • Yon rezèvwa degresaj, 0,7 m3, • Sis rezèvwa idwoponik, 0,7 m3 chak, • Sifas total etandi kote plant ap pouse, 11,3 m3 chak, • Yon sitèn pou resevwa dlo sal, 214 m2, • Rezèvwa pou ajoute baz, 0.6 m3, • Volim total dlo a, 110 m3 Egzanp sa pwodiksyon bay an jeneral Tilapya - 5 tòn metrik chak ane, 580 kg. chak 6 semèn, 160 kg./m3/ane Volim pwodiksyon: Flèv Nil - 77 pwason/m3; Wouj - 154 fish/m3 Leti frize - 1,404 kès chak ane, 24-30 tèt/kès, 27 kès/semèn Bazilik - 5 tòn metrik chak ane Gonmbo - 2.9 tòn metrik chak ane Sistèm medyabèd Nan yon sistèm medyabèd, yo kiltive plant yo nan yon INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

rezèvwa oubyen nan yon resipyan ki plen gravye, wòch pèlit, oubyen yon lòt milye kwasans, olye de tè konvansyonèl. Milye kwasans lan sèvi pou ogmante etandi sifas pou bakteri k ap fè nitrifikasyon yo nan pwosesis chanje amonyak pou fè l tounen nitrat la. Epi tou milye kwasans lan ede sipòte chapant rasin plant yo, kon sa sa pèmèt yo kab fè kilti pi gwo plant ki pa kab pouse nan lòt sistèm yo. Chak 15 minit yo anvayi milye sa yo ak dlo ki soti nan akwaryòm nan apre sa yo wete dlo a. Dlo a ede bakteri yo fè yon bon travay tretman, epi li ede plant yo souse nouriti yo. Gen kèk moun k ap sèvi ak sistèm sa a ki twouve gen avantaj nan mete vè tè nan milye kwasans lan pou yo ede nan dekonpozisyon matyè solid ki kole nan milye kwasans lan. Sistèm medyabèd la se sistèm ki pi pratik pou ti kiltivatè Akayè yo. Li gen mwens pati ki fòme li, li pi fasil pou l travay, epi se li ki mande mwens travay antretyen nan pami tout sistèm yo. Li itil sitou pou kilti konsomasyon (endividyèl) nan lakou kay fanmi. Yon sistèm ki senp, yon sistèm yo jere kòmsadwa, se yon sistèm ki kapab bay yon fanmi valè legim ak pwoteyin yo bezwen an. Tou depan de gwosè sistèm nan, yo kapab pwodui ase manje pou yo al van sa ki anplis la nan mache. Sistèm ibrid (melanje) Moun ki fè jaden nan lakou lakay yo te gen divès kalite reyisit nan fè esperyans ak sèten sistèm, nan melanje sèten sistèm. Sa ki pi byen reyisi yo se sa yo ki sèvi ak yon apwòch global, ki konprann jaden yo a se yon ekosistèm pou kont li. Lè yo enkòpore non sèlman eleman akwaponi an, men an menm tan yo fè elvaj bèt sa yo tou, tankou poul oubyen kana, epi yo sèvi ak vètè pou fè konpòs (angrè) avèk pwodui derive, yo resikle dechè, epi tou yo sèvi ak enèji renouvlab tankou kouran Imajvòltayik (enèji solè) pou fè sistèm nan mache, yo reyalize pi gran rekòt pou pi piti depans.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Sistèm akwaponik Inivèsite Il Vyèj la (UVI)

Sistèm akwaponi sou rado UVI (http:// ag.arizona.edu/azaqua/ista/ ISTA9/ PDF’s/RakocyUVICourse.pdf)

Radi yo kiltive nan yon sistèm sou rado (livingaquaponics.com)

Systèm Medyabèd (portablefarms.com)


182

Plan chanjman sot nan sistèm idwoponik “Ebb and Flow” a al nan sistèm akwaponik NFT ak “Ebb and Flow”

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Akwaponi – Galri referans rapid

Sistèm akwaponi NFT ki sèvi ak galon dlo (Inivèsite Agrikilti Bangladesh)

Yon akwaryòm y ap bati sou tè ann Afrik di Sid pou kreye yon letan (Healthy Children Healthy Future / INMED Partnerships for Children)

Sistèm medyabèd, Afrik di Sid (backyardaquaponics.com)

Gravye ak ti wòch tou pare ki sèvi kòm milye kwasans (INMED Partnerships for Children)

Gravye ak ti wòch tou pare ki sèvi kòm milye kwasans (INMED Partnerships for Children)

Sistèm a mwayèn dimansyon nan Eta Venda Afrik di Sid (INMED Partnership for Children)

Gravye ak ti wòch tou pare ki sèvi kòm milye kwasans (INMED Partnerships for Children)

Egzanp sistèm akwaponi nan lakou yon kay ann Ouganda (homelandsproductions.com)


184

Sistèm yo fèt an seksyon, ki fè yo kapab redui oubyen ogmante e yo kapab reponn a bezwen pi gran otèl touristik, a kondisyon yo gen ase tè pou yo devlope. Jaden Dedenn sa yo kapab rezoud sekirite manje, ogmante kalite ak kantite manje zòn nan ap pwodui, epi yo kreye yon mache pou agwotouris ak gastwonomi (aktivite kuit manje) nan zòn nan. Manje pou pwason yo elve nan kay - Yon apwòch ki dirab Yon eleman enpòtan nan jaden akwaponik se valè fwa pwason nan sistèm nan bezwen yo ba yo manje. Manje yo prepare komèsyalman twò chè pou kiltivatè ann Ayiti. Yon lòt bagay ankò, manke manje gen yon efè dirèk sou gwosè ak kalite pwason, sa mennen valè pwodui a genyen nan mache. Erezman, esperyans yo fè nan lòt peyi, o Kenya pa egzanp, montre nou, agrikiltè a kapab pwodui manje pwason yon fason ki pa chè; li kab sèvi ak engredyan ki fasil pou yo jwenn tankou fèy tayo ak fèy manyòk, son diri, farin ble, oubyen farin manyòk, sèl ak dlo cho. Sa pa nesesè pou gen anpil zouti pou agrikiltè a fè manje ak engredyan sa yo. Tou sa agrikiltè a ap bezwen pou l pwodui manje a an fòm ti grenn se yon moulen vyann ki mache alamen. Yon bon valè biyomas ki pase nan dechè apre rekòt chaje pwoteyin ki bon anpil pou pwason e yo kapab sèvi nan preparasyon manje pou pwason yo. Pyebwa nou jwenn toupatou nan zòn nan tankou chaya ak morenga chaje pwoteyin ak vitamin epi yo nourisan anpil. Sa nou plis bezwen kounye a se edikasyon ak fòmasyon. Rezo Agro-tourism “Bed & Breakfast” nan Akayè: ‘Jaden D’Edèn’ pou ekonomi peyi d Ayiti Nan yon sistèm akwaponi, agrikiltè a nouri pwason yo, poupou pwason yo nouri plant yo, plant yo ak pwason yo nouri agrikiltè a/vizitè yo, apre sa li rekòmanse ankò - sa toutafè dirab, li sèvi ak mwens pase 10% dlo yo sèvi nan agrikilti konvansyonèl. Yo pa sèvi ak okenn pwodui chimik ni ak okenn angrè nan pwodiksyon manje a, ki fè sa bay yon INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

manje òganik ki bon pou sante. Bitasyon sa yo kapab piti, e piske yo fòme yon sik ki konplè tout antye, yo kab tounen Jaden Dedenn pou peyi d Ayiti. Akwaponi, an reyalite, kapab antre nan ti pwojè piti nan kad aktivite touris epi li kapab fè pati atraksyon pou agwotouris. Nan Akayè, ti obèj tankou sèten pwojè ‘demi-pansyon’ kapab mete chan agrikilti zòn nan, oubyen sistèm akwaponi ansanm ak pye fwi avèk betay yon fason byen fasil pou yo bay kliyan yo manje òganik ki fre pandan yo desann kote sa yo. Yon sektè ‘emi-pansyon’ kapab pwospere nan tout zòn Akayè a, lè n konsidere bèlte peyizaj natirèl li e posiblite ki genyen pou sèten aktivite anplis oubyen kèk etablisman eritaj kiltirèl. Egzanp nou pral pale la yo, yo te prepare yo pou ni lokal ki lavil ni lokal ki andeyò. Nou montre Imaj pou de (2) echantiyon lokal; youn andeyò Koray nan yon gran kafou, epi lòt Imaj an montre yon lokal lavil ki te konn sèvi pou yon lòt sèvis, anndan zòn yo chwazi pou Distri Istorik vil Akayè a, toulede nan Komin Akayè. Plan an sa yon plan yo kapab repwodui, adapte e adopte toupatou nan zòn nan. Achitèk ak Enjenyè zòn nan kapab ede n avèk tout ajisteman nesesè yo ta bezwen pou teren an, gwosè anplasman an, plis oubyen mwen pwogramasyon, oubyen lòt sèvis sou kote. Pwojè sa a fèt pou yon teren ki etwat e fon, men yo kapab adapte l pou lòt fòm teren ak lokal nan tout zòn nan. Sa enpòtan anpil nan enterè sante ak byennèt ni pwopriyetè obèj ni anplwaye y ap genyen, ak vizitè k ap desann nan obèj yo, pou sous apwovizyònman dlo ak kote yo jete fatra (latrin) yo nan pozisyon kote youn byen lwen lòt pi lwen posib. Si pwopriyete a chita sou yon tè ki an pant, sous kote dlo pou alimante obèj la ta dwe sou tèt mòn nan byen lwen latrin ak kote yo jete fatra sou pwopriyete a. (Pou plis enfòmasyon detaye ki gen rapò ak sa, ale nan seksyon Enjineri nan Rapò Vizyon sa a.)


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Foto apati lari a, a sipozisyon sa se yon zòn lavil nan mitan Distri Istorik yo pwopoze pou Akayè a.


186

Plan nòmal pou yon obèj

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Foto ki fèt nan avyon pou montre yon obèj yo pwopoze. Imaj a montre pye fwi, jaden sou etajè ak yon sistèm akwaponi


188

Foto ki fèt nan avyon pou montre yon obèj yo pwopoze

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Foto ki fèt nan lakou ki montre jaden yo fè sou etabli


190

Foto ki montre lakou a

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Foto ki montre lakou a, yo tire Imaj sa a nan 2yèm etaj la


192

Bilding ki la kounye a nan Distri Istorik yo pwopoze a INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Egzanp jan yo repare yon bilding istorik pou rann li bon pou aktivite komèsyal.


194

Foto ki fèt nan lari pou montre yon bilding kote moun kapab rete e travay, mezon komès ak sistèm elektrik ki sèvi ak van. Nouvo bilding kapab ogmante imaj distri istorik la po atire vizitè.

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Foto ki fèt nan lakou pou montre jaden yo fè sou sòk, pano solèy, ak kay Lakou. Bilding detache sa yo kapab resevwa touris, lokatè, oubyen yon fanmi de lwen.


196

Foto ki fèt nan avyon pou montre Lakou

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Foto fasad ki bay sou lari


198

Plan ‘nòmal’ sa a anglobe tout eleman ki fòme yon plantasyon dirab, e pwen santral li se atire touris ki enterese nan yon bon esperyans reyèl, e an menm tan tou, ofri agrikiltè nan zòn nan yon lòt mwayen anplis pou yo fè lajan. Men sa ki nan plan nou devlope a epi nou prezante nan rapò a: • Yon seksyon long an chanmòt ak chanm pou lwe (li ka yon kay bas oubyen yon kay 2 etaj); • Yon saldatant an komen oubyen yon salamanje an komen, kote pwopriyetè obèj la avèk vizitè kapab bay odyans, oubyen yo kapab manje sou galri bildin ki gen fas li bay sou lari a. Nan zòn lavil, pati kote moun chita manje a kapab sèvi gran piblik la tou si gen ase plas. Epi tou te ka espas pou moun manje anplennè nan lakou a oubyen sou galri pa dèyè ki kouvri; • Kote pou mèt obèj abite sou tèt saldatant lan oubyen sou salamanje a; • Yon seri sistèm agrikilti dirab nan lakou a ak pa dèyè kay la; • Yon “depandans” ki gen: yon kizin, yon depo, avèk saldeben ak douch apa, tou depan de gwosè obèj la. Aktivite agwotouris Lè yo kreye yon sektè agwotouris òganize Akayè, sa ka jwe yo wòl ki enpòtn anpil nan devlopman ekonomik dirab tout komin nan nèt. Ekonomi Akayè depann prensipalman nan revni ki soti nan pwodiksyon agrikòl ak aktivite touris olon kòt la nan estasyon touris yo. Estasyon touris ak otèl yo konn sipòte sektè agrikòl ki nan alantou yo, nan achte pwodui ak lòt viv nan men agrikiltè ak pechè pwason, malgre sa touris ak agrikiltè antre an kontak youn ak lòt raman. Gran estasyon touris yo ki sou plaj, ak tout pake yo ofri ki gen tout sèvis, an pati yo se yon repons pou mank ki genyen nan kesyon plas òganize ki pa fèmen anndan estasyon touris, ansanm ak mank sekirite moun santi ki genyen an, ak anachi ki genyen deyò a. Pèsepsyon sa a ki parèt a klè INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

ak gad sekirite tou ame ki poste devan baryè estasyon touris yo, sa ogmante santiman ensekirite, mizè, lavi di sou plan ekonomik ki layite deyò a. Ti rès rèv ki rete de sa gran panpan aktivite touris te konn ye a, ak epòk kote Club Med te yon modèl a suiv la, li febli anpil. Men, tras epòk sa a pèsiste toujou nan otèl devan plaj yo ki ofri touris ki pi rich, sou plan nasyonal e entènasyonal, tout sèvis, men a yon nivo enferyè pase sa yo kapab jwenn nan tout Karayib la an jeneral. Akòz nivo enferyè yo a, kounye a yo pa an konkirans avèk sa yo ofri ki disponib nan tout Karayib la pou menm nivo pri. Men, estasyon touris Côte des Arcadins ofri sèvis li bay yon sektè byen detèmine nan mache touris la, e poutèt sa li jwe yon wòl ki enpòtan anpil. Avèk kèk chanjman nan lokal yo, fòmasyon anplwaye, epi avèk gwo mèt otèl sa yo k ap ankouraje lòt fòm aktivite touris lokal ak lojman - tankou agwotouris ak eko-toutris, ki bò kote pa yo, te ka ede espoze karakteristik agrikòl e riral zòn nan ansanm ak resous e aspè natirèl li yo, yon fason kolektif, kon sa sektè lokal la an jeneral te ka evolye. Agwotouris fòme yon pwen komen ant agrikiltè, touris yo, avèk peyizaj la, epi li adopte tradisyon, istwa, aktivite atistik ansanm ak kilti zòn nan. Li tounen yon motè ekonomik ki kapab dire nan peyi ki an devlopman ki pa gen enfrastrikti sofistike pi gwo sant touristik yo e popilarite li atravè lemonn ap ogmante. Enstiti Entèrameriken pou yon Koperasyon sou Agrikilti [Inter-American Institute for Cooperation on Agriculture (IICA)] te kòmanse fè pwomosyon pou aktivite agwotouris nan Karayib la depi an 2005 nan kad pwogram li nan emisfè a pou ranfòse lyen ki genyen ant touris ak agrikilti gras a rechèch, fòmasyon ak e devlopman ti antrepriz. Aktivite agwotouris se aktivite touris ki pran avantaj kilti riral la ak resous natirèl yo kòm mwayen pou atire touris. Li


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Kiltivatè

Anviwònman

Touris


200

sanble ak eko-toutris esepte sa k pi enterese li se pa peyizaj natirèl la men peyizaj agrikòl la ak istwa li kilti li. Men sa ki antre nan kad aktivite agwotouris: patisipe nan aktivite agrikòl ak aktivite peche pwason oubyen gade moun k ap mennen aktivite sa yo, mache goute manje lokal epi tande tradisyon jan moun fè manje nan zòn nan, mache vizite peyizaj zòn andeyò pou wè divès fason moun fè agrikilti epi pran plezi nan koute istwa, nan fèt chanpèt ak tradisyon kiltirèl zòn nan oubyen vil la. Piske aktivite agwotouris ofri divès kalite chwa pou touris, sa rann li kapab ogmante kapasite Ayiti pou li antre an konpetisyon nan sektè touris la. E lè aktivite agwotouris vin reyalizab pou agrikiltè sou plan ekonomi, ap vin gen plis aktivite agrikòl ki dirab nan zòn nan. Devlopman ekonomik dirab pou Komin Akayè a kapab rive fèt gras a inyon ant agrikilti avèk aktivite touris. Yon inyon ant vil la, lanmè a ak pati andeyò a, youn fè pati esansyèl lòt, pou kreye posiblite ki nesesè pou devlopman ekonomik ak pwosperite ekonomik zòn nan. Nou pwopoze agwotouris pou Akayè kòm yon esperyans pratik pwodiksyon agrikòl ki ofri yon opòtinite pou moun patisipe nan pran swen pwason ak plant. Nouvo modèl agwotouris Prensipal objektif agwotouris la se fè touris patisipe nan pwosesis agrikòl la. Vizitè jwenn yon opòtinite pou yo travay nan jaden kòtakòt ak vrè plantè, pou yo babote nan dlo lanmè ki ba yo nan jenou ansanm ak pechè pwason k ap rale nas yo mete atè oubyen k ap annik mache gade e kontanple bèlte natirèl tè ki gen jaden ak kòt la. Agwotouris atann yo pral fè yon esperyans lavi toutbon, pa yon pyès teyat prepare oswa yon espektak yo te aprann nan repetisyon. Menm jan ak touris konvansyonèl, gen anpil klas agwotouris, kòmanse ak vwayajè senp ki pote tout afè INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

yo nan yon sak sou do yo rive nan granmoun retrete rich ki pa vle pèdi ti sèvis deliks yo - tankou dlo nan tiyo oswa yon twalèt prive. An jeneral, agwotouris se moun ki tou natirèlman gen plis rezistans epi yo tou pare pou yo sakrifye kèk nivo konfò ak liks pou y al flannen a pye sou wout tè. Pou satisfè bezwen touris nan tout sektè, tankou agwotouris, yo dwe kreye nouvo modèl sèvis ospitalite ki pral elaji chwa ki genyen ki disponib nan tout kouch ekonomik, ak chwa chanm e manje. Nouvo modèl sa yo ap eseye ankouraje plantè ak ti pwopriyetè patisipe nan devlopman yon sektè agwotouris, nan louvri pòt yo bay touris ki enterese wè bèl peyizaj nan zòn andeyò Akayè. Edikasyon, fòmasyon epi preparasyon ak adopsyon yon prensip kalite minimòm, yo tout endispansab nan kreye siksè ki kapab dire lontan kèlkeswa de ki kalite kote yon moun ap pale. Se pa tout kiltivatè ki ta enterese epi se pa tout ki ta anmezi jere yon etablisman agwotouris. Men, pou sa yo ki kapab resevwa envite, sa ka reprezante yon gwo ogmantasyon nan kòb bitasyon yo a rantre. Pou n byen analize sa, se pou nou sonje ti travayè nòmal ann Ayiti fè mwens pase 5 dola pa jou. Dapre sa stasyon touris zòn nan fè moun peye, yon chanm pwòp tou senp ak bon jan ospitalite fanmi te kapab pote yon lòt 20 a 40 dola chak jou. Sa egal 4 a 8 jou travay. Sa ka gen bon jan efè sou kalite lavi nenpòt fanmi ki travay tè nan zòn nan. Kreyasyon yon fon pou bay prè renouvlab oswa yon fon sibvansyon devlopman ekonomik aktivite touris Pou rann agrandisman ak reparasyon pwopriyete ki la kounye a yo, sa mande finansman. Sa yo toujou rekòmande sèke yo dwe tabli yon sous finansman ki ta ede moun ki enterese jwenn lajan ki nesesè pou repare e agrandi kay yo dekwa pou yo kab resevwa envite lakay yo pi devan. Benefis y ap jwenn nan envestisman sa a te ka pi plis pase yon envestisman menm jan an nan


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

pwodiksyon manje, e li ta kontribye konbyen fwa plis nan devlopman ekonomik zòn nan. Yon bagay ki klè sèke yo dwe chache rezoud gwo pwoblèm touris ann Ayiti. Anpil etid ki fèt lonje dwèt sou pèsepsyon moun genyen de enstabilite, kòripsyon, ak ensekirite. Tou sa baze sou yon sèten nivo verite kwak an jeneral yo egzajere. Devlopman agwotouris kapab rive fèt men sa bezwen marye avèk lòt estrateji devlopman ekonomik nou prezante nan rapò sa a. Genyen twa modèl nou prezante nan rapò sa a ki fasil pou antre nan sa ki fòme peyizaj ki egziste kounye a. Touletwa modèl yo mete aksan sou estrateji dirab. De nan yo prezante non sèlman resous enèji renouvlab, men tou sistèm pwodiksyon manje endepandan (akwaponi), estrateji preparasyon tè, pwodiksyon e itilizasyon biyo-gaz ak lòt estrateji ankò. Twa pwojè yo kategorize kòm: 1. Re-itilizasyon adapte e prezèvasyon bilding istorik Akayè nan katye istorik yo pwopoze a. 2. Yon otèl oubyen yon obèj 12 chanm pou ofri nouvo sèvis oubyen sèvis adapte a yon nivo mwayèn. 3. Agrandisman ak reyamenajman yon Lakou fanmi ki fèt pou ofri sèvis a yon nivo pi ba sou pwopriyete kote yon fanmi rete. Lakou a ak otèl/obèj 12 chanm yo pwopoze sèvi nenpòt kote nan zòn Akayè a rezoud pwoblèm nesesite pou genyen plis chwa sèvis chanm ak manje ki pi ekonomik pou vizitè nan rejyon an. Epi tou pwojè sa yo montre nouvo teknoloji agrikilti ak akwakilti pou zòn nan, kon sa yo ofri doub avantaj. Nan pwojè sa yo, vizitè yo pral kapab wè pwodiksyon manje dirab ki bay bon rannman, tankou pwoteyin ak legim, san sa pa ge gwo efè sou anviwònman an, nan sèvi ak kilti akwaponik.

Nan kay yon Lakou fanmi, yon envite kapab fè anpil bagay: aprann ki jan yo kiltive legim nan sistèm akwaponi an, pran swen pwason, goute jan manje ayisyen gen bon gou, kwit pwason fre, epi ale nan evènman kiltirèl lokal. Moun ki rete nan kay la ka sèvi ak pwodui sistèm akwaponi an pou tèt pa yo, pou kliyan ki desann lakay yo oubyen yo kapab vann yo nan mache. Met sou sa, fanmi an fè benefis anplis nan lwe chanm vizitè bay touris. Se yon afè kote “tout moun jwenn”, pou fanmi yo e pou devlopman ekonomik nan tout rejyon an nèt. Nouri plant yo - Inisyativ dirab pou pèp la Nouriti ak dlo, limyè ak lè, se bagay ki nesesè pou plant pouse. Se menm jan an tou, bon kalite manje, dlo pwòp, limyè ak lè, se bagay ki nesesè pou moun rete vivan. Dapre kalkil Òganizasyon Mondyal Lasante fè, plis moun nan peyi k ap devlope mouri chak ane nan sitiyasyon ki gen rapò ak polisyon lè anndan kay - sitou plis nan recho pou boule bwa ki pa mache byen pase nan tibèkiloz ak malarya. Nan lane 2014, polisyon lè anndan kay akòz bwa yo boule pou fè manje te lakòz prèske 1 milyon moun mouri e l te responsab 2.7% fado maladi sou plan mondyal. Sa fè danje sa a dezyèm pi gwo bagay nan anviwònman an ki lakòz moun gen ti sante apre dlo ki pa bon pou sante ak ijyèn piblik. Nou pa bezwen di w gen yon bon valè nan chif sa yo se ann Ayiti yo soti, kote pi fò moun se ak chabon yo sèvi. Sa montre, sèvi ak chabon pa bon non sèlman pou planèt la paske sa lakòz debwazman ki donk li lakòz chanjman klima fèt pi rapid, men tou li patisipe dirèk dirèk nan lanmò moun. Dwe gen yon efò serye ki fè pou konbat mal sa a. Lè pwòp Gen sèten bon jan solisyon pou ranplase chabon y ap adopte toupatou sou latè kounye a, yo ka parèt ak yo ann Ayiti. Pami yo genyen: biyocha ki soti nan fou, brikèt biyomas ak gazòy alg.


202

Dapre kalkil Òganizasyon Mondyal Lasante fè, plis moun nan peyi k ap devlope mouri chak ane nan sitiyasyon ki gen rapò ak polisyon lè anndan kay - sitou plis nan recho pou boule bwa ki pa mache byen pase nan tibèkiloz ak malarya

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Nouvo recho gazeyifikatè tankou yon sa nan Imaj a, yo vann li pou anviwon 25 dola US nan peyi Zenn. Anpil boule granil bwa epi yo sèvi ak yon vantilatè pou dife a ka boule pi byen. Gazeyifikatè kapab boule chabon, dechè plant, chabon bwa ak fimye tou.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Aprann plis Men kèk sijè yo idantifye kòm bagay yo kapab aplike pou ede nan kwasans ekonomik oubyen nan amelyore kalite lavi moun ki rete nan zòn nan. Epi espesyalis ta dwe etidye yo plis chak nan branch pa yo pou wè kòman yo kapab adapte nan zòn nan, epi pou wè ki opòtinite ak baryè ki genyen pou mete yo ann aplikasyon nan zòn nan: • Dlo pwòp (Filtrasyon Morenga, Pui ki gen bon dlo, Kaptaj dlo lapli, ak Sistèm filtrasyon dlo) • Sekirite manje • Twalèt sèch (pou fè konpòs) - Angrè vèt • Altènatif pou enèji pwòp (Chofaj solè, fou solè, transfòmasyon reyon limyè an kouran (Imajvòltayik), sèvi ak van pou bay kouran (enèji ewolyèn), enèji idwo-elektrik, gaz bwa, biyo-gaz, boulèt biyomas, pwodiksyon enèji apati teknik gazeyifikatè Rekòlte fwi, replante grenn, planifye pou demen Yon plantè ki rasanble tout fwi nèt pou tèt pa l, epi ki pa rezève yon pòsyon pou li replante, plantè sa a va manje yon grenn rekòt sèlman. Menm jan an tou, nou ka fè analoji sa a pou n di: planifikasyon pou avni tout zòn nan nèt mande reenvestisman nan jèn moun, ofri divès kalite chwa tou pare sou plan edikasyon ak swen sante, kreye nouvo opòtinite ekonomik, konstwi divès sistèm enfrastrikti epi mentni sistèm sa yo, epi aksyon sosyal ki kab fasilite reyalizasyon pèsonèl (chak moun akonpli pwòp tèt pa yo), bon jan lavi miyò ki dire nèt, ansanm ak devlopman zòn nan. Se bagay sa yo nou bezwen toutbon vre: ‘grenn moun dwe simen’ ansanm ak inisyativ ekotouristik ak inisyativ agwotouristik nan inisyativ agrikòl nou sot mansyone pi wo la yo, paske “Sa ou plante se li rekòlte”. Bibliyografi

1. Dessalines, translation by Laurent Dubois and John Garrigus. The Haitian Declaration of Independence 1804. Nathanielturner.com. [Online] http://www.nathanielturner.

com/haitiandeclarationofindependence1804.htm. 2. IFPRI. Haiti. Food Security Portal. [Online] 2012. http:// www.foodsecurityportal.org/haiti. 3. IFAD. Haiti - Country strategic opportunities programme. Rome: International Fund for Agricultural Development, 2013. 4. FAO of the UN. FAOSTAT. Haiti. [Online] 2014. http:// faostat.fao.org/site/550/default.aspx#ancor. 5. UNOCHA. Humanitarian Response Haiti. [Online] July 21, 2014. https://haiti.humanitarianresponse.info/. 6. Economic growth and quality of life” a threshold hypothesis. Max-Neef, Manfred. Valdivia, Chile : Ecological Economics, Elsevier Science B.V, 1995, Vol. 15, pp. 115-118 . SSDI 09218009(95)00064-X. 7. http://www.gtz.de/agrobiodiv/download/agrotourismus_ engl.pdf. [Online] 8. United Nations Office for the Coordination of Humanitarian Affairs - https://spreadsheets.google.com/ spreadsheet/ pub?key=0AjuKrzV2yCOLdE1vekpsUWlOOG Z0U2owczh 0THgzMWc&gid=0. [Online] 9. Economic growth and quality of life” a threshold hypothesis. Max-Neef, Manfred. Valdivia, Chile : Elsevier Science B.V. Ecological Economics, 1995, Vol. 15, pp. 115-118. SSDI 0921-8009(95)00064-X . 10. Food and Agriculture Organization of the United Nations. Slope Agriculture Land Technology (SALT) in the midhills of Nepal. TECA. [Online] 2014. http://teca.fao. org/ read/7717#sthash.HisQgmrL.dpuf. 11. IFAD. The power of Partnering: Holistic watershed rehabilitation in Haiti. Rural Poverty Portal. [Online] 2014. 12. CIAT . International Center for Tropical Agriculture. CIAT News -Eco Efficiency in Action. [Online] May 12, 2014. http:// www.ciatnews.cgiar.org/2014/05/12/ climate-change-in-haitiinvestingin-mangos-instead-of- coffee/. 13. Faganel, Armand. (2011) Developing sustainable agrotourism in Central and East European Countries, Academica Turistica - Tourism and Innovation Journal, 2011, vol. 4, issue 1, pages 55-62 http://www.academia. edu/2335365/Developing_sustainable_agrotourism_in_ central_and_east_European_countries


204

Divès plan vil: Semans pou lavi sivik Zòn n ap etidye: Akayè - Koray - Lili

Jaime Correa, Pwofesè Adjwen ki nan Fòmasyon nan CUCD Adjwen Rechèch nan, Lekòl Achitekti nan Inivèsute Miyami Lè yon gwoup moun ap viv yon kote, se gwoup sa a ki responsab pou li kreye pwòp anviwònman pa li ni lavil ni andeyò. Angajman nou dwe pran pou nou okipe ekosistèm nou yo ki delika e konplike anpil la, se youn nan pi gran difikilte nou genyen nan tan kounye a. Malgre tout estravagans kilti mas ak boulvès li pote, ansanm ak tout mank respè li pou tout tradisyon li jwenn ki te la depi lontan, chak mouvman nou fè gen rezilta pozitif, rezilta negatif, oubyen rezilta ki pa ni pozitif ni negatif. Kòm rezilta, sanble edikasyon konvansyonèl tan an pa fin kòrèk: tan n ap viv kounye a se rezilta aksyon nou te fè lontan epi lavni an se nan tan kounye a n ap travay li. An reyalite, lavni an se kounye a. Gen yon nouvo sivilizasyon ki pral boujonnen apati rezònman sa a, yon sivilizasyon ki pral aji nan tan kounye a e ki pral anmezi pou l aji avèk yon sans responsablite, pou l klarifye tout rezondèt moun ak tout òganizasyon moun, pou li defini yo e rann yo konplè gras a kreyasyon divès bon jan fòm regwoupman moun ak kominote ki gen yon rezondèt; kominote kote ni plas ak espas pral fè yon sèl pou yo pwodui bèl anviwònman moun ki gen sans e ki san parèy. Men okenn nan prensip sa yo pa kab parèt si nou pa rekonèt reyalite n ap viv ladan kounye a. Ayiti pa gen rezistans kont tandans globalizasyon yo, kit se sou plan mòd, konstriksyon, finans, politik, sosyal oubyen dijital (konpitè). Ni tou li pa kab chape anba tandans mondyal INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

ki genyen nan kesyon lavil ak konstriksyon ki mete plis enpòtans sou sa ki modèn, sa ki alamòd, oubyen sa ki nan lespri tan kounye a olye de sa ki pase nan listwa e ki jouke nan kilti. Nan yon epòk kote vil yo, gwo kou piti, kòmanse pèdi idantite yo epi y ap vin pi jenerik jou an jou, menm bagay youn ak lòt - rezilta chwa ki pa konvenab moun nan epòk sa a fè nan kad espas kote yo rete ak achitekti - tout bagay gen menm valè egal ego, ki donk an jeneral, se yon sosyete devalorize (ki pa gen valè) y ap fòme. Avèk tout teknoloji tou pare pou moun sèvi ak yo ki parèt kounye a, sa pote gran devlopman ekonomik bon jan mwayen kominikasyon kote ki pa t gen sa lontan, men tou, teknoloji sa yo gen kapasite pou yo fè divès segman antye nan sosyete a vin endiferan youn ak lòt, e rann divès diferan segman antye sosyete a vin menm nèt, kon sa yo fè kontak moun fas a fas ka tounen yon bagay ki pase mòd epi yo afekte jan nou menm nou reyaji youn ak lòt kòm moun. An paralèl, antanke sivilizasyon, nou pèdi rezondèt ak objektif nan lavi a. Kè kase ak malèz se karakteristik akablan k ap touble sosyete nou genyen kounye a. Vwazen ap goumen ak vwazen, moun ki depann de alkòl ak dwòg, konpòtman kriminèl, ogmantasyon valè moun ki touye tè yo ak degradasyon anviwònman an, tout se sentòm pi gran pwoblèm moun genyen Esplwatasyon iresponsab peyizaj natirèl la se yon pwoblèm an pèmanans ak yon dezavantaj pou ni popilasyon lokal ni popilasyon mondyal. Fètilite tè sa yo ak sante sèten ekosistèm nèt vin redui, pandan yo youn nan bagay ki lakòz chanjman klima. Finalman, disparisyon diferans klè ant sa ki lavil ak sa ki andeyò a, sa ki plis lakòz li se konstriksyon kay toupatou san kontwòl ki anvayi vas tè ak teren agrikòl. Resous ak idantite ap disparèt. Nenpòt nan sentòm ale vini sa yo nou dekri la a kapab parèt ann Ayiti oubyen yo déjà parèt ann Ayiti. Nan kad


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

reyalite zòn Akayè a k ap chanje an jeneral, zòn nan vin anba menas tou, si nou kite sa kontinye, resous ak kilti materyèl zòn nan ka vin fè pati istwa lontan li. Pwojè nou pral dekri la yo reprezante kèk pwopozisyon detaye ki pral defini twa vil nan zòn nan, klarifye yo e rann yo konplè, vil sa yo se Lily, Koray ak Akayè. Imaj ki parèt nan paj ki vin apre la yo se rezilta yon etid ki dire 18 mwa. Yo pa reprezante entèpretasyon pèsonèl bezwen oubyen entèvansyon nòmal san pwoblèm ki konsène moun oubyen pwoblèm ki konsène ekoloji a. Imaj sa yo fèt apre yon pwosesis byen long ki make ak yon metodoloji byen kalkile ki geyen: rechèch nan achiv, rasanbleman dokiman istorik, vizit sou teren, itilizasyon bann esperyans pwofesè inivèsite ak konsiltan, e bagay ki te gen anpil valè, konsèy sitwayen ak òganizasyon ki te ap okipe aktivite toulejou nan touletwa zòn etid la. Men moun ki te fòme ekip lavil la: Jaime Correa - Enjenyè ki trase vil e Pwofesè Adjwen an Pratik/Kowòdonatè Metriz nan trase plan vil, Steven Fett - Achitèk e Pwofesè Inivèsite, ak Armando Montero - Achitèk, Pwofesè Inivèsite, e espesyalis ann agrikilti e aktivite touris. Manm ekip la fè tou zòn Akayè pandan 4 vizit. Premye a te yon vwayaj pou yo wè e konprann; dezyèm vwayaj la te sèvi pou yo make ki opòtinite yo jwenn, pou yo fè konesans avèk kèk sitwayen pou yo kab pran ransèyman sou sa ki fòs, feblès, aktif, e menas kominote kote yo rete a, epi pou yo kominike ide ak pwogrè travay; twazyèm vwayaj la te yo te pataje plis ide ak sitwayen yo e an retou yo resevwa patisipasyon sitwayen yo ak jan yo wè sitiyasyon zòn nan; epi yo te sèvi ak katriyèm vwayaj la pou yo prezante rekòmandasyon ekip la pou dènye patisipasyon ak apwobasyon kominote a anvan rekòmandasyon sa yo tounen rekòmandasyon final epi anvan yo voye yo bay òganizasyon ki bay fon ak lidè lokal yo.

Yon kòmannman moral Genyen konsekans jeyometrik pou tout bagay ki pwodui nan anviwònman fizik ak anviwònman natirèl. Malerezman, yo fòme lòm modèn pou l pa okipe regleman sa yo e kontinye sa l ap fè a nan kad teyori estetik. Kon sa, li rejte prèv syantifik, li pa okipe bezwen moun ak limit anviwònman natirèl ki la pou ede nou egziste toujou. Bon jan teknik pou konstwi e amenaje vil ak bon jan achitekti pa kab fèt san bon jan konprann apwofondi sa egzistans ye ansanm ak jeyometri li ki bay lavi - jeyometri ki gen dwa varye de lokalite an lokalite. Premye travay nou nan zòn Akayè se te dekouvri lwa jenerativ kache ki fòme anviwònman ayisyen lavil ak andeyò, sitou pou zòn sa a menm. Nan esperyans pwofesyonèl nou, e san nou pa gade kesyon sistèm nòmal distribisyon tè, nou te chwazi twa zòn etid yo (Lily-KorayAkayè) paske yo se twa diferan nivo ibanis (P-M-G) ak twa repons apa parapò ak jeyometri zòn nan (Enfòmèl-Ni youn ni lòt-Fòmèl). Dezyèm Travay nou se te wete lide ki fè moun pa fin sèten gen sèten dimansyon politik, endistriyèl, ekonomik, e sosyolojik ki obligatwaman nesesè pou pwodui kote ki gen grandè ak bèlte. Otonomi ak yon anvi pou pase alaksyon san pèdi tan ka fè ‘rèv’ tounen reyalite. Ekip konsepsyon an fè patisipan yo sonje istwa politik pwòp peyi yo a te chanje ak kèk egzanp kouraj ak lidèchip lokal menm jan an. Epi tou ekip la te bay egzanp lòt kote ak kilti kote se inisyativ ki kòmanse pami moun ki rete nan kominote a ki tounen kòmannman moral zòn nan ak kote se aksyon jenerativ tout moun ki fè genyen nouvo kote ki byen bati pou moun rete. Ekonomi - Politik - Konstriksyon - Amenajman vil Konsepsyon Pandan premye ak dezyèm vizit nan zòn etid yo, ekip vil la remake, anplis branch konsepsyon an, domèn ekonomi,


206

politik, konstriksyon ak amenajman vil jwe yon wòl ki enpòtan anpil nan mantalite pèp ayisyen an.

pawòl administratif sèlman san okenn sans toutbon nan lavi sitwayen yo.

Nan domèn ekonomi, se yon bagay ki fondamantal pou moun konprann kesyon ki jan diferan sous lajan jwe yon wòl espesyal nan jan bagay yo ap dewoule - sitou nan sa ki gen pou wè ak wòl òganizasyon byenfezans ak yon mank atitid ki fè moun rele pèsepsyon sa ki reyalize yo chè mèt chè metrès akòz lide charitab « bay san kondisyon » an.

Nan konsepsyon/kreyasyon, amenajman vil, konstriksyon, politik, oubyen nan domèn ekonomi, gen yon vrè bezwen chanjman. Jan nou kapab wè sa, pwosesis ki an plas yo p ap satisfè bezwen popilasyon an nan rit nesesè a - e lepli souvan yo jwenn prèv la nan alantou fizik kote yo rete a e sa klè pou yo nan reyalite y ap viv toulejou yo. Amwenske pwosesis sa yo chanje, vrè chanjman p ap janm fèt.

Nan domèn politik, gen yon kesyon anba anba konsènan pwosesis desizyon y ap pran yo ak gwosè yerachi divès gwoup moun ki gen yon bagay a di nan transfòmasyon vil kote yo fèt la. Nan domèn konstriksyon, sitwayen yo mande yon solisyon pou pwoblèm ki genyen ant vrè chapant fizik nenpòt pwopozisyon ak demach pou yo bati l la. Wòl moun ki gen yon bagay a di nan sa yo, sekans desizyon ki nesesè pou fè pwojè yo rive nan dènye etap yo, ak divès travay espesyal ki nesesè pou reponn a kondisyon chak pwopozisyon for reyamenajman oubyen konstriksyon se eleman ki enpòtan anpil moun dwe konsidere. Nan domèn amenajman vil, relasyon ki genyen ant fòm ak sans enpòtan anpil. Nan travay tèt ansanm avèk ekip konsepsyon nou an, avèk sitwayen yo, ansanm ak òganizasyon ki patwone inisyativ la, tout moun dakò dyalòg ant objektif tradisyonèl yo ak nouvo pwojè yo kapab posede e chèche genyen karakteristik nan yo menm menm oubyen karakteristik estwòdinè, ki kapab voye mesaj ki vle di gwo bagay san yo pa rann yo kont ki ranfòse yon sans kote moun rete. Nan domèn konsepsyon/kreyasyon, sitwayen yo te vle moun tande e konprann sa yo gen pou yo di. Yo te ensiste sou sa. Lontan, “prensip yo ak planifikasyon yo” se te INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Kidonk, otonomizasyon, ogmantasyon kapasite edikasyon, tout se nesesite ki pi ijan ann Ayiti.

ak

Toutotan sitwayen òdinè sikonbe anba mantalite moun genyen kounye a, kòmkwa “gen yon fòm èd” k ap soti yon kote kanmèm, ni chanjman ni pwogrè ap pran tan pou yo fèt. Vrè defi alèkile a se kreye ti kominote moun ki gen menm enterè ki kapab sèvi ak de men pa yo pou yo reyalize divès kalite pwojè, kit se ti pwojè, pwojè mwayèn, oubyen gwo gwo pwojè. Gen yon pwovèb ayisyen ki di: “Bondye di fè pati pa w la m a fè pati pa m”. Estrikti jenerativ ki kache Ayiti anrasinen nan yon tradisyon franse kolonyal pou koze distribisyon tè, ki ap afekte zòn lavil ak zòn agrikòl olon tout gran kòt peyi a jis jodi a. Akayè fè pati pwosesis sa a ki egziste toujou apre anpil ane, e teritwa li yo prezante gwo prèv ki montre yon kalite sistèm apantaj tè yo rele “Arpent Français” oubyen “sistèm twal”. “Rag-system”. Yon apan, se te yon inite mezi longè blan franse te konn itilize pou yo mezire pòsyon tè bò lanmè sou teritwa nan Karayib la ak nan Gòf Meksik. Yon apan te egal apeprè 180 pye franse, 192 pye angle oubyen 12 baton ki mezire 16 pye chak. Yon apan te reprezante longè nòmal chenn lank tout bato a vwal franse.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Lè yo pa gen okenn lòt enstriman pou mezire, se inite mezi sa a ki te detèmine lajè nòmal tè yo te konn bay yon moun nan lame franse a. Pou yo te tabli longè pòsyon tè yon pwopriyetè merite, yo te fè l mache depi solèy leve jiska midi, distans li kapab mache a se valè tè sa a yo ba li - yon mezi yo te kapab mentni ki soti rezònman agrikòl pratik. Poutèt sa, jèn moun te ka mache 200 a 250 apan alòske sòlda ki pi granmoun te ka mache 60 a 80 apan. Yon Imaj mòd distribisyon tè sa a yo tire nan avyon montre chema ki sanble ak chema yon vye peny oubyen yon vye rad-se rezon sa a ki fè yo rele sistèm sa a “sistèm moso twal”. Piske pòsyon tè sa yo pèpandikilè ak kòt la, kèk nan yo montre fòm yon rektang epi kèk gen fòm paralelogram - sa se efè de bò ki pa gen pwen kòmansman sou menm liy paralèl. Aspè jeneral fòmèl Akayè, Koray ak Lili anrasinen nan tradisyon sa a. Akayè, Koray ak Lili gen prèv ki montre ansyen mòd distribisyon tè ki te sèvi ak inite mezi apan an nan fòm tè yo chak apa. Kwak aspè jeneral twa kote sa yo genyen depi nan kòmansman an se te akòz sistèm apan an, chak sitiyasyon prezante fason pa yo apa. Nan ka pa Lili, pi piti nan twa teren n ap etidye yo, sistèm apan an, yo pa sèvi avè l ankò nan vil la; yo ranplase sistèm tradisyonèl la avèk yon bann enfòmalite konplike ki baze sou sa moun kwè yo wè, sou konsepsyon mitolojik e animis moun genyen nan koze espas, epi sou yerachi sosyal (sistèm lòd sosyal) ki reprezante nan divès kalite dimansyon bilding ak espas piblik ou sosyal. Se sèlman pa deyò vil la siy ki montre distribisyon apan an parèt pi klè. Koray prèske tankou yon fouchèt sou wout la; li chita bò yon wout koneksyon, li travèse apan franse agrikòl nan yon fòm dyagonal. Bann iregilarite nou jwenn nan konplèks familyal “Lakou” te bon pou pòsyon tè ki kontre

ak gran wout la avèk kèk ang pwenti ak kèk fòm jeyometrik dwòl. Ray tren an ki la a te ede detèmine mitan vil la pote opòtinite pou yon mache enfòmèl ak yon sous santral pou distribisyon dlo. Sistèm plan an damye Akayè a se rezilta plizyè divizyon ki vin fèt nan sistèm apan orijinal la. Katye li yo ki etwat avèk plas piblik la bay vil la yon karaktè zòn lavil, sa vin ranfòse ak mache a ki bò lanmè, legliz li ki nan mitan, bilding li yo ki altène avèk moniman, epi simityè riral li a. Nòt preliminè sou jewometri yon vil Pandan kèk mil ane, kominote an jeneral te konn suiv sèten prensip objektif e pragmatik konsepsyon ak konstriksyon lè yo te fenk parèt ak achitekti e amenajman vil. Bèl karaktè ak lòd natirèl yo te genyen yo pa t janm rezilta kapris yon lidè radikal, men o kontè, se te rezilta plizyè esè ak erè ki te fèt yon pakèt fwa, e se la sajès yo ak enpòtans yo te chita. Nan kominote tradisyonèl yo, rezon yo te genyen pou pwodui travay achitekti ak travay ibanis se te imitasyon on estrikti jeyometrik natirèl ki te manman reson an. Se achitekti ak jan vil la te bati a dapre yon pèspektiv rasyonèl ki te montre kouman zòn te ye ; epi kèk tèm matematik tè ede moun konprann bagay konplike sa a. Anpil achitè ak moun ki bati plan vil esye defini karakteristik ki kreye espas nan mitan yon vil moun pa ka bliye ak achitekti (Tcheke 4 volim liv Christopher Alexander “The Nature of Order” liv D’Arcy Thompson “On groth and form”, oubyen liv Nikos Salingaros “Principles of urban structure”ak “A theory of architecture”pou w kab jwenn plis esplikasyon). Yo ta kapab resime prensip sa yo kon sa: 1. Klate fò/realsyon ak tè a: kontrèman ak boul ki san fòm ak fòm ki vag, bon jan achitekti ak plan vil montre


208

Apan franse ann Ayiti

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Apan franse ann Ayiti


210

reigilarite ak fòm ki klè, bagay ki byen ranje ki pa pran anpil espas, epi yon sèten simetri. 2. Santre, kè poze epi balans: pwen nodal epi idantifikasyon yerachi ki byen òganize fondamantal pou kreye espas nan mitan vil, ak achitekti. Fò gen yon balans ant sa ki vid ak sa ki ple pou kreye yon inyon ki san fot. 3. Diferans nan gwosè: Objè ki nan achitekti ak espas ki nan yon vil tojou fè pati yon bagay ki pi gwo epi li gen nivo konpreyansyon ki ba epi ki pi ba toujou. Kote yo fini yon objè epi kote yo plase eleman ki pi wo yo se yon bagay yo analize de pre. 4. Limit ki klè epi kontras: Pou rive atenn nenpòt nivo lizib sa enpòtan pou w kreye limit moun kab konprann ant objè ak pèsepsyon. Kontras kreye diferans epi li ensiste sou limit oubyen fwontyè. 5. Ti iregilarite tou piti: Repetisyon mekanik pa eksitan epi pa gen lavi nan sa. Bagay ki bèl gen seksyon ki diferan, yo adapte fasil oubyen yo gen iregilarite ki natirèl, oubyen yo gen yon sèten nivo kalma. 6. Repetisyon ak sa ki reparèt anpil: Bagay ki bèl reparèt anpil fwa men ak yon lòd; sa ki reparèt la se kapab yon sòt de relasyon oubyen yon espas ant objè ak pèsepsyon. Bagay ki reparèt anpil kreye rezistans nan kominote epi sa fè yon objè gen plis fonksyon. 7. Bagay ki pa klè: Atik ki konekte, pòtre ki parèt lanvè, bagay ki chanje nan sa yo vle di, tout sa se kèk nan bagay ki pa klè ki nesesè nan pwodiksyon bèl objè nan achitekti ak Imaj yon vil. 8. Solidite ak aseptasyon pezantè: Latè rale tout bagay vin jwenn li ak lwa pezantè a; lè nou iyore done senp sa a sa kreye ensètitid, estrès, laperèz nan sèvo moun. Bagay ki solid dwe konekte ak tè a epi yo dwe selebre lè tè a rankontre ak syèl la. 9. Koneksyon ak rezo: nan yon monn ki chaje ak pwosedi ak sistèm, tout bagay konekte ak tout lòt bagay, esepte nan kèk sikonstans. Kwochte konekte 2 bagay epi li fè youn pa ka kite lòt. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

10. Kilti ki san parèy: patisipasyon moun ki rete nan yon zòn ak wòl pwodiksyon pa mwayen tradisyonèl jwe gen gran enpòtan nan kreye kote ki bèl ak konpreyansyon moun. Envestigasyon ak pwopozisyon nou prezante nan pwochen paj sa yo sèvi ak 10 lide sa yo nan preparasyon plan sa yo ki varye de kote an kote. Se vre izin ak teknoloji fè tout kalite bagay a bon mache, san twòp gaspiyay, epi byen vit men, sa pa vle di nouvo pwodui pou konsome yo oubyen dekouvèt neyo-entèlektèl yo bèl, yo gen lavi, oubyen. Yo te fè pou kreye anviwònman pou moun kab konfòtab epi ki bèl. Sa enpòtan anpil pou nou re-dekouvri jeyometri nan pwodiksyon nouvo konstriksyon epi nan re-amenajman espas nan mitan vil ki deja la.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Divès plan vil: Semans pou lavi sivik Zòn n ap etidye: Akayè - Koray - Lili


212

Yon Imaj Akayè sou tèt vil la, 2012. (Google Earth)

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la


214

Yon Imaj Koray sou tèt vil la, 2012. (Google Earth)

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la


216

Yon Imaj Lili sou tèt vil la, 2012. (Google Earth)

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la


218

Pwopozisyon pou vil Akayè a Vil Akayè a gen tras fason Frase yo te konn messire tè lontan ak fason yo te konn bati sou tè yo; se yon fòm yo detèmine pou kòmanse ak kote yon waf pou yon ti batiman plase nan mitan yon pòsyon apan, ki pa menm longè, ki tout otou anplasman sa a. Nan lòt ka ki menm jan an, premye pozisyon sa a se la yo vin bati mache rejyon a epi se la tou pou batiman antre nan yon nouvo bitasyon.

pa t kreye anpil espas piblik kote te gen bèl gazon ak pye bwa pou popilasyon an vin detann yo, se kèk kote sèlman yo te rezève pou popilasyon an tankou plas nan mitan vil la, yon kote pou moun al amize yo, ak kote pou moun al pran dlo, eksetera. Rès vil la pa t gen okenn pye bwa paske l te pre rak bwa. Si yon moun nan vil la te vle al pwonmnen nan rak bwa, yo te kab annik mache 2 blòk epi yo tap nan mitan yon rak bwa kote pesonn poko janm ale.

Vil la se rezilta separasyon tè ak lavant tè k ap fèt paske mache a byen mache. Pi devan yo vin divize pòsyon tè orijinal yo ankò, prèske paralèl ak lanmè a, poutèt pou yo ka bati yon rezo wout epi bati yon sistèm kote yo divize tè yo an blòk ak anplasman pou yo kab bati sou yo plis. Poutèt sa, sistèm blòk la anpil fwa se an rektang li ye (ki fè sa kreye pòsyon tè ki apeprè 75 X 90 pye an longè) oubyen kare ; longè blòk yo varye tou depan de fòm tè a oubyen jan yo trase wout yo.

Tout travay k ap fèt pou amelyore vil Akayè a dwe konsidere ransèyman sa yo, fason yo plase tout kote sa yo, ak fason yo te bati nan vil la, kon sa y ap kab prezève sa Akayè genyen ou pa jwenn tout kote epi pou kontinye tradisyon kiltirèl zòn nan. Met sou sa fò gen yon evaliyasyon klè pou konnen sa popilasyon bezwen kounye a pou met yon lòt nan òganizasyon vil la epi pou bay sèvis ki manke yo ak enfrastrikti vil la manke (te gen yon evaliyasyon ki te fèt sou sa popilasyon bezwen, se te gras a yon kolaborasyon ant ekip vil la ansanm ak moun Akayè pandan dezyèm ak twazyèm vizit nou ann Ayiti.

Jan yo kontinye ap separe blòk yo an pòsyon tè ki vin pi piti ofiamezi jiskaske yo vin gwosè anplasman nan yon vil kote gen ase espas nan mitan anplasman sa yo (pou lè ka pase) oubyen yo rezève espas ki laj pou popilasyon an sèvi epi pou yo mete sèvis piblik yo tankou legliz, lameri, plas piblik, eksetera. Jan mitan vil la bati a sanble ak lòt kote Franse yo te debake nan Karayib la ak o Meksik. Nan nouvo mitan vil lan, dabitid se la anpil wout ki soti nan zòn riral vin rankontre, gen yon plas piblik ki gen gran magazen tout otou li, yon legliz, yon lekòl katolik, epi lameri. Ozalantou vil la moun ki fonde vil la yo bati kèk kote ki pa t bon ni pou sante ni pou lapè sitwayen yo paregzanp simityè, lopital, mache eksetera. Lè kon sa, limit ant kote yo fè jaden ak mitan vil la vin klè lè yo fè wout pou separe kote sa yo, wout la pa travèse kote yo fè jaden yo esepte wout pou moun pase apye yo. Jan tè jaden yo te pre ak mitan vil la, sa te fè yo ekonomize tè anpil. Yo INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Pwopozisyon nou pral prezante yo se rezilta evaliyasyon sou nesesite popilasyon an. Fò n pòte yon atansyon patikilyè sou tout deskripsyon nan entèvansyon yo pou kab konprann chwa jeyometri yo ak chwa pozisyon yo ak siyifikasyon abitid yo. Entèvansyon sa yo ki te fèt nan zòn riral an nan vil yo prezante yon seri pwojè pou nouvo konstriksyon ak amenajman anplasman istorik yo, gadinaj, plas piblik, ak bildin: 1. Yon sant komèsyal bò dlo a: kòm pòt pou rantre nan vil la, Akayè pa fè bèl figi sou dlo a. Pwopozisyon sa pran blòk ki bay sou lanmè kò espas ki pral gen espas pou piblik la ni sou lanmè ni atè. Nou kreye espas sou dlo a lè pwolonje de ri al sou lanmè; ap gen 2 nouvo waf k ap ankadre yon ti pò kote moun ap ka anbake epi debake machandiz yo. Batiman touris, batiman pechè, oubyen batiman taksi ap ka kwochte la tou. Espas atè a sèvi ak ansyen kote mache


Sustainable Place-Making Strategies - Town Scale


220

Yon Imaj akzonometri espas ki ap nan pò a, li gen mache a ladan ak kote yo pwopoze pou bati mize a

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la


222

Aktivite nan mache bodmè Akayè a INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Amenajman yo pwopoze pou pò a kote mache a ye a


224

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Lokal tanporè mache chabon an epi kote yo pral bati depo a


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la


226

chabon an te ye a epi nou pwopoze pou klotire seksyon sa ak yon nouvo zòn komèsyal bò lanmè a : yon zòn komèsyal sou bò Nò a, ki antoure ak yon pakèt ti bank bòlèt- yo gen pawòl ki ekri sou drapo peyi a « Men anpil chay pa lou » sa ap fè tout moun konnen se la drapo nouvo nasyon te fèt - ap gen yon mize sou bò Ès la, epi ap gen yon ti otèl sou bò Lwès la. 2. Mize rejyonal ak Otèl: ap gen yon mize rejyonal k ap prezante istwa ak devlopman rejyon Akayè a epi ap gen yon ti otèl kote touris k ap soti Pòtoprens oswa lòt kote ann Ayiti kab desann. Otèl la ap plase nan antre seksyon istorik la epi otèl la ap sèvi kòm baryè pou al sou yon pal fòmèl k ap bò dlo a. Otèl la pap bay vil la do, men l ap pran pa nan sa k ap pase nan aktivite vil la. 3. Plas bò lanmè a: Se yon plas kote moun nan zòn nan ap kab vin detann yo, fè ti flann yo. Se rezilta yon pwojè amenajman jadinaj sou bò lanmè a ekip rejyonal la te pwopoze. 4. Mi pou moun fè revandikasyon: plas bò lanmè a ap kòmanse/fini ak yon mi ki tankou yon tablo kote moun kab pentire oubyen pase fim sou seksyon plat la. Ap gen yon sèn kote moun ap kab monte pou fè deklarasyon piblik yo, pou yo vin fè revandikasyon yo vle fè oubyen selebre sa k ap pase nan peyi a nan zòn nan oubyen nan fanmi yo- sa se yon bon tradisyon demokratik ki gen lontan depi l egziste nan anpil zòn ann Afrik, a Lonn epi a Wòm tou. 5. Amenajman jadinaj bò lanmè a: Fò yo prezève omwen 100 mèt espas bò lanmè a epi fo yo replante l ak men kalite plan ki pouse bò lanmè ann Ayiti. Travay jadinaj sa a dwe fèt moso pa moso epi li dwe fèt yon jan pou moun kab wè jan yo te konn divize tè ann apan nan tan lontan bò lanmè a. 6. Nouvo mache chabon an : fò n admèt chabon se pa yo sous enèji n ap gen pou tout tan. Yo dwe mete mache chabon an yon kote ki gen plis siveyans- yon kote yo kab jere salte chabon lage atè a pi byen, pou yo sèvi ak kraze chabon an, oubyen resikle li. Yo kab sèvi avè l pi byen (alalong sa yo resikle yo kab bay plis benefis) va gen yon lòt INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

mwayen, moun pa p bezwen chabon ankò, kon sa komès sa va vin tounen yon lòt kalite komès ki vin pi konsantre sou espòtasyon machandiz lokal yo pou al van lòt kote. 7. Yon bodmè k ap travay : yo kapab sèvi ak pwopriyete ki anfas nouvo mache chabon yo ankò pou ouvè nouvo biznis ki gen gwo depo epi ki gen kapacite pou vann machandiz ak tout kalite sèvis. 8. Lakou : Ap gen yon nouvo zòn nan fen vil la kote ap gen plizyè lakou sou plizyè teren (al gade pwopozisyon Ekip konstriksyon fè pou bati lakou nan vil la). Modèl lakou a ap se plan fondamantal yo pral bati sou pwopriyete yo. 9. Anplasman pou ede kiltivatè : yon lokal k ap la pou ede kiltivatè pou ba yo fòmasyon teknik nan rejyon an. Lokal sa ka sèvi kòm yon laboratwa pou fè esperimantsyon tou pou nouvo kalite plantasyon ki dirab epi ki atire touris ki enterese nan afè agrikilti. 10. Reamenaje jan mache rejyonal la òganize: mete kontwòl nan mache yo fèk bati a pou pwòpte epi kote l fèt la ak aktivite mache a ap fikse yon sèl kote nan blòk kote l ye a - san pa gen moun k ap vann san kontwòl toupatou ozalantou mache a. 11. Moniman drapo a: amenaje moniman drapo a ak yon seri ti bank bòlèt k ap mache opa sou gran ri a. Ti kay sa yo va ankadre moniman epi sa va bay sit la yon apwò bawòk ki pi klè. 12. Zòn istorik la: Nonme yon nouvo distri istorik, tout otou plas prensipal ak kè nan ri sou kote l yo, met sou sa y ap reamenaje. Kèk kay epi y ap pase men nan jadinaj la. Distri sa a ak kilti materyèl li gen kounye a ap vin yon kote k ap atire touris pou vil Akayè a. Distri sa a k ab vin pi ge ak kèk ti chòp, kèk ti restoran kafe, ak kèk ti otèl. Tout espansyon y ap fè nan distri a dwe pran an konsiderasyon gwosè kay yo, gwosè pwopriyete a, epi aparans kay ki nan distri a. 13. Ajoute sou lekòl pè a: Y ap ajoute yon seksyon sou lekòl pawas la sou pa dèyè pawas la epi sa ap kreye yon lakou kon sa lekòl la ap kab pran plis timoun.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la


228

14. Ajoute sou klinik ki la deja a: Klinik yo rele klinik Kiben an se yon bèl avantaj pou zòn nan, men fò yo agrandi l tousuit, si pou l kapab desèvi popilasyon an. Pwopozisyon sa mande pou yo agrandi klinik la. Petèt yo kab jwenn plas pou agrandi li nan espas ki sou kote klinik la. 15. Yon Inivèsite rejyonal: Nou pwopoze yon Inivèsite rejyonal nan fen vil la kon sa elèv nan zòn nan pap oblije kite zòn nan pou yo al lekòl. Inivèsite sa a kab sikisal yon inivèsite ki nan kapital la oubyen se kapab yon nouvo lekòl endepandan. Kote yo sijere a se nan antre vil la sou bò Ès kote etidyan yo ap pase nan yon ti sant komèsyal ki gen tout biwo administrasyon yo ozalantou li oubyen dòtwa pou etidyan yo. Do inivèsite a va bay sou tè jaden yo pou raple etidyan yo jan vil la te ye anvan epi pou kreye opòtinite pou etidyan ki syans natirèl ak syans agrikòl. Plan Inivèsite a ap sanble yon tèt ak yon ke. Tèt kay la ap gen yon lakou pou aktivite akademik; ke ap gen yon seri sal klas pa devan li epi l ap antour ak yon gwo teren kote yo va fè remiz diplòm yo. Inivèsite a va gen yon tèt wo pou moun kab rekonèt li byen lwen men tèt la ap an pwopòsyon ak vil la. 16. Retrase limit vil la: mank separasyon klè ant vil la ak zòn andeyò vil la ap vin pi klè ak kèk wout sou kote vil la. Tout pwopriyete ki sou wout sa a ap gen yon fasad rezidansyèl nan direksyon opoze ri a ki bat sou gran jaden ki chita sou anplasman tradisyonèl apan Franse yo. 17. Nouvo sant espòtif nouvo teren nouvo estad: nan respè pou tradisyon lokal yo kote yo bati tout gran konstriksyon nan pwent vil la, n ap ajoute yon nouvo sant espòtif sou bò wès limit vil la. Nouvo lokal sa a ap gen graden pou moun chita, yon teren foutbòl pwofesyonèl, gen yon ti kay pou fè espò ak yon pwogram apre lekòl pou timoun piti. 18. Yon nouvo lopital: pou kreye konpetisyon epi pou moun kab gen plis sèvis disponib nan zòn nan, gen 2 karakteristik ki esansyèl nou jwenn nan kominote kote moun ken anpil rezistans, yo kab plase yon nouvo lopital INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

nan antre vil la ki sou bò Wès la ak kote ansyen wout nasyonal la te ye a. Lopital sa ta vin bay vil Akayè a yon bon renome ann Ayiti nan kesyon swen sante pou epi pou jan l plase nan yon pwen santral lopital la kab sèvi ni moun ki nan plenn nan ni moun ki nan mòn yo. Ap gen yon ti sant komèsyal nan antre lopital la epi ap gen yon moniman byen wo la pou fè moun rekonèt zòn an depi byen lwen. 19. Amelyorasyon nan simityè a: enstale nouvo baryè nan antre simityè a epi bati mi ki pi pwès pou kreye yon distans ant vil la ka mò li yo epi ant vil la ak moun ki vivan yo. 20. Rebati kote pou rantre sou wout nasyonal la: yo ta deplase mache enfòmèl ki nan kafou wout nasyonal la ak rantre vil Akayè a. Nouvo sant rejyonal sa ta gen ladan: yon gwo sitèn dlo ak yon ansèy sou li ak kèk pano solè sou tèt li ki ta siyale rantre Akayè a; yon estasyon otobis ki kouvri, kote moun kab pare lapli ak yon zòn pou chofè ak vwayajè pran ti repo ki ekipe ak twalèt ak latrin; yon san komèsyal ak kote pou moun bwè dlo ak ban pou moun chita ki kouvri ak yo bann gwo pye fri, anba pye bwa sa yo mache a kab pi konfòtab; posiblite pou ajoute kèk shop bò sant komèsyal la kab ankouraje plis aktivite komès; ap gen yon ti plas devan lekòl leta a pou paran kab jwenn kote pou yo ret tann pitit yo apre lekòl epi depoze yo lematen; ap gen yon nouvo legliz ak yon nouvo otèl kote moun ki an vwayaj kab pase nuit nan zòn sa a oubyen kote sa a kab sèvi kòm abri nan ka dezas, se tout sa k ap gen pou fèt. 21. Prezève seksyon kote yo fè jaden yo: tout zòn kote yo fè jaden ki pre vil la yo ta dwe prezève yo kòm zòn agrikòl pou tout tan. Desizyon sa ta mande pou mete bòn limit pou moun pa bati ditou ditou nan zòn agrikòl yo epi sa ta fè zòn nan dirab epi moun ki ret nan zòn nan tab gen kèk avantaj. Bidonvil pa yon opsyon. Pwojè sa a nou dekri anwo a mande anpil travay. Toujou gen moun k ap vin abite nan vil yo epi lide pou yon zòn ret jan l ye a an pèmanans oubyen pou vil la akonpli yon bagay se yon konsèp anlè anlè ki pa kab koresponn ak


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Proposed Arcahaie Regional Center at National Highway Intersection Practical Urban Furniture with Bench and Tree


230

jan lavi ye nan mitan yon vil. Lè nou t ap ekri dokiman sa a, pwopozisyon nou idantifye la yo se te pou reponn dirèkteman a pwoblèm moun nan zòn nan te soulve epi ekip k ap prepare plan ak konsiltan li yo te analize poblèm sa yo. Vil Akayè a ap kontinye sou wout l ap suiv la, pa gen dout, gen nouvo pwoblèm k ap vin parèt gen nouvo opòtinite tou k ap prezante. Solisyon nou pwopoze anwo yo dwe ouvè anpil pòt, kreye deba, epi kòmanse lòt apwòch ki kòmanse depi anba pou monte ak kapasite pou rive reyalize sa moun nan zòn nan ka bezwen pi devan epi rezoud menm kalite poblèm sa yo. Pwojè pou koridò abitasyon Koray yo Koray gen konfigirasyon yon koridò koneksyon bò kote ansyen wout nasyonal la. Koray chita nan kafou ansyen ray la. Li gen jeyometri nòmal yon moso tè pou aksè avèk yon fòm long soti nò ale nan sid, li pa gen okenn estrikti iben ki klè, li gen tè ki fon, yon mache nan kafou 2 prensipal mwayen transpòtasyon (ray ak wout) epi li on ti jan depann de enfrastrikti ak enstalasyon administratif vwazen ki sou kote li yo. Akòz dispozisyon Koray ki chita sou karaktè koneksyon li a, li gen tandans apiye sou sistèm apantaj distribisyon pou tè. Sa fè liy tè ki sou kote yo kontre ak koridò a li menm nan yon fòm dyagonal. Sa vin gen konsekans fonksyonèl ak sou plasman bilding yo ki nan yon ang pwenti. Konfigirasyon moso tè a se rezilta yon bann ti divizyon ak separasyon ansyen moso tè yo. Nan fòm tradisyonèl yo, moso tè sa yo te gen yon Lakou pou fanmi yo, se yon seri kay ki antoure yon espas santral yon fanmi elaji okipe. Men fòm abitasyon tradisyonèl sa a ki se yon fòm kominote tou vin tounen mezon ak do kay plat ak yon sistèm poto ak pout an beton. Manke espas iben. Plas santral la se yon senp fouch sou wout la ki gen yon mache fè ak yon sous dlo abitan yo itilize INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

pou lesiv ak pou yo pran dlo pou bezwen pèsonèl yo. Mache vil la gen aktivite sèlman yon fwa oubyen 2 fwa pa semèn. Kòm konsekans sitiyasyon sa a, mank aktivite komèsyal ak fini ak abitan yo ki oblije mache oubyen kondui ale lwen pou yo jwenn pwodui ki pi nesesè yo. Sitiyasyon sa a vin lakòz gen ti komès enfòmèl nan ti kay lotri yo sou kote koridò a met sou sa ki vizib nan koridò a, Koray gen yon sistèm wout konplèks ki konekte zòn moun yo rete a sou devan ak ti kay pi piti sou dèyè, gwo zòn agrikòl yo, lakou riral yo ak bodmè a nan pati lwès la. Yo ka esplwate sistèm wout sa alèz pou kreye yon limit ki klè ant vil la ak zòn andeyò a epi pou anpeche kay yo anvayi zòn agrikòl yo k ap fonksyone byen. Pwojè konsepsyon iben pou Koray la konsidere jan rezidan yo evalye bezwen yo dapre sa ki te soti nan dezyèm ak twazyèm vizit ekip vil la te fè epi dapre faktè jeyometrik ak sosyal nou dekri pi wo a. Pwojè sa yo se yon rezime iterasyon imedya posiblite devlòpman pou Koray: 1. Mak pou antre ki plis o Sid la: Dèske se wout moun plis itilize, moun dwe selebre pati ki plis o sid ansyen wout nasyonal la antre koulwa Koray la. Yon pyebwa “sakre” va make moman sa a nan plan an. Pyebwa sa a ki va gen ban dekore alantou li, li va devni yon moniman pou make mantalite rejyon Akayè a. Yon mantalite ki djanm epi k ap monte pi wo. Nwayo sa a ap tounen premye nan plizyè ‘sal piblik’ sou wout la - yon seri kote ki va ogmante rankont, rasanbleman ak idantite yo. 2. Vizaj Akayè - Plas ak moniman pou Catherine Flon: premye viraj sou wout la ofri opòtinite pou yon nouvo espas piblik. Pwojè a gen yon espas pou rankont sosyal ki gen sou kote li poto an asye ki montre Imaj sou twal ki montre vrè “vizaj Akayè”. Opòtinite pou rekonpanse elèv ki kale, òganizatè kominotè ak ewo lokal yo. Espas pou moniman an t ap bay fas li sou anndan avèk yon gwo pyebwa nan sant li pou bay lonbraj. Yon mi ba t ap ansèkle espas la avèk


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la


232

yon ban long toutotou. Mi an kontinye jis nan kwen sit la epi li fini avèk yon estati ki komemore Catherine Flon avèk premye vèsyon drapo ayisyen an. 3. Drapo ki pi long nan istwa Ayiti: Pou ka fè yo konnen pi byen tè kote drapo peyi a te pran nesans, kòmanse nan lokasyon sit moniman Catherine Flon an, yon seri afich ak twal va kouvri koridò ak drapo Ayisyen ki pi long lan. Twal yo ka fèt ak materyo ki sou men epi yo ka ilistre bèlte atizana lokal la. Si yo tente li nan koulè drapo peyi a, kote sa a ap vini yon destinasyon pou touris. Men sa ki pi enpòtan sèke li vin tounen yon omaj byen merite pou evènman enpòtan ki te rive nan lokasyon sa a. Yon lòt avantaj sa t ap genyen, sèke twal la ki kouvri blòk la va kreye yon zòn lonbraj anba li epi sa va bese mikwo klima a an menm tan epi li va fè espas la pi akeyan pou pyeton. Senp ti mouvman sa a ka atire atansyon nasyonal ak entènasyonal, sa ka kreye yon fyète patriyotik epi sa ka mennen touris tou. 4. Mize nan Lakou: tou pre lokasyon moniman an sou pati ès wout la, yon lakou ki la va tounen yon mize vivan. Gwoup kay pou fanmi sa a ka atire touris epi li va sèvi pou edike moun lavil you sou defi ak opòtinite ki egziste nan lavi riral Ayiti. 5. Nouvo lopital: Nou pwopoze yon nouvo lopital ki a kote mache santral la. Lopital sa a ofri yon espas pou rankont bò koridò lari a epi li suiv yon tradisyon nan Karayib la ki gen yon plan tèt ak ke kote ‘tèt’ la se yon bilding ak lakou ki gen prensipal fonksyon lopital la a epi ‘ke’ a se espas pou lòt sèvis lopital la ansanm ak enstalasyon pou pasyan ki vin konsilte. 6. Prensipal bilding plas mache a: pou nou fè fas ak man enstalasyon komèsyal, si yo ta renove li, bilding ki nan kwen plas mache ki la kounye a t ap ofri yon bon lokal pou yon ti boutik ki t ap gen yon zòn rezidansyèl dèyè li (sa yo rele lakou pou “travay ak viv”). 7. Adisyon sou lekòl ki deja la: Lekòl ki la kounye a bezwen plis espas. Pwojè sa a montre yon konfigirasyon pou agrandi lokal ki la kounye a sou menm pwopriyete a. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Yon sistèm lakou lekòl t ap ofri yon nouvo sant akademik epi li t ap fè moun yo santi yon fè pati yon kominote ki soude ansanm. 8. Nouvo esplanad Koray ak nouvo otèl: bò kote lekòl ki la kounye a, gen yon wout tè motosiklèt itilize kounye a ki sèvi kòm antre rejyonal koridò prensipal la. Pwojè sa a rekòmande pou yo fini wout sa a pou machin antre Koray. Si yo fè sa, sa t ap ofri bon opòtinite pou yon ti otèl demi pansyon ak yon nouvo esplanad. 9. Sant pou fòmasyon kiltivatè: Dèyè otèl la, gen opòtinite pou enstale yon sant fòmasyon pou kiltivatè, ki gen dimansyon mwayen. Tè sa yo t ap ofri yon kote pou vizitè nan otèl la, rezidan lokal yo ak kiltivatè rejyon an aprann teknik agrikòl ak kilti pwason sou plas. Epi sa t ap pèmèt yo fè esperyans ak nouvo plan ansanm ak nouvo metòd kilti. Sant fòmasyon sa a ka vin yon enstalasyon tou pou yon koperativ agrikòl kiltivatè yo t ap dirije. 10. Nouvo katye lakou: nouvo sant fòmasyon an ap antoure ak nouvo katye ki gen plizyè lakou. Sant fòmasyon an ka jere lakou sa yo oubyen yon òganizasyon kiltirèl ki pa dèyè lajan epi ki konsantre sou kay ki pa chè ak fòm lavi ki dirab te ka jere yo tou. An menm tan, lakou sa yo va ofri yon fòm koreksyon ant vil la ak pati andeyò a epi sa va anpeche Koray etann li nan zòn agrikòl sou kote li yo - Se yon danje ki ka rive si Koray vin gen siksè. 11. Sant fòmasyon endistriyèl ak nimerik: Nan menm sans ak sant pou kiltivatè a, yon sant pou fòmasyon endistriyèl ak nimerik va pèmèt rejyon an suivdènye teknoloji global yo. Kote ki chwazi pou sant sa a te fèt paske li te pre ansyen ray la - youn nan premye senbòl endistriyalizasyon ann Ayiti. Etidyan va vin aprann enfòmasyon sou pase prezan ak fiti nouvo nasyon an pandan y ap devlope sa yo rele otomizasyon. 12. Adisyon sou Hope on a String: se yon ONG lokal ki deja etabli sou teren an. Li gen gwo gwo bezwen pou li agrandi. Pwojè sa a gen kreyasyon yon lakou ak nouvo bilding alantou estrikti an fòm sèk ki nan sant gwoup bilding yo.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Plas Lespwa - Pou timoun Ayiti


234

13. Rekonfigirasyon enstalasyon pou espò yo: nou pwopoze yon nouvo antre sou kote nò, a kote teren foutbòl semi pwofesyonèl ki deja la a. Antre sa a ka gen boutik epi li ka gen sou kote li lòt enstalasyon pou espò ki ka gen yon ti jimnaz ladan. Met sou sa, yo ka ajoute sal pou yon gadri ansanm ak sant pou apre lekòl pou jenn moun. Pou byen akeyi piblik la, yo te ka mete yon gwoup graden nan pati ki plis sou nò sit la. 14. Prezèvasyon agrikòl: tout sant ki akote abitasyon yo t ap fòme rezèv agrikòl pou letènite. Desizyon sa a ki sanble ak sa nou te pran pou Vil Akayè va fè yo trase liy demakasyon kwasans iben ki pa negosyab epi li ofri plizyè avantaj pou fè vil la pi dirab epi pi fasil pou moun viv ladan. Koze estansyon an se pa yon opsyon. Enpak konglomerasyon pwojè re-devlòpman yo kreye yon diferans lokal ak yon sans kominote, plas ak karaktè ki pi solid. Okenn nan pwojè nou rekòmande yo la pou regle pwoblèm politik ijan. Men yo ka pote lespwa paske yo ofri yon chemen pou devlòpman ak opòtinite ki byen tonbe pou otonomi finansyè ak kwasans. Men sa ki ka pi enpòtan sèke kèk nan pwojè sa yo ka reyalize dirèkteman ak gwoup sitwayen kolektif nan kolaborasyon ak lidè lokal epi òganizasyon ki pa dèyè lajan k ap travay avèk yo. Pwojè pou vilaj Lili Vilaj Lili a se yon kominote enfòmèl sou lakòt ki gen yon seri sitiyasyon sosyofizik iben ak jeyometri ki konfigire li. Li anndan yon topografi ki on ti jan panche nan rejyon santral Akayè Sa lakòz moun gen yon vizyon sou oseyan an ki bèl anpil. Epitou gen zòn agrikòl ki gen posiblite san limit ki antoure Lili. Ti vilaj Lili a pa gen okenn koneksyon ak wout nasyonal la. Se sèl yon ti wout lokal ki gen yon kanal drenaj ki pa twò laj (apeprè 16 pye nan lajè), konekte ti vilaj pechè a ak koridò wout nasyonal prensipal la nan nò-ès. Kòm konsekans o nivo maketing, li manke koneksyon ak resous biznis. Pechè INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

yo ak fanmi yo sètoblije depann de kliyan ki regilye oubyen mache gwo distans pou monte ti tant enfòmèl pou yo ka vann machandiz ak sèvis bay vizitè k ap pase. Kwak sistèm pwopriyete fonsye tradisyonèl la parèt nan konfigirasyon jeneral vilaj la, estrikti iben ki pi dans kote moun yo abite a se yon bagay ki enfòmèl nèt epi ki prèske pa respekte sistèm apantaj pou distribisyon tè a - anwetan pwopriyete nan limit zòn agrikilti yo ki separe byen klè selon tradisyon franse yo. Kòm yon vilaj tipik enfòmèl, pwoblèm pwopriyete fonsye ki pa fin twò klè epi mank prèv legal fòse abitan yo pou yo toujou ap negosye epi re-negosye sitiyasyon pwopriyete yo a ansanm ak lizyè yo epi dimansyon espas pèsonèl yo sou baz tradisyon, istwa oral oubyen metòd ki pa kouche sou papye. Manke enfrastrikti pou dlo ak dlo ize epi gen yon dividal fatra lanbi ak yon neglijans ki prezan nan chak kwen nan ti vilaj la. Moun fè bezwen yo nenpòt kote san yo pa okipe koze entimite oubyen si kote a kòrèk. Pou sitiyasyon pwodiktivite pou moun yo ak pwason yo, regle pwoblèm dlo a se objektif ki pi enpòtan nan lespri abitan yo. Kay kote moun rete ki pa fòmèl pa gen limit ki klè epi pa gen espas piblik. Bèl kalite yo mande pou sitwayen yo gen yon kat nan tèt yo pou yo travèse yo epi sa fè yo difisil pou vizitè ak etranje. Sitwayen yo te esprime volonte yo pou yo kreye plis limyè sou espas yo epi pou yo vin fè pati rezo touris rejyonal la. Pwojè sa yo rezime chan entèvansyon nou pwopoze pou vilaj enfòmèl Lili a: 1. Plas bòdmè: Yon pwen ki montre nou rive nan zòn nan ansanm ak yon sant kominotè senbolik toujou manke nan vilaj pou pechè sa a. Sa vle di, yon nouvo plas bòdmè ki sou sit ki disponib nan pwent abitasyon enfòmèl la bò lakòt ka


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

sèvi kòm antre sou kote dlo a epi kòm yon estasyon oubyen yon destinasyon sou kote tè a. Sou bò dlo a, limyè yon fa ak pano solè va akeyi bato yo. Sa va reprezante endepandans nan koze enèji ansanm ak potansyèl pou enèji pwòp. Sou bò tè a, plas la t ap konekte ak yon chatodo ki t ap sèvi nouvo mache a epi sa t ap montre kouman kominote a konekte ak dlo, lanati ak bèlte rejyon li a. Koneksyon espas piblik sa yo vin tounen kè vilaj la. Sa va anime ekonomi li ansanm ak aktivite sosyal li yo. 2. Mache pwason: yo ka plase yon mache pwason ki nesesè anpil sou pati ki plis a lwès plas la. Pwojè mache a yo konfigire li tankou yon Stoa grèk ak kolonn ki pa twò espase sou deyò ak kolonn ki pa twò sere sou anndan, defini espas pou chak etal nan mache a. 3. Chatodo: gwo konstriksyon sa a va selebre koleksyon dlo lapli ansanm jan yo konsève dlo avèk gravitasyon nan yon sitèn ki byen bouche anba tè. Konstriksyon sa a ka gen yon enstalasyon pou lesiv ak saldeben pou gason ak pou fi - li va gen douch, twalèt ak kazye. 4. Sant abilitasyon pou lapèch: Galeri mache a ka ouvri sou sant abilitasyon an nan do konstriksyon an. Bilding sa a ka gen yon lekòl pwofesyonèl pou amelyorasyon teknik ak esperyans nan koze ki regade biyoloji marin, konstriksyon bato, atizana eksetera. Yon pwogram etid ki chita sou bezwen reyèl yon vilaj pechè. Li pa vire do li bay vilaj la men li ajoute kichòy sou lavi piblik la epi li atire atansyon lari li bay fas la. 5. Otèl demi pansyon: Nou pwopoze yon nouvo otèl demi pansyon sou youn nan sistèm moso tè apantaj orijinal yo sou kote wès vilaj la. Li pa vire do bay vilaj la men li ajoute sou lavi piblik la epi li atire lari ki devan li a. 6. Refòme konplèks pou espò ak yon mache tanporè: Yo ka rekonfigire konplèks espòtif ki deja la a. Yo ka kreye yon sistèm graden natirèl nan topografi ki la a epi yon sistèm ti kay bòlèt ka fòmalize yon mache tanporè nan pati ki pi nan sid teren foutbòl la. 7. Otèl espòtif: Anfas konplèks espòtif la, nou pwopoze yon nouvo konplèks ki konsantre plis sou espò. Otèl sa a menm

jan ak plas pou pechè yo ka sèvi 2 fonksyon: li la ni pou abitan zòn nan ni pou touris. Sou pati nò a, ak teren foutbòl la ka gen wout bisiklèt ak pis pou monte cheval, eksetera, sa ka ogmante oubyen ankouraje espò sou tè. Sou kote sid la, ka gen enstalasyon pou espò sou dlo ak lokasyon ti bato. 8. Selil kominotè ak rezèvwa dlo: pou reponn bezwen pou dlo dous epi pou fè vil la pi byen parèt pou atire touris epi pou kreye yon rezo chemen ki byen trase, nou repanse kominote enfòmèl la dekwa pou li fòme yon seri ti selil kominotè oubyen ti gwoup ki gen apeprè 10 fanmi pa selil. Selil la chita alantou yon espas reyinyon sakre ak yon rezèvwa dlo kominal ki sèvi fanmi nan selil sa a. Lide sa a ka ede desantralize desizyon kominote a pou bagay toulejou. Met sou sa, konsèy vilaj la ak reprezantan ki soti nan chak selil ka mete ansanm pou yo regle pi gwo desizyon o nivo vilaj la. Plan ki la a konseye sou lokasyon men limit espas iben sa yo ak pozisyon rezèvwa dlo yo se moun nan zòn yon ki pou deside sa ak anpil prekosyon dekwa pou yo respekte tradisyon ki deja byen tabli nan kesyon rejim fonsye. 9. Mache lokal ak galeri: yon koleksyon 2 oubyen 3 selil kapab kreye posiblite pou yon ti mache lokal. Mache sa yo parèt nan plan an tankou kolonad kare nan tradisyon mache nou jwenn nan sant nenpòt ki bastid franse (nouvo vil). 10. Espas pou rankont sosyal: nan limit vilaj enfòmèl la, gen divès espas pou rankont sosyal yo ka kreye. Yo ka sèvi ak espas sa yo kòm espas pou rankont moun nan kominote a oubyen pou zòn komèsyal enfòmèl. 11. Rezo pyeton: yon seri mi ak kloti ki konekte ka defini rezo pou pyeton yo. Chak selil fanmi ta dwe gen yon miray oubyen yon kloti ak antre nòmal fasad bilding nan. Melanj bilding ak mi pou jaden an ka defini yon rezo wout ak chemen pou pyeton. Se nan kafou wout sa yo nou kapab vini ak lide pou yon nouvo espas piblik ki ka gen yon mache lokal ak yon galeri jan nou te dekri sa. 12. Adisyon sou lekòl ki la deja: Yo ta dwe laji lekòl ki la deja a pou li fòme inite edikasyon ki konplè. Pwojè sa a mete anfaz nan entèseksyon wout nasyonal la.


236

Koray - Drapo Ayiti ki pi long nan INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Obèj nou sijere


238

13. Refè bilding lekòl yo: yon kay ki nan kwen lari a ki bezwen refè se li kominote a te idantifye kòm yonsit pou yon nouvo lekòl lokal, yon gadri, yon enstalasyon apre lekòl pou jenn moun epi yon sant abilitasyon pou granmoun. Tout sèvis sa yo se sèvis Lili bezwen anpil. 14. Prezèvasyon agrikòl: yo dwe prezève tout sit alantou vilaj pechè a pou bezwen agrikòl pou letènite. Desizyon sa a menm jan ak sa nou te pwopoze pou vil Akayè ak koridò Koray la. Sa mande pou trase liy demakasyon pou kwasans iben ki pa negosyab epi li ofri plizyè avantaj pou fè vil la pi dirab epi pi fasil pou moun viv ladan. Koze estansyon an se pa yon opsyon. 15. Nouvo sant rejyonal: Antre vilaj Lili a se yon bon pozisyon pou yon sant rejyonal. Entèseksyon ant wout nasyonal prensipal la ak wout ki mennen Lili yo, yon kote epi ki ale nan vilaj nan mòn yo yon lòt kote, gen posiblite pou li sèvi yon gwo pati nan zòn sa a ki gen yon popilasyon ki sere epi ki pa byen sèvi ditou. Pwojè sa a rekòmande pou yo ta fè zòn sa tounen yon nouvo zòn abitasyon rejyonal ki gen sèvis ki ka satisfè bezwen anpil moun. Yon nouvo sant distribisyon rejyonal, ki gen enstalasyon pou anbalaj ak refrijerasyon va gen sou kote li yon plas pou mache ak yon bilding komèsyal. Yo t ap konekte zòn sa a tou ak yon nouvo wout an bouk nou pwopoze kote kamyon ka rive nan sant distribisyon rejyonal la san pwoblèm epi san yo pa kreye anbouteyaj sou wout nasyonal prensipal la. Lòt bagay yo ka mete alantou nouvo plas piblik la se: yon pòs polis epi tou pre entèseksyon prensipal ki ale Lili a, yon nouvo tou ki fè vizitè yo konnen y ap antre nan vilaj pechè a, epi yon lekòl pwofesyonèl pou divès disiplin ak yon lopital ki te ka gen yon seksyon matènite ladan ka chita sou yon sit tou pre a pou sèvi rezidan lokal, ni sa ki pre ni sa ki lwen. Nou pwopoze yon ti inivèsite teknik tou. Dèske zòn sa a tounen yon nouvo sant pou travay, nou konseye yo bati nouvo lojman sou de bò wout nasyonal la. Wout nasyonal la ka gen sou de bò li konplèks lakou kote moun ka viv epi travay. Nan chak, boutik yo ka bay fas yo sou wout la. Kon sa, sa INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

ka ogmante aktivite komès nan zòn prensipal rejyon an epi an retou yo ka patisipe nan vitalite ekonomik la tou. Nou ka konsidere ti vilaj Lili kòm yon bon egzanp entèvansyon pou rekonstitisyon politik, ekonomik ak rekonstitisyon sosyal nan ti zòn enfòmèl Ayiti yo. Koze separe vilaj yo an ti selil fanmi se pa yon bagay ki nouvo pou sitiyasyon Ayiti a. An reyalite, tradisyon sa a byen chita nan fanmi ki abite nan sistèm lakou yo ann Ayiti. Nouvo sistèm politik sa a ki chita sou modèl tradisyonèl la ka desantralize pwosesis pou pran desizyon an epi kreye kominote enterè kote diferans ak konpetisyon ka kreye nouvo opòtinite ak sitiyasyon mache ki pa gen parèy pou chak lokasyon. Yon angajman pou òganize espas lavil ak achitekti soti anba monte Chak pwojè planifikasyon pou vil yo pou rejyon Akayè a se yon sentèz diferans kritik ant travay atistik ak lasyans. Pandan travay atistik regade kreyasyon objè ki gen sans oubyen objè ki make anbisyon moun, lasyans se yon efò pou idantifye pwosesis jenerativ. Pwojè nou prezante la yo entegre nan toulede monn sa yo: yon monn kote yo kreye bagay (travay atistik) ki konekte ak yon pèp e ki reprezante li an menm tan se yon monn idantifikasyon bagay ki gen yon valè jenerik (lasyans). Akote objektif pratik ki dèyè nenpòt pwojè pou bilding, vil oubyen espas piblik nan rejyon Akayè a, yon objektif ki pi jeneral te motive envestigasyon sa a: “pwodiksyon bagay patikilye ki gen bagay ki inivèsèl ladan yo.” Si nou gade koze a ak yon pwennvi akademik, pa gen anyen ki gen yon valè otonòm ki merite pou nou ta pase tan ladan. Se fè bagay ak yon objektif ki inivèsèl pandan nou konprann sa ki patikilye nan bagay inivèsèl la yo ki motive solisyon yo nan etid ka nou yo. Si gen yon pwoblèm nan monn jodi a se paske yo pa janm wè travay atistik ak lasyans tankou yon pati nan menm fenomèn nan. Yo pa bay travay atistik


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Mache pwason ak waf nou pwopoze pou Lili a


240

valè epi yo pa pran li o serye; lasyans menm vin tounen yon nouvo reyalite metafizik ki esplike lavi nou yon fason moun nòmal pa konprann fasil. Men travay atistik ak lasyans pa divize epi pa gen rezon pou yo ta divize. Anplis pwojè pou rejyon Akayè a, ekip pou lavil la rekonèt kèk nan pwoblèm ki pi ijan nan achitekti ak ibanis kontanporen ann Ayiti epi yo eseye twouve solisyon pou pwoblèm sa yo. Ekip sa a te vle fè sa parèt klè tou: Travay atistik ak lasyans pou fè bagay ki bèl mande tou yon apwòch espirityèl pou konprann ki sa ki fè yon bagay gen sans ak sa ki fè l mache. Nan demach pou nou jwenn kalite espirityèl sa yo, yon gran degre libète enpòtan; yon libète ki pa ka soti anwo desann nan yon anviwònman difisil moun ki pòv depase ap viv. Libète sa a ka depann nèt sou aksyon soti anba monte moun sa yo. Lide kòmkwa sitwayen ayisyen avèk gwoup fanmi ta dwe pran kontwòl konsepsyon pwòp anviwònman yo ka yon lide radikal pou save kontanporen yo e poutan se yon bagay ki parèt klè pou sa k ap lite pou abilitasyon nan ke chèn ekonomik la. Lè n ap reflechi sou koze chanjman, adaptasyon ak rezistans, nou pa ka pa konsidere sitiyasyon kote fenomèn biyolojik sa yo se fenomèn moun ki bati anviwònman tradisyonèl yo repete epi repete ankò atravè listwa. Yo repete sa avèk plis swen ak konstans pase nan zòn endistriyèl modèl epi ki chita sou regleman, nou pwodui pandan syèk pase a. Pèsepsyon pèsonèl yo, entèlijans jeyometrik yo epi jistès yo ant bèlte, verite ak bonte se pa bagay moun trape nan yon anviwònman akademik, men se bagay yo transfere soti nan yon jenerasyon ale nan yon lòt kòm yon ansyen ide sajès ak eleman pratik. Se sou teren sa yo ta dwe kanpe epi sa ta dwe pwen kote yo derape soti anba monte. Kit yo reyalize pwojè sa yo ou non, sa pral depann de abitan rejyon an. Se nan men kolektif yo avni an chita. Sa a se yon fèy de wout pou chanjman. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Yo te kontribye nan konsepsyon li. Ansanm ak ekip planifikasyon o nivo Vil la te gen yon modèl pou rechèch ak deba. Kat la re-bat. Yo bay kominote a lapawòl. Yo kapte vizyon li, yo desine li epi ak Rapò Vizyon an yo mete li nan fòm konsepsyon final li pou li ka sèvi tankou yon fèy de wout. Yon nouvo jou pou libète lèzòm, pou liberasyon epi pou kreyasyon plas ki gen sans epi ki respekte lèzòm rive. Sitwayen ak lidè Akayè pare epi yo gen volonte pou yo fè sa rive. Epi avèk menm tenasite ak detèminasyon zansèt yo te genyen ki te fè yo chanje wout istwa peyi a anvan, pèp nan rejyon an va rive reyalize objektif yo.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Sant rejyonal nou pwopoze pou Lili nan entèseksyon wout nasyonal la. Sant rejyonal la gen yon klinik, yon lekòl pwofesyonèl, yon sant distribisyon, yon mache, yon pòs polis, yon branch inivèsite ak yon nouvo tou nan antre Lili.


242

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la


244

Yon nouvo esfrastrikti sivik

Steven Fett, Achitèk, Pwofesè Inivèsite, Adjwen Rechèch, Inivèsite Miyami, Lekòl Achitekti ak Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote (CUCD) Sivilizasyon modèn rich yo gen de aspè ki enpòtan anpil: se mwayen pou tout moun jwenn bon kalite swen sante ak bon kalite edikasyon. Kwayans fondamantal sa a se sa ki fòme apwòch ekip konsepsyon University of Miami nan kesyon planifikasyon zòn Akayè a. Lè ekip la te resevwa responsablite pou l pwopoze yon nouvo enfrastrikti sivik pou Ayiti, ekip la te konsantre efò li sou konsepsyon yon klinik rejyonal ak yon lekòl pwofesyonèl. Tou de ta dwe sèvi tousuit pou pwogram yo di yo fè yo a - yon kote pou moun geri ak yon kote pou moun aprann. Met sou sa, prezans yo ta ka sèvi tou kòm yon ouvèti pou pi gran byen rejyon an kòm senbòl kominote ak espwa. Klinik Koray la Klinik Koray la fèt pou l ofri sèvis nan rejyon Akayè a. Pwogram klinik la chita nan twa sal: yon sal gason, yon sal fi, ak yon sal timoun. Chak kapab resevwa apeprè 30 pasyan an menm tan. Epi tou yo pwopoze yon sal ijans ki genyen kapasite pou doktè fè operasyon ladan. Sa ka vin itil anpil kòm pi fò ijans medikal mande yon vwayaj pou yo mennen pasyan an nan pi gwo lopital Pòtoprens. Men lòt sèvis yo mete nan konsepsyon klinik la: yon depatman dantis, sal konsiltasyon, laboratwa san, yon sal radyografi (radyoloji), ak yon sal tibèkiloz. Pwogram sa a anba bon kou enfliyans klinik yo sot bati pa twò lontan nan Lakolin, Ayiti; kote ki konsevwa e konstwi INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

klinik sa a se Zanmi Lasante, yon òganizasyon byenfezans ki devwe pou li ofri sèvis swen sante gratis pou malere. Apwòch metodolojik Zanmi Lasante nan kesyon swen sante ann Ayiti se jwenn lokal/etablisman ki pi piti, ki rantab, ki byen bati, yo byen mentni l, epi yo byen jere l, nan zòn desantralize nan peyi a kote pa gen ase mwayen pou moun jwenn bon kalite swen sante. Apwòch sa a gen de prensipal rezilta pozitif. Premyèman, li redui distans anpil pasyan dwe vwayaje pou yo resevwa swen yo merite san sa pa mande yon deplasman pou yo ale nan yon gran sant sante, an jeneral ki byen lwen. An jeneral, ti deplasman piti fè moun kapab fè plis vwayaj, ki fè sa tounen yon apwòch swen sante ki fèt ak plis prevansyon. Dezyèm avantaj ki genyen nan desantralize bon kalite swen sante pou sèvi plis zòn andeyò se efè sa ka genyen sou valè moun ki prale nan etablisman kote yo trete gran blese nan gran vil yo. Ki vle di, si yo kapab trete blesi, frakti, maladi ak enfeksyon nan zòn nan, sal ijans nan lopital rejyonal yo kapab sèvi pou ka pasyan ki pi grav. Bilding nan pou tèt pa l, yo fè li bò kote de plas jaden prensipal. Lakou a sèvi kòm yon won pwen kote pasyan, anplwaye ak vizitè kapab al mache. Yon lakou nan peyi ki fè cho tankou Ayiti ede kraze mas bilding nan, epi chanm ki tou pre li yo kapab gen fenèt sou tou de bò, ki fè sa pèmèt van byen sikile. Sa a enpòtan sitou nan yon etablisman kote yo pral mete anpil pasyan malad ak viris k ap vole nan lè a. Nan mitan lakou a gen yon jaden ak yon letan ak bèl aranjman plant. Piske gen lavi nan mitan bilding nan, sa gen anpil sans epi sa kab tounen yon terapi pou pasyan yo ak fanmi ki akonpaye yo. Epi tou sa bay moun yon soulajman yo byen bezwen ak chalè solèy la. Kon sa tou lakou a se plas yon sitèn anba tè. Do ti kay ki nan lakou a voye dlo lapli nan yon goutyè ki toutotou pa anndan espas ki ouvè an plennè a. Dlo sa a asontou, yo


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la


246

Imaj plas piblik ki devan klinik la, li kouvri ak yon chan pyebwa ak yon ban ki fè tout wonn nan.

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Plan klinik la


248

kapab ranmase li, sere l, filtre l pou yo re-sèvi avè l. Dezyèm kote ki gen jaden an, se devan bilding nan li ye. Jaden sa a, moun ki kapab itilize l se vizitè k ap tann oubyen gran piblik la. Espas piblik sa a, yo fè l pou l sèvi kòm yon plas piblik, e se yon kado sivik li ye pou vil Koray. Gen yon ban yo fè tou kole ak yon ti mi antouraj byen ba ki fòmalize espas la. Gen yon kadriyaj pye sitwon, zoranj, oubyen chadèk ki plen lakou a; yo gen de travay y ap fè: bay lonbraj ak nouriti pou anplwaye ak pasyan lopital la, avèk moun ki rete Akayè. Etablisman sivik kapab genyen gwo enpak sosyal sou yon ti vil. Yo tounen sant aktivite ak rasanbleman. Olye pou plan yo pwopoze a ta izole klinik la de vil la, li adopte reyalite sa a epi li ofri yon espas ki diy, elegan e relaksan ki va ede ankouraje yon santiman fyète sivik. Ayisyen gen yon gwo santiman fyète pèsonèl. Sa ki konn manke lepli souvan se yon envestisman kolektif nan sa yo rele “vil” la. Klinik Koray la kapab yon plas kote yo trete malad e moun ki an sante yo ede yo nan pote enèji ak lavi nan jaden tou pre a, kon sa sa va enspire yo pou yo geri vit pou yo vin amize nan amizman an tou. Akademi Jèn Konstriktè (Youth Build) Yon lekòl pwofesyonèl nan Lili te ka satisfè yon bezwen ijan, se sa moun te di nan plizyè reyinyon piblik pandan Inivèsite Miyami te fè de twa vizit ann Ayiti. Timoun entèlijan, avèk yon avni ki chaje posiblite devan yo, di manm ekip la, youn apre lòt, apre lekòl segondè chwa yo genyen pou yo kontinye edikasyon yo limite anpil anpil. Ansèyman siperyè nan inivèsite kapab fèt sèl si etidyan yo kapab al rete Pòtoprens, oubyen pi lwen pase sa, e pou anpil nan yo sa pa reyalis. Lojistik vwayaj (tout aranjman sa mande pou prepare yon vwayaj) avèk responsablite lakay anpeche anpil elèv ki gen kapasite fè avans nan edikasyon yo. Met sou sa, sa yo ki kapab al pousuiv yon ansèyman siperyè Pòtoprens, lepli souvan yo kite Akayè nèt pou yo kab al chache pi bon opòtinite lòt kote. Piske pa gen INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

mwayen pou anpil etidyan jwenn fòmasyon pwofesyonèl oubyen fòmasyon nan inivèsite, sitiyasyon sa a ap trangle devlopman zòn nan. Anpil moun di jan yo anvi rete Akayè, men yo santi si te gen plis opòtinite ansèyman siperyè, yo te ka pi byen ekipe pou yo ede zòn nan fè pwogrè. Òganizasyon Jèn Konstriktè (Youth Build) se yon òganizasyon byenfezans ki ofri edikasyon, ladrès travay, ak sesyon konsèy pou jèn moun gen kèk poblèm; li te toujou fè pati total pwosesis planifikasyon ak konsepsyon an. Jèn Konstriktè se pi bon patnè ki deja bati etablisman lekòl ann Ayiti. Esperyans ak konesans yo genyen nan ansèyman pwofesyonèl, marye avèk ladrès ekip konsepsyon Inivèsite Miyami a, ak jan you tout met ansanm byen konprann bon jan valè etablisman sivik ki byen konsevwa genyen sou yon kominote, ta dwe pwodui yon pwojè ki va gen yon efè tousuit sou Akayè ki va dire lontan. Yon lekòl pwofesyonèl Jèn Konstriktè nan zòn nan te ka tabli bon kou krediblite ak bòn volonte. Plizyè fwa sa rive gen pwojè yo fin byen planifye ki pa rive reyalize alafen, sa repouse kwayans ak sipò moun zòn nan. Pwojè konplè sa a ap gen plis siksè, epi li pral fè moun bay plis sipò si yo bati yon bagay nan zòn nan ase vit ki ka sèvi kòm yon pwojè modèl. Yon lekòl pwofesyonèl se yon bon kandida pou kòmanse fè chanjman Akayè. Pwogram lekòl pwofesyonèl la soti nan yon lekòl ki la kounye a òganizasyon Jèn Konstriktè te louvri ann Ayiti de twa lane ki sot pase yo. Konsepsyon an ak bilding nan, menm jan ak klinik la, santre sou yon espas deyò ki louvri an plennè. Dimansyon lakou sa a ki andedan se apeprè 85 pa 85 pye. Gen yon seri ti gwoupman do kay an piyon yo chak kouvri yon pyès epi yo antoure espas la. Petèt do kay an piyon an se fòm achitekti ki pi ansyen moun ka plis sonje. Mande nenpòt moun fè Imaj jan l imajine yon kay lekòl, kèlkeswa laj moun sa a, etnisite li, oswa edikasyon li, l ap pi vit trase yon kare ak yon do kay pwenti ak yon pòt nan mitan kare a. Lè y ap fè plan bilding sivik, fòm


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Imaj yon lekòl pwofesyonèl yo pwopoze tou pre Lili e bò wout nasyonal la.


250

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la

Imaj yon lekòl pwofesyonèl yo pwopoze tou pre Lili e bò wout nasyonal la.


252

bilding nan ta dwe bay yon ide de objektif li yo. Nan ka sa a, fòm sa a ki toupatou a parèt pou chak sal klas - yo chak gen pwòp sijè pa yo anseye ladan yo. Gen yon kolonad ki konekte sal klas yo ak espas sipò lekòl la. Epi tou sistèm sikilasyon sa a bay lonbraj pou elèv yo ak pwoteksyon kont lapli. Lè l sou kote yo sèvi ak yon aranjman poto ak pout, alòske yon Imaj “Sèlyèn” (yon gwo ouvèti santral an vout ki gen de ouvèti pi piti ak travès plat) parèt sou sal klas pa dèyè yo. Chanm sa yo fèt pou yo fè sal klas avèk pòt ki bay sou deyò atravè gwo pòt ki kapab ouvè fèmen. Met ansanm, sal klas andedan yo ak laboratwa deyò yo ta dwe bay ase espas pou plizyè klas fèt an menm tan. Epi tou lekòl la gen yon kizin ak yon kafeterya ki ase gran. Espas sa yo kapab sèvi kòm sal fòmasyon epi ka menm gen yon ti restoran lakay ladan yo tou. Anplwaye kizin nan ka fè manje pou elèv yo ak kominote a. Angajman avèk vil la te ka ede defini lekòl la kòm yon etablisman kominote a bati pou kominote a epi sa te ka montre elèv yo metòd fè manje ki bon pou sante avèk jesyon komès. Nou ka admèt konsepsyon ki prezante nan chema yo se yon bagay ideyalis. Yo poko chwazi yon anplasman pou lekòl. Men, manm òganizasyon Jèn Konstriktè ansanm ak Inivèsite Miyami gen tan tounen Ayiti apre atelye a y ap chache yon plas epi yo tounen ak kèk bon pis. Lè yo reyisi chwazi yon plas, yo ta dwe fè ti chanjman nan plan an pou reponn a kondisyon chantye a, tankou jan topografi a ye aktyèlman, fòm teren an ak done espesyal plas la.

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl vil la


254

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon


256

Kay kote Ayisyen rete, yè, jodi a Epi pi devan Derrick Smith, Achitèk, Adjwen Rechèch, Inivèsite Miyami, Lekòl Achitekti ak tout Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote (CUCD) Jan nou te deja mansyone nan demann sibvansyon sa a, afè moun ki ret nan kay ki pa bon pou yo rete a se yon pwoblèm nan tout peyi a, se moun kon sa kon sa ki pa gen gran konesans nan afè bati kay epi ki pa gen anpil zouti, se yo ki bati majorite kay ki nan peyi a. Sitiyasyon sa fè anpil fanmi pa kab viv byen nan rejyon Akayè a tou. Etid sa ak rapò sou Vizyon pou zòn nan y ap prepare apre sa a atake pwoblèm sa a epi rapò a bay anpil ransèyman pou ede fanmi ki viv nan zòn nan amelyore jan yo bati kay yo, rapò a gen plan kay ak detay ki makònen sa ki kab itil nan yon kay kounye a ak yon bon plan pou bati epi kote kay la kenbe anpil tradisyon kiltirèl peyi a. Anpil moun nan rejyon an te travay depre ak ekip ki t ap prepare rapò a. Tout kolaboratè sa yo se moun ki te vin pran pa nan atelye yo ak demach pou kreye gwoup ki kab kolabore, epi nan analiz SWOT yo, nan seyans diskisyon yo, epi nan reyinyon piblik yo. Mou sa yo te ede tou nan rechèch ekip la t ap fè, yo te fè ekip la konprann tradisyon lokal yo pi byen, yo te fè konnen sa moun nan zòn nan vle epi ki anbisyon yo genyen. Gen anpil dosye sou plizyè kote ekip la t al vizite yo. Moun nan zòn yo ekri, yo fè Imaj, epi yo te esplike kouman yo sèvi ak kay yo kounye a epi yo te esplike ki vizyon yo genyen sou kouman yo ta vle kay yo bati pou kay la kab itil yo pi byen. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Pwopozisyon ki la yo se yon bon prèv travay ki fèt an tèt ansanm san dilatwa. Rezon ki fè gen diferan plan kay se poutèt pou tout zòn jwenn kalite kay ki bon pou bati nan tèl zòn (kit se lavil kit se nan yon zòn riral), tou depan sa k ka fèt nan tèl zòn, mwayen fanmi an. Nou konsidere espas moun genyen ak kalite enfrastrikti yo genyen a dispozisyon yo. Nou pran an konsiderasyon tradisyon sosyal yo, epi si sa posib pou bati, lè w imajine tout seri dezas ki kab pase nan rejyon an nenpòt lè. Epi tou, pwopozisyon sa a souliyen enpòtans modèl lakou tradisyonèl la, yon lide ki reprezante echantiyon yon kominote epi sa montre kouman moun viv depre nan fanmi aysyèn nan. Yo fè Imaj ki montre jan yo te fleksib sou jan pou bati seri kay sa yo pou moun kab sèvi ak kay sa yo plizyè fason, epi pou yo gen diferan mòd tou - mòd ansye ak nouvo mòd. Apre tout pawòl sa yo, epi jan gen anpil moun ki enterese fè plis touris vin nan zòn nan, epi jan touris renmen vin wè ansyen kay an bwa- ni touris lokal ni touris entènasyonal - moun nan zòn nan ak eli lokal yo kab kòmanse wè kouman yo ka kòmanse fè reklam pou bèl achitekti lokal sa a ki nan ADN rejyon an. Yo kab fè reklam tou ofiamezi pou jan rejyon an bèl ak jan li romatik epi imaj sa a kab atire anpil touris tou Diferan faz nan fason yo fè plan an: Fè rechèch sou jan bagay yo te ye, Chèche konprann jan yo ye jodi a, epi imajine jan sa ap ye alavni. Make jan sa te ye lontan Premye faz nan travay la se te make epi pran ransèyman sou kalite kay tradisyonèl nan rejyon Karayib la an jeneral, epi espesyalman ki nan diferan rejyon ann Ayiti. Pandan n ap fè travay sa a, nou te vin konn anpil sou kalite kay ki


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Imaj yon lakou tipik


258

pi bon, ki pi pratik, ki kab reziste ak chalè a, epi ki pa fè moun fè anpil depans paske yo bezwen aparèy chè pou met nan kay la. Rechèch sa yo ede nou konprann jan moun bati, tekik yo itilize, fòm kay yo bati, epi ki kalite materyo ki disponib nan zòn nan pou bati kay. Rechèch sa ak fason nou ranmase done yo te sèvi kòm baz pou vin ak yon fòm achitekti pou bati ka ki relete istwa rejyon an, jiskaprezan se sa ki bay Akayè idantite apa li genyen an.

ki nan tradisyon yo se yon bagay pozitif pou kèk lòt rezon tou, menm pou rezon ki fè kay istorik nan rejyon an te gen plis rezistan te gen gwo dezas yo.

Pran leson sou s ak deja pase Gen plizyè estrateji dirab ki deja egziste nan fason lojik yo bati kay tradisyonèl ann Ayiti. Men kèk ladan yo: bati kay la ak chanm yo yon fason pou kite lè rantre nan kay la epi pou solèy rantre tou; mete galri yo sou bò Sid ak sou bò Ès kay la, pou anpeche solèy frape kay la kon sa moun ap kab ret nan kay la; ogmante wotè chanm anndan kay la, pafwa gen kè kote ki ovè pa anlè, pou pèmèt chalè a monte epi pou l soti; mete pòt yo ak fenèt yo sou menm ranje; palse fenèt yo an sans vètikal pou van kab antre soti nan kay la ki vin fè kay la fre; bati kay yo wo pou anpeche dlo rantre anndan kay la; sèvi ak materyo ki nan zòn nan pou kay la pa koute twò chè, epi, fouye pi ki sèvi pou pran dlo pwòp sou tèt kote dlo sal ap koule, epi fouye yo lwen youn ak lòt, pou evite kontaminasyon ki kab mennen pwoblèm sante. Pandan moun ki ret nan zòn nan ap fè plan pou bati nouvo kay oubyen repare kay yo pi devan, y ap kontinye sèvi ak estrateji sa yo nan jan y ap bati, sa yo pa pòte atansyon a fòm achitekti kay la.

Tradisyon nan bati kay, Idantite, ak Opòtinite nan devlopman ekonomik Akayè se kote yo bati kay trese ak kay an bwa tou, tou de se kalite kay yo bati nan karayib la. Nan rejyon sa ou kab jwenn kalite kay sa yo ni nan zòn riral ni lavil, menm nan vil Akayè a ak Koray tou. Gran kay balkon an bwa yo jwenn sitou nan vil Akayè a, ou kab jwenn yo nan kèk kote nan rejyon an tou. Gen kèk kay an mi nan fòm Art Deco, yo te bati nan 20èm syèk la, yo toupatou nan Akayè tou, gen gran kay kote yo bay sèvis piblik ki bati nan fòm sa a tou, tankou meri Akayè a, bibliyotèk la, biwo lapòs la, epi Legliz la ki devan plas Akayè a. Nou jwenn kalite achitekti sa yo tou nan anpil kay epi an kèk tonm ki nan simityè a.

Kesyon analize epi sèvi ak fason yo deja konn bati a kòm baz pou nouvo konstriksyon an anpil rechèch fèt sou sa, gen done sou sa tou nou pran yo nan diferan kote, epi nou pale de sa ak moun zòn nan. Lè moun sèvi ak fòm kay tradisyonèl yo pou yo bati sa ranfòse idante kiltirèl zòn nan, epi sa kab fè plis touris anvi vin vizite, moun ki nan rankont lan dakò lè moun sèvi ak sa INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Moun nan zòn nan fè konnen pandan leson sa yo enpòtan anpil epi pou nou kontinye pwoteje ansyen kay yo epi prezève yo, konstrikyon kounye yo dwe pran an konsiderasyon sa moun bezwen kounye a ak bagay modèn ki itil nou tou.

Rasanble man tout fòm achitekti sa yo vin bay rejyon an yon repitasyon apa, yo kab swa ogmante li swa kite l pèdi, tou depan jan sa nouvo kay yo sanble ak sa kay yo repare yo sanble. Paregzanp, si yo ta repare byen repare yon seri nan kay sa yo nan vil Akayè a, petèt yo ta kòmanse nan yon ri oubyen nan plizyè blòk kole, epi si yo ta ouvè kèk chòp nan kay sa yo, kèk restoran, kèk ti otèl sa ta kreye yon bèl anbyans nan yon “katye istorik”. Kòm rezilta, katye yo kab fè reklam pou katye istorik sa kòm yon kote pou touris vini epi sa kab atire plis touris ak plis kòb touris nan zòn nan. Apre yon sèten tan aktivite sa a pral gaye nan lòt zòn yo epi ansanm yo kab kreye yon seri aktivite pou kore aktivite


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

komès ki deja ap fèt sou pò a. Lòt vil nan zòn nan kab fè menm bagay la tou, vil tankou Koray ak Lili ki gen menm avantaj sa yo. Valè kiltirèl, nesesite modèn, epi estrateji pou fè renome yon kote Kòm kote pou moun rete, fòm “lakou” a egziste toupatou nan rejyon an epi se yon bèl fòm prensip konstriksyon ki entèlijan epi ki dirab. Modèl lakou a se tou senpleman yon gwoupman kay ki bati kote you ann akò ak lòt, se kote moun ki nan menm fanmi rete kòt a kòt sou menm bitasyon an. Jan yo bati kay yo sou tè a depann de gwosè fanmi an, gwosè tè a ak kote tè lokalize, kote tè a ye parapò a lari, epi si tè a andeyò oubyen lavil. Kay yo tou piti, yo kab gen youn oubyen 2 chanm epi chanm yo pa pi laj pase sa, kon sa yo byen bati pou solèy rantre ladan yo epi pou lè pase anndan yo. Nan zòn riral yo, kay yo bati nan yon lakou tout moun pataje, kote gen tout kalite bay k ap grandi nan lakou a ak kèk gwo pyebwa epi tout pa dèyè lakou a gen jaden. Nan zòn ki pi pre lavil, lakou a kab pi piti, lè kon sa lakou a kab gen gwo kloti an mi tout otou l, kloti a la pou idantifye pwopriyete a, pou bay sekirite epi pou kenbe lakou a prive, an men tan tou kab gen yon komès sou pwopriyete a ki bat sou lari. Nan zòn riral yo sitou, konn gen yon gran kay ki la kòm kay prensipal epi gen de twa lòt ti kay sou kote l ki plis sèvi pou lòt moun nan fanmi an dòmi. Dabitid se nan lakou a yo kuit manje. Konn gen yon ti kay nan lakou a pou met bèt ak zouti epi kon gen yon ti kay apa kote gen yon latrin (ki nan kote ki pi ba sou pwopriyete a, epi si gen plas sou yon pant, yo mete lwen dèyè pwopriyete a lwen lari). Pou rezon sante, yo plase pi yo pran dlo pou bwè a lwen latrin nan, epi tou depan pant ki nan lakou a, yo mete pi dlo a sou bò lakou ki bat sou lari a.

Kreye plas pou mete yon ti komès Se pa fasil pou wè yon kay apa sou yon pwopriyete pou yon ti komès oubyen yon biwo ki bat sou lari kote moun ak machin ap pase, men sa ap byen fasil pou vin ak yon lide kon sa kote lakou yo ye kon sa va gen plis aktivite komès nan zòn nan. Chòp sa yo oubyen biwo sa yo ki bat sou lari a kab kreye yon ekonomi ti biznis ki kab nan avantaj anpil fanmi ki ret nan zòn nan epi sa kab met plis aktivite nan lari a. Yon estrateji tradisyonèl ki kab sèvi byen Epi ki gen anpil potansyèl Jodi a, mo lakou a pa oblije limite pou l vle di yon kote moun nan menm fanmi rete, yo kab sèvi ak fòm lakou a pou dekri yon gwo anplasman ki gen yon kloti ki idantifye pwopriyete a, kit se yon sèl kay ki la, kit li gen plizyè kay, oubyen yon melanj, kay prive, biznis, obèj oubyen kay pou lwe. Yo kab sèvi ak modèl lakou a tou nan yon vil kòm yon lekòl, yon biznis, yon biwo leta, se kab menm yon klib. Se yon modèl ki kab sèvi pou anpil bagay. Relasyon ant lavi piblik ak lavi prive Kloti devan lakou a ak galri kay ki bat sou lari kay la se yo ki pi domine pwopriyete a, sa kab pote yon aspè pozitif aspè piblik nan ri kote kay la ye a. Si lakou a bèl, epi gen bon jan lè ki pase nan kay la, kote moun ki nan kay la kab wè moun k ap pase nan lari a- se kapab timoun yo k ap jwe, se kapab kèk kliyan, se kapab zanmi oubyen vwazen – kloti devan kay la vin yon eleman enpòtan nan nenpòt gran vil, ti vil oubyen ti bouk. Kloti devan kay bay sekirite epi yo pwoteje vi prive moun ki ret nan kay la, kloti devan kay dwe a yon wotè ki apwopriye pou zòn nan tou depan lajè lari kote yo ye a. Kon sa lari a pa vin chaje ak yon pakèt gwo mi byen wo ki vin fè lari a yon kote ki pa atiran oubyen yon espas piblik ki pa atiran.


260

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Plan kay la

Seksyon (plan transvѐsal)

Plan twati (do) kay la

Devan kay la

Sou kote kay la

Seksyon (plan transvѐsal)


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Plan kay la

Seksyon (plan transvѐsal)

Plan twati (do) kay la

Devan kay la

Sou kote kay la

Seksyon (plan transvѐsal)


262

Seksyon (plan transvѐsal) Plan kay la

Plan twati (do) kay la

Sou kote kay la

Devan kay la

Seksyon (plan transvѐsal)

Sou kote kay la

Plan kay la

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Devan kay la

Plan twati (do) kay la


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Plan kay la

Plan twati (do) kay la

Devan kay la

Sou kote kay la

Dèyè kay la

Seksyon (plan transvѐsal)


264

Plan dezyèm etaj

Plan twati (do) kay la

Plan premye etaj

Seksyon

Devan kay la

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Sou kote kay la


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon


266

Plan premye etaj

Plan dezyèm etaj

Plan twati (do) kay

Lakou dѐyѐ

Devan kay la

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Seksyon (plan transvѐsal)

Twotwa Lari

Plan teren kote kay la chita (amplasman)


Sustainable Place-Making Strategies - Building Scale

Sa ki pi enpòtan an se pou aranjman galri yo, komès yo, kloti ki bay sou lari yo ankouraje moun mache nan lari kon sa ap gen plis aktivite nan lari a, epi sa ap fè popilasyon sante y ap viv an fanmi. Miray ki fò, ki wo, ki long fè yon efè kontrè epi sa kab fè lari a vid, sa kab fè moun pa anvi soti epi sa kab fè lari yo pi an danje. Bati kay, jounen jodi a Seksyon sa nan Rapò vizyon an li fè pou bay moun Akayè enfòmasyon pou ede yo bati kay pa yo. Plan yo gen tout sa ki nesesè yo ak ransèyman teknik pou byen bati kay la, kon sa kay la ap an sekirite, l ap konfòtab, l ap bèl, epi l ap kapab gen bagay modèn yon moun bezwen epi l ap akonpli anbisyon moun, pandan l ap soutni imaj tout zòn nan. Sijesyon sa yo ak plan kay sa yo se rezilta ransèyman nou pran pandan rankont piblik yo, rechèch nou fè epi ak konesans pwofesyonèl. Moun ki te pran pa nan atelye travay yo te bay ekip ki travay sou plan yo yon lis bagay ki pozitif ak sa ki negatif nan afè bati kay nan rejyon an jounen jodi a, yo fè konnen tou sa yo ta vle, ak pwoblèm enfrastrikti yo genyen. Kòm yon pati nan seksyon Bati kay byen senp lan, gen yon lis sa moun dwe fè etap pa etap depi nan kòmansman (anvan kay la bati) rive jis nan fen. Nou fè sa pou nou kab bay bon ransèyman ak bon estrateji pou reponn a bezwen moun- epi ak sa ki enkyete yo. Opòtinite pou al nan lekòl metye: Tradisyon lokal pou bati kay epi Metye Across the entire region, there are very good examples of Nan tout rejyon an, gen kèk bèl egzanp travay atizan lokal yo fè epi jan yo travay byen, sa se yon bagay pou nou selebre epi pou nou fè reklam pou sa kòm yon sektè k ap pote anpil travay nan region an, patikilyèman poutèt rejyon ak rès peyi

a vle atire touris, sa pral mande pou gen plis travayè, pou fòme plis toujou pou bati nouvo kay oubyen amenaje sa ki deja la ak lòt kote touris ka vizite. Efò pou ouvè plis lekòl metye kab konsantre sou aprann moun bati kay epi fè travay atizan, kon sa va gen plis travayè ki gen bon ladrès nan bati kay, nan tout kalite metye epi nan fè travay atizan. Sa ap kreye plis travay. Kòm rezilta, lè travayè ki byen prepare yo va fè tout rejyon Akayè a vin pi bèl, sa va bay zòn nan yon imaj apa ki pral ajoute sou kalite zòn nan deja genyen kòm yon kote ki pa menm ak tout lòt kote. Men kèk egzanp travay atizan ak travay ouvriye ki konstwi kay: a. Yon atizan ki travay wòch ki bati yon bèl mi an wòch (men fò mi a byen ranfòse); b. yon atizan lokal bati yon bèl baryè rantre ak bèl dekorasyon ladan; c. yon atis dekore yon mi ak bèl mozayik ki kase oubyen pentire mi an, epi fen lòt atizan kreye kèk bè mi ki byen dekore ki bon pou anpil mi devan kay. d. Teknik trese panèl la yo fè li nan anpil zòn nan rejyon an epi ou kab wè l anpil nan mi devan kay oubyen sou galri. Bèl travay sa a kab devlope pou l sèvi nan anpil lòt travay, tankou nan pòt, nan fenèt, nan tonèl, separasyon nan chanm, nan plafon kay, nan baryè, epi nan mèb, sitou si yo mete lòt materyèl ansanm avè l. Banbou yo vin plante nan zòn nan, ki gen tan grandi ase pou yo rekòlte kounye a nan mwens pase 3 an, sa kab pèmèt metye sa grandi epi kreye anpil nouvo pwodui ki dirab epi ki atiran epi tou ak kote ki enterese achte yo. Kay Ayisyen an, Sa l ap sanble demen Nan reyinyon ki te fèt ann Ayiti yo gen tout kalite moun nan zòn nan ki te la, te gen anpil medam ak anpil jèn ki te pran lapawòl pou di ki jan yo ta renmen ki kichòy nan preparasyon vizyon pou avni rejyon yo a.


268

Moun ki te la yo fè konnen gen yon nesesite pou ta gen yon kèk plan kay ki ta kab gide yo lè y ap bati novo kay pa yo.

rete fre oubyen pou gen ase espas pou lè aktivite ak anpil moun nan fanmi an.

Pou asire sa yo mande yo, yo kab jwenn li, epi nou konprann sa yo di a, nou te mande yo desinen oubyen fè lis ki chanm yo ta renmen genyen nan yon kay modèn. Aktivite sa a kote anpil moun te pran pa ladan an, pandan plizyè rankont, te bay 75 lis kote yo te swa desinen chanm yo oswa fè lis chanm yo, anpil nan yo te mete yon gwo mi pou fèmen lakou a ak bèl jaden flè tout otou kay la. Te gen plizyè rankont konsènan ki plan ki ta pi bon, sa ki ta dwe nan plan an, epi, ak ki sa pou yo bati kay la.

Dapre Imaj moun nan zòn nan te fè ak konvèsasyon yo te fè, nou te prezante yo kèk plan kòm egzanp. Plan yo te reponn dirèkteman a demann yo te fè ki te pi popilè yo. Plan kay yo te gen plizyè diferan fasad kòm chwa pou bay mèt kay yo chans pou yo fè chwa pa yo nan fason yo vle dekore kay yo epi ki fòm kay yo ta renmen. Sa kab ede apiye idantite katye yo oubyen vil kote yo rete a tou.

An menm tan tou jan kay tradisyonèl nan rejyon an te varye tou piti, swa poutèt kote yo ye a, swa pou rezon yo bati yo, swa akòz klima a, oubyen idantite zòn kote yo te bati yo a. Yo te rive jwenn yon antant, sa te klè gen kè bagay minimòm pou kay yo ta genyen, yon galri devan, omwen 2 chanm youn pou dòmi- yon kizin nan lakou a epi finalman, yon twalèt nan lakou a. Lòt demann nan se pou segman kay la ap toujou ret nan kay la lè kay la ap agrandi, swa paske fanmi an ap agrandi, sa paske afè fanmi an vin pi bon. Majorite plan kay pou yon sèl fanmi oubyen kay prensipal, se moun nan zòn nan ki te kreye plan sa yo oubyen dekri yo tou. Nan plan sa yo te gen yon galri devan, yon salon, yon salamanje, 3 chanm a kouche, yon kizin anndan kay ak yon twalèt ijenik anndan kay. Anpil moun t ap diskite sou ki kote pou mete kizin nan paske gen kèk moun ki pi pito kizin nan deyò, swa nan lakou a swa pre lakou a, tankou nan lakou tradisyonèl la, paske kizin nan ka sèvi yon moun ki rete nan lakou a kounye a epi li kab sèvi lòt moun ki kab vin rete nan lakou a. Kèk lòt moun te vle kizin nan anndan kay la, tankou yon kizin modèn. Gen moun ki mande remiz pou machin, plafon wo anndan kay la, anpil espas anndan kay la, rezon an se pou anndan kay la kab INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Finalman Plan senp pou bati kay yo sèvi ak enfòmasyon jeneral moun zòn nan te bay pandan konvèsasyon yo sou sijè sa yo: 1. Gen yon efò kolektif pou yo prezève tè jaden epi mete limit kote pou bati kay pou evite tout ekspansyon epi ou evite degradasyon resous natirèl yo. Sa vle di, kalite kay ki pran mwens espas epi ki pa mande anpil tè se kalite kay yo prefere. Modèl lakou a se modèl ki pi bon pou nou atenn objektif sa a. 2. An jeneral kay ki byen fèt epi ki bati pou tranblemanntè ka gen plizyè etaj men mou nan zòn nan fèm sou sa : kay yo pa ta dwe gen plis pase 3 etaj. 3. Nan katye ki pre lavil, yo kab bati kay youn sou kote lòt sou ti moso tè swa pou yon fanmi swa pou de a twa fanmi, oubyen yon seri kay ki gen kote pou fè komès anba ak kote pou youn oubyen 2 fanmi rete anwo. 4. Pou fè plas pou nouvo moun k ap vin rete nan zòn nan ka itilize modèl lakou a pou nou kreye yon rasanbleman ti abitasyon pou moun k ap lwe ki pa ka bati kay pa yo. Moso tè ki long men ki pa laj epi ki nan mitan de ri paralèl ka gen yon kay prensipal nan yon bout epi yon seri lòt kay pou lwe alantou yon lakou komen nan lòt bout la. 5. Nou kapab sèvi ak modèl lakou a nan zòn kote yo fè jaden tou, menm jan yo sèvi ak lakou sa yo kounye a, oubyen tou yo kab mete yon ti otèl pou resevwa moun nan


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

mitan kote sa yo, kon sa kèk fanmi ap gen mwayen fè yon ti kòb anplis panda y ap ofri espas pou touris ki enterese nan kesyon agrikilti ak anviwònman. 6. Pwoblèm inondasyon ak nivo lamè k ap monte akòz chanjman klima a montre fòk kay, sitou abitasyon ta bati wo sou fondasyon ki gen mi ak twou ladan depi yo nan zòn plenn inondasyon an ak sou zòn bò dlo oubyen bò lanmè. Inondasyon brid sou kou se dezas ki rive fasil nan zòn nan e se youn nan rezon moun ak bèt mouri epi byen materyèl detwi nan zòn nan. Bati kay sou fondasyon ki pi wo nan yon zòn dlo ap anvayi depi 100 an se yon chwa senp ki kab sove lavi moun epi evite anpil gwo depans. Administrasyon lokal yo dwe kreye mwayen pou bay moun kèk avantaj pou ankouraje yo bati kay yon fason ki pi an sekirite. 7. Itilizasyon lòt kalite materyo pou konstriksyon ki dirab tankou banbou melanje ak metal lejè ki ka sèvi nan plas chapant bwa yo abitye itilize, paske materyèl san rafine a ka plis sou men epi li ka pi fasil pou achte. Akòz fòs natirèl li, banbou bon pou konstriksyon epi pou fè mèb. Kilti banbou ka vin yon nouvo endistri nan zòn nan. Sa ka kreye travay ansanm ak lòt endistri ki vin kreye akòz banbou a. 8. Yo ta dwe ankouraje plan pou kay ki dirab epi plan sa yo ta dwe gen: a. Goutyè ak desant goutyè ansanm ak doum pou ranmase dlo lapli. b. Sitèn anba tè ki gen filtè pou pirifye dlo a. c. Rezèvwa sou do kay pou konsève dlo ak pou presyon idwolik. d. Si teren an pèmèt sa, yon ti fòs septik pou mete dechè. e. Kizin solè pou redui itilizasyon chabon bwa. f. Kaptè solè pezantè alimante pou dlo cho. g. Epi lè bidjè pèmèt sa, tibin Imajvòltayik ak tibin sèvi ak van pou fè elektrisite. 9. Posiblite pou yo bati kay la firamezi ansanm ak itilizasyon

materyo yo pwodui nan zòn nan se bon metòd ni pou ekonomi an ni pou anviwònman an. 10. Pou redui depans yon fanmi pou konsomasyon enèji, eleman pi ba yo ka redui chalè solèy la epi ogmante konfò: a. Galeri laj, espesyalman nan pati ès ak nan pati sid yon kay. b. Wotè chanm yo dwe gwo ase pou pèmèt lè cho a monte natirèlman, de preferans nan direksyon fenèt ki wo anpil. c. Ouvèti pou fenèt vètikal nou ka manipile, ki nan chak pyès pou ankouraje van ak solèy antre nan kay la, avèk fenèt wo yo plase anwo pou pèmèt lè cho ka soti. d. Mete kay yo pi wo sòl la epi plase yo sou fondasyon an mi ak twou pou van ka vante pase anba kay nan; e. Pèsyèn nan fenèt, pòt ak alantou galeri a ka pèmèt lè ak solèy antre nan kay la pandan l ap ofri yon degre entimite ak sekirite epitou si moun ka manipile yo, si yo solid epi si yo ka byen fèmen, yo ka ede nan pwoteje chapant kay la pandan yon siklòn. Pou nou rive reyalize dènye objektif sa a, lè yo fèmen yo dwe chita nan kad ouvèti olye pou yo ta apiye sou mi an. f. Si nou plante pyebwa nan pati wès ak pati sid yon kay sa ka ede rafrechi mikwoklima alantou kay nan epi sa ka kreye yon tanperati ki pi konfòtab nan zòn nan; 11. Kay yo ka gen jaden flè pou dekorasyon ansanm ak yon potaje. Yo ka nan ti blòk tè epi nan zòn ki pi ibanize yo ka gen yon moso tè yo mete la pou yon jaden kominotè. 12. Lakou ka bay yon kote pou moun tann rad an prive epi, 13. Nou ka mete ti kay oubyen ti anga pou ti bèt domestik. Desantralize sipèvizyon Youn nan pwoblèm yo pale souvan nan atelye piblik se koze sipèvizyon piblik ak direksyon piblik. Lidè lokal ak lidè nasyonal ka jere pwoblèm sa a nan desantralize sèvis yo,


270

elaji oubyen kreye kay lokal pou depatman yo dekwa pou yo ka bay abitan zòn yo direksyon epi pou yo ka akselere demach pou apwouve plan, pou bay pèmisyon, pou fè enspeksyon pou kalite, epi pou aplike règleman yo. Bagay sa yo se Pòtoprens ki regle sa kounye a. Sa lakòz anpil reta oubyen enspeksyon pa fèt. Lè enspeksyon pa fèt sa vin lakòz chapant ki pa an sekirite ka mete an danje lavi pasan, vwazen ak moun k ap itilize yo. Resous pou moun bati estrikti ki gen plis sekirite Anplis rekòmandasyon ki nan Rapò sou Vizyon an, Nasyonzini ak ONG yo kreye ti liv ki fasil pou moun konprann, ki bay bon deskripsyon sou pwen enpòtan ak detay konstriktif pou kay ki ka reziste kont tranblemanntè ak siklòn. Nou ka jwenn enfòmasyon sa a fasil sou entènèt epi nou ka telechaje li gratis. Resous Rebuilding 101 Manual, Rebuilding Strategies for Haiti March 2010, (http://openarchitecturenetwork.org/ node/6719/oanattachments ) Earthquake Resistant Housing (http://humanitarianlibrary.org/resource/earthquakeresistant-housing-0 ) Resous sa a yo pi itil toujou si senp sitwayen ka tcheke yo. Yon responsab pou koze kay nan zòn nan oubyen yon bibliyotèk piblik ka pèmèt moun tcheke enfòmasyon sa yo ki itil anpil. Metòd konstriksyon ak kalkil lajan sa ka koute Yon lis materyo konstriksyon ak pri yo nan zòn nan parèt pi ba a. Enfòmasyon sa a disponib ak kolaborasyon ansanm ak konesans yon patisipan aktif nan zòn nan ki konnen endistri konstriksyon nan rejyon an. INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Yon metòd konstriksyon anpil moun itilize kounye a se blòk an beton. Donk rapò sa a pale de mwayen kòrèk pou moun konstwi kay an beton pandan li konsantre sou teknik ak metòd konstriksyon ki rann anpil kay fèb jodi a epi ki mete abitan yo an danje lè gen tranblemanntè oubyen siklòn. Gen plizyè pwoblèm sekirite ki soti nan: fondasyon an beton ki pa byen poze, fondasyon ak gravye ki pa gen bon ranfòsman an asye; move plasman, move dimansyon, move kantite ba fè ki pa byen ankadre nan siman tou. Lè gen pòchdè nan beton yo fin koule sa diminye fòs beton an anpil. Epitou dèske sa koute mwen chè pou yo fè blòk beton sou plas olye pou yo achte blòk fètefouni, kalite materyèl sa yo fè sou plas yo pa menm. Nan zòn tranblemanntè, fòm senp pi bon Lòt prensip jeneral pou konstriksyon ki gen solid se plan an fòm rektang paske yo bay pi bon rezilta lè gen tranblemanntè. Met sou sa, yon fondasyon kòrèk ak dimansyon baz la enpòtan pou ka fè kay la solid. Epitou, ouvèti vètikal ki pa laj (ki aliyen nan pozisyon vètikal nan mi kay plizyè etaj) ap kontribye nan kapasite kay nan pou li rete kanpe nan yon tranblemanntè san twòp dega. Yon bagay ki enpòtan se pou kay la gen yon chapant an beton ki te byen ranpli epi ki gen ranfòsman ann asye ki valab. Li enpòtan pou yo mete yon mi kontrevantman pa anndan tou paske l ap ede ranfòse chapant kay lè l ap souke. Kon sa li va ede li rete kanpe. An brèf, nan yon kay rektangilè, yo plase yon mi kontrevantman enteryè an pèpandikilè ak mi long sou deyò yo. Konplete plan Easy-Build la Men yon nòt pou itilizatè seksyon je plan pou Easy-Build la. Sa ta dwe klè: anplis je plan sa a, dwe gen yon je Imaj pou konstriksyon konplè yon achitèk lokal oubyen yon mason. Plan sa yo gen plan estriktirèl, plan elektrik, plan plonbri ak plan Imaj mekanik paske plan sa yo ka sèvi objektif pou fè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

konstriksyon an sekirite pi byen. Plan Easy-Build yo bezwen pou yon achitèk lokal oubyen yon enjenyè lokal ajiste yo pou yo ka pran an kont patikilarite topografi yon sit reyèl ansanm ak peyizaj la, dimansyon tè a, epi relasyon ak lari a ansanm ak kay ki deja la. Plan konstriksyon fasil pou Rejyon Akayè Seksyon sa a nan plan Easy-Build la moun ta dwe gade li tankou reprezantasyon volonte moun Akayè ki kolabore byen nan prepare Imaj konseptyèl yo. Plan sa a rekonèt prensipal objektif nenpòt fanmi se genyen yon kay ki an sekirite, ki bèl, epi ki byen konstwi. Plan nou jwenn nan seksyon sa a ofri fanmi Akayè plan ki santre sou chanm ki konfòtab anndan kay la ak sou espas deyò ki konfòtab pandan li reflete aspirasyon yo pou konfò modèn. Varyete plan sit ak dimansyon kay nou pwopoze yo konsidere yon seri bezwen nan zòn lavil ak nan zòn riral epi gen plizyè Imaj ki konsidere bezwen fanmi ak posiblite yo kounye a pandan yo konsidere espansyon lojik abitasyon an pi devan pandan fanmi an ap vin plis. Bò kote pa yo, kit fanmi yo sèvi ak plan Konstriksyon sa yo ou non, abitan Akayè yo fè konnen yo konprann chak kay yon fanmi bati fè pati idantite jeneral ak imaj jeneral zòn nan. Apre sa, menm si fanmi yo sèvi ak plan Easy-Build yo, moun Akayè fè konnen yo rekonèt chak kay yon fanmi bati se yon pati nan idantite rejyon an an jeneral. Pou rezon sa a, moun nan zòn an rekonèt chwa pèsonèl yo fè nan bati kay yo gen pou wè ak imaj zòn nan ki vin fè l yon kote ki pa menm ak tout lòt kote, met sou sa, sa kab atire vizitè tou.


272

LAKOU LAVIL

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

LAKOU LAVIL POU MOUN K AP LWE


274

Kizin Lakou

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Lakou pou yon sèl fanmi


276

LARI LAKOU / MI DEVAN LAKOU

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

ENÈJI KAY LA AK KONSÈVASYON


278

DETAY FENÈT

PLAN MI AN MASONNRI RANFÒSE POU YON KAY SAN ETAJ INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

PLAN MI MASONNRI RANFÒSE POU YON KAY YON ETAJ


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Residential Construction Detail Wall Sections


280

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Foundations Footings


282

KOULE BETON POU FONDASYON Ba fè #5 (5 pous dyamèt) kòm ranfòsman vètikal a 122 cm de mitan mi a, nan chak kwen. Bonjan ramblè ki byen komprese

Fondasyon beton ame “pye” batiman an ki ranfòse (men di dwat)

Tè natirèl ki byen komprese

Ba fè ki nan poto batiman an: 4 ba fè ranfòsman #5 (5 pous dyamèt) vètikal ki mare ak on lòt kalite fè an metal de fason orizontal. Fè an metal sa so dwe swiv espas 2 a 15 cm, 1 a 5 cm, 4 a 10 cm, e tout lòt yo a 25 cm.

Bonjan materyel ki ekivalan nan kalite pou fè ramblè.

Fondasyon beton ame “pye” poto batiman (pye a gaye).

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Foundations Footings


284

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Foundation Pilings


286

LAKOU POU YON SÈL FANMI

VWAZEN

LA RI

FAZ 1 - PREMYE ETAJ

VWAZEN

FAZ 2 - DEZYM ETAJ

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

ESTANSYON LAVIL LAKOU POU PLIZYÈ FANMI VWAZEN

VWAZEN LA RI

VWAZEN


288

LAKOU POU YON SÈL FANMI

VWAZEN

VWAZEN

LA RI

VWAZEN

SEKSYON TRANSVESAL

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

LAKOU YONSÈL FANMI LAVIL BOUTIK SOU LARI

VWAZEN

FAZ 1 - PLAN PREMYE ETAJ

LA RI

VWAZEN

FAZ 2 - PLAN DEZYÈM ETAJ


290

KAY 2 CHANM A KOUCHE

PLAN PREMYE ETAJ

PLAN TEREN LA RI

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

KAY 3 CHANM A KOUCHE

PLAN PREMYE ETAJ

PLAN TEREN AN LA RI


292

KAY 2 CHAM A KOUCHE 2 ETAJ

PLAN PREMYE ETAJ

PLAN DEZYÈM ETAJ

DEZYÈM OPTSYON/ ALTÈNATIV PLAN PREMYE ETAJ

PLAN TEREN LA RI

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

KAY 5 CHANM A KOUCHE 2 ETAJ

PLAN PREMYE ETAJ

PLAN DEZYÈM ETAJ

PLAN TEREN LA RI


294

4 ETAJ

LA RI

PLAN TEREN AN

PREMYE ETAJ

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

TEREN VID

ESTANSYON BOUK LAKOU PLIZYÈ FANMI

TEREN VID

LA RI

TEREN VID


296

YON GRAN LAKOU

PLAN PREMYE ETAJ

DEZYÈM OPTSYON/ ALTÈNATIV PLAN PREMYE ETAJ

SEKSYON (KOUP TRANSVÈSAL)

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

PLAN TEREN LA RI


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

KAY NAN BOUK SOU BWA

SEKSYON TRANSVÈSAL

PLAN PREMYE ETAJ

PLAN PREMYE ETAJ

PLAN PREMYE ETAJ

PLAN 2ÈM ETAJ

SEKSYON MI

Nou sijere moun bati kay sou pilye nan rejyon ki gen plenn dèlta oubyen plenn ki ba. Imaj sa a montre kòman yo ka adapte tout kay nan Easy-Build yo pou yo ka mete pilye nan yo epi pwoteje moun ki ret nan zòn nan kont inondasyon.


298

Plan pou kay ki solid: metòd konstriksyon pou komin Akayè John Onyango, Asistan Pwofesè, Inivèsite Miyami, Lekòl Achitekti ak Sant pou Konsepsyon Vil ak Kominote (CUCD) Adjwen Rechèch 2011 ak 2012 se ane yo ka sonje kòm peryòd kote «sitwayen nòmal la» sou kontinan ameriken an te vin konprann byen koze enpak echèl klima a sou fòm aktivite estrèm tanperati a (Institute for Sustainable Communities, 2012). Oz Etazini, moun te viv 14 tanperati estrèm. Anpil ladan yo te gen enpak sou Ayiti tou epi yo te koze dega ki te depase yon milya dola (2011). Enpak tanpèt twopikal Sandy te frape plis pase 2 milyon fanmi nan eta Noujèze kote 72 000 kay ak biznis te detwi epi ki te lakòz moun mouri. Tanpèt ak inondasyon te afekte yon gwo pati nan eta a. Kòm konsekans dirèk aktivite move tan sa yo k ap fèt pi souvan, adaptasyon chanjman klima ak rezistans vin gen pi bon pozisyon nan pwogram politik anpil gouvènman lokal. Sa a se yon chanjman pa rapò ak ane anvan yo kote yo te konn konsantre sou limite dega yo. Adaptasyon pou chanjman klima nan kontèks sa a se «ajisteman nan sistèm natirèl oubyen nan sistèm imen kòm repons pou aksyon klima ki reyèl oubyen ki ka rive e ki kapab deranje oubyen opòtinite ki egziste.» «Rediksyon enpak» chanjman klima jan nou itilize li la a vle di aksyon ki fèt dekwa pou «redui sous gaz nan kay pou plant yo oubyen amelyore disipatè tèmik gaz nan kay pou plant yo» ki lakòz chanjman klima a. Kwak gen efò k ap fèt kounye a nan endistri a epi o nivo gouvènman pou entegre repons ki adapte nan inisyativ pou chanjman klima ki deja la. An jeneral Ayiti dèyè nan efò entènasyonal sou adaptasyon ak klima a (Institute for Sustainable Communities, 2012). INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Kòm Klein ak Nicholls (1999) montre sa, chanjman biyofizik sa yo lakòz enpak sosyoekonomik tankou enfrastrikti ki disparèt ansanm ak resous sou kot yo epi valè ekonomik, ekolojik, kiltirèl ak mwayen sibzistans ap bese. Sezon siklòn 2008 se pi move esperyans Ayiti janm viv ak kat siklòn - Fay, Gustav, Hanna ak Ike - ki te benyen peyi a ak gwo lapli. Daprè sa yo estime, 4 tanpèt yo touye omwen 793 moun epi gen 310 yo pa janm jwenn. Gen 593 moun ki blese, gen 22 000 kay ki detwi epi li domaje plis pase 80 000 (USAID, 2008). Enpak la te enpòtan anpil. Te gen plis pase 800 000 moun ki afekte [apeprè 8% popilasyon total Ayiti]. Domaj sou peyi a rive nan prèske 5% nan PNB li. Foto 1(a-f) siklòn nan Atlantik la montre pifò nan tanpèt nan peryòd 2007 - 2012 la te gen enpak dirèk oubyen endirèk sou Ayiti. Sa vle di fè plan ak konstriksyon pou yon anviwònman ki rezistan mande pou byen konprann abilite ak konesans sou jan pou evite konsekans menas ak danje epi redui konsekans yo genyen (Hamelin ak and Hauke, 2005; Little, 2004). Singh ak Cohen (2014, p.1) fè remake “…pami dispozisyon pou konstwi kay ki rezistan gen kontwòl inondasyon, jesyon entegre basen rivyè, rebwazman, pwomosyon altènatif apa bwa pou sèvi kòm enèji, adopte nouvo varyete, kiltive yo ansanm ak metòd fè jaden yo, rediksyon plantasyon nan zòn ki apik yo, epi kreyasyon opsyon ki pa depann de kilti latè….” Definisyon rezistans gen rasin nan sistèm ekolojik epi sa vle di eleman yon sistèm sipoze gen abilite pou li rete nan yon limit defini oubyen pou li travay nan yon limit defini malgre enpak deranjman yo (Holling, 1973). Rezistans ak dirabilite mare ansanm byen mare jan Mileti (1999) montre sa se kapasite yon lokalite pou li “tolere - epi donte domaj, pwodiktivite ki diminye, kalite lavi ki diminye akòz yon sitiyasyon estrèm san gwo èd ki soti lòt kote.” Lòt definisyon di rezistans endike kapasite yon sistèm pou


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

TANPÈT NAN ATLANTIK LA 2007

Foto 1a Tanpèt nan Atlantik la 2007-2012, Sous: The Weather Channel (2014)


300

TANPÈT NAN ATLANTIK LA 2008

Foto 1b Tanpèt nan Atlantik la 2007-2012, Sous: The Weather Channel (2014)

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

TANPÈT NAN ATLANTIK LA 2009

Foto 1c Tanpèt nan Atlantik la 2007-2012, Sous: The Weather Channel (2014)


302

TANPÈT NAN ATLANTIK LA 2010

Foto 1d Tanpèt nan Atlantik la 2007-2012, Sous: The Weather Channel (2014)

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

TANPÈT NAN ATLANTIK LA 2011

Foto 1e Tanpèt nan Atlantik la 2007-2012, Sous: The Weather Channel (2014)


304

TANPÈT NAN ATLANTIK LA 2012

Foto 1f Tanpèt nan Atlantik la 2007-2012, Sous: The Weather Channel (2014)

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

li kenbe yon nivo fonksyònman oubyen rannman pandan yon peryòd ansanm ak entegrasyon yon sistèm ant lè yon dezas rive ak lè peryòd repriz la fini. [Bruneau et al., 2003; Cimellaro et al. 2010]. Bosher (2008, p. 13) deklare “…yo ta dwe fè plan pou anviwònman ki rezistan, plase yo, konstwi yo, jere yo, pran swen yo yon jan ki ogmante abilite ---- byen nou konstwi ----- pou reziste enpak danje natirèl ak danje lezòm kreye ki estrèm, fè repriz apre enpak sa yo, epi redui enpak sa yo …” Dapre Resilient Design Institute (2013) rezistans o nivo kay yo ka rive fèt si nou respekte estrateji ki fè li posib pou nou fè plan kay yo epi konstwi yo pou yo reziste danje natirèl ki soti nan tanpèt estrèm, inondasyon ak lòt enpak, chanjman klima osnon lòt pwoblèm koze. Ayiti se yon pwen santral pou anpil katastwòf natirèl. Sa ki enpòtan sèke sistèm enfrastrikti ki pi nesesè yo ta dwe ka reziste sitiyasyon estrèm sa yo. Estrateji a ta dwe chita sou sitiyasyon klima nou prevwa ki pral vini olye pou nou ta gade sou done istorik jan sa fèt kounye a. Yo ta dwe bati kay yo pou yo depann de sistèm chofaj – klimatizasyon dekwa pou entèripsyon nan enfrastrikti enèji a pa mete lavi moun an danje. Sa vle di metòd ki sèvi ak solèy la, van ak lapli kòm sous enèji enpòtan anpil met sou sa sistèm pou rekipere enèji ki soti nan dechè moun ak bèt. Yo dwe konstwi kay yo pou yo ka dire pandan materyo ki anndan yo ka seche fasil pou ede nan rezistans minimòm oubyen nan yon peryòd repriz ki pa long. Deskripsyon detaye kay sa yo ansanm ak enspeksyon konstriksyon yo enpòtan anpil. Nou ta dwe ankouraje konstriksyon tradisyonèl ak Foto natif natal paske sa kreye yon santiman fyète nan kominote a epi sa bay yon sous revni ak devlòpman abilite pou kominote lokal yo. Rapò a va egzamine plan rezistan apati yon pèspektiv global kote n ap bay egzanp bon pratik nan koze a.

Plan pou kay An prensip, tout kay ki itilize sistèm masonnri ta dwe konstwi yon jan pou kolòn beton ranfòse ankadre tout mi masonnri yo. Sa va fè gen yon kaj solid ki bati ki pa gen anpil jwenn epi ki pare pou li reziste fòs move tan estrèm tankou tranblemanntè, inondasyon, van pandan siklòn. Epitou yo ta dwe ankadre/kore tout ouvèti ak kolòn an beton ansanm ak pout (nan tèt yo ak nan apui yo). [Foto 2 ak 3] Si kay nan gen plis pase yon etaj, alò chemen chaj la ta dwe senp, li ta dwe lib.. Kolòn ki ankadre epi ki ranfòse kay nan ta dwe aliyen sou plan vètikal (youn sou lòt). Menm jan an tou, tout mi ki sipòte chaj ta dwe byen aliyen sou plan vètikal pou evite pwoblèm chaj ki manke santre. [Foto 4] Bagay pou nou evite: 1. Twòp pilye ki pa daplon epi ki pa byen kore. 2. Si nou ap bati kay an faz, evite kite ba fè pou ranfò yo rete espoze pandan twò lontan paske sa ka lakòz yo pa bay bon rezilta. 3. Evite plan ki gen anpil fòm ki pa regilyè. Plan sa yo chè youn epitou yo pa bon kont sekous tranblemanntè. 4. Fòk yo ankadre mi vètikal yo epi kore yo pa plis pase 10’ a 12’: [3.0m a 3.6m maks]). Fondasyon Pifò nan fondasyon nou wè pandan nou vizite sit la pa te fon ditou, yo pa te ankadre epi yo te fèt ak gwo wòch gravye tou won. Wòch yo bon kòm pyès santral oubyen ranblè men yo pa bon kòm agrega pou fondasyon ranfòse ni kòm mi an masonnri. Yo twò mastòk pou yo ta gen yon melanj kòrèk pou agrega epi yo twò won paske sa lakòz chaj eksantrik ak presyon vini enpoze yo sou mi ki pa kore; yon bagay kon sa koze pwoblèm. Egzanp nòmal pou mi ak do kay nou konseye parèt nan Foto 8, 9, 10.


306

Chapant do kay la Chapant do kay la (an jeneral sa an bwa), yo ta dwe tache li nan pout an kouwòn nan pou anpeche van tanpèt yo soulve li epi pou li ka kore pandan tranblemanntè. [Foto 11, 12 ak13] Lòt materyo pou kay: Banbou ak adòb Banbou se pi gwo zèb ki egziste. Li gen plis pase 1600 espès sou latè. Gen 33% nan espès yo ki pouse an Amerik Latin (Adams, 1998). Li pouse vit anpil epi yo ka plante li fasil an Ayiti epi yo ka sèvi avèk li kòm yon ranplasman pou materyo konstriksyon. Banbou pa gen parèy paske li solid pou tansyon ak konpresyon epi fòs elastik li rete menm pandan tout tan plant banbou a egziste, pandan fòs konpresyon li ogmante pandan l ap antre nan laj. Sa fè se yon materyo yo ka itilize nan konstriksyon kay. Yo ka melanje li ak adòb pou ranfòse mi yo epi sa ka fè kay yo byen kanpe jan sa parèt nan Foto 15, 16, 17 ak 18). Yo ka sèvi ak adòb tankou tè konprese ansanm ak ranfòsman banbou. Mi adòb konprese konstwi ak yon melanj tè ki konprese an kouch ant fòm yo. Kouch tè a gen 6 pous (15 santimèt) nan wotè. Se yon aktivite ki kontinye kote chak fòm ki fin ranpli yo mete yon lòt sou li. You ka retire fòm nan kou fòm ki sou li a kòmanse paske mi an tè konprese a ka soutni tèt li menm kote a. Epesè tè konprese an pous

Otè maksimòm mi an

121

6’ - 0” (san pout lyezon)

12

8’ - 0” (avèk pout lyezon)

18

10’ - 8”

20

11’ - 4”

22

12’ - 0”

24

12’ - 8”

1

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Tablo 1 Mi an tè konprese ak To otè pa epesè (Sous: http://www.nmcpr.state.nm.us/nmregister/xii21/14.11.11NMAC.htm)

Materyo konstriksyon se yon balans ant ajil, sab ak agrega avèk yon ti siman pou kole tout bagay pou ka estabilize mi yo. Siman se 6% nan total pwa tè a. Fib ak materyèl resikle Gen posiblite pou moun itilize fib nan divès fòm, sitou sa nou wè nan fatra alèkile; sachè plastik, boutèy plastik, fèy bannann, papye ak lòt bagay. Yo ka ranmase yo epi resikle yo kòm materyo konstriksyon. Boutèy plastik ak boutèy an vè Lide pou moun itilize boutèy plastik resikle ki ta pral nan dechè se Andreas Froese ki te vini avè l. An 2001 li te fonde ECO-TEC (http://www.eco-tecnologia. com). An Ayiti boutèy plastik se yon gwo ajan polisyon nan sous dlo, sou plaj epi nan lari. [Foto 19] Konstriksyon mi an depann de yon sistèm masonnri. Poutèt sa li ta bezwen ranfòse ak chapant an beton pou pwoteje li kont aktivite tranblemanntè nan peyi tankou Ayiti. Aktivite konstriksyon an kòmanse lè yo ranmase anpil boutèy resikle (an jeneral ½ lit jiska 2 lit boutèy koka kola oubyen boutèy dlo eksetera). Tèt yo dwe rete entak paske moun va ranpli yo ak tè sèch. Se yon ekonomi paske moun p ap bezwen achte materyo ki pa rafine a. Yon antonwa nou ka fè fasil ak youn nan boutèy resikle yo nesesè lè n ap vide tè nan boutèy yo. Lòt materyo ki nesesè tou se yon kloti fil fè ann asye galvanize, kòd pou mare fil, griyaj baskou ak siman ak sab pou fè materyo pou masonnen. Daprè estimasyon, yon kay 3 pyès ta bezwen apeprè 8000 ½ boutèy yon lit. Yo tabli sistèm fondasyon an menm jan sa fèt pou mòd kay sa yo epi yo plase boutèy yo an ran pandan yo kite yon ti


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

espas ant yo. Espas la mezire ant 1.2 - 2.0 santimèt. Chak boutèy mare youn ak lòt pou yo fòme yon rezo ak yon kòd nan tèt boutèy la, yon lòt nan dèyè boutèy la. Fisèl agrikòl (sizal oubyen naylonn) fasil pou jwenn men li ta pi bon si nou sèvi ak fil fè kloti ann asye galvanize. Mi konstriksyon an kòmanse avèk yon kouch mòtye ak siman ak sab ki mezire 1” (2.5 santimèt) epesè sou yon fondasyon ki gen masonnri regilyè (wòch, blòk oubyen beton). Apre sa yo ranje boutèy yo ak yon espas 2.5 santimèt ant yo. Yo ta dwe sèvi ak pwopòsyon 1 :2.5 oubyen 1 :3 (siman-sab). Apre sa yo kouvri boutèy yo ak yon kouch mòtye ki mezire 2.5 santimèt sou premye kouch boutèy la anvan yo mete dezyèm kouch la. Yo repete demach la jouk yo konplete 3 oubyen 4 kouch pa jou. Nan demen, yo ajoute yon lòt 3 a 4 kouch jouk mi an rive nan otè ki pa depase 10’ - 0” (330 santimèt). Pwochen etap la se mare boutèy yo ansanm nan yon fòm triyang pou nou ka sèten yo aji ansanm tankou yon mi. Yon lòt opsyon se plase fil aligati pou kloti a sou mi an epi mare tèt boutèy yo ladan yo ak kòd pou mare fil jan nou montre sa nan Foto yo. Yo ka kite mi an kon sa oubyen yo ka randui li selon sa yo deside. Yo ta dwe vide dlo sou mi yo pandan omwen 3 ak 5 jou pou li pèmèt mòtye a kwit epi yo ta dwe kouvri yo ak sak sik oubyen sak plastik pou pwoteje mi an oubyen pou anpeche yo seche twò vit. [Foto 21] Sachè plastik Sachè plastik yo jete se yon gwo danje pou anviwònman nan anpil peyi ki sou wout devlòpman. Yo pa fasil pou yo jere, moun jwenn yo tout kote epi yo jete yo nan lari a, nan sous dlo san okenn konsiderasyon pou enpak yo ka genyen sou anviwònman an. Bon nouvèl la sèke yo ka ranmase yo epi resikle yo pou yo tounen materyo konstriksyon bon mache moun ka itilize kòm blòk masonnri. Demach la kòmanse nan ranmase sachè plastik nan lari a, kay moun, nan biznis epi voye yo nan yon sant pou sachè plastik. Nan sant lan, yo

konprese yo pou yo tounen blòk ak yon dimansyon 8” x 8” x 16” ki peze 1.5 liv olye pwa blòk regilye CMU yo ki peze 35 – 55 liv . Gras a envansyon UBUBTU-BLOX (Lacey, 2010) yon machin konpresyon ki fasil pou fèt ki fasil pou moun itilize. [Foto 22] Menm jan ak lòt kay sistèm ann Ayiti, nou konseye moun itilize mi ak sachè plastik resikle yo kòm masonnri ant kolòn chapant an beton ki fèm ak pout epi mi ki fini yo randui ak siman. Yo konstwi mi sou dal beton atè a ki gen wotè omwen 8” (20 santimèt) oubyen ki gen wotè ki pi wo pase nivo liy dlo inondasyon. Dal beton an va gen ba fè #4 or #5 ki ka konekte nan beton an epi ki va ale nan distans 16” (40 santimèt) anwo nivo dal la 8” (8 santimèt) nan sant yo. De kouch pyès blòk UBUBTU-Blox. Yo va plase pyès yo dekwa pou 2 ba ka pase ladan yo. Lè yo va konstwi kou nimewo 3 ak nimewo 4 yo ajoute nouvo ba fè #4 pou yo ka mare pyès blòk yo ansanm Foto 24. Yo repete demach sa a jouk mi an rive nan otè yo vle, yon otè ki pa depase 10’-0” (330 santimèt). Nan chak kou, yo te ka lye blòk yo pito avèk fil aligati oubyen griyaj avèk pwent fil k ap soti nan ba fè kolòn yo. Yo fin travay mi yo lè yo plase fil aligati baskou nan blòk yo epi mare yo, apre sa pase yon kouch randui siman ak sab ki mezire 1” (2.5cm) sou li. Yo sèvi ak Stucco sou rebò fenèt ak pòt ak kwen pou plis fòs. An jeneral, griyaj la ak lat la pou yo rete an plas, yo mare yo ak fil aligati ki pase nan blòk yo oubyen pens an fòm “U” nan blòk yo. Referans Bosher, L.S. (ed.) (2008) Hazards and the Built Environment: Attaining Built-in Resilience. London: Taylor and Francis. Bruneau, M., Chang, S., Eguchi, R., Lee, G., O’Rourke, T., Reinhorn, A. M., Shinozuka, M., Tierney, K., Wallace, W., and Winterfelt, D. (2003). A framework to Quantitatively Assess and Enhance the Seismic Resilience of Communities. Earthquake Spectra, Vol. 19(4), pp.733-752.


308

Foto 2 Egzanp plan senp (ilistre pozisyon mi sizayman yo, kolonn yo). Test.

Foto 3 Aksonometri yon plan senp (ilistre pozisyon pout, kolòn ki fòme konstriksyon an kaj. Yo ka fè ranblè pou mi yo ak masonnri an beton (CMU), lòt materyo tankou masonnri an tè ajil, plastik resikle ki konprese, debri eksetera).

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Foto 4 Dyagram chemen chajman pou kay rezidansyèl plizyè etaj.

Foto 5 Plan ak fòm senp


310

Faz 1 = 1 Faz 2 = 2 Faz 3 = 3

Foto 6 Apèsi devlòpman pa faz

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Foto 7 Egzanp devlòpman pa faz senp yon kay san etaj ak galri. Note kote jwen soup yo ye (kizin ki deyò, yo itilize pou yo separe blòk 2 kay yo epi redui domaj pandan tranblemanntè. Si sa pa posib pou moun itilize fòm rektangilè, mete yon jwen soup pou pwoblèm pandan tranblemanntè ki pèmèt rès kay la ak moun ki ladan yo sove.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Foto 8 Detay pou do kay o nivo pout an kouwòn nan san dal Foto 9 Detay pou do kay o nivo pout an kouwòn nan san dal (an jeneral pou kay ki gen 2 etaj)


312

Foto 10 Detay nan mi an nan fondasyon anba. Note pout pou ranfò nan nivo lanmè ansanm ak pout lento ansanm ak kouwòn ki lye ak kolòn chapant nan 2 bò ouvèti yo (fenèt ak pòt nou montre sa nan Foto 2 & 3). INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Foto 11 Aksonometri detay jwen do kay la


314

Foto 12/13 Detay jwen altènatif INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Foto 14 Ranfòsman tipik nan kolòn


316

Foto 15 Plan tipik yon kay kote se banbou ki estrikti prensipal la.

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Foto 16 Chema tipik yon kay banbou.


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Foto 17/18 Detay baz pou banbou.

Foto 19 Kolonn banbou, chapant, detay pou ranfòsman planche.


318

Foto 20 Mi ak adòb konprese

Foto 21 Mi ak boutèy an glas

Foto 22 Moun ap fè UBUBTU-BLOX

Foto 23 Mi UBUBTU-BLOX

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Cimellaro, G. P., A. Reinhorn, M. Bruneau , (2010) Framework for Analytical Quantification of Disaster Resilience”. Engineering structures, Vol. 33, pp. 3639-3649. Hamelin, J-P. & B. Hauke (2005) Focus Areas: Quality of Life - Towards a Sustainable Built Environment. Paris: European Construction Technology Platform, Hollling, C. S., (1973) Resilience and stability of ecological systems, Annual Review of Ecology and Systematics Vol. 4: pp.1-23 Little, R. (2004) ‘Holistic strategy for urban security’. Journal of Infrastructure Systems. Vol. 10(2), pp. 52-59. Resilient Design Institute (2013). Resilient Design Strategies. Brattleboro, VT. [Available] from http://www. resilientdesign.org/resilient-design-strategies, [Accessed] September 14, 2014. Singh, B. & Cohen, M. (2014) Climate Change Resilience, Oxfam Research Reports, Cowley, Oxford: Oxfam GB for Oxfam International USAID, (2008). Haiti - Storms. Washington, DC.: USAID General Information Moore, R. (2014) Children play on the litter-strewn beach off Jacmel, [Online] [Accessed] from http:// robinmoore.photoshelter.com/image?&_bqG=1&_ bqH=eJxNjssOgjAQRf.


320

Kalkile konbyen konstriksyon koute

Jackie Génard, Konsiltan Sèvis Devlopman epi Adjwen rechèch nan CUCD Estrateji yo pwopoze nan seksyon kit Easy-Build la pale de enkyetid moun ap genyen sou pratik konstriksyon kay nan zòn lan jodi a ki se pratik ki pa ofri sekirite. Prensip konstriktif je Easy-Build la moun ka aplike li pou nouvo konstriksyon, lè y ap rekonstwi oubyen lè y ap fè renovasyon pou mete estrikti yo a nivo. Pou ekip la vini ak rekòmandasyon sa yo, li fè yon analiz metodik sitiyasyon ki te egziste a, fè anpil seyans travay ak manm kominote a ansanm ak espesyalis nan konstriksyon lokal. Men faz travay ki te debouche sou kit Easy-Build yo: 1. Idantifikasyon bezwen fanmi yo 2. Analiz kondisyon ki deja egziste a. Gwoup kay ki deja egziste - Lakou b. Mòd kay ki deja egziste 3. Konsilte moun zòn nan sou estrateji pou yo satisfè bezwen fanmi yo Nou te devlope kategori pi ba yo kòm rekòmandasyon: a. Gwoup kay nou pwopoze - ‘nouvo’ Lakou b. Mòd kay nou pwopoze c. Pri gwosomodo pou pwototip patikilye d. Lòt modèl kay ak konbyen yo ka koute I. Chèche konnen sa fanmi yo bezwen Atelye kominotè yo te fè pandan plizyè vwayaj ekip pou pwojè a te fèt pou yo ka pran ka bezwen kominote a ak pou INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

yo pran gou yo an konsiderasyon prezante fenomèn dwòl kote plizyè moun ki ret nan zòn nan soti nan definisyon orijinal sa moun ta rele yon kay ki pa kay lavil ann Ayiti. Anvan, yon kay se te yon seri pyès kay, moun genyen kay 3 oubyen 4 pyès. Kounye a kominote a vle redefini kay. Kounye a yo vle pou kay yo bati ak yon objektif. Yo te bay chak patisipan atelye a yon moso papye pou yo kominike vizyon yo genyen de vil la. Chak repons patisipan yo montre ekip la yon seri plan ki byen defini ki gen enfòmasyon sa yo: • Pyès ki la pou yon rezon • Twalèt anndan kay la • Kizin endividyèl • Plizyè chanm • Tip abitasyon ki pi modèn olye yo tradisyonèl Ansyen mantalite kòmkwa moun gen yon kay ak plizyè pyès chanje vit pou li tounen lide pou moun gen yon kay ak 2 oubyen 3 chanmakouche, yon kizin enteryè, yon twalèt, yon salon ak yon salamanje. Modèl sa a pa tèlman kouran nan rejyon an. II. Analiz kondisyon ki egziste kounye a Gwoup kay ki deja egziste - Lakou An jeneral yo rele gwoup kay sa yo lakou. Se yon rasanbleman tradisyonèl yon seri kay ki pataje yon menm espas. Nou ka defini li kon sa: • Yon espas yon grenn fanmi okipe ak paran k ap viv menm kote a (plizyè kay nan menm lakou a), • Yon espas divès fanmi abite, kote yo endepandan (se menm konfigirasyon an, plizyè kay nan yon lakou) oubyen • Yon espas kote yon sèl fanmi ki gen anpil moun abite (yon abitasyon pa lakou).


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Lakou ki gen plizyè fanmi

Lakou ki gen yon sèl fanmi


322

Tip kay ki la kounye a Konpozisyon kay tradisyonèl ki deja egziste varye selon zòn nan. Nou ka klase yo kon sa: Kay • riral • lavil • banlye Materyo yo sèvi pou bati kay nan zòn riral Yo fè yo ak resous yo jwenn sou lamen. Kay sa yo se egzanp prensip plan kay ki ka dire. Men paske yo manke pran swen kay sa yo, estrikti kay nan pa gen ase sekirite. An jeneral yo fè estrikti sa yo avèk chapant bwa epi ak finisyon an bwa oubyen ak tè ajil. Materyo yo sèvi pou bati kay lavil ak kay nan banlye Kay lavil ak nan banlye se konstriksyon natif natal ak estrikti an bwa, men tou gen kay ki fèt ak estrikti an masonnri tou (CMU) avèk do kay an tòl oubyen dal beton epi pafwa move sistèm vantilasyon akòz fenèt ki piti oubyen ki fiks. Kay sa yo ka gen yon planche an dal beton ki wo oubyen yo ka chita sou yon senp fondasyon. Men fondasyon estrikti bay ekip konstriksyon an yon chans pou li kreye yon kit pou konsktriksyon ki tou pare epi ki chita sou sistèm konstriksyon moun yo deja konnen pou yo ka amelyore konstriksyon yo ansanm ak kalite lavi yo. III. Strategies to address the needs Estrateji pou pale de sa moun bezwen 1. Posiblite vantilasyon 2. Posiblite pou kizin ak twalèt ki nan kò kay la 3. Posiblite pou twalèt nan kay ak kizin detache 4. Enfrastrikti pou jere dechè twalèt la 5. Konektivite enfrastrikti: douch/twalèt yo ka flòch 6. Posiblite pou yo kenbe lide Lakou a menm ak opsyon pou kizin anndan kay. a. Pou yon grenn fanmi b. Pou plizyè fanmi INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

IV. Rekòmandasyon: Tip kay nou pwopoze Apre konsiltasyon avèk esplorasyon pou ekip la okipe bezwen kominote a, li reponn ak yon seri pwopozisyon pou kay. Pwototip kay yo vo ni pou zòn riral ni pou zòn lavil pandan yo kenbe sa ki espesyal nan konstriksyon lakou yo kit se kòm yon seri kay pou yon grenn fanmi kit se pou plizyè fanmi kit se pou yon lòt modèl. Kit Foto Easy-Build la gen plizyè pri ak metodoloji konstriksyon diferan. Chak kay pou fanmi yo ap gen chanm patikilye (chanm a kouche, salon, salamanje), yon kizin ak yon twalèt. Kay yo fèt ak blòk beton epi yo kouvri an tòl oubyen kay ak blòk beton yo kouvri ak dal beton. Nou mete opsyon pi ba yo pou zòn ki konn gen inondasyon tankou Koray oubyen Lili. Blòk an beton elve yo kouvri an tòl oubyen blòk beton yo kouvri ak dal beton. Konbyen yo estime kay yo ka koute Pri de baz kouran se yon pri gwosomodo e yo varye ant 41$ ameriken ak 51$ ameriken pa pye kare. (nan lè yo t ap fè estimasyon an 1, dola ameriken te vo 45 G. Nou tabli devi pou pye kare selon pri pou konstriksyon kounye a 41 $ pa pye kare) Apeprè 1845 goud pa pye kare. Dimansyon yo varye ant 600 pye kare ak 1000 pye kare


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Mòd Riral

Mòd Riral

Mòd Lavil

Egzanp yon Foto yon patisipan nan atelye a kreye epi yon plan yon manm ekip konstriksyon an bati apre. Entèpretasyon Foto Derrik W. Smith, yon manm ekip la te fè


324

Pwopozisyon pri konstriksyon pou devlopman riral ak devlopman lavil Opsyon 1 Sa yo sijere: chapant ak blòk CMU ak do kay an tòl • Blòk beton • Chapant ak metal oubyen an bwa pou do kay la • Tòl pou kouvri kay la Pri: 41 $ ameriken pa pye kare - 1845 G pa pye kare Dimansyon varye ant 600 pye kare ak 1000 pye kare Pri varye ant 24 600 $ ameriken ak 41 000 $ ameriken. Apeprè 1 107 000 G ak 1 845 000 G. Opsyon 2 Sa yo sijere: Chapant ak blòk an beton ak do kay dal beton • Blòk an beton • Chapant an metal oubyen an bwa pou do kay la • Do kay an dal beton ame lejè Pri: 41 $ ameriken pa pye kare - 1,845 G pa pye kare. Dimansyon varye ant 600 pye kare ak 1000 pye kare Pri varye ant 24 600 $ ameriken ak 41 000 $ ameriken. Apeprè 1 107 000 G ak 1 845 000 G. Opsyon 3 Sa yo sijere: Chapant ak blòk CMU elve ak do kay an tòl • Pilye an beton • Blòk beton • Chapant an metal oubyen an bwa pou do kay la • Do kay an tòl Pri 51 dola ameriken/ pye kare - 2,295 G/ pye kare Dimansyon varye ant 600 pye kare ak 1000 pye kare Pri yo varye ant 30 600 dola ameriken ak 51 000 dola ameriken apeprè 1 377 000 G to 2 295 000 G INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Opsyon 4 Sa yo sijere: chapant ak blòk CMU elve ak do kay an tòl • Pilye an bwa • Blòk beton • Chapant an metal oubyen an bwa pou do kay la • Do kay an beton Pri: 51 $ ameriken pa pye kare - 2,295 G pa pye kare. Dimansyon varye ant 600 pye kare ak 1000 pye kare Pri yo varye ant 30,600 dola ameriken ak 51,000 dola ameriken. Apeprè ant 1 377 000 G ak 2 295 000 G. Lakou yo pwopoze Pou konsève fòm orijinal lakou yo, ekip la pwopoze yon opsyon ki ka dire plis ki gen espas pou fòs septik ki va konekte ak sistèm twou ego a pi devan. Lakou yo pwopoze yo kenbe fòm tradisyonèl kay pou plizyè fanmi oubyen yon sèl fanmi jan nou montre sa pou chak kay. Lakou yo pwopoze yo va mete espas pou konduit pou dlo ak eleman septik epi fos septik la va nan yon pozisyon ki byen lwen pi a. Ap gen yon zòn pou bèt yo gade jan nou abitye wè sa nan lakou yo; epi ap gen yon zòn pou fè jaden fèy ak epis. Yon pwototip yon lakou nan yon zòn ki mwen riral genyen yon espas pou lavant nan lakou ki bay sou lari a pandan rès espas pou kay yo rete yon zòn prive nèt pou afè fanmi an. Lakou a t ap pran divès fòm dapre jan yo mezire tè ki gouvène fòm li. Genyen ki gen fòm pi long pase lòt epi genyen ki pi konsantre pase lòt. Kwakilanswa, lakou nou pwopoze a va ankouraje konstriksyon yon kay pou fanmi kote li pi fasil pou moun viv, ki va gen pi bon kondisyon sanitè ak dlo potab pou espas


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Zòn riral ak zòn lavil: Opsyon 1

Zòn riral ak zòn lavil: Opsyon 2

Zòn riral ak zòn lavil: Mòd kay yo sijere

Zòn riral ak zòn lavil: Opsyon 3 ak opsyon 4


326

Gen plizyè faktè ki va deside fòm lakou a tankou topografi tè a, dimansyon tè a, gwosè fanmi an ak bezwen yo epi si se nan yon zòn riral li ye oubyen nan yon vil.

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Foto yon lakou ki gen yon boutik nan bò ki bay sou lari a.


328

la. Yo pa fè li pou preskri yon nouvo fason pou viv oubyen yon mòd lavi enpòte; okontrè, se yon plan byen desine pou yon kay ayisyen ki pi bon, ki vin gen fonksyonalite pou ogmante kalite lavi pou itilizatè yo an jeneral. Foto (ki sou de paj anvan yo) se varyasyon sou tip sa a. Se vre yo se entèpretasyon, men yo entegre nan kominote a epi yo kontribye nan karaktè kominote a ann antye. Tout plan yo chita sou kontribisyon patisipan kominote lokal yo nan seyans brase lide pou kay yo. Yo ka adapte plan yo pou zòn riral yo menm jan ak zòn ki plis nan kè vil yo. Se devanti yo ak dimansyon tè yo ki va deside kouman y ap plase sit yo ak kay yo. Altènatif pou devlòpman ki dirab Pri pou konstriksyon nou pwopoze Nan demach pou nou bay moun nan zòn yo yon bon opsyon ki pwofite de materyo konstriksyon altènatif oubyen ki monte sou fondasyon ki pi wo pase nivo inondasyon nan plenn yo, men opsyon nou te egzamine: pri yo varye ant 10 ak 20 dola ameriken pa pye kare. Apeprè 1845 G pa pye kare. Dimansyon yo varye ant 600 pye kare ak 1000 pye kare. Opsyon 1 Sa nou pwopoze: chapant an bwa lejè ki kouvri ak fèy kokoye. Sèvi ak materyo ki ka dire tankou • Bwa ki sou lamen ak sistèm klise bwa yo sèvi pou fè panno sou deyò a • Chapant do kay ak kouvèti ki fèt ak materyo bwa ki pouse nan zòn nan • Panno ki fèt ak materyo an bwa ki klise epi ki kouvri ak yon kouch tè ajil ki kouvri ak penti Dimansyon: 600 pye kare pou 10 dola ameriken pa pye kare Pri total: 6 000 dola ameriken/ 270,000 G INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè

Opsyon 2 Sa nou pwopoze: chapant an bwa lejè avèk do kay an tòl • Itilize bwa ki sou lamen pou panno yo ak mi separasyon anndan kay yo • Fèy metal fèblan sou pout chapant an bwa yo • Ak finisyon an bwa Dimansyon: 600 a 800 pye kare pou 15 dola ameriken Pri total: 9,000 a 12,000 dola ameriken/ 405,000 a 540,000 G Opsyon 3 Sa nou pwopoze: chapant an bwa lejè avèk finisyon ak tè ajil • Nan kèk sikonstans yo dwe fè fondasyon an ak pil bwa nan nivo ki pi wo pase nivo lanmè a. Dimansyon: 800 ak 1000 pye kare at 20 dola ameriken Pri total: ant 16,000 ak 20,000 dola ameriken/ ant 720 000 ak 900 000 G


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Altènatif pou devlòpman dirab: Opsyon 1

Egzanp modèn tipoloji natif natal

Altènatif pou devlòpman dirab: Opsyon 2

Altènatif pou devlòpman dirab: Opsyon 3a

Altènatif pou devlòpman dirab: Opsyon 3b


330

Inisyativ Haiti : Planifikasyon pou avni Akayè Gid pou lis pri materyo konstriksyon (Pri yo ka chanje) Materyo

Pri an Goud

Pri an dola ameriken

3x3x5m³ Sab (blan)

4500

102. 27

3x3x5m³ Sab (nwa)

7000

159.09

3x3x5m³ Sab silise (blan)

8500

193.18

3x3x5m³ Wòch

3500

79.54

3x3x5m³ Gravwa

4500

102.27

1 Blòk (dimansyon 10)

25

0.57

1 Blòk (dimansyon 15)

30

0.68

1 Blòk (dimansyon 20)

40

0.91

1 liy fè 1/2

360

8.18

1 liy fè 1/4

450

10.24

1 liy fè 5/8

750

17.05

Fisèl (100 liv)

2900

329.55

2x4x16

500

11.36

2x2x14

450

10.23

2x4x12

400

9.09

1x4x14

250

5.68

1x12x16

750

17.05

Bwa

1x6x16

450

10.24

Bwat pou klou

1500

34.09

Klou tòl

1700

38.64

Vis pou tòl (100 grenn)

2000

45.45

1 sak Siman

320

7.27

6 ft pye tòl

200

4.54

12 ft pye tòl (pi solid)

900

102.27

INISYATIV AYITI: Plan/Rapò vizyon sou Akayè


Yon zòn ki dirab-Prepare plan/ fѐ estratѐj Echèl konstriksyon

Itèm

Pri an goud

Pri an dola ameriken

4 pous x 10

240

5.54

3 pous x 10

230

5.23

2 pous x 10

130

2.95

Tiyo pvc

Koub 4 pous

75

1.71

Rakò 4 pous

110

2.5

2 pous

25

0.57

Rakò 2 pous

35

0.8

Tiyo sch40 1 pous

500

11.36

Tiyo sch40 3/4 pous

175

3.98

Tiyo sch40 1/2 pous

150

3.41

Bushing 4 pous x 2 pous

100

227

Materyo elektrik pa inite (vis 3/4)

30

0.68

Coub 3/4

5

0.11

Bwat Andy

30

0.68

Bwat Sexio

30

0.68

Bwat Elektrik

30

0.68

Fisèl elektrik 12 (Chin) 500 pye

1500

34.09

Fisèl elektrik 14 (Chin) 500 ft

1200

27.27

Fisèl elektrik 12 (USA) 500 ft

4000

90.90

Fisèl elektrik 14 (USA) 500 ft

3000

68.18

Switch S

20

0.46

Plòg

20

0.46

Switch sekirite

1000

22.72

Penti 5 galon penti akrilik

1050

23.86

1 galon penti klere

600

13.634


332

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Plan daksyon


334

Plan travay

epi yo reponn dirèkteman avèk rekòmandasyon yo ka aplike. Premye etap pou yo atenn objektif yo se fòmalize enstriman sa a epi adopte estrateji nou rekòmande yo nan planifikasyon santral ak lokal.

Sonia Chao, envestigatè prensipal Direktè CUCD

Yo deja fè premye demach yo nan komin nan. Nan ti brase lide nou te fè an mas la, tout patisipan nan kominote ki te asiste prezantasyon final la siyen yon postè ki montre yo apiye Foto ak planifikasyon Inisyativ la pwopoze. Yo kanpe dèyè Vizyon an. Se Vizyon yo.

Modèl ki soti nan brase lide a bay fowòm nan okazyon pou gen angajman sivik toutbon epi li pèmèt brase lide ant pwofesè inivèsite, pwofesyonèl, lidè, sosyete sivil la ak sitwayen. Rapò Vizyon pou Akayè Inisyativ Ayiti a ansanm ak Plan pou Akayè a se yon plan d aksyon pou yon devlòpman dirab nan rejyon an. Li respekte volonte pèp Akayè a epi nan Foto yo li bay anbisyon pou rejyon an yon fòm. Avèk rapò sa a, yo pase mayèt la bay lidè kominote, lidè sosyete sivil la ak lidè lokal ki angaje nan konsevwa avni yo nan 18 mwa Inisyativ Ayiti ki sot pase yo, dekwa pou yo ka fè lide yo vanse. Yo gen pou misyon pou yo mete plan Vizyon an ann aksyon pou tan k ap vini pi devan. Nou idantifye yon echèl priyorite ki komen pou rejyon yo, vil yo ak kay yo. Nou ekri gran liy Vizyon an. Defi yo gwo ni nan etap yo ni nan pòte yo e yo varye. Sa vle di pa gen yon sèl antite oubyen enstitisyon ki ka afekte chanjman ki nesesè pou kont li. Fòk gen yon kowalisyon moun ak òganizasyon ak reprezantan ki soti nan tout gwoup nan chak kominote. Moun sa yo, òganizasyon sa yo dwe genyen yon objektif komen epi yo dwe dakò pou yo travay ansanm, konprann pwoblèm yo, fè pwopozisyon, sèvi kòm dirijan epi rezoud pwoblèm prensipal yo. Priyorite ak pwochen etap Rapò Vizyon Akayè ak Plan Vizyon Akayè inisyativ Ayiti a konsidere enkyetid sitwayen ak lidè lokal yo fè yo konnen

Pandan menm vwayaj la, menm patisipan sa yo te fòme yon òganizasyon popilè nan kominote a: ECODA ki gen misyon pou li kolabore avèk lidè gouvènman lokal la pou yo ka fè Vizyon an tounen yon reyalite nan ane k ap vini yo. Depi ECODA te fonde, manm yo rankontre regilyèman pou yo trase estrateji epi kòmanse aplike rekòmandasyon Rapò Vizyon an. Yo kòmanse avèk Lekòl pwofesyonèl la, yo rankontre avèk reprezantan Youthbuild International ansanm ak lidè gouvènman lokal pou yo ka plis defini bezwen pou pwogramasyon epi idantifye sit ki ka sèvi pou kay yo. Omwen inisyativ sa a sèvi pou li fè aktivis nan kominote a mete tèt ansanm. Sa a se yon gwo kòmansman. “Men anpil chay pa lou.” Lè pèp la ini, vwa li pi fò. Sa vle di yo nan pi bon pozisyon pou yo travay men nan men avèk gouvènman lokal la ansanm ak gouvènman santral la epi ak lòt manm sosyete sivil la pou yo ka akselere reyalizasyon Vizyon yo epi konstwi chanjman. “L’Union Fait la Force.” “Men anpil, chay pa lou.” ‘Inyon’ sa a yo ka alimante li epi ranfòse li plis toujou ak sipò aktif epi konsistan gouvènman santral la ak gouvènman lokal la epi plis inisyativ konstriksyon ak finansman bò kote gwoup piblik, prive, ak gwoup filantwopik.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Plan daksyon

Moun ki sèvi lyezon lokal, kòdonatè lokal ak twa nan uit manm ekip Foto CUCD a devan postè pou moun siyen, mas 2014


336

Nou rekòmande pou ta gen 2 lòt òganizasyon kominotè, youn ki pou konsantre sou enèji ak yon lòt ki pou konsantre sou agrikilti - yon koperativ pou enèji ak yon koperativ pou agrikilti. Koperativ ka ede fi nan rejyon an gen plis patisipasyon nan devlòpman ekonomik la. Yon koperativ ka negosye pri pi byen, òganize seyans pou ranfòse kapasite teknik inovasyon yo (agrikilti ou byen pwodiksyon enèji), vant, kontablite epi devlope plan biznis avèk yon sezon pou yo kontinye devlope epi pou yo gen siksè ki dire lontan. Yon koperativ pou agrikilti ka fè patenarya ak gwoup piblik, gwoup prive epi gwoup filantwopik pou yo konstwi refrijerasyon, izin tretman ak depo pandan yon koperativ pou enèji ka chèche patenarya pou li mete lòt fòm enèji ki dirab soti nan nivo kay yo pou rive nan nivo rejyon an. Pezape, nenpòt nan koperativ sa yo ka devlope sou gwoup ki konsantre sou yon branch nan biznis la oubyen sou espesyalizasyon. ECODA an pozisyon kounye a pou li kolabore avèk gouvènman an, ONG, gwoup prive, gwoup piblik ak gwoup filantwopik sou konstriksyon kay ak espas pou abitan yo. An menm tan, yon koperativ pou enèji kapab konsantre sou travay pou aplike endepandans pou enèji epi yon koperativ pou agrikilti ka travay sou sante resous natirèl rejyon an, metòd agrikòl epi estabilite ekonomik ak devlòpman agrikilti tankou entwodiksyon metòd agrikòl, agwotouris ak eko-toutris. Twa òganizasyon kominotè ka mete tèt ansanm pou yo pouse chanjman epi youn apiye lòt lè sa nesesè. Atravè inisyativ sa yo, nou defini priyorite planifikasyon ak konsepsyon abitan Akayè yo epi rekòmandasyon ekip konsepsyon an rekòmande pi bon metòd pou reyalize yo. Rekòmandasyon sa yo tonbe daplon avèk regleman iben gouvènman an ansanm ak prensip entènasyonal ki la pou devlòpman ak rezistans dirab. Pi devan, otorite pou konstriksyon zòn nan avèk lòt lajan gouvènman santral la ka bay ka travay ak abitan yo pi byen dekwa pou chak pa nan devlòpman rejyon an respekte vizyon jeneral abitan nan zòn

nan genyen pou rejyon an jan sa ekri nan Rapò sou Vizyon an. Lè nou bay abitan yo enfòmasyon ‘anvan, sa ka pèmèt pwojè konstriksyon k ap vini yo fèt san pwoblèm nan respè prensip sekirite yo. Yon sipèvizyon pwojè konstriksyon ki pi sere nan tout zòn nan ka anpeche moun bati kay ki pa gen sekirite. Pwochen etap apre inisyativ sa a se devlope yon relasyon ki pi solid ant òganizasyon kominotè yo, sitwayen yo ak tout nivo nan gouvènman an. Kanal kominikasyon ki rete louvri se kle. Pou kounye a, apre ajans gouvènman ki konsène yo egzamine epi apwouve rekòmandasyon sa yo, yon analiz finansyè (Pwofòma) gouvènman santral la ak gouvènman lokal la va fè sou pwopozisyon o nivo rejyon ak vil yo nesesè kòm premye etap. Plis konsiltasyon ak kominote lokal yo, ECODA ak lòt manm sosyete sivil nan rejyon an, kit yo la kit y ap fòme se koze ki enpòtan pou gen pwogrè dekwa pou defini priyorite pou faz aplikasyon an epi pou ranfòse kolaborasyon epi akselere demach pou pran desizyon yo. Jan sitiyasyon an ye kounye a, Komin nan pa byen sèvi ditou pou sa ki regade rezo enfrastrikti, sèvis edikasyon ak sèvis sante. Benefis yo ka tire nan planifikasyon ak konstriksyon nouvo enfrastrikti ak lokal nan zòn nan kounye a sèke pezape li ka akeyi yon pi gwo kantite moun pandan l ap ankouraje estabilite ekonomik ansanm ak pi bon prensip edikasyon ak sante pou kounye a. Aksyon ki nesesè tousuit Ekip konsepsyon Inisyativ Ayiti a rekòmande konstriksyon rezo enfrastrikti ki nesesè anpil (dlo, elektrisite, tretman dechè ak wout) gen priyorite ansanm ak lokal pou sante piblik ak pou edikasyon. Sa dwe kòmanse ak dlo potab epi tretman dechè. San dlo potab epi san yon mwayen kòrèk pou tretman dechè, epidemi ka frape nenpòt lè. Kòm sa prèske pa egziste, nouvo rezo enfrastrikti ka sote dirèkteman sou altènatif pou 21èm syèk la ki dirab tankou

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Plan daksyon

yon chan tibin ki fè kouran ak van ansanm ak pwodiksyon enèji idwo-elektrik ki kab ede rebwazman ansanm ak rediksyon inondasyon. Pandan tan sa a, ak èd gwoup filantwopik, yo ta dwe ankouraje abitan yo ak biznis yo pou yo itilize fou ki mache ak enèji solè epi bati kay ki pi wo pase nivo inondasyon plenn yo pou 100 an. Pwoteksyon tout resous natirèl - nan lanmè, bò lanmè, plenn yo ak montay yo - konekte kole kole ak sante jeneral epi pwosperite rejyon an. Lè tout moun alawonnbadè rekonèt sa, chak jou, chanjman pozitif nan rejyon an va dekole epi tout abitan Akayè va rive atenn li. « Sa ou plante se li ou rekòlte » Lè nou gade konsekans grav dlo desann sibit genyen sou lavi moun ak sou byen moun, rebwazman rejyon montay yo ak mang sou kot yo se koze yo dwe trete tousuit. Trase teras nan pye mòn yo ka ede ralanti dlo inondasyon yo pandan li ogmante kantite tè ki ka fè jaden epi entwodi pratik agrikòl oubyen kilti inovatif tankou kilti banbou. Sa va kontinye devlòpman ekonomik la tou. Rebwazman mang afekte lavi marin nan ak ewozyon bò lanmè yo epi pwoteje kominote yo kont lanmè k ap monte ansanm ak lòt menas natirèl. Sante piblik ak edikasyon enpòtan anpil. Nan nivo batiman administratif yo: yon rezo klinik medikal pou tout rejyon an nesesè tousuit pou sèvi kominote nan plèn yo ak mòn yo. Si yo pa ka jwenn ansèyman inivèsite abitan rejyon an pa p ka avanse. Sa vle di, bilding pou ansèyman siperyè ni nan mòn yo ni nan plèn yo ansanm ak lekòl pwofesyonèl, branch inivèsite ak enstiti rechèch nan plenn nan se kle pou yon avni ki pi bèl. Rannman imedya Gras ak enterè Youthbuild International pou yo bati yon lekòl pwofesyonèl pou divès pwofesyon nan zòn nan, objektif sa a nou ka rive atenn li anvan lontan. Lekòl pwofesyonèl

ka ogmante mendèv rejyon an epi pwogram ki ofri sètifika kapab fè etidyan yo tounen anplwaye moun vle bay travay. Finansman, moun ki pou travay ak plan an pou yon bon tan pou chak rekòmandasyon yo merite pou yo konsidere yo depi kounye a. Se menm bagay pou idantifikasyon patnè pou aplike rekòmandasyon sa yo ak pou siksè yo pou lontan. Pwojè sivik sa yo enpòtan anpil pou sante rejyon an ak pwosperite li. Inovasyon ak pratik komèsyal djanm ki gen enpak ki dire Espansyon endistri touris la nan direksyon altènatif ki pa tradisyonèl ka reprezante chans travay tou ansanm ak ti biznis. Devlope prensip pou Agwotouris ak prensip pou ospitalite. Ogmante maketin rejyon an epi tabli yon rezo rejyonal nouvo aktivite sou latè, nan lanmè ak nan mòn you pou atire touris ki pa tradisyonèl. Tabli aktivite ak gwoup ki mennen antreprenarya ak reyalizasyon pèsonèl. Kore konpayi k ap derape ak asistans teknik oubyen opòtinite finansyè tankou lajan pou koumanse yon biznis oubyen liy kredi pou aktivite kle tankou kilti banbou, fè teras nan mòn epi bati pansyon otèl (B&B). Nouvo endistri, tankou tretman dechè pou tounen biyomas, resiklaj fatra pou materyo konstriksyon epi kilti banbou pou konstriksyon se nouvo endistri nan zòn nan ki ka akselere rekiperasyon sante anviwònman zòn nan pandan sa ap kreye nouvo sektè travay tou. Sant administratif ak sant komèsyal bò wout nasyonal la ka sèvi pou katalize devlòpman ekonomik atravè tout teritwa a, menm jan ak konstriksyon refrijerasyon ki nesesè, sant tretman, depo ak sant distribisyon pou pwodui agrikòl. Devlòpman dirab pozitif Yon nouvo vil bodmè, nan nò Lili kapab akeyi abitan ki abite la kounye ansanm ak nouvo rezidan nan rejyon an pandan l


338

ap aji kòm yon zòn pou touris si yo byen konsevwa li epi yo byen konstrui li. Sa nou vle di, sèke sa pa ta dwe yon zòn byen fèmen pou elit la, li ta dwe yon ti vil ayisyen toutbon vre yo ka itilize pou plizyè bagay, kote moun ka mache, ki ofri divès sèvis tankou biznis, sèvis, tip kay pandan zòn kot la rezève pou tout piblik la. Yon patenarya piblik prive se ka pi bon posiblite pou nou mete lide sa yo an pratik. Avni Akayè Avèk ‘Plan Vizyon’ » an ansanm ak asistans teknik ki disponib, lidè lokal, sosyete sivil la ak tout sitwayen yo ka rekòlte kwasans dirab ak endepandans ekonomik. Kòm nenpòt kiltivatè ka di sa, yon gwo rekòt mande swen, responsablite, pasyans ak pèseverans devan baryè natirèl oubyen baryè lezòm mete. Yon bon dòz kolaborasyon ka mennen nou lwen tou. Faz aplikasyon Plan Vizyon an ki se vizyon pèp Akayè pa p diferan. « Bondye di ou. Fè pa ou, m’a fè pa’m”. »

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Plan daksyon


340

Inisyativ Ayiti: Rezime

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif


342

Fondasyon ki finanse pwojè a: W. K. Kellogg Foundation Barr Foundation Benefisyè Sonia Chao, Envestigatè prensipal Sant Pou Konsepsyon Vil ak Kominote Ekip konsepsyon CUCD Ekip rejyonal Sonia Chao Gustavo Sanchez-Hugalde Max Zabala Ekip pou lavil Jaime Correa Steven Fett Armando Montero Ekip konstriksyon John Onyango Derrick Smith Kòdonatè lokal Gilda Charles Jean Samson Edouard Jean-Louis Henri Jourline Ajan Lyezon pou kominikasyon Max Zabala

Ajan Lyezon lokal Pierre Imbert Kolaboratè Sant pwofesyonèl YouthBuild International Laurie Bennett David Burch Tim Cross Peter Twitchell Sistèm konstriksyon Jackie Génard Génard & Associates, LLC. Resous sou istwa Ayiti Boukman Mangones Shulman + Associates Konsiltan Jeni sivil ak enfrastrikti dirab Joseph DeLuca Crabtree Group, Inc. Atis ki fè Aranjman liv la Anthony Calzadilla Lokalite pwojè / Zòn pou rechèch la Komin Akayè: Zòn plenn ( ant Kὸt dèzakaden ak vil Akayè); Zὸn etid la: Vil Akayè, Koray ak Lili.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif


344

Tan pwojè a dire July 1, 2013 - November 30, 2014 Tèm pwojè a / Zòn pwojè a Devlòpman kominotè; konsepsyon achitekti; Sante, Edikasyon, Anviwònman, Je konsepsyon Easy-Build pou konstriksyon rezistan. Rezilta konkrè pwojè a Yon “Plan vizyon” ki aji tankou yon gid pou devlòpman dirab - yon gid pou envestisman piblik, prive ak filantwopik. Kontèks pwojè a I. Sitiyasyon difisil jeneral Dezas natirèl frape Ayiti san pitye nan ane ki sot pase yo. Lòt bagay ki poze pwoblèm se chwa ki pa dirab politisyen 20èm syèk achitèk, planifikatè fè. Chwa sa yo gen gwo responsablite nan gwo inegalite fizik ak sosyal. Mank sèvis, mank enfrastrikti, mank edikasyon ak vitalite ekonomik, ansanm ak sitiyasyon malsen moun ap non sou tout zile a se temwayaj move chwa sa yo. Malgre tou sa espri ayisyen toujou la. II. Kontèks istorik Ayiti pran endepandans li an 1804 apre yon revòlt esklav ki te dire 13 an. Sa te fè Ayiti vini premye repiblik nwa endepandan nan emisfè oksidantal la. Gwo reyalizasyon sa a te chanje mouvman koloni ewopeyen nan nouvo monn nan. Avèk deviz “men anpil chay pa lou,” Ayisyen batay pou yo pote chanjman nan lavi yo avèk kouraj, tenasite epi sitou ak inite. Pèp Akayè se te premye pèp ki te aboli esklavaj nan nouvo monn koloni a epi pran endepandans yo. III. Karakteristik prensipal zòn etid la Komin Akayè, ki a 32 kilomèt nan nòdwès Pòtoprens nan depatman Lwès la divize ant zòn plenn (bò kot la) ak zòn mòn. Komin nan gen 6 seksyon epi li mezire apeprè

2 500 km2. Akòz rejyon an gen yon peyizaj ki varye soti nan mang bò kot la, pou ale nan forè nan montay yo, gen divès mikwo klima nan transèk natirèl la. Sa bay yon byodivèsite ki rich anpil. Kapital rejyon an se vil Akayè ki gen plizyè batiman administratif ak espas piblik tankou mache bòdmè yo fèk bati a. Vil la dispoze an fòm yon griy fòmèl ki chita sou yon sistèm apantaj franse. Nan palèt achitekti, li gen yon seri egzanp chapant tradisyonèl an bwa ki enteresan; Ansyen kay an bwa, estil viktoryen oubyen estil ``Art Deco. `` Moso tè yo piti epi yo gen plizyè abitasyon ladan yo. Sa vin lakòz yon anviwònman iben ki pi piti (pi consantre), epi ki gen yon popilasyon dans. Gen vilaj ak bouk ki gaye nan rejyon an, men popilasyon an viv sitou nan abitasyon riral swa nan plenn bò kot yo oubyen nan mòn yo. Akòz zòn plenn nan fètil anpil, yo rele rejyon Akayè a “ grenye Ayiti”. Depi lontan se agrikilti ki te motè ekonomi an, epi depi plizyè touris jwe yon wòl nan devlòpman ekonomik li. Met sou sa, varyasyon nan topografi nan tou zòn nan kreye divès mikwo-klima ki vin bay yon byo-divèsite ki rich. Men, bèl montay ki fòme osati (ak kolὸn vѐtebral) rejyon an lakòz gen mwens tè jaden epi yo kontribye dlo desann sibit ak inondasyon. Rejyon an manke yon rezo wout, wout pou bisiklèt ak pyeton. Gen yon sèl wout prensipal, Wout nasyonal la ki konekte bouk nan zòn, nan ak vil Senmak ki sou nò, ak Pòtoprens, kòm vil prensipal la ki sou sid. Anpil fwa se wout segondè ki pa asfalte ki konekte abitasyon sou lakòt la yo oubyen vilaj nan mòn yo ak wout nasyonal la. Anpil fwa wout nasyonal la jis epi li pa gen twotwa pou moun mache. Sa fè wout la gen anpil aksidan grav ansanm ak anbouteyaj nan gwo kafou yo. Rejyon an manke enfrastrikti. An jeneral, sèvis ki nan komin lan pa sifi pou popilasyon an epi komin lani pa ofri rezidan yo ak

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

Sous: Atis Akayè Saint Leur Dorsainuil

Sous: Atis Akayè Saint Leur Dorsainuil

Sous: Richard Bernard, Montrouis

Sous: Richard Bernard, Montrouis


346

biznis yo anpil rezo enfrastrikti de baz tankou elektrisite, dlo potab ak tretman dechè. Kòm rezilta, kalite lavi a bese epi kapasite pou sitwayen yo soti nan povrete difisil. Rejyon an bezwen sèvis. Manke aksè pou bon swen sante ak sèvis edikasyon. Nan zòn montay yo, sitiyasyon an pi difisil toujou. Mank doktè ak klinik nan zòn lwen yo lakòz moun mouri san rezon. Jenn moun k ap chèche yon edikasyon segondè pa gen lòt chwa pase kite fanmi yo dèyè epi chèche lavi yo pou kont yo kit sa bon, kit sa pa bon, men sa konn plis pa bon. Sa lakòz anpil jenn timoun ansent twὸ bonѐ, sa lakòz tou jenn yo rantre nan zafѐ dwὸg, oubyen nan gang. Pa gen fakilte oubyen inivèsite nan rejyon an ditou kwak gen plizyè lekòl segondè nan zòn plenn yo ki rele tèt yo inivèsite oubyen fakilte. Gen risk pou resous natirèl yo. Debwazman mang ak debwazman montay yo, pèch depase ak metòd agrikilti yo itilize yo ap depafini tè yo epi, nan kèk sitiyasyon, sa fè teren yo ansanm ak moun yo vin pi frajil fas a lanmè a k ap monte, epi ak chanjman klima a. San nou pa pale de enpak sa genyen sou devlòpman ekonomik. Dechè toupatou. Paske, menm si kay prive ak abitasyon prive yo pwòp, domèn piblik yo toujou plen fatra; tout kote depi bò kot yo jouk nan goutyè ouvè, kanal yo, sous yo, plaj yo lari yo plen ak fatra. Se yon risk sante piblik epi sa souliyen mank enfrastrikti epi lide ‘fyète pou zòn pa m’ nan” pa egziste. Yon tè danje. Erezman, rejyon an pa te resevwa chòk dirèk tranblemanntè yo ak siklòn yo kwak yo te resevwa ti sekous nan toulede. Sizanka ta gen yon chòk dirèk nan nenpòt nan sitiyasyon sa yo, kay ki mal bati yo t ap kraze epi sa t ap lakòz anpil moun mouri. Jounen jodi a, inondasyon se bagay ki rive souvan epi sou zòn plenn bò kot yo, paske estrikti yo pa fèt pi wo nivo lanmè pou peryòd 100 an, ki

koze anpil moun mouri. Moun pèdi rekòt, ak bèt tou. Sa vin mete plis presyon ekonomik sou zòn nan. Sa zòn nan ofri pou touris ka evolye epi opòtinite pou mikwo biznis pou rezidan yo ka ladan tou. Kay tradisyonèl yo ta dwe jwenn pwoteksyon. Epi yo ta dwe bali menm jan ak yo tou, paske yo kreye yon sans fyète pou kominote a epi kòm se asanblaj, yo bay yon sous lajan pou kominote a pandan li pèmèt generasyon moune ki ap fѐ travay sa yo devlope yon seri kompetans ak aptitid pou jan de travay sa yo. Sa t ap lakòz vin gen plis bagay pou ofri touris ki vini nan rejyon an. Paske pou kounye a sa yo ofri se destinasyon ki gen tout bagay (sѐtadi vakas kote touris la peye yon sѐl pri fix pou tout sѐvis lap bezwen pandan tout tan li an vakans la), sa limite benefis ki ta rive jwenn ekonomi lokal yo nan fanmi yo epi sa limite depans dirèk touris yo ansanm ak entèraksyon yo ak popilasyon lokal nan kominote a. Agrikilti fè pati karaktè ak pwosperite Akayè nèt. zὸsman ekonomi rejyon an se agrikilti. Men nan ane ki sot pase yo, grenye Ayiti a soufri pèt akòz ewozyon tè a, koze dlo desann sibit, rekòt ki pa bay ase, metòd kilti yon sèl pwodui epi sistèm irigasyon ki pa konstan. Abitan yo mande yon kalite lavi ki pi bon. Abitan yo merite jwenn manje, dlo potab ak kay ki an sekirite pou yo abite. Met sou sa, pou yo devlope, yo bezwen edikasyon, sante, transpò piblik ak travay ki peye byen. Yon rejyon beni. Yon nòt pozitif, rejyon an bèl natirèlman epi nan kesyon kilti: li rich. Peyizaj la byen vè, topografi a ka fè kè w bat epi nan pa twò lwen bodmè a, dlo a fon epi li gen bèt lanmè k ap viv ladan. Nou ka wè yon eritaj kiltirèl ki ann aksyon nan tout nivo nan sosyete a. Komin nan nannan kilti Ayisyèn an paske li se vil kote drapo ayisyen an te fèt epi ki te fè li vin yon nasyon

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

endepandan. Chak ane, Ayisyen ale nan rejyon an pou yo selebre evènman enpòtan sa a. Rejyon an se sant tradisyon relijye ki byen anrasinen epi se yon trezò pou atis ak atizan ki gen talan. Paske li plen ak bèlte natirèl, istwa, zèv atis ak kilti, Akayè gen anpil opòtinite ekonomik. IV. Enkyetid abitan lokal genyen ansanm ak sosyete sivil la ak lidè lokal yo 1. Mank rezo ak enfrastrikti rejyonal ak enfrastrikti lokal bloke pwogrè. Sa gen enpak sou kwasans ekonomik la, sou sante ak byennèt jeneral abitan yo. Ladan dekoneksyon oubyen ensifizans sѐvis sa yo nou jwenn: kouran elektrik ak sistèm dlo, ansanm ak wout pou pyeton mache an tout sekirite, san bliye wout modѐn pou machin. Mank dlo potab ak limit nan inisyativ edikasyon sou yon seri tèm te lakòz epidemi kolera a ak anpil lanmò. Rezo wout pave ki pa sifi limite komès ak echanj. 2. Agrikilti se motè ekonomi an. Zouti agrikòl yo se zouti de baz epi manje pou bèt ak angrè limite. Metòd agrikòl ki egziste yo pa benefisye inovasyon ki pa mande gwo teknoloji epi ki pa koute chè ki te ka ede yo gen pi bon rekòt; Varyete nan plantasyon yo, ak rekòt pandan tout ane a. Mòn yo ki apik nan anpil kote ansanm ak inondasyon nan plenn yo bay ampil pwoblѐm. Paske mache yo, sant echanj oubyen pò yo lwen, sa lakòz rekòt yo pouri. 3. Agwo-touris, touris kiltirèl ak eko-toutris se zouti pou devlopman ekonomik ki ka bay ranman men yo pa itilize yo nan komin nan. 4. Swen lasante rejyonal ak resous edikasyon pa byen sèvi kominote a. Pa gen ni klinik, ni doktè oubyen enfimyè ki tabli an pèmanans nan kèk zòn. Nan kote sa yo, se yon moun ki vini tanzantan oubyen se yon ONG ki sipòte sila ki ofri sèvis la. Kòm konsekans, moun malad la dwe vwayaje gwo distans pou li jwenn èd doktè. 5. Sant ansèyman lokal yo se bagay de baz epi yo ofri edikasyon nan nivo elemantè sèlman. Timoun nan mòn yo ki vle ale lekòl segondè oblije abandone fanmi yo lè yo gen 12

an epi ale nan vil ki nan plenn, yo ki se sèl kote ki gen sant ansèyman siperyè. Sa vin mete yon pwa sou enfrastrikti fizik ak sosyal ki lakòz yo lage nan dwòg oubyen moun maltrete yo kòm timoun; epi gen gwo kantite jèn timoun ki tonbe ansent, oubyen ki rantre nan gang, ap komèt anpil krim. 6. Koze bon kay se yon pwoblèm nan tout peyi a. Moun ki pa pwofesyonèl, oubyen mason ki gen konesans limite nan koze konstriksyon, nan zouti pou konstriksyon dѐfwa gendwa oubyen resous pou konstriksyon bati pi fò kay yo. Kantite machin yo, zouti konstriksyon oubyen materyo konstriksyon pa sifi, sa agrave pwoblèm kay la ansanm ak kalite konstriksyon yo. Feblès nan estrikti ak nan materyo reprezante yon danje ni pou moun ki rete nan kay sa yo ni pou vwazen yo. Sa te parèt klè pandan peryòd move tan ki rive souvan oubyen lè gen gwo move tan. Sa ki nan kè yon kominote ki anfòm se lavi sivik la. Espas piblik ak batiman administratif pa anpil ditou nan kominote tankou Koray ak Lili, epi modèl lakou tradisyonèl yo konn vin redui nan nivo pasèl oubyen konsepsyon bilding yo. Inisyativ Ayiti I. Inisyativ Ayiti: Teyori chanjman Opòtinite ak responsablite mache men nan men. Ak entèvansyon estratejik chak sitwayen epi ak sipò sektè prive, sektè piblik ak sektè filantwopik, gen anpil opòtinite epi difikilte jodi a ka tounen kle pou chanjman ki dirab. Detache chenn lamizè ak dezespwa nan konvèti gravwa destriksyon. Materyo oubyen konpòs pou nouri tè a; mank aparèy pou transfòme dlo ize an byokabiran; transfòme tè ki epuize an plantasyon dirab; montay apik an teras pou kilti agrikòl; debwazman an chan ki gen bèl plant ak bèt tout kalite; epi dlo inondasyon an baraj idwolik ak sistèm irigasyon. Plan chanjman an nan men moun Akayè chak jou. Si kreyòl se prensipal lang yo, franse dezyèm, agrikilti se twazyèm lang yo. Popilasyon an byen konprann wòl santral agrikilti nan devlòpman ekonomik li, nan pwosperite rejyon an, epi


348

RH KONT LÈ NAN JOUNEN AN

LÈ NAN JOUNEN AN

NIVO PPM CO2 NAN KAY AKAYÈ

LÈ NAN JOUNEN AN

Ekip k ap travay sou plan bilding lan (Dimansyon kay) Analiz jan kay yo konbat ak tanperati, konpare kay an blòk, kay tè ak kay an bwa.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

PWOFIL TANPERATI Grafik sou paj akote a, anwo agoch: Rezilta yo montre kay ki bati an blòk la lè pase ladan pi byen kote nivo CO2 (gaz kabonik) a te pi ba, lè te sikile byen nan tou le 3 kay yo. Grafik sou paj akote a, anwo adwat: Rezilta montre kay an bwa gen pi bon kontwòl imidite konpare ak 2 lòt yo. Kay an tѐ kontwole chanjman tanperati pi byen nèt pase 2 lòt kalite kay yo.

LÈ NAN JOUNEN AN


350

fὸk yo an akò ak wòl sa a. Se pou rezon sa a, se sitwayen Akayè yo ki jèm pou kilti, ak pwosperite rejyon an pou tan k ap vini yo. Erezman, yo tout konprann lavi imite lanati - sa vle di fè semans pandan konsève plan pou lòt rekòt, nouri tè a, pwoteje jaden yo, epi rekòlte sa tè a pwodui ak paralèl avèk jan rejyon an ka pwospere epi rive jwenn devlopman ekonomik. Lide sa a nan kè devlopman dirab. Chanjman enpòtan posib depi chak rezidan, biznis ak gouvènman an nan tout nivo rekonèt koneksyon ki genyen ant sistèm lezòm kreye ak sistèm natirèl, epi jan yo kontribye nan sik (seri repetisyon youn apre lὸt sa yo pou amelyorasyon oubyen deteryorasyon sante rejyon an ak byennèt epi pwosperite popilasyon an pou yon tan ki dire. Avni timoun Akayè depann de chak grenn aksyon chak grenn moun, chak jou. Timoun sa yo va rekòlte sa paran yo ak gran paran yo te simen pou yo, e se pou rezon sa a ki fè chak aksyon gen enpòtans. Lè mantalite sa a domine se lè sa a yon ekonomi ki vivan ki djanm epi ki va dire va pwospere. II. Objektif jeneral inisyativ la a. Kreye yon Plan Vizyon ki pou kominote menm a va posede atravè angajman fizik ak patisipasyon kominote b. Ogmante patisipasyon fi yo ak jenn yo nan pwosesis kominote a ak nan priz desizyon yo. c. Aprann/Analize Fòs, d. Feblès, Avantaj ak Menas ki afekte rejyon an (SWA[O]T); e. Rankont ak lidè lokal, sosyete sivil la ak espesyalis yo f. Pwopoze inisyativ moun ka aplike nan yon tan kout (nan konstriksyon), nan yon tan mwayen (nan vil lal), ak nan yon tan ki long (nan rejyon an); g. Ogmante kantite patisipan lokal yo nan konstriksyon ak devlòpman kominote a (rankont ak lidè lokal yo, angage CIAT, etc. ); epi, h. Pibliye enfὸmasyon sou konklizyon ak rekòmandasyon yo.

III. Jan nou separe zòn nou etidye a Gen twa zòn etid diferan men ki konekte nan etid ki fѐt l. Yo chak gen anpil pwoblèm ak potansyèl ansanm ak opòtinite pa yo pou envestisman prive, piblik epi filantwopik. Pwopozisyon sa a konsantre sèlman sou zòn pi ba yo ak rejyon plenn yo: a. Zòn kot la: [i.e. Kotdèzakaden, Lili] Touris, nouvo abitasyon, pò, komès, edikasyon ak devlòpman ekonomik. b. Vilaj plenn yo: [i.e. Koray] kreyasyon zòn ki atiran, edikasyon, batiman administratif, agrikilti ki dirab, devlopman ekonomik ak gid pou metòd konstriksyon ki dirab epi ki an sekirite. c. Nwayo iben an: [i.e. Akayè - Vil istorik] Touris eko-kiltirèl, revitalize pò a, pwojè epi prezèvasyon ak restorasyon ki konsidere bati sou pwopriyete ki vid nan mitan vil la san’l pa bliye kisa ki fѐ Akayѐ se Akayѐ. IV. Detay sou objektif ekip la A. Nivo rejyonal a. Idantifye opòtinite pou redui enpak klima, rezistans ak devlòpman ekonomik ki pwoteje anviwònman an. b. Ankouraje koneksyon sosyal ak fizik ant vilaj yo. c. Devlope yon rezo wout ak altѐnatif pou wout sa yo ak koneksyon pou machin, pyeton ak bisiklèt. d. Ankouraje devlòpman kay nan espas vid nan zòn moun abite yo epi dekouraje devlopman espas vèt pou pwoteje tè jaden yo ak resous natirèl yo. e. Idantifye modèl abitasyon riral ak abitasyon iben kote moun ka mache alèz. f. Idantifye pi bon anplasman pou sant edikasyon ak sant medikal - yo sèvi ak done sou bezwen zòn nan ak dansite popilasyon an. g. Idantifye opòtinite pou espas piblik o nivo rejyonal ansanm ak sant travay tankou mache rejyonal, sant echanj, endistri ak distri espesyal.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

B. Nivo vil yo a. Idantifye lekòl ki deja la ak sa yo pwopoze ansanm ak lòt bilding piblik nan mitan yon vilaj kѐlkonk, kote lὸt batiman ak biznis o zalantou yo ka amelyore lavi sivik la, oubyen ofri sèvis ki nesesè ak espas piblik, pou anime zὸn lan. b. Idantifye bilding nan zòn nan pou edikasyon, klinik sante, divètisman ak lòt kote ki ka sèvi pou batiman administratif oubyen espas piblik. c. Pwopoze opòtinite pou lojman ak opòtinite komèsyal (reparasyon ak nouvo konstriksyon). d. Idantifye epi pwopoze enfrasktrikti piblik ak rezo wout. e. Ankouraje istwa lokal epi ankouraje opòtinite vwayaj ak opòtinite pou touris atravè achitekti ak planifikasyon pou vil la ki selebre kilti Ayisyèn. f. Pwopoze sous enèji ki dirab epi ki ka renouvle g. Ankouraje agrikilti nan zòn lavil, kilti pwason, komès lokal ak lòt aktivite ekonomik dirab. C. Nivo fanmi yo a. Idantifye bezwen tipik fanmi yo epi devlope divès chwa pou planifikasyon konstriksyon. b. Pwopoze tip kay ak metòd konstriksyon ki pare kont danje natirèl, bezwen klima zòn nan, abitid, epi entegre materyo nan rejyon an ki fasil pou jwenn. c. Idantifye enèji ki pa mande gwo teknoloji, dlo, sistèm sanitasyon ki dirab. d. Idantifye metòd agrikòl pou vil yo ki dirab. V. Sa n ap bay a. Ekip rejyonal la; plan rejyonal; Rekòmandasyon pou enfrastrikti (Tan ki lwen (a lontѐm), tan mwayen, tan ki pre). b. Ekip lavil la: Rekòmandasyon pou agwotouris ak eko-toutris; prensip pou planifikasyon vil la Etid ka: Akayè, Koray, Lili; modèl pou batiman administratif Akayè: klinik, lekòl pwofesyonèl.

c. Ekip konstriksyon: kit Easy-Build; rekòmandasyon pou konstriksyon gen rezistans; kalkil pri konstriksyon. Yon prezantasyon jeneral Plan Vizyon Akayè Rekòmandasyon nan nivo rejyonal I. Plan rejyonal: Plan rejyonal la bay yon apèsi estrateji yo epi li ilistre modèl ki deja egziste ak sa yo rekòmande pou devlòpman tout rejyon an dekwa pou gide kwasans yo ka predi epitou ki ka dire. a. Plan pou vizyon rejyonal pèmèt lidè ak ajans yo tabli priyorite epi pou yo anvizaje devlopman komin nan pezape. b. Plan rejyonal yo gen objektif pou lontan epi yo la pou sèvi tout popilasyon rejyon an. Lide a se kowòdone epi dirije devlòpman yon mannyè ki gen sans pou yon rejyon byen detѐmine, pou rejyon pou avantaj tout abitan yo. Vizyon pou yon peryòd ki long se koze ki enpòtan anpil pou sante, pwosperite ak ekonomi tout komin nan. c. Plan Vizyon pou rejyon Akayè a konsidere enkyetid sitwayen ak lidè zòn nan esprime epi li bay repons pou pwoblèm sa yo ak rekòmandasyon yo ka aplike. d. Premye etap pou reyalize objektif yo se fòmalize enstriman sa a epi adopte estrateji li rekòmande yo nan travay planifikasyon santral ak planifikasyon lokal. Sektè prensipal rejyon an divize an 2 kategori: Sektè rezèv natirèl ak sektè abitasyon, kit yo nan zòn riral oubyen nan lavil. Sa plan an ap chèche se prezève tè agrikòl ak espas natirèl yo epi elimine posiblite pou gen devlòpman aglomerasyon. a. Nan plan vizyon pou rejyon Akayè a, abitasyon ki deja egziste epi ki gen karakteristik zòn lavil ak dansite popilasyon oubyen ki gen posiblite vin gen karakteristik sa yo, yo ba yo non ‘sektè iben’. b. Yo deja devlope sektè iben epi yo ka gen sa yo rele devlòpman siksesyon ekolojik oubyen tou yo bezwen pwoteksyon, reparasyon oubyen yo bezwen pou yo fini yo.


352

Plan rejyonal nou Pwopoze

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

Apèsi rekòmandasyon ekip rejyonal la pou Rapò Vizyon an


354

Apèsi rekòmandasyon pou vil Akayè oubyen alantou vil Akayè AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

Apèsi rekòmandasyon pou abitasyon riral Koray oubyen alantou abitasyon riral Koray


356

Apèsi rekòmandasyon pou vilaj Lili oubyen alantou vilaj Lili AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif


358

c. Yo kwè popilasyon nan zòn sa yo ap kontinye devlope epi sa ap plase pi gwo pwa sou enfrastrikti ki deja frajil oubyen ki pa egziste ditou. Sa vle di sektè sa yo ta dwe sektè ki merite gwo priyorite pou devlòpman ak amelyorasyon enfrastrikti yo. II. Kat objektif prensipal plan vizyon rejyonal pou Akayè a Plan vizyon rejyonal pou Akayè a gen kat objektif prensipal: Rezistans kont enpak klima a, devlòpman sosyal ak devlòpman ekonomik, amelyorasyon kalite lavi a, epi konsèvasyon ak reparasyon anviwònman an. Rapò Vizyon an divize objektif sa yo an tèm avèk ‘pwen ki ka reyalize’ pou chak ka. a. Rezistans kont klima a 1. Debwazman ak ewozyon 2. Reparasyon wout dlo yo 3. Ranfòsman dig rivyè yo 4. Restorasyon zòn kot la ansanm ak jesyon zòn sa yo 5. Prevansyon inondasyon ak ewozyon epi anplasman baraj nou pwopoze 6. Abri d ijans pou lè gen dezas natirèl Lokasyon jeneral ak zòn sèvis 7. Sous pou enèji ki ka renouvle ak anplasman kote pou fè kouran ak van b. Devlòpman sosyal ak devlòpman ekonomik Enfrastrikti wout yo 1. Sa ki egziste 2. Sa ki pwopoze 3. Travèse rivyè 4. Sistèm taksi sou dlo 5. Sistèm taksi komèsyal c. Alemye nan kalite lavi Plan vizyon rejyonal pou zòn Akayè nou pwopoze Kat itilizasyon tè sektè abitasyon se; 1. Lavil 2. Kwasans nan vil

d.

3. Riral 4. Devlòpman nouvo vil 5. Sektè Sant rejyonal Distrik espesyal 6. Enfrastrikti pou dlo 7. Rezèvwa pou dlo potab ak zòn pou sèvis 8. Enfrastrikti pou dlo ize - Tretman dlo ize ak zòn pou sèvis Konsèvasyon ak reparasyon anviwònman an 1. Jesyon espas bò lanmè yo 2. Ranfòsman dig rivyè yo 3. Sektè rezèv natirèl - Sektè ak tanpon 4. Sektè rezèv natirèl - Rezèv agrikòl

III. Plan Vizyon rejyonal pou Akayè - Pwen pou reyalize a. Jesyon espas bò lanmè yo 1. Nou pwopoze pou yo rekile tout aktivite a yon distans 100 mѐt (100m) bò lanmè a pou restorasyon mang yo, pwoteksyon sab yo oubyen aksè piblik sou plaj yo. Antre sèlman pou lapèch ak pou aktivite sivik. 2. Rekil iben kòrèk pou alokasyon iben dwe. Plis pase 100 m nan zòn bò lanmè yo pou evite inondasyon lè gen lapli, enpak lanmè ki monte oubyen frajilite lè gen sounami. Sounami se yon dezas natirѐl kote dlo lanmѐ a monte byen wo epi anvayi tout vil ak bitasyon ki pre dlo a, oybyen o zalantou’l. b. Anpyètman nan dig rivyè yo Pou pwoteje lavi moun kont danje inondasyon 1. Mande pou nouvo konstriksyon nan zòn moun ka abite nan plenn yo bati nan wotè ki depase nivo inondasyon pou 100 an. 2. Aplike dispozisyon pou rekile sant wout rivyè a yon distans 100 mèt. 3. Evite bati (bilding oubyen abitasyon iben oubyen riral) nan distans 100 mèt la.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

Jesyon zòn kot yo


360

c.

d.

Ranfòsman dig rivyè yo Pou nou ka restore vejetasyon natirèl oubyen pwoteje tè agrikilti yo kont danje inondasyon: 1. Idantifye epi make sou yon kat zòn nan tout anplasman pou pwoteksyon kont debòdman ravin ak pou tout sit ki bezwen restorasyon wout rivyè yo. 2. Nan zòn ki sou kote chemen yon ravin, restore koulwa ki gen vejetasyon natirèl oubyen pa kite jaden fèt anwetan pou sa ki ka sipòte enpak inondasyon ki pase la pafwa tankou jaden diri. Sektѐ Natirѐl - Rekil ak tanpon 1. Sektè rezèv natirèl va gen zòn yo ta dwe pwoteje an pèmanans kont devlòpman men ki ka pa pwoteje kounye a. 2. Nan sa gen zòn rekil oubyen zòn tanpon ravin ak pati ki bay sou lanmè a, pou rebwazman, pou anpeche danje inondasyon epi pou prezève wòl yo kòm koridò natirèl pou sante jeneral anviwònman ansanm ak sante popilasyon an. 3. Ravin ki pi laj yo, divès branch drenaj natirèl fòme ta dwe genyen yon minimòm 100 m rekil soti nan sant li pou lavi ak byen moun ka pwoteje. 4. Ravin pi piti yo ta dwe gen yon minimòm 50 m rekil soti nan mitan ravin yo. 5. Akòz menas reyèl nivo lanmè k ap monte toupatou sou latè, yon rekil 100 m apati bò kot natirèl yo se yon bagay ki ta dwe fèt. Rekil sa a ankouraje aksè piblik san limit pou ale nan lanmè a, ansanm ak restorasyon mang yo sou kòt la kote sa nesesè. Anplis kapasite mang yo genyen pou yo estabilize sòl bòdmè a epi pwoteje tè yo kont lanmè k ap monte, yon lòt rezon pou nou ankouraje yo restore mang yo nan zòn litoral la sèke li ka kreye posiblite pou gen yon akwakilti marin ki dirab. Non sèlman sa ka ogmante kapasite pou lapèch si yo byen jere sitiyasyon an men tou li ka motive touris ki renmen lanati pou yo esplore rejyon an.

e.

6. Rekòmandasyon pou rekil la mande plis kolaborasyon ant gouvènman santral ak gouvènman lokal la, ansanm ak ajans gouvènman an avèk ONG lokal oubyen ONG entènasyonal, gwoup sitwayen ak teknisyen anviwònman pou deside ki bon mwayen pou nou aplike estrateji sa yo, nan idantifye nan ki ka yo ka aplike yo ansanm ak dimansyon patikilye rekil la nan tout distans litoral la ak ravin yo. Gen divès faktè ki ka deside dimansyon final rekil yo tankou: topografi, sitiyasyon tè a, mèt tè a, aksè sou plaj piblik yo ak danje inondasyon. Sektè rezèv natirèl - Rezèv agrikòl Rejyon Akayè a gen yon sitiyasyon ki san parèy. Li gen opsyon pou li konsève manje pou popilasyon an, men an menm tan li ka espòte manje nan lòt rejyon epi an menm tan li gen posiblite espòte manje tou sou mache entènasyonal la. 1. Plenn dèlta yo, rejyon plenn yo toujou sou menas inondasyon ak ewozyon. Sa ki lakòz sa sitou se jan moun debwaze mòn yo. 2. Cities, towns and villages that hopeSi yo entwodi kilti an teras nan pye tout mò yo, sa va ogmante aktivite agrikὸl yo, sa va estabilize tè yo epi sa va ralanti mouvman dlo k ap desann nan dèlta plenn nan. Estrateji sa a dwe mare ak yon reyabilitasyon ekosistèm natirèl la nan tout rejyon an pou ka gen balans ant aktivite agrikòl ki bay manje epi ki ofri opòtinite ekonomik ak rezèv ekolojik ki soutni sante tout zòn natirèl la nèt. 2. Gwo vil, bouk, vilaj ki vle pwospere alalong dwe pwoteje zòn agrikòl la epi etann li yon fason pou yo ka minimize enpak yo genyen sou anviwònman natirèl ki akeyi yo a. Lè pri enèji ap ogmante, koze ale chèche manje lwen an ap vin pi difisil; konsa, zὸn. Zòn lavil ki pa gen yon zòn agrikòl va gen difikilte pou yo bay tèt yo manje ak mwayen yo

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

Anpyètman dig rivyè

Sektè rezèv natirèl - Rekil ak tanpon

Ranfὸsman dig rivyè

Sektè rezèv natirèl - Rezèv agrikòl


362

f.

genyen. Sa vle di bon teknik agrikòl, sik (lalin) rekὸt plantasyon yo, pwoteksyon kalite tè a ak sistèm irigasyon ki efikas epi ki enspire konfyans se bagay ki nesesè. 3. Sektè agrikilti ki byen prezève epi ki byen jere ka ofri gwo opòtinite pou eko-touris, agwotouris epi ka vin yon zòn pou touris volontè. 4. Yo ka aplike estrateji sa yo pi byen nan nivo rejyonal lè yo mete sektè rezèv pou agrikilti ak sektè pou rekreye revejetasyon. Sektè pou revejetasyon an dwe gen tout kalite plant: plant ki kouvri tѐ a tankou plant rampant, touf bwa, ti pye bwa, gwo pye bwa, ki ka plante tou sou pant, epi li ka sèvi pou agrikilti an pant atravè teras yo. Sa va anpeche inondasyon ak ewozyon tou apre yo fin rive pran dispozisyon pou kontwole resous dlo yo. Pol rejyonal 1. Yo ta dwe konstwui Sant rejyonal bò kafou prensipal ki mennen Akayè epi bò kafou prensipal ki mennen Lili, tout kote gen anpil moun ki rete la ak wout ki deja la sa ka ede moun ale nan zòn mòn yo pi fasil tou. Yo fè plan nouvo sant rejyonal pou sèvi rejyon an nèt. 2. Rejyon an bezwen yon gwo sant pou mache ki gen refrijerasyon, depo, sant pou tretman manje pou kreye travay ak aktivite agrikòl pandan sa ap redui kantite rekòt ki pèdi. Si sant sa a ta chita tou bò wout nasyonal la tou pre kafou ki mennen Lili a epi si li chita nan yon pozisyon santral pou kominote nan zòn mòn yo ansanm ak gwo kantite tè agrikòl ki alantou zòn nan, sant sa ka konplete makèt bòdmè yo fèk bati nan vil Akayè a. Mache sa a bò kote pa li ka sèvi kòm pwen depa pou espòtasyon sou lanmè ale nan lòt rejyon oubyen nan lòt lokalite tou pre a pandan li ap sèvi rezidan lokal yo ansanm ak touris ki ka vini la tou. Yon dezyèm waf ak yon depo te ka tabli pa lwen Lili tou.

g.

h.

Konstwi enfrastrikti 1. Bati gwo wout pou gwo kamyon ki konekte Pòtoprens, Akayè ak Lili, de (2) sant rejyonal nou pwopoze yo ak sant oubyen vil endistriyèl nou pwopoze nan pye mòn yo, apeprè nan mwatye chemen ant 2 dènye kominote yo. 2. Devlope yon rezo wout pou pyeton nan zòn plenn yo ansanm ak wout pou bisiklèt ak wout pou moun al mache aktivite ak yon tiwolyèn nan mòn yo, ki ka kreye mikwo biznis tankou lokasyon bagay sa yo (bisiklѐt, etc...) pandan sa ap ogmante atraksyon pou touris yo epi sa ap konekte yo. Kontwòl inondasyon ak devlòpman ekonomik 1. Agrandi zòn pou fè jaden yo. Fè teras nan pye mòn yo, nan tout rejyon an. Sa ka kreye nouvo zòn ki bon pou rebwazman ak agrikilti. Sa te ka etann kapasite endistri sa a pandan l ap bay benefis jeneral pou tout zòn nan tankou jesyon dlo, kontwòl ewozyon ak inondasyon san nou pa bliye restore balans lanati nan rejyon an. 2. Entwodi nouvo sektè travay ki gen rapò ak materyo konstriksyon, kilti banbou, tretman manje pandan l ap laji sa yo ofri pou eko-toutris, agwotouris ansanm ak otèl tradisyonèl yo epi bagay ki deja la pou touris yo. 3. Ankouraje epi sipòte nouvo sektè travay nan enèji altènatif, endistri an favè anviwònman an, resiklaj fatra ak dechè biyolojik. Nan tout ka sa yo, sektè sa a konsome resous planèt la pi dousman epi sa pèmèt yon anviwònman ki pi an sante ak sous enèji ki pi djanm, materyo konstriksyon ki koute mwen chè, paske materyo resikle pou konstriksyon soti nan materyo ki pou kounye a poze pwoblèm: sachè plastik ize ak dechè biyolojik. 4. Yo ka kreye ti biznis espesyalize epi yo ka ofri yo avantaj pou yo ranmase fatra pandan lòt ka trete materyo sa yo pou moun ka itilize yo ankò. Pandan

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

sektè sa a ap devlope, sa t ap redui depandans sou chabon bwa. Nou espere depandans sa a ta elimine anvan lontan. Sa ta bay menm kote a pi bon lè ak rebwazman rejyon an. Rekòmandasyon pou enfrastrikti Apèsi jeneral Gen 2 jeyoloji diferan ki fòme zòn etid la: Plenn plat ki se tè agrikòl ki irige, ki bay rannman ki gen plizyè kote ki pa twò gwo epi zòn nan mòn nan ki gen tè agrikòl ki pa irige epi ki benefisye de lapli ki tonbe nan zòn elve yo. Nan toulede zòn yo, dlo potab, enfrastrikti pou dlo ize ak pou enèji prèske pa egziste. Nan mòn yo, enfrastrikti pou transpòtasyon se wout tè ki danjere ki apik epi kote inondasyon koze dega souvan. Wout nasyonal nimewo 1 an travèse plenn nan epi li gen yon rezo lari ak wout riral. Yon gwo pousantaj nan popilasyon an ap viv nan zòn plenn yo. Pa gen yon estimasyon popilasyon an pou zòn nou etidye a. Akayè gen apeprè 102,000 moun ladan epi majorite popilasyon sa a ap vil nan vil, vilaj ak bouk yo. Pi gwo kòz maladi ak lanmò moun te ka evite se maladi ki soti nan dlo moun sèvi ak nan inondasyon. Chabon se sous enèji pou fè manje epi se premye kòz debwazman nan peyi a. Estrateji nan pati rapò sa a nou te devlope li an priyorite pou twa kwonoloji: imedya pou estrateji moun zòn nan ak ONG yo san èd pouvwa santral la; entèmedyè pou sa yo ka aplike nan distans 1-10 an avèk èd ONG yo epi ak yon èd limite pouvwa santral la. Tan ki lwen pou estrateji yo ka reyalize nan 11-50 an ak gwo èd ONG yo ansanm ak pouvwa santral la. Rekòmandasyon I. Pwovizyon pou resous dlo ak kalite dlo a a. Plan pou resous dlo ki pi lojik se fè rechèch sou konstriksyon baraj sou rivyè ki la yo pou evite inondasyon.

b. Ogmante resous dlo pou moun itilize lakay yo, pou irigasyon epi ofri ti kantite enèji idwolik. c. Topografi a apik nan zòn mòn yo. Sa elimine posiblite pou ta gen gwo rezèvwa. Sa ki ta sanble posib se yon seri ti baraj. d. Si yo ogmante irigasyon sa ka ogmante kantite dlo a epi dlo lanmè antre nan dlo dous epi amelyore kalite dlo anba tè a. II. Inondasyon ak ewozyon a. Kòm aksyon imedya: wete depo drenaj ki soti nan gwo kanal drenaj yo ansanm ak nan zòn pasaj ki vin di kote dlo a pa fon nan zòn kote dlo ap wonje wout yo. b. Kòm aksyon entèmedyè: konstriksyon ti baraj kontwòl ak baraj pou tѐ ak lὸt bagay dlo a ka bwote. Epi revèdisman nan wotè yo. III. Dlo potab a. Yo ta dwe pran aksyon priyorite elve pou bay majorite popilasyon an ki an danje pou li trape maladi dlo potab ki an sekirite epi ki pa chè. b. Rekòmandasyon pou aksyon imedya se ofri yon sistèm tretman dlo ak yon filtè sab ki pa koute chè e ki va bay chak fanmi oubyen lakou nan tout zòn nan dlo potab pou yo bwè. Konsepsyon ki komen an va pèmèt fòmasyon, edikasyon ak distribisyon ki efikas. Dapre kalkil chak grenn filtè yo ka koute 60 dola ameriken pa fanmi pou yo voye yo ann Ayiti si yo elimine frè enpòtasyon. Gen yon kantite nan sistèm sa yo ONG kòmanse byen distribye ann Ayiti. c. Yo kalkile sistèm sa yo va dire dizan (10 an). Sa ka koute twasan mil (300.000) dola Ameriken pou fè rejyon an jwenn senk mil (5.000). Chak ka sèvi dis a ven (1020) moun. Sa vle di yo ka sèvi yon total de senkan mil (50.000) a san mil (100.000) moun. d. Rekòmandasyon entèmedyè se pou gen pi sou plas ak filtrasyon epi tretman klowòks epi rezèv limite


364

pou batiman administratif yo, lekòl yo ak konduit vètikal nan katye yo. e. Rekòmandasyon pou pi devan se yon sistèm dlo ki santral ak gwo tiyo epi gwo rezèvwa oubyen tank pou konsève dlo pou bay enstalasyon santral nan katye yo epi sèvis kay ak lakou yo pi devan. f. Rekòmandasyon entèmedyè ak rekòmandasyon pou sa ki dwe fèt pou pi devan mande travay enjenyè ak plis planifikasyon pou kalkile lajan sa ap koute pou mete sistèm yo sou pye ansanm ak lajan pou opere sistèm sa yo. IV. Sanitasyon dlo ize a. Rekòmandasyon pou aksyon imedya se edikasyon rejyonal popilasyon an sou danje pou sante yo ak danje lanmò move pratik sanitè reprezante; fòmasyon, mentyen ak konsepsyon selon prensip pou konstriksyon latrin amelyore ak kote pou lè pase sot nan fòs latrin nan popilasyon an te ka pi asepte (yo ka koute ant 200 - 400 dola ameriken kon sa pa fanmi oubyen lakou. Epi sistèm septik pou bilding piblik tankou lopital ak lekòl pou 3,000-10,000 dola ameriken. b. Kòm rekòmandasyon: renovasyon kay ak lakou ki la yo avèk yon sistèm septik ki koute ant 800 ak 1,500 dola ameriken youn; enstalasyon twalèt piblik nan mache yo, kote moun ap tann bis ak lòt fòm transpòtasyon epi nan biwo piblik yo. c. Rekòmandasyon tan ki lwen: planifye, konstwui epi konsevwa yon sistèm egou santral ak yon sistèm tretman dlo ize pou vil Akayè ak lòt zòn iben yo. Sistèm sa yo ta dwe ofri tretman primè ak segondè pou dlo ize selon prensip Òganizasyon mondyal lasante. Pou yon popilasyon 100 000 moun pou Akayè, sistèm egou a t ap koute 20,000,000 dola ameriken epi yon izin pou tretman dlo ize t ap koute 31,000,000 dola ameriken. Sistèm egou a ak tretman dlo ize a t ap koute 280 dola ameriken pa abitan.

V. Enèji a. Dapre mank enfrastrikti pou enèji ak pwoblèm yo wè sa ap poze pou yo enstale yon enfrastrikti nasyonal ann Ayiti nou rekòmande pou yo ta devlope yon estrateji rejyonal ki chita sou pwodiksyon enèji pou distribiye tousuit ak nan yon tan ki pa twò lwen. b. Rekòmandasyon pou tan ki lwen se yon rezo nasyonal enèji ewolyen oubyen enèji solè. c. Yon ti inite enèji ewolyen oubyen enèji solè pou yon kay yon fanmi oubyen yon lakou ka koute 1,000 2,000 dola ameriken. d. Nou rekòmande tou pou efò yo ta chita sitou sou enèji ki ka renouvle tankou enèji solè, enèji ewolyen (sѐtadi enѐji van bay), enèji maremotris, ak byoenèji. Ayiti byen plase pou enèji idwolik, enèji ewolyen ak enèji solè fotovòltayik. e. Amelyorasyon ki fèt nan enfrastrikti yo sa pa gen lontan sèvi ak enèji solè ak enèji ewolyen. Se ONG ki finanse amelyorasyon sa yo. f. Rejyon an gen anpil dechè biyomas yo ka itilize pou pwodui enèji. g. Yo te ka regle pwoblèm fatra a si yo boule fatra yo nan izin pou pwodui biyoenèji. h. Priyorite pou enèji se elektrisite pou tretman dlo ak tretman dlo ize, pou lopital, lekòl ak lòt sèvis ki enpòtan anpil. VI. Transpòtasyon a. Bezwen transpòtasyon ki pi enpòtan nan rejyon an se yon sèvis pou transpò machandiz ki pa chè epi ki regilyè pou voye pwodui agrikòl ale Pòtoprens avèk vil yo ak vilaj yo kòm sant koleksyon. b. Sistèm transpò a te ka fèt sou wout oubyen sou lanmè. c. Dezyèm bezwen transpòtasyon ki enpòtan anpil nan rejyon an se yon sistèm wout pou ale nan mòn yo dekwa pou kiltivatè nan mòn yo ka transpòte machandiz

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

yo, ale nan sant distribisyon yon machandiz nan vil ak nan vilaj yo. d. Agrikilti se prensipal motè ekonomik rejyon an epitou prensipal limit li se transpòtasyon nan mache. e. Aktivite touris pral mande pou yo amelyore sistèm transpòtasyon an tou. f. Nou rekòmande mach a pye, bisiklèt ak motosiklèt kòm prensipal mòd transpòtasyon pèsonèl. Sa limite demann pou konbistib fosil epi sa pèmèt pri transpòtasyon pèsonèl rete ba. g. Wout nan mòn yo merite pou yo amelyore yo pou limite domaj inondasyon epi pou pèmèt kote moun ap kondui a vin pi swa epi li ka dire pi lontan. h. Yo ta dwe konstwi waf komèsyal nan bòdmè chak vil ak vilaj pou fasilite chajman ak transpò machandiz sou dlo. i. Yo ta dwe konsidere byodizèl ak etanòl ki itilize pwodui dechè agrikòl nan yon ti pwopòsyon pou yo ka ofri yon sous konbistib ki ka renouvle epi ki pa koute chè pou transpòtasyon. j. Pwodiksyon enèji ki desantralize nan yon ti pwopòsyon te ka fè pri transpò bese. Rekòmandasyon pou vil la I. Devlòpman ekonomik dirab - Agwotouris, eko-toutris: Avni tout kominote depann de kapasite pou li kapte pasyon, enèji ak imajinasyon moun k ap viv ladan. Wòl gouvènman ak ONG oubyen òganizasyon lokal ki pa dèyè fè lajan se favorize posiblite edikasyon ki ka mennen nan reyalizasyon pèsonèl, kore nouvo biznis ak asistans teknik oubyen opòtinite lajan tankou lajan pou kòmanse yon biznis oubyen maj kredi. Akòz envestigasyon sou plas, rechèch nou rasanble, enkyetid responsab lokal yo fè nou konnen, sa klè : bezwen yo anpil epi yo konplèks. Sa vle di fòk gen yon entèvansyon konplè pou amelyore sekirite alimantè, devlòpman ekonomik, pwoteksyon resous natirèl ak byennèt sosyal abitan Akayè yo.

a.

b.

Devlòpman sosyal 1. Kreye yon gwoup pou konseye ayisyen yo sou opòtinite nan antreprenarya, opsyon nan edikasyon, pwoblèm teknik ak posiblite finansman. 2. Kominike ak moun lokal yo epi mande yo: Ki sa w bezwen? Ki sa w ka fè? 3. Ede moun ki bezwen èd pou yo fè kominote a aktif. 4. Devlope pwogram edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl 5. Ofri fòmasyon ak edikasyon nan devlòpman agwotouris 6. Chèche patenarya, fòme patenarya ak inivèsite nan lemonn pou konsantre sou pwogram ak pwojè ki regade agrikilti, akwakilti ak touris. Opòtinite ekonomik nan agrikilti ak akwakilti. 1. Kreye yon koperativ agrikòl 2. Tabli estrikti yon mache rejyonal ki gen refrijerasyon kòrèk ansanm ak sant pou transfòmasyon alimantè. 3. Konstwi epi opere yon mache pwason ak yon izin tretman 4. Kreye yon fon pou kredi ki renouvlab oubyen lajan pou yon bous pou devlopman ekonomik aktivite touris. 5. Sipòte kilti diri nan sèvi ak sistèm entansifikasyon diri (SRI ann angle) (Re: modèl inivèsite Cornell la). 6. Ankouraje epi fasilite yon sant akwakilti pou lanbi. 7. Ankouraje epi fasilite yon sant akwakilti pou krevèt-sou tè ak nan mang yo. 8. Ankouraje epi fasilite elvaj pwason ak kaj an filè nan lanmè a. 9. Ankouraje epi fasilite yon sistèm fèmen pou yon fèm pwason ki sou tè. 10. Envestige posiblite pou yon fèm kribich dlo dous Ostrali - sistèm akwaponi ak kapasite komèsyal


366

Vizyon apati anlè sou yon otèl demi pansyon nou pwopoze a ki montre pyebwa ak fui, patè ki pi wo pase nòmal, akwaponi ak akwakilti

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

c.

d.

e.

11. Ankouraje epi fasilite sistèm akwaponi pou satisfè bezwen yon ti kantite moun. 12. Ankouraje epi fasilite jaden ki sètifye yo òganik sѐtadi ki pa gen angre ak, pwazon pou vѐ ak lὸt kalite pѐs ki konn nan rekὸt yo. Devlòpman touris 1. Devlope nòm pou agwotouris ak otelri ansanm ak yon sistèm klasman 2. Ankouraje adopsyon yon plan pou kreye yon plan maketin nasyonal pou ankouraje pwopriyete ki satisfè nòm yo oubyen ki depase yo. 3. Ofri fòmasyon nan biznis otèl ak lajan pou kòmanse biznis otèl demi pansyon oubyen pou adapte sa ki gen yon dimansyon mwayen (~12 chanm). 4. Fasilite epi bay finansman pou biznis k ap kòmanse pou nouvo itilizasyon adaptif bilding istorik nan Akayè oubyen pou biznis prezèvasyon bilding sa yo nan distrik istorik nan vil Akayè nou pwopoze a. 5. Ede fanmi ki gen fèm devlope abitasyon pou agwotouris ki respekte nòm nan koze otèl. Endistri 1. Ankouraje epi fasilite nouvo itilizasyon adaptif bagas banann. Yo ka fè fib ki soti nan fig bannann tounen twal moun ap chèche sou mache mondyal la. Yo ka sèvi ak fib ki soti nan fig bannann kòm ranfò pou beton nan konstriksyon. 2. Ankouraje epi fasilite izin pou granilatè biyomas pou ranplase chabon yo itilize nan konbistib. 3. Ankouraje epi fasilite faktori pou recho biyomas 4. Atire faktori etranje pou yo tabli nan zòn nan pou yo ka kreye travay. Anviwònman 1. Trete ewozyon ansanm ak pwoblèm basen vèsan yo. 2. Ankouraje epi fasilite kilti ak jaden ak teras

nan mòn yo pou jesyon dlo epi pou ogmante pwodiktivite. 3. Ankouraje epi fasilite basen retansyon pou irigasyon ak akwakilti. 4. Ankouraje epi fasilite pwojè pou rebati tè a. 5. Ankouraje epi fasilite transfòmasyon dechè agrikòl an konpòs. 6. Ankouraje epi fasilite sa yo rele Twalèt sèch (SOIL an angle). 7. Ankouraje epi fasilite devlopman konpòs ansanm ak patiraj planifye pou anrichi tè a epi fè dezètifikasyon sispann. 8. Ankouraje epi fasilite gazojèn. 9. Ankouraje epi fasilite koleksyon biyogaz. 10. Ankouraje epi fasilite resiklaj bagas bannann. 11. Ankouraje epi fasilite pwodiksyon byokabiran avèk alg. II. Plan pou vil yo Sit pou etid ka yo: Akayè, Koray ak Lili Entèvansyon riral ak iben pi ba yo ofri yon bon kantite pwojè pou nouvo konstriksyon ak reparasyon sit istorik, peyizaj, espas ak bilding piblik. A. Akayè a. Plas bòdmè: Pran blòk bòdmè a pou yon espas piblik ki gen dlo ak zòn tè tankou estansyon lari, 2 nouvo waf pou antoure yon ti pò pou anbake epi debake machandiz, pou bato touris, bato pechè oubyen pou bato taksi. Re-itilize ansyen blòk mache chabon an ak yon nouvo plas bòdmè ki va gen yon platfòm komèsyal sou pati nò a avèk yon ran kay loto gwo dimansyon kote yo va make eslogan ki enprime sou anblèm drapo ayisyen an “men anpil chay pa lou (l’union fait la force)” pou fè konnen se nan rejyon an nouvo nasyon an te pran nesans - yon bildin pou yon mize sou pati ès epi yon ti otèl sou kote wès la.


368

b. Mize rejyonal ak otèl: Yon mize rejyonal ki espoze istwa ak devlopman rejyon Akayè ansanm ak yon ti otèl ki pou sèvi kominote touris la k ap soti Pòtoprens oubyen nan lòt rejyon an Ayiti. Otèl la t ap a kote antre distri istorik santral la epi otèl la t ap sèvi kòm yon pasaj pou ale nan pak bòdmè a. Otèl la pa p vire do bay vil la men l ap aji kòm yon patisipan nan konpozisyon vil la ak nan lavi li. c. Pak bòdmè a: pak la bay abitan zòn nan yon kote pou yo flannen epi rankontre moun. Se pati prensipal nan restorasyon peyizaj bòdmè a ekip rejyonal la te pwopoze. d. Mi pou plent: yon pak bòdmè kòmanse/fini ak yon mòd mi ki sanble ak yon ekran kote yo ka pentire oubyen pwojte imaj politik oubyen mesaj sosyal sou pati plat li a. Sa a se yon tradisyon demokratik ki egziste depi plizyè syèk nan anpil koloni afriken ansanm ak vil tankou Lonn epi Wòm. e. Restorasyon peyizaj bòdmè a: yo ta dwe prezève yon tanpon ki mezire apeprè san mèt (100m) epi yo ta dwe replante pou li menm jan ak peyizaj yo jwenn nan zòn lakòt nan kote ki pa abime ann Ayiti. f. Nouvo mache chabon: malgre moun dwe rekonèt chabon se yon sous enèji ki pa dirab, yo dwe deplase mache chabon ki la kounye a mete li yon kote ki gen siveyans ki pi natirèl - yon kote yo ka kontwole ajan polisyon chabon yo, re-itilize yo epi resikle yo pi byen. g. Yon bòdmè pou biznis: Pòsyon tè ki sou kote nouvo mache chabon an yo te ka itilize yo pou biznis bòdmè ki gen espas pou depo ak kapasite pou yo livre machandiz ak sèvis. h. Lakou: Yon nouvo limit pou vil la pral fòme ak yon seri lakou sou teren endividyèl (gade pwopozisyon pou lakou iben ekip konstriksyon an te pwodui.). Modèl lakou a se plan konstriksyon ki pi konsekan sou teren yo. i. Sant abilitasyon pou kiltivatè: yon sant abilitasyon pou bay kiltivatè nan rejyon an fòmasyon teknik. Sant

sa a ka sèvi tou kòm laboratwa esperimantal pou nouvo metòd agrikòl ki dirab avèk ramifikasyon pou agwotouris tou. j. Rekonfigirasyon mache rejyonal: yo ta sipoze reglemante mache rejyonal yo fèk bati a pou ijyèn ak pou lokasyon li. Aktivite li ta dwe fikse nan blòk kote li ye a - san li pa vin anvayi lari a. l. Drapo souvni: moniman pou drapo a t ap vin ranfòse ak ti kay lotri ki aliyen an kadans sou lari prensipal la. Ti kay sa yo t ap ankadre moniman an epi t ap fè sit la gen yon apwòch bawòk ki pi klè. m. Distri istorik la: apre yo nonmen yon nouvo distri istorik alantou plas prensipal la ak kèk ri sou kote, yo t ap tou restore bilding distri a ak peyizaj natirèl li. Distri a jan li ye jodi a ak kilti materyèl la t ap vin yon atraksyon enpòtan pou touris nan zòn Akayè a. Yo ka anime li avèk ti boutik, ba ak otèl demi pansyon. Nenpòt nouvo adisyon nan distri a ta dwe respekte dimansyon bilding yo, gwosè teren yo ansanm ak karaktè achitekti ki la deja. n. Adisyon sou lekòl pawasyal yo: yon pati anplis ki t ap fòme yon lakou ta pral ajoute sou lekòl pawasyal la dèyè legliz la. Sa ta pral pèmèt li sèvi plis elèv. o. Adisyon sou klinik ki la deja a: ‘Klinik kiben’ an se yon gwo avantaj pou kominote a men li bezwen pou yo etann li si li bezwen kontinye satisfè bezwen kominote a. Pwopozisyon sa a rekòmande yon estansyon. Yo te ka ajoute kèk pye kare sou teren ki sou kote a. p. Inivèsite rejyonal: Nou pwopoze yon inivèsite rejyonal nan limit vil la pou yo pa fòse etidyan lokal yo pou yo kite rejyon an pou yo al resevwa edikasyon. Inivèsite a ka yon branch inivèsite nan kapital la oubyen li ka yon nouvo Inivèsite endepandan. q. Re-definisyon limit iben: mank limit klè ant vil la ak zòn andeyò ka repare ak wout segondè ki byen trase sou kote liy pwopriyete yo. Tout kay ki sou wout segondè yo gen fasad an fas gwo zòn agrikòl ki chita

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

Plan pou Vil Akayè nou pwopoze


370

sou plizyè kawo tè. r. Nouvo enstalasyon pou espò - teren atletik ak estad: nan respè pou tradisyon lokal ki mete gwo enfrastrikti nan limit vil la, ajoute yon nouvo enstalasyon pou espò nan limit wès vil la. Nouvo enstalasyon sa va gen graden, yon teren foutbòl pwofesyonèl ak ti bilding avèk yon sant jimnaz ak enstalasyon espò pou aktivite apre lekòl. s. Nouvo lopital: pou kreye konpetisyon ak.Redoubleman ki se de karakteristik kle nou jwenn nan kominote ki gen gwo kapasite rezistans. Yo ka mete yon nouvo lopital nan kafou ki ant antre ki pi a lwès vil la ak ansyen wout nasyonal la. t. Amelyorasyon simityè a: nou pwopoze nouvo baryè nan antre a epi mi ki pi solid dekwa pou li ka pi vizib epi pou make diferans ant vil moun vivan ak vil moun mouri pi byen. u. Prezèvasyon agrikòl: yo dwe prezève tout zòn alantou vil la kòm zòn agrikòl pou tou tan. Desizyon sa a mande pou trase liy demakasyon kwasans iben ki pa negosyab epi li ofri plizyè avantaj pou fè vil la pi dirab epi pi fasil pou moun viv ladan. Koze estansyon an se pa yon opsyon. B. Nouvo sant rejyonal / Antre wout nasyonal la Re-konfigirasyon (Akayè) a. Mache enfòmèl ki la kounye a nan entèseksyon wout nasyonal la avèk wout prensipal ki mennen Akayè t ap rekonfigire. Nouvo Sant rejyonal sa a gen: b. Yon chatodo avèk ansèy, k ap gen pano solè sou tèt li, ap make antre nan vil Akayè. c. Yon arè otobis ki kouvri, yon abri ak yon zòn repo piblik sou wout prensipal la pou fasilite vwayajè yo. d. Yon plas santral avèk yon kote pou moun bwè dlo ak ban ki kouvri avèk yon ti chan pye fwi bèl wotè kote mache a te ka fonksyone pi byen. e. Si yo ajoute lòt boutik alantou plas sa a, sa ka

ankouraje aktivite komèsyal. f. Yon ti plas pi piti devan lekòl ki deja la pou fasilite paran ak timoun k ap tann pou yo antre oubyen soti lekòl la. g. Yon nouvo legliz epi yon nouvo enstalasyon pou lojman tanporè pou moun ki an vwayaj oubyen pou abri lè gen ijans, konplete repètwa entèvansyon sa a. C. Koray a. Mak pou antre ki plis o Sid la: Dèske se wout moun plis itilize, moun dwe selebre pati ki plis o sid ansyen wout nasyonal la antre koulwa Koray la. Yon pyebwa “sakre” va make moman sa a nan plan an. Pyebwa sa a ki va gen ban dekore alantou li, li va devni yon moniman pou make mantalite rejyon Akayè a. Yon mantalite ki djanm epi k ap monte pi wo. Nwayo sa a ap tounen premye nan plizyè ‘sal piblik’ sou wout la yon seri kote ki va ogmante rankont, rasanbleman ak idantite yo. b. Vizaj Akayè - Plas ak moniman pou Catherine Flon: premye viraj sou wout la ofri opòtinite pou yon nouvo espas piblik. Pwojè a gen yon espas pou rankont sosyal ki gen sou kote li poto an asye ki montre foto sou twal ki montre vrè “vizaj Akayè”. Opòtinite pou rekonpanse elèv ki kale, òganizatè kominotè ak ewo lokal yo. Espas pou moniman an t ap bay fas li sou anndan avèk yon gwo pyebwa nan sant li pou bay lonbraj. Yon mi ba t ap ansèkle espas la avèk yon ban long toutotou. Mi an kontinye jis nan kwen sit la epi li fini avèk yon estati ki komemore Catherine Flon avèk premye vèsyon drapo ayisyen an. c. Drapo ki pi long nan istwa Ayiti: Pou ka fè yo konnen pi byen tè kote drapo peyi a te pran nesans, kòmanse nan lokasyon sit moniman Catherine Flon an, yon seri afich ak twal va kouvri koridò ak drapo Ayisyen ki pi long lan. Twal yo ka fèt ak materyo ki sou men epi yo ka ilistre bèlte atizana lokal la.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

Sa nou pwopoze pou: Re-konfigirasyon antre sant rejyonal Akayè pou antre wout nasyonal la


372

Si yo tente li nan koulè drapo peyi a, kote sa a ap vini yon destinasyon pou touris. Men sa ki pi enpòtan sèke li vin tounen yon omaj byen merite pou evènman enpòtan ki te rive nan lokasyon sa a. Yon lòt avantaj sa t ap genyen, sèke twal la ki kouvri blòk la va kreye yon zòn lonbraj anba li epi sa va bese mikwo klima a an menm tan epi li va fè espas la pi akeyan pou pyeton. Senp ti mouvman sa a ka atire atansyon nasyonal ak entènasyonal, sa ka kreye yon fyète patriyotik epi sa ka mennen touris tou. d. Mize nan Lakou: toupre lokasyon moniman an sou pati ès wout la, yon lakou ki la va tounen yon mize vivan. Gwoup kay pou fanmi sa a ka atire touris epi li va sèvi pou edike moun lavil you sou defi ak opòtinite ki egziste nan lavi riral Ayiti. e. Nouvo lopital: Nou pwopoze yon nouvo lopital ki a kote mache santral la. Lopital sa a ofri yon espas pou rankont bò koridò lari a epi li suiv yon tradisyon nan Karayib la ki gen yon plan tèt ak ke kote ‘tèt’ la se yon bilding ak lakou ki gen prensipal fonksyon lopital la a epi ‘ke’ a se espas pou lòt sèvis lopital la ansanm ak enstalasyon pou pasyan ki vin konsilte. f. Prensipal bilding plas mache a: pou nou fè fas ak man enstalasyon komèsyal, si yo ta renove li, bilding ki nan kwen plas mache ki la kounye a t ap ofri yon bon lokal pou yon ti boutik ki t ap gen yon zòn rezidansyèl dèyè li (sa yo rele lakou pou “travay ak viv”). g. Adisyon sou lekòl ki deja la: Lekòl ki la kounye a bezwen plis espas. Pwojè sa a montre yon konfigirasyon pou estansyon estrikti ki la kounye a sou menm pwopriyete ki la a. Yon sistèm lakou lekòl t ap ofri yon nouvo sant akademik epi li t ap fè moun yo santi yon fè pati yon kominote ki soude ansanm. h. Nouvo esplanad Koray ak nouvo otèl: bò kote lekòl ki la kounye a, gen yon wout tè motosiklèt itilize kounye a ki sèvi kòm antre rejyonal koridò prensipal la. Pwojè sa a rekòmande pou yo fòmalize wout sa a pou li ta

tounen yon wout machin pou antre Koray. Si yo fè sa, sa t ap ofri bon opòtinite pou yon ti otèl demi pansyon ak yon nouvo esplanad. i. Sant pou abilitasyon kiltivatè: Dèyè otèl la, gen opòtinite pou enstale yon sant abilitasyon pou kiltivatè, ki gen dimansyon mwayen. Tè sa yo t ap ofri yon kote pou vizitè nan otèl la, rezidan lokal yo ak kiltivatè rejyon an aprann teknik agrikòl ak kilti pwason sou plas. Epi sa t ap pèmèt yo fè esperyans ak nouvo plan ansanm ak nouvo metòd kilti. Sant abilitasyon sa a ka vin yon enstalasyon tou pou yon koperativ agrikòl kiltivatè yo t ap dirije. j. Nouvo katye lakou: nouvo sant abilitasyon an ap antoure ak nouvo katye ki gen plizyè lakou. Sant abilitasyon an ka jere lakou sa yo oubyen yon òganizasyon kiltirèl ki pa dèyè lajan epi ki konsantre sou kay ki pa chè ak fòm lavi ki dirab te ka jere yo tou. An menm tan, lakou sa yo va ofri yon fòm koreksyon ant vil la ak pati andeyò a epi sa va anpeche Koray etann li nan zòn agrikòl sou kote li yo - Se yon danje ki ka rive si Koray vin gen siksè. k. Sant abilitasyon endistriyèl ak nimerik: Nan menm sans ak sant pou kiltivatè a, yon sant pou abilitasyon endistriyèl ak nimerik va pèmèt rejyon an suiv dènye teknoloji global yo. Kote ki chwazi pou sant sa a te fèt paske li te pre ansyen ray la - youn nan premye senbòl endistriyalizasyon ann Ayiti. Etidyan va vin aprann enfòmasyon sou pase prezan ak fiti nouvo nasyon an pandan y ap devlope sa yo rele otomizasyon. l. Adisyon sou Hope on a String: se yon ONG lokal ki deja etabli sou sit la. Li gen gwo gwo bezwen pou li laji. Pwojè sa a gen kreyasyon yon lakou ak nouvo bilding alantou estrikti an fòm sèk ki nan sant gwoup bilding yo. m. Rekonfigirasyon enstalasyon pou espò yo: nou pwopoze yon nouvo antre sou kote nò, a kote teren foutbòl semi pwofesyonèl ki deja la a. Antre sa a ka gen

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

Plan Vil Koray nou pwopoze


374

boutik epi li ka gen sou kote li lòt enstalasyon pou espò ki ka gen yon ti jimnaz ladan. Met sou sa, yo ka ajoute sal pou yon gadri ansanm ak sant pou apre lekòl pou jenn moun. Pou byen akeyi piblik la, yo te ka mete yon gwoup graden nan pati ki plis sou nò sit la. n. Prezèvasyon agrikòl: tout sant ki akote abitasyon yo t ap fòme rezèv agrikòl pou letènite. Desizyon sa a ki sanble ak sa nou te pran pou Vil Akayè va fè yo trase liy demakasyon kwasans iben ki pa negosyab epi li ofri plizyè avantaj pou fè vil la pi dirab epi pi fasil pou moun viv ladan. Koze ekstansyon an se pa yon opsyon. D. Lili a. Plas bòdmè: Yon pwen ki montre nou rive nan zòn nan ansanm ak yon sant kominotè senbolik toujou manke nan vilaj pou pechè sa a. Sa vle di, yon nouvo plas bòdmè ki sou sit ki disponib nan pwent abitasyon enfòmèl la bò lakòt ka sèvi kòm antre sou kote dlo a epi kòm yon estasyon oubyen yon destinasyon sou kote tè a. Sou bò dlo a, limyè yon fa ak pano solè va akeyi bato yo. Sa va reprezante endepandans nan koze enèji ansanm ak potansyèl pou enèji pwòp. Sou bò tè a, plas la t ap konekte ak yon chatodo ki t ap sèvi nouvo mache a epi sa t ap montre kouman kominote a konekte ak dlo, lanati ak bèlte rejyon li a. Koneksyon espas piblik sa yo vin tounen kè vilaj la. Sa va anime ekonomi li ansanm ak aktivite sosyal li yo. b. Mache pwason: yo ka plase yon mache pwason ki nesesè anpil sou pati ki plis a lwès plas la. Pwojè mache a yo konfigire li tankou yon Stoa grèk ak kolonn ki pa twò espase sou deyò ak kolonn ki pa twò sere sou anndan. Kolòn sa yo t ap Defini espas pou chak etal nan mache a. c. Chatodo: gwo konstriksyon sa a va selebre koleksyon dlo lapli ansanm jan yo konsève dlo avèk gravitasyon nan yon sitèn ki byen bouche anba tè. Konstriksyon sa a ka gen yon enstalasyon pou lesiv ak

saldeben pou gason ak pou fi - li va gen douch, twalèt ak kazye. d. Sant abilitasyon pou lapèch: Galeri mache a ka ouvri sou sant abilitasyon an nan do konstriksyon an. Bilding sa a ka gen yon lekòl pwofesyonèl pou amelyorasyon teknik ak esperyans nan koze ki regade biyoloji marin, konstriksyon bato, atizana eksetera. Yon pwogram etid ki chita sou bezwen reyèl yon vilaj pechè. Li pa vire do li bay vilaj la men li ajoute kichòy sou lavi piblik la epi li atire atansyon lari li bay fas la. f. Refòme konplèks pou espò ak yon mache tanporè: Yo ka rekonfigire konplèks espòtif ki deja la a. Yo ka kreye yon sistèm graden natirèl nan topografi ki la a epi yon sistèm ti kay bòlèt ka fòmalize yon mache tanporè nan pati ki pi nan sid teren foutbòl la. g. Otèl espòtif: Anfas konplèks espòtif la, nou pwopoze yon nouvo konplèks ki konsantre plis sou espò. Otèl sa a menm jan ak plas pou pechè yo ka sèvi 2 fonksyon: li la ni pou abitan zòn nan ni pou touris. Sou pati nò a, ak teren foutbòl la ka gen wout bisiklèt ak pis pou monte cheval, eksetera, sa ka ogmante oubyen ankouraje espò sou tè. Sou kote sid la, ka gen enstalasyon pou espò sou dlo ak lokasyon ti bato. h. Selil kominotè ak rezèvwa dlo: pou reponn bezwen pou dlo dous epi pou fè vil la pi byen parèt pou atire touris epi pou kreye yon rezo chemen ki byen trase, nou re-panse kominote enfòmèl la dekwa pou li fòme yon seri ti selil kominotè oubyen ti gwoup ki gen apeprè 10 fanmi pa selil. Selil la chita alantou yon espas reyinyon sakre ak yon rezèvwa dlo kominal ki sèvi fanmi nan selil sa a. Lide sa a ka ede desantralize desizyon kominote a pou bagay toulejou. Met sou sa, konsèy vilaj la ak reprezantan ki soti nan chak selil ka mete ansanm pou yo regle pi gwo desizyon o nivo vilaj la. Plan ki la a konseye sou lokasyon men limit espas iben sa yo ak pozisyon rezèvwa dlo yo se moun nan

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

Plan pou vil Lili


376

zòn yon ki pou deside sa ak anpil prekosyon dekwa pou yo respekte tradisyon ki deja byen tabli nan kesyon rejim fonsye. i. Mache lokal ak galeri: yon koleksyon 2 oubyen 3 selil kapab kreye posiblite pou yon ti mache lokal. Mache sa yo parèt nan plan an tankou kolonad kare nan tradisyon mache nou jwenn nan sant nenpòt ki bastid franse (nouvo vil). j. Espas pou rankont sosyal: nan limit vilaj enfòmèl la, gen divès espas pou rankont sosyal yo ka kreye. Yo ka sèvi ak espas sa yo kòm espas pou rankont moun nan kominote a oubyen pou zòn komèsyal enfòmèl. k. Rezo pyeton: yon seri mi ak kloti ki konekte ka defini rezo pou pyeton yo. Chak selil fanmi ta dwe gen yon miray oubyen yon kloti ak antre nòmal fasad bilding nan. Melanj bilding ak mi pou jaden an ka defini yon rezo wout ak chemen pou pyeton. Se nan kafou wout sa yo nou kapab vini ak lide pou yon nouvo espas piblik ki ka gen yon mache lokal ak yon galeri jan nou te dekri sa. l. Adisyon sou lekòl ki la deja: Yo ta dwe laji lekòl ki la deja a pou li fòme inite edikasyon ki konplè. Pwojè sa a mete anfaz Kreyasyon yon lakou ki an sekirite se kalite konstriksyon nou prefere pou lekòl yo. m. Refè bilding lekòl yo: yon kay ki nan kwen lari a ki bezwen refè se li kominote a te idantifye kòm yon sit pou yon nouvo lekòl lokal, yon gadri, yon enstalasyon apre lekòl pou jenn moun epi yon sant abilitasyon pou granmoun. Tout sèvis sa yo se sèvis Lili bezwen anpil. n. Prezèvasyon agrikòl: yo dwe prezève tout sit alantou vilaj pechè a pou bezwen agrikòl pou letènite. Desizyon sa a menm jan ak sa nou te pwopoze pou vil Akayè ak koridò Koray la. Sa mande pou trase liy demakasyon pou kwasans iben ki pa negosyab epi li ofri plizyè avantaj pou fè vil la pi dirab epi pi fasil pou moun viv ladan. Koze estansyon an se pa yon opsyon.

E. Nouvo sant rejyonal (Lili) a. Antre vilaj Lili a se yon bon pozisyon pou yon sant rejyonal. Entèseksyon ant wout nasyonal prensipal la ak wout ki mennen Lili yo, yon kote epi ki ale nan vilaj nan mòn yo yon lòt kote, gen posiblite pou li sèvi yon gwo pati nan zòn sa a ki gen yon popilasyon ki sere epi ki pa byen sèvi ditou. b. Pwojè sa a rekòmande pou yo ta fè zòn sa tounen yon nouvo zòn abitasyon rejyonal ki gen sèvis ki ka satisfè bezwen anpil moun. c. Yon nouvo sant distribisyon rejyonal, ki gen enstalasyon pou anbalaj ak refrijerasyon va gen sou kote li yon plas pou mache ak yon bilding komèsyal. d. Yo t ap konekte zòn sa a tou ak yon nouvo wout an bouk nou pwopoze kote kamyon ka rive nan sant distribisyon rejyonal la san pwoblèm epi san yo pa kreye anbouteyaj sou wout nasyonal prensipal la. e. Lòt bagay yo ka mete alantou nouvo plas piblik la se: yon pòs polis epi tou pre entèseksyon prensipal ki ale Lili a, yon nouvo moniman wo ki fè vizitè yo konnen y ap antre nan vilaj pechè a, epi yon lekòl pwofesyonèl pou divès disiplin ak yon lopital ki te ka gen yon seksyon matènite ladan ka chita sou yon sit tou pre a pou sèvi rezidan lokal, ni sa ki pre ni sa ki lwen. f. Nou pwopoze yon ti inivèsite teknik tou. Dèske zòn sa a tounen yon nouvo sant pou travay, nou konseye yo bati nouvo lojman sou de bò wout nasyonal la. h. Wout nasyonal la ka gen sou de bò li konplèks lakou kote moun ka viv epi travay. i. Nan chak, boutik yo ka bay fas yo sou wout la. Kon sa, sa ka ogmante aktivite komès nan zòn prensipal rejyon an epi an retou yo ka patisipe nan vitalite ekonomik la tou.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

Plas bòdmè Lili nou pwopoze

Plas sant rejyonal Lili nou pwopoze Sant rejyonal la ap gen yon lopital, yon lekòl pwofesyonèl, yon sant distribisyon, yon plas mache, yon pòs polis, yon branch inivèsite ak yon nouvo moniman byen wo nan antre Lili


378

III. Yon nouvo enfrastrikti administratif De aspè ki kle nan tout sivilizasyon modèn k ap fè pwogrè se swen lasante bon kalite ak bon jan edikasyon. A. Lopital Koray a. Lopital Koray la pou li sèvi rejyon Akayè a. b. Pwogram lopital a gen twa sal ladan. Youn pou gason, youn pou fi ak youn pou timoun. Yo chak ka akeyi apeprè 30 pasyan an menm tan. c. Nou pwopoze yon sal dijans ak kapasite pou fè operasyon. Sa ta redui deplasman pou ale lopital Pòtoprens pou ijans. d. Lòt bagay yo ka ajoute nan plan lopital la se yon dantistri, yon sal konsiltasyon, yon laboratwa pou san, yon sal radyografi (radyoloji) epi yon sal pou tibèkiloz. e. Bilding nan li menm yo konsevwa li alantou espas pou jaden. f. Lakou lopital la t ap sèvi kòm yon sant kote pasyan, anplwaye ak vizitè ka sikile. Yon lakou enteryè nan klima cho tankou ann Ayiti ede divize mas bildin nan. Sa pèmèt sal ki sou kote li yo gen fenèt sou de bò. Sa pèmèt gen vantilasyon. Se yon bagay ki enpòtan sitou nan yon lopital kote va gen moun ki malad ak viris k ap deplase nan lè a. g. Nan sant lakou a ap gen yon jaden ak yon basen dlo ansanm ak amenajman peyizaj. Prezans lavi nan kè bilding nan vle di anpil bagay epitou li gen posiblite pou li ede nan tretman pasyan yo ak moun ki akonpaye yo. Li pèmèt moun pran yon ti kanpo ak solèy la ki boule anpil. h. Se nan lakou sa a tou yo mete sitèn ki anba tè a. Twati ak yon sèl pant dirije dlo lapli a nan yon goutyè ki nan perimèt espas enteryè ki pa kouvri a. Dlo sa yo ka ranmase li, konsève li, filtre li epi re-itilize li. i. Espas dezyèm jaden a devan bilding nan. Vizitè k ap tann ka itilize jaden sa menm jan ak nenpòt moun tou. Espas piblik sa a dwe sèvi kòm yon plas epi se yon kado sivik pou vil Koray la. Yo bati yon mi an pyè nan

yon mi ki pa twò wo ki fòmalize espas la. Yon griy ki fòme ak pye agrim (tankou pye zoranj, chadѐk, etc…) e ki ka bay lonbraj ansanm ak fwi pou anplwaye ak pasyan lopital la epi rezidan Akayè. j. Bilding administratif yo ka gen yon gwo enpak sosyal sou vil la. Yo tounen sant aktivite ak rankont. Olye pou pwojè a ta izole lopital nan pa rapò a vil la, li anbrase reyalite a epi li ofri yon espas ki respekte moun, ki bèl epi ki pèmèt moun rilaks. Sa va ede devlope yon sans fyète sivik nan kè moun yo. k. Ayisyen se pèp ki fyè men anpil fwa yo manke yon envestisman kolektif nan lide “Vil la.” Lopital Koray la ka yon plas kote yo trete moun malad epi moun ki gaya sipòte yo nan bay jaden tou pre a enèji ak vitalite. Sa ka enspire yo pou yo geri vit pou yo ka al patisipe nan divètisman an tou. B. Lekòl pwofesyonèl polivalan pou tout rejyon an a. Yon lekòl pwofesyonèl nan Lili t ap satisfè yon bezwen ijan, dapre sa moun nan zòn nan te di nan reyinyon piblik pandan vwayaj Inivèsite Miyami te fè ann Ayiti. b. Yon seri timoun ki entèlijan, ki gen yon posiblite pou tout yon vi devan yo pa gen anpil opsyon edikasyon apre yo fini segondè. c. Edikasyon avanse nan nivo inivèsite posib si yo ale Pòtoprens oubyen aletranje. Pou anpil ladan yo se pa bagay ki posib. d. Aksè limite nan lekòl pwofesyonèl ak nan inivèsite anpeche rejyon an devlope. e. Si yon konstwi yon lekòl pwofesyonèl polivalan tousuit, sa va yon kandida pou kòmanse pote chanjman nan Akayè. f. Youth Build International, yon òganizasyon ki pa dèyè lajan bay edikasyon, konpetans pwofesyonèl ak sèvis konseye pou jenn timoun ki gen difikilte, te fè pati pwosesis planifikasyon an ak konsepsyon an nèt

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

Yon apèsi sou antre lopital Koray nou pwopoze a


380

epi se yon patnè ideyal ki deja gen esperyans nan bati enstalasyon pou edikasyon ann Ayiti. g. Lide pou lekòl pwofesyonèl la soti nan yon lòt enstalasyon Youthbuild epi yo te pase men ladan nan konsiltasyon ak rezidan zòn yo ansanm ak manm sosyete sivil zòn nan. h. Konsepsyon bilding nan tankou lopital la konsantre sou yon espas deyò ki an plenn è. Se yon espas kominal ki mezire apeprè 7200 pye kare. i. Espas alantou yo se regwoupman ak estrikti ki gen bout an piyon. Yo regwoupe menm fòm nan pou chak sal klas. Chak gen sijè diferan yo anseye ladan. j. Fòm bilding nan bay yon lide sou objektif li. k. Gen yon kolonad ki konekte sal klas yo ak espas sipò pou lekòl la. Rekòmandasyon ekip konstriksyon an I. Kay Ayisyen yè, jodi a ak demen a. Prensip konsepsyon bilding 1. Divès plan nou pwopoze yo la pou yo satisfè bezwen divès sit (soti nan iben ale nan riral), varyab pwogramasyon ak ekonomi fanmi yo. 2. Plan yo reponn kontrent kouran anviwònman natirèl la enpoze ansanm ak reyalite enfrastrikti yo ak koutim sosyal yo. 3. Plan yo reponn pwoblèm posibilite konstriksyon devan batri dezas natirèl ki ka gen enpak sou rejyon an nenpòt ki lè. 4. Pwojè yo mete aksan sou enpòtans modèl lakou tradisyonèl la ki nan li menm reprezante yon ti modèl kominote ansanm ak yon egzanp lyen solid ki egziste nan rezo fanmi ann Ayiti. 5. Modèl lakou a ilistre fleksibilite nan konpozisyon bilding yo pou yo fasilite divès konbinezon nan itilizasyon yo, menm jan ak travay achitekti ki soti nan modèl tradisyonèl pou rive nan modèl kontanporen.

b.

c.

d.

Ogmante touris kiltirèl 1. Si moun konsidere volonte pou yo ogmante touris nan komin nan ak atraksyon achitekti vènakilè kay bèl kay an bwa pou vizitè - vizitè nasyonal ak vizitè entènasyonal - rezidan lokal yo ak gouvènman an ta sipoze konsidere kouman yo ka ankouraje epi mete anfaz sou ADN espresyon achitekti istorik rejyon an. 2. Nou ka mete anfaz pezape sou Aparans womantik rejyon ki bèl anpil epi nan devlope imaj ki fè li parèt diferan, nou ka ogmante posiblite pou touris ak kantite touris yo. 3. Kreye oubyen restore bèl bilding moun ap renmen, moun ap okipe epi ki ka kontribye nan devlope yon idantite kominotè ki ka atire moun. Metòd konsepsyon pasiv pou bilding ki rezistan 1. Oryante estrikti yo ak chanm yo pou nou pran avantaj sikilasyon lè lokal la epi pwofite limyè solèy la. 2.Byen plase galeri nan fasad ki bay sou kote sid ak kote ès bilding yo pou pwoteje estrikti yo kont gwo kantite chalè pandan yo elaji zòn ki abitab yo. 3. Ogmante wotè chanm enteryè yo avèk fenèt tou pre twati yo pafwa pou pèmèt chalè anndan kay la monte epi soti byen. 4. Aliyen fenèt nou ka opere vètikalman pou nou ankouraje vantilasyon ki rafrechi espas yo natirèlman. 5. Leve bilding yo anwo tè a pou redui enpak dlo inondasyon sou espas enteryè yo. 6. Itilize materyo lokal pou redui pri konstriksyon yo. 7. Mete tèl pi sou anwo pa rapò ak sistèm dlo ize epi nan yon distans maksimòm ant youn ak lòt pou evite kontaminasyon ki va koze pwoblèm sante. Koneksyon ak plas yo epi ajoute sou idantite kominote a ak pwosperite li. 1. Koneksyon ak mòd bilding tradisyonèl yo ede

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif

Entrance View of Proposed Regional Multi-purpose Vocational School


382

mete anfaz sou idantite kiltirèl kominote a. An retou sa ka ogmante kantite touris nan zòn nan. 2. Lakou ayisyen tradisyonèl la toupatou nan rejyon an epi li montre yon gwo fleksibilite ansanm ak prensip konsepsyon ki dirab epi ki gen aplikasyon itil nan 21èm syèk la. 3. Modèl konsepsyon sit lakou a se sèlman yon regwoupman bilding ki sèvi lojman pou yon fanmi long ki abite sou yon moso tè, ki kapab adapte ak gwosè fanmi an, dimansyon teren yo an jeneral, lokasyon, varyete nan itilizasyon, soti nan kontèks iben ale nan kontèks riral. 4. Lakou ka enkòpore boutik ki bay sou lari oubyen biwo ki bay sou lari pou ogmante aktivite komèsyal yo, kreye ekonomi ti biznis la ki nan avantaj fanmi lokal yo epi ki ajoute sou lavi piblik la. 5. Lakou pa limite pou fanmi elaji a sèlman paske plan an ka sèvi pou plizyè kay fanmi oubyen pou yon nouvo konbinezon nan jan yo itilize yo tankou: inite rezidansyèl, komèsyal, ospitalite epi inite pou lwe ki pwodui revni. 6. Mi jaden an tounen yon eleman enpòtan nan vil la, vilaj la oubyen bouk la epi ak yon pi wo degre pèmeabilite vizyèl li ogmante vantilasyon, kreye lari ki pi an sekirite epi li pwopaje entèraksyon kominote a. 7. Plis opòtinite pou edikasyon pwofesyonèl ka konsantre sou bilding ak komès atizana. Sa ka pèmèt vin gen plis ouvriye konstriksyon kalifye, komès ak atizana, sa pral ogmante opòtinite pou jwenn travay. 8. Seksyon je ‘Easy-build’ la ofri yon kantite plan planche kòm echantiyon epi li gen divès opsyon altènatif pou elevasyon fasad la pou bay rezidan yo yon chwa estil achitekti dekoratif ki ka nan gou yo epi sa ka ede tou pou ranfòse idantite yon katye oubyen yon vil an patikilye.

II. Konstriksyon rezistan a. Metòd 1. Fè konsepsyon epi bati estrikti pou simonte aktivite move tan ki grav tankou inondasyon, siklòn ak tranblemanntè. Yo kwè sa ka ogmante pandan klima a ap vin pi cho. 2. Plase sistèm kritik yo pou yo reziste inondasyon an aktivite klima estrèm. Nan plenn ki konn gen inondasyon, mete kay ki abitab yo anwo tè ki pi wo pase nivo inondasyon pou 100 an. 3. Fè konstriksyon pou sipòte kondisyon klima pi devan toutotan yo kapab. 4. Enkòpore prensip konsepsyon pasif nan bilding yo pou nou ka fè kay yo rete abitab si ta gen yon pàn kouran ki dire lontan (sistèm pasif pou rete an vi). 5. Optimize itilizasyon enèji renouvlab sou sit la. 6. Ranmase dlo lapli. 7. Itilize materyo resikle oubyen materyo lokal pou konstriksyon. 8. Chapant konstriksyon ak fòm yo: tout konstriksyon yo bati ak sistèm kay an blòk, yo ta dwe bati yo yon jan pou kolonn an beton ankadre tout mi an blòk yo ak tout ouvèti yo. 9. Si konstriksyon an se yon kay san etaj chaj la ta dwe senp epi klè. 10. Kolonn ki ankadre epi ki ranfòse konstriksyon yo ta dwe aliyen vètikalman (youn sou lòt). 11. Tout mi pòtan yo ta dwe aliyen vètikalman pou evite sitiyasyon chajman eksantre. 12. Yo ta dwe fè fondasyon yo fon epi fèm. 13. Chapant do kay yo ta dwe byen kore epi byen ranfòse. 14. Chapant do kay la (an jeneral sa an bwa), yo ta dwe tache li nan pout an kouwòn nan anpeche van tanpèt yo soulve li epi pou li ka kore pandan tranblemanntè.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif


384

b.

c.

Lòt materyo pou kay 1. Banbou se pi gwo nan zèb ki egziste. Li gen plis pase 1600 espès sou latè. Li pouse vit anpil epi yo ka plante li fasil ann Ayiti epi yo ka sèvi avèk li kòm yon ranplasman pou materyo konstriksyon. b. Lòt kalite materyo pou bati kay 2. Anpil kote sou latè yo sèvi ak adòb tankou tè konprese avèk ranfòsman banbou. Mi adòb konprese konstwi ak yon melanj tè ki konprese an kouch ant fòm yo. Materyo konstriksyon an se yon balans ant tè ajil, sab ak gravwa avèk yon ti siman kòm materyo ki sèvi kolan pou fè mi yo solid. Fib resikle/ materyo resikle: sachè plastik, fib fig bannann, papye 1. Gen posiblite pou moun itilize fib nan divès fòm, sitou sa yo konsidere kòm fatra alèkile. 2. Materyo konstriksyon ki soti ladan bay menm pèfòmans ak materyo konstriksyon nòmal yo 3. Yo ka ranmase sachè plastik, boutèy plastik, fib fig bannann, papye epi resikle yo kòm materyo konstriksyon pou kreye nouvo sektè travay, redui pri materyo konstriksyon epi netwaye domèn piblik la an menm tan.

IV: Pri konstriksyon ka koute Rapò vizyon an genyen ladan yon devi ki baze sou done nou resevwa nan men yon machann materyo konstriksyon. Pri yo ka chanje selon sezon an epi selon lokasyon nan rejyon an. Si nou vle gade devi yo, gade seksyon ki pale de sa nan detay pou chak mòd konstriksyon.

AYITI: Devlope Tradisyon Dirab ak Nouvo Kreyasyon nan Achitekti ak Technik pou Devlopman nan Rejyon, Vil, ak tout ti Bouk nan zòn Akayè a


Rezime egzekitif





Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.